Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w vle mache avèk Bondye ?

Èske w vle mache avèk Bondye ?

Èske w vle mache avèk Bondye ?

“ Mache yon fason modès avèk Bondye w la. ” — Mika 6:8.

1, 2. Ki jan nou ka konpare santiman Jewova gen pou nou ak santiman yon paran k ap aprann yon timoun mache ?

YON tibebe kanpe sou de ti pye l k ap tranble, l ap fè efò pou l pran men paran l, l ap lonje bra l e li tou fè premye pa l. Sa ka sanble yon bagay banal, men, pou manman l ak papa l, se yon gwo evènman, se yon moman ki bay anpil espwa pou lavni. Paran yo ap tann avèk enpasyans moman pou yo mache avèk pitit yo men nan men, mwa apre mwa, ane apre ane. Yo espere bay timoun nan direksyon ak sipò divès fason pandan anpil tan.

2 Jewova Dye gen menm santiman an pou pitit li yo sou tè a. Gen yon lè, li te di konsènan pèp li a, Izrayèl, oswa Efrayim : “ Mwen te aprann Efrayim mache, mwen te pote yo sou bra m. [...] Avèk kòd lòm ki sot nan tè a mwen kontinye rale yo, avèk kòdon lanmou an. ” ​(Ocheya 11:3, 4). La a, Jewova dekri tèt li kòm yon papa ki gen lanmou e ki gen pasyans lè l ap aprann yon timoun mache, petèt li pran l nan bra l lè l tonbe. Jewova, pi bon papa ki egziste a, anvi montre nou mache. Li pran plezi tou pou l akonpaye nou pandan n ap kontinye fè pwogrè. Jan tèks de baz atik la montre sa, nou kapab mache avèk Bondye (Mika 6:8) ! Men, mache avèk Bondye, ki sa sa vle di ? Poukisa nou bezwen fè sa ? Ki jan sa fè posib ? E ki benediksyon n ap jwenn lè nou mache avèk Bondye ? Annou konsidere kat kesyon sa yo youn apre lòt.

Mache avèk Bondye, ki sa sa vle di ?

3, 4. a) Ki sa ki remakab nan imaj yo sèvi pou pale de kesyon mache avèk Bondye a ? b) Ki sa sa vle di mache avèk Bondye ?

3 Natirèlman, yon imen pa ka mache literalman avèk Jewova ki yon espri (Egzòd 33:20 ; Jan 4:24). Donk, lè Labib pale de moun k ap mache avèk Bondye, se yon langaj senbolik li itilize. Li dekri yon imaj vivan ki travèse fwontyè nasyonal ak fwontyè kiltirèl e ki aplikab pou kèlkeswa epòk la. Dayè, èske gen yon zòn oubyen yon epòk kote moun pa t ap ka konprann lè w pale yo de yon moun k ap mache ansanm ak yon lòt moun ? Imaj sa a montre afeksyon ak entimite, pa vre ? Santiman sa yo ban nou kèk ide sou sa sa vle di mache avèk Bondye. Sepandan, annou pi presi.

4 Sonje Enòk ak Noye. Poukisa yo dekri de moun fidèl sa yo kòm moun ki t ap mache avèk Bondye (Jenèz 5:24 ; 6:9) ? Nan Labib, souvan, mo “ mache ” a vle di suiv yon sèten liy konduit. Enòk ak Noye te chwazi viv yon fason ki ann amoni ak volonte Jewova Dye. Kontrèman ak moun ki te fè pati monn ki te antoure yo a, yo te chèche konsèy nan men Jewova e yo te obeyi direksyon li bay. Yo te gen konfyans nan li. Èske sa vle di se Jewova ki te konn pran desizyon pou yo ? Non. Jewova bay lòm libète pou yo deside e li vle nou itilize “ entèlijans ” nou pou nou sèvi ak kado sa a (Women 12:1). Sepandan, lè n ap pran desizyon, avèk imilite, nou kite Jewova gide entèlijans nou pa mwayen entèlijans pa l ki enfiniman siperyè (Pwovèb 3:5, 6 ; Izayi 55:8, 9). Annefè, pandan n ap mache sou wout lavi a, nou fè vwayaj sa a kòtakòt ak Jewova.

