Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou kiltive vrè imilite a

Annou kiltive vrè imilite a

Annou kiltive vrè imilite a

“ Pèp ki enb la, w ap sove l. ” — 2 SAMYÈL 22:28.

1, 2. Nan ki domèn anpil dirijan nan monn nan sanble ?

PIRAMID Ejip yo temwaye egzistans yon seri dirijan ki te dirije peyi sa a. Gen lòt dirijan ki te make listwa anpil, tankou Senakerib nan peyi Asiri, Aleksann Legran nan Grès ak Jil Seza nan Wòm. Tout dirijan sa yo sanble nan yon domèn : pa gen youn nan yo ki kite imaj yon moun ki te gen vrè imilite a. — Matye 20:25, 26.

2 Èske w ka imajine youn nan dirijan nou sot mansyone la yo te gen abitid siyonnen wayòm li an ap chèche moun afè pa bon ki bezwen rekonfò ? Jamè ! Ou pa ka imajine nonplis yo te konn al nan yon ti kay pou y al remonte moral sitwayen ki dekouraje ki abite la. Se pa ti diferan atitid yo anvè moun ki piti a diferan parapò ak atitid Dirijan siprèm linivè a, anpalan de Jewova Dye !

Pi bèl egzanp ki genyen nan domèn imilite

3. Ki jan Dirijan siprèm nan trete moun l ap dirije yo ?

3 Jewova gran e li elve nan yon nivo moun pa ka mezire, epoutan “ je l ap pwonmennen sou tout tè a pou l ka montre fòs li an favè moun kè yo konplè pou li ”. (2 Kwonik 16:9.) E ki sa Jewova fè lè l jwenn kèk nan adoratè l yo, menmsi afè yo pa bon, ki kraze nan lespri yo akoz divès eprèv y ap rankontre ? Nan yon sèten sans, li “ rete ” avèk moun sa yo pa mwayen lespri sen li pou l “ fè lespri moun ki enb yo reviv, e pou [l] fè kè moun ki kraze yo reviv ”. (Izayi 57:15.) Konsa, adoratè l yo santi yo reviv, yo vin anmezi pou yo kontinye sèvi l nan lajwa. Ala yon bèl prèv imilite Bondye bay !

4, 5. a) Ki jan yon salmis te eksprime santiman l konsènan fason Bondye dirije ? b) Lefètke Bondye “ bese ” l pou l ede “ moun ki piti a ”, ki sa sa vle di ?

4 Pa gen pèsonn nan linivè a ki imilye tèt li pou l ede lèzòm nan degre Souvren Seyè a fè l la. Yon salmis te menm rive ekri : “ Jewova elve anlè tout nasyon yo, glwa li anlè syèl la. Ki moun ki tankou Jewova, Bondye nou an, li menm ki fè kay li sou wotè ? Li bese pou l gade syèl la ak tè a, li leve moun ki piti a soti nan pousyè. Li leve pòv la byen wo soti nan twou sann nan menm. ” — Sòm 113:4-7.

5 Remake mo “ bese ” ki nan vèsè a. Lè se yon imen yo di ki bese l, sa kapab fè w panse ak ‘ yon moun k ap pran pòz li siperyè yon lòt ’. Yon atitid konsa pa ka koresponn ak Jewova Dye, li menm ki pi, ki sen e ki pa gen ògèy (Mak 7:22, 23). Men, “ bese ” kapab fè referans tou ak yon moun ki bese l nan nivo yon lòt ki pi ba, li kite ran l, li kite diyite l, pou l vin annafè ak yon moun ki pi ba pase l. Se pou sa gen kèk Bib ki di nan Sòm 113:6, Bondye imilye tèt li. Ekspresyon sa a byen rann imaj Bondye enb nou an ki demontre lanmou nan fason l ap konble bezwen adoratè l yo ki sou tè a, aktout yo enpafè. — 2 Samyèl 22:36.

