Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pwofesi Ocheya a ede nou mache avèk Bondye

Pwofesi Ocheya a ede nou mache avèk Bondye

Pwofesi Ocheya a ede nou mache avèk Bondye

“ Dèyè Jewova yo pral mache. ” — OCHEYA 11:10.

1. Ki dram senbolik nou jwenn nan liv Ocheya a ?

ÈSKE w renmen wè pyès teyat oubyen dram ki gen bon aktè e ki gen istwa pasyonan k ap devlope ladan yo ? Liv Ocheya a ki nan Bib la gen yon dram senbolik ladan l *. Dram sa a dekri sa k te pase nan fanmi Ocheya, yon pwofèt Bondye, e li gen rapò ak maryaj senbolik Jewova te fè avèk Izrayèl tan lontan an pa mwayen alyans Lalwa Moyiz la.

2. Ki sa nou konnen sou Ocheya ?

2 Nan Ocheya chapit 1, yo di nou nan ki kontèks dram sa a te dewoule. Aparamman, Ocheya t ap viv nan tèritwa wayòm dis tribi Izrayèl yo (yo rele la Efrayim tou, paske se tribi Efrayim nan ki te gen plis enfliyans). Ocheya te pwofetize pandan rèy sèt dènye dirijan Izrayèl yo e pandan rèy Ouziya, Yotam, Ahaz ak Izkiya, yo menm yo te wa nan peyi Jida (Ocheya 1:1). Donk, Ocheya te pwofetize pandan omwen 59 an. Byenke liv ki pote non l lan te fin ekri pa twò lontan apre ane 745 anvan epòk nou an, li gen anpil enpòtans jis jodi a, kote gen plizyè milyon moun k ap viv ann amoni ak sa ki te predi nan pawòl sa yo ki di : “ Dèyè Jewova yo pral mache. ” — Ocheya 11:10.

Yon ide jeneral sou liv Ocheya a

3, 4. Fè yon rezime sou sa ki di nan Ocheya chapit 1 rive nan chapit 5.

3 Yon koudèy nan Ocheya chapit 1 rive nan chapit 5 ap fè nou vin pi detèmine pou nou mache avèk Bondye, lè nou demontre nou gen lafwa e lè nou viv yon fason ki ann amoni ak volonte li. Byenke moun ki t ap viv nan wayòm Izrayèl la te tonbe nan adiltè nan domèn espirityèl, depi yo te repanti, Bondye t ap fè yo mizèrikòd. Sa parèt nan fason Ocheya te aji ak madanm li Gomè. Sanble, lè Gomè te fin fè yon pitit pou Ocheya, li te vin gen de lòt timoun ki pa t pou Ocheya. Toutfwa, Ocheya te aksepte tounen avè l, menm jan Jewova te dispoze fè Izrayelit ki te repanti yo mizèrikòd. — Ocheya 1:1–3:5.

4 Jewova te gen pou l rele Izrayèl nan jijman paske pa t gen verite, pa t gen bonte ki plen lanmou e pa t gen konesans Bondye nan peyi a. Ni Izrayèl, ki te tonbe nan idolatri, ni wayòm Jida a, ki te tonbe nan rebelyon, Jewova t apral mande yo toule de kont. Sepandan, lè pèp Bondye a t ap “ nan move pas ”, yo t ap chèche Jewova. — Ocheya 4:1–5:15.

Dram nan ap dewoule

5, 6. a) Jis nan ki pwen fònikasyon te gaye nan wayòm dis tribi Izrayèl la ? b) Poukisa avètisman yo te bay Izrayèl tan lontan an gen enpòtans pou nou ?

5 Men kòmandman Bondye bay Ocheya : “ Ale, pran pou ou yon madanm fònikasyon ak timoun fònikasyon, paske nan fè fònikasyon, peyi a vire do nèt bay Jewova. ” ​(Ocheya 1:2). Jis nan ki pwen fònikasyon te gaye ann Izrayèl ? Men sa nou li : “ Lespri fònikasyon fè [moun ki nan wayòm dis tribi a] pèdi wout yo, e akoz fònikasyon, yo soti anba Bondye yo a. [...] Pitit fi nou yo komèt fònikasyon e bèlfi nou yo komèt adiltè. [...] Yo menm gason yo, se avèk pwostitye yo izole tèt yo, se avèk pwostitye fi ki nan tanp lan yo fè sakrifis. ” — Ocheya 4:12-14.

