Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w kwè toutbonvre Dyab la egziste ?

Èske w kwè toutbonvre Dyab la egziste ?

Èske w kwè toutbonvre Dyab la egziste ?

EKRITI yo dekri Dyab la kòm yon pèsòn reyèl. Moun pa ka wè l pou menm rezon ki fè yo pa ka wè Bondye, paske li envizib. Bib la di : “ Bondye se yon Espri. ” ​(Jan 4:24). Dyab la se yon kreyati espirityèl. Sepandan, kontrèman ak Kreyatè a, Dyab la gen yon kòmansman.

Byen lontan anvan Jewova Dye kreye lòm, li te fè yon pakèt kreyati espirityèl (Jòb 38:4, 7). Nan Bib la, yo rele espri sa yo zanj (Ebre 1:13, 14). Bondye te kreye yo tout pafè, pa t gen youn ladan yo ki te yon dyab, oswa ki te gen tras mechanste nan li. Men, si se konsa, ki jan Dyab la fè vin egziste ? Mo “ dyab ” la vle di “ medizan ”. Kidonk, li fè referans ak yon moun k ap bay manti sou do lòt moun pou fè yo mechanste. “ Satan ” siyifi “ opozan ”, oswa advèsè. Menm jan yon moun ki te onèt ka vin yon vòlè lè l lage kò l nan vòlè, se konsa youn nan pitit espirityèl pafè Bondye yo te kite move dezi mennen l e li te vin tounen Satan Ledyab. Bib la esplike etap li te franchi pou l te rive kòwonp pwòp tèt li. Men sa li di : “ Chak moun pase anba eprèv lè l kite pwòp dezi l mennen l, lè l kite pwòp dezi l sedui l. Epi dezi a, lè l fegonde, li pwodui peche, epi peche a menm, lè l fin fèt, li anfante lanmò. ” — Jak 1:14, 15.

Se egzakteman sa ki te pase. Lè Jewova Dye te kreye premye mesyedam yo, anpalan de Adan ak Èv, zanj ki t apral rebele kont Jewova a te pran nòt. Li te konnen Jewova te bay Adan ak Èv lòd pou yo ranpli tè a ak moun ki jis ki t ap gen pou adore Kreyatè a (Jenèz 1:28). Zanj sa a te wè gen yon posiblite pou li jwenn onè e pou l vin enpòtan. Li te kite konvwatiz fè li anvi jwenn yon bagay nòmalman ki pou Kreyatè a : adorasyon nan men lèzòm. Olye pou pitit espirityèl Bondye sa a rejte move dezi sa a, li te pito nouri l jiskaske sa te vin lakòz li bay yon manti e li te vin tonbe nan rebelyon. Ann al gade sa li te fè.

Zanj rebèl la te sèvi ak yon sèpan pou l pale ak premye fi a, anpalan de Èv. Sèpan an mande Èv : “ Èske se vre Bondye te di nou pa dwe manje nan tout pyebwa nan jaden an ? ” Lè Èv site kòmandman Bondye te bay ansanm ak santans Li te di ki t ap tann yo si yo dezobeyi, sèpan an deklare : “ Nou pap mouri pyès. Bondye konnen lejou nou manje [nan pyebwa ki nan mitan jaden an], je nou pap manke pa ouvri, e san mank, n ap vin tankou Bondye, n ap konnen sa ki byen ak sa ki mal. ” ​(Jenèz 3:1-5). Satan te pretann Bondye pa t di Adan ak Èv laverite. Dapre sa l di, si Èv ta manje fwi nan pyebwa sa a, li t ap vin tankou Bondye, li t ap gen dwa pou l deside poukont li sa ki byen ak sa ki mal. Se te premye manti ki te fèt. Manti zanj sa a te bay la te fè l vin yon medizan. Li te tou vin yon opozan pou Bondye. Se sa k fè Bib la idantifye ènmi Bondye sa a antanke “ sèpan ki te la okòmansman an, li menm yo rele Dyab e Satan ”. — Revelasyon 12:9.

“ Se pou n veyatif ”

Manti Dyab la te bay Èv la te mache egzakteman jan li te planifye l la. Men sa Bib la di : “ Lè sa a, fi a te wè pyebwa a te bon pou moun manje epi se te yon bagay ki te fè je anvi gade l, wi, pyebwa a te agreyab pou moun gade. Konsa li pran nan fwi ki ladan l epi li manje l. Apre sa li bay mari l ladan l tou lè l vin ansanm avè l epi li manje l. ” ​(Jenèz 3:6). Èv te kwè Satan, li dezobeyi Bondye. Li rive fè Adan pase lwa Bondye a anba pye tou. E se konsa Dyab la te reyisi fè premye mesyedam yo pran chemen rebelyon kont Bondye. Se depi lè sa a, Satan gen yon enfliyans kache sou tout aktivite lèzòm ap mennen. Ki objektif li ? Li vle detounen moun pou yo pa adore sèl vrè Dye a, pou se li menm yo adore (Matye 4:8, 9). Donk, Ekriti yo gen rezon bay avètisman sa a : “ Rete nan bon sans nou, se pou n veyatif. Advèsè nou an, Dyab la, ap sikile tankou yon lyon k ap gwonde, l ap chèche devore yon moun. ” — 1 Pyè 5:8.

