Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Mache avèk Bondye, epi rekòlte sa ki bon

Mache avèk Bondye, epi rekòlte sa ki bon

Mache avèk Bondye, epi rekòlte sa ki bon

“ Se van y ap simen san rete, se van tanpèt yo pral rekòlte. ” — OCHEYA 8:7.

1. Ki jan nou ka mache avèk Jewova ?

SI n ap vwayaje nan yon zòn danjere, nou t ap santi nou pi an sekirite si yon gid ki gen eksperyans ap montre nou wout la. Li t ap saj pou nou mache ak yon gid konsa olye nou mache poukont nou. Nan yon sèten sans, egzanp sa a sanble ak sitiyasyon nou. Annefè, Jewova pwopoze nou pou l gide nou etan n ap mache nan gwo dezè monn mechan sa a reprezante a. N ap montre nou saj si nou mache avèk Bondye olye nou eseye dirije pa nou poukont nou. Ki jan nou ka mache avèk Bondye ? Se lè nou suiv direksyon li bay nan Pawòl li.

2. De ki sa nou pral pale nan atik sa a ?

2 Atik ki vin anvan an te pale de dram senbolik nou jwenn nan Ocheya chapit 1 rive nan chapit 5 lan. Tankou nou te wè sa, dram sa a gen anpil leson ki kapab ede nou mache avèk Bondye. Kounye a, annou pale de kèk pwen ki nan chapit 6 rive nan chapit 9 la. Sa ap bon si nou kòmanse ak yon rezime sou kat chapit sa yo.

Yon rezime tou kout

3. Rezime enfòmasyon nou jwenn nan Ocheya chapit 6 rive nan chapit 9 la.

3 Jewova te voye Ocheya pwofetize prensipalman pou wayòm dis tribi Izrayèl la, wayòm ki te nan nò a. Nasyon sa a, ki te rele Efrayim tou poutèt se tribi sa a ki te gen plis enfliyans, te vire do bay Bondye. Selon sa chapit 6 rive nan chapit 9 liv Ocheya a montre, pèp la te aji avèk enfidelite lè li te vyole alyans li te fè avèk Jewova e li t ap pratike mechanste (Ocheya 6:7). Yo te pito kwè nan alyans yo te fè avèk nasyon payen yo olye yo retounen vin jwenn Jewova. Etandone se sa ki mal yo t ap simen san rete, se sa ki mal yo t apral rekòlte, sa vle di, yo t apral sibi yon jijman kondanasyon. Men, pwofesi Ocheya a gen yon mesaj rekonfòtan ladan l tou. Pèp la te gen garanti, depi yo montre yo repanti toutbon, y ap kapab retounen vin jwenn Jewova e l ap fè yo mizèrikòd.

4. Ki leson pratik ki nan pwofesi Ocheya a nou pral egzamine ?

4 Nan kat chapit sa yo ki nan pwofesi Ocheya a, nou kapab jwenn lòt enstriksyon toujou k ap ede nou mache avèk Bondye. Annou egzamine kat leson pratik yo gen ladan yo : 1) se pa nan bouch yon moun ap montre li repanti toutbonvre, se nan aksyon, 2) sakrifis sèlman pa fè Bondye plezi, 3) lè adoratè Jewova vire do ba li, sa fè l mal, e 4) pou nou rekòlte sa ki bon, nou dwe simen sa ki bon.

Fason yon moun ka montre li repanti toutbonvre

5. Ki ide esansyèl ki nan Ocheya 6:1-3 ?

5 Pwofesi Ocheya a aprann nou anpil bagay sou repantans ak mizèrikòd. Men sa nou li nan Ocheya 6:1-3 : “ Vini, e ann retounen vin jwenn Jewova, paske li dechire, men, l ap geri nou. Li te kontinye frape, men, l ap panse nou. L ap reban nou lavi apre de jou. Sou twazyèm jou a, l ap fè nou leve, e nou pral viv devan l. E n ap konnen, n ap pousuiv pou nou konnen Jewova. Tankou douvanjou, soti li a tabli fèm. E l ap vini tankou yon gwo lapli sou nou, e tankou yon lapli prentan ki byen mouye tè a. ”

6-8. Ki sa k pa t bon nan repantans Izrayèl la ?

