Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jis nan ki pwen ou gen yon konfyans fèm nan Bondye

Jis nan ki pwen ou gen yon konfyans fèm nan Bondye

Jis nan ki pwen ou gen yon konfyans fèm nan Bondye

“ Kidonk, kontinye chèche wayòm nan [...] an premye. ” — MATYE 6:33.

1, 2. Ki ajisteman yon jenn gason te fè anrapò ak travay li, e ki rezon ki te fè l fè sa ?

GEN yon jenn gason ki te vle vin pi itil nan kongregasyon l. Men, pwoblèm nan sèke orè travay li te anpeche l asiste reyinyon yo regilyèman. Ki jan l te rezoud pwoblèm sa a ? Li te senplifye vi l, li te demisyone nan travay li, apre sa li te chèche yon travay ki pap jennen l nan aktivite l antanke kretyen. Aktyèlman, l ap touche mwens kòb pase sa li t ap touche anvan, men li toujou pran swen fanmi l e li vin anmezi pou l soutni kongregasyon an pi byen.

2 Èske w konprann rezon ki fè jenn gason sa a te fè ajisteman sa a ? Si w te nan yon sitiyasyon ki sanble ak sitiyasyon pa l la, èske w wè ou menm ki t ap fè yon ajisteman konsa ? Anpil jèn kretyen ki fè ajisteman konsa merite felisitasyon, e aksyon yo demontre konfyans yo gen nan pwomès Jezi a ki di : “ Kontinye chèche wayòm nan ak jistis li an premye e y ap ajoute tout lòt bagay sa yo pou nou. ” ​(Matye 6:33). Moun sa yo mete konfyans yo nan Jewova pou yo jwenn sekirite materyèl olye yo mete l nan monn nan. — Pwovèb 3:23, 26.

3. Poukisa kèk moun ka ap mande si li reyalis jodi a pou yon moun mete Wayòm Bondye a an premye ?

3 Etandone tan n ap viv la difisil, kèk moun ka ap mande si jenn gason sa a te pran yon desizyon ki saj. Nan monn jodi a, gen yon seri moun k ap viv nan yon povrete ekstrèm, alòske gen lòt ki gen yon nivo vi ki pi elve nan tout listwa. Pifò moun k ap viv nan peyi pòv yo ta renmen jwenn opòtinite pou yo amelyore vi yo. Tandiske, anpil moun nan peyi rich yo santi yo gen yon presyon sou yo akoz efò yo dwe fè pou kenbe nivo vi yo genyen an, menm lè ekonomi yo ap bese, menm lè gen chanjman ki fèt sou mache travay la e menm lè patwon yo vin pi egzijan. Lè nou konsidere presyon yon moun jwenn lè l ap chèche mwayen pou l viv, kèk moun ka ap mande : ‘ Èske li toujou reyalis pou yon moun chèche Wayòm nan an premye ? ’ Pou ede nou reponn kesyon sa a, annou konsidere oditwa Jezi t ap pale avè l la.

“ Sispann enkyete nou ”

4, 5. Ki jan Jezi te montre li pa rezonab pou sèvitè Bondye yo bay tèt yo twòp pwoblèm konsènan sousi ki gen chak jou nan lavi a ?

4 Jezi te nan Galile, li t ap pale ak yon gwo foul moun ki sot plizyè kote (Matye 4:25). Si te gen kèk nan moun sa yo ki te rich, yo pa t anpil. Sanble pifò nan yo te pòv. Sepandan, Jezi te egzòte yo pou yo pa bay richès materyèl priyorite, men pou yo ranmase yon bagay ki gen plis valè lontan, anpalan de trezò espirityèl (Matye 6:19-21, 24). Li di : “ Sispann enkyete nou pou nanm nou konsènan ki sa n ap manje oswa ki sa n ap bwè, ni pou kò nou konsènan ki sa n ap mete. Èske nanm nan pa vle di plis pase manje, epi èske kò a pa vle di plis pase rad ? ” — Matye 6:25.

