Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kiyès ou obeyi : Bondye oubyen lèzòm ?

Kiyès ou obeyi : Bondye oubyen lèzòm ?

Kiyès ou obeyi : Bondye oubyen lèzòm ?

“ Nou dwe obeyi Bondye antanke chèf olye nou obeyi lèzòm. ” — TRAVAY 5:29.

1. a) Ki tèks ki sèvi kòm baz pou etid sa a ? b) Poukisa yo te arete apot yo ?

IMAJINE jan jij lakou siprèm juif yo dwe te ankòlè lè yo aprann prizonye yo pa la ankò. Prizonye sa yo se apot Jezi Kris yo ye, yon nonm pi gwo tribinal la te kondane amò kèk semèn oparavan. Kounye a, tribinal la t ap prepare pou l regle ak disip ki te pi pwòch li yo. Men, lè sòlda yo al chèche mesye yo, yo jwenn kote yo te ye nan prizon an vid, alòske pòt yo te rete byen fèmen. Yon ti tan apre, sòlda yo vin aprann apot yo Jerizalèm nan tanp lan, y ap anseye pèp la konsènan Jezi Kris, san yo pa pè. Yo t ap fè menm travay yo te arete yo pou li a. Sòlda yo ale tou dwat nan tanp lan, yo arete apot yo ankò e yo mennen yo nan tribinal. — Travay 5:17-27.

2. Ki sa yon zanj te òdone apot yo pou yo fè ?

2 Se yon zanj ki te libere apot yo nan prizon an. Èske se pou l te ka sove yo anba pèsekisyon ? Non. Se te nan objektif pou moun ki abite Jerizalèm yo te ka tande bon nouvèl konsènan Jezi Kris la. Enstriksyon zanj lan te bay apot yo, se te pou yo “ kontinye di pèp la tout pawòl ki gen rapò ak lavi sa a ”. (Travay 5:19, 20.) Efektivman, lè sòlda nan tanp lan te jwenn apot yo, yo te jwenn yo ap obeyi kòmandman sa a fidèlman.

3, 4. a) Lè yo te òdone Pyè ak Jan pou yo sispann preche, ki sa yo te reponn ? b) Ki repons lòt apot yo te bay ?

3 Gen de nan predikatè detèmine sa yo, anpalan de apot Pyè ak apot Jan, ki te deja parèt devan tribinal la. Jozèf Kayif, ki te prezidan tribinal la, te raple yo avèk fèmte sa li te deja di yo : “ Nou te ban nou lòd fòmèl pou nou pa kontinye sèvi ak non sa a [non Jezi] lè n ap anseye, epoutan, gade, nou ranpli Jerizalèm ak ansèyman nou an. ” ​(Travay 5:28). Kayif pa ta dwe sezi lè li wè Pyè ak Jan retounen nan tribinal la paske, lè yo te òdone yo pou yo sispann preche premye fwa a, de apot yo te reponn : “ Si sa jis nan je Bondye pou nou koute nou pase pou nou koute Bondye, jije nou menm. Men pou nou menm, nou pa kapab sispann pale de bagay nou te wè ak bagay nou te tande. ” Menm jan ak Jeremi, yon pwofèt nan tan lontan, Pyè ak Jan pa t ka sispann akonpli misyon yo te genyen pou yo preche a. — Travay 4:18-20 ; Jeremi 20:9.

4 Men kounye a, se pa t Pyè ak Jan sèlman ki te gen opòtinite pou yo eksprime yo devan tribinal la, men se te tout apot yo, e pami yo te gen yon nouvo apot ki te rele Matyas (Travay 1:21-26). Lè yo te òdone yo pou yo te sispann preche, yo menm tou yo te reponn avèk kran : “ Nou dwe obeyi Bondye antanke chèf olye nou obeyi lèzòm. ” — Travay 5:29.

Obeyi Bondye antanke chèf oubyen obeyi lèzòm ?

5, 6. Pou ki rezon apot yo pa t obeyi lòd tribinal la te ba yo a ?

