Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou mache selon lafwa, non pa selon sa nou wè !

Annou mache selon lafwa, non pa selon sa nou wè !

Annou mache selon lafwa, non pa selon sa nou wè !

“ N ap mache selon lafwa, non pa selon sa nou wè. ” — 2 KORENTYEN 5:7.

1. Ki sa ki montre apot Pòl te mache selon lafwa, non pa selon sa l wè ?

NOU nan ane 55 epòk nou an. Gen anviwon 20 an ki deja pase depi yon mesye ki te rele Sòl, ki te konn pèsekite kretyen yo, te aksepte krisyanis la. Yo te vin konnen l sou non apot Pòl e li pa t kite tan k ap pase febli fwa l nan Bondye. Menmsi li pa t ka wè reyalite selès yo avèk je l, li te rete fèm nan lafwa. Se sa k fè, lè li t ap ekri kretyen wen yo, ki te gen esperans selès, li te di yo : “ N ap mache selon lafwa, non pa selon sa nou wè. ” — 2 Korentyen 5:7.

2, 3. a) Ki jan nou demontre n ap mache selon lafwa ? b) Ki sa sa vle di mache selon sa nou wè ?

2 Pou nou mache selon lafwa, sa mande pou nou gen yon konfyans total nan kapasite Bondye genyen pou li dirije lavi nou. Nou dwe gen fèm konviksyon li vrèman konnen sa ki pi bon pou nou (Sòm 119:66). Lè nou pran desizyon nan lavi a e nou aji ann amoni ak desizyon sa yo, nou teni kont de ‘ yon seri reyalite nou pa wè ’. (Ebre 11:1.) Reyalite sa yo gen ladan yo “ syèl tounèf ak yon tè tounèf ” Bondye pwomèt (2 Pyè 3:13). Tandiske, mache selon sa nou wè siyifi n ap mennen yon vi kote se sèlman sa nou rive konprann avèk sans fizik nou ki dirije l. Sa danjere paske sa ka vin fè nou inyore volonte Bondye nèt. — Sòm 81:12 ; Eklezyas 11:9.

3 Kit nou fè pati “ ti twoupo ” a ki gen esperans selès, kit nou fè pati “ lòt mouton ” yo ki gen esperans terès, nou chak dwe pran an konsiderasyon egzòtasyon pou nou mache selon lafwa, non pa selon sa nou wè (Lik 12:32 ; Jan 10:16). Annou wè ki jan lè nou suiv konsèy enspire sa a, sa ap pwoteje nou pou nou pa lage kò nou nan “ pran plezi pou yon ti tan nan peche ”, pou nou pa pran nan pyèj materyalis e pou nou pa bliye nou nan fen sistèm de choz sa a. Nou pral egzamine tou danje ki genyen lè yon moun mache selon sa l wè. — Ebre 11:25.

Evite “ pran plezi pou yon ti tan nan peche ”

4. Ki chwa Moyiz te fè, e poukisa ?

4 Imajine ki vi Moyiz, yon pitit gason Amram, te ka mennen. Etandone Moyiz te leve pami desandan wayal yo nan Ejip tan lontan an, li te gen posiblite gen pouvwa, richès ak enfliyans. Moyiz te ka di tèt li : ‘ Mwen resevwa yon bèl fòmasyon nan sajès ki gen anpil valè ann Ejip, pawòl mwen ak aksyon m gen anpil fòs. Si mwen rete atache ak mezon wayal la, mwen ka sèvi ak pozisyon m nan avantaj frè Ebre m yo y ap toupizi yo. ’ ​(Travay 7:22). Olye Moyiz te rezone konsa, li te pito chwazi pou yo “ maltrete l ansanm ak pèp Bondye a ”. Poukisa ? Ki sa ki te pouse Moyiz vire do bay tout sa Ejip te ka ofri l ? Men repons Bib la bay : “ Grasa lafwa, [Moyiz] te kite Ejip, san l pa t pè kòlè wa a, paske li te kontinye tennfas, kòmsi li te wè Sila a ki envizib la. ” ​(Ebre 11:24-27). Moyiz te gen konfyans Jewova ap rekonpanse l kanmenm poutèt li fè sa ki jis, e sa te ede l reziste devan peche e devan plezi pou yon ti tan ki gen nan peche.

