Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Paran : ki avni ou vle pou pitit ou ?

Paran : ki avni ou vle pou pitit ou ?

Paran : ki avni ou vle pou pitit ou ?

“ Nou menm jèn gason e nou menm tou vyèj yo [...]. Se pou yo louwe non Jewova. ” — SÒM 148:12, 13.

1. Ki sousi paran yo gen pou pitit yo ?

KI PARAN ki pa sousye anpil de avni pitit li ? An reyalite, depi lè yon timoun fèt, e menm anvan sa, paran l kòmanse enkyete pou byennèt li. Y ap poze tèt yo yon seri kesyon tankou, èske timoun sa a ap an sante ? Èske l ap devlope nòmalman ? Ofiramezi timoun nan ap grandi, paran an vin gen lòt enkyetid. An jeneral, se toujou sa ki pi bon an yon paran vle pou pitit li. — 1 Samyèl 1:11, 27, 28 ; Sòm 127:3-5.

2. Poukisa jodi a anpil paran santi yo oblije fè tout sa yo kapab pou pitit yo gen yon bèl vi lè yo vin gran ?

2 Sepandan, nan monn jodi a, se yon defi pou yon paran rive bay pitit li sa ki pi bon pou li. Anpil paran pase anba moman ki rèd anpil, tankou lagè, boulvèsman politik, sitiyasyon ekonomik difisil, soufrans fizik oswa soufrans afektif, elatriye. Natirèlman, yon paran ap swete ak tout kè l pou pitit li pa pase anba menm peripesi sa yo. Nan peyi rich yo, yon paran ka remake pitit fanmi l oubyen pitit zanmi l ap fè pwogrè nan karyè pwofesyonèl yo antreprann e li ka remake y ap mennen yon vi ki sanble reyisi. Sa konn fè l santi l oblije fè tout sa l kapab pou l asire l lè pitit pa l vin gran, l ap kapab viv yon fason ki plizoumwen konfòtab e ki asire, sa vle di l ap gen yon bèl vi. — Eklezyas 3:13.

Chwazi yon bèl vi

3. Ki chwa kretyen yo fè ?

3 Antanke disip Jezi Kris, kretyen yo chwazi vwe vi yo bay Jewova. Yo sonje pawòl Jezi yo ki di : “ Si yon moun vle suiv mwen, se pou l renye tèt li, se pou l pran poto soufrans li chak jou e se pou l suiv mwen nètale. ” ​(Lik 9:23 ; 14:27). Wi, lavi yon kretyen mande sakrifis. Men, se pa yon vi kote nou prive tèt nou yon seri bagay, ni se pa yon vi mizè. Okontrè, se yon vi ki bay kè kontan ak satisfaksyon. Wi, se yon bèl vi, paske se yon vi ki mande pou nou bay, e Jezi te di “ gen plis kè kontan lè w bay pase lè w resevwa ”. — Travay 20:35.

4. Ki bagay Jezi te egzòte disip li yo pou yo chèche ?

4 Nan epòk Jezi a, moun yo t ap viv nan sitiyasyon ki difisil anpil. Anplis de difikilte yo te genyen pou yo pran swen tèt yo, yo te oblije andire anba dominasyon boutdi Women yo e anba fado chèf relijye nan epòk la te mete sou do yo, yon seri chèf relijye ki te plis mete aksan sou fòmalite (Matye 23:2-4). Toutfwa, anpil moun ki te tande pale de Jezi te dispoze abandone objektif pèsonèl yo te genyen, yo te abandone menm metye yo, e yo te vin disip li (Matye 4:18-22 ; 9:9 ; Kolosyen 4:14). Èske se risk disip sa yo te pran ? Èske se jwe yo t ap jwe ak avni yo ? Remake sa Jezi di : “ Nenpòt moun ki kite kay, oswa frè, oswa sè, oswa papa, oswa manman, oswa pitit, oswa jaden, akoz non mwen, ap jwenn plizyè fwa plis pase sa, e l ap eritye lavi etènèl. ” ​(Matye 19:29). Jezi te asire disip li yo Papa yo ki nan syèl la konnen sa yo gen bezwen. Men ki egzòtasyon li te ba yo : “ Kontinye chèche wayòm nan ak jistis li an premye e y ap ajoute tout lòt bagay sa yo pou nou. ” — Matye 6:31-33.

