Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Chemen Jewova yo dwat ”

“ Chemen Jewova yo dwat ”

“ Chemen Jewova yo dwat ”

“ Chemen Jewova yo dwat, e se moun ki jis k ap mache ladan yo. ” — OCHEYA 14:9.

1, 2. Ki kalite derapman Jewova te bay Izrayelit yo, e ki sa k te vin rive yo ?

NAN epòk pwofèt Moyiz, Jewova te bay Izrayelit yo yon derapman ki dwat. Men, nan kòmansman uityèm syèk anvan epòk nou an, Izrayelit yo te vin tonbe nan yon eta ki tèlman grav, Bondye te jije yo koupab pou gwo zak mechanste yo te konn fè. Ocheya chapit 10 rive nan chapit 14 montre sa klè.

2 Kè Izrayèl te vin ipokrit. Pèp ki t ap viv nan wayòm dis tribi a te “ laboure mechanste ” e yo te rekòlte enjistis (Ocheya 10:1, 13). Jewova di : “ Lè Izrayèl te yon tigason, lè sa a mwen te renmen l, e mwen te rele pitit gason mwen an pou l sot ann Ejip. ” ​(Ocheya 11:1). Byenke Bondye te delivre Izrayelit yo sot nan esklavaj ann Ejip, se mansonj ak twonpri yo te remèt li kòm remèsiman (Ocheya 11:12). Se poutèt sa, Jewova te ba yo konsèy sa a : “ Ou dwe retounen vin jwenn Bondye w la, etan w kenbe bonte ki plen lanmou e etan w kenbe jistis. ” — Ocheya 12:6.

3. Piske Samari te rebèl, ki sa ki t apral rive l, men, ki sa Izrayelit yo te dwe fè pou yo te ka fè yo mizèrikòd ?

Samari, ki te rebèl, ansanm ak wa li a t apral fini mal (Ocheya 13:11, 16). Men, dènye chapit nan pwofesi Ocheya a kòmanse avèk siplikasyon sa a : “ Retounen non, o Izrayèl, vin jwenn Jewova Bondye w la. ” Si Izrayelit yo te repanti e yo te chèche jwenn padon, Bondye t ap fè yo mizèrikòd. Natirèlman, yo ta dwe rekonèt “ chemen Jewova yo dwat ”, e yo ta dwe mache ladan yo. — Ocheya 14:1-6, 9.

4. Ki prensip nan pwofesi Ocheya a nou pral egzamine ?

4 Pati sa a nan pwofesi Ocheya a gen anpil prensip ki kapab ede nou mache avèk Bondye. Nou pral egzamine kèk ladan yo : 1) Jewova egzije yon adorasyon ki san ipokrizi, 2) Bondye demontre lanmou fidèl pou pèp li a, 3) nou bezwen toujou mete espwa nou nan Jewova, 4) chemen Jewova yo toujou dwat, e 5) moun ki peche yo ka retounen vin jwenn Jewova.

Jewova egzije yon adorasyon ki san ipokrizi

5. Ki jan de sèvis Bondye vle pou nou ba li ?

5 Jewova vle pou nou ba li yon sèvis sakre yon fason ki pwòp e ki san ipokrizi. Sepandan, Izrayèl te vin tounen yon “ pye rezen k ap deperi ”, ki pa pwodui. Izrayelit yo te “ miltipliye lotèl ” yo te genyen pou fo adorasyon. Aposta sa yo te menm monte yon seri pilye, petèt se te obelis yo te fabrike pou sèvi nan adorasyon ki pa pwòp. Jewova t apral kraze tout lotèl sa yo, e li t ap detwi pilye yo. — Ocheya 10:1, 2.

6. Pou nou mache avèk Bondye, ki atitid nou dwe rejte ?

6 Ipokrizi pa gen plas li nan mitan sèvitè Jewova yo. Men, ki sa k te pase Izrayelit yo ? Ebyen, ‘ kè yo te vin ipokrit ’. Byenke yo te fè yon alyans avèk Jewova antanke pèp ki vwe ba li, yo te koupab paske yo te ipokrit. Ki sa nou ka aprann nan sa ? Si nou vwe tèt nou bay Bondye, nou pa dwe ipokrit. Men avètisman nou jwenn nan Pwovèb 3:32 : “ Moun ki magouyè a se yon bagay ki detestab pou Jewova, men, entimite Li se ak moun ki dwat yo. ” Pou nou ka mache avèk Bondye, nou dwe demontre yon lanmou “ ki soti nan yon kè ki pwòp, nan yon bon konsyans e nan yon fwa ki san ipokrizi ”. — 1 Timote 1:5.

