Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Lanmou nou tout ap ogmante ”

“ Lanmou nou tout ap ogmante ”

“ Lanmou nou tout ap ogmante ”

NAN ane 2004 la, gen plizyè katastwòf natirèl ki te frape peyi Japon. Pami katastwòf sa yo te gen siklòn, inondasyon ak tranblemanntè. Katastwòf natirèl sa yo te afekte lavi anpil moun seryezman, e gen Temwen Jewova tou ki te viktim (Eklezyas 9:11). Toutfwa, kalamite sa yo bay Temwen yo okazyon pou yo montre afeksyon fratènèl youn pou lòt. — 1 Pyè 1:22.

Pa egzanp, akoz gwo lapli ki t ap tonbe nan mwa jiyè, gen yon rivyè nan sant peyi Japon ki te debòde. Inondasyon te andomaje plis pase 20 kay Temwen Jewova. Nan yon Sal Wayòm, dlo te monte rive anviwon twa pye. San pèdi tan, Temwen Jewova ki nan kongregasyon ki ozalantou yo te vin bay èd yo. Plizyè santèn volontè te netwaye kay ki te chaje ak labou yo. Nan sèlman de semèn, Sal Wayòm nan te netwaye nèt e yo te repare l.

Nan dat 23 oktòb, yon tranblemanntè, ki te mezire 6,8 sou echèl Richtè, te frape menm zòn nan. Te gen omwen 40 moun ki te pèdi lavi yo e te gen plis pase 100 000 lòt ki te oblije deplase kite kay yo. Ni dlo, ni gaz, ni elektrisite, tout bagay sa yo te koupe. Byenke se sèlman nan yon distans 50 kilomèt parapò ak Sal Wayòm yo te fèk repare a tranblemanntè sa a te frape pi fò, Sal Wayòm nan pa t gen anyen. E tousuit, li te vin tounen yon sant sekou pou yon ti tan. San pèdi tan, siveyan yo te tcheke pou yo konnen si tout kwayan parèy yo te sennesòf, e yo te soulaje lè yo aprann pa gen okenn nan yo ki te blese oswa ki te mouri. Nan demen maten byen bonè, te gen sis Temwen ki te viktim nan inondasyon mwa jiyè a ki te byen kontan ofri tèt yo kòm volontè pou yo pote manje ak dlo nan zòn ki te touche a. Nan kèk èdtan, èd yo t ap bay yo te gentan disponib.

Men sa yon siveyan rapòte : “ Frè ki te viktim nan inondasyon an te konsidere travay pote sekou bay lòt frè ki te viktim nan tranblemanntè a tankou yon opòtinite yo te jwenn pou yo eksprime rekonesans yo pou èd yo menm yo te resevwa. Yo te kòmanse travay di depi byen bonè nan maten pou rive byen ta nan aswè. Ou te ka wè sou vizaj yo jan yo te pran plezi nan sa ! ”

Ni inondasyon, ni tranblemanntè pa ka kase chèn lanmou ki ini Temwen Jewova yo e ki fè yo fòme yon fanmi kretyen. Okontrè, lè dezas konsa frape, kretyen yo viv sa apot Pòl te di kwayan parèy li yo ki te nan Tesalonik. Men sa l te di yo : “ Lanmou nou chak ak lanmou nou tout ap ogmante youn pou lòt. ” — 2 Tesalonisyen 1:3.