Fè atansyon pou nou pa vin gen yon kè ògeye
Fè atansyon pou nou pa vin gen yon kè ògeye
“ Bondye opoze ak moun ki ògeye yo. ” — JAK 4:6.
1. Bay egzanp yon sitiyasyon kote li nòmal pou yon moun santi li fyè.
ÈSKE pa konn gen kèk sitiyasyon ki konn fè w santi w fyè anpil ? Pifò nan nou konn viv sansasyon agreyab sa a. Lefètke nou kapab santi nou fyè se pa yon bagay ki mal. Pa egzanp, lè yon koup ap gade kanè pitit yo ki mansyone bon konduit ak bon travay li fè, menm sou figi yo w ap ka wè gwo satisfaksyon yo genyen poutèt travay pitit yo a akonpli. Apot Pòl ansanm ak konpayon l yo te santi yo fyè de yon nouvo kongregasyon yo te ede mete sou pye, paske frè nan kongregasyon sa a te andire pèsekisyon avèk fidelite. — 1 Tesalonisyen 1:1, 6 ; 2:19, 20 ; 2 Tesalonisyen 1:1, 4.
2. Ki sa k fè, an jeneral, santiman fyète moun genyen yo konn pa kòrèk ?
2 Nan egzanp nou sot site la a yo, nou rive konprann fyète kapab yon jwa yon moun santi pou yon bèl aksyon li fè oubyen pou yon bagay li posede. Men, byen souvan, fyète reflete estim depase limit yon moun genyen pou tèt li, li santi l siperyè akoz kapasite li, aparans li, richès li oswa ran sosyal li. Anpil fwa, sa parèt nan konpòtman awogan moun nan genyen, e nan pòz li adopte ki montre li ògeye. Definitivman, antanke kretyen, nou dwe veye pou nou pa vin gen yon fyète konsa. Poukisa nou dwe veye ? Paske nou fèt ak yon tandans egoyis lakay nou, yon tandans nou eritye nan men granpapa nou Adan (Jenèz 8:21). Sa fè kè nou kapab twonpe nou fasilman, fè nou vin gen yon fyète ki pa kòrèk. Pa egzanp, yon kretyen dwe fè efò pou l pa vin santi l fyè akoz ras li, richès li, edikasyon l, kapasite l oubyen poutèt li pi efikas nan travay li pase lòt moun. Fyète akoz jan de bagay sa yo pa kòrèk e yo pa fè Jewova plezi. — Jeremi 9:23 ; Travay 10:34, 35 ; 1 Korentyen 4:7 ; Galat 5:26 ; 6:3, 4.
3. Ki sa ògèy ye, e ki sa Jezi te di sou sa ?
3 Gen yon lòt rezon ankò ki fè nou dwe rejte yon fyète ki pa kòrèk. Si nou kite yon santiman konsa grandi nan kè nou, sa kapab vin bay yon move fyète ki pa bon menm yo rele ògèy. Ki sa ògèy ye ? Nonsèlman moun ki ògeye a santi l siperyè lòt moun, men li pa pran lòt moun pou anyen, li konsidere yo enferyè parapò ak li (Lik 18:9 ; Jan 7:47-49). Jezi te site “ ògèy ” pami lòt move trè karaktè ki soti “ anndan kè ” yon moun e ki “ sal li ”. (Mak 7:20-23.) Yon kretyen ka reyalize nan ki pwen li endispansab pou nou pa vin gen yon kè ògeye.
4. Lè nou egzamine egzanp moun ògeye Bib la rapòte, ki jan sa kapab ede nou ?
4 Si w egzamine kèk istwa nan Bib la konsènan kèk moun ki te ògeye, sa kapab ede w pou w pa vin ògeye. Konsa, w ap anmezi pou w detekte kèk move santiman fyète ou kapab genyen nan ou oubyen ki ta kapab Sefànya 3:11.
devlope lakay ou avèk letan. Sa ap ede w rejte panse oswa santiman ki ta ka fè w vin gen yon kè ògeye. Ki rezilta sa ap genyen pou ou ? Gade ki avètisman Bondye te bay : “ M ap retire moun ògèy yo fè yo kontan yo nan mitan w, e ou pap janm ògeye ankò nan montay mwen an ki sen. ” Ebyen, lè Bondye pral akonpli pawòl sa yo, ou pap pami moun l ap retire yo. —Bondye ap regle ak moun ki ògeye yo
5, 6. Ki jan Farawon te montre li ògeye, e ak ki rezilta sa te abouti ?