5. Ki jan egzanp Moyiz ankouraje nou ?

5 Souvan, nou menm tou nou konn nan sitiyasyon ki oblije nou pran desizyon ki difisil sou kesyon tankou kesyon ki vin apre yo : ‘ Èske mwen dwe abandone sèten pratik oswa sèten abitid ki pa toutafè ann amoni ak prensip ki nan Bib la ? Èske mwen dwe aksepte yon travay ki sanble l bay avantaj materyèl men ki kapab bloke pwogrè espirityèl mwen ? ’ Egzanp Moyiz ankouraje nou pou nou pa fè chwa ki reflete mank klèvwayans monn nan. Olye de sa, nou dwe egzèse lafwa nan sajès ki demontre klèvwayans ki gen lakay “ Sila a ki envizib la ”, anpalan de Jewova Dye. Menm jan ak Moyiz, se pou nou bay amitye nou genyen ak Jewova plis valè pase tout bagay monn sa a gen pou l ofri.

6, 7. a) Ki jan Ezayi te montre li te pito mache selon sa li wè ? b) Ki egzanp ki sèvi avètisman nou jwenn nan sa ki te rive Ezayi a ?

6 Gen yon gwo diferans ant Moyiz ak Ezayi, yon pitit gason Izarak. Ezayi te prefere jwenn satisfaksyon tousuit (Jenèz 25:30-34). Kòm Ezayi pa t “ apresye bagay sakre ”, dwa li te genyen poutèt li te fèt an premye a, li te bay li “ pou yon sèl plat manje ”. (Ebre 12:16.) Li pa t reflechi sou jan desizyon li te pran pou l vann dwa sa a t ap gen efè sou relasyon l ak Jewova oswa sou jan aksyon li te poze a t ap gen enfliyans sou desandans li. Li te manke vizyon espirityèl. Ezayi te fèmen je l sou pwomès ki gen anpil valè Bondye te fè yo, li te konsidere yo kòm bagay ki pa gen anpil enpòtans. Li te mache selon sa l wè, li pa t mache selon lafwa.

7 Sa ki te rive Ezayi a se yon egzanp ki sèvi nou avètisman jodi a (1 Korentyen 10:11). Lè nou gen pou nou pran desizyon, kit se gwo desizyon, kit se ti desizyon, nou pa dwe kite pwopagann monn Satan an ap fè sedui nou kòmkwa nou dwe chèche gen sa nou vle imedyatman. Nou dwe mande tèt nou : ‘ Èske m montre mwen gen menm tandans ak Ezayi nan desizyon m ap pran ? Èske kouri dèyè sa mwen vle kounye a fè m mete enterè espirityèl yo annapre ? Èske chwa mwen fè yo mete amitye m avèk Bondye ansanm ak rekonpans mwen pou lavni an danje ? Ki egzanp mwen bay lòt moun ? ’ Si chwa nou fè yo montre apresyasyon pou bagay ki sakre, Jewova ap beni nou. — Pwovèb 10:22.

Evite pyèj materyalis

8. Ki avètisman kretyen Lawodise yo te resevwa, e poukisa sa enterese nou ?

8 Nan yon revelasyon Jezi Kris, pandan li nan glwa li, te bay apot Jan nan fen premye syèk la, li te transmèt li yon mesaj pou kongregasyon ki te nan Lawodise a, ann Azi Minè. Se te yon mesaj avètisman kont materyalis. Byenke kretyen Lawodise yo te rich materyèlman, yo t ap fè fayit espirityèlman. Olye yo te kontinye mache selon lafwa, yo te kite byen materyèl bouche vizyon espirityèl yo (Revelasyon 3:14-18). Materyalis gen menm efè a jodi a. Li febli lafwa e li fè moun sispann ‘ kouri kous pou lavi a avèk andirans ’. (Ebre 12:1.) Si nou pa fè atansyon, “ plezi lavi sa a ” ka ankonbre aktivite espirityèl nou yo jiskaske yo “ toufe nèt ”. — Lik 8:14.

