Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pwen enteresan ki nan liv Ezra a

Pwen enteresan ki nan liv Ezra a

Pawòl Jewova a vivan

Pwen enteresan ki nan liv Ezra a

LIV Ezra a kòmanse istwa l la kote liv 2 Kwonik la fini pa l la. Moun ki ekri liv sa a, anpalan de Ezra, yon prèt, kòmanse avèk yon dekrè wa peyi Pès la, Siris, te bay ki pèmèt yon rès Juif ki te ann egzil nan Babilòn retounen nan peyi yo. Fen istwa a pale de mezi Ezra te pran pou l pirifye sila yo ki te kòwonp tèt yo avèk moun ki te nan peyi a. Liv la kouvri yon peryòd 70 an antou, soti nan ane 537 rive nan ane 467 anvan epòk nou an.

Objektif klè Ezra te genyen ki fè li te ekri liv sa a, se pou l te montre kòman Jewova te akonpli pwomès li te fè pou l libere pèp li sot ann egzil nan Babilòn e pou l retabli vrè adorasyon an nan Jerizalèm. Se sa k fè, Ezra mansyone sèlman evènman ki gen rapò ak objektif sa a. Liv Ezra a rakonte nan ki sikonstans tanp lan te rekonstwi e ki jan adorasyon Jewova a te retabli malgre opozisyon, malgre mankman pèp Bondye a. Istwa sa a gen anpil enpòtans pou nou, paske nou menm tou n ap viv nan yon epòk retablisman. Anpil moun ap vin an foul nan “ montay Jewova a ”, e tout tè a sou wout pou l “ ranpli ak konesans sou glwa Jewova ”. — Izayi 2:2, 3 ; Abakouk 2:14.

TANP LAN REKONSTWI

(Ezra 1:1–6:22)

Apre Siris te fin fè soti dekrè liberasyon an, anviwon 50 000 Juif ki te ann egzil te retounen Jerizalèm sou direksyon gouvènè Zowobabèl, ki te rele Chechbatsa tou. Rapidman, Juif ki te retounen yo te bati lotèl la sou anplasman kote l te ye a, e yo te kòmanse ofri sakrifis bay Jewova.

Ane ki vin apre a, Izrayelit yo poze fondasyon mezon Jewova a. Ènmi yo kontinye kanpe an kwa kont travay rekonstriksyon an e yo te menm rive jwenn lòd nan men wa a pou kanpe travay la. Pwofèt Agayi ak pwofèt Zekarya motive pèp la pou yo reprann konstriksyon tanp lan malgre entèdiksyon an. Piske dekrè peyi Pès pa ka chanje, advèsè yo te ret kanpe lwen paske yo te pè opoze ak yon dekrè Siris te deja bay. Yon rechèch ofisyèl ki te fèt pèmèt yo dekouvri yon lòd Siris te bay “ konsènan mezon Bondye a nan Jerizalèm ”. (Ezra 6:3.) Travay la avanse kòrèkteman jiskaske li fin acheve.

Kesyon biblik ak tout repons :

1:3-6 — Izrayelit ki te chwazi pa retounen nan peyi yo, èske se lafwa yo ki te febli ki te fè sa ? Petèt gen kèk nan yo ki pa t retounen Jerizalèm paske yo te materyalis oswa paske yo te manke apresyasyon pou vrè adorasyon an, men se pa t tout ki te konsa. Toudabò, pou yo fè 1 600 kilomèt ap vwayaje al Jerizalèm, sa t ap pran kat ou senk mwa. Anplis de sa, vin abite nan yon peyi ki te dezole pandan 70 an, met sou travay rekonstriksyon ki t ap tann yo, tout sa t ap egzije anpil enèji. Kidonk, gen kèk sikonstans asireman ki te anpeche kèk Izrayelit retounen, tankou maladi, vyeyès oswa obligasyon familyal.

2:43 — Kiyès Netinim yo te ye ? Se te yon seri moun ki pa t Izrayelit, men ki te konn sèvi nan tanp lan antanke esklav oubyen sèvitè. Pami yo te gen desandan Gibeyonit epòk Jozye yo, ak lòt moun “ David ansanm ak prens yo te bay pou sèvis Levit yo ”. — Ezra 8:20.

