Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kounye a se moman pou nou aji avèk detèminasyon

Kounye a se moman pou nou aji avèk detèminasyon

Kounye a se moman pou nou aji avèk detèminasyon

“ Jis ki lè n ap ret ap bwete sou de opinyon diferan ? ” — 1 WA 18:21.

1. Ki sa ki fè epòk nou an diferan ak lòt epòk yo ?

ÈSKE w kwè se Jewova ki sèl vrè Dye a ? Èske w kwè tou pwofesi ki nan Bib la montre se epòk pa nou an ki “ dènye jou ” sistèm mechan Satan an (2 Timote 3:1) ? Si w kwè sa, siman w ap dakò, kounye a, plis pase nenpòt lòt lè, se moman pou yon moun aji avèk detèminasyon. Nan tout listwa lèzòm, pa t janm gen yon epòk anvan sa kote te gen tout vi sa yo ki an danje.

2. Ki sa ki te pase nan wayòm dis tribi Izrayèl la pandan rèy wa Ahab la ?

2 Nan dizyèm syèk anvan epòk nou an, nasyon Izrayèl la te bezwen pran yon gwo desizyon. Yo te dwe deside yo pou yo konnen kiyès y ap sèvi. Wa Ahab, ki te kite madanm payen li te genyen an, anpalan de Jezabèl, enfliyanse l, t ap soutni adorasyon Baal nan wayòm dis tribi Izrayèl la. Baal se te yon dye fètilite, e adoratè li yo te kwè se li ki te konn fè lapli tonbe e ki te konn fè yo fè bon rekòt. Pifò nan adoratè Baal yo te konn voye yon bo pou li, oswa yo te konn pwostène devan youn nan imaj dye yo a. Pou adoratè Baal yo te pouse l beni rekòt yo ak betay yo, yo te konn patisipe nan banbòch seksyèl ak pwostitye ki te nan tanp lan. Yo te gen abitid tou pou yo blese kò yo pou yo fè san koule. — 1 Wa 18:28.

3. Ki efè adorasyon Baal te gen sou pèp Bondye a ?

3 Te gen anviwon 7 000 Izrayelit ki te refize patisipe nan fòm adorasyon sa a ki te gen idolatri, imoralite, ak vyolans ladan l (1 Wa 19:18). Yo te toujou rete atache fidèlman ak relasyon alyans yo te genyen ak Jewova Dye. Pou rezon sa a, yo te pèsekite yo. Pa egzanp, rèn Jezabèl te touye anpil pwofèt Jewova (1 Wa 18:4, 13). Akoz sikonstans difisil sa yo, pifò Izrayelit te tonbe nan melanje pratik payen ak adorasyon yo t ap bay Jewova, yo t ap eseye fè ni Jewova, ni Baal plezi. Men, pou yon Izrayelit vire do bay Jewova pou l al adore yon fo dye, sa a se te apostazi. Jewova te pwomèt pou l beni Izrayelit yo depi yo renmen l e depi yo obeyi kòmandman l yo. Sepandan, li te avèti yo, li te di yo si yo pa t ba l yon “ atachman san pataj ”, li t ap elimine yo. — Detewonòm 5:6-10 ; 28:15, 63.

4. Ki sa Jezi ansanm ak apot li yo te predi ki t ap rive pami kretyen yo, e ki jan sa akonpli ?

4 Gen yon sitiyasyon konsa ki egziste jodi a nan kretyente a. Manm legliz yo ap klewonnen yo se kretyen. Men, fèt yo selebre yo, konduit yo ak kwayans yo dozado ak ansèyman ki nan Bib la. Menm jan ak Jezabèl, klèje kretyente a pran latèt nan pèsekisyon kont Temwen Jewova yo. Epitou, klèje kretyente a gen anpil tan depi l ap soutni lagè. Konsa, li responsab lanmò plizyè milyon manm legliz. Sipò sa a relijyon yo ap bay gouvènman nan monn nan, Bib la rele l fònikasyon espirityèl (Revelasyon 18:2, 3). Anplis de sa, kretyente a ap vin pi toleran anrapò ak fònikasyon nan sans literal, menm pami manm klèje a. Jezi Kris ansanm ak apot li yo te gentan predi yon gwo apostazi konsa (Matye 13:36-43 ; Travay 20:29, 30 ; 2 Pyè 2:1, 2). Ki sa ki pral rive tout milyon moun sa yo ki fè pati kretyente a ? E ki responsablite vrè adoratè Jewova yo genyen parapò ak moun sa yo e ak lòt moun fo relijyon yo ap twonpe yo ? Nou jwenn yon repons klè lè nou egzamine evènman trajik ki te mennen nan ‘ eliminasyon Baal ann Izrayèl ’. — 2 Wa 10:28.