Bondye demontre lanmou fidèl pou pèp li a

7, 8. a) A ki kondisyon n ap ka benefisye lanmou fidèl Bondye ? b) Ki sa pou nou fè si nou fè yon peche grav ?

7 Si n ap adore Jewova yon fason ki san ipokrizi e ki dwat, n ap benefisye bonte ki plen lanmou li gen lakay li, sa vle di lanmou fidèl li genyen. Gade ki sa yo te di Izrayelit ki te rebèl yo : “ Simen semans pou nou nan jistis, rekòlte ann akò ak bonte ki plen lanmou. Travay yon tè arab pou nou menm, lè se moman pou nou chèche Jewova, jiskaske l vin anseye nou jistis. ” — Ocheya 10:12.

8 Si sèlman Izrayelit yo te repanti e yo te chèche Jewova ! Lè sa a, li t ap byen kontan ‘ anseye yo jistis ’. Si pèsonèlman nou te komèt yon peche grav, annou chèche Jewova, annou priye l pou l padone nou, e annou chèche èd espirityèl nan men ansyen yo (Jak 5:13-16). Se pou nou chèche direksyon lespri sen Bondye tou, paske “ moun ki simen pou chè li, chè li ap fè l rekòlte koripsyon, men moun ki simen pou lespri a, lespri a ap fè l rekòlte lavi etènèl ”. (Galat 6:8.) Si nou “ simen pou lespri a ”, n ap kontinye benefisye lanmou fidèl Bondye.

9, 10. Ki aplikasyon Ocheya 11:1-4 te gen sou Izrayèl ?

9 Nou kapab gen konfyans Jewova toujou trete pèp li avèk amou. Nou kapab wè sa lè nou li Ocheya 11:1-4, men sa l di : “ Lè Izrayèl te yon tigason, lè sa a mwen te renmen l, e mwen te rele pitit gason mwen an pou l sot ann Ejip. [...] Yo te rantre nan fè sakrifis pou imaj Baal yo, e yo te kòmanse fè lafimen sakrifis pou imaj taye yo. Men, kanta mwen menm, mwen te aprann Efrayim [Izrayelit yo] mache, mwen te pote yo sou bra m. Yo pa t menm rekonèt mwen te geri yo. Avèk kòd lòm ki sot nan tè a mwen te kontinye rale yo, avèk kòdon lanmou an, a tèl pwen mwen te vin tounen pou yo tankou moun ki soulve yon jouk sou machwè yo, e avèk dousè mwen te pote manje ba yo chak. ”

10 La a yo konpare Izrayèl ak yon timoun piti. Avèk amou, Jewova te montre Izrayelit yo mache, li te pote yo sou bra li e li te kontinye rale yo avèk “ kòdon lanmou ” an. Ala yon imaj ki touchan ! Imajine ou se yon paran k ap ede pitit ou fè premye pa li. Ou lonje bra w. Ou kapab menm sèvi ak yon kòdon pou tipitit ou a ka kenbe yon fason pou l pa tonbe. Ebyen, se yon tandrès konsa lanmou Jewova gen pou ou a gen ladan l. Li pran plezi pou l gide w avèk “ kòdon lanmou ” an.

11. Nan ki sans Bondye te ‘ vin tankou yon moun k ap soulve yon jouk ’ ?

11 Nan fason Jewova te trete Izrayelit yo, li te “ vin tounen pou yo tankou moun ki soulve yon jouk sou machwè yo, e avèk dousè [li] te pote manje ba yo chak ”. Bondye te aji tankou yon moun k ap soulve yon jouk sou yon bèt, oubyen k ap pouse jouk la, mete l yon jan pou bèt la ka alèz pou l manje. Se sèlman lè pèp Izrayèl te kraze jouk la, lè yo te sispann soumèt yo devan Jewova, se lè sa a yo te vin tonbe anba jouk boutdi lènmi yo (Detewonòm 28:45, 48 ; Jeremi 28:14). Nou swete pou nou pa janm tonbe anba grif pi gwo ènmi nou an, anpalan de Satan, pou nou pa sibi doulè ki gen anba jouk boutdi l la. Okontrè, annou kontinye mache fidèlman avèk Bondye nou an ki chaje lanmou.

