Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou mache nan chemen limyè k ap vin pi klere a

Annou mache nan chemen limyè k ap vin pi klere a

Annou mache nan chemen limyè k ap vin pi klere a

“ Chemen moun ki jis yo tankou yon limyè k ap briye kote ekla a ap ogmante jiskaske jou a tabli byen djanm. ” — PWOVÈB 4:18.

1, 2. Ki rezilta pèp Bondye a jwenn lefètke Jewova ba yo yon limyè espirityèl k ap vin pi klere ?

KIYÈS ki kapab dekri pi byen pase Jewova Dye, li menm ki Sous limyè, efè solèy la k ap leve genyen sou fènwa lannuit (Sòm 36:9) ? Men sa Bondye di : ‘ Lè limyè maten ap kenbe dènye bout tè a, tè a ap transfòme tèt li tankou ajil ki anba yon so, e bagay yo pran plas yo tankou yo te nan yon rad. ’ ​(Jòb 38:12-14). Tank limyè solèy la ap vin pi klere, sa ki sou tè a ap pran fòm e yo parèt pi klè, menm jan yon ajil ki mou chanje fòm lè yo depoze sou li yon so ki gen anprent yon anblèm grave ladan l.

2 Jewova se Sous limyè espirityèl tou (Sòm 43:3). Alòske monn nan rete nan fènwa pwès, vrè Dye a kontinye bay pèp li a limyè. Ki rezilta sa bay ? Bib la reponn : “ Chemen moun ki jis yo tankou yon limyè k ap briye kote ekla a ap ogmante jiskaske jou a tabli byen djanm. ” ​(Pwovèb 4:18). Limyè Jewova bay k ap vin pi klere a kontinye klere chemen pèp li a. Li rafine yo nan kesyon òganizasyon, doktrin ak moralite.

Eklèsisman fè vin gen amelyorasyon nan domèn òganizasyon

3. Ki pwomès nou jwenn nan Izayi 60:17 ?

3 Pa mwayen pwofèt Izayi, men sa Jewova te predi : “ Olye de kuiv, se lò m ap fè pote, olye de fè, se ajan m ap fè pote, olye de bwa, se kuiv m ap fè pote e olye de wòch, se fè m ap fè pote. ” ​(Izayi 60:17). Menm jan lè yo ranplase yon materyo, yo mete youn ki pi siperyè nan plas li, sa montre gen amelyorasyon, se konsa tou Temwen Jewova yo jwenn amelyorasyon nan fason yo òganize yo pandan peryòd “ konklizyon sistèm de choz la ”, sa vle di pandan peryòd “ dènye jou yo ”. — Matye 24:3 ; 2 Timote 3:1.

4. Ki dispozisyon yo te vin pran an 1919, e ki bon efè sa te genyen ?

4 Nan kòmansman dènye jou yo, nan kongregasyon Etidyan Labib yo (se konsa yo te konn rele Temwen Jewova yo lè sa a), yo te konn fè eleksyon yon fason demokratik pou yo chwazi ansyen yo ak dyak yo. Sepandan, gen kèk ansyen ki pa t gen yon vrè espri evanjelizasyon. Gen kèk ladan yo, nonsèlman yo pa t chofe pou yo patisipe nan travay predikasyon an, men tou yo te konn dekouraje lòt moun pou yo pa patisipe. Konsa, an 1919, yo te mete sou pye yon nouvo fonksyon nan chak kongregasyon, se te yon direktè sèvis. Se pa manm kongregasyon an ki te vote l, men se biwo filyal pèp Bondye a ki te nome l teyokratikman. Direktè sèvis la te gen responsablite pou l òganize travay predikasyon an, pou l bay tèritwa e pou l ankouraje moun patisipe nan ministè a. Diran ane ki vin apre yo, travay predikasyon Wayòm nan te pran yon elan estrawòdinè.

