Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon “ temwayaj pou tout nasyon ”

Yon “ temwayaj pou tout nasyon ”

Yon “ temwayaj pou tout nasyon ”

“ Nou pral sèvi m temwen [...] jis nan rejyon ki pi lwen sou tè a. ” — TRAVAY 1:8.

1. Ki premye fwa disip yo te tande pwofesi ki nan Matye 24:14 la, e ki kote yo te ye lè sa a ?

NOU tèlman abitye ak pawòl Jezi te di nan Matye 24:14 la, anpil nan nou vin konnen l pakè. Vrèmanvre, se yon pwofesi estrawòdinè nou jwenn nan vèsè sa a ! Imajine ki sa ki dwe te pase nan tèt disip yo premye fwa yo te tande l ! Se te nan ane 33 epòk nou an. Disip yo te ansanm ak Jezi depi anviwon twazan, e kounye a, yo vin Jerizalèm ansanm avè l. Yo te wè mirak li te akonpli yo, e yo te tande ansèyman l yo. Byenke yo te jwenn lajwa nan verite presye Jezi te anseye yo, yo te byen konnen se pa tout moun sa te fè kontan menm jan avèk yo. Jezi te gen ènmi tou, e ènmi sa yo se te moun ki te gen pouvwa ak enfliyans.

2. Ki danje e ki difikilte disip yo t ap gen pou yo rankontre ?

2 Gen kat disip ki chita avèk Jezi sou mòn Olivye, y ap koute l avèk atansyon k ap pale yo de danje ak difikilte y ap gen pou yo rankontre. Anvan sa, Jezi te gentan di yo lòt moun t ap gen pou touye l (Matye 16:21). Kounye a, li di yo aklè yo menm tou y ap gen pou yo fè fas ak gwo opozisyon. Men sa li te di yo : “ Y ap lage nou nan tribilasyon, e y ap touye nou, e n ap tounen moun tout nasyon ap rayi akoz non mwen. ” E se pa sa sèlman. T ap gen fo pwofèt ki t ap twonpe anpil nan disip li yo. Gen lòt ki t ap trebiche, youn t ap trayi lòt, youn t ap rayi lòt. Apre sa, “ pifò moun ” t ap kite lanmou yo gen pou Bondye e pou Pawòl li a rafredi. — Matye 24:9-12.

3. Poukisa pawòl Jezi nou jwenn nan Matye 24:14 la vrèman estrawòdinè ?

3 Se apre Jezi fin dekri sitiyasyon negatif sa yo li te fè deklarasyon ki dwe te fè disip yo etone a. Li te di : “ Bon nouvèl sa a konsènan wayòm nan, yo pral preche l sou tout latè ki abite kòm temwayaj pou tout nasyon. Epi apre sa lafen an ap vini. ” ​(Matye 24:14). Wi, travay Jezi te kòmanse ann Izrayèl la, sa vle di “ rann temwayaj pou laverite ”, t ap gen pou l kontinye e pou l gaye nan lemonnantye (Jan 18:37). Ala yon pwofesi estrawòdinè ! Sa ta yon gwo defi pou disip yo ta rive fè travay sa a gaye nan “ tout nasyon ”. E pou yo ta fè l malgre ‘ tout nasyon t ap rayi yo ’, sa a li menm, se t ap yon mirak. Akonplisman gwo travay sa a t ap egzalte nonsèlman souvrènte Jewova ansanm ak pisans li, men tou li t ap egzalte lanmou li, mizèrikòd li ansanm ak pasyans li. Anplis de sa, sa t ap bay sèvitè l yo opòtinite pou yo montre fwa yo ak atachman yo pou Bondye.

4. Kiyès Jezi te di ki gen pou akonpli travay bay temwayaj la, e ki ankourajman li te ba yo ?

4 Jezi te montre disip li yo aklè se yon gwo travay yo gen nan men yo. Anvan Jezi te monte nan syèl, li te parèt devan yo e li te di yo : “ Nou pral resevwa pisans lè lespri sen an rive sou nou, e nou pral sèvi m temwen ni nan Jerizalèm, ni nan tout Jide e nan Samari rive jis nan rejyon ki pi lwen sou tè a. ” ​(Travay 1:8). Se vre, pi devan, lòt moun t ap vin met ansanm avèk yo. Men nan moman an, disip yo pa t anpil. Se pa ti ankourajan sa dwe te ankourajan pou yo lè yo te aprann lespri sen Bondye a ki pisan t ap ba yo fòs pou yo akonpli travay sa a Bondye te konfye yo a !