5. Poukisa Jezi te pale de ajoute yon koude nan longè lavi yon moun ?

5 Souvan, Labib konpare lavi ak yon vwayaj. Nan kèk ka, konparezon sa a dirèk, men nan kèk lòt ka, li endirèk. Pa egzanp, Jezi di : “ Kiyès nan nou, lè li enkyete, ki kapab ajoute yon sèl koude sou dire lavi l ? ” ​(Matye 6:27). Gen yon bagay nan pawòl sa yo ou ka twouve ki difisil pou w konprann. Poukisa Jezi te pale de ajoute “ yon koude ” nan “ longè lavi ” yon moun, alòske yo mezire lavi selon dire li, e koude se yon mezi ki gen rapò ak distans * ? Sanble Jezi t ap konpare lavi yon moun ak yon vwayaj. Anfèt, li te fè konnen enkyetid pap ede w fè menm yon pa anplis nan vwayaj w ap fè nan lavi w la. Kidonk, èske nou dwe tire konklizyon pou n ta di pa gen anyen nou ka fè anrapò ak longè vwayaj n ap fè a ? Asireman non ! Sa mennen nou nan dezyèm kesyon nou an : poukisa nou bezwen mache avèk Bondye ?

Poukisa nou bezwen mache avèk Bondye ?

6, 7. Ki gwo bezwen imen enpafè genyen, e poukisa li ta bon pou nou chèche èd Jewova pou n konble bezwen sa a ?

6 Jeremi 10:23 esplike youn nan rezon ki fè nou bezwen mache avèk Jewova Dye. Men sa l di : “ Mwen byen konnen, o Jewova, lòm ki fèt ak tè, wout li pa nan men l. Sa pa nan men lòm k ap mache pou l dirije pa l. ” Donk, nou menm lèzòm, nou pa gen ni kapasite, ni dwa pou nou dirije lavi nou. Nou vrèman bezwen direksyon. Moun ki pèsiste nan wout pa yo, san yo pa teni kont de Bondye, fè menm erè Adan ak Èv te fè a. Premye koup la te pran dwa pou yo deside poukont yo sa ki bon ak sa ki mal (Jenèz 3:1-6). Nou senpleman “ pa gen ” dwa sa a.

7 Èske w pa santi ou bezwen konsèy pou gide w nan vwayaj w ap fè nan lavi a ? Chak jou, nou gen desizyon pou nou pran, kit yo gwo, kit yo piti. Gen ladan yo ki difisil e ki gen enfliyans sou avni nou e sou avni moun pa nou. Men, sonje gen yon moun ki pi gran e ki pi saj lontan pase nou ki byen kontan ban nou konsèy ki chaje ak lanmou pou nou pran desizyon sa yo. Malerezman, pifò moun jodi a prefere mete konfyans yo nan pwòp jijman yo e yo prefere dirije pwòp pa yo. Yo inyore verite ki nan Pwovèb 28:26 la ki di : “ Yon moun ki mete konfyans li nan kè l, li sòt, men moun k ap mache nan sajès, se li k ap chape. ” Jewova vle nou chape anba dezas nou ka sibi si nou mete konfyans nou nan kè nou ki trèt (Jeremi 17:9). Li vle pou nou mache nan sajès, pou nou mete konfyans nou nan li antanke Gid nou e antanke Pwofesè nou ki saj. Lè nou fè sa, n ap jwenn sekirite, satisfaksyon ak rekonpans nan vwayaj n ap fè nan lavi a.

8. Nan ki destinasyon peche ak enpèfeksyon mennen lèzòm natirèlman, sepandan, ki sa Jewova vle pou nou ?

8 Yon lòt rezon ki fè nou bezwen mache avèk Bondye gen rapò ak longè vwayaj nou vle fè a. Labib site yon verite ki tris. Nan yon sans, tout imen, piske yo enpafè, yo mache al nan menm destinasyon. Eklezyas 12:5 dekri eprèv ki vini nan vyeyès, men sa li di : “ Lòm ap mache pou l al nan mezon li k ap dire lontan an e moun k ap fè lamantasyon yo vire won nan lari a. ” Ki sa ‘ mezon k ap dire lontan ’ sa a ye ? Se tonm nan, kote natirèlman peche ak enpèfeksyon mennen nou (Women 6:23). Sepandan, se pa yon vwayaj tou kout ki chaje ak pwoblèm depi nou fèt jis n al nan tonm Jewova vle pou nou, li vle plis pase sa pou nou (Jòb 14:1). Se sèlman si nou mache avèk Bondye n ap ka espere mache pandan tout tan li te prevwa pou nou mache a, sa vle di pou tout letènite. Èske se pa sa w vle ? Kidonk, se yon bagay ki klè, nou bezwen mache avèk Papa nou.

