Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou kontinye mache menm jan Jezi Kris te mache

Annou kontinye mache menm jan Jezi Kris te mache

Annou kontinye mache menm jan Jezi Kris te mache

“ Moun ki di li rete ann inyon avèk [Bondye], li menm tou, li nan obligasyon pou l kontinye mache menm jan sila a [Jezi] te mache. ” — 1 JAN 2:6.

1, 2. Pou nou fikse je nou sou Jezi, ki sa sa mande ?

“ ANNOU kouri kous ki devan nou an avèk andirans, toutpandan n ap fikse je nou sou Jezi, Ajan prensipal fwa nou, Li menm k ap pèfeksyone fwa nou. ” ​(Ebre 12:1, 2). Pawòl sa yo se apot Pòl ki te ekri yo. Pou nou kontinye montre nou fidèl nan fason n ap viv, nou bezwen fikse je nou sou Jezi Kris.

2 Nan lang orijinal la, mo yo itilize pou “ fikse je ” a, jan yo itilize l nan Ekriti grèk kretyen an, vle di “ lè yon moun dirije atansyon l san l pa distrè ”, “ sispann gade yon bagay pou w ka gade yon lòt bagay ”, “ konsantre rega w sou ”. Dapre sa yon ouvraj referans fè remake : “ Otomatikman atlèt grèk k ap kouri nan estad la detounen atansyon l sou kous la, li sispann fikse kote li vle rive a e li kòmanse gade foul la, vitès li ap diminye. Se menm bagay la tou pou kretyen an. ” Distraksyon kapab anpeche nou fè pwogrè espirityèl. Nou dwe fikse je nou sou Jezi Kris. E ki sa n ap chèche nan Ajan prensipal la ? Tèm grèk yo itilize pou “ Ajan prensipal ” la siyifi “ dirijan prensipal, moun ki pran latèt nan yon bagay e ki bay egzanp ”. Pou nou fikse je nou sou Jezi, sa mande pou nou suiv egzanp li.

3, 4. a) Mache jan Jezi te mache, ki sa sa mande pou nou fè ? b) Ki kesyon ki merite atansyon nou ?

3 Labib di : “ Moun ki di li rete ann inyon avèk [Bondye], li menm tou, li nan obligasyon pou l kontinye mache menm jan sila a [Jezi] te mache. ” ​(1 Jan 2:6). Nou dwe rete ann inyon avèk Bondye pandan n ap obsève kòmandman Jezi yo, menm jan li te obsève kòmandman Papa l yo. — Jan 15:10.

4 Se sa k fè, mache jan Jezi te mache mande pou nou suiv li antanke Dirijan prensipal e pou nou suiv li pazapa. Nan sans sa a, gen kèk kesyon enpòtan pou nou konsidere, tankou : Ki jan Kris dirije nou jodi a ? Ki jan nou ta dwe montre n ap imite fason li te mache ? Ki byenfè n ap jwenn lè nou rete atache ak modèl Jezi Kris trase a ?

Fason Kris dirije disip li yo

5. Anvan Jezi monte nan syèl la, ki pwomès li te fè disip li yo ?

5 Apre Jezi Kris fin resisite e anvan li monte nan syèl, li te parèt devan disip li yo e li te ba yo yon travay enpòtan pou yo fè. Li te di yo : “ Ale epi fè disip pami moun tout nasyon. ” Nan okazyon sa a, Dirijan prensipal la te pwomèt yo tou l ap avèk yo pandan y ap akonpli travay sa a. Men sa l te di yo : “ Gade, mwen avèk nou toule jou jis nan konklizyon sistèm de choz la. ” ​(Matye 28:19, 20). Ki fason Jezi Kris avèk disip li yo nan konklizyon sistèm de choz la ?

6, 7. Ki jan Jezi dirije nou pa mwayen lespri sen ?