Rezon ki fè Jezi te enb

6. Ki pi gwo aksyon Jewova te fè ki demontre imilite li gen lakay li ?

6 Pi gwo aksyon Bondye fè ki demontre imilite li ak lanmou li, se voye li te voye premye Pitit Gason li renmen anpil la vin fèt sou tè a pou l viv antanke imen pou l ka sove limanite (Jan 3:16). Jezi te anseye nou laverite sou Papa l ki nan syèl la, epi apre sa li te sakrifye lavi pafè li te genyen antanke òm nan pou l te ka wete “ peche monn nan ”. (Jan 1:29 ; 18:37.) Jezi te imite Papa l pafètman, donk li te reflete imilite Papa l, e li te dispoze fè tout sa Bondye mande l. Sa a se pi bèl egzanp imilite ak lanmou okenn lòt kreyati Bondye fè pa janm rive bay. Se pa tout moun ki te gen apresyasyon pou imilite Jezi. Ènmi l yo te menm konsidere l kòm etan “ moun ki pi ba a ”. (Dànyèl 4:17, Bib la.) Toutfwa, selon sa apot Pòl te rive konprann, kwayan parèy li yo ta dwe imite Jezi, yo ta dwe enb nan fason y ap trete lòt moun. — 1 Korentyen 11:1 ; Filipyen 2:3, 4.

7, 8. a) Ki fason Jezi te aprann imilite ? b) Ki envitasyon Jezi lanse bay moun ki gen pou vin disip li ?

7 Men sa Pòl te ekri pou l te mete aksan sou egzanp estrawòdinè Jezi te kite a : “ Kenbe menm etadespri sa a Kris Jezi li menm tou te genyen, li menm ki, byenke li te egziste nan fòm Bondye, pa t anvizaje fè yon dappiyanp, sa vle di, pou l ta egal Bondye. Non, men li te vide tèt li, li te pran fòm yon esklav e li te vin nan resanblans moun. Anplis de sa, lè l te vin twouve l nan fòm yon òm, li te imilye tèt li e li te vin obeyisan jiskaske l mouri, wi, jiskaske l mouri sou yon poto soufrans. ” — Filipyen 2:5-8.

8 Gen kèk moun ki ka ap mande : ‘ Ki fason Jezi te aprann imilite ? ’ Se yon byenfè estrawòdinè li te jwenn grasa relasyon sere li te gen avèk Papa l ki nan syèl la pandan yon kantite tan moun pa ka konte. Pandan tan sa a, li te sèvi antanke “ ouvriye abil ” Bondye nan kreyasyon tout bagay (Pwovèb 8:30). Apre rebelyon an ann Edenn, premye Pitit Bondye a te nan pozisyon pou l wè tout imilite Papa l demontre nan fason li boule avèk lèzòm, aktout yo se pechè. Se sa k fè tou, lè Jezi te sou tè a, li te reflete imilite Papa l, li te lanse envitasyon sa a : “ Mete jouk mwen an sou zepòl nou e aprann nan men m, paske mwen gen karaktè dou e mwen gen imilite nan kè m, e n ap jwenn fòs pou nanm nou. ” — Matye 11:29 ; Jan 14:9.

9. a) Ki sa Jezi te twouve ki atiran nan timoun ? b) Ki leson Jezi te sèvi ak yon timoun pou l te bay ?

9 Lefètke Jezi te manifeste vrè imilite a, sa te fè timoun piti pa t pè l. Toutokontrè, yo te santi yo atire bò kote Jezi. Li menm, bò kote pa l, li te gen afeksyon pou yo e li te konn ba yo atansyon (Mak 10:13-16). Ki sa Jezi te twouve ki atiran nan timoun ? Asireman, timoun yo te gen yon seri kalite kèk nan disip li yo pa t toujou demontre, alòske yo te granmoun. Yon bagay ki klè, sèke timoun piti konsidere granmoun siperyè yo. Ou ka wè sa lefètke yo renmen poze anpil kesyon. Wi, lè w konpare timoun ak anpil granmoun, w ap wè timoun pi fasil pou yo aprann e yo pa gen tandans pou yo ògeye tankou granmoun. Gen yon lè, Jezi te atire atansyon disip li yo sou yon timoun e li te di yo : “ Si nou pa kase tèt tounen e nou pa vin tankou timoun piti, nou pa gendwa antre nan wayòm syèl la. ” Apre sa li di : “ Nenpòt moun ki imilye tèt li tankou tipitit sa a, se li ki pi gran nan wayòm syèl la. ” ​(Matye 18:3, 4). Men règ Jezi te etabli : “ Moun ki elve tèt li, y ap imilye l, e moun ki imilye tèt li, y ap elve l. ” — Lik 14:11 ; 18:14 ; Matye 23:12.

