Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pwen enteresan ki nan liv Neyemya a

Pwen enteresan ki nan liv Neyemya a

Pawòl Jewova a vivan

Pwen enteresan ki nan liv Neyemya a

DOUZ ane te gentan pase depi dènye evènman yo rapòte nan liv Ezra a te rive. Kounye a, moman an prèske rive pou “ pawòl la soti pou yo restore Jerizalèm e pou yo rebati l ”. Evènman sa a t apral make kòmansman 70 semèn ane ki t ap mennen nan Mesi a (Dànyèl 9:24-27). Liv Neyemya a rapòte istwa pèp Bondye a nan moman yo t ap rekonstwi miray Jerizalèm nan. Li kouvri yon peryòd enpòtan ki depase 12 an, soti ane 456 anvan epòk nou an rive yon ti tan apre ane 443 anvan epòk nou an.

Liv sa a gouvènè Neyemya te ekri a se yon istwa pasyonan ki montre ki jan vrè adorasyon an elve lè sèvitè Jewova Dye yo aji avèk detèminasyon e lè yo gen yon konfyans total nan li. Li montre aklè ki jan Jewova dirije evènman yo pou volonte l ka akonpli. Li rapòte tou istwa yon chèf ki gen fòs ak kouraj. Mesaj ki nan liv Neyemya a founi leson ki gen anpil enpòtans pou tout vrè adoratè yo jodi a, “ paske pawòl Bondye a vivan e li pisan ”. — Ebre 4:12.

“ FINALMAN, MIRAY LA FINI ”

(Neyemya 1:1–6:19)

Neyemya nan chato Siz, l ap sèvi wa Atakzèksès Menlong e nan pozisyon sa a, yo fè l anpil konfyans. Lè Neyemya tande nouvèl ki fè konnen pèp li a “ nan yon sitiyasyon ki mal anpil, e yo nan lawont, miray Jerizalèm nan demoli e pòt li yo boule anba dife ”, li boulvèse anpil. Li priye Bondye ak tout kè l pou l gide l (Neyemya 1:3, 4). Avèk letan, wa a te vin remake tristès Neyemya, e sa tou vin ba l okazyon pou l al Jerizalèm.

Lè Neyemya rive Jerizalèm, li enspekte miray la nan nuit, e li revele Juif yo plan li genyen pou l rekonstwi miray la. Konstriksyon an kòmanse, e menm kote a, opozisyon met pye. Sepandan, grasa kouraj Neyemya te montre nan fason li te dirije travay la, “ finalman, miray la fini ”. — Neyemya 6:15.

Kesyon biblik ak tout repons :

1:1 ; 2:1 — “ Ventyèm ane ” yo mansyone nan de vèsè sa yo, èske se apati menm dat referans lan yo kòmanse konte yo ? Wi. Ventyèm ane a se ventyèm ane rèy wa Atakzèksès. Sepandan, metòd pou konte ane yo itilize nan vèsè sa yo diferan. Gen prèv istorik ki endike ane 475 anvan epòk nou an kòm ane Atakzèksès te monte sou twòn nan. Piske eskrib babilonyen yo te gen abitid konte ane rèy wa ki moun peyi Pès yo sot nan mwa Nizan (mas/avril) rive nan mwa Nizan, premye ane rèy Atakzèksès la te kòmanse nan mwa Nizan ane 474 anvan epòk nou an. Se sa k fè, 20yèm ane a yo mansyone nan Neyemya 2:1 an te kòmanse nan mwa Nizan ane 455 anvan epòk nou an. Mwa Kislèv (novanm/desanm) yo mansyone nan Neyemya 1:1 an, lojikman se te mwa Kislèv ane anvan an, ane 456 anvan epòk nou an. Neyemya fè referans ak mwa sa a tou kòm yon mwa ki tonbe nan 20yèm ane rèy Atakzèksès la. Petèt nan ka sa a, li te konte ane yo apati dat monak la te monte sou pouvwa a. Li posib tou pou Neyemya t ap konte tan an apati sa Juif yo rele ane sivil jodi a, ane ki kòmanse nan mwa Tichri ki koresponn ak septanm/oktòb. Antouka, ane pawòl la te soti pou restore Jerizalèm nan se te ane 455 anvan epòk nou an.