6 Jezi deklare : “ Asistan an, lespri sen, Papa a ap voye nan non mwen an, sila a ap anseye nou tout bagay e l ap raple nou tout bagay mwen te di nou. ” ​(Jan 14:26). Lespri sen an yo voye nan non Jezi gide nou e li fòtifye nou jodi a. Li eklere nou espirityèlman e li ede nou konprann ‘ menm bagay pwofon Bondye yo ’. (1 Korentyen 2:10.) Anplis de sa, kalite ki soti nan Bondye yo, tankou “ lanmou, jwa, pè, pasyans, bonte, byenveyans, fwa, dousè, metriz ”, se “ fwi lespri a ” yo ye (Galat 5:22, 23). Grasa èd lespri sen, nou kapab kiltive kalite sa yo.

7 Toutpandan n ap etidye Ekriti yo e n ap fè tout efò nou pou n aplike sa nou aprann yo, lespri Jewova ede nou pou nou grandi nan sajès, disènman, konpreyansyon, konesans, bon jijman ak kapasite pou nou reflechi (Pwovèb 2:1-11). Lespri sen ede nou tou pou nou andire anba tantasyon ak eprèv (1 Korentyen 10:13 ; 2 Korentyen 4:7 ; Filipyen 4:13). Kretyen yo jwenn egzòtasyon pou yo ‘ pirifye tèt yo anba tout salte lachè ak lespri, pou yo rive vin konplè nèt nan sentete ’. (2 Korentyen 7:1.) Èske toutbonvre nou kapab rive nan degre sentete oswa nan degre pwòpte Bondye egzije a, san èd lespri sen ? Jewova Dye otorize Pitit Gason l lan itilize lespri sen, e se youn nan mwayen Jezi sèvi pou l dirije nou jodi a. — Matye 28:18.

8, 9. Ki jan Kris itilize “ esklav fidèl ki prevwayan an ” pou l bay direksyon ?

8 Annou egzamine yon lòt mwayen Jezi itilize pou l dirije kongregasyon an jodi a. Pandan Jezi ap pale konsènan prezans li e konsènan konklizyon sistèm de choz la, li di : “ Kiyès ki vrèman esklav fidèl ki prevwayan an, mèt li tabli sou domestik li yo, pou ba yo manje pa yo nan moman apwopriye ? Byennere esklav sa a si, lè mèt la rive, li jwenn se sa l ap fè ! Vrèman mwen di nou sa : Li va tabli l sou tout byen l. ” — Matye 24:3, 45-47.

9 “ Mèt ” la se Jezi Kris. “ Esklav ” la se gwoup kretyen wen yo ki sou tè a. Yo konfye klas esklav sa a responsablite pou l pran swen byen Jezi gen sou tè a e pou l founi manje espirityèl atan. Pami klas “ esklav fidèl ki prevwayan an ”, gen yon ti gwoup siveyan kalifye ki konpoze Kolèj santral la. Y ap sèvi antanke reprezantan klas esklav la. Y ap dirije travay predikasyon Wayòm nan nan lemonnantye e yo bay manje espirityèl alè. Kidonk, Kris dirije kongregasyon an pa mwayen “ esklav fidèl ki prevwayan an ”, ki wenn ak lespri, ansanm ak Kolèj santral li a.

10. Ki atitid nou dwe genyen anvè ansyen yo, e poukisa ?

10 Gen yon lòt fason ankò Kris bay direksyon, se pa mwayen “ gason kòm kado ” yo, sa vle di ansyen oubyen siveyan yo. Yo bay yo nan “ objektif pou redrese sen yo, pou yon travay ki gen rapò ak ministè a, pou fòmasyon kò Kris la ”. (Efezyen 4:8, 11, 12.) Konsènan yo menm, Ebre 13:7 di : “ Se pou nou sonje moun k ap dirije nou yo, ki te anonse nou pawòl Bondye a, e tandiske n ap obsève sa konduit yo bay, imite lafwa yo. ” Ansyen yo pran latèt nan kongregasyon an. Etandone yo imite Kris Jezi, fwa yo vin diy pou nou imite (1 Korentyen 11:1). Nou ka montre rekonesans nou pou dispozisyon ki pran pou gen ansyen nan kongregasyon yo lè nou obeyi “ gason kòm kado ” sa yo e lè nou soumèt nou devan yo. — Ebre 13:17.

