Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Fason byen pral venk mal

Fason byen pral venk mal

Fason byen pral venk mal

Wa David se te yon bon moun. Li te gen yon lanmou pwofon pou Bondye, li te renmen jistis anpil e li te gen afeksyon pou moun ki enb. Poutan, menm bon wa sa a te komèt adiltè avèk madanm youn nan moun ki diy de konfyans li te genyen. E apre David fin aprann dam nan, ki te rele Batcheba, te ansent pou li, finalman, li planifye lanmò mari dam nan. E pou l te ka kouvri krim li te fè a, li marye ak Batcheba. — 2 Samyèl 11:1-27.

LI EVIDAN, lèzòm gen kapasite pou yo fè anpil bagay ki bon. Men, poukisa yo fè tout mal sa yo ? Bib la idantifye plizyè rezon fondamantal ki fè sa. Li montre tou ki jan Bondye, pa mwayen Kris Jezi, pral retire sa ki mal yon fwa pou tout.

Yon panchan pou sa ki mal

Wa David li menm te idantifye youn nan rezon ki fè moun ap fè sa ki mal. Lè yo te fin devwale krim li yo, li te aksepte pote tout responsablite sa l te fè yo. Men sa li te ekri pou l eksprime remò li te genyen : “ Gade! Avèk fot mwen te fèt nan doulè akouchman, e nan peche manman m te ansent mwen. ” ​(Sòm 51:5). Sa pa t janm nan objektif Bondye pou yon manman fè pitit ki t apral fè peche. Sepandan, lè Èv te chwazi rebele kont Bondye epi apre sa Adan te fè menm bagay la tou, yo te pèdi kapasite pou yo fè timoun ki san peche (Women 5:12). Ofiramezi kantite moun enpafè ki gen sou tè a ap ogmante, li vin evidan “ panchan kè lòm pa bon depi nan jenès li ”. — Jenèz 8:21.

Si yon moun pa metrize panchan pou sa ki mal sa a lakay li, sa ap mennen l nan “ fònikasyon, [...] hinghang, fè kont, jalouzi, kòlè san kontwòl, chirepit, divizyon, sèk, anvi ”, ak lòt konduit malfezan, konduit Bib la kalifye kòm “ zèv lachè ”. (Galat 5:19-21.) Nan ka wa David, li te kite feblès lachè domine l, li te komèt fònikasyon e sa te lakòz gwo konfli (2 Samyèl 12:1-12). Li te ka reziste devan panchan imoral li yo. Men, olye de sa, li te nouri dezi li te genyen pou Batcheba a. Li te suiv etap disip Jak te vin dekri annapre, lè l te di : “ Chak moun pase anba eprèv lè l kite pwòp dezi l mennen l, lè l kite pwòp dezi l sedui l. Epi dezi a, lè l fegonde, li pwodui peche, e peche a li menm, lè l fin fèt, li anfante lanmò. ” — Jak 1:14, 15.

Masak, vyòl ak ravaj ki mansyone nan atik anvan an, se egzanp grav ki montre sa k rive lè moun kite move dezi dikte yo sa pou yo fè.

Inyorans alimante sa ki mal

Egzanp apot Pòl mete ann evidans yon dezyèm rezon ki fè moun yo ap fè sa ki mal. Anvan Pòl te mouri, li te vin gen repitasyon yon moun janti, ki gen afeksyon. Li te bay tout li menm pou l sèvi frè ak sè kretyen l yo, san l pa atann anyen anretou (1 Tesalonisyen 2:7-9). Men, pi bonè nan lavi li, lè yo te konnen l sou non Sol, li te “ respire menas ak asasinay ” kont menm gwoup moun sa yo (Travay 9:1, 2). Poukisa Pòl te apwouve move aksyon yo te konn fè kont premye kretyen yo e li te menm konn patisipe ladan yo ? Men sa l di : “ Paske mwen te yon inyoran. ” ​(1 Timote 1:13). Wi, anvan sa, Pòl te gen ‘ zèl pou Bondye, men se pa t selon konesans egzak la ’. — Women 10:2.

Menm jan ak Pòl, gen anpil moun sensè ki lage kò yo nan fè sa ki mal, paske yo pa gen yon konesans egzak sou volonte Bondye. Nan sans sa a, men avètisman Jezi te bay disip li yo : “ Gen yon lè k ap rive kote yon moun ki touye nou ap panse se yon sèvis sakre li bay Bondye. ” ​(Jan 16:2). Eksperyans Temwen Jewova nan epòk nou an fè pèmèt yo verifye pawòl Jezi di la a se laverite. Nan anpil peyi, moun ki pretann y ap sèvi Bondye pèsekite yo e menm touye yo. Li evidan, jan de zèl mal plase konsa pa fè vrè Dye a plezi. — 1 Tesalonisyen 1:6.