Annou toujou mete espwa nou nan Jewova

12. Ann amoni ak Ocheya 12:6, ki sa yo mande nou pou nou fè pou nou ka kontinye mache avèk Bondye ?

12 Pou nou kontinye mache avèk Bondye, nou dwe toujou mete espwa nou nan li. Men sa yo te di Izrayelit yo : “ Kanta ou menm, ou dwe retounen vin jwenn Bondye w la, etan w kenbe bonte ki plen lanmou e etan w kenbe jistis. E se pou yo met espwa yo nan Bondye w la toutan. ” ​(Ocheya 12:6). Si Izrayelit yo te demontre bonte ki plen lanmou, si yo te egzèse jistis, e si yo te ‘ toujou mete espwa yo nan Bondye ’, yo t ap ka pwouve yo te repanti e yo te retounen vin jwenn Jewova. Kèlkeswa kantite tan nou genyen depi n ap mache avèk Bondye, nou dwe detèmine pou nou demontre bonte ki plen lanmou, pou nou egzèse jistis, e pou nou toujou mete espwa nou nan Bondye. — Sòm 27:14.

13, 14. Ki aplikasyon Pòl fè avèk Ocheya 13:14, e ki rezon sa ban nou pou nou mete espwa nou nan Jewova ?

13 Pwofesi Ocheya te bay konsènan Izrayelit yo ban nou yon rezon espesyal pou nou met espwa nou nan Bondye. Men sa Jewova di : “ Nan men cheyòl m ap rachte yo, nan lanmò m ap repran yo. Kote pikan w yo, o Lanmò ? Kote pouvwa ou genyen pou w detwi a, o Cheyòl ? ” ​(Ocheya 13:14). Nan moman sa a, Jewova pa t apral rachte Izrayelit yo sot nan lanmò, men li t ap gen pou l anglouti lanmò pou toutan e pou l anile viktwa li genyen an.

14 Pandan Pòl t ap ekri kretyen wen parèy li yo, li te site pwofesi Ocheya a, men sa l te di : “ Lè sa k ka pouri a mete sa k pa ka pouri a sou li, e sa ki mòtèl la mete imòtalite sou li, lè sa a, pawòl ki ekri la a pral reyalize : ‘ Lanmò anglouti pou toutan. ’ ‘ Lanmò, kote viktwa w ? Lanmò, kote pikan w ? ’ Pikan ki bay lanmò a, se peche, men, pisans peche a se Lalwa. Men, mèsi Bondye, paske li ban nou laviktwa pa mwayen Seyè nou an Jezi Kris ! ” ​(1 Korentyen 15:54-57). Jewova te leve Jezi sot nan lanmò, konsa li bay yon garanti rekonfòtan tout moun ki nan memwa Bondye pral resisite (Jan 5:28, 29). Ala yon bèl rezon nou genyen pou nou mete espwa nou nan Jewova ! Toutfwa, apa espwa rezirèksyon an, gen yon lòt bagay ki pouse nou mache avèk Bondye.

Chemen Jewova yo toujou dwat

15, 16. Ki sa yo te predi konsènan Samari, e ki jan pwofesi a te akonpli ?

15 Lefètke nou gen konviksyon “ chemen Jewova yo dwat ”, sa ede nou kontinye mache avèk Bondye. Moun ki t ap viv Samari yo pa t mache nan chemen Jewova yo ki jis. Kòm konsekans, yo te oblije peye pou peche yo e poutèt yo te manke fwa nan Jewova. Men sa ki te predi : “ Yo pral konsidere Samari kòm koupab, paske vrèman li fè rebelyon kont Bondye l la. Yo pral tonbe anba epe. Pwòp pitit yo pral kraze an miyèt moso, e fanm ansent yo genyen yo, y ap vantre yo. ” ​(Ocheya 13:16). Selon sa listwa rapòte, Asiryen sa yo, ki te pran Samari, te ka fè jan de zak atwòs sa yo vre.