6 Fònikasyon te gaye toupatou ann Izrayèl, ni nan domèn fizik, ni nan domèn espirityèl. Se poutèt sa, Jewova te gen pou l mande Izrayelit yo “ kont ”. (Ocheya 1:4 ; 4:9.) Avètisman sa a gen enpòtans pou nou jodi a, paske moun k ap pratike imoralite oswa ki tonbe nan adorasyon ki pa pwòp, Jewova pral mande yo kont. Men, moun k ap mache avèk Bondye respekte prensip li bay anrapò ak adorasyon ki pwòp la e yo byen konnen okenn “ fònikatè [...] pap gen eritaj nan wayòm ki pou Kris ak Bondye a ”. — Efezyen 5:5 ; Jak 1:27.

7. Ki sa maryaj Ocheya avèk Gomè a te reprezante ?

7 Lè Ocheya te marye ak Gomè, sanble manmzèl te vyèj, e nan moman li te “ fè yon pitit gason ” pou Ocheya a, li te yon madanm fidèl (Ocheya 1:3). Tankou sa parèt nan dram senbolik la, yon tikras tan apre Bondye fin libere Izrayelit yo anba esklavaj ann Ejip nan ane 1513 anvan epòk nou an, li te fè yon alyans menm jan an avèk yo, yon alyans ki te tankou yon kontra pou yon maryaj onorab. Piske Izrayèl te dakò avèk alyans lan, li te pwomèt pou l ret fidèl devan ‘ mari l, pwopriyetè l ’, anpalan de Jewova (Izayi 54:5). Wi, maryaj onorab Ocheya avèk Gomè a te reprezante maryaj senbolik Bondye te fè avèk Izrayèl la. Men, se pa ti chanje bagay yo te vin chanje !

8. Ki jan wayòm dis tribi Izrayèl la te fè vin egziste, e ki sa ou ka di sou adorasyon yo te konn pratike la ?

8 Madanm Ocheya “ te vin tonbe ansent yon lòt fwa, li te fè yon pitit fi ”. Siman se nan adiltè Gomè te fè ni pitit fi sa a, ni yon lòt pitit li te vin fè annapre (Ocheya 1:6, 8). Etandone Gomè reprezante Izrayèl, ou kapab ap mande nan ki sans Izrayèl te lage kò l nan pwostitisyon. Nan ane 997 anvan epòk nou an, gen dis nan tribi Izrayèl yo ki te separe ak lòt tribi ki nan sid yo, anpalan de tribi Jida ak tribi Benjamen. Yo te vin mete adorasyon ti bèf la sou pye nan dis tribi ki nan nò yo, wayòm Izrayèl la. Konsa, pèp la pa t ap bezwen al Jida pou y al adore Jewova nan tanp li a nan Jerizalèm. Adorasyon Baal, yon fo dye, ansanm ak banbòch seksyèl ki te gen ladan l, te vin anrasinen byen fon ann Izrayèl.

9. Jan Ocheya 1:6 te predi sa, ki sa k te rive Izrayèl ?

9 Lè Gomè te fè dezyèm pitit li a, yon timoun sanble ki pa t lejitim, men sa Bondye te di Ocheya : “ Rele l Lowouwama [ki vle di “ yo pa t fè l mizèrikòd ”], paske mwen pap fè mezon Izrayèl la mizèrikòd ankò, paske vrèman mwen pral retire yo. ” ​(Ocheya 1:6). Jewova te “ retire yo ” lè Asiryen yo te mennen Izrayelit yo nan kaptivite an 740 anvan epòk nou an. Men, wayòm Jida a, de tribi yo, Bondye te fè l mizèrikòd, li te sove l, men se pa t avèk ni lans, ni epe, ni lagè, ni cheval, ni kavalye (Ocheya 1:7). Diran yon sèl nuit nan ane 732 anvan epòk nou an, yon sèl zanj touye 185 000 sòlda asiryen ki te reprezante yon menas pou vil Jerizalèm, kapital Jida. — 2 Wa 19:35.

Jewova rele Izrayèl nan jijman

10. Ak ki sa adiltè Gomè te fè a koresponn ?

10 Gomè te kite Ocheya pou l t al viv nan adiltè avèk yon lòt gason, li te vin tounen “ yon madanm fònikasyon ”. Sa te koresponn ak alyans politik wayòm Izrayèl la t al fè avèk yon seri nasyon ki t ap pratike idolatri, e li te vin met espwa l nan nasyon sa yo. Olye Izrayèl te rekonèt se Jewova ki te fè l gen pwosperite nan domèn materyèl, li te pito di se dye nasyon sa yo ki te fè l genyen l. Li te vin tonbe nan fo adorasyon, e konsa, li te vyole alyans maryaj li te fè avèk Bondye a. Se pa etonan si Jewova te rele nasyon sa a ki te tonbe nan adiltè espirityèl la nan jijman ! — Ocheya 1:2 ; 2:2, 12, 13.

