Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Chèche jistis ap yon pwoteksyon pou nou

Chèche jistis ap yon pwoteksyon pou nou

Chèche jistis ap yon pwoteksyon pou nou

“ Kidonk, kontinye chèche [...] jistis [Bondye] an premye. ” — MATYE 6:33.

1, 2. Ki desizyon yon jèn kretyèn te pran, e poukisa li te pran yon desizyon konsa ?

GEN yon jèn kretyèn ann Azi ki t ap travay kòm sekretè nan yon biwo Leta. Li te konn fè travay li byen, li te konn rive bonè nan travay li e li pa t konn kalewès. Sepandan, etandone yo potko anplwaye l an pèmanans, yo te rekonsidere ka l. Responsab depatman an te di jèn kretyèn nan li ta ka anplwaye l an pèmanans e li ta ka menm ba l yon pi gwo pòs, akondisyon li aksepte kouche avè l. Manmzèl te refize kategorikman, menm lè li ta pèdi travay la.

2 Èske jèn kretyèn sa a te reyalis ? Wi, li te byen suiv pawòl Jezi yo ki di : “ Kontinye chèche [...] jistis [Bondye] an premye. ” ​(Matye 6:33). Li te konsidere li pi enpòtan lontan pou l suiv prensip jis yo pase pou l komèt imoralite seksyèl pou l ka jwenn yon avantaj. — 1 Korentyen 6:18.

Enpòtans jistis genyen

3. Ki sa jistis ye ?

3 “ Jistis ” siyifi entegrite moral, onètete. Nan Bib la, mo ebre ak mo grèk yo itilize a gen sans “ sa ki dwat ” oswa “ sa ki kòrèk ”. Se pa lè yon moun jis nan je pa l, kote l ap jije tèt li selon prensip pa l (Lik 16:15). Se pito dwati selon prensip Jewova yo. Se jistis pa Bondye. — Women 1:17 ; 3:21.

4. Poukisa jistis enpòtan pou yon kretyen ?

4 Poukisa jistis enpòtan ? Paske Jewova, ‘ Dye ki jis ’ la, apwouve sèvitè l yo lè yo pratike jistis (Sòm 4:1 ; Pwovèb 2:20-22 ; Abakouk 1:13). Nenpòt moun k ap fè enjistis pa ka gen relasyon sere avèk li (Pwovèb 15:8). Se poutèt sa, apot Pòl te bay Timote egzòtasyon sa a, li te di l : “ Kouri pou dezi ki gen lakay jèn yo, men pousuiv jistis ” ansanm ak lòt kalite ki endispansab (2 Timote 2:22). Se poutèt sa tou, Pòl te mansyone “ kuiras jistis la ” lè li te fè lis divès pati ki gen nan ekipman espirityèl nou an. — Efezyen 6:14.

5. Ki jan kreyati enpafè ka chèche jistis ?

5 Natirèlman, pa gen moun ki jis konplètman. Tout moun eritye enpèfeksyon nan Adan e tout moun fè peche, tout moun enjis depi yo fèt. Toutfwa, Jezi te di nou dwe chèche jistis. Ki jan sa fè posib ? Sa posib, paske Jezi te bay vi pafè li a kòm yon ranson pou nou, e si nou egzèse lafwa nan sakrifis sa a, Jewova ap dispoze padone peche nou (Matye 20:28 ; Jan 3:16 ; Women 5:8, 9, 12, 18). Sou baz sa a, etan n ap aprann prensip jistis Jewova yo e n ap fè tout sa nou kapab pou nou obsève yo, pandan n ap priye pou nou jwenn èd pou nou venk feblès nou yo, Jewova aksepte adorasyon nou (Sòm 1:6 ; Women 7:19-25 ; Revelasyon 7:9, 14). Ala rekonfòtan sa rekonfòtan !