5 Ou kapab wè pwennvi Jewova sou ògèy nan fason li te regle ak kèk dirijan pisan, tankou Farawon pa egzanp. Pa gen dout, Farawon te gen yon kè ògeye. Piske li te konsidere tèt li tankou yon dye ki merite pou lòt moun adore, sa te fè li te meprize esklav li yo, anpalan de Izrayelit yo. Gade ki reyaksyon li te genyen lè yo te mande l pou l kite Izrayèl al nan dezè a pou “ selebre yon fèt ” pou Jewova. Farawon reponn avèk awogans : “ Kiyès ki Jewova a pou mwen ta obeyi lè l pale, pou mwen ranvwaye Izrayèl la ? ” — Egzòd 5:1, 2.
6 Apre Farawon fin pase anba sis plè, men sa Jewova di Moyiz ak Arawon pou mande dirijan Ejip la : “ Èske ou toujou ap aji avèk ògèy kont pèp mwen an, ou pa voye yo ale ? ” (Egzòd 9:17). Apre sa, Moyiz anonse setyèm plè a, yon grèl ki t apral ravaje peyi a. Apre dizyèm plè a, Izrayelit yo te lib pou yo ale. Men, kou Farawon wè yo ale, li chanje lide e li pati dèyè yo. Finalman, Farawon ansanm ak tout lame l la pran nan pyèj nan lanmè Wouj. Imajine ki sa ki dwe t ap pase nan tèt yo lè yo wè dlo yo k ap fèmen sou yo ! Ak ki rezilta ògèy Farawon an te abouti ? Men sa meyè twoup li yo te di : “ Ann wete kò nou, ann evite tout kontak avèk Izrayèl, paske Jewova ap konbat toutbonvre pou yo kont Ejipsyen yo. ” — Egzòd 14:25.
7. Kòman kèk dirijan Babilòn te montre yo ògeye ?
7 Gen lòt dirijan ògeye Jewova te imilye. Youn ladan yo se te Senakerib, wa peyi Asiri (Izayi 36:1-4, 20 ; 37:36-38). Rive yon lè, Babilòn venk Asiri, men gen de wa babilonyen ki te ògeye tou ki te jwenn imilyasyon pa yo. Sonje fèt wa Bèlchatza te òganize kote li menm ansanm ak envite l yo, pandan yo t ap louwe dye babilonyen yo, yo t ap bwè diven nan veso yo te pran nan tanp Jewova a. Epi bridsoukou, dwèt men yon moun parèt e li ekri yon mesaj sou mi an. Lè yo te mande pwofèt Dànyèl pou l esplike ekriti mistè sa a, men sa l te fè Bèlchatza sonje : “ Se Bondye Trèwo a li menm ki te bay papa w Neboukadnetsa wayòm nan [...]. Men, lè kè l vin ògeye [...], yo retire l sou twòn wayòm li an, e yo retire diyite l nan men l. [...] Kanta ou menm, Bèlchatza pitit li, ou pa t imilye kè w, byenke ou konn tout bagay sa yo. ” (Dànyèl 5:3, 18, 20, 22). Menm jou swa sa a, lame peyi Medi ak peyi Pès te venk Babilòn, e yo te touye Bèlchatza. — Dànyèl 5:30, 31.
8. Ki jan Jewova te regle ak kèk moun ki te ògeye ?
8 Reflechi tou sou lòt moun ògeye ki pa t gen respè pou pèp Bondye a : gen jeyan filisten an, Golyat, gen premye minis peyi Pès la, Amàn, e gen wa Ewòd Agripa ki t ap dirije pwovens Jide. Twa mesye sa yo te mouri nan imilyasyon anba men Bondye, paske yo te ògeye (1 Samyèl 17:42-51 ; Estè 3:5, 6 ; 7:10 ; Travay 12:1-3, 21-23). Fason Jewova regle ak moun ògeye sa yo souliye verite sa a : “ Anvan yon moun efondre, li gen ògèy, e anvan yon moun fè yon fo pa, li gen yon etadespri ògeye. ” (Pwovèb 16:18). Vrèmanvre, pa gen dout nan sa, “ Bondye opoze ak moun ki ògeye yo ”. — Jak 4:6.