9. Lè nou kontante nou e lè nou gen rekonesans pou nouriti espirityèl nou jwenn, ki jan sa pwoteje nou ?

9 Pou yon moun jwenn pwoteksyon espirityèl, li esansyèl pou l kontante l ak sa li genyen olye li sèvi ak monn sa a nèt pou l anrichi tèt li materyèlman (1 Korentyen 7:31 ; 1 Timote 6:6-8). Lè nou mache selon lafwa, e non pa selon sa nou wè, nou jwenn lajwa nan paradi espirityèl ki gen kounye a. Pandan n ap nouri nou espirityèlman, èske nou pa santi nou motive pou nou “ pouse kri kè kontan akoz bon kondisyon kè a ” ? (Izayi 65:13, 14.) Anplis de sa, nou pran plezi pou nou asosye nou ak moun ki manifeste fwi lespri Bondye a (Galat 5:22, 23). Sa vrèman enpòtan pou nou jwenn satisfaksyon ak rekonfò nan sa Jewova ban nou nan yon sans espirityèl !

10. Ki kesyon li bon pou nou poze tèt nou ?

10 Gen kèk kesyon li ta bon pou nou poze tèt nou, tankou : ‘ Ki plas bagay materyèl okipe nan lavi m ? Èske mwen itilize byen materyèl mwen genyen yo pou m mennen yon vi ki chita sou plezi oubyen mwen itilize yo pou m soutni vrè adorasyon an ? Ki sa ki ban m pi gwo satisfaksyon ? Èske se etid Labib ak frekantasyon kretyen parèy mwen nan reyinyon yo oswa wikenn kote mwen neglije responsablite m antanke kretyen ? Èske mwen rezève plizyè wikenn pou detant olye mwen itilize tan sa a nan predikasyon ak lòt aktivite ki gen rapò ak vrè adorasyon an ? ’ Mache selon lafwa siyifi nou rete okipe nan travay Wayòm nan, avèk yon konfyans total nan pwomès Jewova yo. — 1 Korentyen 15:58.

Fikse je nou sou lafen an

11. Lefètke nou mache selon lafwa, ki jan sa ede nou pou nou fikse je nou sou lafen an ?

11 Lefètke nou mache selon lafwa sa ede nou pou nou rejte pwennvi chanèl ki fè konprann lafen an byen lwen oswa li pap vin ditou. Kontrèman ak moun ki refize kwè yo, k ap pase pwofesi ki nan Bib la nan jwèt, nou disène ki jan evènman k ap pase nan monn nan tonbe daplon ak sa Pawòl Bondye a te predi pou epòk pa nou an (2 Pyè 3:3, 4). Pa egzanp, èske atitid ak konpòtman moun yo an jeneral pa bay prèv n ap viv nan “ dènye jou yo ” ? (2 Timote 3:1-5.) Avèk je lafwa nou, nou wè evènman k ap pase nan monn nan aktyèlman se pa jis istwa k ap repete. Okontrè, yo fòme “ siy prezans [Kris la] ak konklizyon sistèm de choz la ”. — Matye 24:1-14.

12. Ki jan pawòl Jezi te di nan Lik 21:20, 21 an te akonpli nan premye syèk la ?

12 Annou konsidere yon evènman ki te pase nan premye syèk epòk nou an ki sanble ak sa k ap pase jodi a. Lè Jezi Kris te sou tè a, men avètisman li te bay disip li yo : “ Lè nou wè lame tabli kan toutotou Jerizalèm, lè sa a, nou mèt konnen lè a rive pou yo devaste l. Lè sa a, se pou moun ki nan Jide kòmanse kouri pran mòn, epi se pou moun ki anndan l wete kò yo. ” ​(Lik 21:20, 21). Lè pwofesi sa a t ap akonpli, lame women an, ki te sou kòmandman Sestiyis Galis, te asyeje Jerizalèm nan ane 66 epòk nou an. Men, lame a te retire kò l sanzatann, sa te bay siyal ak opòtinite pou kretyen ki te la yo ‘ kouri pran mòn ’. Nan ane 70 epòk nou an, lame women an retounen, yo atake vil Jerizalèm e yo detwi tanp li a. Dapre sa Jozèf rapòte, gen plis pase yon milyon Juif ki mouri e gen 97 000 lòt yo mennen an kaptivite. Bondye te egzekite jijman l sou sistèm de choz juif la. Moun ki te mache selon lafwa e ki te obeyi avètisman Jezi te bay la te chape anba kalamite sa a.