5 Pou anpil moun ki t ap koute Jezi, pawòl li yo ka sanble pa t reyalis. Yo te konnen si yo pa travay di, fanmi yo te ka soufri. Sepandan, Jezi te fè yo sonje zwazo yo. Zwazo yo viv ojoulejou, e Jewova pran swen yo. Jezi te atire atansyon yo tou sou fason Jewova pran swen flè ki nan savann yo, yo gen yon bote ki depase bote Salomon nan tout glwa li. Si Jewova pran swen zwazo ak flè, ou pa panse l ap pran swen nou plis toujou (Matye 6:26-30) ? Tankou Jezi di, vi nou (nanm nou) ak kò nou pi enpòtan lontan pase manje nou achte pou nou manje pou nou ka ret an vi ak rad nou genyen pou nou met sou nou. Si nou mete tout fòs nou senpleman nan chèche manje pou nou manje ak rad pou nou met sou nou, e nou pa fè okenn efò konsiderab pou nou sèvi Jewova, nou rate vrè bi lavi a. — Eklezyas 12:13.

Yon pwennvi ekilibre

6. a) Ki responsablite kretyen yo genyen ? b) Ki kote kretyen yo mete tout konfyans yo ?

6 Natirèlman, Jezi pa t ankouraje moun ki t ap koute l yo pou yo sispann travay e pou yo ret tann pou Bondye ta kòmsidire pran swen fanmi yo. Menm zwazo yo oblije chèche manje pou yo manje e pou yo bay pitit yo. Pakonsekan, kretyen tan lontan yo te dwe travay si yo te vle manje. Yo te dwe pran swen fanmi yo. Kretyen ki t ap travay kay moun oubyen ki te esklav te dwe travay avèk dilijans pou mèt yo (2 Tesalonisyen 3:10-12 ; 1 Timote 5:8 ; 1 Pyè 2:18). Souvan, apot Pòl te konn fè tant pou l jwenn dekwa pou l pran swen tèt li (Travay 18:1-4 ; 1 Tesalonisyen 2:9). Sepandan, kretyen sa yo pa t mete espwa yo sou travay pou yo jwenn sekirite materyèl. Yo te mete konfyans yo nan Jewova. Kòm rezilta, yo te gen yon lapè lespri lòt moun yo pa t genyen. Gen yon salmis ki di : “ Moun ki mete konfyans yo nan Jewova, yo tankou mòn Siyon ki pa ka brannen, men ki ret la pou tan endefini. ” — Sòm 125:1.

7. Ki pwennvi yon moun ki pa gen yon konfyans fèm nan Jewova ta ka genyen ?

7 Yon moun ki pa gen yon konfyans fèm nan Jewova ta ka panse yon lòt jan. Majorite moun konsidere richès kòm pi gwo mwayen pou yo gen sekirite materyèl. Se sa k fè, gen paran ki ankouraje pitit yo pou yo konsakre anpil tan nan jenès yo nan fè gwo etid. Yo espere sa ap prepare pitit yo pou yo fè karyè nan yon travay ki byen peye. Malerezman, gen kèk fanmi kretyen ki fè sa, men yo peye sa chè anpil, paske pitit yo pèdi objektif espirityèl yo te genyen, y al kouri dèyè objektif materyèl.

8. Ki ekilib kretyen yo dwe kenbe ?

8 Se poutèt sa, kretyen ki saj yo rann yo kont konsèy Jezi a aplikab jodi a menm jan ak nan premye syèk la, e yo eseye rete ekilibre. Menmsi yo oblije pase anpil tan nan travay yo pou yo ka akonpli responsablite Bib la ba yo, yo pa janm kite bezwen pou yo fè plis kòb avegle yo pou fè yo bliye bagay ki pi enpòtan yo, bagay espirityèl yo. — Eklezyas 7:12.