5. Ki amelyorasyon ki te vin fèt nan ane 1920 yo ?

5 Tout moun nan kongregasyon yo te santi yo jwenn plis fòs toujou grasa egzòtasyon yo te ba yo nan yon asanble Etidyan Labib yo te òganize an 1922 nan Cedar Point, Ohio, Ozetazini, kote yo te di yo : “ Pwoklame, pwoklame, pwoklame Wa a ak wayòm li an ! ” Rive nan 1927, predikasyon an te vin pi byen òganize, a tèl pwen yo te vin chwazi jou dimanch kòm jou ki pi apwopriye pou moun patisipe nan travay predikasyon kay an kay la. Poukisa se jou sa a yo te chwazi ? Se paske dimanch se jou pifò moun pa al travay. Temwen Jewova yo jodi a gen menm etadespri a, yo fè efò pou yo vizite moun yo nan moman yo konnen li pi fasil pou yo lakay yo, tankou nan wikenn oubyen nan aswè.

6. Ki rezolisyon yo te adopte an 1931, e ki efè sa te genyen sou travay predikasyon Wayòm nan ?

6 Jou dimanch aprèmidi ki te 26 jiyè 1931 an, aktivite pwoklamasyon Wayòm nan te vin pran yon lòt gwo elan lè yo te adopte yon rezolisyon nan yon asanble ki te fèt nan Columbus, Ohio, Ozetazini. Apre sa, yo te vin adopte menm rezolisyon sa a anpil lòt kote nan monn nan. Men sa yon pati nan rezolisyon an di : “ Nou se sèvitè Jewova Dye ki resevwa misyon pou nou fè yon travay nan non li e, pou nou ka obeyi kòmandman li ban nou, n ap rann temwayaj konsènan Jezi Kris, e n ap fè moun yo konnen Jewova se vrè Dye a, Dye Toupisan an. Se poutèt sa, se avèk kè kontan nou adopte non Bondye, Seyè a, non li te nonmen ak bouch li e n ap pote non sa a, e nou vle pou moun yo konnen nou sou non sa a e se ak non sa a pou yo rele nou : Temwen Jewova. ” ​(Izayi 43:10). Nouvo non sa a endike aklè prensipal aktivite tout moun ki pote l genyen. Wi, Jewova te gen yon travay pou tout sèvitè l yo vin patisipe. Prèske tout moun te reyaji avèk antouzyas.

7. Ki chanjman ki te fèt an 1932, e poukisa ?

7 Anpil ansyen ki enb te konsakre tèt yo nan travay predikasyon an. Men, gen kèk kote, ansyen yo te vote nan eleksyon yo te opoze seryezman ak lide pou tout moun nan kongregasyon an patisipe nan ministè a. Sepandan, te gen lòt amelyorasyon ki t ap vini. An 1932, kongregasyon yo te resevwa enstriksyon pa mwayen Toudegad pou yo sispann fè eleksyon pou vote ansyen ak dyak. Olye de sa, yo ta dwe vote yon komite sèvis ki t ap gen ladan l gason espirityèl ki konn patisipe nan travay predikasyon an. Konsa, yo te konfye siveyans lan bay moun ki te konn patisipe aktivman nan travay predikasyon an, e sa te fè travay la avanse.

Plis limyè vle di plis amelyorasyon

8. Ki amelyorasyon ki te fèt an 1938 ?

8 ‘ Ekla limyè a t ap ogmante. ’ An 1938, yo te elimine kesyon eleksyon an nèt. Tout sèvitè nan kongregasyon yo te nome teyokratikman sou sipèvizyon “ esklav fidèl ki prevwayan an ”. (Matye 24:45-47.) Prèske tout kongregasyon Temwen Jewova yo te aksepte chanjman sa a tousuit, e travay rann temwayaj la te kontinye pote fwi.

9. Ki dispozisyon yo te mete an plas an 1972, e poukisa se te yon amelyorasyon ?

9 Apati 1ye oktòb 1972, gen yon lòt ajisteman ki te vin fèt nan domèn siveyans nan kongregasyon yo. Yo te pran dispozisyon pou tout kongregasyon Temwen Jewova ki sou tè a gen yon kolèj ansyen k ap sipèvize yo, e konsa se yon kolèj ki te vin asire siveyans kongregasyon an olye se yon sèl sèvitè kongregasyon, oubyen siveyan. Nouvo dispozisyon sa a te motive gason ki gen matirite yo pou yo kalifye tèt yo pou yo pran latèt nan kongregasyon an (1 Timote 3:1-7). Kòm rezilta, anpil frè te vin gen eksperyans pandan y ap akonpli responsablite yo nan kongregasyon an. Tout frè sa yo montre yo gen anpil valè nan travay y ap fè pou yo pran swen kantite nouvo ki aksepte verite ki nan Bib la !