Ala yon deskripsyon klè Bib la fè konsènan Dyab la ! Li montre li se yon pèsòn espirityèl reyèl, yon zanj ki te vin kòwonpi e ki danjere. Pou nou rete veyatif, premye bagay enpòtan pou nou fè se pou nou rekonèt Satan egziste toutbonvre. Men, pou nou rete nan bon sans nou e pou nou rete veyatif, sa mande plis pase sa. Li enpòtan tou pou nou pa inyore “ entansyon ” Satan ansanm ak metòd li itilize pou li twonpe moun (2 Korentyen 2:11). Ki plan li genyen ? E ki jan nou ka kenbe fèm devan yo ?

Dyab la eksplwate bezwen natirèl lòm genyen

Dyab la ap obsève lèzòm depi kreyasyon limanite. Li konnen fason lòm fèt, sa vle di li konnen bezwen lòm genyen, nan ki sa li enterese, e li konnen tou dezi lòm genyen. Satan konnen byen lèzòm te kreye avèk bezwen espirityèl, e Dyab la eksplwate bezwen sa a avèk entèlijans. Ki jan ? Li nouri limanite avèk manti nan domèn relijye (Jan 8:44). Gen anpil ansèyman relijyon yo bay sou Bondye ki an kontradiksyon youn ak lòt e ki lage moun nan konfizyon. Nan enterè kiyès sa ye ? Si yon seri ansèyman an kontradiksyon youn ak lòt, yo tout pa ka verite. Donk, èske li pa parèt klè se Satan ki envante ansèyman sa yo e ki itilize yo pou l twonpe moun ? Anfèt, Bib la pale de li antanke “ dye sistèm de choz sa a ”, ki avegle entèlijans moun yo. — 2 Korentyen 4:4.

Verite Bondye anseye kapab pwoteje yon moun kont twonpri ki gen nan relijyon yo. Bib la konpare verite ki nan Pawòl Bondye a ak senti sòlda nan tan lontan yo te konn mete pou pwoteje ren yo (Efezyen 6:14). Si w chèche gen konesans ki nan Bib la epi ou rete atache ak sa ou aprann yo, tankou se mare ou mare ren w avèk yo, Pawòl Bondye a ap pwoteje w pou fo relijyon yo pa twonpe w ak manti ansanm ak fo doktrin yo genyen.

Panchan lòm genyen pou bagay espirityèl pouse l fouye nan sa li pa konnen. E sa ekspoze l anba yon lòt metòd Satan itilize pou twonpe moun. Pou Satan eksplwate kiryozite lèzòm genyen pou bagay ki etranj e ki yon mistè, li itilize espiritis pou l mete anpil moun anba pouvwa l. Menm jan yon chasè mete manje pou l atire bèt li bezwen pran nan pyèj, se konsa Satan itilize kèk metòd pou pran moun nan pyèj, li sèvi ak moun k ap predi lavni, astwoloji, moun k ap ipnotize moun, moun k ap pratike sòsèlri, moun k ap li nan pla men, e li itilize maji pou li ka atire moun toupatou sou tè a, e pou li pran yo nan pyèj. — Levitik 19:31 ; Sòm 119:110.

Ki jan ou menm ou ka pwoteje tèt ou, pou w pa pran nan pyèj espiritis ? Men sa Detewonòm 18:10-12 di : “ Yo pa dwe jwenn lakay ou pyès moun ki pase pitit gason l oswa pitit fi l nan dife, pyès moun ki pratike divinasyon, ni okenn majisyen, ni pèsonn k ap chèche siy sou sa ki pral rive, ni okenn sòsye, ni pèsonn k ap fè ekspedisyon dèyè lòt moun, ni pèsonn ki kontakte yon medyòm, oubyen moun metye yo se predi sa ki pral rive, oubyen nenpòt moun k ap entèpele mò. Paske tout moun k ap fè bagay sa yo se bagay ki detestab pou Jewova, e akoz bagay detestab sa yo Jewova Bondye w la ap chase yo sot devan w. ”

Konsèy Ekriti yo bay la a klè : ou pa dwe gen okenn rapò ak espiritis. Men, e si w te konn pratike kèk fòm espiritis, epi kounye a ou vle sispann, ki sa pou w fè ? Ou ka suiv egzanp premye kretyen ki t ap viv nan vil Efèz yo. Lè yo te aksepte “ pawòl Jewova a ”, men sa Bib la di yo te fè : “ Anpil nan moun ki te konn pratike maji yo te rasanble liv yo te genyen yo, e yo te boule yo devan tout moun. ” Liv sa yo te koute chè, yo te vo 50 000 pyès ann ajan (Travay 19:19, 20). Epoutan, kretyen nan vil Efèz yo pa t regrèt boule yo.

