Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jewova se Bèje nou

Jewova se Bèje nou

Jewova se Bèje nou

“ Jewova se Bèje m. Mwen pap manke anyen. ” — Sòm 23:1.

1-3. Poukisa se pa etonan si David konpare Jewova ak yon bèje ?

SI YO ta mande w pou w dekri fason Jewova pran swen pèp li a, ki sa w t ap di ? Ki konparezon ou t ap fè ki ta ka demontre fason li pran swen sèvitè fidèl li yo avèk tandrès ? Sa gen plis pase 3 000 an, wa David te fè yon bèl deskripsyon konsènan Jewova nan yon sòm li te ekri. Li te sèvi ak yon konparezon li te pran nan aktivite li te konn mennen lè l te jèn.

2 Lè David te jèn gason, li te yon bèje. Donk, li te konn ki jan yo pran swen mouton. Li te byen konnen, si yo kite mouton yo poukont yo, fasilman y ap pèdi e vòlè oswa bèt sovaj ap fè dappiyanp sou yo (1 Samyèl 17:34-36). Si yo pa gen yon bèje k ap pran swen yo, yo ka pa jwenn patiraj yo e yo ka pa jwenn manje pou yo manje. Sandout, lè David te nan vye jou l, li te reflechi sou tout tan li te pase ap mennen mouton, pwoteje yo, ba yo manje.

3 Se pa etonan si se aktivite yon bèje ki te vin nan lespri David lè l te resevwa enspirasyon pou l dekri swen Jewova bay pèp li a. David kòmanse Sòm 23 avèk pawòl sa yo : “ Jewova se Bèje m. Mwen pap manke anyen. ” Annou egzamine poukisa deklarasyon sa a tonbe daplon. Epi, analiz nou pral fè nan Sòm 23 a ap ede nou wè fason Jewova pran swen adoratè l yo menm jan yon bèje pran swen mouton li. — 1 Pyè 2:25.

Yon konparezon ki tonbe daplon

4, 5. Ki jan Labib dekri fason mouton yo ye ?

4 Nan Ekriti yo, Jewova gen plizyè tit, men tit “ Bèje ” a se youn nan tit ki eksprime plis tandrès (Sòm 80:1). Pou nou pi byen konprann poukisa sa tonbe daplon pou yo di Jewova se yon Bèje, l ap bon pou nou konnen de bagay : premyèman, fason mouton yo ye, e dezyèmman, travay yon bon bèje gen pou l fè ak kalite li gen lakay li.

5 Souvan, Labib fè referans ak fason mouton yo ye. Li esplike ki jan yo byen reyaji lè bèje yo demontre afeksyon pou yo (2 Samyèl 12:3). Yo pa agresif (Izayi 53:7), e yo pa konn defann tèt yo (Mika 5:8). Gen yon ekriven ki te pase plizyè ane ap elve mouton ki fè yon remak. Men sa l di : “ Mouton ‘ tou senpleman pa ka pran swen tèt yo poukont yo ’, jan kèk moun ta ka panse sa. Plis pase tout lòt kalite betay, yo bezwen atansyon toutan e yo bezwen pou moun byen pran swen yo. ” Pou kreyati frajil sa a kontinye viv, li bezwen yon bèje pou pran swen li. — Ezekyèl 34:5.

6. Ki esplikasyon yon diksyonè biblik bay konsènan yon jounen nòmal nan lavi yon bèje nan tan lontan ?

6 Nòmalman, nan tan lontan, ki aktivite yon bèje te gen pou l fè diran yon jounen ? Men sa yon diksyonè biblik esplike : “ Bonè nan maten, li fè twoupo a sot nan pak la, li mache devan l pou l mennen l nan patiraj pou l al manje. Pandan mouton yo la, li siveye yo tout lajounen, li veye pou pa gen youn nan yo ki kite twoupo a. Si pandan yon ti moman ta gen youn nan yo ki chape anba je l e ki ale lwen rès twoupo a, li chèche l avèk dilijans jiskaske li jwenn li e li mennen l tounen. [...] Nan aswè, li mennen twoupo a retounen nan pak li, e pandan mouton yo ap pase anba baton an nan pòt la, li konte yo pou l asire l pa gen youn ki manke. [...] Souvan, li konn oblije siveye twoupo a lannuit pou bèt sovaj pa atake l, oswa kont vòlè ki alawonyay *. ”