Lanmou Bondye gen pou pèp li a ki te rebèl

5. Ki jan Jewova te montre lanmou ak sousi pou pèp li a ki te rebèl ?

5 Jewova Dye pa pran plezi nan pini moun ki enfidèl anvè l. Antanke yon Papa ki plen lanmou, li vle pou moun ki mechan yo repanti e pou yo retounen vin jwenn li (Ezekyèl 18:32 ; 2 Pyè 3:9). Yon prèv ki montre sa, se lefètke Jewova te sèvi ak plizyè pwofèt nan epòk Ahab ak Jezabèl la pou l avèti pèp la sou konsekans adorasyon Baal t ap genyen. Eliya se te youn nan pwofèt sa yo. Apre yon gwo sechrès yo te deja anonse alavans, Eliya di wa Ahab pou l rasanble Izrayelit yo ansanm ak pwofèt Baal yo sou mòn Kamèl. — 1 Wa 18:1, 19.

6, 7. a) Ki jan Eliya te montre rasin apostazi Izrayèl la aklè ? b) Ki sa pwofèt Baal yo te fè ? c) Ki sa Eliya te fè ?

6 Yo te reyini yon kote ki te gen yon lotèl pou Jewova anvan sa, yon lotèl yo te “ demoli ”, petèt pou yo te fè Jezabèl plezi (1 Wa 18:30). Malerezman, Izrayelit ki te la yo pa t sèten, ant Jewova e Baal, kiyès nan yo de a ki te plis ka fè lapli tonbe, yon lapli yo te bezwen anpil. Te gen 450 pwofèt Baal, alòske se sèlman Eliya ki te la antanke pwofèt Jewova. Eliya atake rasin pwoblèm pèp la, li mande yo : “ Jis ki lè n ap ret ap bwete sou de opinyon diferan ? ” Epi, Eliya te tou senpleman mete yon chwa devan yo : “ Si Jewova se vrè Dye a, al suiv li. Men si se Baal, al suiv li. ” Pou Eliya montre Izrayelit yo, ki pa t konn sa pou yo deside, se Jewova yo ta dwe bay yon adorasyon san pataj, li pwopoze pou yo fè yon tès pou yo wè kiyès ki vrè Dye a. Nan tès sa a, yo t ap gen pou yo ofri de jèn towo an sakrifis, youn pou Jewova e lòt la pou Baal. Vrè Dye a t ap gen pou l fè dife kankannen sakrifis pa l la. Pwofèt Baal yo mete sakrifis yo a pre, e pandan plizyè èdtan, yo t ap rele : “ O Baal, reponn nou non ! ” Lè Eliya kòmanse pase yo nan rizib, yo blese kò yo jiskaske san koule, e yo rele ak tout fòs yo. Men yo pa t jwenn okenn repons. — 1 Wa 18:21, 26-29.

7 Kounye a, se te tou pa Eliya. Premye sa l fè, li repare ansyen lotèl Jewova a e li ranje moso jèn towo a sou li. Apre sa, li mande pou yo vide kat gwo ja dlo sou sakrifis la. Yo fè sa twa fwa, jiskaske rigòl yo te fè toutotou lotèl la te ranpli ak dlo. Apre sa, Eliya kòmanse priye, li di : “ O Jewova, Bondye Abraram, Izarak ak Izrayèl la, jodi a se pou yo konnen ou se Bondye ann Izrayèl, e mwen menm mwen se sèvitè w e se pa mwayen pawòl ou mwen fè tout bagay sa yo. Reponn mwen, o Jewova, reponn mwen, pou pèp sa a ka konnen ou menm Jewova, ou se vrè Dye a e se ou menm menm ki ramne kè yo. ” — 1 Wa 18:30-37.