5. Byenke Jezi te bay asirans Bondye ap pran swen sèvitè l yo, ki santiman kèk paran konn genyen ?

5 Jodi a, sitiyasyon moun yo pa pi diferan pase sa. Jewova konnen sa nou gen bezwen, e moun ki mete enterè Wayòm nan an premye nan lavi yo, espesyalman moun k ap pèsevere nan sèvis aplentan yo, gen menm asirans lan, Bondye ap pran swen yo (Malaki 3:6, 16 ; 1 Pyè 5:7). Sepandan, gen kèk paran ki pa fin twò konnen sa pou yo deside nan sans sa a. Yon bò, yo ta renmen wè pitit yo ap fè pwogrè nan sèvis Jewova, petèt yo ta menm renmen wè yo antre nan sèvis aplentan. Men, yon lòt bò, lè yo konsidere nan ki sitiyasyon ekonomik y ap viv, lè yo rann yo kont li ka difisil pou pitit yo jwenn yon bon travay, yo ka panse li enpòtan pou jèn yo resevwa yon bon enstriksyon anvan, yon fason pou yo ka gen kalifikasyon nesesè k ap pèmèt yo jwenn yon bon djòb oubyen pou omwen yo ka gen yon rezèv si vin gen yon pwoblèm. Pou paran sa yo, souvan, bon enstriksyon konn vle di fè gwo etid.

Yon preparasyon pou lavni

6. Nan ki sans yo itilize ekspresyon “ gwo etid ” nan atik sa a ?

6 Tout peyi pa gen menm sistèm edikasyon. Pa egzanp, Ozetazini, lekòl Leta yo bay yon fòmasyon de baz ki dire douz an. Apre sa, elèv yo ka chwazi pou y al nan inivèsite kote yo pral pran enstriksyon pandan katran oubyen plis, sa k ap pèmèt yo soti ak yon lisans oubyen ak yon metriz oswa ak yon doktora nan medsin, nan dwa, nan jeni, eksetera. Nan atik sa a, lè yo itilize ekspresyon “ gwo etid ”, se de fòmasyon inivèsitè sa yo y ap pale. Yon lòt bò, gen lekòl teknik ak lekòl pwofesyonèl ki bay fòmasyon ki pa dire anpil tan e yo bay yon sètifika oubyen yon diplòm pou kèk metye oubyen pou fòmasyon nan lòt kalite pwofesyon.

7. Ki presyon elèv ki nan segondè yo ap sibi ?

7 Jodi a, pifò lekòl segondè gen yon sèl tandans : prepare elèv yo pou yo fè gwo etid. Se nan objektif sa a ki fè, pou pifò lekòl pèmèt elèv yo fè gwo nòt nan konkou yo fè pou antre nan inivèsite, yo bay yon seri matyè plis valè pase matyè ki ta ka itil elèv yo pou yo jwenn yon travay byen rapid. Jodi a, se pa de presyon elèv segondè yo ap sibi, ni bò kote pwofesè, ni bò kote konseye oryantasyon, ni bò kote elèv parèy yo. Y ap pouse yo nan yon sèl sans : fòk elèv yo fikse objektif pou yo antre nan pi gwo inivèsite ki genyen yo pou yo ka soti ak yon papye k ap pèmèt yo jwenn yon travay ki byen peye e ki gen avni.

