Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou imite pasyans Jewova

Annou imite pasyans Jewova

Annou imite pasyans Jewova

“ Jewova pa lan anrapò ak pwomès li, [...] men li pasyan. ” — 2 PYÈ 3:9.

1. Ki kado san parèy Jewova ofri lèzòm ?

JEWOVA ofri nou yon bagay pyès lòt moun pa ka ofri nou. Se yon bagay ki ekstrèmman atiran e ki gen anpil valè. Men, se yon bagay nou pa ka achte, ni nou pa ka merite l grasa efò nou fè. Bagay sa a li ofri nou an se lavi etènèl. Sa vle di, pou pifò nan nou, se pral yon vi ki pap janm fini nan yon paradi sou tè a (Jan 3:16). Ala yon plezi sa pral ye ! Tout bagay ki koz chagren, tankou konfli, vyolans, povrete, krim, maladi e menm lanmò, yo tout pral disparèt. Tout moun pral viv nan lapè ak nan inite total anba direksyon chaje lanmou Wayòm Bondye a. Se pa ti anvi nou anvi paradi sa a etabli ! — Izayi 9:6, 7 ; Revelasyon 21:4, 5.

2. Poukisa Jewova poko detwi sistèm de choz Satan an ?

2 Jewova li menm tou ap tann pou moman an rive pou l etabli Paradi a sou tè a. Anfèt, li renmen ladwati e li renmen jistis (Sòm 33:5). Sa pa fè l plezi lè l ap gade monn sa a, yon monn ki pa enterese nan prensip li yo ki jis, e pafwa menm ki kont prensip sa yo, yon monn ki rejte otorite Bondye e k ap maltrete pèp li a. Men, li gen bonjan rezon ki fè li poko detwi sistèm de choz mechan Satan an. Rezon sa yo lye ak kesyon ki te soulve ki gen rapò ak souvrènte Jewova, kesyon anrapò ak sa ki byen e sa ki mal. Nan fason Jewova ap regle kesyon sa yo, li demontre yon kalite ki patikilyèman atiran, yon kalite anpil moun jodi a pa genyen : pasyans.

3. a) Nan Bib la, mo grèk ak mo ebre yo mete “ pasyans ” pou yo a, ki sans yo genyen ? b) Ki kesyon nou pral egzamine kounye a ?

3 Nan Traduction du monde nouveau a, gen yon mo grèk, pou yo tradui li, yo mete “ pasyans ” oubyen “ pasyan ” pou li trèz fwa, e yon fwa yo mete “ longanimite ” pou li. Literalman, mo sa a bay ide “ espri long ”. Ni mo grèk ni mo ebre yo mete pasyans pou yo a fè panse ak sitiyasyon kote yon moun pa prese fè kòlè. Konsa, ki jan nou ka tire pwofi nan pasyans Jewova ? Ki leson nou ka aprann nan pasyans ak andirans Jewova ansanm ak sèvitè fidèl li yo ? Ki jan nou fè konnen pasyans Jewova pa san limit ? Annou egzamine kesyon sa yo.

Annou reflechi sou pasyans Jewova

4. Ki sa apot Pyè te ekri konsènan pasyans Jewova ?

4 Konsènan pasyans Jewova, men sa apot Pyè te ekri : “ Pa kite pwen sa a echape nou, byenneme : yon jou pou Jewova se tankou mil an e mil an se tankou yon jou. Jewova pa lan anrapò ak pwomès li, jan kèk moun konprann lan an, men li pasyan avèk nou, paske li pa vle pyès moun detwi, men li vle pou tout moun rive repanti. ” ​(2 Pyè 3:8, 9). Gen de pwen ki mansyone la a ki kapab ede nou konprann pasyans Jewova.