2:55 — Kiyès pitit sèvitè Salomon yo te ye ? Se te yon seri moun ki pa t Izrayelit, men ki te gen privilèj espesyal nan sèvis Jewova. Yo te ka sèvi nan tanp lan antanke eskrib, oubyen yo te konn fè kèk travay administratif.

2:61-63 — Èske Ourim ak Toumim yo te konn itilize lè yo te bezwen jwenn yon repons nan men Jewova te toujou egziste pou moun ki te sot ann egzil yo ? Moun ki te pretann yo nan liy fanmi prèt yo, men ki pa t ka etabli jeneyaloji yo, te kapab itilize Ourim ak Toumim nan pou sètifye sa yo di a. Ezra jis mansyone sa kòm yon posiblite. Nan Ekriti yo, pa gen okenn kote yo di yo te itilize Ourim ak Toumim, ni nan moman sa a, ni apre sa. Selon tradisyon Juif yo, Ourim ak Toumim nan te disparèt lè yo te detwi tanp lan nan ane 607 anvan epòk nou an.

3:12 — Poukisa “ mesye ki aje yo, ki te wè ansyen mezon ” Jewova a, te kriye ? Mesye sa yo te ka sonje jan tanp Salomon te konstwi a te grandyoz. Lè yo konpare l ak lòt tanp lan, fondasyon nouvo a ki te devan yo a pa t sanble “ anyen nan je [yo] ”. (Agayi 2:2, 3.) Èske efò yo te fè yo t ap fè tanp sa a rejwenn glwa ansyen tanp lan ? Sa dwe te fè yo santi yo dekouraje, donk, yo te kriye.

3:8-10 ; 4:23, 24 ; 6:15, 16 — Konbyen ane sa te pran pou yo rebati tanp lan ? Yo te poze fondasyon tanp lan an 536 anvan epòk nou an, “ nan dezyèm ane retou yo a ”. Travay konstriksyon an te kanpe an 522 anvan epòk nou an, nan jou wa Atakzèksès. Entèdiksyon an te kontinye jis nan ane 520 anvan epòk nou an, nan dezyèm ane wa Dariyis. Tanp lan te fini nan sizyèm ane rèy li a, sa vle di an 515 anvan epòk nou an (Gade kare “ Wa peyi Pès yo, soti 537 rive 467 anv. e. nou an ”). Donk, konstriksyon tanp lan te pran anviwon 20 an.

4:8–6:18 (4:8, nòt anba paj) — Poukisa yo te ekri vèsè sa yo ann arameyen ? Angwo, pòsyon sa a gen kopi lèt fonksyonè gouvènman voye bay wa e li gen repons yo tou. Ezra te pran yo nan achiv piblik ki te ekri ann arameyen, lang komèsyal ak diplomatik epòk la, e li te rekopye yo. Lòt pati nan Bib la ki ekri nan ansyen lang semitik sa a se Ezra 7:12-26, Jeremi 10:11 ak Dànyèl 2:4b–7:28.

Leson pou nou jodi a :

1:2. Bagay Izayi te pwofetize depi anviwon 200 an alavans te reyalize (Izayi 44:28). Pwofesi ki nan Pawòl Jewova a pa janm echwe.

1:3-6. Menm jan ak Izrayelit ki te rete Babilòn yo, gen anpil Temwen Jewova ki pa ka pran sèvis aplentan oswa ki pa ka al sèvi kote ki gen plis bezwen. Toutfwa, yo soutni moun ki kapab yo, yo ankouraje yo, epi yo fè ofrann volontè pou soutni travay predikasyon Wayòm nan ak travay fè disip la.

3:1-6. Nan ane 537 anvan epòk nou an, nan setyèm mwa a (Tichri, ki koresponn ak mwa septanm/oktòb), Juif fidèl ki te retounen lakay yo te ofri premye sakrifis yo. Wa Neboukadnetsa te antre Jerizalèm nan senkyèm mwa (Ab, ki koresponn ak mwa jiyè/out) nan ane 607 anvan epòk nou an, e de mwa apre, vil la te gentan dezole nèt. (2 Wa 25:8-17, 22-26). Jan sa te predi a, 70 an dezolasyon Jerizalèm nan te fini atan (Jeremi 25:11 ; 29:10). Tout sa Pawòl Jewova a predi toujou reyalize.