“ Pa janm enkyete nou ”

9. Ki asirans Jezi bay moun ki mete tout konfyans yo nan Jewova ?

9 Nan Sèmon sou montay la, men ankourajman Jezi te bay moun ki t ap koute l yo : “ Pa janm enkyete nou pou n ap di : ‘ Ki sa n ap manje ? ’ oubyen : ‘ Ki sa n ap bwè ? ’ oubyen : ‘ Ki sa n ap mete ? ’ Paske se dèyè tout bagay sa yo nasyon yo ap fè afre. Paske Papa nou ki nan syèl la konnen nou bezwen tout bagay sa yo. ” ​(Matye 6:31, 32). Ala ankourajan pawòl sa yo ankourajan ! Si nou mete tout konfyans nou nan Jewova, l ap toujou la pou soutni nou. Sepandan, pawòl Jezi yo fè moun reflechi tou. Yo raple nou si nou “ fè afre ” dèyè bagay materyèl, sèke nou reflechi menm jan ak “ nasyon yo ”, menm jan ak moun ki pa vrè kretyen.

10. Lè yon jennonm t al kote Jezi pou li mande l konsèy, ki jan Jezi te revele sa jennonm sa a te pi renmen ?

10 Gen yon lè, yon jennonm ki te rich anpil te mande Jezi ki sa li dwe fè pou l gen lavi etènèl. Jezi te raple l egzijans Lalwa yo, ki te toujou an vigè nan epòk sa a. Jennonm nan te garanti Jezi, li te di l : “ Mwen fè tout bagay sa yo, ki sa m manke ankò ? ” Men sa Jezi te reponn li : “ Si ou vle pafè, al vann byen w yo epi bay pòv e w ap gen yon trezò nan syèl la, apre sa, vin suiv mwen. ” Pou anpil moun, repons Jezi te ba l la ta ka sanble pa reyalis (Matye 19:16-21). Jennonm nan ale tou tris, li pa t ka wè li menm ki pèdi richès li genyen yo. Kèlkeswa jan li te renmen Jewova, li te renmen byen l yo plis.

11, 12. a) Ki pawòl ki fè moun reflechi Jezi te di anrapò ak richès ? b) Ki jan byen yon moun genyen ka anpeche l sèvi Jewova ?

11 Sa k te rive a te pouse Jezi di yon bagay moun pa t atann : “ Se yon bagay k ap difisil pou yon nonm ki rich antre nan wayòm syèl la. [...] Li pi fasil pou yon chamo pase nan yon je zegui pase pou yon nonm ki rich antre nan wayòm Bondye a. ” ​(Matye 19:23, 24). Èske Jezi te vle di pa gen moun rich k ap eritye Wayòm nan ? Non, paske apre sa li di : “ Pou Bondye tout bagay posib. ” ​(Matye 19:25, 26). Vrèmanvre, avèk èd Jewova, kèk moun rich nan epòk sa a te vin kretyen wen (1 Timote 6:17). Sepandan, Jezi te gen yon rezon valab ki fè l te di pawòl etonan sa yo. Li t ap bay yon avètisman.

12 Si yon moun vin atache ak byen li genyen, menm jan ak jennonm rich la, sa ka vin anpeche l sèvi Jewova ak tout kè l. Sa ka rive ni moun ki deja rich, ni moun ki “ detèmine pou yo rich ”. (1 Timote 6:9, 10.) Lè yon moun mete twòp konfyans nan bagay materyèl, sa ka fè l vin mwens ‘ konsyan li pòv espirityèlman ’. (Matye 5:3.) Kòm rezilta, li ka pa santi li bezwen sipò Jewova menm jan ak anvan (Detewonòm 6:10-12). Li ka espere jwenn yon tretman espesyal nan kongregasyon an (Jak 2:1-4). E li ka pase pifò tan l ap jwi richès li olye l sèvi Jewova.

Kiltive pwennvi ki kòrèk la

13. Ki move pwennvi moun Lawodise yo te genyen ?

13 Yon gwoup moun ki te gen yon move pwennvi sou byen materyèl, se te moun nan kongregasyon Lawodise nan premye syèk la. Jezi te di yo : “ Ou di : ‘ Mwen rich, mwen ranmase richès e mwen pa bezwen anyen menm, ’ men ou pa konnen ou nan yon eta mizerab, ou nan yon eta deplorab, ou pòv, ou avèg e ou toutouni. ” Se pa t richès ki te mete moun Lawodise yo nan yon sitiyasyon espirityèl deplorab konsa. Men, se lefètke yo te mete konfyans yo nan richès olye yo te mete l nan Jewova. Kòm rezilta, yo te vin tyèd espirityèlman, Jezi te prèt pou ‘ vomi yo sot nan ’ bouch li. — Revelasyon 3:14-17.