10. Ki kesyon nou pral egzamine ?

10 Verite sa a soulve kèk kesyon enpòtan tankou : Poukisa pafwa li difisil pou yon kretyen enb, alòske pèspektiv pou nou gen lavi etènèl depann an pati de efò n ap fè pou nou kiltive vrè imilite a ? Poukisa se yon defi sa ye pou nou vale ògèy nou, tankou yo abitye di, e pou nou reyaji avèk imilite lè nou devan difikilte ? E ki sa ki ka ede nou rive kiltive vrè imilite a ? — Jak 4:6, 10.

Rezon ki fè li difisil pou yon moun enb

11. Poukisa sa pa etonan si se lite n ap lite pou nou enb ?

11 Èske w twouve se goumen w ap goumen pou w demontre imilite ? Si wi, konnen w pa poukont ou. Nan ane 1920, yon nimewo nan peryodik w ap li la a te fè yon kòmantè sou konsèy Bib la bay sou nesesite pou yon moun enb. Men sa l te di : “ Etandone nou konstate Seyè a montre imilite gen yon kokenn enpòtans, sa ta dwe ankouraje tout vrè disip pou yo kiltive kalite sa a chak jou. ” Apre sa, men sa peryodik sa a te rekonèt : “ Malgre tout egzòtasyon Ekriti yo fè, moun ki vin sèvi Seyè a e ki angaje yo pou yo avanse sou wout sa a, sanble enpèfeksyon fè yo jwenn plis difikilte, plis pwoblèm pou yo rezoud, nan domèn sa a pase tout lòt domèn. ” Pawòl sa yo mete aksan sou youn nan rezon ki fè vrè kretyen yo dwe lite pou yo enb : tandans peche ki lakay nou fè nou anvi jwenn yon glwa ki pa pou nou. Rezon ki fè se konsa sa ye, se paske nou se desandan de pechè, Adan ak Èv, de moun ki te sede devan anvi egoyis. — Women 5:12.

12, 13. a) Ki jan monn nan se yon obstak ki anpeche kretyen yo kiltive imilite ? b) Kiyès ki fè lit n ap mennen pou nou kiltive imilite a vin pi difisil toujou ?

12 Yon lòt rezon ki fè nou ka twouve li difisil pou nou demontre imilite, se paske monn ki antoure nou an ap ankouraje moun pou yo lite pou yo siperyè lòt moun. Youn nan objektif ki kouran nan monn sa a se anvi moun yo genyen pou yo satisfè “ dezi lachè [ki gen tandans peche] ak dezi je ak egzibisyon mwayen yon moun genyen pou l viv ”. (1 Jan 2:16.) Olye pou disip Jezi yo ta kite jan de dezi sa yo ki gen nan monn nan domine yo, yo ta dwe pito kenbe je yo senp, e yo ta dwe rete konsantre sou fè volonte Bondye. — Matye 6:22-24, 31-33 ; 1 Jan 2:17.

13 Yon twazyèm rezon ki fè li difisil pou yon moun kiltive imilite e pou li demontre kalite sa a, se paske se Satan Ledyab k ap dirije monn sa a, e se li ki te vin ak ògèy okòmansman (2 Korentyen 4:4 ; 1 Timote 3:6). Satan ap pouse moun devlope menm move pèsonalite avè l. Pa egzanp, li te eseye fè Jezi adore l, e ann echanj, li te di l ap ba li “ tout wayòm monn nan ak glwa yo genyen ”. Piske Jezi toujou demontre imilite, li te rejte òf Satan an kategorikman (Matye 4:8, 10). Menm jan an tou, Satan ap tante kretyen yo pou yo chèche jwenn glwa. Men, kretyen ki enb yo, olye yo fè sa, yo pito fè efò pou yo imite egzanp Jezi, yo bay Bondye tout glwa, tout onè. — Mak 10:17, 18.

