Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pwen enteresan ki nan premye liv Kwonik la

Pwen enteresan ki nan premye liv Kwonik la

Pawòl Jewova a vivan

Pwen enteresan ki nan premye liv Kwonik la

GEN anviwon 77 ane ki pase depi Juif yo sot ann egzil nan Babilòn pou yo retounen nan peyi yo. Sa gentan gen 55 ane depi gouvènè Zowobabèl fin rekonstwi tanp lan. Rezon prensipal ki fè Juif yo retounen, se pou yo vin retabli vrè adorasyon an nan Jerizalèm. Men, pèp la manke zele nan adorasyon y ap bay Jewova. Yo bezwen ankourajman prese prese, e se egzakteman ankourajman sa a premye liv Kwonik la pote.

Lè w retire jeneyaloji ki nan premye liv Kwonik la, w ap jwenn li kouvri yon peryòd ki dire anviwon 40 an, soti nan lanmò wa Sayil rive nan lanmò wa David. Se prèt Ezra yo di ki ekri liv sa a nan ane 460 anvan epòk nou an. Premye liv Kwonik la se yon liv ki gen enpòtans pou nou, paske li fè nou pi byen konprann adorasyon ki te konn fèt nan tanp lan e li ban nou plis detay sou liy fanmi Mesi a. Etandone li fè pati Pawòl Bondye enspire a, mesaj ki ladan l lan fòtifye fwa nou e li fè nou konprann Bib la pi byen. — Ebre 4:12.

YON LIS NON KI GEN ANPIL ENPÒTANS

(1 Kwonik 1:1–9:44)

Jeneyaloji detaye Ezra bay la nesesè pou omwen twa rezon : pou asire se sèlman gason ki otorize ki fèt pou sèvi antanke prèt, pou pèmèt yo detèmine eritaj chak tribi, e pou prezève lis non fanmi ki t ava mennen nan Mesi a. Jeneyaloji sa a pèmèt Juif yo rete atache ak pase yo, soti depi nan premye òm nan. Soti nan Adan rive nan Noye, nou jwenn dis jenerasyon. E rive nan Abraram, nou jwenn dis lòt jenerasyon. Apre li fin site non pitit Yichmayèl yo, non pitit Abraram te fè ak yon madanm li te pran ki rele Ketoura ansanm ak non pitit Ezayi yo, li plis pale de liy fanmi ki soti nan 12 pitit gason Izrayèl yo. — 1 Kwonik 2:1.

Ezra plis rete sou desandan Jida yo paske se nan yo liy wayal wa David la soti. Soti nan Abraram rive nan David, gen 14 jenerasyon, e rive nan lè yo te depòte Juif yo al Babilòn, gen 14 lòt jenerasyon (1 Kwonik 1:27, 34 ; 2:1-15 ; 3:1-17 ; Matye 1:17). Apre sa, Ezra bay lis desandan tribi ki te nan lès Jouden an, epi apre li bay jeneyaloji pitit gason Levi yo (1 Kwonik 5:1-24 ; 6:1). Ansuit, san l pa bay twòp detay, li mansyone kèk lòt tribi ki nan lwès rivyè Jouden an ansanm ak tout gason ki nan liy fanmi Benjamen (1 Kwonik 8:1). Annapre, li bay tou lis non moun ki te abite Jerizalèm an premye yo, apre yo fin soti nan kaptivite nan Babilòn. — 1 Kwonik 9:1-16.

Kesyon biblik ak tout repons :

1:18 — Kòman papa Chela te rele : Kayinàn oswa Apakchad (Lik 3:35, 36) ? Papa Chela te rele Apakchad (Jenèz 10:24 ; 11:12). Mo “ Kayinàn ” ki nan Lik 3:36 la se kapab yon defòmasyon mo “ Kaldeyen ” an. Si se sa, men kòman tèks orijinal la t ap ye : “ Pitit Apakchad, Kaldeyen an. ” Oubyen tou, Kayinàn ak Apakchad gendwa se de non menm moun nan te genyen. Fòk nou note tou gen kèk maniskri ki pa gen ekspresyon “ pitit Kayinàn ” nan. — Lik 3:36.

2:15 — Èske David se te setyèm pitit gason Jese ? Non. Jese te gen uit pitit gason, e se David ki te pi piti (1 Samyèl 16:10, 11 ; 17:12). Sanble, gen youn nan pitit gason Jese yo ki te mouri san l pa t gentan gen pitit. Etandone non li pa t ap afekte jeneyaloji a, Ezra pa site non l.

