Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki kote y ap aplike ansèyman Kris yo jodi a ?

Ki kote y ap aplike ansèyman Kris yo jodi a ?

Ki kote y ap aplike ansèyman Kris yo jodi a ?

ANPIL kote nan monn nan, yo konsidere Jezi Kris kòm youn nan pi gran òm ki te pase sou tè a. Anpil moun konsidere l kòm pi gran òm nan. Depi prèske de mil an, ansèyman l yo egzèse yon gwo enfliyans sou lavi moun. Se tankou jan yon ekriven anglè ki rele Melvyn Bragg te ekri, ansèyman l yo enfliyanse “ ni ti jès moun pa menm remake ki demontre bonte ak byenveyans, ni gwo aksyon ki fèt pou ede moun ”.

Ki jan kèk moun konsidere krisyanis la ?

Ki jan kèk moun konsidere krisyanis la ? Yo dekri krisyanis la kòm etan “ youn nan pi gwo pwogrè limanite fè nan domèn espirityèl ”. Men sa David Kelso, ki nan Glasgow Caledonian University nan peyi Ekòs, deklare konsènan krisyanis la : “ De mil an istwa l yo chaje ak yon seri reyalizasyon enkonparab nan domèn atistik, achitekti, filozofi, mizik ak aksyon sosyal. ”

Sepandan, gen anpil lòt moun ki pa wè bagay la konsa. Yo pa gen pwoblèm ak krisyanis la antanke relijyon ki baze sou Jezi ak ansèyman l yo e ki baze sou kwayans ki fè konprann li se Pitit Bondye. Men, se aksyon enstitisyon ak òganizasyon ki pretann yo reprezante krisyanis la ki repouse moun sa yo.

Pa egzanp, gen yon filozòf alman nan 19yèm syèk la ki rele Friedrich Nietzsche ki te dakò ak dènye sans nou sot mansyone la a, e li te dekri krisyanis la kòm “ sèl tach etènèl limanite pote ”. Li di tou se li ki “ sèl gwo malediksyon an, sèl gwo pèvèsyon ki pwofon anpil la, [...] pou [krisyanis la], pa gen okenn mwayen li itilize ki twò malveyan, ki twò malonèt, ki twò anbachal e pa gen anyen ki twò piti pou li ”. Se vre, Nietzsche te gen pwennvi ekstrèm, men gen plizyè lòt moun ki pi rezonab ki tire menm konklizyon sa a tou. Poukisa ? Paske pandan plizyè syèk, se pa kalite Jezi te manifeste yo ki karakterize konduit moun ki di yo se kretyen yo, men, sa ki gaye toupatou, se “ pèvèsyon, krim san parèy ak blasfèm ”.

Èske Kris apwouve krisyanis la ?

Kidonk, li pa derezonab pou nou mande “ èske Kris toujou apwouve krisyanis la ? ” Gen moun imedyatman k ap reponn : “ Sètènman, li apwouve l ! Èske li pa t pwomèt disip li yo l ap avèk yo ‘ jiska lafendimonn ’ ? ” ​(Matye 28:20, Louis Segond). Wi, Jezi te di sa. Men, èske li te vle di li t ap avèk nenpòt moun ki di li se disip li, kèlkeswa konduit moun sa a ta genyen ?

Sonje te gen kèk chèf relijye nan epòk Jezi a ki te panse Bondye te avèk yo kèlkeswa konduit yo te genyen. Piske Bondye te chwazi Izrayèl pou yon fonksyon espesyal, gen kèk chèf relijye ki te panse Bondye pa t ap janm abandone yo, kèlkeswa sa yo ta fè (Mika 3:11). Men, finalman yo te rive twò lwen nan rejte lwa ak prensip Bondye yo. Se pou rezon sa a, Jezi Kris te di yo avèk franchiz : “ Gade ! Kay nou an, yo abandone l ban nou. ” ​(Matye 23:38). Tout yon sistèm relijye nèt te pèdi favè Bondye. Bondye te rejte l e li te kite lame women an detwi kapital Izrayèl la, Jerizalèm, ansanm ak tanp li an nan ane 70 epòk nou an.

Èske yon bagay konsa ka rive krisyanis la ? Annou egzamine ki kondisyon Jezi te makònen ak pwomès li te fè pou l ansanm avèk disip li yo jiska “ lafendimonn ”.

[Foto nan paj 3]

Ansèyman Jezi Kris yo gen yon gwo enfliyans sou plizyè milyon moun toupatou sou tè a.