Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou vin minis ki fleksib e ki adapte nou ak nouvo sitiyasyon

Annou vin minis ki fleksib e ki adapte nou ak nouvo sitiyasyon

Annou vin minis ki fleksib e ki adapte nou ak nouvo sitiyasyon

“ Mwen vin tout bagay pou tout kalite moun, yon fason pou m ka sove kèk nan yo tout jan. ” — 1 KORENTYEN 9:22.

1, 2. a) Nan ki sans apot Pòl te yon minis efikas ? b) Ki jan Pòl te dekri atitid li te genyen anvè asiyasyon l lan ?

LI TE alèz ni ak gwo entèlektyèl ni ak malere ki te konn fè tant. Li te konn konvenk ni otorite women ni peyizan frijyen. Sa li te ekri yo te konn motive ni Grèk liberal ni Juif konsèvatè. Yo pa t ka kontrekare rezònman li yo e li te konn touche kè moun yon fason ki pisan. Li te konn eseye jwenn yon teren antant ak tout moun pou l te ka mennen kèk nan yo bay Kris. — Travay 20:21.

2 Moun sa a se te apot Pòl, yon minis, san okenn dout, ki te efikas e ki te adapte l ak nouvo sitiyasyon (1 Timote 1:12). Li te resevwa misyon nan men Jezi pou l “ pote non [Kris] bay nasyon yo, e anmenmtan bay wa yo ak pitit Izrayèl yo ”. (Travay 9:15.) Ki atitid li te genyen anvè asiyasyon sa a ? Men sa li te deklare : “ Mwen vin tout bagay pou tout kalite moun, yon fason pou m ka sove kèk nan yo tout jan. Men, mwen fè tout bagay akoz bon nouvèl la, yon fason pou m ka pataje l ak lòt moun. ” ​(1 Korentyen 9:19-23). Ki sa nou ka aprann nan egzanp Pòl ki ka ede nou vin pi efikas nan predikasyon ak nan ansèyman ?

Yon nonm ki te vin chanje te reyisi nan yon asiyasyon difisil

3. Ki santiman Pòl te genyen anvè kretyen yo anvan li te konvèti ?

3 Èske Pòl te toujou yon moun ki te gen konsiderasyon pou moun e ki te gen bonte, ki te apwopriye pou asiyasyon li te resevwa a ? Pa ditou ! Sol (ansyen non apot Pòl) te tèlman fanatik nan kesyon relijyon, sa te fè l pèsekite disip Kris yo avèk vyolans. Lè li te jèn gason, li te dakò dèske yo te touye Etyèn. Apre sa, Pòl te chase kretyen yo san pitye (Travay 7:58 ; 8:1, 3 ; 1 Timote 1:13). Li te kontinye respire “ menas ak asasinay kont disip Seyè a ”. Li pa t kontante l pou l kouri dèyè kwayan yo nan Jerizalèm sèlman, li te kòmanse gaye kanpay li t ap fè avèk hèn nan nan nò peyi a, rive jis Damas. — Travay 9:1, 2.

4. Ki ajisteman Pòl te dwe fè pou l akonpli travay li te gen pou l fè a ?

4 Sa ki te alabaz hèn pwofon Pòl te gen pou krisyanis la, se petèt paske li te gen konviksyon nouvo lafwa a ka kòwonp jidayis la, vin melanje l ak ide ki etranje e ki endezirab. Apre tou, Pòl se te “ yon Farizyen ”, non sa a vle di “ moun yo mete apa ”. (Travay 23:6.) Imajine jan Pòl dwe te choke lè l te aprann se li menm Bondye chwazi pou preche konsènan Kris. E kiyès li te sipoze preche pami tout moun ? Janti yo (Travay 22:14, 15 ; 26:16-18) ! Sa k pi dwòl, sèke Farizyen yo te menm konn refize manje avèk moun yo te konsidere kòm pechè (Lik 7:36-39). Pa gen dout, sa te mande Pòl anpil efò pou l te chanje pwennvi pou l fè l vin ann amoni ak volonte Bondye ki vle pou tout kalite moun sove. — Galat 1:13-17.