8. Devan ki chwa paran kretyen yo twouve yo ?

8 Nan ka sa a, ki sa pou paran ki kretyen yo fè ? Se vre yo ta renmen pou pitit yo byen travay lekòl, e pou yo gen ase konpetans pou yo pran swen tèt yo demen (Pwovèb 22:29). Men, etandone se lespri konpetisyon ki gen nan monn nan, kote moun yo ap chèche pwogrese, y ap chèche reyisi nan domèn materyèl, èske yo ta dwe tou senpleman kite lespri konpetisyon sa a pote pitit yo ale ? Ki kalite objektif paran yo mete devan pitit yo, kit se nan sa y ap di yo, kit se nan egzanp yo bay ? Gen paran ki touye tèt yo travay pou yo sanble kòb pou yo ka voye pitit yo nan gran inivèsite lè timoun nan rive nan laj pou sa. Gen lòt menm ki konn dispoze prete kòb pou yo ka atenn objektif sa a. Men se pa sèlman an dola nou ka evalye pri desizyon sa a koute. An reyalite, ki pri fè gwo etid koute jodi a ? — Lik 14:28-33.

Fè gwo etid : pri sa koute

9. Ki sa nou ka di konsènan pri fè gwo etid koute jodi a nan domèn finansye ?

9 An jeneral, mo pri a fè nou panse ak sa yon bagay koute nan domèn finansye. Gen kèk peyi, gouvènman yo finanse gwo etid e etidyan ki kalifye yo prèske pa peye anyen pou enstriksyon yo resevwa a. Sepandan, nan pifò peyi, gwo etid se bagay ki koute chè anpil e y ap koute pi chè de jou an jou. Nan sans sa a, men sa yo fè remake nan yon jounal : “ Gwo etid se te yon mwayen pou moun vin gen plis opòtinite. Men kounye a, li konfime separasyon ki genyen ant moun ki rich ak moun ki pòv yo. ” ​(New York Times). Sa vle di, fè gwo etid nan gwo inivèsite vin tounen rapidman zafè moun ki rich, moun ki gen enfliyans, e moun sa yo fè pitit yo fè gwo etid pou yo ka asire yo pitit yo tou ap vin rich e y ap vin gen enfliyans nan sistèm sa a. Èske se objektif konsa paran kretyen yo ta dwe vize pou pitit yo ? — Filipyen 3:7, 8 ; Jak 4:4.

10. Ki jan fè gwo etid kontribye nan avansman sistèm ki la kounye a ?

10 Menm nan peyi kote fè gwo etid gratis, sa pa toujou fèt san kondisyon. Pa egzanp, gen yon jounal ki fè remake, nan youn nan peyi ki nan zòn Sidès Azi, gouvènman an mete sou pye yon sistèm edikasyon ki tankou yon piramid. Sistèm nan ap pouse krèm elèv yo nan nivo ki pi elve a. Nivo ki pi elve a vle di rive antre nan youn nan pi gwo inivèsite ki gen nan monn nan, tankou Oxford ak Cambridge, ann Angletè, oubyen Harvard ak Yale, Ozetazini, oubyen lòt ankò (The Wall Street Journal). Pou ki rezon gouvènman sa a enterese konsa nan soutni etidyan yo ? Jounal la di se “ pou yo ka fè ekonomi nasyonal la mache ”. Enstriksyon an ka prèske pa koute etidyan yo anyen. Sepandan, vrè pri yo peye se yon vi ki konsakre nan travay pou avansman sistèm ki la kounye a. Byenke anpil moun nan monn nan ap kouri dèyè yon vi konsa, èske se wout sa a paran kretyen yo ta vle pou pitit yo pran ? — Jan 15:19 ; 1 Jan 2:15-17.