6 Kiyès ki te di pawòl nou jwenn nan vèsè sa yo ? Gen kèk moun ki di se Izrayelit enfidèl yo ki te di pawòl sa yo, e yo di tou, moun dezobeyisan sa yo t ap pran pòz yo repanti, yo t ap pran woulib sou mizèrikòd Bondye. Sepandan, gen lòt moun ki di se pwofèt Ocheya ki t ap pale la a, li t ap sipliye pèp la pou l retounen vin jwenn Jewova. Kèlkeswa moun ki te fè deklarasyon sa a, men kesyon ki enpòtan an : èske tout moun ki t ap viv nan wayòm Izrayèl la, wayòm dis tribi a, te retounen vin jwenn Jewova, èske yo te demontre yo repanti toutbonvre ? Repons lan se non. Men sa Jewova di pa mwayen Ocheya : “ Ki sa m ap fè w, o Efrayim ? Ki sa m ap fè w, o Jida, alòske bonte ki plen lanmou nou tankou nyaj maten, e tankou lawouze ki ale byen bonè ? ” ​(Ocheya 6:4). Pawòl sa yo temwaye nan ki kondisyon espirityèl deplorab pèp Bondye a te twouve l. Bonte ki plen lanmou, sa vle di lanmou fidèl, te prèske fin disparèt, menm jan ak vapè ki leve nan maten ki disparèt byen vit kou solèy leve. Byenke pèp la t ap pran pòz li repanti, Jewova pa t jwenn okenn rezon pou l fè l mizèrikòd. Kote pwoblèm nan te ye ?

7 Izrayèl pa t repanti ak tout kè l vre. Men sa Ocheya 7:14 di konsènan rezon ki fè Jewova te fache kont pèp li a : “ Yo pa t rele m osekou ak kè yo, alòske yo t ap rele byen fò sou kabann yo. ” Vèsè 16 la ajoute : “ Yo te kòmanse tounen, non pa bò kote yon bagay ki wo, ” sa vle di, “ non pa bò kote yon fòm adorasyon ki elve ”. (Nòt anba paj.) Pèp la pa t dispoze retounen nan adorasyon elve Jewova a, pou yo ta fè chanjman ki nesesè pou yo retabli relasyon yo te gen avè l. An reyalite, yo pa t vrèman vle mache avèk Bondye.

8 Te gen yon lòt pwoblèm ankò nan repantans Izrayèl la. Pèp la te kontinye ap pratike peche, pou byen di, yo t ap pratike yon pakèt peche, tankou fwod, asasinay, vòl, idolatri, e, nan mank sajès yo, yo te fòme alyans avèk lòt nasyon. Nan Ocheya 7:4, yo konpare pèp la ak “ yon fou ” ki nan yon boulanje, siman paske yo te gen move dezi ki t ap boule anndan yo. Lè nou konsidere kondisyon espirityèl deplorab pèp la, èske yo te merite pou yo te fè yo mizèrikòd ? Ditou ! Ocheya di pèp rebèl la Jewova ap “ sonje fot yo ”, l ap “ dirije atansyon l sou peche yo fè yo ”. (Ocheya 9:9.) Yo pa t ap benefisye mizèrikòd !

9. Ki sa pawòl Ocheya di yo aprann nou sou repantans ak mizèrikòd ?

9 Ki sa pawòl Ocheya di yo aprann nou sou repantans ak mizèrikòd ? Egzanp Izrayelit enfidèl yo, ki sèvi kòm avètisman, aprann nou pou nou benefisye mizèrikòd Jewova, nou dwe repanti ak tout kè nou. Ki jan repantans sa a manifeste ? Si yon moun se nan bouch sèlman li di li repanti, e menmsi li ta gen dlo nan je, sa pa ka twonpe Jewova. Se aksyon yon moun k ap montre si li repanti toutbonvre. Pou yon moun ki komèt peche ka jwenn mizèrikòd, li dwe abandone peche l fè a konplètman e li dwe viv ann amoni ak prensip wo nivo ki gen nan adorasyon elve Jewova a.