5. Ki jan nou ka imite Pòl nan ministè nou ?

5 Petèt n ap gen pou nou fè menm jan an. Etandone n ap rankontre yon kantite moun tout kalite ki pa sispann ogmante nan tèritwa nou an, yon tèritwa entènasyonal ki gen anpil lang, nou bezwen fè bonjan efò pou nou egzamine atitid nou e pou nou retire tout tras prejije lakay nou (Efezyen 4:22-24). Kit nou konsyan, kit nou pa konsyan, anviwònman kote nou te grandi ak fason nou te elve enfliyanse nou. Sa kapab fè nou gen pwennvi ak atitid ki montre nou gen prejije, oswa ki montre nou pa fleksib. Nou dwe venk santiman sa yo si nou ta vle reyisi nan travay chèche moun ki sanble ak brebi pou nou ede yo (Women 15:7). Se sa Pòl te fè. Li te aksepte asiyasyon difisil li te resevwa pou l etann ministè l. Etandone se lanmou ki te motive l, li te vin abil nan fason l te konn anseye, e li ta bon pou nou imite metòd li yo. Efektivman, etid ki fèt sou ministè Pòl, “ apot nasyon yo ”, montre li te enterese nan byennèt moun, li te fleksib e li te konn fè tèt li travay lè l ap preche ak lè l ap anseye *. — Women 11:13.

Yon minis ki te adapte l ak tout sitiyasyon

6. Ki jan Pòl te montre li teni kont de edikasyon moun ki te konn koute l yo, e ki rezilta sa te bay ?

6 Pòl te teni kont de kwayans ak edikasyon moun ki te konn koute l yo. Lè li t ap pale ak wa Agripa II, li te rekonèt wa a te “ byen konnen tout koutim ak tout polemik ki [te] genyen nan mitan Juif yo ”. Nan moman sa a, avèk tak, Pòl te sèvi ak sa li konnen sou kwayans Agripa e li te pale sou sijè wa a te konprann trè byen. Rezònman Pòl te fè yo te tèlman klè e yo te tèlman fèt avèk konviksyon, Agripa te di : “ Nan yon tikras tan ou ta konvenk mwen pou m vin kretyen. ” — Travay 26:2, 3, 27, 28.

7. Ki jan Pòl te montre li fleksib lè li t ap preche yon foul nan vil Lis ?

7 Pòl te fleksib tou. Lè li t ap eseye konvenk yon foul nan vil Lis pou yo pa adore li menm ak Banabas kòm dye, remake ki jan metòd li te itilize a te diferan. Dapre sa yo rapòte, moun sa yo ki te pale likawonyen se te moun ki te mwens edike e ki te pi sipèstisye nan popilasyon an. Selon Travay 14:14-18, Pòl te fè yo konnen kreyasyon an ak tout bon bagay n ap pwofite nan lanati yo se prèv ki montre siperyorite vrè Dye a. Agiman li te bay la te fasil pou konprann, e sanble sa “ te rive anpeche foul yo fè sakrifis ” pou Pòl ak Banabas.

8. Nan ki sans Pòl te montre li fleksib menm lè pafwa te gen kèk sitiyasyon ki te konn fè l reyaji avèk fòs ?

8 Natirèlman, Pòl pa t pafè, e pafwa gen kèk sitiyasyon ki te konn fè l reyaji avèk fòs. Pa egzanp, nan yon okazyon, lè yo te atake l yon fason ki imilyan e ki enjis, li te pale di ak yon Juif ki rele Anànyas. Men, lè yo te di Pòl si l pa konnen se gran prèt la l ap ensilte, li te mande eskiz imedyatman (Travay 23:1-5). Nan Atèn, ‘ lè l te wè vil la chaje zidòl ’, nan yon premye tan sa te “ irite l ”. Sepandan, nan diskou Pòl te fè sou mòn Mas la, li pa t montre li irite. Okontrè, li te pale ak moun Atèn yo sou plas yo te konn fè rasanbleman piblik la, li te chèche jwenn yon teren antant avèk yo lè li te fè referans ak yon lotèl yo te genyen ki te make “ pou yon Dye nou pa konnen ”, e li te site deklarasyon youn nan powèt pa yo te fè. — Travay 17:16-28.