16 Samari se te kapital wayòm dis tribi Izrayèl la. Men, la a, non Samari a aplike pou tout tèritwa wayòm nan (1 Wa 21:1). Wa Asiri a, Salmanasa V, te asyeje vil Samari nan ane 742 anvan epòk nou an. Lè finalman Samari tonbe nan ane 740 anvan epòk nou an, anpil nan otorite ki t ap viv nan vil sa a, yo te egzile yo Mezopotami ak nan peyi Medi. Moun pa fin sèten si se Salmanasa V oswa si se wa ki te vin apre l la, Sagon II, ki te pran Samari (2 Wa 17:1-6, 22, 23 ; 18:9-12). Toutfwa, nan kèk dokiman Sagon te fè ekri, yo mansyone te gen 27 290 Izrayelit yo te depòte voye anwo nan tèt Efrat ak Medi.

17. Olye pou nou ta manke respè pou prensip Bondye yo, ki sa nou ta dwe fè ?

17 Etandone moun ki t ap viv Samari yo pa t mache nan chemen Jewova yo ki dwat, yo te peye sa chè. Antanke kretyen ki vwe vi nou bay Bondye, nou menm tou nou ka sibi konsekans grav si nou ta tonbe nan pratike peche, si nou ta manke respè pou prensip Bondye yo ki jis. Pinga nou janm aji avèk mechanste nan fason sa a ! Okontrè, se pou nou chak aplike konsèy apot Pyè te bay la, li te di : “ Pinga pyès nan nou soufri kòm asasen, oswa kòm vòlè, oswa kòm malfektè, oswa kòm moun k ap foure bouch li nan zafè lòt moun. Men, si l soufri antanke kretyen, li pa bezwen wont, men se pou l kontinye glorifye Bondye nan non sa a. ” — 1 Pyè 4:15, 16.

18. Ki jan nou ka “ kontinye glorifye Bondye ” ?

18 Nou “ kontinye glorifye Bondye ” lè nou mache nan chemen l yo ki dwat, olye nou fè bagay yo jan lide n di nou. Kayen te komèt yon zak asasinay paske li te aji jan lide l di l, li pa t koute avètisman Jewova te ba li lè l te di l peche tou pare pou bondi sou li (Jenèz 4:1-8). Balaram te aksepte pran kòb nan men wa Mowab la, men, se anven li te eseye modi Izrayèl (Nonb 24:10). E Bondye te touye Kora, Levit la, ansanm ak lòt moun poutèt yo te rebele kont otorite Moyiz ak Arawon (Nonb 16:1-3, 31-33). Asireman, nou pa vle ale nan “ chemen Kayen an ”, kriminèl la, ni plonje nan “ erè Balaram nan ”, ni nou pa vle peri nan “ pawòl rebelyon Kora yo ”. (Jid 11.) Sepandan, si nou ta fè yon fot, pwofesi Ocheya a ban nou konsolasyon.

Moun ki peche yo ka retounen vin jwenn Jewova

19, 20. Ki sakrifis Izrayelit ki te repanti yo te ka ofri ?

19 Menm moun ki trebiche akoz peche grav yo komèt ka retounen vin jwenn Jewova. Men siplikasyon nou jwenn nan Ocheya 14:1, 2 : “ Retounen non, o Izrayèl, vin jwenn Jewova Bondye w la, paske ou bite nan fot ou a. Pran pawòl pote avèk nou e retounen vin jwenn Jewova. Di li, nou tout : ‘ Padone fot la, tanpri. Aksepte sa ki bon, e anretou nou pral ofri jenn towo lèv nou. ’ ”

20 Izrayelit ki te repanti yo te kapab ofri Jewova ‘ jenn towo lèv yo ’. Sakrifis sa yo se te louwanj sensè yo te ka fè. Se pwofesi sa a ki te nan lespri Pòl lè l te ankouraje kretyen yo pou yo ‘ ofri Bondye yon sakrifis louwanj, sa vle di fwi lèv yo ki fè yon deklarasyon piblik pou non li ’. (Ebre 13:15.) Ala yon privilèj nou genyen jodi a pou nou mache avèk Bondye e pou nou ofri li jan de sakrifis sa yo !

21, 22. Ki restorasyon Izrayelit ki te repanti yo t apral konnen ?