10. Ki dispozisyon yo te mete sou pye an 1976 ?

10 Manm Kolèj santral la te vin òganize an sis komite. E apati 1ye janvye 1976, tout aktivite òganizasyon an ansanm ak tout kongregasyon ki sou tout tè a te vin anba sipèvizyon komite sa yo. Ala yon gwo benediksyon lefètke te vin gen “ anpil konseye ” pou dirije tout aspè nan travay predikasyon Wayòm nan ! — Pwovèb 15:22 ; 24:6.

11. Ki amelyorasyon ki te fèt an 1992, e nan ki objektif ?

11 Te gen yon lòt amelyorasyon ankò nan ane 1992. Se yon amelyorasyon ki konparab ak sa k te rive apre Izrayelit yo ansanm ak lòt moun ankò te retounen sot ann egzil nan Babilòn. Nan epòk sa a, pa t gen ase Levit pou fè sèvis nan tanp lan. Konsa, Netinim yo ki t ap ede Levit yo, alòske yo pa t Izrayelit, yo te ba yo plis travay. Se menm jan an tou, an 1992, gen kèk nan “ lòt mouton ” yo ki te vin resevwa plis responsablite nan objektif pou yo ede klas esklav fidèl ki prevwayan an pran swen byen terès Wayòm nan k ap ogmante pi plis toujou. Yo te ba yo responsablite pou yo ede divès komite ki nan Kolèj santral la. — Jan 10:16.

12. Nan ki sans Jewova tabli lapè kòm siveyan nou ?

12 Ki rezilta tout chanjman sa yo te bay ? Jewova di : “ M ap tabli lapè kòm siveyan w, e kòm chèf kòve w, m ap tabli jistis. ” ​(Izayi 60:17). Gen “ lapè ” pami sèvitè Jewova yo jodi a, e lanmou pou “ jistis ” vin “ chèf kòve ” yo, sa vle di li vin fòs k ap pouse yo sèvi Bondye. Yo byen òganize pou yo akonpli travay predikasyon Wayòm nan ak travay fè disip la. — Matye 24:14 ; 28:19, 20.

Jewova klere chemen an nan kesyon doktrin

13. Nan ane 1920 yo, ki jan Jewova te klere chemen sèvitè l yo nan kesyon doktrin ?

13 Jewova klere chemen sèvitè l yo tou nan kesyon doktrin ofiramezi. Nou jwenn yon egzanp nan Revelasyon 12:1-9. Vèsè sa yo pale de twa pèsonaj senbolik : “ yon madanm ” ki te ansent e ki akouche, yon “ dragon ” plis “ yon tigason, yon mal ”. Èske w konnen kiyès chak pèsonaj sa yo reprezante ? Yo te idantifye yo nan yon atik ki te gen tit “ Nesans nasyon an ”, ki te parèt ann anglè nan Toudegad 1ye mas 1925 (an fransè, li te parèt an jen). Atik sa a te bay pèp Bondye a yon pi bon konpreyansyon sou pwofesi konsènan nesans Wayòm nan, yon eklèsisman ki te montre klè gen de òganizasyon ki egziste : òganizasyon pa Jewova a ak pa Satan an. Epi, nan ane 1927/1928, sèvitè Bondye yo te vin konprann fèt Nwèl ansanm ak fèt anivèsè nesans pa ann amoni ak Ekriti yo, e yo te sispann fete yo.