7. Poukisa pafwa yon bèje bezwen gen anpil pasyans ak tandrès ?

7 Gen moman, mouton yo mande anpil pasyans ak tandrès, sitou lè gen nan yo ki plenn oswa ki piti (Jenèz 33:13). Gen yon ouvraj referans ki baze sou Bib la ki fè konnen : “ Lè yon timouton fèt nan yon twoupo, souvan, se yon kote ki lwen nan mòn sa rive. Bèje a siveye manman an avèk atansyon nan moman li fèb la e li pran timouton an li pote l nan pak la. Pandan plizyè jou, li konn pote timouton an sou bra l oswa nan rad li, jiskaske li ka mache. ” ​(Izayi 40:10, 11). Pa gen dout, yon bon bèje bezwen gen fòs ak tandrès.

8. Ki rezon David site pou l montre sa k fè li gen konfyans nan Jewova ?

8 “ Jewova se Bèje m. ” Èske deskripsyon sa a pa tonbe daplon pou Papa nou ki nan syèl la ? Toutpandan n ap egzamine Sòm 23, n ap wè ki jan Bondye pran swen nou avèk fòs ak tandrès menm jan ak yon bèje. Nan vèsè 1 an, David fè konnen li gen konfyans Bondye ap pran tout dispozisyon ki nesesè pou mouton Li yo, yon fason pou yo pa “ manke anyen ”. Nan vèsè ki vin apre yo, David site twa rezon ki fè li gen yon konfyans konsa : Jewova mennen mouton Li yo, li pwoteje yo, e li nouri yo. Annou detaye rezon yo youn apre lòt.

“ Li mennen mwen ”

9. Ki tablo pezib David dekri, e ki jan mouton yo t ap fè twouve yo nan yon sitiyasyon konsa ?

9 Premyèman, Jewova mennen pèp li a. Men sa David ekri : “ Kote ki chaje ak zèb, se la li fè m kouche, l ap mennen m al pran repo kote ki byen wouze. Li rebay nanm mwen fòs. L ap mennen m nan ti chemen jistis la akoz non li. ” ​(Sòm 23:2, 3). Avèk pawòl sa yo, David dekri yon tablo ki montre satisfaksyon, rekonfò ak sekirite : yon twoupo ki kouche anpè yon kote ki gen manje ann abondans. Mo Ebre lè l tradui ki bay “ patiray ” la kapab vle di “ yon kote ki agreyab ”. Sanble mouton yo poukont yo pa t ap ka jwenn yon ti kote ki fre pou yo kouche anpè. Bèje k ap pran swen yo dwe mennen yo al “ yon kote ki agreyab ”.

10. Ki jan Bondye montre li gen konfyans nan nou ?

10 Ki jan Jewova mennen nou jodi a ? Yon fason li fè sa se pa mwayen egzanp li. Pawòl li a ankouraje nou pou nou “ vin imitatè Bondye ”. (Efezyen 5:1.) Nan kontèks pawòl sa yo, yo mansyone konpasyon, padon ak lanmou (Efezyen 4:32 ; 5:2). Yon bagay ki sèten, sèke se Jewova ki bay pi bèl egzanp nan demontre kalite ki atiran konsa. Men, èske se pa derezonab pou l mande nou imite l ? Non. Konsèy enspire sa a vrèman montre konfyans estrawòdinè li gen nan nou. Nan ki sans ? Nou fèt pòtre ak Bondye, sa vle di nou gen kalite moral ak kapasite pou nou devlope espirityalite nou (Jenèz 1:26). Kidonk, Jewova konnen, malgre enpèfeksyon nou, nou gen nan nou kapasite pou nou kiltive menm kalite li demontre yo. Jis fè yon ti reflechi : Bondye nou an ki renmen nou gen konfyans nou kapab vin tankou l ! Si nou suiv egzanp li, nan yon sèten sans, l ap mennen nou al ‘ pran repo ’ yon kote ki agreyab. Nan mitan monn vyolan sa a, n ap “ abite an sekirite ”, n ap benefisye lapè lefètke nou konnen nou gen apwobasyon Bondye. — Sòm 4:8 ; 29:11.

11. Pandan Jewova ap mennen mouton li yo, ki sa li pran an konsiderasyon, e ki jan sa parèt nan sa li mande nou pou nou fè ?