Montre nou jis nan yon monn enjis

6. Poukisa monn nan se te yon kote ki danjere pou premye kretyen yo ?

6 Lè disip Jezi yo te resevwa misyon pou yo temwen l “ jis nan rejyon ki pi lwen sou tè a ”, yo te anfas yon sitiyasyon ki te difisil (Travay 1:8). Tout tèritwa yo te asiyen yo a te “ anba pouvwa mechan an ”, anpalan de Satan (1 Jan 5:19). Monn nan te enfekte ak etadespri mechan Satan ap ankouraje a, e kretyen yo t apral ekspoze anba enfliyans li ki te ka kontamine yo (Efezyen 2:2). Monn nan se te yon kote ki danjere pou yo. Se sèlman si yo chèche jistis Bondye an premye, yo t ap kapab andire toutpandan entegrite yo t ap ret entak. Pifò ladan yo te andire, men gen kèk nan yo ki te devye kite “ wout jistis la ”. — Pwovèb 12:28 ; 2 Timote 4:10.

7. Ki responsablite yon kretyen genyen ki mande pou l reziste devan enfliyans kòwonpi ki genyen yo ?

7 Èske monn nan pi asire pou kretyen yo jodi a ? Pa ditou ! Li menm vin pi kòwonpi pase jan l te ye nan premye syèk la. Anplis de sa, yo pimpe Satan sou tè a, e l ap fè lagè avèk vyolans kont kretyen wen yo, “ rès semans [fi a] k ap obsève kòmandman Bondye yo e ki gen kòm travay pou yo rann temwayaj konsènan Jezi ”. (Revelasyon 12:12, 17.) Nenpòt moun ki soutni “ semans ” sa a, Satan atake l tou. Sepandan, kretyen yo pa ka kache pou monn nan. Byenke yo pa fè pati monn nan, yo oblije viv ladan l (Jan 17:15, 16). E yo oblije preche ladan l pou yo chèche moun ki byen dispoze, pou yo anseye yo pou yo vin disip Kris (Matye 24:14 ; 28:19, 20). Donk, piske kretyen yo pa ka evite totalman enfliyans kòwonpi ki nan monn sa a, yo dwe reziste devan yo. Annou konsidere kat nan enfliyans sa yo.

Imoralite se yon pyèj

8. Ki rezon ki te fè Izrayelit yo al adore dye Mowabit yo ?

8 Nan fen 40 an Izrayelit yo te pase ap monte desann nan dezè a, anpil ladan yo te vire do bay chemen jistis la. Yo te viv plizyè aksyon Jewova te fè pou l delivre yo, e pa t ret anpil tan pou yo te antre nan Latè pwomiz. Toutfwa, nan moman kritik sa a, yo t al sèvi dye Mowabit yo. Sa k te fè sa ? Yo te sede devan “ dezi lachè ”. (1 Jan 2:16.) Dapre sa ki rapòte, “ pèp la te kòmanse gen relasyon imoral avèk fi Mowab yo ”. — Nonb 25:1.

9, 10. Ki sitiyasyon ki egziste jodi a ki fè li endispansab pou yon moun toujou kenbe nan lespri l dezi chanèl ki pa kòrèk gen yon enfliyans kòwonpi ?

9 Evènman sa a demontre fason dezi lachè ki pa kòrèk ka kòwonp moun ki pa pridan. Li ta bon pou nou tire leson nan sa, sitou anpil moun vin konsidere imoralite kòm yon fason moun viv ki akseptab (1 Korentyen 10:6, 8). Gen yon rapò ki fèt Ozetazini ki di : “ Jiska 1970, plasaj [sa vle di moun ki pa marye youn ak lòt k ap viv ansanm] te ilegal nan tout eta ameriken yo. Kounye a, sa gaye toupatou. Plis pase mwatye nan moun ki marye pou premye fwa yo t ap viv nan plasaj anvan sa. ” Plasaj ak lòt pratik imoral devègonde pa egziste nan yon sèl peyi. Ou jwenn sa toupatou nan monn nan, e malerezman, gen kèk kretyen ki suiv tandans sa a, yo menm pèdi plas yo nan kongregasyon kretyen an. — 1 Korentyen 5:11.