13, 14. a) Ki evènman ki pral rive talè konsa ? b) Poukisa nou dwe rete veyatif devan akonplisman pwofesi biblik yo ?

13 Gen yon bagay menm jan an ki prèt pou rive jodi a. Nasyon ki fè pati Nasyonzini yo ap gen pou yo enplike nan egzekisyon jijman Bondye a. Menm jan lame women an nan premye syèk la te gen nan entansyon l pou l mentni Pax Romana (lapè women), Nasyonzini jodi a gen kòm objektif pou l sèvi antanke enstriman pou mentni lapè. Malgre lame women an te eseye kenbe yon sèten nivo sekirite nan tout peyi yo te konnen nan epòk sa a, se yo menm ki te ratibwaze Jerizalèm. Menm jan an tou jodi a, pwofesi ki nan Bib la montre pisans militè ki anndan Nasyonzini yo pral konsidere relijyon tankou eleman k ap simen latwoublay, e yo pral aji pou yo detwi Jerizalèm modèn nan, kretyente a, ansanm ak rès Gran Babilòn nan (Revelasyon 17:12-17). Wi, anpi inivèsèl fo relijyon an ann antye sou wout pou l detwi.

14 Dezolasyon fo relijyon an pral make kòmansman gwo tribilasyon an. Nan dènye pati gwo tribilasyon an, rès eleman ki fè pati sistèm de choz mechan sa a pral detwi (Matye 24:29, 30 ; Revelasyon 16:14, 16). Lè nou mache selon lafwa, sa kenbe nou eveye pou nou suiv akonplisman pwofesi biblik yo. Nou pap twonpe tèt nou pou nou ta panse yon òganizasyon lòm mete sou pye, tankou Nasyonzini, se yon mwayen Bondye itilize pou l pote vrè pè ak vrè sekirite a. Kidonk, èske fason n ap viv pa ta dwe demontre nou gen konviksyon “ gran jou Jewova a pre ” ? — Sefànya 1:14.

Mache selon sa nou wè : ki danje sa gen ladan l ?

15. Malgre nasyon Izrayèl la te jwenn benediksyon Jewova, nan ki pyèj li te tonbe ?

15 Lè yon moun mache selon sa l wè, sa ka febli fwa l, e sa k te pase Izrayelit nan tan lontan yo montre danje ki gen nan sa. Malgre Izrayelit yo te temwen dis plè ki te imilye fo dye Ejipsyen yo e apre sa yo te delivre yon fason estrawòdinè nan lanmè Wouj, yo te montre yo dezobeyisan, yo te fè yon ti bèf annò e yo te kòmanse adore l. Yo te vin enpasyan e yo te vin bouke tann Moyiz, ki “ te pran anpil tan anvan l desann sot nan mòn nan ”. (Egzòd 32:1-4.) Enpasyans te fè yo adore yon zidòl yo te ka wè ak je yo. Lefètke yo te mache selon sa yo wè, se te yon ensil pou Jewova e sa te mennen nan egzekisyon “ anviwon twa mil òm ”. (Egzòd 32:25-29.) Ala sa tris lè yon adoratè Jewova jodi a pran desizyon ki montre li pèdi konfyans nan Jewova e li manke konfyans nan kapasite Li genyen pou l reyalize pwomès li !

16. Ki jan Izrayelit yo te kite aparans twonpe yo ?

16 Etandone Izrayelit yo te kite aparans twonpe yo, sa te gen yon efè negatif sou yo nan lòt sans. Lefètke yo te mache selon sa yo wè, sa te fè yo pè e yo te tranble devan ènmi yo (Nonb 13:28, 32 ; Detewonòm 1:28). Sa te fè yo pa respekte otorite Bondye te bay Moyiz e yo te plenyen konsènan kondisyon yo t ap viv ladan l lan. Mank lafwa sa a te fè yo prefere Ejip, ki te anba kontwòl demon, pase Latè pwomiz (Nonb 14:1-4 ; Sòm 106:24). Sa dwe te fè Jewova mal anpil lè li wè jan pèp li a pa montre respè pou Wa envizib yo a !