11. Ki sa k te pase alyans Lalwa a lè Jewova te kite Izrayèl ak Jida al ann egzil ?

11 Ki santans Izrayèl te sibi poutèt li te kite Pwopriyetè li te genyen pa mwayen maryaj la ? Bondye te fè l “ ale nan dezè a ”, nan Babilòn, nasyon ki te venk Asiri a, peyi kote Izrayelit yo te ale ann egzil nan ane 740 anvan epòk nou an (Ocheya 2:14). Lè Jewova te mete fen nan wayòm dis tribi a, li pa t anile alyans maryaj li te fè okòmansman avèk 12 tribi ki te konpoze nasyon Izrayèl la. E menm lè Bondye te kite Babilonyen yo detwi Jerizalèm an 607 anvan epòk nou an, e li te kite pèp Jida a ale nan kaptivite, li pa t aboli alyans Lalwa Moyiz la, alyans ki te fè 12 tribi Izrayèl yo antre nan yon maryaj senbolik avè l. Relasyon sa a te vin kraze jis lè Juif ki t ap dirije yo te rejte Jezi Kris, yo te touye l nan ane 33 epòk nou an. — Kolosyen 2:14.

Jewova avèti Izrayèl

12, 13. An rezime, ki sa Ocheya 2:6-8 di, e ki jan pawòl sa yo te aplike sou Izrayèl ?

12 Bondye mande Izrayèl pou l “ wete fònikasyon l lan ”, men li te chwazi ale dèyè moun ki renmen l avèk pasyon yo (Ocheya 2:2, 5). Men sa Jewova di l : “ Poutèt sa, men m ap bare wout ou ak pikan. E m pral monte yon mi an wòch kont li, konsa li pap jwenn wout pa li yo. E vrèman li pral kouri dèyè moun ki renmen l avèk pasyon yo, men li pap rive jwenn yo, wi, li pral chèche yo, men li pap jwenn yo. Li va di : ‘ Mwen vle tounen al jwenn mari m, premye a, paske mwen te pi byen lè sa a pase kounye a. ’ Men li pa t rekonèt si se mwen ki te ba l manje angren ak diven dous ansanm ak luil, ni si se mwen ki te fè ajan li genyen vin anpil, ni lò li genyen, bagay yo itilize pou Baal [oswa, bagay “ yo fè imaj Baal avè l ”, nòt anba paj]. ” — Ocheya 2:6-8.

13 Byenke Izrayèl te chèche èd nan men nasyon ‘ ki te renmen l avèk pasyon yo ’, pa gen youn ladan yo ki te ka ede l. Se kòmsi Izrayèl te ansèkle ak yon touf bwa pèsonn pa ka travèse, e sa te vin fè nasyon sa yo pa t ka ede l ditou. Apre Asiryen yo te fin asyeje Samari, kapital wayòm dis tribi a, pandan twazan, Samari te tonbe an 740 anvan epòk nou an e li pa t janm retabli ankò. Se sèlman kèk Izrayelit pami sa ki te kaptif yo ki t apral reyalize nan ki pwen bagay yo te bon lè zansèt yo t ap sèvi Jewova. Rès Izrayelit sa yo t apral rejte adorasyon Baal e yo t apral chèche retabli relasyon alyans yo te genyen avèk Jewova a.

Lòt pwen enpòtan nan dram nan

14. Kòman Ocheya te fè vin gen relasyon mari ak madanm ankò avèk Gomè ?

14 Pou w pi byen konprann rapò ki genyen ant lavi fanmi Ocheya ak relasyon Izrayèl te gen avèk Jewova, annou konsidere pawòl sa yo ki di : “ Apre sa Jewova di m : ‘ Ale yon lòt fwa ankò, renmen yon dam yon konpayon renmen e k ap fè adiltè. ’ ” ​(Ocheya 3:1). Ocheya obeyi lòd sa a, li al reyachte Gomè nan men gason li t ap viv avè l la. Apre sa, Ocheya te òdone madanm li avèk fèmte, li di l : “ Pandan anpil jou, w ap rete la kòm pa mwen. Ou pa dwe fè fònikasyon, e ou pa dwe pou yon lòt gason. ” ​(Ocheya 3:2, 3). Gomè aksepte disiplin nan, e Ocheya retounen gen relasyon mari ak madanm avè l. Ki aplikasyon sa te genyen anrapò ak fason Bondye te aji avèk pèp Izrayèl la ak pèp Jida a ?