3:17 — Poukisa Lik 3:27 mansyone Cheyaltyèl, pitit gason Yekonya a, kòm pitit Neri ? Se Yekonya ki papa Cheyaltyèl. Men, sanble Neri te bay Cheyaltyèl yon pitit fi l kòm madanm. Lik pale de bofis Neri tankou se pitit Neri, menm jan li fè pou Jozèf, li di Jozèf se pitit Eli, papa Mari. — Lik 3:23.

3:17-19 — Ki lyen fanmi ki genyen ant Zowobabèl, Pedaya ak Cheyaltyèl ? Zowobabèl se pitit Pedaya, ki li menm se frè Cheyaltyèl. Men, pafwa, Bib la di Zowobabèl se pitit Cheyaltyèl (Matye 1:12 ; Lik 3:27). Se kapab paske Pedaya te mouri e se Cheyaltyèl ki te leve Zowobabèl. Oubyen, piske li posib pou Cheyaltyèl te mouri san l pa t fè pitit, se pou sa Pedaya dwe te fè yon maryaj leviratik, e Zowobabèl se te premye pitit nan inyon sa a. — Detewonòm 25:5-10.

5:1, 2 — Lefètke Jozèf te resevwa dwa premye pitit la, ki sa sa te siyifi pou li ? Jozèf te resevwa yon pòsyon doub nan eritaj la (Detewonòm 21:17). Se sa k fè li te vin papa de tribi : Efrayim ak Manase. Lòt pitit gason Izrayèl yo, yo chak papa yon sèl tribi.

Leson pou nou jodi a :

1:1–9:44. Jeneyaloji moun sa yo ki te egziste toutbonvre pwouve tout dispozisyon ki te pran anrapò ak vrè adorasyon an pa baze sou lejann, men yo baze sou bagay ki te rive reyèlman.

4:9, 10. Yabèts te priye Jewova ak tout kè li pou Jewova elaji tèritwa li nan lapè, dekwa pou plis moun ki gen krent pou Bondye ka jwenn kote pou yo rete, e Jewova te reponn priyè sa a. Nou menm tou, nou bezwen priye ak tout kè nou pou gen akwasman, toutpandan n ap patisipe avèk zèl nan travay fè disip la.

5:10, 18-22. Nan epòk wa Sayil, tribi ki te nan lès Jouden yo te bat Agrit yo, kwak kantite moun Agrit yo te genyen te plis pase de fwa kantite moun yo te genyen yo menm. Sa te rive paske gason vanyan nan tribi sa yo te mete konfyans yo nan Jewova e se nan men l yo te chèche èd. Annou gen yon konfyans total nan Jewova, pandan n ap kontinye gè espirityèl n ap mennen kont ènmi ki plis pase nou yo. — Efezyen 6:10-17.

9:26, 27. Levit ki t ap siveye pòt yo te gen yon gwo responsablite. Yo te ba yo kle pòt antre zòn sen nan tanp lan. E nan travay yo te genyen pou yo ouvri pòt yo chak jou, yo te montre yo diy de konfyans. Nou menm, yo konfye nou responsablite pou nou jwenn moun yo nan tèritwa a e pou nou ede yo vin adore Jewova. Èske nou pa ta dwe montre nou serye, montre nou diy de konfyans menm jan ak Levit ki t ap siveye pòt yo ?

DAVID AP DIRIJE ANTANKE WA

(1 Kwonik 10:1–29:30)

Istwa a kòmanse avèk lanmò wa Sayil ansanm ak twa pitit gason l yo nan yon konba kont Filisten yo nan mòn Gilbowa. Yo mete David, pitit Jese a, wa sou tribi Jida (1 Kwonik 11:1-3). Yon ti tan apre, li pran Jerizalèm. Yon seri mesye ki konn al nan lagè soti nan tout tribi pou yo vin Ebwòn, e yo fè l wa sou tout Izrayèl. Apre sa, Izrayelit yo pote lach alyans lan Jerizalèm “ avèk kri kè kontan, avèk son kòn, [...] yo t ap jwe enstriman akòd ak hap byen fò ”. — 1 Kwonik 15:28.