5. Konsènan travay predikasyon an, ki sa disip yo pa t konnen ?

5 Disip yo te konnen yo te gen pou yo preche bon nouvèl la e pou yo “ fè disip pami moun tout nasyon ”. (Matye 28:19, 20.) Men, yo pa t konnen jis nan ki pwen yo te gen pou yo bay temwayaj sa a, e yo pa t konnen ki lè lafen an t ap vini. Nou menm tou, nou pa konnen bagay sa yo. Se Jewova sèl k ap deside (Matye 24:36). Lè Jewova satisfè ak temwayaj ki bay la, l ap met yon fen nan sistèm de choz mechan sa a. Se lè sa a kretyen yo ap resi rann yo kont travay predikasyon an akonpli nan pwen Jewova te vle a. Li t ap difisil anpil pou premye disip yo ta imajine jis nan ki pwen temwayaj la t ap bay nan tan lafen an.

Temwayaj ki te bay nan premye syèk la

6. Ki sa k te pase jou Pannkòt ane 33 epòk nou an, e yon ti tan apre sa ?

6 Nan premye syèk la, travay predikasyon Wayòm nan ak travay fè disip la te bay rezilta estrawòdinè. Nan jou Pannkòt ane 33 epòk nou an, anviwon 120 disip te twouve yo nan yon chanmòt nan Jerizalèm. Lespri sen Bondye te desann sou yo, apot Pyè te bay yon diskou vibran pou l esplike sa mirak sa a te vle di, e anviwon 3 000 moun te vin kwayan e yo te batize. E sa a se te sèlman yon kòmansman. Malgre gwo efò chèf relijye yo te fè pou yo kraze predikasyon bon nouvèl la, “ Jewova te kontinye ap voye moun ki delivre yo al jwenn [disip yo] chak jou ”. Yon ti tan apre, “ kantite moun yo te rive anviwon senk mil ”. Apre sa, “ moun ki kwayan nan Seyè a te kontinye vin ajoute, anpil moun, gason kou fi ”. — Travay 2:1-4, 8, 14, 41, 47 ; 4:4 ; 5:14.

7. Poukisa konvèsyon Kònèy te yon evènman enpòtan ?

7 Nan ane 36 epòk nou an, te gen yon lòt evènman enpòtan ki te rive : Kònèy, yon Janti, te konvèti e li te batize. Piske Jewova te dirije apot Pyè al jwenn mesye sa a ki te gen krent pou Bondye, li tou montre kòmandman Jezi te bay pou “ fè disip pami moun tout nasyon ” an pa t limite sèlman pou Juif ki te gaye nan plizyè peyi (Travay 10:44, 45). Ki jan moun ki te alatèt travay la te reyaji ? Lè apot yo ansanm ak ansyen nan Jide yo te vin konprann fòk yo pote bon nouvèl la bay moun nan nasyon yo tou, sa vle di bay moun ki pa Juif, yo te glorifye Bondye (Travay 11:1, 18). Pandan tan sa a, travay predikasyon an te kontinye ap pote fwi pami Juif yo. Kèk ane apre, siman nan zòn ane 58 epòk nou an, nonsèlman te gen Janti ki te kwayan, men tou, pami Juif yo te gen “ plizyè milye ” ki te kwayan. — Travay 21:20.

8. Ki efè bon nouvèl la gen sou moun yo ?

8 Byenke kantite kretyen nan premye syèk la te ogmante yon fason ki enpresyonan, nou pa dwe janm bliye chif yo se moun yo reprezante. Mesaj biblik moun sa yo te tande a te pisan (Ebre 4:12). Li te chanje lavi yo konplètman. Moun sa yo te pirifye vi yo, yo te abiye yo ak nouvo pèsonalite a e yo te vin rekonsilye avèk Bondye (Efezyen 4:22, 23). Se menm bagay la ki rive jodi a. E anplis, tout moun ki aksepte bon nouvèl la gen bèl pèspektiv pou yo viv etènèlman. — Jan 3:16.