4:1-3. Rès Juif fidèl yo te rejte yon pwopozisyon yo te fè yo. Si yo te aksepte, sa t ap vle di yo t ap fòme yon alyans relijye avèk adoratè fo dye (Egzòd 20:5 ; 34:12). Menm jan an tou, adoratè Jewova yo jodi a pa pran pa nan okenn mouvman ki anglobe divès gwoup relijye.

5:1-7 ; 6:1-12. Jewova ka dirije evènman yo nan avantaj pèp li.

6:14, 22. Lè nou patisipe avèk zèl nan travay Jewova, nou jwenn apwobasyon l ak benediksyon l.

6:21. Lè Samariten ki t ap viv nan peyi Juif yo, ansanm ak Juif ki te retounen ki te sede anba enfliyans payen yo te wè travay Jewova a k ap avanse, sa te pouse yo fè chanjman ki te nesesè nan lavi yo. Èske nou pa ta dwe patisipe avèk antouzyas nan travay Bondye konfye nou, tankou travay pwoklamasyon Wayòm nan ?

EZRA VIN JERIZALÈM

(Ezra 7:1–10:44)

Senkant an gentan pase depi yo inogire mezon Jewova a yo te rekonstwi a. Nou nan ane 467 anvan epòk nou an. Ezra pran yon rès moun pami pèp Bondye a ansanm avè l, li pran kòb ofrann yo tou, li kite Babilòn pou l al Jerizalèm. Ki sa l jwenn lè l rive ?

Men sa prens yo di Ezra : “ Pèp Izrayèl la, prèt yo ak Levit yo pa separe yo avèk pèp ki nan peyi a kanta bagay detestab y ap fè yo. ” Anplis de sa, “ se men prens yo ak chèf adjwen yo ki pran devan nan enfidelite sa a ”. (Ezra 9:1, 2.) Ezra choke. Li jwenn ankourajman pou l montre l ‘ djanm e pou l aji ’. (Ezra 10:4.) Ezra aji pou l korije sitiyasyon sa a, e pèp la byen reyaji.

Kesyon biblik ak tout repons :

7:1, 7, 11 — Èske tout vèsè sa yo fè referans ak menm Atakzèksès ki te kanpe travay konstriksyon an ? Non. Atakzèksès se yon non oswa yon tit de wa peyi Pès te genyen. Atakzèksès ki te bay lòd pou stope travay konstriksyon tanp lan an 522 anvan epòk nou an, se swa Badiya oswa Gomata. Atakzèksès ki te la nan epòk Ezra te vin Jerizalèm nan se Atakzèksès Menlong.

7:28–8:20 — Poukisa anpil Juif ki t ap viv Babilòn pa t dispoze monte Jerizalèm avèk Ezra ? Menmsi plis pase 60 an te gentan pase depi premye gwoup Juif yo te retounen nan peyi yo, Jerizalèm te sèlman gen kèk moun abite ladan l. Si yon moun ta retounen Jerizalèm, li t apral kòmanse yon lòt vi nan sikonstans difisil e danjere. Jerizalèm nan epòk sa a pa t ofri bèl posiblite materyèl pou Juif ki petèt t ap pwospere nan Babilòn yo. Fòk nou pa bliye tou vwayaj la se te yon vwayaj danjere. Juif ki te retounen yo te bezwen gen yon fwa solid nan Jewova, yo te bezwen gen zèl pou vrè adorasyon an e yo te bezwen gen kouraj pou yo fè deplasman an. Menm Ezra te fòtifye tèt li selon men Jewova ki te sou li. Grasa ankourajman Ezra, te gen 1 500 fanmi, petèt 6 000 moun antou, ki te deplase. Apre lòt inisyativ Ezra te pran, te gen 38 Levit ak 220 Netinim ki te ale.

9:1, 2 — Poukisa maryaj Juif yo avèk moun ki t ap viv nan peyi a se te yon gwo menas ? Nasyon sa a ki retabli a ta dwe sèvi kòm gadyen adorasyon Jewova jiskaske Mesi a vini. Marye avèk moun lòt nasyon t ap yon menas reyèl pou vrè adorasyon an. Piske kèk Juif te marye avèk moun ki t ap adore zidòl, avèk letan, tout nasyon an te ka vin melanje ansanm ak nasyon payen. Adorasyon ki pwòp la te ka disparèt sou tè a nèt. Epi, kiyès Mesi a t ap vin jwenn ? Nou pa bezwen mande poukisa Ezra te choke lè l wè sa k te pase a !