David eksprime dezi li genyen pou l konstwi yon mezon pou vrè Dye a. Byenke Jewova rezève privilèj sa a pou Salomon, li fè yon alyans avèk David pou yon wayòm. Pandan David ap mennen plizyè batay kont ènmi Izrayèl yo, Jewova fè l ranpòte viktwa sou viktwa. Yon resansman ki pa t gendwa fèt lakòz 70 000 moun mouri. Lè David fin fè yon lotèl pou Jewova, selon enstriksyon yon zanj te bay, li achte yon teren nan men Ònàn, Yebouzit la. David kòmanse fè “ preparatif an grann kantite ” pou konstriksyon yon mezon pou Jewova sou teren sa a, yon mezon ki t ap “ pi grandyoz lontan pase tout lòt ”. (1 Kwonik 22:5.) David òganize sèvis Levit yo. Yo dekri sa avèk plis detay nan liv sa a plis pase nenpòt lòt kote nan Ekriti yo. Wa a ansanm ak pèp la bay gwo kontribisyon pou tanp lan. Apre 40 an David fè ap reye, li mouri “ rasazye ak jou, ak richès e ak glwa, e Salomon, pitit gason l lan, [...] kòmanse reye nan plas li ”. — 1 Kwonik 29:28.

Kesyon biblik ak tout repons :

11:11 — Poukisa se 300 moun yo di ki mouri, alòske 2 Samyèl 23:8, pou menm istwa a, rapòte se 800 moun ? Nan twa gason ki pi vanyan David te genyen yo, se Yachobeyam, oubyen Yochèb-Bachebèt, ki te alatèt. Lòt de mesye pisan yo se te Eleyaza avèk Chama (2 Samyèl 23:8-11). Rezon ki fè gen yon diferans ant de tèks yo se kapab paske de tèks yo pale de de aksyon diferan menm moun nan te fè.

11:20, 21 — Ki pozisyon Abichayi te okipe parapò ak twa mesye ki te pi pisan David te genyen yo ? Abichayi pa t pami twa mesye ki te pi pisan ki te osèvis David yo. Sepandan, tankou jan 2 Samyèl 23:18, 19 deklare, li te alatèt 30 gèrye e li te pi selèb pase yo tout. Repitasyon Abichayi te rive nan menm nivo ak repitasyon twa mesye yo paske li te fè yon aksyon pisan ki te sanble ak aksyon Yachobeyam te fè a.

12:8 — Nan ki sans figi gèrye gadit yo te tankou “ figi lyon ” ? Gason vanyan sa yo te bò kot David nan dezè a. Cheve yo te vin long. Lè yon moun gen cheve long konsa, li vin sanble li fewòs, li vin tankou yon lyon.

13:5 — Ki sa “ rivyè Ejip ” la ye ? Gen kèk moun ki panse ekspresyon sa a fè referans ak yon branch nan Nil la. Men, an jeneral, anpil moun dakò li fè referans pito ak “ vale Ejip ”, yon ravin ki long ki sèvi kòm fwontyè sidwès Latè pwomiz. — Nonb 34:2, 5 ; Jenèz 15:18.

16:30 — Ki sa ekspresyon “ gwo doulè ” akoz Jewova a vle di ? Nan vèsè sa a, ekspresyon “ doulè ” a gen yon sans senbolik, li senbolize krentif ak pwofon respè pou Jewova.

16:1, 37-40 ; 21:29, 30 ; 22:19 — Ki dispozisyon anrapò ak adorasyon ki te toujou rete an vigè ann Izrayèl depi lè yo te mennen Lach la Jerizalèm rive jis lè tanp lan te konstwi ? Lè David te pote Lach la Jerizalèm e li te mete l anndan tant li te fè a, Lach la te gen anpil tan depi li pa t nan tabènak la. Apre yo fin pote Lach la ale, li rete nan tant lan nan Jerizalèm. Tabènak la li menm te nan Gibeyòn, kote Sadòk, gran prèt la, ansanm ak frè l yo, te konn ofri sakrifis, jan Lalwa te mande sa. Dispozisyon sa a te kontinye konsa jiskaske tanp lan fin konstwi nèt nan Jerizalèm. Lè tanp lan vin pare, yo transpòte tabènak la sot Gibeyòn al Jerizalèm, e yo mete Lach la anndan Trèsen tanp lan. — 1 Wa 8:4, 6.

Leson pou nou jodi a :

13:11. Olye pou nou fache, pou nou blame Jewova lè nou pa reyisi nan efò nou fè, nou dwe analize sitiyasyon an pou nou eseye wè ki sa ki fè nou echwe. Sandout se sa David te fè. Li te tire leson nan erè l yo, e apre sa, li te reyisi pote Lach la Jerizalèm paske li te fè sa jan sa te dwe fèt *.

14:10, 13-16 ; 22:17-19. Nou dwe toujou pwoche bò kote Jewova nan lapriyè e nou dwe toujou chèche direksyon li anvan nou antreprann yon aktivite k ap gen efè sou espirityalite nou.

16:23-29. Se adorasyon Jewova ki dwe enterese nou an premye.