Konpayon travay Bondye

9. Ki privilèj e ki responsablite premye kretyen yo te rekonèt yo te genyen ?

9 Premye kretyen yo pa t janm pretann se efò pèsonèl yo te fè ki te alabaz tout travay yo te reyalize yo. Yo te rekonèt se grasa “ pisans lespri sen ” yo te rive akonpli travay yo antanke minis (Women 15:13, 19). Se Jewova ki te fè yo gen akwasman espirityèl. Men, anmenmtan, kretyen sa yo te konnen yo se “ konpayon travay Bondye ”, e yo te konnen se te yon privilèj e yon responsablite (1 Korentyen 3:6-9). Se poutèt sa, ann amoni ak konsèy Jezi te ba yo, yo te fè gwo efò nan travay yo te konfye yo a. — Lik 13:24.

10. Ki efò kèk kretyen nan premye syèk la te fè pou yo bay temwayaj pami nasyon yo ?

10 Apot Pòl, antanke “ apot nasyon yo ”, te vwayaje plizyè milye kilomèt, ni sou tè ni sou lanmè, pou l te etabli anpil kongregasyon nan peyi Grès e nan tèritwa Wòm te gen ann Azi (Women 11:13). Li te vwayaje al nan vil Wòm tou, e petèt li te menm al ann Espay. Pandan tan sa a, apot Pyè, ki te gen responsablite “ bon nouvèl la [...] pou moun ki [te] sikonsi yo ”, te vwayaje al nan yon lòt direksyon pou l al sèvi nan Babilòn, yon zòn ki te gen anpil Juif ki t ap viv ladan l lè sa a (Galat 2:7-9 ; 1 Pyè 5:13). Pami anpil lòt moun ki te patisipe nan travay Seyè a, te gen yon seri medam tankou Trifèn ak Trifoz. Te gen yon lòt dam ki te rele Pèsis, yo di ki “ te akonpli anpil travay nan sèvis Seyè a ”. — Women 16:12.

11. Ki jan Jewova te beni efò disip yo te fè ?

11 Se pa ti beni Jewova te beni moun sa yo ansanm ak lòt konpayon yo ki te zele pou efò yo te fè. Mwens pase 30 an apre Jezi te predi t apral gen yon temwayaj pou tout nasyon yo, apot Pòl te ekri pou l fè konnen “ bon nouvèl la ” te gentan “ preche nan tout kreyasyon ki anba syèl la ”. (Kolosyen 1:23.) Èske lafen an te vini lè sa a ? Wi, nan yon sans, li te vini. Nan ane 70 epòk nou an, lafen an te vini sou sistèm de choz juif la, lè lame women an te detwi Jerizalèm ansanm ak tanp li a. Toutfwa, Jewova te deside pou gen yon pi gwo temwayaj ki bay anvan li mete yon pwen final nan tout sistèm de choz Satan an nèt.

Temwayaj k ap bay jodi a

12. Ki jan premye Etidyan Labib yo te konprann kòmandman ki mande pou yo preche a ?

12 Nan fen 19yèm syèk la, apre yon peryòd byen long kote apostazi t ap domine, vrè adorasyon an te vin retabli. Etidyan Labib yo, se konsa yo te konn rele Temwen Jewova yo nan epòk sa a, te byen konprann kòmandman ki mande pou yo fè disip sou tout tè a (Matye 28:19, 20). Nan ane 1914, te gen anviwon 5 100 moun ki t ap patisipe aktivman nan travay predikasyon an, e bon nouvèl la te rive atenn 68 peyi. Sepandan, premye Etidyan Labib yo pa t fin byen konprann tout siyifikasyon Matye 24:14. Nan fen 19yèm syèk la, gen anpil sosyete biblik ki te tradui Labib, ki gen bon nouvèl la oubyen evanjil yo ladan l, nan anpil lang. Yo te enprime yo e yo te distribye yo nan lemonnantye. Se sa k fè, pandan plizyè dizèn ane, Etidyan Labib yo te konprann nasyon yo te gentan jwenn temwayaj.

13, 14. Ki jan yon nimewo Toudegad ane 1928 te ede moun yo pi byen konprann volonte Bondye ak objektif li ?