5 Apot yo se te moun ki respekte lalwa, ki nòmalman pa t ap dezobeyi lòd yon tribinal ba yo. Toutfwa, pa gen okenn imen, kèlkeswa valè pouvwa li ta genyen, ki gen dwa pou l òdone yon moun pou l dezobeyi youn nan kòmandman Bondye yo. Se Jewova ki “ Trèwo sou tout tè a ”. (Sòm 83:18.) Li pa sèlman “ Jij tout tè a ”, men tou li se Lejislatè siprèm e li se Wa letènite. Donk, nenpòt desizyon yon tribinal pran ki kontrè ak kòmandman Bondye yo, Li konsidere l kòm yon desizyon ki pa valab. — Jenèz 18:25 ; Izayi 33:22.

6 Gen kèk espesyalis nan kesyon dwa ki te rekonèt verite sa a. Pa egzanp, William Blackstone, yon jiris anglè ki te trè koni nan dizuityèm syèk la, te ekri pou l fè konnen pa gen youn nan lwa lèzòm fè yo ki gen otorite pou l kontredi “ lwa revele a ” ki nan Bib la. Pakonsekan, Sanedren an te depase limit li lè li te òdone apot yo pou yo sispann preche. Apot yo tou senpleman pa t ap ka obeyi lòd sa a.

7. Poukisa travay predikasyon an te fè prèt an chèf yo ankòlè konsa ?

7 Detèminasyon apot yo te genyen pou yo kontinye preche te fè prèt yo vin ankòlè anpil. Gen kèk nan prèt yo, se Sadiseyen yo te ye, yo pa t kwè nan rezirèksyon, e Kayif se te youn ladan yo (Travay 4:1, 2 ; 5:17). Tandiske, apot yo yo menm yo kontinye sètifye Jezi te resisite nan lanmò. Anplis de sa, gen kèk nan prèt an chèf yo ki te fè gwo efò pou yo ka jwenn favè otorite Women yo. Nan pwosè Jezi a, lè yo te pwopoze prèt an chèf yo pou yo aksepte Jezi kòm wa, yo te menm rive di byen fò : “ Nou pa gen lòt wa apa Seza *. ” ​(Jan 19:15). Nonsèlman apot yo t ap sètifye Jezi resisite, men tou yo t ap anseye apa nan non Jezi, ‘ pa gen okenn lòt non yo te bay anba syèl la pami lèzòm, pou se grasa non sa a nou dwe sove ’. (Travay 2:36; 4:12.) Prèt yo te pè paske yo te panse, si pèp la te mete espwa l nan Jezi antanke lidè, Women yo te ka vini e lidè juif yo t ap pèdi ‘ ni lokal yo a, ni nasyon yo a ’. — Jan 11:48.

8. Ki konsèy saj Gamalyèl te bay Sanedren an ?

8 Lavni te parèt sonm pou apot Jezi Kris yo. Jij yo ki te nan Sanedren an te detèmine pou fè touye yo (Travay 5:33). Sepandan, sanzatann, sitiyasyon an te vin chanje nèt. Yon espesyalis nan kesyon lwa ki rele Gamalyèl, te leve kanpe e li te egzòte kòlèg li yo pou yo pa kouri aji nenpòt ki jan. Avèk sajès, li di yo : “ Si pwojè sa a oswa travay sa a soti nan lèzòm, l ap ranvèse, men si se nan Bondye li soti nou pap ka ranvèse yo. ” Apre sa, li di yon pawòl ki gen anpil enpòtans. Men sa l di : “ Sinon, petèt yo ka twouve nou se moun k ap lite kont Bondye an reyalite. ” — Travay 5:34, 38, 39.

9. Ki sa ki te pwouve travay apot yo t ap fè a se nan Bondye li te soti ?

9 Yon bagay ki etonan, sèke tribinal la te aksepte konsèy Gamalyèl la. Sanedren an “ fè apot yo vini, yo filange yo ak kout frèt, apre sa yo pase yo lòd pou yo sispann pale nan non Jezi, e yo lage yo ”. Olye pou apot yo kite sa entimide yo, okontrè, yo te vin pi detèmine pou yo obeyi kòmandman zanj lan te bay pou yo preche a. Se sa k fè, apre yo fin lage yo, “ chak jou, san rete, ni nan tanp lan ni kay an kay, yo te kontinye anseye e yo te kontinye anonse bon nouvèl konsènan Kris la, Jezi ”. (Travay 5:40, 42.) Jis nan ki pwen Jewova te beni efò yo ? “ Pawòl Bondye a te kontinye ap pwogrese, epi kantite disip yo te kontinye ap miltipliye nan Jerizalèm. ” E sa te vin fè “ yon gwo foul prèt te vin obeyi lafwa a ”. (Travay 6:7.) Ala yon defèt sa te ye pou prèt an chèf yo ! Prèv yo pa t sispann ogmante : travay apot yo t ap fè a se reyèlman nan Bondye li te soti !