5. Ki jan fason Jewova wè tan an enfliyanse fason li aji ?

5 Premye pwen an sèke Jewova pa wè tan an menm jan nou menm nou wè l. Pou Sila a k ap viv pou toutan an, mil an se tankou yon jou. Tan an pa ni limite l, ni mete presyon sou li, men li pa lan lè pou l aji. Piske Jewova posede yon sajès ki san limit, li konnen egzakteman ki pi bon moman pou l aji pou byen tout moun sa konsène, e avèk pasyans, li tann lè moman sa a rive. Sepandan, nou pa ta dwe panse Jewova pa sansib devan soufrans sèvitè l yo ap rankontre antretan. Li se yon Dye ki gen “ yon konpasyon ki mache ak tandrès ”, li se lanmou an pèsòn (Lik 1:78 ; 1 Jan 4:8). Si lefètke li pèmèt soufrans dire pou yon ti tan, sa ta lakòz nou sibi yon tò kèlkonk, li gen kapasite pou l elimine l konplètman e pou toutan. — Sòm 37:10.

6. Ki sa nou pa dwe panse konsènan Bondye, e poukisa ?

6 Natirèlman, lè yon moun ap tann yon bagay li anvi anpil, se pa yon sitiyasyon ki agreyab (Pwovèb 13:12). Se sa k fè, lè yon moun pa akonpli pwomès li rapidman, lòt moun kapab panse sa pa t janm nan tèt moun sa a pou l fè sa l te di a. Li pa t ap saj ditou pou yon moun ta panse sa konsènan Bondye ! Si nou mal konprann pasyans Bondye, nou panse se lan li lan, ofiramezi tan ap pase, fasilman nou ka vin tonbe nan dout e nan dekourajman, e nou ka menm riske vin ap kabicha espirityèlman. Sa k pi rèd la, moun Pyè te ban nou avètisman kont yo nan vèsè a ka menm rive twonpe nou, anpalan de mokè yo, moun ki pa gen lafwa yo. Mokè sa yo ap di : “ Kote prezans li a li te pwomèt la ? Wi, depi jou zansèt nou yo te kòmanse dòmi nan lanmò, tout bagay rete egzakteman jan yo te ye depi lè kreyasyon an te kòmanse. ” — 2 Pyè 3:4.

7. Ki rapò ki genyen ant pasyans Jewova ak dezi li genyen pou moun yo repanti ?

7 Yon dezyèm pwen nou jwenn nan pawòl Pyè yo sèke Jewova pasyan paske li vle pou tout moun rive repanti. Moun ki refize kite move aksyon y ap fè yo ap sibi egzekisyon nan men Jewova. Sepandan, Bondye pa pran okenn plezi nan lanmò yon moun ki mechan. Li pran plezi pito lè l wè yon moun repanti, li kite move aksyon l yo, epi li kontinye viv (Ezekyèl 33:11). Se poutèt sa, li demontre pasyans e li fè bon nouvèl la ap preche sou tout tè a pou tout moun ka gen opòtinite pou yo viv.

8. Ki jan nou wè pasyans Bondye nan fason li te aji avèk nasyon Izrayèl la ?

8 Nou ka wè pasyans Bondye nan fason li te aji avèk nasyon Izrayèl tan lontan an. Pandan plizyè syèk, li te tolere dezobeyisans yo. Pa mwayen pwofèt yo, li te egzòte yo yon pakèt fwa, li te di yo : “ Kite move chemen nou yo, e obsève kòmandman m yo, dekrè mwen yo, ann amoni ak tout lwa mwen te kòmande zansèt nou yo e mwen voye ban nou yo pa mwayen sèvitè m yo, pwofèt yo. ” E ki jan yo te reyaji ? Malerezman, pèp la “ pa t koute ”. — 2 Wa 17:13, 14.