8. Ki jan Bondye te reponn priyè Eliya a, e ki sa pwofèt la te fè ?

8 Vrè Dye a reponn, li fè yon dife sot nan syèl la, li kankannen ni sakrifis la, ni lotèl la. Dife sa a te seche menm dlo ki te nan rigòl ki te toutotou lotèl la. Imajine ki efè sa te genyen sou Izrayelit yo. “ Menm kote a, yo tonbe sou fas yo e yo di : ‘ Jewova se vrè Dye a ! Jewova se vrè Dye a ! ’ ” Apre sa, Eliya te pran yon desizyon ki montre li gen detèminasyon, li te bay Izrayelit yo lòd, li te di yo : “ Mete men sou pwofèt Baal yo ! Pa kite youn nan yo chape ! ” Lè sa a, yo egzekite tout 450 pwofèt Baal yo nan pye mòn Kamèl. — 1 Wa 18:38-40.

9. Anba ki lòt eprèv vrè adoratè yo te pase ?

9 Nan menm jou sa a, yon jou ki inoubliyab, Jewova fè lapli tonbe nan peyi a pou premye fwa depi twazan edmi (Jak 5:17, 18) ! Ou ka imajine de ki sa tout Izrayelit t ap pale pandan yo t ap retounen lakay yo. Jewova te montre se li menm ki vrè Dye a. Sepandan, adoratè Baal yo pa t abandone. Jezabèl te kontinye kanpay pèsekisyon li te kòmanse kont sèvitè Jewova yo (1 Wa 19:1, 2 ; 21:11-16). Kidonk, entegrite pèp Jewova a t apral sibi yon lòt eprèv. Èske yo t ap bay Jewova yon atachman san pataj lè jou jijman l lan t ap vini sou adoratè Baal yo ?

Se kounye a pou nou aji avèk detèminasyon

10. a) Nan epòk pa nou an, ki sa kretyen wen yo ap fè ? b) Ki sa sa vle di pou yon moun obeyi kòmandman nou jwenn nan Revelasyon 18:4 la ?

10 Nan epòk pa nou an, kretyen wen yo ap fè yon travay ki sanble ak travay Eliya a. Kit se ak pawòl nan bouch yo, kit se pa mwayen sa yo ekri, yo avèti moun nan tout nasyon, ni nasyon ki nan kretyente a, ni sa ki pa ladan l, konsènan malè pandye fo relijyon an reprezante pou yo. Kòm rezilta, gen plizyè milyon moun ki deside pa fè pati fo relijyon ankò. Yo vwe vi yo bay Jewova e yo batize antanke disip Jezi Kris. Wi, yo koute apèl ijan sa a konsènan fo relijyon an : “ Soti ladan l, pèp mwen, si nou pa vle patisipe avèk li nan peche l yo, e si nou pa vle resevwa pa nou nan flewo l yo. ” — Revelasyon 18:4.

11. Pou yon moun gen apwobasyon Jewova, ki sa ki nesesè pou l fè ?

11 Toutfwa, gen plizyè milyon lòt moun, byenke mesaj biblik Temwen Jewova yo ap preche a atire yo, yo toujou pa fin sèten konsènan sa yo dwe fè. Genyen ki asiste kèk reyinyon yon lè konsa, tankou Soupe Seyè a ak kèk sesyon nan kongrè distri yo. Nou ankouraje moun sa yo pou yo byen egzamine pawòl Eliya te di a : “ Kilè n’a sispann woule de bò ! ” ​(1 Wa 18:21, Bib la). Olye pou y ap di y a gen tan, se kounye a yo ta dwe aji e yo ta dwe fè tout sa yo kapab pou yo vwe vi yo e pou yo batize antanke adoratè Jewova. Yo riske pèdi posiblite pou yo viv pou toutan. — 2 Tesalonisyen 1:6-9.

12. Nan ki sitiyasyon danjere kèk kretyen tonbe, e ki sa yo ta dwe fè ?

12 Malerezman, gen kèk kretyen ki deja batize, epoutan ki vin iregilye oubyen ki vin inaktif nan adorasyon y ap bay (Ebre 10:23-25 ; 13:15, 16). Genyen ki pèdi zèl yo te genyen anvan, paske yo pè pèsekisyon, oubyen akoz enkyetid lavi a, dezi yo genyen pou yo vin rich oubyen y ap kouri dèyè plezi egoyis. Jezi te bay avètisman konsènan bagay sa yo. Li te di bagay sa yo t ap fè kèk nan disip li yo trebiche, yo t ap toufe fwa yo, e yo t ap pran yo nan pyèj (Matye 10:28-33 ; 13:20-22 ; Lik 12:22-31 ; 21:34-36). Olye pou moun sa yo kòmsidire ap “ bwete sou de opinyon diferan ”, yo ta dwe ‘ zele e yo ta dwe repanti ’, toutpandan y ap aji pou yo respekte ve yo te fè bay Jewova a. — Revelasyon 3:15-19.

