Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Moun “ tout lang ” tande bon nouvèl la

Moun “ tout lang ” tande bon nouvèl la

Moun “ tout lang ” tande bon nouvèl la

“ Dizòm ki soti nan tout lang nasyon yo pale pral [di] : ‘ Nou vle ale ansanm avèk nou, paske nou tande yo di Bondye ansanm avèk nou. ’ ” — ZEKARYA 8:23.

1. Ki jan Jewova te founi okazyon ak sitiyasyon ideyal pou lansman krisyanis la nan divès lang e nan nivo entènasyonal ?

SE TE jou Pannkòt ane 33 epòk nou an. Okazyon an ak sitiyasyon an pa t ka pi ideyal pase sa. Depi plizyè semèn anvan sa, Juif ak pwozelit ki te vini pou selebre Pak la te ranpli Jerizalèm. Yo te soti nan omwen 15 rejyon nan anpi women an, yon anpi ki te vas anpil, ak nan lòt zòn ankò. Jou sa a, plizyè milye moun te tande moun òdinè ki te ranpli ak lespri sen k ap pwoklame bon nouvèl la nan yon pakèt lang yo pale nan anpi a, men yo pa t nan konfizyon menm jan ak moun nan tan lontan yo nan Babèl, yo menm yo te konprann sa yo te tande yo (Travay 2:1-12). Se nan okazyon sa a kongregasyon kretyen an te pran nesans, e yon travay edikasyon entènasyonal nan plizyè lang te tou kòmanse, e l ap kontinye jis jodi a.

2. Nan Pannkòt ane 33 epòk nou an, ki jan disip Jezi yo te “ etone ” tout kalite moun ki te nan oditwa ki t ap koute yo a ?

2 Sanble disip Jezi yo te konn pale grèk komen an, lang ki te popilè nan epòk la, men yo te konn pale ebre tou, lang yo te itilize nan tanp lan. Sepandan, nan jou Pannkòt la, lefètke disip yo t ap pale nan lang manman tout kalite moun ki te nan oditwa a, sa “ te etone ” moun sa yo. Ki rezilta sa te bay ? Piske moun ki t ap koute yo te tande verite enpòtan sa yo nan lang manman yo, sa te touche kè yo. Nan fen jounen an, ti gwoup disip yo te ogmante e li te vin yon gwo òganizasyon ki gen plis pase 3 000 moun ! — Travay 2:37-42.

3, 4. Ki jan travay predikasyon an te etann li pandan disip yo t ap deplase sot Jerizalèm, Jide ak Galile ?

3 Tousuit apre gwo evènman sa a, gen yon vag pèsekisyon ki te deklannche nan Jerizalèm, e “ moun ki te dispèse yo t ap anonse bon nouvèl pawòl la toutpandan yo t ap travèse peyi a ”. (Travay 8:1-4.) Pa egzanp, Travay chapit 8 pale de Filip, yon evanjelizatè ki sanble te pale grèk. Filip te preche Samariten yo. Epitou, li te preche yon fonksyonè Leta peyi Etyopi ki te aksepte mesaj konsènan Kris la. — Travay 6:1-5 ; 8:5-13, 26-40 ; 21:8, 9.

4 Pandan kretyen yo t ap deplase kite Jerizalèm, Jide ak Galile pou y al chèche kote pou yo viv, yo rankontre lòt pwoblèm etnik ak lòt pwoblèm lang. Sanble kèk nan yo te preche Juif sèlman. Men, disip Lik rapòte : “ Te gen kèk mesye pami yo ki moun Chip ak moun Sirèn ki te vin Antyòch e ki t ap pale ak moun ki pale grèk yo, yo t ap anonse yo bon nouvèl Seyè Jezi a. ” — Travay 11:19-21.

Yon Bondye ki pa gen patipri bay yon mesaj pou tout moun

5. Anrapò ak bon nouvèl la, ki jan nou fè wè Jewova pa nan patipri ?

5 Akwasman sa a ann amoni ak fason Bondye aji. Paspouki se pa yon bagay li gen nan li menm ditou. Apre apot Pyè te fin resevwa èd nan men Jewova pou l korije fason li te konsidere moun lòt nasyon, men sa li fè remake avèk rekonesans : “ Vrèman, mwen rann mwen kont Bondye pa gen patipri, men, nan tout nasyon, yon moun ki gen krentif pou li e ki pratike sa ki jis, li aksepte l. ” ​(Travay 10:34, 35 ; Sòm 145:9). Lè apot Pòl, yon ansyen pèsekitè kretyen yo, te deklare Bondye “ vle pou tout kalite moun sove ”, li te konfime Bondye pa nan patipri (1 Timote 2:4). Lefètke Kreyatè a bay moun tout sèks, tout ras, tout nasyonalite ak tout lang posiblite pou yo gen esperans Wayòm nan, sa montre li pa nan patipri.