11. Pa ki mwayen Kris ap dirije disip li yo jodi a, e pou yon moun mache menm jan li te mache, ki sa sa gen ladan l ?

11 Wi, Jezi Kris ap dirije disip li yo jodi a pa mwayen lespri sen, “ esklav fidèl ki prevwayan an ” ak ansyen nan kongregasyon yo. Pou nou mache menm jan Kris te mache, nou bezwen konprann fason l ap dirije e nou bezwen soumèt nou ak fason sa a. Sa mande tou pou nou imite fason li te mache. Men sa apot Pyè ekri : “ Se nan chemen sa a yo te rele nou an, paske menm Kris te soufri pou nou, li kite yon modèl pou nou, pou nou ka suiv tras li fidèlman. ” ​(1 Pyè 2:21). Lè nou suiv egzanp san fay Jezi kite a, ki efè sa dwe gen sou nou ?

Se pou nou rezonab lè n ap egzèse otorite

12. Ki aspè nan egzanp Kris ki gen yon enpòtans patikilye pou ansyen yo nan kongregasyon an ?

12 Byenke Jezi te resevwa yon otorite ki san parèy nan men Papa l, li te rezonab nan fason li te egzèse l. Nou tout nan kongregasyon an, patikilyèman siveyan yo, ‘ tout moun dwe konnen nou kòm moun ki rezonab ’. (Filipyen 4:5 ; 1 Timote 3:2, 3.) Etandone ansyen yo gen yon sèten otorite nan kongregasyon an, li esansyèl pou yo suiv tras Kris lè y ap egzèse l.

13, 14. Ki jan ansyen yo ka imite Kris lè y ap ankouraje lòt moun pou yo sèvi Bondye ?

13 Jezi te konn teni kont de limit disip li yo. Li pa t konn mande yo plis pase sa yo kapab bay (Jan 16:12). Jezi te konn ankouraje disip li yo pou yo “ fè gwo efò ” pou yo fè volonte Bondye, men li pa t konn mete presyon sou yo (Lik 13:24). Pou l fè sa, li te konn ba yo egzanp e li te konn touche kè yo. Menm jan an tou jodi a, ansyen yo pa entimide lòt moun k ap sèvi Bondye, yo pa ni fè yo wont ni akize yo. Okontrè, yo ankouraje yo pou yo sèvi Jewova paske yo renmen l, paske yo renmen Jezi e paske yo renmen pwochen yo. — Matye 22:37-39.

14 Jezi pa t konn sèvi ak otorite yo te konfye l la pou l kontwole lavi moun. Li pa t etabli yon seri prensip moun pa ka atenn, ni li pa t fikse yon bann ak yon pakèt règ. Pou l motive moun yo, li te prefere sèvi ak prensip ki genyen dèyè lwa yo te bay pa mwayen Moyiz yo pou l touche kè yo (Matye 5:27, 28). Pou ansyen yo imite Jezi Kris, yo evite fè pwòp règ pa yo e yo evite ensiste sou pwennvi pèsonèl yo. Sou kesyon abiman ak kwafi oswa sou kesyon detant ak distraksyon, ansyen yo eseye touche kè moun yo lè yo sèvi ak prensip Bondye etabli yo, tankou sa ki ekri nan Mika 6:8 ; 1 Korentyen 10:31-33 ; 1 Timote 2:9, 10.

Se pou nou gen konpasyon e se pou nou konn padone

15. Ki jan Jezi te reyaji devan mankman disip li yo ?

15 Kris kite yon modèl pou nou suiv nan fason li te aji devan mankman disip li yo e devan erè yo te konn fè. Annou konsidere de evènman ki te rive nan dènye nuit li te pase sou tè a antanke imen. Apre Jezi te fin rive Jetsemane, li “ pran Pyè ak Jak ak Jan avè l ”, li di yo pou yo “ kontinye veye ”. Apre sa, “ etan li prale yon tikras pi lwen, li tonbe atè e li kòmanse priye ”. Lè li retounen, li “ jwenn yo ap dòmi ”. Ki jan Jezi te reyaji ? Men sa li di : “ Se vre, lespri a chofe, men lachè a fèb. ” ​(Mak 14:32-38). Olye li repwoche Pyè, Jak ak Jan byen di, li montre konpasyon pou yo. Nan menm nuit lan, Pyè renye Jezi twa fwa (Mak 14:66-72). Ki jan Jezi te trete Pyè apre sa ? “ Seyè a leve e li te parèt devan Simon [Pyè]. ” ​(Lik 24:34). Labib di : “ Li te parèt devan Sefas, apre sa devan douz yo. ” ​(1 Korentyen 15:5). Olye Jezi te kenbe rankin, li te padone apot la ki te repanti e li te fòtifye l. Pi devan, Jezi te konfye Pyè gwo responsablite. — Travay 2:14 ; 8:14-17 ; 10:44, 45.