Sakrifis sèlman pa fè Jewova plezi

10, 11. Tankou nou wè sa nan ka Izrayelit yo, poukisa sakrifis sèlman pa fè Jewova plezi ?

10 Kounye a, annou pale de yon dezyèm leson ki kapab ede nou mache avèk Jewova. Men li : sakrifis sèlman pa fè Bondye plezi. Men sa Ocheya 6:6 di : “ [Mwen Jewova], se nan bonte ki plen lanmou mwen pran plezi, se pa nan sakrifis, e se nan konesans sou Bondye mwen pran plezi olye se nan olokos. ” Remake Jewova pran plezi nan bonte ki plen lanmou, sa vle di nan lanmou fidèl, yon kalite ki sot nan kè, e li pran plezi nan konesans sou li menm. Men, ou kapab ap mande : ‘ Poukisa vèsè a di Jewova pa pran plezi ni nan “ sakrifis ”, ni nan “ olokos ” ? Èske bagay sa yo pa t egzijib sou Lalwa Moyiz la ? ’

11 Sakrifis ak ofrann te egzijib sou Lalwa, men, moun ki t ap viv nan menm epòk ak Ocheya yo te gen yon gwo pwoblèm. Aparamman, gen Izrayelit, piske se te yon devwa pou yo te fè ofrann sa yo, yo te konn fè sa pou fè wè yo gen atachman pou Bondye. Men anmenmtan, yo te konn ap pratike peche. Konsa, yo te montre yo pa t gen lanmou fidèl nan kè yo ditou. Yo te montre tou yo rejte konesans Bondye, piske yo pa t ap viv ann amoni ak konesans sa a. Ki valè pou sakrifis pèp la ofri ta genyen, si kondisyon kè yo pa t bon, si fason yo t ap viv la pa t kòrèk ? Sakrifis yo te konn ofri yo te ofanse Jewova Dye.

12. Ki avètisman ki gen nan Ocheya 6:6 pou moun k ap viv jodi a ?

12 Pawòl Ocheya yo gen yon avètisman pou anpil moun k ap mache legliz jodi a. Yo fè ofrann pou Bondye sou fòm aktivite relijye y ap mennen. Men, adorasyon y ap bay Bondye a prèske pa gen okenn enfliyans vre sou konduit yo genyen chak jou, pou n pa di li pa gen enfliyans ditou. Si kè moun sa yo pa motive yo pou yo chèche gen konesans egzak sou Bondye e pou yo aplike konesans sa a lè yo abandone peche y ap pratike yo, èske Bondye ap pran plezi nan yo reyèlman ? Pinga yon moun janm imajine si l annik fè zèv nan domèn relijye, sa sèlman sifi pou fè Jewova plezi. Jewova pa pran okenn plezi nan moun ki pito ba l yon adorasyon pou lafòm pou yo ka jwenn favè l olye yo viv ann amoni ak Pawòl li toutbonvre. — 2 Timote 3:5.

13. Ki kalite sakrifis nou ofri jodi a, e ki sa nou fèt pou nou sonje kanta valè sakrifis sa yo genyen ?

13 Antanke vrè kretyen, nou konnen sakrifis sèlman pa fè Bondye plezi. Se vre nou pa fè sakrifis zannimo pou Jewova. Men, nou “ ofri Bondye yon sakrifis louwanj, sa vle di fwi ki sot nan bouch nou ki fè yon deklarasyon piblik pou non li ”. (Ebre 13:15.) Nou dwe fè atansyon pou nou pa vin tankou Izrayelit ki t ap viv nan epòk Ocheya a ki te konn ap pratike peche, pou nou ta panse nou kapab ofri sakrifis espirityèl sa yo bay Bondye pou kouvri move aksyon n ap fè. Ann pran egzanp yon jèn ki te tonbe nan imoralite seksyèl an kachèt. Men sa manmzèl rekonèt apre sa : “ Mwen te vin preche plis, paske mwen te panse petèt sa t ap kapab yon jan kouvri fot mwen te fè a. ” Sa sanble ak sa Izrayelit rebèl yo te eseye fè a. Sa fè n konprann, pou Jewova aksepte sakrifis louwanj nou fè, fòk nou fè l avèk yon motivasyon ki soti nan kè nou e fòk konduit nou konfòm ak volonte l.