18:3. Jewova se Sila a ki akonpli pwomès li. Pa mwayen David, li akonpli pwomès li te fè pou l bay semans Abraram nan tout peyi Kanaran, soti “ depi rivyè Ejip rive jis nan gwo rivyè a, rivyè Efrat ”. — Jenèz 15:18 ; 1 Kwonik 13:5.

21:13-15. Lefètke Jewova sansib devan soufrans pèp li, li pase zanj lan lòd pou l rete flewo a. Vrèmanvre, “ mizèrikòd li yo anpil anpil ” *.

22:5, 9 ; 29:3-5, 14-16. Menmsi se pa t David ki te responsab pou konstwi tanp Jewova a, li te montre yon etadespri donan. Poukisa ? Paske li te estime tout sa li vin genyen se grasa bonte Jewova li vin genyen yo. Si nou gen yon rekonesans konsa, sa ap pouse nou demontre yon etadespri donan.

24:7-18. Dispozisyon David te pran pou l fè klas prèt yo fè 24 gwoup la te toujou an vigè lè zanj lan te fè aparisyon devan Zekarya, papa Jan Batis, pou l anonse l Jan gen pou l fèt. Antanke manm “ divizyon Abiya ”, se te tou pa Zekarya pou l te sèvi nan tanp lan lè sa a (Lik 1:5, 8, 9). Istwa vrè adorasyon an baze sou moun ki te egziste toutbon, se pa lejann moun sa yo ye. N ap jwenn benediksyon lè nou kowopere fidèlman avèk “ esklav fidèl ki prevwayan an ” nan sa ki gen rapò ak fason adorasyon Jewova a byen òganize jodi a. — Matye 24:45.

Sèvi Jewova “ ak yon nanm ki agreyab ”

Se pa jeneyaloji sèlman yo rapòte nan premye liv Kwonik la. Li rakonte tou lè David t ap pote lach alyans lan Jerizalèm, li rakonte gwo viktwa David te ranpòte yo, preparasyon yo te fè pou konstriksyon tanp lan ansanm ak divizyon yo te etabli pou sèvis prèt yo ki soti nan tribi Levi. Tout sa Ezra te rakonte nan premye liv Kwonik la dwe te itil Izrayelit yo, sa dwe te ede yo vin pi zele nan adorasyon yo t ap bay Jewova nan tanp lan.

Ala yon bèl egzanp David kite lefètke li te toujou mete adorasyon Jewova an premye nan lavi l ! Olye David t al chèche privilèj espesyal pou tèt li, li te pito chèche fè volonte Bondye. Nou ankouraje nou aplike konsèy li bay pou nou sèvi Jewova “ ak yon kè ki konplè e ak yon nanm ki agreyab ”. — 1 Kwonik 28:9.

[Nòt anba paj]

^ § 2 Pou nou tire lòt leson toujou nan istwa kote David te eseye transpòte Lach la Jerizalèm, gade nan Toudegad 1ye jen 2005, paj 28-31.

^ § 6 Pou nou tire lòt leson anrapò ak resansman David pa t gen dwa fè a, gade nan Toudegad 1ye jen 2005, paj 28-31.

[Tablo/Foto nan paj 8-11]

(Gade peryodik la)

Jenerasyon soti nan Adan rive nan Noye (1 056 ane)

4026 anv. e. nou an Adan

130 ane ⇩

Sèt

105 ⇩

Enòch

90 ⇩

Kenàn

70 ⇩

Mahalalèl

65 ⇩

Yarèd

162 ⇩

Enòk

65 ⇩

Metouchela

187 ⇩

Lamèk

182 ⇩

2970 anv. e. nou an, NOYE fèt

Jenerasyon soti nan Noye rive nan Abraram (952 ane)

2970 anv. e. nou an Noye

502 ane ⇩

Sèm

DELIJ LA 2370 anv. e. nou an

100 ⇩

Apakchad

35 ⇩

Chela

30 ⇩

Ebè

34 ⇩

Pelèg

30 ⇩

Rewou

32 ⇩

Sewoug

30 ⇩

Nahò

29 ⇩

Tera

130 ⇩

2018 anv. e. nou an, ABRARAM fèt

Soti nan Abraram rive nan David : 14 jenerasyon (911 ane)

2018 anv. e. nou an Abraram

100 ane

Izarak

60 ⇩

Jakòb

88 ⇩

Jida

Perèts

Etswòn

Ram

Aminadab

Nachòn

Salmòn

Bowaz

Obèd

Jese

1107 anv. e. nou an, DAVID fèt