14. Site kèk verite nan kesyon doktrin ki te vin klè nan ane 1930 yo.

14 Nan ane 1930 yo, te vin gen plis limyè sou twa verite nan kesyon doktrin. Depi plizyè ane, Etidyan Labib yo te konnen gwo kantite moun, oubyen ankò “ gwo foul ”, Revelasyon 7:9-17 pale de li a diferan ak 144 000 moun k ap gen pou dirije avèk Kris antanke wa e prèt (Revelasyon 7:9-17 ; 5:9, 10 ; 14:1-5). Sepandan, idantite gwo kantite moun nan potko klè. Menm jan nan maten, limyè k ap vin pi klere fè nou wè fòm ak koulè yon seri bagay nou pa t ka wè akoz fènwa, se konsa an 1935, yo te vin konprann gwo kantite moun nan se moun k ap gen pou chape nan “ gwo tribilasyon an ”, moun ki gen pèspektiv pou yo viv etènèlman sou tè a. Pi devan nan menm ane a, yo te vin klarifye yon lòt pwen ki konsène pitit Temwen Jewova ki lekòl nan anpil peyi. Alòske te gen yon van patriyotis ki t ap soufle fò nan monn nan, Temwen yo te vin konprann kesyon salye drapo a se pa yon senp fòmalite sèlman. Nan ane apre a, yo te vin esplike yon lòt verite nan kesyon doktrin : Kris pa t mouri sou yon kwa, men se sou yon poto li te mouri. — Travay 10:39.

15. Ki lè yo te vin mete aksan sou karaktè sakre san an, e kòman sa te fèt ?

15 Tousuit apre Dezyèm Gè mondyal la, lè sa te vin tounen yon pratik pou yo itilize transfizyon san lè y ap swaye sòlda ki blese yo, te vin gen plis limyè ki te fèt sou san an ki sakre. Toudegad 1ye jiyè 1945 lan (anglè) te ankouraje “ tout adoratè Jewova ki vle gen lavi etènèl nan monn nouvo jis li a pou yo respekte karaktè sakre san an e pou yo konfòme yo ak prensip jis Bondye yo anrapò ak kesyon fondamantal sa a ”.

16. Ki lè Les Saintes Écritures — Traduction du monde nouveau a te parèt, e ki de aspè trè remakab li gen ladan l ?

16 An 1946, yo te vin wè nesesite pou gen yon nouvo tradiksyon Labib, yon tradiksyon ki t ap teni kont de tout dènye konesans ki te disponib anrapò ak lang biblik yo e ki pa t ap tache avèk yon seri kwayans ki soti nan tradisyon kretyente a, kwayans moun yo aksepte san prèv. Yo te kòmanse travay sou tradiksyon sa a an desanm 1947. An 1950, Les Écritures grecques chrétiennes — Traduction du monde nouveau te parèt ann anglè. Apati 1953, Ekriti ebrayik yo te parèt ofiramezi ann anglè an senk volim. Dènye volim nan te parèt an 1960, sa te fè apèn douz an depi pwojè tradiksyon an te kòmanse. Les Saintes Écritures — Traduction du monde nouveau a te parèt okonplè nan yon sèl volim an 1961. Kounye a, li disponib nan anpil lang, e tradiksyon sa a gen kèk aspè ki trè remakab. Li remete non Bondye, Jewova, nan plas li. E anplis, lefètke se yon tradiksyon literal tèks orijinal la, sa vin pèmèt konpreyansyon sou verite ki nan Pawòl Bondye a pa sispann amelyore.

17. Ki limyè ki te vin gen anplis an 1962 ?

17 An 1962, yo te vin pi byen konprann ekspresyon “ otorite siperyè ” ki nan Women 13:1 an, e yo te vin pi byen konprann tou jis nan ki pwen kretyen yo dwe soumèt devan yo. Yon etid apwofondi sou 13yèm chapit liv Women an ansanm ak lòt tèks tankou Tit 3:1, 2 ak 1 Pyè 2:13, 17 te vin ede yo konprann klè “ otorite siperyè yo ” se pa Jewova Dye ak Jezi Kris, men se otorite gouvènmantal yo.

18. Site kèk verite ki te vin pi klè nan ane 1980 yo.

18 Nan ane ki te vin apre yo, chemen moun ki jis yo te kontinye ap vin pi klere toujou. Se konsa an 1985, te vin gen limyè sou sa sa vle di lè yon moun deklare jis “ pou lavi ” ak lè yon moun deklare jis antanke zanmi Bondye (Women 5:18 ; Jak 2:23). Yo te esplike sans Jibile kretyen an an detay nan ane 1987.