11 Pandan Jewova ap mennen nou, li montre tandrès ak pasyans. Yon bèje pran limit mouton l yo an konsiderasyon, donk li mennen yo “ sou pa ti betay yo ”. (Jenèz 33:14.) Se menm jan an tou, Jewova mennen mouton li yo “ sou pa ” yo. Li pran kapasite nou ak sitiyasyon nou an konsiderasyon. Anfèt, li ajiste pa li, li pa janm mande nou plis pase sa nou ka bay. Sa li mande se pou nou sèvi l ak tout nanm nou (Kolosyen 3:23). Men, e si w vin aje, ou pa ka fè sa w te konn abitye fè ? Oswa ou vin gen yon maladi grav ki fè w pa ka akonpli sa w ta vle ? Se nan sitiyasyon sa yo menm nou reyalize nan ki pwen kòmandman ki mande pou nou travay ak tout nanm nou an se yon bèl bagay. Pa gen de moun ki egzakteman menm. Sèvi ak tout nanm ou vle di pou w itilize tout fòs ou ak tout enèji w nan sèvis Bondye nan dènye degre ki posib pou ou. Malgre pa nou kapab febli, Jewova bay adorasyon nou ba li ak tout kè nou anpil enpòtans. — Mak 12:29, 30.

12. Ki egzanp nan Lwa Moyiz la ki montre Jewova mennen mouton Li yo “ sou pa ” yo ?

12 Pou nou montre ki jan Jewova mennen mouton li yo “ sou pa ” yo, ann konsidere sa Lwa Moyiz la di konsènan ofrann yon moun ki koupab te dwe bay. Jewova te vle se yon kè rekonesan ki pouse yon moun bay bon kalite ofrann. Anmenmtan, yo te klase ofrann yo selon mwayen moun ki gen pou bay li a. Lalwa di : “ Si mwayen l pa pèmèt li gen yon mouton, alò li dwe pote de toutrèl oswa de jèn pijon. ” E si l pa ta gen mwayen pou l gen menm de pijon ? Alò, li ta dwe pote enpe “ farin rafine ”. (Levitik 5:7, 11.) Dispozisyon sa a montre Bondye pa mande moun k ap fè ofrann nan yon bagay ki depase mwayen l. Etandone Bondye pa chanje, nou santi nou soulaje lè nou konnen li pap janm mande nou plis pase sa nou ka bay. Okontrè, li kontan aksepte sa nou ba li selon mwayen nou (Malaki 3:6). Se vrèman yon plezi pou nou gen yon Bèje konpreyansif konsa k ap mennen nou !

“ Mwen pa pè okenn malè, paske w avè m ”

13. Nan Sòm 23:4, ki jan David pale ak plis entimite, e poukisa se pa etonan ?

13 David bay yon dezyèm rezon ki fè li gen konfyans : Jewova pwoteje mouton Li yo. Men sa nou li : “ Menmsi m ap mache nan vale fènwa pwès la, mwen pa pè okenn malè, paske w avè m. Bagèt ou a ak baton w lan se bagay ki konsole m. ” ​(Sòm 23:4). La a, David pale ak plis entimite, li adrese l ak Jewova dirèkteman, li itilize pwonon “ ou ”. Se pa etonan, paske David ap pale konsènan fason Jewova te ede l andire gwo pwoblèm. David te pase nan anpil vale fènwa, nan moman kote pwòp vi li te an danje. Men li pa t kite laperèz domine l, paske li te santi Bondye avè l e Li te tou pare pou l aji avèk “ bagèt ” li e avèk “ baton ” l. Lefètke David te konnen li gen pwoteksyon, sa te konsole l, e sandout, sa te fè l vin pi pwòch Jewova *.

14. Ki asirans Bib la ban nou konsènan pwoteksyon Jewova, men, ki sa sa pa vle di ?

14 Ki jan Jewova pwoteje mouton l yo jodi a ? Labib ban nou asirans pa gen okenn opozan, kit se demon kit se imen, k ap janm reyisi elimine mouton Jewova yo sou tè a. Jewova pa t ap janm pèmèt sa fèt (Izayi 54:17 ; 2 Pyè 2:9). Sepandan, sa pa vle di Bèje nou an ap anpeche tout kalite kalamite frape nou. Nou rankontre difikilte menm jan ak tout moun, e nou fè fas ak opozisyon ki frape tout vrè kretyen (2 Timote 3:12 ; Jak 1:2). Gende moman nou kapab kòmsidire ap “ mache nan vale fènwa pwès la ”. Pa egzanp, nou kapab toupre lanmò akoz pèsekisyon oswa akoz pwoblèm sante. Oswa nou kapab gen yon moun ki chè pou nou ki prèske mouri oswa menm ki mouri. Diran moman sa yo ki sanble moman ki pi fènwa pou nou, Bèje nou an avèk nou e l ap pwoteje nou. Ki jan l ap fè sa ?