11. Ki sa kèk rapò montre konsènan kesyon bwè twòp alkòl ak kesyon imoralite seksyèl pami etidyan ki nan inivèsite yo ?

11 Yon lòt bagay nou dwe konsidere tou, se anviwònman kote y ap pran fòmasyon an. Kanmpous inivèsite yo pa gen bon renome anrapò ak respè prensip moral yo. Se kote ou jwenn dwòg, alkòl, imoralite, etidyan k ap triche, brimad sou nouvo etidyan, eksetera. Annou konsidere kesyon alkòl la. Nan yon repòtaj yon jounal fè konsènan moun ki bwè tou senpleman pou yo sou, men sa l deklare : “ Anviwon 44 pousan nan [etidyan inivèsite ki nan peyi Etazini] yo bwè pou yo sou omwen yon fwa chak de semèn. ” ​(New Scientist). Menm pwoblèm sa a kouran pami jèn nan peyi Ostrali, Grann Bretay, Risi ak nan lòt peyi ankò. Anrapò ak imoralite seksyèl, selon sa jounal Newsweek rapòte, sa k ap fè aktyalite nan mitan etidyan yo jodi a, se “ relasyon seksyèl pandan yon nuit e apre sa tout bagay kanpe la. E sa konn soti nan bo pou rive nan relasyon seksyèl ant moun yo pa menm byen konnen e yo pa gen nan lespri yo pou yo menm pale ak moun sa a apre ”. Etid ki fèt montre gen 60 a 80 pousan etidyan ki angaje yo nan sa. Men sa yon chèchè deklare : “ Si w se yon etidyan nan inivèsite e ou nòmal, w ap fè sa. ” — 1 Korentyen 5:11 ; 6:9, 10.

12. Anba ki presyon etidyan ki nan inivèsite yo ekspoze ?

12 Anplis de move anviwònman, devwa ak egzamen yo mete presyon sou etidyan yo. Fòk yo etidye, fòk yo fè devwa yo pou yo ka pase egzamen yo. Gen kèk ladan yo tou ki konn oblije pase omwen yon pati nan tan yo ap travay, toutpandan yo nan inivèsite. Tout bagay sa yo pran anpil tan ak anpil enèji. Donk, ki kantite tan ak enèji k ap rete pou aktivite espirityèl yo ? Lè presyon yo ap ogmante, ki sa y ap oblije bay vag ? Èske enterè Wayòm nan ap toujou vini an premye, oubyen èske y ap mete l akote (Matye 6:33) ? Men egzòtasyon Bib la bay kretyen yo : “ Byen veye sou fason n ap mache, pou se pa tankou moun ki pa gen okenn sajès, men tankou moun ki saj, lè nou rachte pou nou menm moman apwopriye a, paske jou yo makawon. ” ​(Efezyen 5:15, 16). Ala sa regretan lè w wè kèk moun abandone lafwa akoz lòt aktivite ki pran twòp tan ak twòp enèji oubyen akoz yo adopte konduit ki genyen nan inivèsite yo, konduit ki kontrè ak Ekriti yo !

13. Ki kesyon paran kretyen yo ta dwe pran an konsiderasyon ?

13 Se vre, se pa sou kanmpous inivèsite sèlman nou jwenn imoralite, move konduit ak presyon akoz travay nou gen pou nou fè. Sepandan, gen anpil jèn nan monn nan ki konsidere bagay sa yo tou senpleman tankou bagay ki fè pati lavi yon etidyan, e yo panse pa gen anyen mal nan sa. Èske yon paran kretyen ki okouran de tout bagay sa yo ta dwe ekspoze pitit yo nan yon anviwònman konsa pandan katran, ou menm plis (Pwovèb 22:3 ; 2 Timote 2:22) ? Èske sa vo lapèn pou jèn yo pran risk sa yo kèlkeswa pwofi yo ta ka tire ? E sa ki pi enpòtan, ki sa yo aprann jèn yo nan inivèsite sou bagay yo ta dwe bay premye plas nan lavi yo * (Filipyen 1:10 ; 1 Tesalonisyen 5:21) ? Paran yo ta dwe egzamine kesyon sa yo seryezman nan lapriyè e yo dwe egzamine tou danje sa reprezante pou yo voye pitit yo al etidye nan yon lòt vil oswa nan yon lòt peyi.

Ki lòt chwa nou ka fè ?