9. Ki fason wa peyi Ti yo te montre yo trèt ?
9 Kontrèman ak dirijan ògeye peyi Ejip, Asiri ak Babilòn yo, wa peyi Ti a, bò kote pa l, te gen yon lè li te ede pèp Bondye a. Pandan rèy David ak Salomon, li te bay atizan ki abil 2 Samyèl 5:11 ; 2 Kwonik 2:11-16). Malerezman, avèk letan, wa peyi Ti yo te vin vire kont pèp Jewova a. Ki sa ki te lakòz chanjman sa a ? — Sòm 83:3-7 ; Yowèl 3:4-6 ; Amòs 1:9, 10.
ansanm ak materyo pou konstriksyon mezon wa a ak tanp Bondye a (“ Kè w vin ògeye ”
10, 11. a) Kiyès nou ka konpare ak wa peyi Ti yo ? b) Ki sa ki te lakòz chanjman nan atitid wa peyi Ti yo kont Izrayèl ?
10 Jewova te enspire pwofèt Ezekyèl pou l denonse dinasti wayal peyi Ti a e pou l kondane l. Mesaj sa a yo voye bay “ wa Ti a ” gen pawòl ki tonbe daplon ni pou dinasti peyi Ti a ni pou Satan, premye trèt la, li menm ki “ pa t kenbe fèm nan laverite ”. (Ezekyèl 28:12 ; Jan 8:44.) Anvan sa, Satan te yon kreyati espirityèl fidèl ki te fè pati òganizasyon pitit Jewova yo nan syèl la. Pa mwayen Ezekyèl, Jewova Dye montre koz fondamantal trayizon Satan an ak trayizon dinasti peyi Ti a :
11 “ Ou te ann Edenn, jaden Bondye a. Tout pyè presye yo te kouvri w [...]. Ou se cheriben wen ki kouvri a [...]. Ou te entèg nan tout fason w aji depi jou ou kreye, jiskaske yo vin jwenn enjistis nan ou. Poutèt yon pil machandiz ou gen pou vann, yo chaje mitan w ak vyolans, e ou vin kòmanse peche. [...] M ap detwi w, o cheriben ki kouvri [...]. Kè w vin ògeye akoz bote w. Ou gaspiye sajès ou akoz glwa eklatan ou genyen. ” (Ezekyèl 28:13-17). Wi, ògèy te pouse wa peyi Ti yo pou yo fè vyolans sou pèp Jewova a. Peyi Ti te vin tounen yon sant komèsyal ki te rich anpil e li te vin selèb akoz bon kalite pwodui li te genyen (Izayi 23:8, 9). Wa Ti yo te vin bay tèt yo twòp enpòtans, e yo te kòmanse toupizi pèp Bondye a.
12. Ki sa k fè Satan vin tounen yon trèt, e ki sa li kontinye fè ?
12 Se menm jan an tou, kreyati espirityèl ki vin tounen Satan an te gen sajès nesesè pou l akonpli nenpòt travay Bondye ba l fè. Olye li te rekonesan pou sa, li te vin “ gonfle ak ògèy ” e li te kòmanse manke apresyasyon pou fason Bondye dirije (1 Timote 3:6). Li tèlman bay tèt li enpòtans, li vin kòmanse anvi pou Adan ak Èv adore l. Move dezi sa a boujonnen nan li e li vin pwodui peche (Jak 1:14, 15). Satan sedui Èv, li fè l manje fwi nan sèl pyebwa Bondye te entèdi yo manje ladan l lan. Apre sa, Satan sèvi avèk Èv pou fè Adan manje fwi entèdi a tou (Jenèz 3:1-6). Konsa, de premye mesyedam yo rejte dwa Bondye genyen pou l dirije yo e, konsa, yo vin tounen adoratè Satan. Ògèy Satan pa gen limit. Depi se kreyati entèlijan ki egziste nan syèl la oswa sou tè a, Satan eseye sedui tout pou fè yo rejte souvrènte Jewova pou yo vin adore l. Li te eseye sedui menm Jezi Kris. — Matye 4:8-10 ; Revelasyon 12:3, 4, 9.