16. Lè kwayan parèy nou desevwa nou oswa yo fè nou yon bagay ki pa sa, ki jan nou ka mache menm jan Jezi te mache ?

16 Lè enpèfeksyon fè kretyen parèy nou desevwa nou oswa yo fè nou yon bagay ki pa sa, èske nou pa ta dwe montre nou gen konpasyon e nou konn padone menm jan ak Jezi ? Men sa Pyè te di kwayan parèy li yo : “ Se pou nou tout gen menm panse. Montre nou gen kè sansib e nou gen afeksyon youn pou lòt antanke frè, montre nou gen yon tandrès ki melanje ak konpasyon, montre nou gen imilite. Pa rann mal pou mal oswa jouman pou jouman, men, okontrè, bay benediksyon. ” ​(1 Pyè 3:8, 9). E si yon moun pa trete nou jan Jezi t ap trete nou, li refize montre konpasyon oswa li refize padone ? Menm nan yon ka konsa, nou nan obligasyon pou nou eseye imite Jezi e pou nou reyaji menm jan li menm li t ap reyaji. — 1 Jan 3:16.

Mete enterè Wayòm nan an premye

17. Ki sa ki montre Jezi te mete fè volonte Bondye nan premye plas nan lavi l ?

17 Gen yon lòt domèn ankò kote nou bezwen mache menm jan Jezi Kris te mache. Pwoklamasyon bon nouvèl Wayòm nan te okipe plas ki pi enpòtan nan lavi Jezi. Apre Jezi te fin preche Samaritèn nan, toupre vil Sicha nan Samari, li te di disip li yo : “ Manje pa m se fè volonte sila a ki voye m nan e pou m fin fè travay li nèt. ” ​(Jan 4:34). Jezi te jwenn fòs nan fè volonte Papa l, sa te nourisan pou li, sa te satisfè l e sa te remonte l tankou manje. Ki rezilta n ap jwenn si nou rete konsantre sou fè volonte Bondye menm jan ak Jezi ? Èske se pa yon vi ki vrèman gen yon sans e ki bay satisfaksyon ?

18. Ki benediksyon yon moun ap jwenn lè li ankouraje pitit li rantre nan sèvis aplentan ?

18 Lè paran yo ankouraje pitit yo pou yo antre nan sèvis aplentan, yo menm ak tout pitit yo resevwa anpil benediksyon. Yon papa ki gen de pitit gason, de jimo, te mete sèvis pyonye devan yo kòm objektif depi lè yo toupiti. Apre yo fin fè etid pwofàn yo, de jimo yo te vin pyonye. Lè papa sa a ap reflechi sou jwa li jwenn, men sa li ekri : “ Timesye nou yo pa desevwa nou. Avèk rekonesans, nou kapab di : ‘ Pitit gason se yon eritaj Jewova bay. ’ ” ​(Sòm 127:3). E ki jan timoun yo tire pwofi lè yo fè karyè nan sèvis aplentan ? Men sa yon manman ki gen senk pitit di : “ Sèvis pyonye ede tout pitit mwen yo pou yo devlope yon relasyon ki pi sere avèk Jewova, sa amelyore etid pèsonèl yo abitye fè, sa ede yo aprann ki jan pou yo jere tan yo avèk sajès e sa ede yo aprann mete bagay espirityèl yo nan premye plas nan lavi yo. Byenke yo tout gen anpil ajisteman pou yo fè, pa gen youn nan yo ki regrèt chemen yo te chwazi suiv la. ”