6, 7. Ki pwofesi biblik ki te anonse bon nouvèl la pral gaye toupatou nan divès lang ?

6 Plizyè syèk alavans, yo te predi akwasman entènasyonal sa a. Selon pwofesi Dànyèl la, “ yo te [bay Jezi] pouvwa, diyite ak wayòm, dekwa pou pèp yo, kominote nasyonal yo ak lang yo, yo tout sèvi l ”. (Dànyèl 7:14.) Lefètke yo pibliye peryodik sa a nan 151 lang e yo distribye l nan lemonnantye, sa ki pèmèt ou li mesaj konsènan Wayòm Jewova a, sa montre akonplisman pwofesi biblik sa a.

7 Labib te anonse yon epòk kote moun tout kalite lang t ap tande mesaj li gen ladan l lan, mesaj ki bay lavi a. Men sa Zekarya te pwofetize etan li t ap dekri fason vrè adorasyon an t apral atire anpil moun : “ Se pral nan jou sa yo, dizòm ki soti nan tout lang nasyon yo pale pral kenbe, wi, se toutbonvre yo pral kenbe ke wòb yon òm, yon Juif [yon kretyen ki wenn ak lespri, ki fè pati “ Izrayèl Bondye a ”], e y ap di : ‘ Nou vle ale ansanm avèk nou, paske nou tande yo di Bondye ansanm avèk nou. ’ ” ​(Zekarya 8:23 ; Galat 6:16). Apot Jan rakonte sa li te wè nan yon vizyon, men sa li di : “ Gade ! Yon gwo foul pèsonn pa t ka konte ki soti nan tout nasyon, nan tout tribi, nan tout pèp e nan tout lang, yo kanpe devan twòn nan e devan Timouton an. ” ​(Revelasyon 7:9). Nou wè pwofesi sa yo k ap reyalize !

Annou chèche atenn tout kalite moun

8. Ki reyalite ki gen nan epòk modèn nan ki mande pou gen ajisteman ki fèt nan travay predikasyon nou an ?

8 Jodi a, gen pi plis moun de jou an jou k ap vwayaje kite peyi yo. Mondyalizasyon an ouvri lòt posiblite pou moun yo deplase. Yon bann moun ki soti nan zòn ki gen lagè ak kote ki gen pwoblèm ekonomik deplase pou y al kote ki pi stab, y ap chèche mennen yon vi ki gen sekirite materyèl. Nan anpil peyi, gen yon bann imigran ak refijye ki vin fòme kominote lang etranje. Pa egzanp, nan Finlann, yo pale plis pase 120 lang. Ann Ostrali, kantite a depase 200. Nan yon sèl vil Ozetazini, nan Sanndyego, ou ka tande plis pase 100 lang.

9. Ki jan nou dwe konsidere prezans moun ki pale lòt lang nan tèritwa pa nou ?

9 Antanke minis kretyen, èske nou konsidere prezans moun sa yo ki pale lòt lang kòm yon blokaj pou ministè nou ? Non, ditou ! Okontrè, nou konsidere se tèritwa nou gen pou nou preche a ki vin elaji, e nou byen kontan ‘ jaden yo blan pou rekòt la ’. (Jan 4:35.) Nou fè efò pou nou pran swen moun ki konsyan yo pòv espirityèlman, kèlkeswa nasyonalite yo, kèlkeswa lang yo (Matye 5:3). Kòm rezilta, chak ane gen yon kantite moun “ tout lang ” ki pa sispann ogmante ki vin disip Kris (Revelasyon 14:6). Pa egzanp, ann out 2004, travay predikasyon an te fèt ann Almay nan anviwon 40 lang. Nan menm peryòd la, yo te preche bon nouvèl la ann Ostrali nan anviwon 30 lang, alòske dizan sèlman anvan sa, se nan 18 lang yo te konn preche l. An Grès, Temwen Jewova yo preche moun yo nan anviwon 20 lang. Nan lemonnantye, gen anviwon 80 pousan Temwen Jewova, se pa anglè ki lang pa yo, lang yo plis itilize sou plan entènasyonal la.