17. Nan epòk Samyèl la, ki sa ki te lakòz Izrayelit yo rejte fason Jewova t ap gide yo ?

17 Yon lòt fwa ankò, nan epòk pwofèt Samyèl, nasyon Izrayèl la, yon nasyon ki te benefisye favè Bondye, te pran nan pyèj lefètke yo te mache selon sa yo wè. Pèp la te kòmanse anvi gen yon wa yo te ka wè. Byenke Jewova te demontre yo li se Wa yo, sa pa t sifi pou fè yo mache selon lafwa (1 Samyèl 8:4-9). Se te yon foli lè yo te rejte fason pafè Jewova t ap gide yo a, e se te pou pwòp malè yo. Yo te pito sanble ak nasyon ki te ozalantou yo. — 1 Samyèl 8:19, 20.

18. Ki leson nou ka aprann konsènan danje ki genyen lè yon moun mache selon sa li wè ?

18 Antanke sèvitè Jewova nan epòk modèn nan, nou cheri bon relasyon nou genyen ak Bondye. Nou gen anvi pou nou aprann leson valab ki gen nan evènman nan tan lontan yo e pou nou aplike yo (Women 15:4). Lè Izrayelit yo te mache selon sa yo wè, yo te bliye se Bondye k ap dirije yo pa mwayen Moyiz. Si nou pa fè atansyon, nou menm tou nou ka bliye se Jewova Dye ak Gran Moyiz la, Jezi Kris, k ap dirije kongregasyon kretyen an jodi a (Revelasyon 1:12-16). Nou dwe fè atansyon pou nou pa vin gen yon pwennvi imen konsènan pati terès òganizasyon Jewova a. Si nou gen yon pwennvi konsa, sa ka mennen nou nan plenyen e sa ka fè nou pèdi apresyasyon pou reprezantan Jewova yo e pou nouriti espirityèl “ esklav fidèl ki prevwayan an ” founi nou. — Matye 24:45.

Annou detèmine pou nou mache selon lafwa

19, 20. Ki sa nou detèmine pou nou fè, e poukisa ?

19 Labib di : “ Nou gen yon lit n ap mennen, non pa kont lachè ak san, men kont gouvènman yo, kont otorite yo, kont chèf mondyal k ap dirije fènwa sa yo, kont fòs espirityèl mechan ki nan zòn selès yo. ” ​(Efezyen 6:12). Pi gwo ènmi nou se Satan Ledyab. Plan l se pou l detwi lafwa nou genyen nan Jewova. Li pap neglije itilize kèlkeswa metòd la pou konvenk nou pou nou abandone desizyon nou te pran pou nou sèvi Bondye (1 Pyè 5:8). Ki sa k ap pwoteje nou pou nou pa kite aparans sistèm Satan an twonpe nou ? Se si nou mache selon lafwa, non pa selon sa nou wè. Lafwa ak konfyans nan pwomès Jewova yo ap prezève nou pou nou pa fè ‘ nofraj konsènan lafwa nou ’. (1 Timote 1:19.) Se sa k fè, nou dwe detèmine pou nou kontinye mache selon lafwa, pandan n ap mete tout konfyans nou nan benediksyon Jewova. Se pou nou kontinye priye pou nou ka chape anba tout bagay ki gen pou rive alavni yo. — Lik 21:36.

20 Pandan n ap mache selon lafwa, non pa selon sa nou wè, nou gen yon trè bèl Egzanp. Labib di : “ Kris te soufri pou nou, li kite yon modèl pou nou, pou nou ka suiv tras li fidèlman. ” ​(1 Pyè 2:21). Atik ki vin apre a pral esplike ki jan nou ka kontinye mache menm jan Jezi te mache.

Èske nou sonje ?

• Ki sa nou te aprann nan egzanp Moyiz ak Ezayi konsènan mache selon lafwa, non pa selon sa nou wè ?

• Ki mwayen ki kapab ede nou evite materyalis ?

• Si nou mache selon lafwa, ki jan sa ap ede nou pou nou pa wè lafen an lwen ?

• Poukisa se yon bagay ki danjere lè yon moun mache selon sa l wè ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 13]

Moyiz te mache selon lafwa.

[Foto nan paj 14]

Èske sa rive w souvan pou detant pran pye sou aktivite teyokratik ou ?

[Foto nan paj 16]

Lè nou koute Pawòl Bondye, ki jan sa pwoteje nou ?