Ki jan nou ka mache avèk Bondye ?

9. Poukisa pafwa Jewova kache pou pèp li a, toutfwa, ki asirans li bay nan Izayi 30:20 ?

9 Twazyèm kesyon n ap konsidere a merite pou nou ba l yon pi gwo atansyon. Men li : Ki jan nou ka mache avèk Bondye ? Nou jwenn repons lan nan Izayi 30:20, 21 : “ Gran Pwofesè w la pap kache ankò, e je w dwe tounen je k ap wè Gran Pwofesè w la. Zòrèy ou ap tande yon pawòl pa dèyè w k ap di : ‘ Men chemen an. Mache ladan l ’, si ou dwe fè adwat oswa si ou dwe fè agoch. ” Nan pasaj ankourajan sa a, pawòl Jewova yo rapòte nan vèsè 20 an dwe te raple sèvitè li yo, lè yo rebele kont li, anfèt li kache fas li pou yo (Izayi 1:15 ; 59:2). Sepandan, la a, yo reprezante Jewova non pa tankou yon moun ki kache, men tankou yon moun ki kanpe aklè devan sèvitè fidèl li yo. Sa ka fè nou panse ak yon pwofesè ki kanpe devan elèv li yo, k ap esplike yo sa li vle yo aprann.

10. Nan ki sans ou ka “ tande yon pawòl pa dèyè w ”, yon pawòl Gran Pwofesè a di ?

10 Nan vèsè 21 an, yo itilize yon lòt imaj. Yo reprezante Jewova k ap mache pa dèyè pèp li a, k ap endike direksyon chemen ki kòrèk la pou yo mache. Gen biblis ki fè remake ekspresyon sa a kapab baze sou fason yon bèje konn ap suiv mouton li, li rele dèyè yo pou l gide yo e pou l anpeche yo pran yon move wout. Ki jan deskripsyon yo fè a kapab aplike pou nou tou ? Ebyen, lè n al chèche konsèy nan Pawòl Bondye a, nou li yon seri pawòl ki ekri sa gen plizyè milye ane. Se kòmsi pawòl sa yo sot pa dèyè nou sa gen trè lontan. Sepandan, yo aplikab jodi a menm jan ak lè yo te ekri yo a. Konsèy ki nan Bib la kapab gide nou nan desizyon n ap pran chak jou, e yo kapab ede nou planifye ki direksyon n ap bay vi nou nan ane k ap vini yo (Sòm 119:105). Lè nou chèche konsèy sa yo avèk senserite e nou aplike yo, lè sa a Jewova se Gid nou. N ap mache avèk Bondye.

11. Selon Jeremi 6:16, ki imaj touchan Jewova itilize pou l fè pèp li a yon envitasyon, men, ki jan yo reyaji ?

11 Èske reyèlman nou kite Pawòl Bondye a gide nou nan fason sa a ? Sa vo lapèn pou nou fè yon ti kanpe pou nou egzamine tèt nou onètman. Annou konsidere yon vèsè k ap ede nou fè sa. Li deklare : “ Men sa Jewova di : ‘ Kanpe nan chemen yo, nou menm pèp, e gade, e mande pou wout ki te gen lontan yo, kote bon chemen an ye kounye a, e mache ladan l, e jwenn repo pou nanm nou. ’ ” ​(Jeremi 6:16). Pawòl sa yo kapab fè nou sonje yon vwayajè ki rive nan yon kafou, li kanpe pou l mande ki wout pou l fè. Nan yon sans espirityèl, se yon bagay konsa Izrayelit ki te rebele kont Jewova yo te bezwen fè. Yo te bezwen rejwenn chemen yo pou yo retounen nan “ wout ki te gen lontan yo ”. “ Bon chemen ” sa a se te chemen zansèt fidèl yo te mache ladan l lan, chemen nasyon an te abandone nan aji avèk foli. Malerezman, Izrayèl te fè tèt di devan rapèl chaje lanmou Jewova te bay. Menm vèsè a kontinye : “ Men, yo ret ap di : ‘ Nou pa pral mache. ’ ” Sepandan, nan epòk pa nou an, pèp Bondye a reyaji yon lòt jan devan konsèy sa yo.

