Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Youn nan pi bèl jou nan lavi m ”

“ Youn nan pi bèl jou nan lavi m ”

“ Youn nan pi bèl jou nan lavi m ”

“ DEPRESYON se ka yo rapòte pi souvan, e petèt menm se pi gwo pwoblèm sante mantal ki egziste pami jèn yo ”, se sa yon ajans ki rele Beyondblue, Leta peyi Ostrali ap finanse, fè konnen. Plizyè etid yo fè revele gen prèske 100 000 jèn nan peyi Ostrali ki pase anba depresyon chak ane.

Jèn kretyen yo pa alabri depresyon. Sepandan, fwa yo genyen nan Jewova ede anpil nan yo venk santiman negatif e sa ede yo reyisi jenès yo. Konsa, yo fè bon enpresyon sou lòt moun. Ki jan ?

Annou konsidere egzanp Claire ki gen dizuit an. Li menm ak manman l fè pati yon kongregasyon Temwen Jewova nan vil Mèlboun. Lè papa Claire te abandone fanmi an, Claire te vin deprime. Men, fwa li te genyen nan Papa l ki nan syèl la, Jewova, te toujou rete solid. Yon jou, doktè ki konn pran swen fanmi an, Lydia, te vin lakay Claire pou l wè ki jan l ye. Apre sa, avèk jantiyès, li pwopoze Claire pou l mennen l nan yon magazen. Pandan yo sou wout la, li mande Claire si li gen mennaj. Claire esplike l, antanke Temwen Jewova, li pa nan renmen pou jwèt. Sa te etone doktè a. Apre sa, Claire te tou esplike l ki jan Bib la te ede l pran desizyon saj nan lavi l. Finalman, Claire te pwopoze doktè a pou l fè l jwenn yon piblikasyon biblik ki te ede l anpil : se liv Les jeunes s’interrogent — Réponses pratiques.

Twa jou apre Lydia fin resevwa liv la, li telefone manman Claire pou l di l jan li te kontan li liv la. Li mande sis lòt liv pou kòlèg li yo. Lè Claire pote liv yo, doktè a esplike l ki jan lafwa l te enpresyone l. Claire te pwopoze doktè a pou l etidye Labib avè l e li te aksepte.

Claire te kondui etid la pandan plizyè mwa nan lè poz doktè a. Annapre, Lydia te vin mande Claire si li ta renmen pale nan yon seminè sou kesyon depresyon nan peryòd jenès. Byenke Claire te yon ti jan pè, li te dakò. Te gen plis pase 60 moun ki te asiste seminè a. Te gen kat espesyalis nan kesyon sante mantal ki te pale ak oditwa a, yo tout se te adilt. Apre sa, se te tou pa Claire pou l pale. Li te souliye enpòtans pou jèn yo gen yon relasyon ak Bondye. Li te esplike Jewova Dye enterese nan jèn yo anpil e Jewova ede tout moun ki vin bò kote l pou yo jwenn sipò ak rekonfò. Apre sa, li te eksprime konviksyon li genyen talè konsa Jewova pral retire tout kalite maladi, ni maladi fizik, ni maladi mantal (Izayi 33:24). Ki rezilta bon temwayaj sa a te bay ?

Claire di : “ Anpil moun te vin kote m apre sesyon an pou yo di m jan yo te enpresyone lè yo t ap tande yon jèn k ap pale de Bondye. Mwen te plase 23 liv Les jeunes s’interrogent, e te gen twa medam nan oditwa a ki ban mwen nimewo telefòn yo. Youn ladan yo ap etidye Labib kounye a. Se youn nan pi bèl jou nan lavi m. ”