Annou kiltive vrè imilite a e annou demontre l lakay nou

14. Ki sa “ fo imilite ” a ye ?

14 Nan lèt apot Pòl te ekri Kolosyen yo, li te avèti yo pou yo pa gen imilite ann aparans, nan objektif pou yo enpresyone lèzòm. Pòl dekri sa kòm yon “ fo imilite ”. Yon moun ki gen imilite ann aparans se pa yon moun ki espirityèl. Okontrè, sa montre moun sa a se yon moun ki “ gonfle ” ak ògèy (Kolosyen 2:18, 23). Jezi te atire atansyon sou kèk moun ki te gen yon fo imilite konsa. Li te kondane Farizyen yo poutèt yo t ap priye pou fè moun wè, e pou fason yo te konn ap fè jèn avèk figi yo tris, tou defigire, yon fason pou moun ka wè yo. Kontrèman avèk fason sa yo, pou priyè pèsonèl nou fè ka gen valè devan Bondye, nou dwe fè yo avèk imilite.

15. a) Ki sa ki ka ede nou toujou demontre imilite ? b) Site kèk bèl egzanp moun ki te manifeste imilite.

15 Yon bagay k ap ede kretyen yo pou yo toujou demontre vrè imilite a, se lè yo reflechi sou pi bèl egzanp imilite ki genyen yo, anpalan de egzanp Jewova Dye ak egzanp Jezi Kris. Pou nou fè sa, sa mande pou nou etidye Bib la regilyèman ansanm ak piblikasyon biblik “ esklav fidèl ki prevwayan an ” founi (Matye 24:45). Etid sa yo endispansab pou siveyan kretyen yo, ‘ pou kè yo pa elve anlè frè yo ’. (Detewonòm 17:19, 20 ; 1 Pyè 5:1-3.) Reflechi sou egzanp anpil moun ki te jwenn benediksyon paske yo te gen yon atitid enb, tankou Rit, Ana, Elizabèt ak yon bann lòt ankò (Rit 1:16, 17 ; 1 Samyèl 1:11, 20 ; Lik 1:41-43). Reflechi tou sou bèl egzanp anpil moun selèb ki te rete enb nan sèvis Jewova, tankou David, Yochiya, Jan Batis ansanm ak apot Pòl (2 Kwonik 34:1, 2, 19, 26-28 ; Sòm 131:1 ; Jan 1:26, 27 ; 3:26-30 ; Travay 21:20-26 ; 1 Korentyen 15:9). E ki sa nou ka di konsènan kantite egzanp imilite nou jwenn nan kongregasyon kretyen an nan epòk pa nou an ? Antanke vrè kretyen, si nou medite sou egzanp sa yo, sa ap ede nou gen “ imilite nan relasyon nou youn ak lòt ”. — 1 Pyè 5:5.

16. Ki jan ministè nou ede nou pou nou enb ?

16 Si nou patisipe regilyèman nan ministè nou genyen antanke kretyen, sa ka ede nou pou nou enb. Imilite ka rann nou efikas lè n ap abòde moun nou pa rekonèt nou rankontre nan predikasyon kay an kay oswa lòt kote ankò. Nou bezwen imilite sitou lè moun nan kay la reponn nou frèt oubyen yo reponn nou di. Souvan, nou rankontre moun ki pa dakò ak kwayans nou, lè sa a, imilite ap ede kretyen an pou li toujou reponn kesyon yo “ ak dousè e ak anpil respè ”. (1 Pyè 3:15.) Gen sèvitè Bondye ki enb ki deplase al nan lòt tèritwa pou y al ede moun ki gen lòt kilti, e ki pa gen menm mwayen ekonomik avèk yo. Minis sa yo dwe demontre imilite etan y ap aprann yon lòt lang, yon aktivite ki pa toujou fasil, yon fason pou yo ka pi byen ede moun yo vle preche bon nouvèl la. Èske moun sa yo pa merite felisitasyon ? — Matye 28:19, 20.

17. Antanke kretyen, ki responsablite nou genyen ki mande pou nou gen imilite ?

17 Gen anpil kretyen ki akonpli responsablite yo avèk imilite, yo mete enterè lòt moun anvan enterè pa yo. Pa egzanp, sa mande imilite pou yon papa retire sou tan li ta ka pase nan aktivite pèsonèl li, pou l rezève tan sa a pou l prepare etid biblik pitit li e pou l kondui l avèk efikasite. Imilite ede timoun yo tou pou yo onore paran yo, pou yo obeyi yo, byenke paran yo enpafè (Efezyen 6:1-4). Madanm ki gen mari yo ki pa kwayan, souvan yo konn nan sitiyasyon ki mande pou yo enb etan y ap eseye ramne mari yo avèk “ yon konduit [ki] dwat ansanm ak yon gwo respè ”. (1 Pyè 3:1, 2.) E pou nou pran swen moun ki malad ak moun ki aje, imilite ansanm ak yon lanmou ki pouse nou fè sakrifis se de atou. — 1 Timote 5:4.