Sila a ki Orijin sa ki mal

Jezi te idantifye rezon prensipal ki esplike sa k fè mal la egziste. Men sa l te di pandan li t ap pale ak kèk chèf relijye ki te detèmine pou yo touye l : “ Nou menm, nou soti nan papa nou Dyab la, e nou vle akonpli volonte papa nou. Li menm, se yon asasen li te ye depi lè li te kòmanse. ” ​(Jan 8:44). Se Satan, akoz rezon egoyis li, ki te sedui Adan ak Èv, fè yo rebele kont Bondye. Rebelyon sa a antrene peche dèyè l, e ansuit lanmò, pou tout limanite.

Pi devan, entansyon kriminèl Satan an vin parèt klè nan fason li te aji ak Jòb. Lè Jewova te bay Satan pèmisyon pou l teste entegrite Jòb, li pa t kontante l fè Jòb pèdi tout sa l te posede. Li te koz lanmò dis pitit Jòb yo tou (Jòb 1:9-19). Nan deseni ki sot pase yo, sa ki mal vin pran yon lòt dimansyon pami lèzòm, nonsèlman akoz enpèfeksyon ak inyorans, men tou akoz Satan ki antre kò l pi fon nan aktivite lèzòm ap mennen. Selon sa Bib la revele, yo “ pimpe [Dyab la] desann sou tè a, e yo pimpe zanj li yo desann ansanm avèk li ”. Menm pwofesi sa a te predi avèk presizyon lefètke aktivite Satan t ap limite sèlman nan vwazinaj tè a, sa t ap lakòz “ malè pou latè ” nan yon fason moun potko janm wè. Menmsi Satan pa ka fòse moun fè sa ki mal, men kanta pou “ twonpe tout latè ki abite ” a, li se yon mèt nan sa. — Revelasyon 12:9, 12.

Panchan pou sa ki mal pral elimine

Pou mal rive elimine nèt nan mitan lèzòm, fòk panchan pou sa ki mal yo fèt avè l la disparèt, fòk mank konesans egzak yo a konble e fòk enfliyans Satan pa la ankò. Premyèman, ki jan panchan pou sa ki mal lèzòm fèt avè l la ka rive disparèt nan kè lèzòm ?

Pa gen okenn doktè, pa gen okenn medikaman lèzòm fè ki ka rive fè travay sa a. Men, Jewova Dye prepare yon tretman ki bon pou peche ak enpèfeksyon nou eritye a pou tout moun ki dispoze aksepte l. Men sa apot Jan te ekri : “ San Jezi [...] pirifye nou anba tout peche. ” ​(1 Jan 1:7). Lè Jezi, antanke òm pafè, te bay vi li volontèman, li te “ pote peche nou yo nan pwòp kò li sou poto a, yon fason pou nou fini avèk peche e pou nou viv pou jistis ”. (1 Pyè 2:24.) Lanmò Jezi an sakrifis t apral efase efè move aksyon Adan an. Pòl te deklare Kris Jezi te vin “ yon ranson ki koresponn pou tout moun ”. (1 Timote 2:6.) Wi, lanmò Kris ouvri chemen pou tout limanite rejwenn pèfeksyon Adan te pèdi a.

Men, ou ka ap mande tèt ou : ‘ Si lanmò Jezi fè li posib pou limanite rejwenn pèfeksyon, e Jezi mouri depi anviwon 2 000 an, poukisa lemal ak lanmò toujou egziste ? ’ Repons kesyon sa a kapab ede pou elimine dezyèm koz ki fè moun ap fè sa ki mal, anpalan de inyorans lèzòm genyen sou objektif Bondye yo.

Konesans egzak : yon fòs pou sa ki byen

Lè yon moun sensè vin gen yon konesans egzak sou sa Jewova ak Jezi ap fè kounye a pou elimine sa ki mal, sa ka anpeche l apwouve move zak san l pa rann li kont, oubyen vin “ ap lite kont Bondye ”, sa ki ta pi grav (Travay 5:38, 39). Jewova dispoze pase sou fot moun yo te fè nan tan pase nan inyorans yo. Pandan apot Pòl t ap pale ak moun Atèn yo, men sa l te di : “ Bondye fèmen je sou tan inyorans sa yo, men kounye a, l ap fè tout moun tout kote konnen yo dwe repanti. Paske li fikse yon jou kote li pral sèvi ak yon nonm li chwazi, pou l jije latè abite avèk jistis, e li bay tout moun yon garanti dèske li resisite l nan lanmò. ” — Travay 17:30, 31.