14, 15. a) Malgre sa anpil moun panse, ki konsèy Bib la bay ki kapab aplike jodi a ? b) Ki kesyon jèn yo ka poze tèt yo ?

14 Jodi a, selon sa anpil moun panse, sèl mwayen pou yon jèn reyisi se pou l resevwa yon fòmasyon nan inivèsite. Sepandan, olye pou kretyen yo suiv opinyon ki pi popilè yo, yo aksepte egzòtasyon Labib bay, egzòtasyon ki di : “ Sispann konfòme nou selon sistèm de choz sa a, men transfòme nou, lè nou refòme entèlijans nou, dekwa pou nou menm pèsonèlman nou ka konstate ki sa ki volonte Bondye, yon volonte ki bon, ki agreyab e ki pafè. ” ​(Women 12:2). Nan dènye peryòd tan lafen n ap viv kounye a, ki volonte Bondye pou sèvitè li yo, ni sa ki jèn ni sa ki aje ? Men ki egzòtasyon Pòl te bay Timote : “ Konsève bon sans ou nan tout bagay, sipòte sa ki mal, fè travay yon evanjelizatè, akonpli ministè w nèt. ” Pawòl sa yo aplikab pou nou tout jodi a. — 2 Timote 4:5.

15 Olye pou nou kite lespri materyalis monn nan pran nou nan pyèj, nou tout nou bezwen konsève ‘ bon sans nou ’, sa vle di nou bezwen kenbe oryantasyon espirityèl nou. Si w se yon jèn, poze tèt ou kesyon sa yo : ‘ Èske mwen fè tout efò m pou m “ akonpli ministè m ”, pou m vin yon minis Pawòl Bondye a ki efikas ? Ki plan mwen genyen pou m pousuiv ministè m “ nèt ” ? Èske mwen konn anvizaje posiblite pou mwen fè karyè nan sèvis aplentan ? ’ Kesyon sa yo ka parèt difisil, sitou lè w ap gade jèn parèy ou ki angaje yo nan chèche satisfè objektif egoyis yo, y ap chèche “ gwo bagay pou tèt yo ”, bagay yo panse k ap mennen yo nan pwosperite alavni (Jeremi 45:5). Se poutèt sa, avèk sajès, paran ki kretyen yo bay pitit yo fòmasyon espirityèl e yo kreye yon anviwònman espirityèl ki edifyan pou yo, depi lè yo toupiti. — Pwovèb 22:6 ; Eklezyas 12:1 ; 2 Timote 3:14, 15.

16. Avèk sajès, ki jan paran ki kretyen yo kapab kreye bonjan anviwònman espirityèl pou pitit yo ?

16 Gen yon fanmi ki gen twa pitit gason, e manman an te nan sèvis aplentan depi plizyè ane. Tande sa premye pitit la di : “ Manman m te veye anpil sou frekantasyon nou. Nou pa t konn frekante kamarad lekòl nou, men se sèlman moun ki gen bon abitid espirityèl nan kongregasyon an nou te konn frekante. Regilyèman, li te konn envite moun ki nan sèvis aplentan lakay nou, tankou misyonè, siveyan sikonskripsyon, Betelit ak pyonye. Lè n ap koute yo k ap rakonte eksperyans yo e lè nou wè jan yo kontan, sa te plante nan kè nou dezi pou nou antre nan sèvis aplentan. ” Ala sa bèl pou nou wè toule twa jèn sa yo nan sèvis aplentan ! Youn ap sèvi nan Betèl, yon lòt sot asiste Lekòl fòmasyon ministeryèl, e lòt la ap sèvi kòm pyonye.

17. Ki oryantasyon paran yo ka bay jèn yo nan chwa seksyon y ap fè ak metye oswa pwofesyon yo ta renmen aprann apre yo fini lekòl ? (Gade kare ki nan paj 30 lan.)