Moun k ap lite kont Bondye pa ka ranpòte laviktwa

10. Selon pwennvi lèzòm, poukisa Kayif te ka santi l byen asire, men sa k fè li te mal mete konfyans li ?

10 Nan premye syèk la, se otorite Women yo ki te konn nome gran prèt juif yo. Jozèf Kayif, ki te yon nonm rich, se Valeriyis Gratis ki te mete l nan pozisyon li te ye a. Li te rete nan pòs sa a pi lontan pase tout moun ki te vini anvan l yo. Siman, Kayif te pito kwè se paske li se yon diplomat entèlijan e li se bon zanmi Pilat ki fè li te rete nan pòs sa a pandan anpil tan, olye pou l te kwè se Bondye ki te fè sa. Antouka, kòm se nan lèzòm li te mete konfyans li, li te mal mete l. Annefè, twazan sèlman apre apot yo te fin parèt devan Sanedren an, Kayif te pèdi favè otorite Women yo e yo te revoke l, li pa t gran prèt ankò.

11. Ki jan Pons Pilat ansanm ak sistèm de choz juif la te fini, e ki konklizyon ou tire nan sa ?

11 Pilat pa t ka fè anyen pou Kayif, byenke li te bon zanmi l, paske se Lisiyis Viteliyis, gouvènè peyi Lasiri, chèf siperyè Pilat, ki te bay lòd pou yo retire Kayif nan pòs li. Dayè, sèlman ennan apre sa, yo te revoke Pilat li menm tou, e yo te rele l nan Wòm akoz yon bann gwo akizasyon li te gen sou do l. Kanta chèf juif yo menm ki te mete konfyans yo nan Seza, Women yo te pran ‘ ni lokal yo a ni nasyon yo a ’. Sa te rive nan ane 70 epòk nou an, lè lame women an te ratibwaze vil Jerizalèm, tanp li an ak tout kote Sanedren an te konn reyini. Pawòl salmis la te di a verifye nan ka sa a : “ Pa mete konfyans nou nan potanta, ni nan pitit lòm ki fèt ak tè, e ki pa kapab sove pèsonn. ” — Jan 11:48 ; Sòm 146:3.

12. Ki jan egzanp Jezi pwouve lè yon moun obeyi Bondye li se yon moun ki saj ?

12 Men, Jezi Kris li menm, apre rezirèksyon l, Bondye te etabli l antanke Gran Prèt nan yon gran tanp espirityèl, e pèsonn pa ka retire l nan fonksyon sa a. An reyalite, Jezi “ posede pretriz li san pèsonn pa vin apre l ”. (Ebre 2:9 ; 7:17, 24 ; 9:11.) Bondye etabli Jezi tou antanke Jij sou ni moun ki vivan, ni mò (1 Pyè 4:5). Avèk pouvwa sa a Jezi genyen an, se li k ap detèmine si Jozèf Kayif ak Pons Pilat gen yon posiblite kèlkonk pou yo resisite pou yo reviv ankò. — Matye 23:33 ; Travay 24:15.

Y ap preche Wayòm nan nan epòk pa nou an san yo pa pè

13. Nan epòk pa nou an, ki travay ki parèt klè se travay lèzòm e ki travay ki parèt klè se travay Bondye ? Ki jan w fè konn sa ?