Sa fè Jewova mal lè adoratè l kite l

14. Ki sa pwofesi Ocheya a revele konsènan santiman Bondye genyen ?

14 Twazyèm leson nou aprann nan Ocheya chapit 6 rive nan chapit 9 la gen rapò ak fason Jewova santi l lè adoratè l kite l. Bondye gen fèmte, men anmenmtan li sansib. Li santi l kontan lè yon moun repanti pou peche l fè, e li gen konpasyon pou moun sa a. Men, lè pèp li pa repanti, li aji avèk fèmte. Piske Bondye enterese anpil nan byennèt nou, li rejwi lè n ap mache avè l avèk fidelite. Men sa Sòm 149:4 di : “ Jewova pran plezi nan pèp li a. ” Sepandan, ki jan Bondye santi l lè sèvitè l montre yo enfidèl ?

15. Ann amoni ak Ocheya 6:7, ki jan kèk Izrayelit te konn aji ?

15 Men sa Jewova di konsènan Izrayelit ki te enfidèl yo : “ Yo menm, kòm moun ki soti nan tè a, yo vyole alyans lan. Se la a yo aji an trèt avèk mwen. ” ​(Ocheya 6:7). Mo ebre lè l tradui ki bay “ aji an trèt ” la kapab vle di tou “ aji nan twonpri, (aji) avèk enfidelite ”. Nan Malaki 2:10-16, yo sèvi ak menm mo ebre sa a pou yo dekri konduit enfidèl kèk Izrayelit te genyen anvè konjwen yo. Konsènan fason yo itilize ekspresyon sa a ki nan Ocheya 6:7 la, gen yon ouvraj referans ki di li se “ yon metafò ki gen rapò ak maryaj ki bay relasyon an yon aspè entim. [...] Se yon sitiyasyon entim kote yo pase lanmou anba pye ”.

16, 17. a) Ki jan Izrayèl te aji anrapò ak alyans Bondye te fè avè l la ? b) Ki sa nou dwe sonje konsènan fason nou aji ?

16 Parapò ak alyans Jewova te fè avèk nasyon Izrayèl la, li te konsidere nasyon sa a tankou madanm senbolik li. Sa fè, lè pèp li a te vyole sa ki te di nan alyans sa a, se kòmsi li te komèt adiltè. Bondye te tankou yon mari ki fidèl, men pèp li a te kite l.

17 Ki sa nou ka di pou nou ? Èske n ap mache avèk Bondye oubyen èske nou pap mache avè l ? Bondye enterese anpil nan repons kesyon sa a. Li bon pou nou sonje “ Bondye se lanmou ” e fason nou aji gen efè sou li (1 Jan 4:16). Si n ap aji mal, nou kapab fè Jewova lapenn, e asireman, nou pap fè l plezi. Si nou kenbe sa nan tèt nou, sa kapab frennen nou lè nou devan tantasyon.

Fason nou ka rekòlte sa ki bon

18, 19. Ki prensip nou jwenn nan Ocheya 8:7, e ki jan sa te reyalize nan ka Izrayelit yo ?

18 Annou egzamine yon katriyèm leson nan pwofesi Ocheya a : fason nou ka rekòlte sa ki bon. Men sa Ocheya ekri konsènan Izrayelit yo ki te demontre foli ak vanite nan fason yo t ap viv e ki te demontre yo pa t gen lafwa : “ Se van y ap simen san rete, se van tanpèt yo pral rekòlte. ” ​(Ocheya 8:7). La a nou jwenn yon prensip li ta bon pou nou sonje : gen yon relasyon dirèk ant sa n ap fè kounye a e sa k ap rive nou pi devan. Ki jan prensip sa a te reyalize nan ka Izrayelit enfidèl yo ?