12, 13. a) Ki jan disip wen Kris yo reyaji devan konsèy ki nan Jeremi 6:16 la ? b) Ki jan nou ka egzamine tèt nou anrapò ak fason n ap mache jodi a ?

12 Depi nan fen 19yèm syèk la, disip wen Kris yo aplike konsèy nou jwenn nan Jeremi 6:16 la. Antanke klas, yo pran devan, yo retounen ak tout kè yo nan “ wout ki te gen lontan yo ”. Kontrèman ak kretyente a ki aposta, yo atache fidèlman ak “ modèl pawòl pwofitab ” Jezi Kris te etabli yo e ki te jwenn sipò disip fidèl li yo nan premye syèk epòk nou an (2 Timote 1:13). Jiska jodi a, wen yo ede youn lòt e yo ede konpayon yo, “ lòt mouton yo ”, pou yo kontinye viv yon fason ki pwofitab e ki bay kè kontan, fason kretyente a abandone. — Jan 10:16.

13 Esklav fidèl ki prevwayan an bay ‘ manje espirityèl nan moman apwopriye ’ pou l ede plizyè milyon moun jwenn “ wout ki te gen lontan yo ” e pou yo mache avèk Bondye (Matye 24:45-47). Èske w fè pati plizyè milyon moun sa yo ? Si wi, ki sa w ka fè pou w pa ale aladeriv al suiv pwòp chemen pa w ? Li saj pou w fè yon ti kanpe detanzantan pou w egzamine fason w ap mache nan lavi a. Si, regilyèman, ou li Bib la, ou li piblikasyon ki baze sou Bib la e ou asiste pwogram enstriksyon wen yo mete sou pye jodi a, w ap resevwa fòmasyon pou w mache avèk Bondye. E lè nou aplike konsèy nou jwenn avèk imilite, nou vrèman ap mache avèk Bondye, n ap suiv “ wout ki te gen lontan yo ”.

Mache kòmsi ou “ wè Sila a ki envizib la ”

14. Si Jewova reyèl pou nou, ki jan sa ap reflete nan desizyon pèsonèl n ap pran ?

14 Pou nou mache avèk Jewova, Li dwe reyèl pou nou. N ap sonje Jewova te bay sèvitè fidèl li yo nan Izrayèl tan lontan an asirans li pap kache pou yo. Menm jan an tou, jodi a, li revele tèt li bay pèp li a antanke Gran Pwofesè a. Èske Jewova tèlman reyèl pou ou, se kòmsi li kanpe devan w pou l enstwi w ? Se yon kalite lafwa konsa nou bezwen genyen si nou vle mache avèk Bondye. Moyiz te gen kalite lafwa sa a, “ paske li te kontinye tennfas kòmsi li te wè Sila a ki envizib la ”. (Ebre 11:27.) Si Jewova reyèl pou nou, n ap teni kont de santiman l lè n ap pran desizyon. Pa egzanp, nou pa ta dwe menm anvizaje lage kò nou nan fè sa k pa sa e apre sa pou n ap eseye kache peche nou pou ansyen yo oswa pou manm fanmi nou. Olye de sa, nou dwe fè efò pou nou mache avèk Bondye menm lè pa gen lòt moun ki ka wè nou. Menm jan ak wa David nan tan lontan, nou pran rezolisyon sa a : “ M ap mache nan entegrite kè m, anndan lakay mwen. ” — Sòm 101:2.

15. Lè nou frekante frè ak sè kretyen parèy nou yo, ki jan sa ap ede nou wè Jewova reyèl pou nou ?

15 Jewova konnen nou enpafè, nou se kreyati ki fèt ak chè e pafwa nou twouve li difisil pou nou kwè nan sa nou pa ka wè (Sòm 103:14). Li fè anpil bagay pou l ede nou venk feblès sa a. Pa egzanp, li rasanble “ yon pèp pou non l ” nan tout nasyon sou tè a (Travay 15:14). Etandone n ap sèvi ansanm nan inite, youn bay lòt fòs. Lè nou aprann ki jan Jewova ede yon frè oswa yon sè espirityèl pou l venk kèk feblès oswa pou l reyisi nan kèk eprèv difisil, sa fè Dye nou an vin pi reyèl pou nou toujou. — 1 Pyè 5:9.