Fo relijyon ap fini bridsoukou

13. Dekri sitiyasyon ki te gen ann Izrayèl lè yo te wenn Yewou kòm wa.

13 Rezon ki fè li ijan kounye a pou yon moun aji avèk detèminasyon, nou jwenn li nan sa ki te pase ann Izrayèl, 18 an apre kesyon kiyès ki vrè Dye a te fin regle sou mòn Kamèl. Jou jijman Jewova kont Baal la te vini bridsoukou, sanzatann, pandan ministè Elicha, ki te vin ranplase Eliya. Yeworam, pitit wa Ahab, t ap reye sou Izrayèl. Jezabèl te toujou vivan, e antanke manman wa a, li te kenbe tit rèn nan. Elicha voye reprezantan l an sekrè al wenn Yewou, chèf lame Izrayèl la, kòm nouvo wa sou Izrayèl. Lè sa a, Yewou te nan zòn lès Jouden an, nan Ramòt-Gileyad, li te alatèt yon gè ki t ap fèt kont ènmi Izrayèl yo. Wa Yeworam te nan Yizreyèl, nan vale plèn ki toupre Megido a. Li t ap reprann li apre l te fin blese nan yon konba. — 2 Wa 8:29–9:4.

14, 15. Ki misyon Yewou te resevwa, e ki jan li te reyaji ?

14 Men sa Jewova te òdone Yewou pou l fè : “ Ou dwe detwi mezon Ahab, seyè w la, e mwen dwe vanje san sèvitè m yo pwofèt yo ak san tout sèvitè Jewova yo, nan men Jezabèl. E tout moun kay Ahab dwe peri [...]. E Jezabèl menm, se chen k ap manje l nan pòsyon tè Yizreyèl la, e pèsonn pap antere l. ” — 2 Wa 9:7-10.

15 Yewou se te yon nonm ki pa t konn pran tan pou l aji. San pèdi tan, li monte sou charyo l e li kouri al Yizreyèl. Gen yon santinèl nan Yizreyèl ki konn jan Yewou kouri charyo, li kouri al di Yeworam men Yewou ap vini. Lè sa a, Yeworam monte sou charyo pa l e l al rankontre chèf lame l la. Lè yo rankontre, Yeworam di Yewou : “ Èske gen lapè, Yewou ? ” Yewou reponn li : “ Ki lapè ki pou ta genyen toutotan gen fònikasyon Jezabèl, manman w, ak pil sòsèlri l yo. ” Epi, san Yewou pa bay Yeworam tan pou l chape, li manche banza l e li touye Yeworam ak yon flèch ki pèse kè li. — 2 Wa 9:20-24.

16. a) Devan ki sitiyasyon kèk fonksyonè lakou wayal Jezabèl la te twouve yo bridsoukou ? b) Ki jan pawòl Jewova te di konsènan Jezabèl la te reyalize ?

16 San pèdi tan, Yewou monte nan vil la avèk charyo li. Jezabèl, ak yon pakèt makiyaj nan figi l, voye je l anba etan l nan yon fenèt, li pale ak Yewou yon fason ki menasan. Yewou pa okipe l, Yewou rele mande èd, li di : “ Kiyès ki avè m ? Kiyès ? ” Sèvitè Jezabèl yo te oblije deside yo pou yo aji. Gen dezoutwa fonksyonè nan lakou wayal la ki parèt tèt yo nan fenèt la. Menm kote a, fidelite yo te pase anba eprèv. Yewou ba yo lòd, li di : “ Lage l anba ! ” Fonksyonè yo lage Jezabèl anba nan lari a, e se la cheval Yewou yo ansanm ak charyo l yo pase sou manmzèl e yo kraze l. Se konsa, dam sa a ki t ap ankouraje adorasyon Baal la te fini, e li te byen merite sa. E anvan yo te gentan antere l, chen te deja manje chè l, jan sa te predi. — 2 Wa 9:30-37.

