Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske Dyab la egziste ?

Èske Dyab la egziste ?

Èske Dyab la egziste ?

KI JAN ou konsidere Dyab la ? Èske w panse li se yon pèsòn reyèl k ap tante moun pou pouse yo fè bagay ki mal, oubyen èske w panse li senpleman reprezante lemal ? Èske w dwe pè Dyab la, oubyen èske w ta dwe annik inyore l kòmkwa li se senpleman yon sipèstisyon, oswa yon senp lejann ? Èske mo “ dyab ” la fè referans ak yon senp fòs kraze brize ki nan linivè ? Èske mo sa a se ta senpleman senbòl move trè lèzòm gen nan tanperaman yo, jan anpil teyolojyen fè konn sa jodi a ?

Se pa etonan si moun gen tout kalite opinyon sou kesyon kiyès Dyab la ye. Imajine jan sa t ap difisil pou yo rive dekouvri vrè idantite yon moun ki maton nan kesyon degizman, sitou si moun sa a deside kache figi l toutan ak yon mas. Bib la prezante Satan Ledyab tankou yon moun ki aji konsa. Men sa li di konsènan Satan : “ Satan li menm toujou ap transfòme tèt li an zanj limyè. ” ​(2 Korentyen 11:14). Aktout Dyab la mechan, li fè tèt li pase pou bon pou l ka twonpe moun. E si l rive fè moun kwè li tou senpleman pa egziste, l ap atenn objektif li pi byen toujou.

Men, kiyès Dyab la ye anfèt ? Ki lè li te vin egziste e ki jan li te fè vin egziste ? Ki jan li enfliyanse lèzòm jodi a ? Èske gen yon bagay nou ka fè pou nou reziste devan enfliyans sa a ? Si wi, ki sa ? Bib la pale de vrè istwa Dyab la, soti nan orijin li, e li ban nou repons ki veridik sou kesyon sa yo.

[Foto nan paj 3]

Li vrèman difisil pou yo idantifye yon moun ki deside kache figi l toutan ak yon mas !