13 Tikras pa tikras, Jewova ede sèvitè l yo pi byen konprann volonte l ak objektif li (Pwovèb 4:18). Men sa Toudegad 1ye desanm 1928 (anglè) te di : “ Èske nou ka di distribisyon Bib la akonpli predikasyon evanjil wayòm nan ki te predi a ? Definitivman non ! Malgre distribisyon sa a fèt, li toujou nesesè pou ti gwoup temwen Bondye yo ki sou tè a kontinye enprime piblikasyon k ap esplike [objektif] Bondye e pou yo kontinye al kay moun ki te deja resevwa bib sa yo. Si se pa sa, moun yo ap rete nan inyorans konsènan gouvènman mesyanik la ki etabli nan epòk pa nou an. ”

14 Men sa menm nimewo Toudegad sa a te ajoute : “ An 1920, [...] Etidyan Labib yo te vin konprann pwofesi Seyè nou an te bay nan Matye 24:14 la kòrèkteman. Lè sa a, yo te vin reyalize ‘ evanjil sa a ’ ki ta dwe preche nan lemonnantye pou sèvi temwayaj pou Janti yo, oubyen ankò pou tout nasyon, se pa yon evanjil konsènan yon wayòm ki gen pou vini, men se pito yon evanjil ki fè konnen Wa mesyanik la deja kòmanse reye sou tè a. ”

15. Depi ane 1920 yo, jis nan ki degre travay predikasyon an etann ?

15 “ Ti gwoup temwen ” ki te gen nan ane 1920 yo pa t toujou rete piti. Nan deseni ki te vin apre yo, yo te vin idantifye “ yon gwo foul ” “ lòt mouton ”, e yo te kòmanse rasanble yo (Revelasyon 7:9 ; Jan 10:16). Jodi a, gen 6 613 950 pwoklamatè bon nouvèl la nan 235 peyi sou tè a. Ala yon bèl akonplisman pwofesi a jwenn ! Pa t janm gen yon epòk kote yo te preche “ bon nouvèl [...] wayòm nan ” tout kote konsa. E anvan sa, pa t janm gen anpil sèvitè fidèl konsa k ap sèvi Jewova sou tè a.

16. Ki travay ki te reyalize pandan ane sèvis ki sot pase a ? (Gade tablo ki nan paj 27-30 lan.)

16 Gwo foul Temwen sa yo te aktif anpil pandan ane sèvis 2005 lan. Yo te pase plis pase yon milya èdtan ap pwoklame bon nouvèl la nan 235 peyi. Yo te fè plizyè milyon vizit e yo te kondui plizyè milyon etid biblik. Tout travay sa a se Temwen Jewova yo ki te reyalize l, yo te bay tan yo ak resous yo gratis pou yo fè lòt moun konn Pawòl Bondye a (Matye 10:8). Jewova kontinye bay sèvitè li yo fòs pou yo akonpli volonte l, grasa lespri sen li ki pisan. — Zekarya 4:6.

Annou fè tout sa nou kapab pou nou bay temwayaj

17. Ki jan sèvitè Jewova yo reyaji devan pawòl Jezi te di konsènan predikasyon bon nouvèl la ?

17 Byenke gen prèske 2 000 an ki pase depi Jezi te fè konnen yo ta gen pou preche bon nouvèl la, zèl sèvitè Bondye yo genyen nan travay sa a pa diminye. Nou konnen lefètke n ap pèsevere nan fè sa ki byen, nou reflete kalite Jewova genyen, tankou lanmou, mizèrikòd ak pasyans. Menm jan avè l, nou pa vle pou pyès moun detwi, men nou vle pou yo repanti e pou yo vin rekonsilye ak Jewova (2 Korentyen 5:18-20 ; 2 Pyè 3:9). Piske lespri Bondye chofe Temwen Jewova yo, sa fè yo kontinye pwoklame bon nouvèl la avèk zèl jis nan dènye bout tè a (Women 12:11). Kòm rezilta, moun toupatou aksepte laverite e y ap konfòme yo anba direksyon Jewova bay avèk amou. Annou pran kèk egzanp.

18, 19. Rakonte eksperyans kèk moun ki te byen reyaji devan bon nouvèl la.