Imilite rezoud pwoblèm

18. Ki jan imilite kapab ede nou rezoud pwoblèm ?

18 Tout imen k ap sèvi Bondye se moun enpafè yo ye (Jak 3:2). Pafwa, kapab gen mezantant oswa malantandi ant de kretyen. Yon kretyen kapab gen rezon valab pou l plenyen kont yon lòt. Jeneralman, pwoblèm sa yo kapab rezoud si moun ki konsène yo aplike konsèy sa a ki di : “ Kontinye sipòte nou youn lòt, e kontinye padone nou youn lòt, san grate tèt, si yon moun gen dekwa pou l plenyen kont yon lòt. Menm jan Jewova padone nou san grate tèt, nou menm tou fè menm jan an. ” ​(Kolosyen 3:13). Fòk nou rekonèt li pa fasil pou yon moun suiv konsèy sa a, men imilite kapab ede l fè sa.

19. Ki sa nou fèt pou nou sonje lè n ap pale ak yon moun ki te ofanse nou ?

19 Pafwa, yon kretyen kapab santi yon pwoblèm twò grav pou l annik pase sou li. Lè sa a, imilite kapab ede l abòde moun li estime ki fè l ditò a nan objektif pou yo retabli lapè (Matye 18:15). Youn nan rezon ki konn fè pwoblèm yo pèsiste nan mitan kretyen yo pafwa, se paske youn ladan yo, e pafwa menm toule de, konn twò ògeye pou yo rekonèt yo antò. Gendelè tou, moun ki pran inisyativ abòde lòt la konn fè sa pou fè moral li, pou kritike l. Yon lòt bò, yon atitid ki enb toutbon ap ede anpil anpil nan rezoud yon kantite pwoblèm moun gen ak moun.

20, 21. Site youn nan pi gwo èd ki ka ede yon moun pou l enb.

20 Yon mwayen enpòtan k ap pèmèt nou devlope imilite, se pou nou priye Bondye pou l ede nou e pou l ban nou lespri li. Men sonje, se “ moun ki enb yo, [Bondye bay] bonte moun pa merite a ” ansanm ak lespri sen l (Jak 4:6). Donk, si ou gen kont avèk yon kwayan parèy ou, priye Jewova pou l ede w rekonèt fot pa w nan kesyon an avèk imilite, kit se yon ti fot, kit se yon gwo fot. Si yon moun te ofanse w epi moun sa a, ak tout kè l, li di w : “ Mwen mande w eskiz ”, ebyen, avèk imilite, padone moun nan. Si li difisil pou w fè sa, chèche èd Jewova nan lapriyè, mande l pou l ede w retire tout ti rès ògèy ki nan kè w.

21 Si nou konprann kantite byenfè imilite ka fè nou jwenn, n ap santi nou pouse pou nou kiltive kalite enpòtan sa a e pou nou prezève l. Pou nou rive fè sa, se pa ti bèl egzanp Jewova Dye ak Jezi Kris ban nou ! Pinga nou janm bliye asirans sa a Bondye ban nou kote li di : “ Rezilta imilite ak krentif pou Jewova, se richès, glwa ak lavi. ” — Pwovèb 22:4.

Pwen pou nou medite

• Kiyès sa yo ki bay pi bèl egzanp imilite ?

• Poukisa li difisil pou yon moun kiltive imilite ?

• Ki sa ki ka ede nou pou nou enb ?

• Poukisa li enpòtan anpil pou nou rete enb ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 14]

Jezi te demontre vrè imilite a.

[Foto nan paj 16]

Monn nan ap ankouraje moun pou yo lite pou yo siperyè lòt moun.

[Liy kredi]

Foto OMS, L. Almasi/K. Hemzǒ

[Foto nan paj 17]

Lè nou nan ministè a, imilite ede nou abòde moun nou pa rekonèt.

[Foto nan paj 18]

Byen souvan, lanmou ka ede nou rezoud pwoblèm nou gen ak lòt moun si nou pase sou yo avèk imilite.

[Foto nan paj 19]

Gen plizyè fason kretyen yo demontre imilite.