15, 16. a) Ki fason Jewova ede nou fè fas ak obstak nou ka rankontre ? b) Rakonte yon eksperyans ki montre ki jan Jewova ede nou nan moman eprèv.

15 Jewova pa pwomèt l ap fè mirak pou nou *. Men, nou mèt sèten Jewova ap ede nou venk kèlkeswa obstak nou ka rankontre. Li kapab ban nou sajès pou nou fè fas “ ak tout kalite eprèv ”. (Jak 1:2-5.) Yon bèje sèvi ak bagèt li oswa baton l, nonsèlman pou l kouri dèyè bèt rapas k ap atake mouton li yo, men tou, pou l oryante mouton yo nan bon direksyon. Petèt pa mwayen yon adoratè parèy nou, Jewova kapab “ oryante ” nou pou nou aplike konsèy ki baze sou Bib la, ki ka pote chanjman enpòtan nan sitiyasyon nou. Anplis de sa, Jewova kapab ban nou fòs pou nou andire (Filipyen 4:13). Pa mwayen lespri sen li, li kapab ekipe nou ak “ pisans ki depase sa ki nòmal la ”. (2 Korentyen 4:7.) Lespri Bondye kapab pèmèt nou andire kèlkeswa eprèv Satan ta ka mete devan nou (1 Korentyen 10:13). Èske sa pa rekonfòtan lè nou konnen Jewova toujou pare pou l ede nou ?

16 Wi, kèlkeswa vale fènwa nou ta twouve nou ladan l, nou pap mache ladan l poukont nou. Bèje nou an avèk nou, l ap ede nou nan yon fason nou gendwa pa fin konprann nèt okòmansman. Annou konsidere eksperyans yon ansyen yo te dekouvri ki gen yon kansè nan sèvo. Men sa li deklare : “ Fòk mwen admèt, okòmansman mwen te konn mande tèt mwen si Jewova fache kont mwen, mwen te menm mande si li renmen m. Men, mwen te detèmine pou m pa rale kò m sou Jewova. Olye de sa, mwen di l enkyetid mwen. E Jewova ede m. Souvan, li konsole m pa mwayen frè m ak sè m yo. Plizyè ladan yo te ede m konprann sitiyasyon m nan pi byen dapre eksperyans yo te fè, kote yo t ap lite anba maladi grav. Kòmantè ekilibre yo te fè te fè m sonje pa gen anyen ki etranj nan sa m ap travèse a. Èd pratik mwen te jwenn, san wete òf ki touchan yo te fè m pou yo ede m, sa te ban m asirans Jewova pa t fache avè m. Natirèlman, mwen dwe kontinye lite anba maladi m nan, e mwen pa konnen ki jan sa pral fini. Men, mwen gen konviksyon Jewova avèk mwen e l ap kontinye ede m nan eprèv sa a. ”

“ Ou ranje yon tab devan m ”

17. Nan Sòm 23:5, ki jan David dekri Jewova, e poukisa egzanp sa a pa depaman ak egzanp sou bèje a ?

17 Kounye a, David site yon twazyèm rezon ki fè li gen konfyans nan Bèje l la : Jewova nouri mouton Li yo, li ba yo manje ann abondans. Men sa David ekri : “ Ou ranje yon tab devan m anfas moun ki montre yo pa vle wè m. Ou grese tèt mwen ak luil. Gode m byen plen. ” ​(Sòm 23:5). Nan vèsè sa a, David dekri Bèje l la kòm yon Moun ki gen ospitalite e ki donan, ki bay manje ak bwason ann abondans. De egzanp sa yo, anpalan de egzanp bèje k ap swen mouton l yo ak egzanp moun ki gen ospitalite e ki donan an, se de egzanp ki pa depaman. Dayè, yon bon bèje dwe konnen ki kote l ap jwenn patiraj ki anfòm ak ase dlo pou twoupo l la “ pa manke anyen ”. — Sòm 23:1, 2.