9. Nan kontak Pòl te konn pran ak tout kalite moun, ki jan li te demontre li te konn fè tèt li travay ?

9 Nan kontak Pòl te konn pran ak tout kalite moun, li te konn fè tèt li travay yon fason ki remakab. Li te teni kont de kilti ak anviwònman ki te enfliyanse panse moun ki te konn koute l yo. Lè li te ekri kretyen Wòm yo, li te byen konnen y ap viv nan kapital pi gran pisans nan epòk la. Yon pwen enpòtan ki te gen nan lèt Pòl te ekri kretyen Wòm yo, sèke pisans Kris genyen pou l rachte venk pisans peche Adan an genyen pou l kòwonp. Li te pale ak kretyen Wòm yo ansanm ak moun ki te avèk yo nan lang ki te ka touche kè yo. — Women 1:4 ; 5:14, 15.

10, 11. Ki jan Pòl te adapte egzanp li yo ak moun ki t ap koute l yo ? (Gade nòt anba paj la tou.)

10 Ki sa Pòl te fè lè li te vle esplike moun ki t ap koute l yo verite pwofon ki nan Bib la ? Apot la te abil nan sèvi ak egzanp ki popilè, ki fasil pou konprann pou l eklèsi ide espirityèl ki konplike. Pa egzanp, Pòl te konnen moun nan Wòm yo te abitye ak sistèm esklavaj ki te gen nan tout anpi women an. Anfèt, anpil nan moun li te ekri yo se te petèt esklav. Se sa k fè, Pòl te pran esklavaj kòm egzanp pou l kore agiman solid li te bay konsènan chwa yon moun genyen pou l soumèt tèt li devan peche oswa devan jistis. — Women 6:16-20.

11 Men sa yon ouvraj referans di : “ Pami Women yo, yon mèt te ka libere yon esklav san kondisyon, oswa esklav la te ka peye mèt li pou l achte libète l. Yon esklav te ka benefisye libète tou si mèt li te remèt li bay yon dye. ” Yon esklav ki libere te ka kontinye travay pou mèt li pou yon salè. Li evidan Pòl t ap panse ak pratik sa a lè li te ekri sou chwa yon moun te ka fè konsènan mèt li ta dwe obeyi a : peche oswa jistis. Kretyen nan Wòm yo te libere anba peche e apre sa yo te vin pwopriyete Bondye. Yo te lib pou yo sèvi Bondye, men, yo t ap toujou ka chwazi sèvi peche, ansyen mèt yo a, si se sa yo te vle. Egzanp senp sa a moun yo te abitye avè l la te ka pouse kretyen ki nan Wòm yo pou yo mande tèt yo : ‘ Ki mèt m ap sèvi * ? ’

Annou tire leson nan egzanp Pòl

12, 13. a) Ki efò ki nesesè jodi a pou nou rive touche kè tout kalite moun k ap koute nou ? b) Ki sa w twouve ki bay bon rezilta lè w ap preche tout kategori moun ?

12 Menm jan ak Pòl, nou dwe montre nou enterese nan byennèt moun, nou dwe fleksib e nou dwe fè tèt nou travay pou nou ka touche kè tout kalite moun k ap koute nou. Pou nou ede moun k ap koute nou yo konprann sans bon nouvèl la, nou dwe fè plis pase annik pran yon senp kontak avèk yo, oswa annik ba yo yon mesaj ki tou prepare, oubyen annik kite yon piblikasyon biblik nan men yo. Nou fè efò pou nou disène bezwen yo ak sousi yo genyen, sa yo renmen ak sa yo pa renmen, krent yo ansanm ak prejije yo genyen. Byenke sa mande anpil refleksyon ak anpil efò, pwoklamatè Wayòm nan nan lemonnantye byen kontan fè sa. Pa egzanp, men sa biwo filyal Temwen Jewova nan Ongri fè konnen : “ Frè yo te montre respè pou koutim moun lòt nasyonalite e pou fason y ap viv, e yo pa atann yo pou moun sa yo adapte yo ak koutim lokal yo. ” Temwen ki lòt kote yo fè efò pou yo fè menm jan an.