10:3, 44 — Poukisa yo te fè timoun yo ale ansanm ak manman yo ? Si timoun yo te rete, li t ap trè pwobab pou medam yo voye ale yo ta retounen vin wè yo. Anplis de sa, timoun piti an jeneral bezwen swen manman yo.

Leson pou nou jodi a :

7:10. Ezra se te yon etidyan Pawòl Bondye a ki te dilijan e ki te konn anseye l avèk efikasite. Konsa, li kite yon bèl egzanp pou nou. Li te prepare kè l nan lapriyè pou l te egzamine Lwa Jewova a. E pandan l ap fè sa, li te konsantre tout atansyon l sou sa Jewova di. Ezra te aplike sa li te aprann yo e li te fè efò pou l anseye lòt moun yo.

7:13. Jewova ap chèche moun ki dispoze sèvi l.

7:27, 28 ; 8:21-23. Ezra te bay Jewova glwa, li te fè l demann sensè anvan li te antreprann vwayaj pou l al Jerizalèm nan, yon vwayaj ki te long e ki te danjere. Anplis, Ezra te dispoze riske pwòp vi li pou glwa Bondye. Konsa, li kite yon bèl egzanp pou nou.

9:2. Nou dwe pran oserye egzòtasyon ki di pou nou marye “ nan Seyè a sèlman ”. — 1 Korentyen 7:39.

9:14, 15. Move frekantasyon ka fè yon moun pèdi apwobasyon Jewova.

10:2-12, 44. Moun ki te pran fi etranje pou madanm yo te repanti avèk imilite e yo te kite move wout yo te pran an. Atitid yo ak aksyon yo se yon bèl egzanp.

Jewova kenbe pwomès li

Se pa ti enpòtan liv Ezra a enpòtan pou nou ! Kou moman an te rive, Jewova te akonpli pwomès li te fè pou l libere pèp li a sot ann egzil nan Babilòn e pou l retabli vrè adorasyon an nan Jerizalèm. Èske sa pa fòtifye fwa nou nan Jewova ak nan pwomès li yo ?

Reflechi sou egzanp nou jwenn nan liv Ezra a. Ezra ansanm ak rès Juif ki te retounen pou vin patisipe nan retablisman adorasyon ki pwòp la nan Jerizalèm, te demontre yon atachman pou Bondye ki sèvi kòm egzanp. Liv sa a mete aksan tou sou lafwa yon seri etranje ki te gen krent pou Bondye e sou atitid enb kèk moun ki te aji mal te manifeste apre yo te fin repanti. Vrèmanvre, pawòl enspire ki nan liv Ezra a pwouve aklè “ pawòl Bondye a vivan e li pisan ”. — Ebre 4:12.

[Tablo/Foto nan paj 9]

WA PEYI PÈS YO, SOTI 537 RIVE 467 ANV. E. NOU AN

Siris Legran (Ezra 1:1) mouri an 530 anv. e. nou an

Kanbiz, oubyen Asyeris (Ezra 4:6) 530-22 anv. e. nou an

Atakzèksès—Badiya oubyen Gomata (Ezra 4:7) 522 anv. e. nou an (Yo te asasinen l apre l te fin pase sèlman sèt mwa ap reye)

Dariyis I (Ezra 4:24) 522-486 anv. e. nou an

Zèksès, oubyen Asyeris * 486-75 anv. e. nou an (Li te dirije ansanm ak Dariyis I, soti 496 rive 486 anv. e. nou an)

Atakzèksès Menlong (Ezra 7:1) 475-24 anv. e. nou an.

[Nòt anba paj]

^ § 50 Liv Ezra a pa mansyone Zèksès. Se nan liv Estè a yo pale de li sou non Asyeris.

[Foto]

Asyeris

[Foto nan paj 8]

Siris

[Foto nan paj 8]

Silenn Siris la esplike politik Siris te genyen pou l fè kaptif yo retounen nan peyi yo.

[Liy kredi]

Silenn : Foto ki fèt grasa koutwazi British Museum

[Foto nan paj 11]

Èske w konn sa k fè Ezra te yon anseyan efikas ?