16. Lè nou aprann konnen Jezi, ki jan sa ap ede nou mache avèk Bondye ?

16 Anplis de tout sa, Jewova ban nou Pitit Gason l lan kòm egzanp. Jezi di : “ Se mwen ki chemen an, ak laverite a, ak lavi a. Pèsonn pap vin jwenn Papa a si l pa pase pa mwen. ” ​(Jan 14:6). Youn nan meyè fason pou nou fè Jewova vin pi reyèl pou nou, se pou nou etidye fason Jezi te viv sou tè a. Tout sa Jezi te di, tout sa li te fè te reflete pafètman pèsonalite Papa l ki nan syèl la ak fason li aji (Jan 14:9). Lè n ap pran desizyon, nou bezwen byen reflechi sou ki jan Jezi t ap trete kesyon an. Lè nou byen reflechi anvan nou pran desizyon e nou fè sa nan lapriyè, lè sa a n ap suiv tras Kris (1 Pyè 2:21). Konsa, n ap mache avèk Bondye.

Ki benediksyon w ap jwenn ?

17. Si nou mache nan chemen Jewova, ki “ repo ” n ap jwenn pou nanm nou ?

17 Mache avèk Jewova Dye vle di mennen yon vi kote n ap jwenn anpil benediksyon. Sonje ki sa Jewova te pwomèt pèp li a si yo ta chèche “ bon wout la ”. Men sa li di : “ Mache ladan l, e jwenn repo pou nanm nou. ” ​(Jeremi 6:16). Ki sa “ repo ” sa a vle di ? Èske sa vle di yon vi konfòtab ki chaje ak plezi ak liks ? Non. Jewova ban nou yon bagay ki pi bon lontan, yon bagay moun ki pi rich nan lemonn yo jwenn raman. Lè w jwenn repo pou nanm ou, ou jwenn lapè lespri, ou jwenn jwa ak satisfaksyon e ou reyisi nan domèn espirityèl. Repo konsa fè w gen asirans ou chwazi meyè chemen ki gen nan lavi a. Kalite lapè lespri sa a se yon benediksyon ki ra nan monn sa a ki chaje ak pwoblèm.

18. Ki benediksyon Jewova vle vide sou nou, e ki detèminasyon nou ?

18 Natirèlman, lavi poukont li se yon gwo benediksyon. Menmsi se yon ti mache tou kout, li pi bon pase pa mache ditou. Sepandan, Jewova pa t janm gen nan entansyon l pou vwayaj n ap fè a se yon senp vwayaj tou kout, ki soti nan fòs jenès rive nan doulè vyeyès. Non, Jewova vle w gen pi gwo benediksyon ki egziste. Li vle w mache avèk li pou toutan ! Sa parèt klè nan Mika 4:5 ki di : “ Tout pèp yo, bò kote pa yo, yo chak pral mache nan non dye pa yo. Men nou menm, bò kote pa nou, nou pral mache nan non Jewova Bondye nou an, pou tan endefini, wi pou toutan. ” Èske w ap cheri privilèj sa a ? Èske w vle viv sa Jewova rele “ lavi toutbon an ” ? (1 Timote 6:19.) Kidonk, pran rezolisyon pou w fè tout sa w kapab pou w mache avèk Jewova jodi a, demen, apre demen e pou tout letènite !

[Nòt anba paj]

^ § 5 Kèk tradiksyon biblik chanje mo “ koude ” ki nan vèsè sa a, yo mete yon ekspresyon ki gen rapò ak kesyon mezire tan, tankou “ kèk lanne ” ​(Bib la) oswa “ yon minit ”. (A Translation in the Language of the People, Charles B. Williams.) Sepandan, pa gen dout sou sa, mo yo te itilize nan tèks orijinal la vle di yon koude, ki mezire anviwon 18 pous nan longè.

Ki repons nou ta bay ?

• Ki sa sa vle di mache avèk Bondye ?

• Poukisa nou santi nesesite pou nou mache avèk Bondye ?

• Ki sa k ap ede nou mache avèk Bondye ?

• Ki benediksyon moun ki mache avèk Bondye yo ap jwenn ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 27]

Pa mwayen Bib la, nou tande vwa Jewova pa dèyè nou ki di : “ Men chemen an. ”

[Foto nan paj 29]

Nan reyinyon yo, nou resevwa manje espirityèl nan moman apwopriye.