10. Ki wòl chak pwoklamatè jwe nan kesyon fè disip pami moun “ tout nasyon ” an ?

10 Vrèmanvre, kòmandman Jezi te bay pou yo “ fè disip pami moun tout nasyon ” an ap akonpli (Matye 28:19) ! Angouman Temwen Jewova yo genyen pou yo akonpli misyon sa a fè yo aktif nan 235 peyi, e yo distribye piblikasyon nan plis pase 400 lang. Byenke òganizasyon Jewova a founi materyèl ki nesesè pou rive atenn moun yo, se chak pwoklamatè Wayòm nan ki dwe pran inisyativ pou l transmèt mesaj ki soti nan Bib la bay “ tout kalite moun ”, nan lang yo ka konprann pi byen an (Jan 1:7). Tèt ansanm sa a pèmèt plizyè milyon moun nan divès lang tire pwofi nan bon nouvèl la (Women 10:14, 15). Wi, nou chak jwe yon wòl enpòtan !

Annou leve defi a

11, 12. a) Ki defi nou dwe leve e ki jan lespri sen ede nou ? b) Poukisa souvan sa pwofitab pou nou preche moun yo nan lang manman yo ?

11 Jodi a, anpil pwoklamatè Wayòm nan ta renmen aprann yon lòt lang, men yo pa ka atann y ap resevwa don lespri Bondye pa mwayen mirak (1 Korentyen 13:8). Aprann yon nouvo lang se yon gwo pwojè. Menm moun ki deja konn pale yon dezyèm lang dwe ajiste panse yo ak metòd yo itilize pou yo ka rann mesaj ki nan Bib la atiran pou moun ki pale lang sa a, men ki gen fòmasyon ak kilti ki diferan. Anplis de sa, imigran ki fèk vini yo, byen souvan, yo timid. Sa mande anpil efò pou nou konprann fason yo panse.

12 Toutfwa, lespri sen toujou ap aji nan mitan sèvitè Jewova yo nan efò y ap fè pou yo ede moun ki pale lòt lang (Lik 11:13). Olye pou lespri ban nou kapasite pou nou pale lòt lang pa mwayen mirak, li ka ogmante dezi nou genyen pou nou kominike ak moun ki pa pale menm lang avèk nou (Sòm 143:10). Lè nou preche moun yo mesaj ki nan Bib la oswa nou anseye yo l nan yon lang yo pa abitye, sa ka touche lespri yo. Sepandan, pou nou touche kè moun k ap koute nou yo, souvan li pi bon pou nou sèvi ak lang manman yo, lang k ap touche dezi, mobil ak esperans yo genyen ki pi pwofon. — Lik 24:32.

13, 14. a) Ki sa ki motive kèk moun pou yo akonpli ministè yo nan yon lòt lang ? b) Ki jan lespri sakrifis parèt vizib ?

13 Plizyè pwoklamatè Wayòm nan al akonpli ministè yo nan tèritwa lang etranje lè yo wè moun k ap viv nan zòn sa yo byen reyaji devan verite ki nan Bib la. Gen lòt ki santi yo reprann fòs lè yo wè yo gen plis travay ak plis satisfaksyon nan sèvis yo. Gen yon filyal Temwen Jewova nan sid Ewòp ki deklare : “ Plizyè moun ki sot ann Ewòp de Lès swaf laverite. ” Se pa ti satisfaksyon nou jwenn lè nou ede moun sa yo ki enterese ! — Izayi 55:1, 2.

14 Sepandan, pou patisipasyon nou nan travay sa a pote bon rezilta, nou bezwen gen detèminasyon ak espri sakrifis (Sòm 110:3). Pa egzanp, gen yon kantite fanmi japonè ki Temwen ki kite kay konfòtab yo genyen nan gran vil pou y al andeyò pou yo ede gwoup imigran chinwa konprann Labib. Sou kot lwès Etazini, gen pwoklamatè ki fè regilyèman ant inè a dezèdtan nan machin pou y al fè etid biblik ak moun ki sot Filipin. Nan Nòvèj, gen yon koup Temwen Jewova k ap etidye ak yon fanmi ki sot Afganistan. Koup sa a sèvi ak bwochi Ki sa Bondye vle nou fè * ? a ann anglè e an nòvejyen. Fanmi an li paragraf yo nan lang pès, yon lang ki sanble ak dari, lang manman yo. Yo fè konvèsasyon an ann anglè e an nòvejyen. Moun ki montre espri sakrifis e ki montre yo fleksib konsa, yo jwenn anpil byenfè lè etranje yo byen reyaji devan bon nouvèl la *.

15. Ki jan nou tout ka patisipe nan efò k ap fèt pou yo preche nan plizyè lang ?

15 Èske w ka patisipe nan aktivite sa a k ap fèt nan plizyè lang ? Nou ankouraje w pou w chèche konnen ki lang etranje moun yo plis pale nan tèritwa pa w la. Epi, ou ka mache ak kèk feyè oubyen ak kèk bwochi nan lang sa yo. Bwochi Une bonne nouvelle pour des gens de toutes nations ki te parèt an 2004 la deja ede nan simaye esperans Wayòm nan, grasa mesaj senp, mesaj pozitif ki ladan l ki parèt nan plizyè lang. — Gade atik “ Une bonne nouvelle pour des gens de toutes nations ”, nan la Tour de Garde (fransè) 1ye desanm 2005, paj 32.

