Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Èske yon kretyen kapab konsève yon bon konsyans si li aksepte yon travay ki mande l pou l pote zam ?

Temwen Jewova yo sou tout tè a pran trè oserye responsablite Bondye ba yo pou yo bay fanmi yo sa yo gen bezwen nan domèn materyèl (1 Timote 5:8). Sepandan, gen kèk travay ki vyole prensip biblik yo klè, e yon kretyen pa dwe aksepte travay sa yo. Pa egzanp, gen travay ki gen rapò ak jwèt aza, move itilizasyon san, oubyen k ap ankouraje moun fimen (Izayi 65:11 ; Travay 15:29 ; 2 Korentyen 7:1 ; Kolosyen 3:5). Gen lòt travay, byenke Bib la pa kondane yo dirèkteman, ki kapab vyole konsyans moun ki aksepte l la oubyen konsyans yon lòt moun.

Aksepte yon travay ki mande pou moun pote zamafe oswa lòt kalite zam se yon desizyon pèsonèl. Sepandan, travay ki mande pou yon moun pote zam ekspoze l devan posiblite pou l responsab san moun si li oblije sèvi ak zam nan. Se sa k fè, yon kretyen bezwen egzamine nan lapriyè si li dwe aksepte chaj sa gen dèyè l si l ta oblije pran yon desizyon rapid ki enplike lavi moun. Lè yon moun pote zam, sa mete l tou nan sitiyasyon kote li ka blese oubyen li ka mouri si lòt moun ap fè yon atak oswa yon zak vanjans.

Desizyon yon moun pran kapab gen enpak sou lòt moun. Pa egzanp, premye responsablite yon kretyen se preche bon nouvèl Wayòm Bondye a (Matye 24:14). Èske nou t ap ka anseye lòt moun pou yo “ anpè ak tout moun ”, alòske anmenmtan nou pote zam pou nou jwenn mwayen pou nou viv (Women 12:18) ? E timoun yo ak lòt manm fanmi an, èske revòlvè ki nan kay la pa t ap mete lavi yo an danje ? Anplis de sa, èske pozisyon yon moun sou kesyon sa a pap fè lòt moun trebiche ? — Filipyen 1:10.

Nan “ dènye jou ” sa yo, de jou an jou, gen pi plis moun ki “ fewòs, [ki] san lanmou pou sa ki byen ”. (2 Timote 3:1, 3.) Piske se konsa sa ye, èske yon moun ka rete san l ‘ pa gen akizasyon sou do l ’ si l ta aksepte yon travay ki mande pou l pote zam, sa ki ta ka mete l an konfli ak jan de moun konsa (1 Timote 3:10) ? Asireman non. Se poutèt sa, si yon moun kontinye pote zam malgre yo sèvi ak konsèy ki nan Bib la pou yo ede l avèk dousè, kongregasyon an pa dwe konsidere moun sa a kòm yon moun ki “ san repwòch ”. (1 Timote 3:2 ; Tit 1:5, 6.) Kidonk, yon gason oswa yon fi ki nan sitiyasyon sa a pa kalifye pou okenn privilèj espesyal nan kongregasyon an.

Jezi te bay disip li yo asirans si yo mete enterè Wayòm nan nan premye plas nan lavi yo, yo pa bezwen bay tèt yo twòp traka pou yo jwenn sa ki nesesè nan lavi a (Matye 6:25, 33). Vrèmanvre, si nou mete tout konfyans nou nan Jewova, “ l ap soutni [nou]. Li pa gendwa janm kite moun ki jis la kilbite ”. — Sòm 55:22.