9. Ki jan pasyans Jezi te demontre reflete pasyans Papa l ?

9 Finalman, Jewova te voye Pitit li a ki pa t sispann envite Juif yo rekonsilye avèk Bondye. Pasyans Jezi te demontre reflete pafètman pasyans Papa l. Aktout Jezi te byen konnen pa t ret anpil tan pou yo touye l, men sa l te di avèk regrè : “ Jerizalèm, Jerizalèm, vil k ap asasinen pwofèt e k ap lapide moun yo voye kote l, se pa ni de ni twa fwa mwen te vle rasanble pitit ou yo, menm jan yon manman poul rasanble ti poul li anba zèl li ! Men, nou pa t vle sa. ” ​(Matye 23:37). Pawòl touchan sa yo se pa pawòl yon jij san pitye, ki byen chofe pou l pini yon moun, men se pawòl yon zanmi ki gen lanmou e ki gen pasyans ak moun. Jezi te vle, menm jan avèk Papa l ki nan syèl la, pou moun yo repanti pou yo ka chape anba jijman ki t ap vin sou yo a. Gen kèk ladan yo ki te byen reyaji devan avètisman Jezi yo e yo te chape anba jijman tèrib ki te vin sou Jerizalèm nan ane 70 epòk nou an. — Lik 21:20-22.

10. Ki fason nou tire pwofi nan pasyans Bondye ?

10 Èske pasyans Bondye demontre pa fè nou rete bouch ouvè ? Pou degre dezobeyisans lèzòm rive, malgre sa, Jewova bay nou chak an patikilye opòtinite pou nou konnen l e pou nou aksepte esperans delivrans lan, e li fè sa tou pou plizyè milyon lòt moun. Men sa Pyè te ekri kretyen parèy li yo : “ Konsidere pasyans Seyè nou an tankou delivrans. ” ​(2 Pyè 3:15). Èske nou pa rekonesan dèske pasyans Jewova ouvri wout pou nou sove ? Èske nou pa ta dwe priye pou Jewova kontinye montre pasyans anvè nou etan n ap sèvi l jou apre jou ? — Matye 6:12.

11. Lè nou konprann pasyans Jewova, ki sa sa pouse nou fè ?

11 Lè nou konprann rezon ki fè Jewova pasyan, sa ede nou pou nou tann avèk pasyans delivrans li pral pote a, pou nou pa janm met nan tèt nou li lan pou l akonpli pwomès li fè (Lamantasyon 3:26). Menmsi n ap kontinye priye pou Wayòm Bondye a vini, nou gen konfyans Bondye konnen ki meyè moman pou l reponn priyè sa a. E anplis, sa pouse nou imite Jewova, pou nou montre nou pasyan nan fason n ap boule avèk frè nou yo e avèk moun n ap preche yo. Nou menm tou, nou pa ta vle pyès moun detwi, nou ta renmen wè yo repanti pito, pou yo vin gen menm esperans lavi etènèl avèk nou. — 1 Timote 2:3, 4.

Annou reflechi sou pasyans pwofèt yo

12, 13. Jan ide a parèt nan Jak 5:10, ki jan pwofèt Izayi te rive egzèse pasyans ?

12 Lè nou reflechi sou pasyans Jewova, sa pouse nou nonsèlman pou nou renmen kalite sa a, men tou pou nou kiltive l. Li pa fasil pou moun ki enpafè kiltive pasyans, men sa pa enposib. Egzanp sèvitè Bondye nan tan lontan yo montre nou sa. Men sa disip Jak te ekri : “ Kanta pou sipòte sa ki mal ak egzèse pasyans, frè m yo, pran pwofèt ki te pale nan non Jewova yo kòm egzanp. ” ​(Jak 5:10). Lè nou aprann gen lòt moun ki te reyisi venk menm difikilte n ap rankontre yo, sa rekonfòte nou e sa ankouraje nou.

13 Pa egzanp, asireman pwofèt Izayi te bezwen pasyans nan travay li a. Pawòl Jewova te di l yo montre sa, li te di l : “ Ale, e men sa w dwe di pèp sa a : ‘ Tande, tande san rete, men pa konprann. Gade, gade san rete, men pa aprann anyen. ’ Fè kè pèp sa a vin ensansib, e fè zòrèy yo pa reyaji, e kole je yo, dekwa pou yo pa wè ak je yo, pou yo pa tande ak zòrèy yo, dekwa pou pwòp kè yo pa konprann, e dekwa pou vrèman yo pa retounen pou yo jwenn gerizon pou tèt yo. ” ​(Izayi 6:9, 10). Malgre pèp sa a pa t koute, avèk pasyans, Izayi te pwoklame avètisman Jewova yo pandan omwen 46 an. Menm jan an tou, pasyans ap ede nou andire nan travay predikasyon bon nouvèl la, menmsi anpil moun pa koute nou.