17 Anplis de anviwònman espirityèl ki edifyan paran yo bezwen kreye pou pitit yo, li esansyèl pou paran yo bay pitit yo oryantasyon ki kòrèk depi byen bonè, pou yo chwazi seksyon y ap fè ak metye oswa pwofesyon yo ta renmen aprann. Gen yon lòt jèn k ap sèvi nan Betèl kounye a ki di : “ Ni manman m ni papa m nan sèvis aplentan depi anvan yo marye, e yo te fè tout posib yo pou yo transmèt espri pyonye a bay tout fanmi an. Kit se lè n ap chwazi ki seksyon n ap fè, kit se lè n ap pran desizyon ki gen rapò ak avni nou, yo te toujou ankouraje nou pou nou fè yon chwa k ap ban nou opòtinite pou nou travay yon pati nan tan nou, yon fason pou nou ka pyonye. ” Olye pou ni paran ni pitit chwazi matyè k ap oryante moun pou y al nan inivèsite, li t ap pi bon pou yo fè chwa k ap favorize yon karyè teyokratik *.

18. Ki opòtinite pou jwenn travay jèn yo ta ka anvizaje ?

18 Selon etid ki fèt nan anpil peyi, moun yo plis bezwen pou travay, se pa moun ki gen diplòm inivèsitè, men se pito moun ki gen metye ak moun ki gen pwofesyon. Men sa yon jounal deklare : “ Nan ane k ap vini yo, swasanndis pousan moun k ap travay pap bezwen gen yon diplòm inivèsitè kote yo te pase katran ap etidye. Men se yon sètifika oubyen yon diplòm pwofesyonèl y ap bezwen. ” ​(USA Today). Gen anpil enstitisyon ki bay fòmasyon ki pa dire twòp tan nan kèk domèn tankou travay nan biwo, mekanik otomobil, reparasyon òdinatè, plonbri, kosmetoloji ak yon bann lòt ankò. Èske travay sa yo se travay ki enteresan ? Asireman ! Petèt yo pa sanble atiran jan kèk moun te ka espere l, men, pou yon moun ki gen objektif fè karyè nan sèvis Jewova, travay sa yo ka ba li mwayen ak libète l ap bezwen. — 2 Tesalonisyen 3:8.

19. Ki fason ki pi asire pou yon moun jwenn jwa ak satisfaksyon nan lavi l ?

19 Men ankourajman Bib la bay : “ Nou menm jèn gason e nou menm tou vyèj yo [...]. Se pou yo louwe non Jewova, paske se sèl non l ki nan yon wotè pèsonn pa ka rive. Diyite l pi wo pase ni tè a ni syèl la. ” ​(Sòm 148:12, 13). Lè nou konpare sèvis n ap bay Jewova aplentan ak sa monn nan ofri, tankou pozisyon ak rekonpans, nou rann nou kont e pa gen dout nan sa, sèvis aplentan se fason ki pi asire pou yon moun jwenn jwa ak satisfaksyon nan lavi l. Se pou nou toujou kenbe nan lespri nou asirans Bib la bay lè li di : “ Benediksyon Jewova, se sa ki fè yon moun rich, e li pa ajoute okenn doulè avè l. ” — Pwovèb 10:22.

[Nòt anba paj]

^ § 13 N ap jwenn kèk eksperyans konsènan moun ki te bay fòmasyon teyokratik plis valè pase fòmasyon nan inivèsite nan piblikasyon sa yo : Toudegad 1ye out 1982, paj 3-6 (fransè) ; 1ye out 1979, paj 5-10 (fransè) ; Réveillez-vous ! 22 septanm 1978, paj 15 ak Réveillez-vous ! 22 mas 1980, paj 3-6.

^ § 17 Gade nan atik “ La recherche de la sécurité ” ki nan Réveillez-vous ! 8 oktòb 1998, paj 4-6, ak nan atik “ Quelle carrière choisir ? ” ki nan Réveillez-vous ! 8 me 1989, paj 12-14.

Èske w ka esplike ?

• Nan ki sa kretyen yo mete konfyans yo pou yo gen yon avni ki asire ?