Pòl te konnen pèsonèlman Jezi te resisite nan lanmò, paske se kèk tan apre Jezi te resisite li te pale ak Pòl e li te stope l pou l pa kontinye pèsekite premye kretyen yo (Travay 9:3-7). Imedyatman Pòl te fin gen konesans egzak sou objektif Bondye yo, li te chanje, li te vin yon bon moun k ap imite Kris (1 Korentyen 11:1 ; Kolosyen 3:9, 10). Anplis, Pòl te preche “ bon nouvèl sa a konsènan wayòm nan ” avèk zèl (Matye 24:14). Pandan prèske 2 000 an depi Jezi te mouri e li te resisite, Kris chwazi lòt moun nan limanite, tankou Pòl, ki pral dirije ansanm avè l nan Wayòm li an. — Revelasyon 5:9, 10.

Diran syèk ki sot pase a rive jis kounye a, Temwen Jewova yo akonpli avèk zèl misyon Jezi te bay la ki di : “ Ale epi fè disip pami moun tout nasyon. Batize yo nan non Papa a, nan non Pitit la ak nan non lespri sen an. Anseye yo pou yo obsève tout bagay mwen te kòmande nou yo. ” ​(Matye 28:19, 20). Moun ki aksepte mesaj sa a gen espwa pou yo viv pou toutan sou tè a anba dominasyon gouvènman selès Kris la. Jezi te di : “ Men sa lavi etènèl la siyifi : se pou yo aprann konnen w, ou menm, sèl vrè Dye a, ak sila ou te voye a, Jezi Kris. ” ​(Jan 17:3). Pi gwo byen yon moun ka fè pou yon lòt se ede l vin gen konesans sa a.

Moun ki aksepte bon nouvèl Wayòm sa a, malgre tout mal ki antoure yo, yo demontre kalite tankou “ lanmou, lajwa, lapè, pasyans, bonte, byenveyans, lafwa, dousè, metriz ”. (Galat 5:22, 23.) Menm jan ak Jezi, yo “ pa rann pèsonn mal pou mal ”. (Women 12:17.) Yo chak pèsonèlman, yo fè efò pou yo “ kontinye venk mal la avèk byen ”. — Women 12:21 ; Matye 5:44.

Viktwa final sou sa ki mal

Lèzòm poukont yo pa t ap janm ka venk prensipal moun k ap ankouraje sa ki mal la, anpalan de Satan Ledyab. Men, talè konsa, Jewova pral sèvi ak Jezi pou kraze tèt Satan (Jenèz 3:15 ; Women 16:20). Epitou, Jewova pral bay Kris Jezi lòd pou l “ krabinen ” tout sistèm politik yo nèt, pou l ‘ mete yon fen ’ nan yo. Anpil nan sistèm sa yo responsab yon bann zak mechanste diran tout listwa (Dànyèl 2:44 ; Eklezyas 8:9). Pandan jou jijman sa a k ap vini an, tout moun ki pa “ obeyi bon nouvèl konsènan Jezi, Seyè nou an, [...] pral sibi pinisyon jidisyè destriksyon etènèl la ”. — 2 Tesalonisyen 1:8, 9 ; Sefànya 1:14-18.

Yonfwa Satan ansanm ak moun k ap soutni l yo elimine, detan Jezi nan syèl la, li pral ede moun ki chape yo pou yo fè tè a retounen nan kondisyon li te ye okòmansman an. Epitou, Kris ap resisite tout moun ki diy pou yo gen opòtinite viv sou tè a ki pral retabli (Lik 23:32, 39-43 ; Jan 5:26-29). Konsa, li pral anile kèk nan dega limanite sibi akoz mal ki te fèt yo.

Jewova pap fòse pèsonn obeyi bon nouvèl konsènan Jezi a. Men, li bay moun opòtinite pou yo chèche gen konesans k ap mennen nan lavi a. Li endispansab pou w pwofite opòtinite sa a depi kounye a (Sefànya 2:2, 3) ! Si w fè sa, w ap vin konnen ki jan pou w fè fas ak nenpòt mal ki ta soti pou gache lavi w. W ap wè tou fason Kris pral ranpòte viktwa final sou sa ki mal. — Revelasyon 19:11-16 ; 20:1-3, 10 ; 21:3, 4.

[Foto nan paj 5]

Sol te apwouve zak mechanste paske li pa t gen konesans egzak.

[Foto nan paj 7]

Pi gwo byen yon moun ka fè pou yon lòt se ede l gen konesans egzak sou Bondye.