14. Poukisa kretyen ebre yo te merite felisitasyon Pòl te fè yo a ?

14 Yon lòt bò, Pòl te felisite kretyen ebre yo pou atitid yo te genyen diran yon peryòd kote yo t ap pèsekite yo. Men sa l te di : “ Nou te demontre nou gen kè sansib pou sa yo ki te nan prizon e se ak kè kontan nou te aksepte yo piye sa nou te genyen, paske nou konnen gen yon bagay nou menm nou posede ki pi bon e k ap dire pi plis. ” ​(Ebre 10:34). Kretyen sa yo pa t demoralize akoz byen yo te pèdi. Yo te konsève jwa yo poutèt yo te rete atache ak byen ki gen plis valè yo te posede, byen yo genyen “ ki pi bon e k ap dire pi plis ”. Menm jan ak komèsan nan parabòl Jezi a ki te sakrifye tout bagay pou yon pèl ki gen anpil valè, yo te detèmine pou yo pa abandone esperans Wayòm nan, kèlkeswa pri sa koute (Matye 13:45, 46). Ala yon bèl atitid !

15. Ki jan yon kretyèn nan Liberya te mete enterè Wayòm nan an premye ?

15 Anpil moun jodi a kiltive menm bèl atitid sa a. Pa egzanp, nan Liberya, gen yon jèn kretyèn ki te jwenn opòtinite pou l al etidye nan inivèsite. Nan peyi sa a, yon òf konsa, se yon bagay yo konsidere kòm yon mwayen pou yon moun gen yon avni asire. Sepandan, manmzèl te pyonye, yon evanjelizatè aplentan, e li te resevwa yon envitasyon pou l sèvi antanke pyonye espesyal tanporè. Li te chwazi chèche Wayòm nan an premye e li te rete nan sèvis aplentan. Li te ale nan asiyasyon l, e nan twa mwa, li te kòmanse 21 etid biblik. Jèn sè sa a ak plizyè milye lòt jèn menm jan avè l chèche Wayòm nan an premye, menmsi yo abandone avantaj materyèl. Ki jan yo fè konsève yon atitid konsa nan monn materyalis sa a ? Yo kiltive yon pakèt bèl kalite. Annou egzamine kèk ladan yo.

16, 17. a) Poukisa modesti enpòtan si nou vle mete konfyans nou nan Jewova ? b) Poukisa nou dwe mete konfyans nou nan pwomès Bondye yo ?

16 Modesti : Labib di : “ Mete konfyans ou nan Jewova ak tout kè w epi pa apiye sou pwòp entèlijans ou. Nan tout wout ou, teni kont de li, epi li menm l ap fè chemen w yo dwat. Pa vin saj nan pwòp je pa w. ” ​(Pwovèb 3:5-7). Pafwa, yon moun ka konpòte l yon sèten fason ki sanble reyalis selon yon pwennvi pwofàn (Jeremi 17:9). Toutfwa, yon kretyen ki sensè chèche direksyon nan men Jewova (Sòm 48:14). ‘ Nan tout wout li ’, sa vle di nan zafè kongregasyon an, nan kesyon edikasyon oubyen travay, detant, oswa nenpòt lòt bagay, li chèche konsèy Jewova avèk modesti. — Sòm 73:24.

17 Konfyans nan pwomès Jewova yo : Pòl te di : “Moun k ap pwoche bò kote Bondye dwe kwè li la, e li tounen sila a ki rekonpanse moun k ap chèche l toutbonvre. ” ​(Ebre 11:6). Si nou pa fin kwè Jewova ap reyalize pwomès li, li ka parèt lojik pou nou ‘ sèvi ak monn nan nèt ’. (1 Korentyen 7:31.) Yon lòt bò, si fwa nou solid, n ap detèmine pou nou chèche Wayòm nan an premye. Ki jan nou ka vin gen yon fwa solid ? Se lè nou pwoche bò kote Jewova grasa priyè nou fè toutan ak tout kè nou e pa mwayen etid pèsonèl nou fè regilyèman (Sòm 1:1-3 ; Filipyen 4:6, 7 ; Jak 4:8). Menm jan ak wa David, nou ka fè priyè sa a : “ Se nan ou mwen mete konfyans mwen, o Jewova. Mwen di : ‘ Ou se Dye mwen. ’ Ala bonte w anpil ! ” — Sòm 31:14, 19.