10 Anplis de sa, pwopagann k ap ankouraje imoralite sanble gaye toupatou. Pwogram sinema ak televizyon montre se yon bagay ki toutafè nòmal pou jèn gen relasyon seksyèl anvan maryaj. Yo prezante omoseksyalite kòm yon bagay ki nòmal. E anpil pwogram montre relasyon seksyèl yon fason ki pi kri de jou an jou. Moun ka jwenn foto ki prezante sèn sou sèks fasilman sou Entènèt. Pa egzanp, gen yon jounalis ki rapòte gen yon pitit gason l ki gen setan ki rantre sot lekòl e ki te chofe pou l rakonte l li gen yon zanmi nan lekòl la ki jwenn yon sit Entènèt ki montre fi toutouni ki nan relasyon seksyèl. Ou pa bezwen mande ki jan papa a te sezi ! Men, konbyen timoun ki al sou sit sa yo san yo pa di paran yo ! Anplis de sa, konbyen paran ki konnen sa ki nan jwèt videyo pitit yo ap jwe ! Gen anpil jwèt popilè ki montre imoralite yon fason ki repiyan, e yo montre espiritis ak vyolans.

11. Ki jan yon fanmi ka jwenn pwoteksyon kont imoralite ki gen nan monn nan ?

11 Ki jan fanmi yo ka reziste devan “ distraksyon ” degradan sa yo ? Se lè yo chèche jistis Bondye an premye, lè yo refize enplike nan kèlkeswa bagay ki imoral (2 Korentyen 6:14 ; Efezyen 5:3). Yon paran ki siveye aktivite pitit li kòrèkteman e ki antre lanmou pou Jewova ak lwa jis li yo nan lespri yo, se fòtifye li fòtifye yo kont pònografi, kont jwèt videyo ki gen pònografi, fim imoral ak lòt tantasyon ki enjis *. — Detewonòm 6:4-9.

Danje ki genyen lè moun nan antouraj nou ap fè presyon sou nou

12. Ki pwoblèm ki te rive nan premye syèk la ?

12 Lè Pòl te nan Lis ann Azi Minè, li te geri yon mesye pa mwayen yon mirak. Istwa a di : “ Foul moun yo, ki wè sa Pòl te fè a, leve vwa yo e yo di nan lang likawonyen : ‘ Dye yo pran fòm moun e yo desann vin jwenn nou ! ’ E yo te rele Banabas Zes, men yo te rele Pòl Èmès, etandone se li ki te pran latèt nan pale. ” ​(Travay 14:11, 12). Annapre, menm foul sa a te vle touye Pòl ak Banabas (Travay 14:19). Li klè, moun sa yo te kite presyon moun nan antouraj yo ap fè sou yo enfliyanse yo fasil. Sanble lè kèk nan moun ki te sot nan zòn sa a te vin kretyen, yo te toujou konsève tandans sipèstisye yo te genyen yo. Nan lèt Pòl te ekri kretyen Kolòs yo, li te ba yo avètisman kont “ adorasyon zanj ”. — Kolosyen 2:18.

13. Site kèk koutim yon kretyen dwe rejte, e ki jan li ka jwenn fòs pou l fè sa ?

13 Jodi a, nan menm sans lan tou, vrè kretyen yo dwe rejte koutim ki fonde sou ide ki soti nan fo relijyon e ki vyole prensip kretyen yo, menmsi tout moun aksepte koutim sa yo. Nan kèk peyi, pa egzanp, anpil seremoni moun yo abitye fè anrapò ak nesans ak lanmò fonde sou manti ki fè kwè nou gen yon espri ki kontinye viv apre nou fin mouri (Eklezyas 9:5, 10). Gen peyi kote yo gen koutim koupe yon pati nan ògàn seksyèl tifi yo *. Se yon pratik ki kriyèl, ki pa nesesè e ki kontrè ak swen ki chaje lanmou paran kretyen yo dwe bay pitit yo (Detewonòm 6:6, 7 ; Efezyen 6:4). Ki jan kretyen yo ka reziste devan presyon moun nan antouraj yo ap fè sou yo e ki jan yo ka reyisi abandone pratik sa yo ? Se lè yo gen yon konfyans total nan Jewova (Sòm 31:6). Tout moun ki di Bondye ak tout kè yo : “ Ou se refij mwen e ou se fòtrès mwen, ou se Bondye mwen. Se nan ou m ap mete konfyans mwen, ” Dye ki jis la ap fòtifye yo e l ap pran swen yo. — Sòm 91:2 ; Pwovèb 29:25.