13 Nan yon peyi nan Ekstrèm Oryan, pifò moun enterese nan kesyon sante, edikasyon timoun ak enstriksyon. Pwoklamatè Wayòm ki nan zòn sa a eseye atire atansyon moun yo sou sijè sa yo, olye yo pale sou kesyon tankou sitiyasyon monn nan k ap degrade, oswa sou pil pwoblèm ki gen nan sosyete a. Menm jan an tou, nan yon gran vil Ozetazini, gen pwoklamatè ki fè remake gen moun nan yon zòn nan tèritwa yo ki santi lespri yo boulvèse akoz kesyon koripsyon, blokis ak krim. Temwen yo jwenn siksè lè yo itilize sijè sa yo pou kòmanse konvèsasyon sou Bib la. Anseyan Labib ki efikas veye pou, kèlkeswa sijè yo chwazi a, yo rete pozitif e ankourajan, pandan y ap mete aksan sou valè pratik aplikasyon prensip biblik yo genyen depi kounye a e sou bèl posiblite Bondye ofri pou lavni. — Izayi 48:17, 18 ; 52:7.

14. Dekri fason nou ka adapte nou ak moun ki gen bezwen ak sitiyasyon ki diferan.

14 Etandone moun yo gen gwo diferans nan kilti yo, nan edikasyon yo ak nan relijyon yo, li bon pou nou varye metòd nou itilize nan ministè a. Metòd nou itilize pou moun ki kwè gen yon Kreyatè men ki pa kwè nan Bib la ap diferan de metòd nou itilize pou nou pale ak moun ki pa kwè Bondye egziste. Pou moun ki panse kèlkeswa liv relijye a se yon zouti ki la pou fè lavaj sèvo, prezantasyon nou itilize a ap diferan ak sa nou itilize pou yon moun ki aksepte sa Labib anseye. Etandone n ap pran kontak ak moun tout nivo edikasyon, nou bezwen fleksib lè n ap pale avèk yo. Anseyan ki abil ap sèvi ak rezònman ak egzanp ki apwopriye ak sitiyasyon yo rankontre. — 1 Jan 5:20.

Annou fòme nouvo minis yo

15, 16. Poukisa se yon nesesite pou nouvo minis yo jwenn fòmasyon ?

15 Pòl pa t sousye l pou l amelyore sèlman metòd ansèyman pa l. Li te wè nesesite pou yo fòme moun ki pi jèn yo, pou yo prepare yo pou yo vin minis ki efikas. Timote ak Tit se de egzanp (2 Timote 2:2 ; 3:10, 14 ; Tit 1:4). Menm jan an tou, jodi a, gen yon bezwen ijan pou bay fòmasyon e pou resevwa fòmasyon.

16 An 1914, te gen apeprè 5 000 pwoklamatè Wayòm nan sou tout tè a. Jodi a, chak semèn gen anviwon 5 000 moun ki batize (Izayi 54:2, 3 ; Travay 11:21). Lè gen nouvo ki vin fè pati kongregasyon kretyen an e ki vle patisipe nan ministè a, yo bezwen pou yo fòme yo e pou yo gide yo (Galat 6:6). Li esansyèl pou nou sèvi ak metòd Mèt la, Jezi, lè n ap anseye lòt moun e lè n ap fòme yo *.

17, 18. Ki jan nou ka ede nouvo yo gen asirans lè yo nan ministè a ?

17 Jezi pa t annik jwenn yon foul epi li di apot li yo pou yo kòmanse pale. Toudabò, li te ensiste sou nesesite pou yo fè travay predikasyon an e li te ankouraje yo pou yo toujou priye pou travay la. Se poutèt sa, li te pran twa dispozisyon fondamantal : li te ba yo yon patnè, yon tèritwa ak yon mesaj pou yo preche (Matye 9:35-38 ; 10:5-7 ; Mak 6:7 ; Lik 9:2, 6). Nou ka fè menm jan an. Kit se pwòp pitit nou n ap ede, kit se yon nouvo etidyan oswa yon moun ki pa preche depi yon bon ti tan, li apwopriye pou nou fè efò pou nou ba yo fòmasyon nan sans sa a.