17. Nan ki evènman ki gen pou vini jijman Bondye te egzekite kont Jezabèl la ta dwe fòtifye fwa nou ?

17 Gen yon fen tèrib konsa ki pral frape “ Gran Babilòn nan ”, pwostitye senbolik la ki reprezante fo relijyon ki nan monn Satan an. Fo relijyon sa yo soti nan ansyen vil Babilòn. Apre fo relijyon yo fin detwi, Jewova pral regle ak tout moun ki fè pati rès monn Satan an. Moun sa yo, yo menm tou yo pral detwi. Konsa, Jewova ap prepare wout pou nouvo sistèm jis la. — Revelasyon 17:3-6 ; 19:19-21 ; 21:1-4.

18. Apre lanmò Jezabèl, ki sa ki te rive adoratè Baal yo ann Izrayèl ?

18 Apre Jezabèl fin mouri, wa Yewou pa t pèdi tan pou l egzekite desandan Ahab yo ak prensipal moun ki t ap soutni l yo (2 Wa 10:11). Men, te gen anpil adoratè Baal ki te toujou rete nan peyi a. Yewou te aji kont moun sa yo pou l montre li pa “ tolere okenn rivalite ak Jewova ”. (2 Wa 10:16.) Yewou pran pòz li se yon adoratè Baal tou, li fè yon gwo fèt nan tanp Ahab te bati pou Baal nan Samari a. Tout adoratè Baal ki te gen ann Izrayèl yo vini nan fèt la. Yo pyeje tout anndan tanp lan, e mesye Yewou yo te masakre yo. Men ki sa Bib la di nan fen istwa a : “ Se konsa Yewou elimine Baal ann Izrayèl. ” — 2 Wa 10:18-28.

19. Ki bèl pèspektiv k ap ret tann manm “ gwo foul ” adoratè Jewova yo ?

19 Yo te elimine adorasyon Baal ann Izrayèl. Jodi a, nou gen menm asirans lan tou : fo relijyon ki nan monn sa a pral disparèt bridsoukou, se pral yon fen tèrib. Nan ki kan w ap ye pandan gran jou jijman sa a ? Se kounye a, ou dwe aji avèk detèminasyon. Si w fè sa, ou ka gen privilèj pou w pami “ gwo foul ” la k ap chape nan “ gwo tribilasyon an ”. Lè sa a, w ap anmezi pou w vire gade dèyè ak lajwa e w ap bay Bondye louwanj, paske li egzekite jijman l sou “ gwo pwostitye a ki te kòwonp latè ak fònikasyon l lan. ” Lè sa a, ansanm ak vrè adoratè yo, w ap toutafè dakò ak pawòl ankourajan sa yo vwa ki sot nan syèl la ap chante, kote y ap di : “ Louwe Ya, paske Jewova Bondye nou an, Toupisan an, kòmanse reye. ” — Revelasyon 7:9, 10, 14 ; 19:1, 2, 6.

Kesyon pou meditasyon

• Ki jan Izrayèl tan lontan an te vin tonbe nan adore Baal ?

• Ki gwo apostazi Bib la te gentan predi ki t ap genyen, e ki jan pwofesi sa a reyalize ?

• Ki jan Yewou te elimine adorasyon Baal ann Izrayèl ?

• Ki sa nou dwe fè si nou vle chape nan jou jijman Bondye a ?

[Kesyon]

[Kat jeyografik nan paj 18]

(Gade peryodik la)

Soko

Afèk

Èlkat

Yokneyam

Megido

Taanak

Dotàn

SAMARI

Enndò

Shounèm

Ofra

Yizreyèl

Yibleyam (Gat-Rimòn)

Titsa

Bèt-Chemèch

Bèt-Sheyàn (Bèt-Shàn)

Yabèch-Gileyad ?

Abèl-Mewola

Mezon Abèl

Ramòt-Gileyad

Mòn yo

Mòn Kamèl

Mòn Tabò

More

Mòn Gilbowa

[Lanmè]

Lanmè Meditèrane

Lanmè Galile

[Rivyè]

Rivyè Jouden

[Sous ak pi]

Sous Awòd

[Liy kredi]

Dapre kat ki pwopriyete Pictorial Archive (Near Eastern History) Est. and Survey of Israel ki gen tout dwa sou yo

[Foto nan paj 19]

Patisipe nan predikasyon Wayòm nan regilyèman ak asiste reyinyon yo regilyèman, se de aspè endispansab nan vrè adorasyon an.

[Foto nan paj 20, 21]

Menm jan ak Yewou, tout moun ki vle chape nan jou Jewova a dwe aji avèk detèminasyon.