15, 16. a) A ki kondisyon pou nasyon Bondye disipline a ta jwenn mizèrikòd nan men l ? b) Ki jan Ocheya 2:18 jwenn akonplisman l ?

15 Pandan egzile Izrayèl ak Jida yo te nan kaptivite nan Babilòn, Bondye te sèvi ak pwofèt li yo pou l “ pale ak kè ” yo. Pou pèp la te ka jwenn mizèrikòd nan men Jewova, fòk li ta montre li repanti e pou l ta retounen al jwenn Pwopriyetè li te genyen pa mwayen maryaj la, menm jan Gomè te retounen al jwenn mari pa l. Yonfwa nasyon sa a, ki tankou yon madanm pou Jewova, fin aksepte disiplin, lè sa a Jewova t ap ka retire l nan “ dezè ” Babilòn nan pou l mennen l tounen nan Jida ak nan Jerizalèm (Ocheya 2:14, 15). Li te akonpli pwomès sa a nan ane 537 anvan epòk nou an.

16 Men yon lòt pwomès ankò Bondye te akonpli : “ E asireman, m pral fè yon alyans pou yo nan jou sa a anrapò ak bèt sovaj nan bwa, kreyati k ap vole nan syèl la ak bèt k ap ranpe sou tè a. M pral elimine banza, epe ak lagè nan peyi a e mwen pral fè yo kouche an sekirite. ” ​(Ocheya 2:18). Rès Juif ki te retounen nan peyi yo te viv an sekirite, yo pa t gen okenn bèt pou yo pè. Pwofesi sa a te gen yon lòt akonplisman nan ane 1919 epòk nou an, lè rès Izrayèl espirityèl la te libere anba “ Gran Babilòn nan ”, anpi mondyal fo relijyon an. Kounye a, yo abite an sekirite e y ap viv nan yon paradi espirityèl ansanm ak konpayon yo ki gen esperans pou yo viv etènèlman sou tè a. Tanperaman ki fè moun aji tankou bèt, sa pa egziste lakay vrè kretyen yo. — Revelasyon 14:8 ; Izayi 11:6-9 ; Galat 6:16.

Leson pou nou sonje

17-19. a) Ki kalite Bondye gen lakay li senk premye chapit liv Ocheya a ankouraje nou pou nou imite ? b) Ki efè mizèrikòd ak konpasyon Jewova ta dwe gen sou nou ?

17 Bondye gen mizèrikòd e li gen konpasyon, e se konsa nou dwe ye. Sa a se youn nan leson nou jwenn nan senk premye chapit liv Ocheya a (Ocheya 1:6, 7 ; 2:23). Volonte Bondye genyen pou l demontre mizèrikòd pou Izrayelit ki te repanti yo ann amoni ak pwovèb enspire sa a ki di : “ Moun ki kouvri transgresyon l pap reyisi, men moun ki konfese yo e ki kite yo, se moun sa a y ap fè mizèrikòd. ” ​(Pwovèb 28:13). Moun ki te aji mal e ki repanti kapab jwenn rekonfò nan pawòl yon salmis te di. Men sa l te di : “ Sakrifis ki pou Bondye se yon espri brize. Yon kè ki brize, ki kraze, o Bondye ou pap meprize l. ” — Sòm 51:17.

18 Pwofesi Ocheya a mete aksan sou konpasyon ak mizèrikòd Bondye n ap adore a genyen. Menmsi gen kèk moun ki devye kite chemen li yo ki dwat, yo kapab repanti e yo kapab kase tèt tounen. Depi yo fè sa, Jewova ap akeyi yo. Li te montre mizèrikòd pou moun ki te repanti nan nasyon Izrayèl la, yon nasyon li te fè yon maryaj senbolik avè l. Byenke yo te dezobeyi Jewova e ‘ yo te konn atriste Sen Izrayèl la, li te montre mizèrikòd e li te toujou sonje se chè yo te ye ’. (Sòm 78:38-41.) Yon mizèrikòd konsa dwe pouse nou pou nou kontinye mache avèk Bondye nou an ki gen konpasyon, anpalan de Jewova.