18. Ki sa ki montre Jewova se yon Moun ki gen ospitalite e ki donan ?

18 Èske Bèje nou an se yon Moun ki gen ospitalite e ki donan ? Nou pa menm bezwen mande ! Jis reflechi sou kalite, kantite ak varyete manje espirityèl nou benefisye kounye a. Jewova ban nou piblikasyon ki itil, e nan reyinyon yo ak nan asanble yo, li ban nou yon pwogram enstriksyon ki rich. Nou jwenn tout bagay sa yo pa mwayen klas esklav fidèl ki prevwayan an e yo konble bezwen espirityèl nou (Matye 24:45-47). Pa gen rate manje espirityèl ditou. “ Esklav fidèl ki prevwayan an ” pwodui plizyè milyon bib ak piblikasyon pou ede nou etidye Labib, e piblikasyon sa yo disponib kounye a nan 413 lang. Jewova ban nou yon gwo varyete manje espirityèl : soti nan “ lèt ”, anpalan de ansèyman de baz Bib la, rive nan “ manje solid ”, anpalan de enfòmasyon espirityèl pwofon yo (Ebre 5:11-14). Se sa k fè, lè nou rankontre pwoblèm oswa lè nou gen desizyon pou nou pran, jeneralman, nou kapab jwenn egzakteman sa nou bezwen. Si nou pa t gen manje espirityèl sa yo, ki kote nou t ap ye ? Vrèmanvre, Bèje nou an donan anpil ! — Izayi 25:6 ; 65:13.

“ M ap abite nan mezon Jewova a ”

19, 20. a) Nan Sòm 23:6, ki kalite konfyans David te eksprime, e ki jan nou ka gen yon konfyans konsa ? b) Ki sa nou pral egzamine nan atik ki vin apre a ?

19 Men konklizyon David tire apre li fin admire fason Bèje l la ki ba li sa l bezwen aji : “ Sètènman, byenveyans ak bonte ki plen lanmou ap pousuiv mwen tout jou nan lavi m. M ap abite nan mezon Jewova a pou anpil jou. ” ​(Sòm 23:6). David pale ak yon kè ki plen ak rekonesans ak lafwa : rekonesans, lè li sonje sa li te pase, e lafwa, pandan l ap gade lavni. Ansyen bèje a an sekirite. Li konnen depi li rete atache ak Bèje selès li a, kòmkwa li abite nan mezon Li, l ap toujou benefisye swen Jewova ap ba li avèk amou.

20 Se pa ti rekonesan nou rekonesan pou bèl pawòl nou jwenn nan 23yèm Sòm nan ! Li difisil pou David ta jwenn yon jan ki pi bon pou l dekri fason Jewova mennen mouton Li yo, fason li pwoteje yo ak fason li nouri yo. Yo konsève fason David te eksprime l avèk konviksyon pou yo ban nou konfyans nou menm tou nou kapab chèche èd Jewova antanke Bèje nou. Wi, depi nou rete pre Jewova, antanke yon Bèje ki renmen nou, l ap pran swen nou “ pou anpil jou ”, wi, pou tout letènite. Sepandan, antanke mouton Jewova, nou gen responsablite pou nou mache avèk gran Bèje nou an. Nan atik ki vin apre a, nou pral egzamine ki sa sa mande.

[Nòt anba paj]

^ § 13 David te konpoze yon pakèt sòm. Ladan yo, li louwe Jewova poutèt li delivre l devan danje. — Pa egzanp, gade sa ki ekri anlè tèt Sòm 18, 34, 56, 57, 59 ak 63.

^ § 15 Gade atik “ Entèvansyon Bondye : ki sa nou ka atann ? ” nan Toudegad 1ye oktòb 2003 a.

Èske nou sonje ?

• Poukisa sa tonbe daplon lefètke David te konpare Jewova ak yon bèje ?

• Ki jan Jewova montre konsiderasyon nan fason l ap mennen nou ?

• Ki fason Jewova ede nou pou nou andire eprèv ?

• Ki sa ki montre Jewova se yon Moun ki gen ospitalite e ki donan ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 22]

Menm jan yon bèje te konn fè ann Izrayèl, Jewova mennen mouton Li yo.