13 Nan epòk pa nou an, menm jan ak nan premye syèk la, gen anpil moun k ap ‘ lite kont Bondye ’. (Travay 5:39.) Pa egzanp, ann Almay, lè Temwen Jewova yo te refize salye Adolf Hitler antanke lidè yo, Hitler te jire l ap disparèt yo (Matye 23:10). Machin lanmò l la sanble te ka fè travay sa a trè byen. Nazi yo te reyisi arete plizyè milye Temwen e yo te voye yo nan kan konsantrasyon. Yo te menm rive touye kèk nan yo. Men yo pa t rive brize rezolisyon Temwen yo te genyen pou yo adore Bondye sèlman, e yo pa t rive disparèt tout pèp Bondye a. Travay kretyen sa yo t ap fè a se nan Bondye li te soti, se pa t nan lèzòm, e pa gen pèsonn ki ka ranvèse travay Bondye. Swasant an apre, frè ki te chape nan kan konsantrasyon Hitler yo toujou ap sèvi Jewova ‘ ak tout kè yo, ak tout nanm yo e ak tout lespri yo ’, tandiske Hitler ak tout pati nazi l la pa egziste ankò, e se sèlman pou zak mechanste yo te konn fè yo sonje yo. — Matye 22:37.

14. a) Ki efò opozan yo fè pou yo sal repitasyon sèvitè Bondye yo, e ki sa sa lakòz ? b) Èske efò sa yo ap fè pèp Bondye a ditò nètale (Ebre 13:5, 6) ?

14 Depi epòk nazi a, gen lòt moun toujou ki angaje yo nan mennen lit anven kont Bondye ansanm ak pèp li a. Nan plizyè peyi ann Ewòp, gen yon seri relijye ak politisyen magouyè k ap fè tout sa yo kapab pou yo mete etikèt ‘ sèk danjere ’ sou do Temwen Jewova yo, menm akizasyon ki te tonbe sou do kretyen yo nan premye syèk la (Travay 28:22). Alòske, Tribinal ewopeyen pou dwa moun rekonèt Temwen Jewova yo antanke relijyon, pa antanke sèk. Opozan yo dwe rekonèt sa. Malgre sa, yo kontinye ap bay manti sou do Temwen yo e akoz vèni yo lage sou do yo, gen kèk kretyen yo revoke nan travay yo. Gen pitit Temwen Jewova y ap bay pwoblèm nan lekòl yo. Gen kèk pwopriyetè ki pè, sa fè yo anile kontra lokasyon batisman Temwen yo te konn itilize depi plizyè ane pou yo fè reyinyon. Nan kèk ka, gen ajans gouvènmantal ki te menm refize natiralize kèk moun, senpleman paske yo se Temwen Jewova ! Malgre tout sa, Temwen yo pa dekouraje.

15, 16. Ki jan Temwen Jewova an Frans yo reyaji devan opozisyon yo jwenn nan travay y ap fè antanke kretyen, e poukisa yo kontinye preche ?

15 Pa egzanp, an Frans, jeneralman moun yo se moun ki rezonab e ki respekte opinyon moun. Sepandan, gen yon ti gwoup opozan ki chofe pou yo adopte kèk lwa nan objektif pou yo bloke aktivite Wayòm nan. Ki jan Temwen Jewova nan peyi sa a reyaji ? Yo ogmante patisipasyon yo nan travay predikasyon an pi plis pase oparavan. E yo jwenn bon rezilta (Jak 4:7). Nan simwa sèlman, kantite etid biblik yo ogmante de 33 pousan ! Dyab la dwe ankòlè lè l wè moun an Frans ki gen kè onèt reyaji byen devan bon nouvèl la (Revelasyon 12:17). Frè nou yo nan peyi Lafrans gen konfyans pawòl pwofèt Izayi te di a ap reyalize nan ka pa yo : “ Nanpwen zam y ap fòje kont ou k ap reyisi, e depi se lang ki va leve kont ou nan jijman an, w ap kondane l. ” — Izayi 54:17.

16 Temwen Jewova yo pa renmen lè y ap pèsekite yo. Sepandan, pou yo obeyi kòmandman Bondye bay tout kretyen yo, yo pa ka pa pale de bagay yo te tande e yo pap janm sispann fè sa. Yo fè tout sa yo kapab pou rete bon sitwayen. Sepandan, lè gen konfli ant lwa Bondye ak lwa lèzòm, yo dwe obeyi Bondye antanke chèf.

Pinga nou pè yo

17. a) Poukisa nou pa dwe pè ènmi nou yo ? b) Ki atitid nou ta dwe genyen anvè moun k ap pèsekite nou ?