Pa bliye Jewova

14. Ki avètisman Jewova te bay Izrayelit yo yon tikras tan anvan yo antre nan Latè pwomiz ?

14 Yon tikras tan anvan Izrayelit yo te antre nan Latè pwomiz, Jewova te ba yo avètisman pou yo pa bliye l. Men sa l te di yo : “ Veye sou tèt ou, yon fason pou w pa bliye Jewova, Bondye w la, dekwa pou w pa ta obsève kòmandman l yo ak desizyon jidisyè li yo ak dekrè li yo mwen kòmande w jodi a, dekwa pou w pa manje e pou w satisfè tèt ou vrèman, dekwa pou w pa bati bonjan kay e pou w abite ladan yo vrèman, e pou gwo betay ou ak ti betay ou pa ogmante, e pou ajan ak lò pa ogmante pou ou, e pou tout sa w genyen pa ogmante, e pou kè w pa elve vrèman e pou w pa bliye Jewova, Bondye w la, vrèman. ” — Detewonòm 8:11-14.

15. Ki jan nou ka sèten nou pa sou wout pou n bliye Jewova ?

15 Èske yon bagay konsa ka rive jodi a ? Wi, si nou mal fikse priyorite nou. Sepandan, si nou chèche jistis Bondye an premye, vrè adorasyon an se bagay k ap pi enpòtan nan lavi nou. Menm jan Pòl te ankouraje nou pou nou fè, n ap “ rachte moman apwopriye a ”, e n ap zele nan ministè nou (Kolosyen 4:5 ; 2 Timote 4:2). Men, si asiste reyinyon ak patisipe nan predikasyon vin gen mwens enpòtans pou nou pase detant oswa chèche mwayen pou nou pran plezi, nou ka bliye Jewova, nan sans nou ka vin konsidere li gen mwens enpòtans nan lavi nou. Pòl te di, nan dènye jou yo, lèzòm t ap “ renmen plezi pito pase pou yo renmen Bondye ”. (2 Timote 3:4.) Kretyen ki sensè yo egzamine tèt yo regilyèman pou yo sèten jan de panse konsa pa enfliyanse yo. — 2 Korentyen 13:5.

Fè atansyon ak espri endepandans

16. Ki move etadespri ni Èv ni kèk moun nan epòk Pòl la te manifeste ?

16 Ann Edenn, Satan te reyisi reveye nan Èv dezi egoyis pou endepandans. Èv te vle pran pwòp desizyon l konsènan sa ki byen ak sa ki mal (Jenèz 3:1-6). Nan premye syèk la, gen kèk moun nan kongregasyon Korent lan ki te gen espri endepandans menm jan an. Yo te panse yo te plis konnen pase Pòl e, yon fason iwonik, li te rele yo gwo gwo apot. — 2 Korentyen 11:3-5 ; 1 Timote 6:3-5.