19. Ki planifikasyon pou lavni li ta saj pou jèn yo fè ?

19 Jèn, ki planifikasyon ou fè pou lavni ? Èske w ap chèche atenn yon nivo ki elve nan domèn pwofesyonèl ? Oswa èske w ap travay nan objektif pou w fè karyè nan sèvis aplentan ? Men egzòtasyon Pòl bay : “ Byen veye sou fason n ap mache, pou se pa tankou moun ki pa gen okenn sajès, men tankou moun ki saj, lè nou rachte pou nou menm moman apwopriye a, paske jou yo makawon. ” Apre sa li ajoute : “ Se sa k fè, sispann aji kòm moun derezonab, men kontinye chèche konprann sa volonte Jewova ye. ” — Efezyen 5:15-17.

Se pou nou fidèl

20, 21. Nan ki sans Jezi te fidèl, e ki jan nou ka imite fidelite l ?

20 Pou nou mache menm jan Jezi te mache, sa mande pou nou imite fidelite li. Konsènan fidelite Jezi, men sa Labib di : “ Malgre li te egziste nan fòm Bondye, [li] pa t gen okenn anbisyon, sa vle di pou l ta egal Bondye. Non, men li te vide tèt li, li te pran fòm yon esklav e li te vin nan resanblans moun. Anplis de sa, lè l te vin twouve l nan fòm yon òm, li te imilye tèt li e li te vin obeyisan jiskaske l mouri, wi, jiskaske l mouri sou yon poto soufrans. ” Avèk fidelite, Jezi te soutni souvrènte Jewova, pandan li soumèt devan volonte Bondye te gen pou li. Li te vin obeyisan jiskaske li mouri pandan l ap soufri sou yon poto soufrans. Nou dwe “ kenbe menm etadespri sa a ” e nou dwe soumèt nou fidèlman pou nou fè volonte Bondye. — Filipyen 2:5-8.

21 Jezi te montre fidelite tou anvè apot fidèl li yo. Malgre yo te gen feblès ak enpèfeksyon, Jezi te renmen yo “ jiska lafen ”. (Jan 13:1.) Menm jan an tou, nou pa dwe kite enpèfeksyon frè nou yo fè nou tonbe nan kritike yo.

Rete atache ak modèl Jezi trase a

22, 23. Ki pwofi n ap tire si nou rete atache ak modèl Jezi trase a ?

22 Natirèlman, antanke imen enpafè, nou pa kapab mache egzakteman sou tras Egzanp pafè nou an. Sepandan, nou kapab fè efò pou nou suiv tras li deprè. Pou nou fè sa, sa mande pou nou konprann fason Kris dirije, pou nou soumèt nou devan l e pou nou rete kole ak modèl li trase a.

23 Si nou vin imitatè Kris, sa ap fè nou jwenn anpil benediksyon. Vi nou ap vin gen plis sans e n ap satisfè ak lavi nou, paske nou konsantre nou sou fè volonte Bondye olye nou konsantre nou sou fè volonte pa nou (Jan 5:30 ; 6:38). Nou gen yon bon konsyans. Fason nou konpòte nou vin yon egzanp. Jezi envite tout moun k ap travay di e ki anba chay pou yo vin jwenn li e y ap jwenn rekonfò pou nanm yo (Matye 11:28-30). Lè nou suiv egzanp Jezi, nou menm tou n ap rekonfòte lòt moun lè nou ansanm avèk yo. Kidonk, annou kontinye mache menm jan Jezi te mache.

Èske nou sonje ?

• Ki jan Kris dirije disip li yo jodi a ?

• Ki jan ansyen yo kapab suiv fason Kris dirije lè y ap egzèse otorite Bondye ba yo a ?

• Ki jan nou ka suiv egzanp Jezi lè n ap fè fas ak feblès lòt moun ?

• Ki jan jèn yo kapab mete enterè Wayòm nan an premye ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 19]

Ansyen yo ede nou suiv direksyon Kris.

[Foto nan paj 20, 21]

Jèn, ki planifikasyon w ap fè pou w satisfè ak lavi w antanke kretyen ?