18 Charles se te yon kiltivatè nan lwès peyi Kenya. Nan ane 1998, li te vann plis pase 18 000 liv tabak, e sa te fè yo ba l yon sètifika kòm pi gwo plantè tabak. Annapre, li te kòmanse etidye Labib. Sa pa t pran tan pou l te rann li kont yon moun k ap pwodui tabak se yon moun ki vyole kòmandman Jezi bay pou moun renmen pwochen yo (Matye 22:39). Lè Charles vin konprann lefètke li se ‘ pi gwo plantè tabak ’, sa vle di an reyalite li se ‘ pi gwo asasen ’, li simen yon pwodui sou plantasyon tabak li yo ki detwi yo. Li pwogrese espirityèlman, li vwe vi li bay Bondye e li batize, e kounye a, l ap sèvi kòm pyonye pèmanan e kòm asistan ministeryèl.

19 Pa gen dout nan sa, Jewova ap souke nasyon yo grasa temwayaj k ap bay toupatou sou tè a, e bagay apresyab yo, sa vle di moun yo, ap antre (Agayi 2:7). Pedro, k ap viv nan peyi Pòtigal, te antre nan yon seminè lè l te gen trèzan. Objektif li se pou l te vin yon misyonè e pou l anseye moun Bib la. Sepandan, apre yon ti tan, li kite seminè a paske li wè lè l nan klas, se raman yo pale de Labib. Sizan apre, li t al etidye sikoloji nan yon inivèsite nan Lisbòn. Li t ap viv ak matant li ki Temwen Jewova e ki te ankouraje l etidye Labib. Men, nan pwen Pedro te rive a, li pa t sèten Bondye egziste, ni li pa t ka deside si pou l etidye Bib la oswa si pou l pa etidye l. Li pale ak pwofesè sikoloji l la sou kesyon lè yon moun pa konn sa pou l deside. Pwofesè a di li, selon sa sikoloji anseye, yon moun ki pa ka pran desizyon se yon moun ki sou wout pou l detwi pwòp tèt li. Lè Pedro tande sa, li pran rezolisyon pou li etidye Bib la. Pedro batize tou dènyèman la a, e kounye a, l ap etidye Labib ak lòt moun.

20. Poukisa nou kapab rejwi dèske travay bay nasyon yo temwayaj la ap fèt anpil kote konsa ?

20 Jiska prezan, nou pa konnen jis nan ki degre n ap rive bay temwayaj nan tout nasyon, e nou pa konnen nonplis ni jou ni lè lafen an ap vini. Sèl sa nou konnen, sèke lafen an pa lwen. Nou rejwi dèske predikasyon bon nouvèl la k ap fèt tout kote sa yo se sèlman youn nan pakèt prèv ki montre tan pou Wayòm Bondye a ranplase gouvènman lèzòm yo pa lwen rive (Dànyèl 2:44). Chak ane ki pase, gen plizyè milyon moun ki tande bon nouvèl la, e konsa yo jwenn okazyon pou yo byen reyaji, e sa glorifye Bondye nou an, Jewova. Nou swete pou nou pran detèminasyon pou nou rete fidèl e, ansanm ak tout frè nou yo nan lemonnantye, pou nou rete aktif nan travay k ap fèt pou bay tout nasyon yo temwayaj. Si nou fè sa, n ap sove ni nou menm, ni moun k ap koute nou. — 1 Timote 4:16.

Èske nou sonje ?

• Sa k fè Matye 24:14 se yon pwofesi ki estrawòdinè ?

• Ki efò premye kretyen yo te fè pou yo preche, e ki rezilta yo te jwenn ?

• Ki jan Etidyan Labib yo te rive konprann nesesite pou yo bay temwayaj nan tout nasyon ?

• Lè w konsidere aktivite sèvitè Jewova yo akonpli pandan ane ki sot pase a, ki sa ki atire atansyon w ?

[Kesyon]

[Tablo nan paj 27-30]

RAPÒ MONDYAL SOU AKTIVITE TEMWEN JEWOVA YO — ANE SÈVIS 2005

(Gade peryodik la)

[Kat jeyografik/Foto nan paj 31]

Pòl te fè plizyè milye kilomèt ap vwayaje, ni sou tè ni sou lanmè, pou l preche bon nouvèl la.

[Foto nan paj 26]

Jewova te dirije Pyè pou l al bay Kònèy ansanm ak fanmi l temwayaj.