Satan jwe sou feblès lòm gen lakay li

Yon zanj pafè te vin tounen Satan Ledyab paske li te kite dezi li genyen pou l jwenn louwanj domine l. Li te fè Èv tonbe nan ògèy tou, fè l vin egoyis, fè l gen anvi pou l vin menm jan ak Bondye. Jodi a, Satan kenbe anpil moun anba kontwòl li lè li soulve ògèy lakay yo. Pa egzanp, gen moun ki panse ras yo, gwoup etnik pa yo, oswa nasyonalite yo pi bon pase pa lòt moun. Se pa ti diferan sa diferan ak sa Bib la anseye (Travay 10:34, 35) ! Bib la di sa klè : “ [Bondye] fè tout nasyon moun soti nan yon sèl moun. ” — Travay 17:26.

Youn nan fason efikas pou nou defann tèt nou kont efò Satan ap fè pou l fè nou vin gen ògèy lakay nou, se pou nou kiltive imilite. Bib la konseye nou ‘ pou nou pa panse de tèt nou plis pase sa nou dwe panse ’. (Women 12:3.) Li di tou, “ Bondye opoze ak moun ki ògeye yo, men moun ki enb yo, li ba yo bonte moun pa merite a ”. (Jak 4:6.) Yon bon fason pou w reziste devan efò Satan yo, se pou w manifeste imilite ak lòt kalite Bondye apwouve yo nan vi pa w.

Dyab la chofe pou l eksplwate feblès lòm gen lakay li ki kapab fè l tonbe nan dezi chanèl ki pa kòrèk. Jewova Dye te vle pou lèzòm viv ak kè kontan. Lè lèzòm satisfè dezi yo genyen selon volonte Bondye, sa pèmèt yo jwenn vrè bonè a. Men, Satan ap tante yo pou yo satisfè dezi sa yo yon fason ki imoral (1 Korentyen 6:9, 10). Li pi bon lontan pou w kite lespri w fikse sou bagay ki pwòp e ki diy (Filipyen 4:8). Tout sa ap ede w pou w gen yon bonjan kontwòl sou panse w ak sou emosyon w.

Kontinye reziste devan Dyab la

Èske ou ka reyisi nan reziste w ap reziste devan Dyab la ? Wi, ou kapab. Men asirans Bib la ban nou : “ Kenbe tèt ak Dyab la, e l ap kouri pou nou. ” ​(Jak 4:7). Men, menm lè ou kenbe tèt ak Satan, li pap kite w trankil menm kote a e li pap sispann ba w pwoblèm, toutpandan w ap chèche gen konesans sou Bondye. Okontrè, Dyab la ap toujou eseye ankò nan “ yon lòt moman apwopriye ”. (Lik 4:13.) Sepandan, ou pa bezwen pè Dyab la. Si w kontinye reziste devan l, li pap kapab detounen w de vrè Dye a.

Selon sa nou sot wè, pou w reziste devan Dyab la, sa mande pou w konnen kiyès li ye, ki fason li twonpe moun, e ou bezwen konnen tou ki sa ou ka fè pou w pwoteje tèt ou kont plan l yo. Sèl kote w ap jwenn konesans egzak sa a, se nan Pawòl Bondye a, Labib. Kidonk, se pou w pran detèminasyon fèm pou w etidye Ekriti Bondye enspire yo, e pou w aplike sa w aprann yo nan lavi w. Temwen Jewova ki nan zòn kote w rete a ap byen kontan ede w fè sa gratis, nan lè ak nan jou k ap bon pou ou a. Kidonk, ou pa bezwen ezite kontakte yo, oswa ou ka ekri biwo ki pibliye peryodik sa a.

Lè w kòmanse etidye Bib la, ou bezwen met nan tèt ou Satan ka sèvi ak opozisyon oswa ak pèsekisyon pou l fè w sispann aprann verite ki nan Pawòl Bondye a. Kèk moun ou renmen kapab vin fache kont ou poutèt w ap etidye Bib la. Sa ka rive paske yo pa konnen bèl verite ki nan Bib la. Gen lòt ki ka pase w nan rizib. Men, si w ta kite presyon sa yo fè w sispann, èske vrèman sa t ap fè Bondye plezi ? Dyab la vle dekouraje w pou w ka sispann aprann laverite konsènan vrè Dye a. Poukisa pou w ta kite Satan venk ou (Matye 10:34-39) ? Ou pa gen okenn dèt anvè Satan, alòske ou dwe Jewova lavi w. Kidonk, se pou w pran detèminasyon pou w reziste devan Dyab la e pou w ‘ fè kè Jewova kontan ’. — Pwovèb 27:11.