14, 15. Ki sa ki te ede Jeremi kenbe fèm malgre opozisyon ak dekourajman ?

14 Natirèlman, etan pwofèt yo t ap akonpli ministè yo, se pa t sèlman pwoblèm moun ki pa t konn koute yo yo te genyen, yo te andire anba sa ki mal tou. Pa egzanp, yo te mete Jeremi nan sèp, yo te fèmen l nan prizon nan “ kay ki gen chèn yo ”, e yo te lage l nan yon sitèn (Jeremi 20:2 ; 37:15 ; 38:6). Li te sibi tout pèsekisyon sa yo anba men menm moun li te vle ede yo. Poutan, Jeremi pa t vin gen rankin, ni li pa t eseye tire revanj. Avèk pasyans, li te andire pandan plizyè dizèn ane.

15 Pèsekisyon ak mokri pa t fèmen bouch Jeremi, e yo pa fèmen bouch nou jodi a. Se vre, pafwa, nou kapab santi nou dekouraje. Jeremi tou te konn dekouraje. Men sa l te ekri : “ Pawòl Jewova a te vin tounen pou mwen yon koz pou lawont e pou derizyon tout lajounen. E mwen di : ‘ Mwen pap pale de li ankò e mwen pap pale nan non l ankò. ’ ” Ki sa k te rive lè sa a ? Èske Jeremi te sispann preche ? Men sa l te di annapre : “ Nan kè m, [pawòl Bondye a] te tankou yon dife k ap boule anndan zo m, e mwen te fatige nan fè efò pou m kenbe l, e mwen pa t ka sipòte l. ” ​(Jeremi 20:8, 9). Remake, lè li te konsantre sou mokri moun yo, li te pèdi jwa li. Men lè li te fikse lespri l sou bote mesaj li a, sou enpòtans li genyen, li te retounen jwenn jwa li. E anplis, Jewova te ansanm ak Jeremi “ tankou yon òm ki gen yon pisans tèrib ”, pou fòtifye l pou l pwoklame Pawòl Bondye a avèk zèl e avèk kran. — Jeremi 20:11.

16. Ki sa ki ka fè nou kenbe jwa nou nan travay predikasyon bon nouvèl la ?

16 Èske pwofèt Jeremi te jwenn jwa nan travay li ? Sètènman ! Men sa l te di Jewova : “ Mwen te jwenn pawòl ou yo, e mwen te tonbe manje yo. Pawòl ou fè kè m kontan, yo rejwi kè m, paske non w envoke sou mwen, o Jewova ! ” ​(Jeremi 15:16). Jeremi te rejwi akoz privilèj li te genyen pou l reprezante vrè Dye a e pou l preche pawòl li. Nou menm tou nou kapab rejwi. Menm jan ak zanj yo nan syèl la, nou kapab rejwi poutèt gen tout moun sa yo sou tè a ki aksepte mesaj Wayòm nan, ki repanti e ki vin pran wout lavi etènèl la. — Lik 15:10.

“ Andirans Jòb ”

17, 18. Ki fason Jòb te andire, e ki jan sa te fini pou li ?

17 Men sa disip Jak te ekri apre l te fin pale konsènan pwofèt nan tan lontan yo : “ Nou tande pale de andirans Jòb e nou wè finisman Jewova te bay, sa montre Jewova gen anpil tandrès nan afeksyon l e li gen mizèrikòd. ” ​(Jak 5:11). Mo grèk pou yo tradui l yo mete “ andirans ” pou li a gen prèske menm siyifikasyon ak mo Jak te itilize nan vèsè anvan an yo mete “ pasyans ” pou li a. Men sa yon biblis ekri pou l montre diferans ki genyen ant de mo sa yo : “ Premye mo a se pasyans nou genyen lè moun ap fè nou sa ki mal, dezyèm nan se kouraj ak pèseverans nou demontre lè nou nan sitiyasyon ki difisil. ”