• Ki difikilte paran ki kretyen yo rankontre anrapò ak avni pitit yo ?

• Lè n ap evalye sa fè gwo etid koute, ki sa nou dwe pran an konsiderasyon ?

• Ki jan paran yo ka ede pitit yo pousuiv yon karyè nan sèvis Jewova ?

[Kesyon]

[Kare nan paj 30]

Ki enpòtans fè gwo etid genyen ?

Laplipa nan jèn ki te antre nan inivèsite te fè sa nan objektif pou yo soti ak yon lisans k ap pèmèt yo jwenn yon travay ki byen peye e ki gen avni. Sepandan, gen kèk rapò ofisyèl Ozetazini ki montre se sèlman yon etidyan sou kat ki soti ak yon lisans apre yo fin pase sizan nan inivèsite. Se yon rezilta ki deplorab. Menm lè yo gen lisans sa a, èske se yon garanti y ap jwenn yon bon travay ? Men sa kèk jounal revele konsènan ankèt k ap fèt aktyèlman :

“ Lefètke yon etidyan rive antre nan inivèsite Harvard oubyen Duke, se pa yon garanti l ap jwenn yon bon travay ki byen peye [...]. Antrepriz yo pa byen konnen jèn yo pral anplwaye yo. Lisans nan gwo inivèsite ka enpresyone moun, men annapre sa ki pral plis konte, se sa moun nan ka fè oubyen sa li pa ka fè. ” — Newsweek, 1ye novanm 1999.

“ Byenke an jeneral, pou yon moun jwenn travay jodi a li bezwen plis kalifikasyon pase lontan [...], nivo ki endispansab la se nivo yon bon elèv nevyèm ane fondamantal ki byen metrize matematik, ki li byen, ki ekri byen [...], se pa nivo yon etidyan ki nan fakilte [...]. Li pa endispansab pou yon moun al nan inivèsite pou l jwenn yon bon travay, men li endispansab pou l metrize matyè yo anseye nan segondè yo. ”— American Educator, prentan 2004.

“ Pifò inivèsite [Ozetazini] pa ajou nan kesyon prepare etidyan yo pou yo jwenn travay. Lekòl pwofesyonèl yo [...] ap atire anpil moun. Soti nan ane 1996 rive nan ane 2000, kantite moun ki enskri nan lekòl sa yo ogmante de 48 pousan [...]. Anmenmtan, diplòm inivèsitè ki koute chè e ki pran anpil tan ap pèdi valè de jou an jou pase tout lòt lè. ” — Time, 24 janvye 2005.

“ Nan previzyon Depatman ameriken pou travay te fè pou ane 2005 lan, li fè yon remak ki bay kè sote. Dapre sa yo di, pou pi piti gen yon tyè nan moun ki soti ak yon lisans nan inivèsite ki pap jwenn yon travay ki koresponn ak lisans yo a. ” — The Futurist, jiyè/out 2000.

De jou an jou, gen plis pwofesè, lè yo konsidere tout bagay sa yo, k ap mande tèt yo èske li endispansab vre pou yon moun fè gwo etid jodi a. Men sa yon jounal deklare : “ N ap fòme moun pou yon avni yo pap rive genyen. ” ​(The Futurist). Poutan, note sa Bib la di konsènan Bondye : “ Mwen menm Jewova, mwen se Bondye w, Sila k ap anseye w pou byen w lan, Sila k ap fè w mache sou wout ou dwe mache a. Ah ! Si sèlman ou ta pote atansyon toutbon ak kòmandman m yo ! Lè sa a, lapè w t ap vin tankou yon rivyè e jistis ou t ap vin tankou vag lanmè. ” — Izayi 48:17, 18.

[Foto nan paj 27]

Yo abandone objektif pèsonèl yo e yo suiv Jezi.

[Foto nan paj 32]

Avèk sajès, paran ki kretyen yo kreye yon anviwònman espirityèl edifyan pou pitit yo depi yo toupiti.