13. Ki rezilta ògèy pwodui ?
13 Donk, nou wè ògèy soti nan Satan, e se sa ki alabaz peche, soufrans ak koripsyon ki gen 2 Korentyen 4:4). Li konnen tan li rete a kout, se sa k fè l ap fè lagè kont vrè kretyen yo. Objektif li se fè yo vire do bay Bondye, fè yo vin renmen tèt yo, vin awogan, vin ògeye. Labib te predi jan de tanperaman egoyis sa yo t ap kouran nan “ dènye jou yo ”. — 2 Timote 3:1, 2 ; Revelasyon 12:12, 17.
nan monn nan jodi a. Antanke “ dye sistèm de choz sa a ”, Satan kontinye ap pouse moun pou yo vin gen yon fyète ki pa kòrèk, pou yo vin gen ògèy (14. Ki règ Jewova aplike nan rapò li genyen avèk kreyati entèlijan l yo ?
14 Jezi Kris tou te denonse avèk kran move fwi ògèy Satan an pwodui. Nan omwen twa okazyon, e pandan Jezi te anfas yon seri ènmi awogan, li te montre règ Jewova aplike nan rapò li genyen avèk limanite, li te di : “ Moun ki elve tèt li, y ap imilye l, e moun ki imilye tèt li, y ap elve l. ” — Lik 14:11 ; 18:14 ; Matye 23:12.
Pwoteje kè w kont ògèy
15, 16. Ki sa k te fè Aga vin ògeye ?
15 Petèt ou remake tout egzanp moun ògeye ki sot mansyone la a yo se moun ki te okipe gwo pozisyon. Èske sa vle di moun ki pa okipe gwo pozisyon pa ka tonbe nan ògèy ? Se pa sa ditou. Ann konsidere yon sitiyasyon ki te devlope lakay Abraram. Patriyach la pa t gen pitit ki pou eritye li, e madanm li Sara te depase laj pou l fè pitit. Nan epòk sa a, se yon koutim sa te ye pou yon gason ki nan sitiyasyon Abraram pran yon dezyèm madanm pou l ka fè pitit. Bondye te tolere maryaj sa yo, paske moman an potko rive pou l te retabli pami vrè adoratè yo prensip li te bay okòmansman an anrapò ak maryaj. — Matye 19:3-9.
16 Sara, madanm Abraram, te ankouraje mari l pou l pran Aga, yon Ejipsyèn ki te sèvant li, pou l fè yon timoun ki t ava eritye Abraram, e Abraram te dakò. Aga, dezyèm madanm Abraram nan, te vin ansent. Manmzèl ta dwe gen anpil rekonesans pou onè li vin resevwa poutèt li te vin nan yon pozisyon privilejye. Men okontrè, li te kite kè l vin ògeye. Men sa Bib la di : “ Lè Aga vin rann li kont li ansent, lè sa a metrès li te kòmanse vin meprizab nan je l. ” Atitid sa a te vin lakòz divizyon lakay Abraram, e Sara te vin mete Aga deyò. Men, pwoblèm nan te gen yon solisyon. Men konsèy yon zanj Bondye te bay Aga : “ Retounen al jwenn metrès ou epi imilye tèt ou anba men l. ” (Jenèz 16:4, 9). Efektivman, Aga te suiv konsèy sa a, li te korije atitid li te gen anvè Sara, e li te vin zansèt yon bann nasyon.
17, 18. Poukisa nou tout bezwen veye pou nou pa vin ògeye ?
17 Egzanp Aga a montre lè sitiyasyon yon moun amelyore, sa ka rann li ògeye. Leson nou tire sèke menm yon kretyen k ap sèvi Bondye san l pa gen okenn move entansyon nan kè l kapab vin ògeye si l ta vin gen richès oswa si l ta vin gen otorite. Atitid sa a kapab devlope tou si lòt moun ap fè elòj pou li pou siksè li jwenn, pou sajès li oswa pou kapasite l. Li klè, yon kretyen dwe veye anpil pou l pwoteje kè l kont ògèy, sitou si l se yon moun afè l ap mache oswa si yo konfye l plis responsablite.