4:17, 18 — Ki jan yon moun ta ka fè travay rekonstriksyon an avèk yon sèl men ? Pou pòtè fado yo se pa t ap yon pwoblèm. Yonfwa yo te mete chaj la sou tèt yo oswa sou zepòl yo, fasilman yo t ap ka soutni l ak yon men ‘ tandiske lòt men an t ap kenbe zam nan ’. Bòs ki te bezwen de men yo pou yo travay “ te mare senti yo, yo chak ak epe yo sou ranch yo, etan y ap konstwi ”. Yo te pare pou pase alaksyon si ènmi ta atake yo.

5:7 — Nan ki sans Neyemya te kòmanse “ fè nòb yo ak chèf adjwen yo repwòch ” ? Mesye sa yo te vyole Lwa Moyiz la, yo t ap prete Juif parèy yo alenterè (Levitik 25:36 ; Detewonòm 23:19). Anplis de sa, enterè moun k ap bay ponya yo te egzije yo te wo. Si yo te egzije yo yon “ santyèm ” chak mwa, enterè a t ap egal 12 pousan pa ane (Neyemya 5:11). Se te yon gwo mechanste lè yo te fè pèp la yon egzijans konsa, alòske taks ak rate manje te deja yon pwa lou pou yo. Neyemya te fè moun ki rich yo repwòch, li te sèvi ak Lwa Bondye a pou l blame yo e pou l reprimande yo, e konsa li te denonse move aksyon yo t ap fè yo.

6:5 — Piske lèt konfidansyèl yo, jeneralman, yo te konn fèmen yo nan yon anvlòp, poukisa Sànbalat te voye “ yon lèt tou louvri ” bay Neyemya ? Li posib Sànbalat te vle fè moun konnen fo akizasyon li t ap fè yo, se sa k fè li te voye yon lèt tou louvri. Petèt li te espere Neyemya t ap tèlman fache, li t ap kite travay konstriksyon an pou l vin defann tèt li. Oubyen Sànbalat te ka panse sa l di nan lèt li a te ka fè Juif yo pè opwen pou yo ta kanpe travay la nèt. Neyemya pa t kite sa entimide l, e trankilman, li te kontinye fè travay Bondye te ba l fè a.

Leson pou nou jodi a :

1:4 ; 2:4 ; 4:4, 5. Lè n ap fè fas ak sitiyasyon ki difisil oswa lè n ap pran desizyon enpòtan, nou dwe “ pèsevere nan lapriyè ” e nou dwe aji ann amoni ak direksyon teyokratik nou resevwa. — Women 12:12.

1:11–2:8 ; 4:4, 5, 15, 16 ; 6:16. Jewova reponn priyè sensè sèvitè li yo fè. — Sòm 86:6, 7.

1:4 ; 4:19, 20 ; 6:3, 15. Byenke Neyemya se te yon nonm ki te sansib, li kite yon bèl egzanp antanke yon gason vanyan ki fèm nan sa ki gen rapò ak jistis.

1:11–2:3. Sa ki te fè Neyemya gen plis kè kontan se pa t pozisyon onorab li te okipe antanke sèvè bwason. Men, se te pwogrè vrè adorasyon an. Èske se pa adorasyon Jewova ak tout sa ki pèmèt li avanse ki ta dwe prensipal sousi nou ak rezon prensipal ki fè nou kontan ?

2:4-8. Jewova te fè Atakzèksès bay Neyemya pèmisyon pou l al rekonstwi miray Jerizalèm nan. Pwovèb 21:1 di : “ Kè yon wa se tankou kouran dlo nan men Jewova. Li dirije l tout kote sa fè l plezi. ”

3:5, 27. Nou pa dwe panse travay mànyèl nou fè nan enterè vrè adorasyon an retire nan diyite nou, jan “ gwo potanta ” pami Tekoyit yo te panse sa. Okontrè, se pou nou imite lòt Tekoyit yo ki te dispoze bay tout yo menm.

3:10, 23, 28-30. Byenke gen kèk moun ki anmezi pou yo deplase al kote yo bezwen plis pwoklamatè Wayòm nan, anpil nan nou soutni vrè adorasyon an toupre lakay nou. Nou ka fè sa lè nou patisipe nan travay konstriksyon Sal Wayòm oubyen nan operasyon sekou lè gen dezas. Men, nou fè sa toudabò lè nou patisipe nan travay predikasyon Wayòm nan.