18 Nouvo yo bezwen bonjan èd pou yo gen asirans lè y ap prezante mesaj Wayòm nan. Èske w ta ka ede yo prepare yon prezantasyon ki senp e ki atiran epi repete l avèk yo ? Lè w nan tèritwa a, fè yo suiv jan w fè nan premye kay yo yon fason pou yo ka aprann. Nou ka kopye sou egzanp Gideyòn ki te di moun ki t apral nan batay ansanm avèk li yo : “ Nou dwe gade jan m ap fè pou nou aprann, e se konsa nou dwe fè. ” ​(Jij 7:17). Apre sa, bay nouvo a opòtinite pou l patisipe. Felisite nouvo yo anpil pou efò yo fè, e lè sa apwopriye, ba yo sijesyon pou yo ka amelyore yo.

19. Ki detèminasyon w pandan w ap fè tout sa w kapab pou w “ akonpli ministè w nèt ” ?

19 Pou nou ka ‘ akonpli ministè nou nèt ’, nou detèmine pou nou vin pi fleksib nan metòd nou itilize, e nou vle fòme nouvo minis yo pou yo fè menm jan an. Lè nou konsidere enpòtans objektif nou genyen an, sètadi pou nou anseye konesans Bondye a k ap pèmèt moun sove, nou gen konviksyon li merite pou nou fè tout sa nou kapab pou nou vin “ tout bagay pou tout kalite moun, yon fason pou [nou] ka sove kèk nan yo tout jan ”. — 2 Timote 4:5 ; 1 Korentyen 9:22.

[Nòt anba paj]

^ § 5 Pou nou jwenn egzanp sou kalite Pòl te demontre nan ministè li, gade Travay 13:9, 16-42 ; 17:2-4 ; 18:1-4 ; 19:11-20 ; 20:34 ; Women 10:11-15 ; 2 Korentyen 6:11-13.

^ § 11 Nan menm sans lan tou, pou Pòl te esplike relasyon ki vin genyen ant Bondye ak “ pitit ” li yo ki wenn ak lespri, li te sèvi ak yon konsèp legal lektè yo nan anpi women an te sanse abitye (Women 8:14-17). Gen yon liv ki rele Sen Pòl nan vil Wòm (anglè) ki deklare : “ Adopsyon se te yon koutim women menm, e sa te byen makònen ak konsepsyon Women yo te gen sou fanmi. ”

^ § 16 Aktyèlman, nan tout kongregasyon Temwen Jewova yo, gen yon pwogram ki rele pyonye ap ede lòt moun. Nan pwogram sa a, minis aplentan yo itilize eksperyans ak fòmasyon yo genyen pou yo ede pwoklamatè ki pa gen anpil eksperyans.

Èske nou sonje ?

• Nan ki sans nou ka imite Pòl nan ministè nou ?

• Ki chanjman petèt n ap bezwen fè nan fason nou panse ?

• Ki sa nou ka fè pou mesaj nou an toujou rete pozitif ?

• Ki sa nouvo minis yo bezwen pou yo vin gen asirans ?

[Kesyon]

[Antrefilè nan paj 29]

Lè apot Pòl t ap preche ak lè li t ap anseye, li te enterese nan byennèt moun, li te fleksib e li te konn fè tèt li travay.

[Antrefilè nan paj 31]

Jezi te pran twa dispozisyon fondamantal pou disip li yo : li te ba yo yon patnè, yon tèritwa ak yon mesaj pou yo preche.

[Foto nan paj 28]

Pòl te reyisi atenn tout kalite moun paske li te fleksib.

[Foto nan paj 30]

Minis ki efikas yo pran an konsiderasyon orijin ak kilti moun y ap pale avèk yo.

[Foto nan paj 31]

Minis ki adapte yo ak nouvo sitiyasyon ede nouvo yo pou yo prepare yo pou ministè a.