18 Rezon ki pi enpòtan ki fè yon moun dwe evite ògèy se pwennvi Bondye gen sou atitid sa a. Pawòl li deklare : “ Yon je ki ògeye ak yon kè ki awogan, lanp mechan yo, bagay sa yo se peche. ” (Pwovèb 21:4). Li bon pou nou note yon avètisman Bib la bay kretyen yo, li di kretyen “ ki rich nan sistèm de choz jodi a ” pou yo “ pa gen ògèy ”, pou yo pa “ awogan ”. (1 Timote 6:17, nòt anba paj ; Detewonòm 8:11-17.) E kretyen ki pa rich yo dwe evite pou yo pa gen “ anvi ”, e yo dwe sonje nenpòt moun ka vin ògeye, kit li rich kit li pòv. — Mak 7:21-23 ; Jak 4:5.
19. Ki jan Ouziya te gaspiye tout bèl bagay li te fè ?
19 Ògèy, menm jan ak plizyè lòt defo, kapab detwi bon relasyon yon moun genyen avèk Jewova. Annou konsidere pa egzanp kòmansman rèy wa Ouziya : “ Li te kontinye fè sa ki dwat nan je Jewova [...]. E li pa t sispann fè efò pou l chèche Bondye [...], e nan jou li te chèche Jewova yo, vrè Dye a te fè l pwospere. ” (2 Kwonik 26:4, 5). Men, malerezman, wa Ouziya te gaspiye tout bèl bagay sa yo, paske ‘ kè l te vin ògeye, jis nan pwen sa te lakòz ruin ’. Li te kòmanse bay tèt li twòp enpòtans, opwen li antre nan tanp lan pou l boule lansan. Lè prèt yo di l li aji avèk prezonpsyon, “ Ouziya te vin ankòlè anpil ”. Kòm konsekans, Jewova frape l ak maladi lèp, e li mouri san l pa janm rejwenn favè Bondye. — 2 Kwonik 26:16-21.
20. a) Ki sa k te fè bèl bagay wa Izkiya te reyalize yo te manke gaspiye ? b) Ki sa nou pral egzamine nan atik ki vin apre a ?
20 Egzanp sa a diferan de egzanp wa Izkiya. Gen yon lè, wa sa a te manke gaspiye bèl bagay li te reyalize, akoz ‘ kè li ki te vin ògeye ’. Erezman pou Izkiya, li “ te imilye tèt li pou ògèy li te gen nan kè l ”, e li te rejwenn favè Bondye (2 Kwonik 32:25, 26). Note ki remèd ki te geri Izkiya anba ògèy li a : imilite. Wi, imilite se kontrè ògèy. Se pou sa, nan atik ki vin apre a, nou pral egzamine ki jan nou ka kiltive imilite e ki jan nou ka konsève l.
21. Ki sa kretyen ki enb dwe espere ?
21 Annou sonje tout move konsekans ògèy pote. Etandone “ Bondye opoze ak moun ki ògeye yo ”, annou pran detèminasyon fèm Izayi 2:17.
pou nou rejte tout fyète ki pa kòrèk nou ta ka genyen. Etan n ap fè efò pou nou rete enb antanke kretyen, nou ka espere chape nan gran jou Bondye a, jou kote moun ki ògeye yo ansanm ak tout mal yo lakòz pral disparèt sou tè a. Lè sa a, “ fyète lòm ki soti nan tè a dwe koube, e awogans lèzòm dwe rabese. Wi, se sèl Jewova yo dwe elve nan jou sa a ”. —Pwen pou nou medite
• Ki jan w t ap dekri yon moun ki ògeye ?
• Ki orijin ògèy ?
• Ki sa k ka fè yon moun vin ògeye ?
• Poukisa nou dwe veye pou nou pa vin ògeye ?
[Kesyon]
[Foto nan paj 11]
Ògèy Farawon te mennen l nan imilyasyon.
[Foto nan paj 12]
Lefètke Aga te vin nan yon pozisyon elve, sa te fè l vin ògeye.
[Foto nan paj 13]
Izkiya te imilye tèt li e li te rejwenn favè Bondye.