17 Ènmi nou yo vrèman sou yon move pant. Y ap lite kont Bondye. Donk, ann amoni ak kòmandman Jezi yo, olye nou pè moun k ap pèsekite nou yo, n ap priye pou yo (Matye 5:44). N ap priye pou si gen kèk nan opozan Bondye sa yo k ap aji konsa, paske yo nan inyorans menm jan ak Sol, pou Jewova fè yo gras pou l ouvè je yo pou yo ka wè laverite (2 Korentyen 4:4). Sol te vin tounen apot Pòl, yon apot Jezi, e li te soufri anpil li menm tou anba men otorite nan epòk pa l la. Sepandan, li te kontinye fè kwayan parèy li yo sonje “ pou yo soumèt devan gouvènman yo ak otorite yo, e [pou yo] obeyi yo kòm chèf, pou yo pare pou tout bon travay, pou yo pa pale pyès moun mal [non, menm moun ki te konn pèsekite yo pi rèd yo], pou yo pa agresif, pou yo rezonab, pou yo montre yo se moun ki dou toutbon avèk tout kalite moun ”. (Tit 3:1, 2.) Temwen Jewova an Frans yo ak tout lòt kote sou tè a fè tout sa yo kapab pou yo aplike konsèy sa a.

18. a) Ki fason Jewova ka delivre sèvitè l ? b) Ki jan sa ap toujou fini pou yo ?

18 Men sa Bondye te di pwofèt Jeremi : “ Mwen avè w pou mwen delivre w. ” ​(Jeremi 1:8). Ki jan Jewova ka delivre nou anba pèsekisyon jodi a ? Li ka fè vin gen yon jij ki respekte opinyon lòt moun menm jan ak Gamalyèl. Oubyen, sanzatann, li ka fè yon dirijan ki rezonab vin ranplase youn ki kòwonpi e ki ostil avèk nou. Sepandan, pafwa, Jewova ka pèmèt yon pèsekisyon kontinye (2 Timote 3:12). Si Bondye kite nou jwenn pèsekisyon, l ap toujou ban nou fòs pou nou andire (1 Korentyen 10:13). E kèlkeswa sa Bondye ta kite rive nou, nou pa gen dout, moun k ap lite kont pèp Bondye a se kont Bondye menm y ap lite an reyalite, e yo pap janm ranpòte laviktwa.

19. Ki tèks yo chwazi kòm tèks pou ane 2006 la, e poukisa li apwopriye ?

19 Jezi te di disip li yo pou yo atann yo y ap jwenn tribilasyon (Jan 16:33). Anrapò ak sa, pawòl ki rapòte nan Travay 5:29 la pa ta ka pi apwopriye. Men sa l di : “ Nou dwe obeyi Bondye antanke chèf olye nou obeyi lèzòm. ” Se poutèt sa, se pawòl ankourajan sa yo ki pral sèvi kòm tèks pou Temwen Jewova yo pou ane 2006 la. Annou pran rezolisyon pou nou obeyi Bondye antanke Chèf pandan ane k ap vini an e pandan tout letènite, kèlkeswa sa sa mande !

[Nòt anba paj]

^ § 7 “ Seza ” sa a prèt an chèf yo t ap soutni nan okazyon sa a se te Tibè, yon anperè women, yon nonm meprizab, yon ipokrit, yon asasen. Yo te konnen l tou kòm yon moun ki te gen abitid seksyèl repiyan. — Dànyèl 11:15, 21.

Èske nou ka reponn ?

• Ki bèl egzanp apot yo kite pou nou nan fason yo te reyaji devan opozisyon ?

• Poukisa nou dwe toujou obeyi Bondye antanke chèf olye nou obeyi lèzòm ?

• An reyalite, kont kiyès moun ki opoze avèk nou yo ap lite ?

• Ki rezilta nou ka atann moun ki andire pèsekisyon yo ap jwenn ?

[Kesyon]

[Antrefilè nan paj 16]

Men tèks n ap genyen pou ane 2006 la : “ Nou dwe obeyi Bondye antanke chèf olye nou obeyi lèzòm. ” — Travay 5:29.

[Foto nan paj 12]

“ Nou dwe obeyi Bondye antanke chèf olye nou obeyi lèzòm. ”

[Foto nan paj 14]

Kayif te mete konfyans li nan lèzòm olye l te mete l nan Bondye.