“ Renmen rezidan etranje a ”

16. Ki jan frè responsab yo ka manifeste enterè pèsonèl nan ede moun ki pale lang etranje ?

16 Kit nou aprann yon lòt lang, kit nou pa aprann yon lòt lang, nou tout ka patisipe nan fòmasyon espirityèl etranje ki nan zòn kote nou rete yo. Jewova te enstwi pèp li a pou l “ renmen rezidan etranje a ”. (Detewonòm 10:18, 19.) Pa egzanp, nan yon gwo vil ann Amerik di Nò, gen senk kongregasyon ki reyini nan menm Sal Wayòm. Menm jan ak nan anpil sal, gen woulman ki fèt chak ane nan orè reyinyon yo, sa ki ta lakòz reyinyon ki fèt an chinwa yo tonbe pi ta nan dimanch. Sepandan, sa t ap lakòz tou anpil imigran k ap travay nan restoran pa ka asiste. Avèk bonte, ansyen nan lòt kongregasyon yo fè aranjman pou reyinyon an chinwa yo ka fèt pi bonè nan dimanch.

17. Ki jan nou dwe santi nou lè kèk moun deside deplase pou y al ede gwoup ki pale lòt lang ?

17 Siveyan ki gen lanmou yo felisite frè ak sè kalifye ki abil e ki vle deplase al ede gwoup ki pale lòt lang. Anseyan biblik eksperimante sa yo ka kite yon vid nan kongregasyon yo, men siveyan yo santi yo menm jan ak ansyen ki te nan vil Lis ak Ikonyòm yo. Ansyen sa yo pa t anpeche Timote vwayaje ak Pòl, menm lè Timote te itil anpil nan kongregasyon pa yo (Travay 16:1-4). Yon lòt bò, moun ki pran latèt nan travay predikasyon an pa kite mantalite ak koutim etranje yo oswa fason yo aji dekouraje yo. Okontrè, yo aksepte diferans ki genyen ant yo menm ak etranje yo e yo chèche mwayen pou yo kiltive bon relasyon ak yo akoz bon nouvèl la. — 1 Korentyen 9:22, 23.

18. Ki gwo pòt ki mennen nan aktivite ki ouvri pou nou tout ?

18 Jan sa te pwofetize, y ap preche bon nouvèl la nan “ tout lang nasyon yo pale ”. Gen bèl posiblite akwasman ki toujou egziste nan tèritwa lang etranje yo. Gen plizyè milye pwoklamatè ki debouya ki antre nan ‘ gwo pòt sa a ki mennen nan aktivite ’. (1 Korentyen 16:9.) Sepandan, jan atik ki vin apre a pral montre sa, nou bezwen plis pwoklamatè toujou pou nou travay tèritwa sa yo.

[Nòt anba paj]

^ § 14 Se Temwen Jewova ki pibliye l.

^ § 14 Si w ta renmen jwenn plis egzanp, gade atik “ De petits sacrifices, de grandes bénédictions ”, nan la Tour de Garde (fransè) 1ye avril 2004, paj 24-8.

Èske w ka esplike ?

• Ki jan nou ka imite Jewova pou nou montre nou pa gen patipri anvè pèsonn ?

• Ki jan nou dwe konsidere moun nan tèritwa nou ki pa pale menm lang avèk nou ?

• Poukisa li pwofitab pou nou preche moun yo nan lang manman yo ?

• Ki jan nou ka montre nou gen sousi pou etranje ki pami nou yo ?

[Kesyon]

[Kat jeyografik/Foto nan paj 23]

(Gade piblikasyon an)

Wòm

KRÈT

AZI

FRIJI

PANFILI

PON

KAPADÒS

MEZOPOTAMI

MEDI

PATI

ELAM

ARABI

LIBI

EJIP

JIDE

Jerizalèm

[Dlo]

Lanmè Meditèrane

Lanmè Nwa

Lanmè Wouj

Gòlf Pèsik

[Foto]

Nan Pannkòt ane 33 epòk nou an, moun ki te soti nan 15 rejyon nan anpi women an ak nan lòt zòn ankò te tande bon nouvèl la nan lang manman yo.

[Foto nan paj 24]

Anpil etranje byen reyaji devan verite ki nan Bib la.

[Foto nan paj 25]

Ansèy yon Sal Wayòm ki ekri nan senk lang.