Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Sa ki mal sènen sa ki byen

Sa ki mal sènen sa ki byen

Sa ki mal sènen sa ki byen

NAN monn jodi a, sanble se kèk grenn moun ki dispoze fè sakrifis pou lòt moun. Sepandan, gen kèk moun toujou ki ta renmen “ fè kichòy ”, sa vle di, ki vle fè byen pou lòt moun yon fason oswa yon lòt. Chak ane, gen yon bann moun ki bay plizyè milya dola pou finanse yon seri òganizasyon k ap fè zèv. Pa egzanp, nan Grann Bretay, nan ane 2002, yo te bat yon rekò. Don yo te fè òganizasyon k ap fè zèv yo te rive 13 milya dola ameriken. Depi 1999, gen dis byenfetè ki donan, ki bay oswa ki pwomèt pou bay plis pase 38 milya dola ameriken pou ede moun ki nan nesesite.

Moun k ap travay nan òganizasyon sa yo akonpli yon seri travay tankou peye doktè pou fanmi ki pa gen gwo mwayen, bay timoun ki gen yon sèl paran direksyon ak fòmasyon, finanse kanpay vaksinasyon nan kèk peyi an devlopman, bay yon seri timoun premye liv lekòl yo, bay kiltivatè nan peyi pòv yo bèt pou fè elvaj, epi bay moun ki viktim nan katastwòf natirèl èd imanitè.

Egzanp nou sot site la yo montre lèzòm gen kapasite pou yo fè byen ak lòt moun. Men, malerezman, gen lòt moun tou ki fè yon seri move zak ki pa menm gen mo pou kalifye yo.

Lemal ap vale teren

Depi apre Dezyèm Gè mondyal la, yo anrejistre apeprè 50 ka jenosid ansanm ak masak ki fèt pou rezon politik. Selon sa yon jounal (American Political Science Review) deklare, “ evènman sa yo lakòz lanmò ant omwen 12 milyon pou rive jis nan 22 milyon sivil, sa vle di plis pase tout moun ki mouri nan gè sivil ak gè entènasyonal ki fèt depi 1945 ”.

Diran dezyèm mwatye 20yèm syèk la, yo touye jiska 2,2 milyon moun nan Kanbòj akoz konfli politik. Lahèn etnik nan Wannda lakòz plis pase 800 000 gason, fi ak timoun mouri. Nan Bosni, yo te touye plis pase 200 000 moun pou motif politik ak relijye.

Men sa sekretè jeneral Nasyonzini an te di an 2004 pou l site kèk zak mechanste ki fèt tou dènyèman la a : “ Ann Irak, gen anpil sivil yo masakre ak tout sanfwa, gen sekouris, gen jounalis ak lòt moun ki pa nan konba yo pran ann otaj e yo touye yo yon fason brital. Nan menm moman an, gen prizonye irakyen yo maltrete yon fason imilyan. Nan Dafou, yo fòse tout yon popilasyon deplase, yo detwi kay yo, yo itilize vyòl kòm yon taktik. Nan nò Ouganda, gen timoun yo domaje, genyen yo fòse patisipe nan yon seri zak terib moun pa ka dekri. Nan Beslàn, gen timoun yo pran ann otaj epi yo masakre yo avèk britalite. ”

Menm nan peyi yo rele peyi devlope yo, krim ki gen lahèn alabaz yo sanble ap vale teren. Pa egzanp, selon sa yon jounal (Independent News) rapòte, an 2004, nan Grann Bretay, “ kantite moun yo atake oswa yo fè vyolans sou yo akoz kesyon ras ogmante onz fwa plis parapò ak dènye deseni an ”.

Poukisa, malgre lèzòm gen kapasite pou fè anpil bagay ki bon, y ap komèt move aksyon konsa ? Èske n ap janm libere anba sa ki mal ? Tankou jan atik ki vin apre a ap montre, Bib la bay bonjan repons pou kesyon sa yo k ap twouble lespri anpil moun.

[Liy kredi pou foto nan paj 2]

KOUVÈTI: Mark Edwards/Still Pictures/Peter Arnold, Inc.