4:14. Lè n ap fè fas ak opozisyon, nou menm tou nou kapab venk laperèz lè nou kite lespri nou fikse sou Sila a “ ki gran e ki fè moun gen lakrentif ”.

5:14-19. Gouvènè Neyemya kite yon bèl egzanp imilite, dezenteresman ak pridans pou siveyan kretyen yo. Byenke li te zele pou l fè aplike Lwa Bondye, li pa t domine sou lòt moun pou pwofi egoyis li. Okontrè, li te montre sousi pou moun yo t ap toupizi yo ak pòv yo. Neyemya kite yon bèl egzanp jenewozite pou tout sèvitè Bondye.

“ SONJE M, O BONDYE M NAN, POU SA KI BON ”

(Neyemya 7:1–13:31)

Kou miray Jerizalèm nan fini, Neyemya mete pòt la e li pran dispozisyon pou l pwoteje vil la. Li kòmanse fè yon rejis sou jeneyaloji pèp la. Pandan tout pèp la rasanble “ sou plas piblik ki te devan Pòt Dlo a ”, prèt Ezra li liv Lwa Moyiz la, e Neyemya ak Levit yo esplike pèp la Lwa a (Neyemya 8:1). Lè yo vin aprann yo dwe fete fèt Joupa a, yo pran dispozisyon pou yo kontinye selebre l, e sa te fèt nan lajwa.

Gen yon lòt rasanbleman ki te fèt apre sa, e diran rasanbleman sa a, “ semans Izrayèl la ” konfese peche nasyon an, Levit yo raple fason Bondye te boule ak Izrayèl, e pèp la te fè sèman “ pou yo mache nan lwa vrè Dye a ”. (Neyemya 9:1, 2 ; 10:29.) Etandone Jerizalèm te toujou manke moun, yo te fè yon tiraj osò, e sou chak dis gason ki t ap viv deyò vil la, yo te chwazi youn pou vin viv anndan l. Apre sa, te tèlman gen antouzyas lè miray la t ap inogire, “ yo te [ka] tande jwa Jerizalèm byen lwen ”. (Neyemya 12:43.) Douz an apre Neyemya te rive Jerizalèm, li kite vil la pou l retounen nan travay li t ap fè pou Atakzèksès. Sa pa t pran tan pou Juif yo tonbe nan fè salte. Kou Neyemya retounen Jerizalèm, li aji avèk detèminasyon pou l korije sitiyasyon an. Avèk imilite, li te fè demann sa a : “ Sonje m, o Bondye m nan, pou sa ki bon. ” — Neyemya 13:31.

Kesyon biblik ak tout repons :

7:6-67 — Poukisa lis moun ki te retounen Jerizalèm avèk Zowobabèl Neyemya te fè a diferan ak lis reprezantan chak fanmi Ezra te fè a (Ezra 2:1-65) ? Rezon ki fè gen diferans sa a se petèt paske Ezra ak Neyemya pa t pran enfòmasyon yo menm kote. Pa egzanp, kantite moun ki te anrejistre pou retounen yo ka pa menm ak kantite moun ki te retounen vrèman. De lis yo te ka diferan tou paske gen kèk Juif ki pa t kapab etabli jeneyaloji yo lè yo te fèk rive, men ki te vin fè sa annapre. Sepandan, toule de rapò yo tonbe dakò sou yon pwen : kantite moun ki te retounen okòmansman yo se te 42 360, san konte esklav yo ak chantè yo.

10:34 — Poukisa yo te mande pèp la pou l founi bwa ? Se pa t Lwa Moyiz la ki te mande pou yo fè ofrann bwa. Sepandan, sa te vin yon egzijans patikilyèman akoz nesesite ki te vin genyen. Yo te bezwen yon gwo kantite bwa pou yo boule sakrifis sou lotèl la. Aparamman, pa t gen ase Netinim, anpalan de esklav ki pa t Izrayelit ki te konn sèvi nan tanp lan. Se poutèt sa, yo te fè tiraj osò pou yo asire ap toujou gen moun pou founi bwa.