19 Byenke yon seri peche tankou asasinay, vòl ak adiltè te gaye ann Izrayèl, Jewova te ‘ pale avèk kè moun yo ’. (Ocheya 2:14 ; 4:2.) Lè nou reflechi sou mizèrikòd Jewova, sou konpasyon li, sa ta dwe touche kè nou e atachman nou gen pou li ta dwe vin pi fò. Kidonk, annou mande tèt nou : ‘ Nan relasyon mwen genyen avèk lòt moun, ki jan mwen ka imite mizèrikòd ak konpasyon Jewova pi byen ? Si yon kretyen parèy mwen ki te fè m yon bagay vin mande m eskiz, èske, menm jan ak Bondye, mwen dispoze padone l ? ’ — Sòm 86:5.

20. Bay yon egzanp ki montre nou dwe gen konfyans nan esperans Bondye ban nou an.

20 Bondye bay yon esperans ki sèten. Pa egzanp, men pwomès li fè : “ M pral ba li [...] vale Akò a kòm yon antre pou lespwa. ” ​(Ocheya 2:15). Òganizasyon Jewova te genyen nan tan lontan an, ki te tankou yon madanm pou li, te gen yon esperans sèten l ap retabli nan peyi li, kote “ vale Akò ” te ye a. Akonplisman pwomès sa a nan ane 537 anvan epòk nou an ban nou bonjan rezon pou nou rejwi nan esperans sèten Jewova mete devan nou an.

21. Ki jan konesans ede nou mache avèk Bondye ?

21 Pou nou kontinye mache avèk Bondye, nou bezwen kontinye aprann konnen l e nou bezwen kontinye aplike sa nou aprann yo nan lavi nou. Konesans sou Jewova se yon bagay ki te ra anpil ann Izrayèl (Ocheya 4:1, 6). Men, te gen kèk moun ki te bay ansèyman Bondye yo anpil enpòtans, yo te aji ann amoni ak sa yo aprann, e yo te jwenn anpil benediksyon pou sa. Ocheya se te youn ladan yo. Anplis, te gen 7 000 moun nan epòk Eliya a ki pa t pliye jenou devan Baal (1 Wa 19:18 ; Women 11:1-4). Rekonesans nou genyen pou enstriksyon nou resevwa nan men Bondye ap ede nou pou nou kontinye mache avè l. — Sòm 119:66 ; Izayi 30:20, 21.

22. Ki jan nou dwe konsidere apostazi ?

22 Jewova mande mesye ki pran latèt pami pèp li a pou yo rejte apostazi. Ocheya 5:1 di : “ Tande sa, o prèt yo, e koute avèk atansyon, o mezon Izrayèl, e nou menm, o mezon wa a, prete nou zòrèy nou, paske se nou menm jijman an konsène, poutèt nou tounen yon pyèj pou Mitspa e nou tankou yon filè ki tann sou Tabò. ” Dirijan aposta yo te tankou yon pyèj ak yon filè pou Izrayelit yo, yo te pouse yo pratike idolatri. Sanble mòn Tabò ansanm ak yon kote yo rele Mitspa se te sant fo adorasyon sa a.

23. Ki pwofi ou tire nan etid ou sot fè nan Ocheya chapit 1 rive nan chapit 5 lan ?

23 Jiskela, pwofesi Ocheya a montre nou Jewova se yon Dye ki gen mizèrikòd, ki bay yon esperans e ki beni moun k ap aplike enstriksyon li bay e ki rejte apostazi. Kidonk, menm jan ak Izrayelit nan tan lontan ki te repanti yo, annou chèche Jewova e annou toujou fè efò pou nou fè l plezi (Ocheya 5:15). Lè nou fè sa, n ap rekòlte sa ki bon e n ap gen yon jwa ak yon pè ki san parèy, menm jan ak tout moun k ap mache fidèlman avèk Bondye. — Sòm 100:2 ; Filipyen 4:6, 7.

[Nòt anba paj]

^ § 1 Gen yon dram senbolik yo prezante nan Galat 4:21-26. Pou w jwenn plis enfòmasyon sou li, gade liv Étude perspicace des Écritures, volim 2, paj 677-8. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

Ki repons nou ta bay ?

• Ki sa maryaj Ocheya avèk Gomè a te senbolize ?

• Sa k fè Jewova te rele Izrayèl nan jijman ?

• Ki leson ou aprann nan Ocheya chapit 1 rive nan chapit 5 ki touche w patikilyèman ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 8]

Èske w konn kiyès madanm Ocheya a reprezante ?

[Foto nan paj 9]

Asiryen yo te pran Samari nan ane 740 anvan epòk nou an.

[Foto nan paj 10]

Yon pèp ki kontan retounen nan peyi l.