19. Nan ane ki fèk sot pase yo, ki jan Jewova voye plis limyè espirityèl sou sèvitè l yo ?

19 An 1995, yo te vin pi byen konprann separasyon “ mouton ” yo ak “ kabrit ” yo. Nan ane 1998, yo te bay yon esplikasyon detaye sou vizyon Ezekyèl te resevwa sou tanp lan, vizyon ki deja kòmanse akonpli. An 1999, te vin gen klarifikasyon sou ki lè ‘ bagay repiyan an t ap kanpe nan yon andwa ki sen ’ e ki jan sa t ap fèt (Matye 24:15, 16 ; 25:32). E an 2002, yo te vin pi byen konprann sa sa vle di adore Bondye “ avèk lespri ak laverite ”. — Jan 4:24.

20. Nan ki lòt domèn konpreyansyon sèvitè Bondye yo te vin afine ?

20 Nonsèlman Jewova te afine pèp li a nan kesyon òganizasyon ak nan kesyon doktrin, li te afine yo tou nan kesyon konduit kretyen. Pa egzanp, an 1973, yo te vin konsidere fimen tabak oswa pran tabak kòm yon “ salte lachè ” e kòm yon peche grav (2 Korentyen 7:1). Dizan apre, Toudegad 15 jiyè 1983 a te ekspoze aklè pozisyon nou sou itilizasyon zamafe. Sa yo se sèlman kèk egzanp ki montre jan limyè a vin pi klere nan epòk pa nou an.

Annou kontinye mache nan chemen limyè k ap vin pi klere a

21. Ki atitid nou dwe genyen k ap ede nou pou nou kontinye mache nan chemen limyè k ap vin pi klere a ?

21 Men sa yon frè ki gen lontan depi l ansyen rekonèt : “ Li difisil pafwa pou yon moun aksepte yon chanjman ki fèt e pou l adapte l avè l. ” Ki sa ki te ede l aksepte tout amelyorasyon li te viv pandan 48 an li genyen depi l ap preche Wayòm nan ? Men repons li bay : “ Sa ki enpòtan, se gen yon bon etadespri. Si yon moun refize aksepte yon amelyorasyon, se kòmsi moun nan ret dèyè pandan òganizasyon an ap avanse. Si m twouve m nan yon sitiyasyon kote li ka sanble difisil pou m aksepte yon chanjman, mwen reflechi sou pawòl Pyè te di Jezi yo : ‘ Seyè, kiyès pou nou al jwenn ? Se ou menm ki gen pawòl lavi etènèl. ’ Lè sa a, mwen mande tèt mwen, ‘ Ki kote pou m ale ? Deyò a nan fènwa ki gen nan monn nan ? ’ Sa ede m kenbe òganizasyon Bondye a fèm. ” — Jan 6:68.

22. Ki byenfè nou jwenn lefètke n ap mache nan limyè ?

22 Asireman, monn ki antoure nou an nan yon fènwa pwès. Piske Jewova kontinye ap voye limyè sou pèp li a, distans ki separe yo ak moun nan monn nan ap vin pi laj. Ki sa limyè sa a fè pou nou ? Ebyen, menm jan limyè yon machin fè nou wè yon twou ki nan yon wout ki fènwa men li pa retire twou a, se konsa limyè ki soti nan Pawòl Bondye a pa retire pyèj yo. Men, se sèten, limyè Bondye ban nou an ede nou pou nou evite yo yon fason pou nou ka kontinye mache nan chemen limyè k ap vin pi klere a. Kidonk, annou kontinye fikse atansyon nou sou pawòl pwofetik Jewova a, tankou se sou “ yon lanp k ap klere nan yon kote ki fènwa ”. — 2 Pyè 1:19.

Èske nou sonje ?

• Ki amelyorasyon nan domèn òganizasyon Jewova fè pèp li a jwenn ?

• Ki amelyorasyon nan kesyon doktrin ki te vin fèt grasa plis limyè ki te vin genyen ?

• Ki chanjman ou te viv pèsonèlman, e ki sa ki te ede w aksepte yo ?

• Poukisa ou vle kontinye mache nan chemen limyè k ap vin pi klere a ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 19]

Asanble ki te fèt Cedar Point, Ohio, an 1922 a, te bay Etidyan Labib yo plis fòs pou yo fè travay Bondye a.

[Foto nan paj 21]

An 1950, Nathan Knorr te prezante “ Les Écritures grecques chrétiennes — Traduction du monde nouveau ”.

[Liy kredi pou foto nan paj 18]

© 2003 BiblePlaces.com