17. Ki jan nou ka evite devlope espri endepandans ?

17 Nan monn jodi a, gen anpil moun ki ‘ tèti, ki gonfle ak ògèy ’, e gen kèk kretyen ki kite mantalite sa a enfliyanse yo. Gen ladan yo ki menm vin opoze ak laverite (2 Timote 3:4 ; Filipyen 3:18). Anrapò ak vrè adorasyon an, li endispansab pou nou chèche direksyon Jewova e pou nou kowopere ak “ esklav fidèl ki prevwayan an ” e avèk ansyen nan kongregasyon an. Se fason sa a pou nou chèche jistis, e sa pwoteje nou pou nou pa devlope espri endepandans (Matye 24:45-47 ; Sòm 25:9, 10 ; Izayi 30:21). Kongregasyon wen yo se “ yon pilye e yon apui pou laverite ”. Jewova etabli l pou pwoteje nou e pou gide nou (1 Timote 3:15). Si nou rekonèt wòl enpòtan li genyen, sa ap ede nou pou nou ‘ pa fè anyen paske nou vle toujou devan ’, toutpandan nou soumèt nou avèk imilite anba volonte Jewova, yon volonte ki jis. — Filipyen 2:2-4 ; Pwovèb 3:4-6.

Se pou nou imite Jezi

18. Nan ki sans nou jwenn ankourajman pou nou imite Jezi ?

18 Konsènan Jezi, men sa Bib la pwofetize : “ Ou renmen jistis e ou rayi mechanste. ” ​(Sòm 45:7 ; Ebre 1:9). Ala yon bèl atitid pou nou imite (1 Korentyen 11:1) ! Jezi pa t senpleman konnen prensip jis Jewova yo, li te renmen yo. Se sa k fè, lè Satan te tante l nan dezè a, san ezite e avèk fèmte, li te refize devye kite “ chemen jistis ” la. — Pwovèb 8:20 ; Matye 4:3-11.

19, 20. Ki bon rezilta moun jwenn lè yo chèche jistis ?

19 Vrèmanvre, dezi chanèl ki enjis yo kapab fò (Women 7:19, 20). Sepandan, si jistis se yon bagay ki presye pou nou, sa ap ban nou fòs pou nou reziste devan mechanste (Sòm 119:165). Yon amou pwofon pou jistis ap pwoteje nou lè nou anfas sa ki mal (Pwovèb 4:4-6). Pa bliye, lè nou sede devan tantasyon, se kite nou kite Satan make yon pwen sou nou. Sa ap pi bon lontan si nou kenbe fèm devan l, e lè sa a, viktwa a se pou Jewova l ap ye ! — Pwovèb 27:11 ; Jak 4:7, 8.

20 Lefètke vrè kretyen yo ap chèche jistis, yo “ ranpli ak fwi jistis, ki vini pa mwayen Jezi Kris, pou glwa ak louwanj Bondye ”. (Filipyen 1:10, 11.) Yo abiye ak “ nouvo pèsonalite a ki te kreye selon volonte Bondye nan yon jistis ak yon fidelite ki vrè ”. (Efezyen 4:24.) Se byen Jewova yo ye e yo itilize lavi yo pou yo sèvi l, non pa pou yo fè tèt yo plezi (Women 14:8 ; 1 Pyè 4:2). E se sa ki dirije panse yo ak aksyon yo. Se pa ti kontan yo fè kè Papa yo ki nan syèl la kontan ! — Pwovèb 23:24.

[Nòt anba paj]

^ § 11 N ap jwenn sijesyon ki itil k ap ede paran yo pwoteje fanmi yo kont enfliyans imoralite, nan liv Le secret du bonheur familial la. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

^ § 13 Lè yo koupe yon pati nan ògàn seksyèl yon fi, yo konn rele sa sikonsizyon feminen.

Èske w ka esplike ?

• Poukisa li endispansab pou nou chèche jistis ?

• Ki jan yon kretyen ki enpafè ka chèche jistis ?

• Ki bagay nan monn nan yon kretyen dwe evite ?

• Ki jan lè nou chèche jistis se yon pwoteksyon pou nou ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 29]

Monn nan se te yon kote ki danjere pou disip Jezi yo.

[Foto nan paj 30]

Timoun ki resevwa ansèyman pou yo renmen Jewova ap gen fòs pou yo lite kont imoralite.

[Foto nan paj 31]

Lè yon seri Izrayelit te vin ap pwospere nan Latè pwomiz, yo te bliye Jewova.

[Foto nan paj 32]

Menm jan ak Jezi, kretyen yo rayi enjistis.