21 Izrayelit ki te abandone rebelyon yo te fè e ki te retounen vin jwenn Bondye te ofri l ‘ jenn towo lèv yo ’. Se pou sa yo te benefisye yon restorasyon espirityèl, egzakteman jan Bondye te pwomèt sa. Ocheya 14:4-7 di : “ [Mwen menm Jewova] m ap geri enfidelite yo a. M ap renmen yo ak pwòp volonte m, paske mwen sispann fè kòlè kont li. Mwen pral vin tankou lawouze pou Izrayèl. L ap fleri menm jan ak lis, e l ap pouse rasin menm jan ak Liban. Boujon l yo ap soti, e diyite li ap vin tankou diyite pye oliv, e pafen li ap tankou pafen Liban. Yo pral abite anba lonbray li ankò. Y ap fè grenn, e y ap boujonnen tankou pye rezen. Memoryal li ap tankou diven Liban. ”

22 Izrayelit ki te repanti yo t apral geri espirityèlman e yo t apral benefisye lanmou Bondye ankò. Jewova t apral vin tankou lawouze pou rafrechi yo, sa vle di li t apral beni yo anpil anpil. Pèp li a li restore a t apral gen diyite “ tankou diyite pye oliv ”, e yo t apral mache nan chemen Bondye yo. Etandone nou menm bò kote pa nou, nou detèmine pou nou mache avèk Jewova Dye, ki egzijans nou genyen ?

Annou kontinye mache nan chemen Jewova yo ki dwat

23, 24. Ki pwofesi ankourajan nou jwenn nan fen liv Ocheya a, e ki efè pwofesi sa a gen sou nou ?

23 Si nou vle kontinye mache avèk Bondye, nou dwe egzèse “ sajès ki soti anlè a ”, e nou dwe toujou aji ann amoni ak chemen l yo ki dwat (Jak 3:17, 18). Men sa dènye vèsè nan pwofesi Ocheya a di : “ Kiyès ki saj, pou l konprann bagay sa yo ? Kiyès ki prevwayan, pou l konnen yo ? Paske chemen Jewova yo dwat, e se moun ki jis k ap mache ladan yo. Men, pechè yo se moun k ap kilbite ladan yo. ” — Ocheya 14:9.

24 Olye nou kite sajès monn sa a ak prensip li yo gide nou, annou detèmine pou nou mache nan chemen Bondye yo ki dwat (Detewonòm 32:4). Ocheya te fè sa pandan omwen 59 an. Li te konn transmèt mesaj Bondye yo avèk fidelite, li te konnen moun ki saj e ki prevwayan yo t ap konprann pawòl li yo. E nou menm ? Toutotan Jewova pèmèt nou bay temwayaj, n ap kontinye chèche moun k ap montre yo gen sajès lè yo aksepte bonte li, bonte moun pa merite a. E nou pran plezi nan fè sa etan n ap kowopere nètale ak “ esklav fidèl ki prevwayan an ”. — Matye 24:45-47.

25. Ki sa egzamen nou sot fè nan pwofesi Ocheya a ta dwe ede nou fè ?

25 Egzamen nou sot fè nan pwofesi Ocheya a ta dwe ede nou kontinye mache avèk Bondye toutpandan n ap panse a lavi etènèl nan monn nouvo Bondye pwomèt la (2 Pyè 3:13 ; Jid 20, 21). Ala yon esperans estrawòdinè nou genyen ! Esperans sa a ap tounen yon reyalite pou nou chak pèsonèlman si, nan pawòl nou ak nan aksyon nou, nou montre nou sensè lè nou di : “ Chemen Jewova yo dwat. ”

Ki repons nou ta bay ?

• Si nou adore Bondye yon fason ki pwòp, ki jan l ap aji avèk nou ?

• Poukisa nou dwe toujou mete espwa nou nan Jewova ?

• Ki sa k konvenk ou chemen Jewova yo dwat ?

• Ki jan nou ka kontinye mache nan chemen Jewova yo ki dwat ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 18]

Aksepte èd espirityèl ansyen yo ba ou.

[Foto nan paj 19]

Pwofesi Ocheya a ban nou rezon pou nou mete espwa nou nan pwomès Jewova fè nou anrapò ak rezirèksyon.

[Foto nan paj 21]

Annou kontinye mache avèk Bondye toutpandan n ap panse a lavi etènèl.