13:6, nòt anba paj — Pandan konbyen tan Neyemya te absan nan Jerizalèm ? Selon sa Labib di, sèlman “ kèk tan apre ” oswa “ nan fen jou yo ”, Neyemya te mande wa a konje pou l retounen Jerizalèm. Kidonk, li enposib pou nou detèmine longè absans li an. Sepandan, lè Neyemya retounen Jerizalèm, li jwenn prèt yo pa t resevwa okenn sipò, epitou moun yo pa t obsève lwa sou saba a. Anpil nan mesye yo te pran fi etranje, e pitit yo te fè yo pa t menm pale lang Juif yo. Piske sitiyasyon an te vin deteryore anpil, Neyemya dwe te absan pandan yon bon ti tan.

13:25, 28 — Nonsèlman Neyemya te fè Juif ki te retonbe nan peche yo “ repwòch ”, ki dispozisyon li te pran anplis pou l korije yo ? Neyemya te “ ba yo madichon ”, nan sans li te pwononse jijman li te jwenn nan Lwa Bondye a kont yo. Li te ‘ bat kèk nan yo ’, siman li te pase lòd pou yo fè yo sibi pinisyon ofisyèl, selon sa lajistis te prevwa. Li te “ rache cheve yo ”, yon siy ki montre endiyasyon moral li te genyen. Epitou, li te chase pitit pitit gran prèt Elyachib la, ki te marye avèk yon pitit fi Sànbalat, Owonit la.

Leson pou nou jodi a :

8:8. Antanke anseyan Pawòl Bondye a, nou “ bay siyifikasyon l ” lè nou byen pwononse sa n ap di, lè nou mete aksan sou sa n ap di, lè nou ekspoze Ekriti yo kòrèkteman, e nou montre aklè fason pou nou aplike yo.

8:10. Yon moun vin gen “ lajwa [ki soti nan] Jewova ” lè li konsyan li gen bezwen espirityèl e li satisfè bezwen sa a, lè li suiv enstriksyon teyokratik li jwenn. Li vrèman endispansab pou nou etidye Labib avèk dilijans, pou nou asiste reyinyon yo regilyèman e pou nou patisipe avèk zèl nan travay predikasyon Wayòm nan ak travay fè disip la.

11:2. Pou yon moun te kite eritaj li genyen pou l deplase ale Jerizalèm, sa te enplike depans ak kèk lòt enkonvenyan. Moun ki te fè sa volontèman te montre yon espri sakrifis. Nou menm tou, nou ka montre yon etadespri konsa lè okazyon an prezante pou nou patisipe nan sèvis volontè nan kongrè e nan lòt okazyon.

12:31, 38, 40-42. Chante se yon bèl fason pou nou louwe Jewova e pou nou eksprime rekonesans nou pou li. Nou dwe chante ak tout kè nou lè nou nan rasanbleman kretyen yo.

13:4-31. Nou dwe fè atansyon pou nou pa kite materyalis, koripsyon ak apostazi fofile antre nan lavi nou.

13:22. Neyemya te byen konnen li gen kont pou l rann Bondye. Nou menm tou nou bezwen konnen nou gen kont pou nou rann Jewova.

Apwobasyon Jewova se yon nesesite !

Gen yon salmis ki te chante pawòl sa yo : “ Si Jewova li menm pa bati kay la, se pou granmesi moun k ap bati l yo travay di ladan l. ” ​(Sòm 127:1). Liv Neyemya a byen prezante verite ki nan pawòl sa yo.

Leson an klè pou nou. Si nou vle reyisi nan kèlkeswa sa nou antreprann, nou dwe gen apwobasyon Jewova. Èske nou ka vrèman atann Jewova ap beni nou si nou pa bay vrè adorasyon an premye plas nan lavi nou ? Kidonk, menm jan ak Neyemya, annou fè adorasyon Jewova a ak aktivite k ap fèt pou fè l pwogrese vin prensipal sousi nou.

[Foto nan paj 6]

“ Kè yon wa se tankou kouran dlo nan men Jewova. ”

[Foto nan paj 7]

Neyemya, yon gason ki vanyan e ki sansib, rive Jerizalèm.

[Foto nan paj 8]

Èske w konnen ki jan pou w “ bay siyifikasyon ” Pawòl Bondye a ?