19 Izrayelit sa yo t ap pratike peche, kidonk, yo t ap simen sa ki mal. Èske yo t ap ka kontinye fè sa san yo pa rekòlte move konsekans ? Asireman, yo pa t ap ka chape anba jijman kondanasyon. Men sa Ocheya 8:13 deklare : “ [Jewova] ap sonje fot yo a e l ap fè yo rann kont pou peche yo. ” E nan Ocheya 9:17, nou li pawòl sa yo : “ Bondye mwen an ap rejte yo, paske yo pa koute l, e y ap tounen moun ki nan mawon pami nasyon yo. ” Jewova t ap konsidere yo kòm koupab pou peche yo fè. Piske yo te simen sa ki mal, yo t apral rekòlte sa ki mal. Jijman Bondye te vin sou yo nan ane 740 anvan epòk nou an, lè Asiryen yo te ranvèse wayòm dis tribi Izrayèl la e yo te mennen moun ki t ap viv la yo an kaptivite.

20. Ki sa nou aprann nan eksperyans Izrayelit yo te viv la ?

20 Eksperyans Izrayelit sa yo te viv la aprann nou yon verite fondamantal : sa nou simen, se li nou rekòlte. Men avètisman Pawòl Bondye a ban nou : “ Pa twonpe tèt nou : moun pa ka moke Bondye. Paske kèlkeswa sa yon moun simen, se li l ap rekòlte tou. ” ​(Galat 6:7). Si nou simen sa ki pa bon, n ap rekòlte sa ki pa bon. Pa egzanp, moun k ap mennen yon vi imoral ap rekòlte konsekans ki anmè. Yon moun ki fè sa ki mal e ki pa repanti, sa pap fini byen pou li ditou.

21. Ki jan nou ka rekòlte sa ki bon ?

21 Kidonk, ki jan nou ka rekòlte sa ki bon ? Annou pran yon egzanp senp pou nou reponn kesyon sa a. Si yon kiltivatè vle rekòlte diri, èske se mayi pou l plante ? Natirèlman non ! Li dwe plante sa l vle rekòlte a. Menm jan an tou, si nou vle rekòlte sa ki bon, nou dwe simen sa ki bon. Èske w vle kontinye rekòlte sa ki bon, sa vle di, pou w rekòlte yon vi ki bay satisfaksyon depi kounye a e pou w gen pèspektiv pou w viv etènèlman nan monn nouvo Bondye pwomèt la ? Ebyen, ou dwe kontinye simen sa ki bon, sa vle di, ou dwe kontinye mache avèk Bondye, kontinye viv ann amoni ak prensip li yo ki jis.

22. Ki leson nou sot aprann nan Ocheya chapit 6 rive nan chapit 9 ?

22 Nan chapit 6 rive nan chapit 9 liv Ocheya a, nou aprann kat leson ki kapab ede nou mache avèk Bondye : 1) se aksyon nou k ap montre si nou repanti toutbonvre, 2) sakrifis sèlman pa fè Bondye plezi, 3) lè adoratè Jewova kite l, sa fè l mal, e 4) pou nou rekòlte sa ki bon, nou dwe simen sa ki bon. Ki jan senk dènye chapit nan liv biblik sa a kapab ede nou mache avèk Bondye ?

Ki repons nou ta bay ?

• Ki jan yon moun ka montre li repanti toutbonvre ?

• Poukisa sakrifis sèlman pa fè Papa nou ki nan syèl la plezi ?

• Ki jan Bondye santi l lè sèvitè l kite l ?

• Ki sa nou dwe simen si nou vle rekòlte sa ki bon ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 13]

Menm jan ak nyaj maten, lanmou fidèl te disparèt ann Izrayèl.

[Foto nan paj 13]

Move dezi Izrayèl yo t ap boule anndan l tankou yon fou.

[Foto nan paj 14]

Poukisa Jewova te rejte sakrifis pèp li a ?

[Foto nan paj 15]

Pou nou rekòlte sa ki bon, nou dwe simen sa ki bon.