18 Jòb te nan sitiyasyon ki te difisil anpil. Li te pèdi tout avwa li, li te pèdi tout pitit li yo, e li t ap soufri anpil anba yon maladi. Anplis de sa, li te oblije defann tèt li anba fo akizasyon yo te met sou do l, ki fè konprann se Jewova ki t ap pini l. Jòb pa t soufri an silans, li te konn plenyen mizè li, e li te menm pretann li te pi jis pase Bondye (Jòb 35:2). Sepandan, li pa t janm pèdi lafwa, li te toujou rete entèg. Li pa t modi Bondye jan Satan te di li t ap fè a (Jòb 1:11, 21). Ki jan sa te fini ? Jewova “ te beni finisman Jòb plis pase kòmansman l ”. (Jòb 42:12.) Jewova te rebay Jòb lasante, li te ba li de fwa richès li te gen anvan an, e kòm rekonpans, li te ba l yon vi ki gen satisfaksyon, yon vi ere ansanm ak fanmi l. Andirans Jòb te demontre ansanm ak fidelite l te vin fè li pi byen konprann kiyès Jewova ye.

19. Ki sa nou aprann nan andirans ak pasyans Jòb te demontre ?

19 Ki sa nou aprann nan andirans ak pasyans Jòb te demontre ? Menm jan avèk Jòb, nou kapab malad, oubyen nou ka rankontre lòt difikilte. Nou ka pa fin konprann poukisa Jewova kite n ap sibi yon eprèv an patikilye. Men, gen yon bagay nou dwe sèten : si nou rete fidèl, n ap jwenn benediksyon. Jewova pa janm pa rekonpanse moun k ap chèche l toutbonvre yo (Ebre 11:6). Jezi te di : “ Moun ki andire jiska lafen an, se moun sa a k ap sove. ” — Matye 10:22 ; 24:13.

“ Jou Jewova a ap vini ”

20. Sa k fè nou sèten jou Jewova a ap vini ?

20 Se vre Jewova pasyan, men li jis tou. Donk, li pap tolere mechanste nètale. Pasyans li gen limit. Pyè te ekri : “ [Bondye] pa t ezite pini yon monn ansyen. ” Alòske Noye ak fanmi l te rete an vi, monn sa a ki pa t gen respè pou Bondye te peri anba yon delij. Jewova te egzekite jijman l tou sou Sodòm ak Gomò, li te redui yo an sann. Jijman sa yo sèvi “ egzanp sou bagay k ap vini yo pou moun ki pa gen respè pou Bondye yo ”. Wi, nou mèt sèten de sa : “ Jou Jewova a ap vini. ” — 2 Pyè 2:5, 6 ; 3:10.

21. Ki jan nou ka demontre pasyans ak andirans, e ki sijè nou pral egzamine nan atik ki vin apre a ?

21 Kidonk, annou imite pasyans Jewova etan n ap ede lòt moun pou yo rive repanti, yon fason pou yo ka sove. Annou imite pwofèt yo tou lè nou kontinye pwoklame bon nouvèl la avèk pasyans, menmsi moun n ap preche yo pa koute nou. Anplis de sa, nou kapab sèten Jewova ap beni nou anpil si, menm jan ak Jòb, nou andire eprèv n ap rankontre yo e nou rete entèg. Nou gen tout rezon pou nou rejwi nou nan ministè a, lè nou remake ki jan Jewova ap vide benediksyon sou pèp li pou efò l ap fè pou l preche bon nouvèl la sou tout tè a. Se sa nou pral wè nan atik ki vin apre a.

Èske nou sonje ?

• Pou ki rezon Jewova demontre pasyans ?

• Ki sa nou aprann nan pasyans pwofèt yo ?

• Ki fason Jòb te demontre andirans, e ki jan sa te fini pou li ?

• Ki jan nou fè konnen pasyans Jewova gen limit ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 20]

Pasyans Jezi te demontre reflete pafètman pasyans Papa l.

[Foto nan paj 22]

Ki jan Jewova te rekonpanse Jeremi pou pasyans li ?

[Foto nan paj 23]

Ki jan Jewova te rekonpanse Jòb pou andirans li ?