18, 19. a) Ki jan dilijans fòtifye konfyans nou nan Jewova ? b) Poukisa yon kretyen dwe dispoze fè sakrifis ?

18 Dilijans nan sèvis Jewova : Pòl te asosye konfyans nan Jewova ak dilijans, lè li te ekri : “ Nou ta renmen pou nou chak demontre menm dilijans lan yon fason pou nou ka gen yon asirans totalkapital sou esperans lan jiska lafen. ” ​(Ebre 6:11). Si nou aktif nan sèvis Jewova, l ap soutni nou. Chak fwa nou jwenn sipò sa a, konfyans nou nan li vin pi solid, nou vin “ fèm, san nou pa brannen ”. (1 Korentyen 15:58.) Fwa nou renouvle, e esperans nou asire. — Efezyen 3:16-19.

19 Dispozisyon pou nou fè sakrifis : Pòl te sakrifye yon bèl karyè, yon fason pou l te ka suiv Jezi. Li klè, li te fè bon chwa a, menmsi lavi l pa t toujou fasil nan domèn materyèl (1 Korentyen 4:11-13). Jewova pa pwomèt yon vi nan liks, e pafwa sèvitè li konn oblije lite anba lavi di. Dispozisyon nou genyen pou nou senplifye fason n ap viv e pou nou fè sakrifis montre nan ki degre nou detèmine pou nou sèvi Jewova. — 1 Timote 6:6-8.

20. Poukisa pasyans endispansab pou yon moun ki mete enterè Wayòm nan an premye ?

20 Pasyans : Disip Jak te bay kretyen parèy li yo ankourajman sa a : “ Kidonk, montre nou pasyan, frè m yo, jiska prezans Seyè a. ” ​(Jak 5:7). Nan monn mouvmante sa a, li difisil pou yon moun montre li pasyan. Nou vle bagay yo fèt vit. Men, Pòl ankouraje nou pou nou imite moun ki, “ grasa lafwa ak pasyans, ap benefisye pwomès yo ”. (Ebre 6:12.) Se pou nou dispoze tann Jewova. Lavi etènèl sou yon tè k ap vin yon paradi, wi, sa merite pou nou tann !

21. a) Ki sa nou demontre lè nou mete enterè Wayòm nan an premye ? b) Sou ki sa yo pral pale nan atik ki vin apre a ?

21 Wi, konsèy Jezi te bay pou chèche Wayòm nan an premye a reyalis. Lè nou fè sa, nou demontre nou vrèman mete konfyans nou nan Jewova, e nou chwazi sèl fason ki asire pou yon kretyen viv. Sepandan, Jezi te konseye nou tou pou nou kontinye “ chèche [...] jistis [Bondye] an premye ”. Nan atik ki vin apre a, nou pral wè poukisa nou bezwen ankourajman sa a espesyalman jodi a.

Èske w ka esplike ?

• Anrapò ak bagay materyèl, ki ekilib Jezi te ankouraje nou genyen ?

• Ki sa nou aprann nan egzanp Jezi te bay sou chamo a ak je zegui a ?

• Antanke kretyen, ki kalite k ap ede nou chèche Wayòm Bondye a an premye ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 24]

Anpil nan moun ki te tande pawòl Jezi yo te pòv.

[Foto nan paj 26]

Komèsan nan parabòl Jezi a te sakrifye tout bagay pou yon pèl ki gen anpil valè.

[Foto nan paj 26]

Jennonm rich la te renmen byen li te posede yo plis pase Bondye.

[Foto nan paj 27]

Si nou aktif nan sèvis Jewova, l ap soutni nou.