Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kiyès ki vrè kretyen yo ?

Kiyès ki vrè kretyen yo ?

Kiyès ki vrè kretyen yo ?

“ KRISYANIS la egziste sèlman kote souvni Jezi Kris ann aksyon ni nan teyori ni nan pratik. ” ​(Être chrétien). Ak pawòl sa yo, yon teyolojyen suis ki rele Hans Küng te afime yon verite ki byen klè : vrè krisyanis la egziste sèlman kote gen moun sensè ki mete ansèyman Jezi yo an pratik.

Men, e lè yon seri moun oubyen yon seri enstitisyon pretann yo se kretyen, men, an reyalite, yo pa mete ansèyman Jezi yo an pratik ? Jezi li menm te di gen anpil moun ki t ap pretann yo se kretyen. Yo t ap mansyone divès aksyon yo te fè pou yo montre y ap sèvi l, yo t ap di l : “ Èske se pa t nan non w nou te pwofetize, e nan non w nou te chase demon, e nan non w nou te fè anpil zèv pisans ? ” Men, ki repons Jezi t ap ba yo ? Pawòl frapan li di yo montre ki jan li konsidere yo, men sa li di yo : “ Mwen pa t janm konnen nou ! Retire kò nou bò kote m, nou menm k ap pratike ilegalite. ” — Matye 7:22, 23.

Ala yon avètisman ki sevè pou moun k ap “ pratike ilegalite ” yo e ki di yo se disip Jezi ! Annou egzamine de kondisyon de baz Jezi te bay pou yon moun ranpli si l vle Jezi rekonèt li kòm vrè kretyen, olye li rejte l kòm moun k ap pratike ilegalite.

“ Si nou gen lanmou nan mitan nou ”

Men youn nan kondisyon Jezi te bay : “ Mwen ban nou yon kòmandman nouvo : se pou nou youn renmen lòt. Menm jan mwen renmen nou an, nou menm tou, se pou nou youn renmen lòt. Se konsa tout moun ap konnen nou se disip mwen, si nou gen lanmou nan mitan nou. ” — Jan 13:34, 35.

Jezi mande disip li yo pou yo gen yon vrè lanmou youn pou lòt e pou yo gen yon vrè lanmou pou tout moun. Pandan syèk ki pase depi lè Jezi t ap viv sou tè a, gen anpil kretyen ki ranpli kondisyon sa a. Men, ki sa nou ka di konsènan pifò òganizasyon relijye ki pretann yo reprezante Kris la ? Èske se lanmou ki make istwa relijyon sa yo ? Sètènman non. Olye de sa, se yo menm ki alatèt yon pakèt gè ak konfli ki lakòz anpil san inosan koule. — Revelasyon 18:24.

Jis nan epòk pa nou an, pawòl sa yo revele yo se laverite. Nasyon ki pretann yo se kretyen yo, se yo menm ankò ki te alatèt masak ki te fèt nan de gè mondyal yo nan 20yèm syèk la. Tou dènyèman la a, yon bann moun ki fè pati legliz ki swadizan kretyen te alatèt zak mechanste sovaj ki te fèt nan jenosid yo te kòmanse nan peyi Wannda nan ane 1994 la. Selon sa yon ansyen achevèk anglikan ki rele Desmond Tutu ekri, “ moun ki te leve youn kont lòt nan yon lit sanginè konsa [...] te gen menm kwayans. Pifò nan yo se te kretyen ”.

“ Si nou rete nan pawòl mwen ”

Jezi te bay yon lòt kondisyon de baz pou moun ki vrè kretyen yo, lè li te di : “ Si nou rete nan pawòl mwen, nou se disip mwen toutbonvre. N ap konnen laverite, e laverite ap libere nou. ” — Jan 8:31, 32.

Jezi atann li pou disip li yo rete nan pawòl li, sa vle di pou yo rete atache ak ansèyman l yo. Olye pou anseyan relijye ki pretann y ap suiv Kris yo ta fè sa, dapre sa teyolojyen Küng fè konnen, “ de jou an jou, yo vin adopte kwayans grèk yo pi plis ”. Yo ranplase ansèyman Jezi yo ak lòt kwayans, tankou nanm imòtèl, pigatwa, adorasyon Mari, ak yon klas moun ki fòme yon klèje. Kwayans sa yo se nan relijyon payen e nan filozofi payen yo soti. — 1 Korentyen 1:19-21 ; 3:18-20.

Anseyan relijye yo te vini tou avèk doktrin moun pa ka konprann ki rele Trinite a, yon doktrin ki mete Jezi nan yon pozisyon li menm li pa t janm reklame. Avèk doktrin sa a, yo detounen atansyon moun yo pou yo pa adore Sila a Jezi te toujou atire atansyon sou li a, anpalan de Papa l, Jewova (Matye 5:16 ; 6:9 ; Jan 14:28 ; 20:17). Men sa Hans Küng ekri : “ Lè Jezi ap pale de Bondye, li vle pale de Dye ki la depi lontan an, Bondye patriyach Abraram, Izarak ak Jakòb la, anpalan de Yawe [...]. Pou [Jezi], se li ki sèl inik Bondye a. ” Konbyen moun jodi a ki rekonèt tousuit se Yawe, oubyen ankò Jewova, jan yo abitye ekri l nan lang kreyòl, ki Bondye e ki Papa Jezi ?

Chèf relijye yo abandone konplètman kòmandman Jezi te bay ki mande pou kretyen yo rete net nan zafè politik. Dapre sa yon ekriven ki rele Trevor Morrow deklare, nan epòk Jezi a, Galile “ se te yon tèritwa kote nasyonalis etnik la te fò ”. Anpil Juif patriyòt te pran zam pou yo te ka jwenn libète politik ak libète relijye. Èske Jezi te anseye disip li yo pou yo patisipe nan jan de lit sa yo ? Non. Okontrè, men sa li te di yo : “ Nou pa fè pati monn nan. ” ​(Jan 15:19 ; 17:14). Sepandan, olye pou chèf legliz yo rete net, yo pito devlope sa yon ekriven ilandè ki rele Hubert Butler dekri kòm yon “ sistèm eklezyastik militan e politik ”. Men sa li ekri : “ Krisyanis politik la se prèske toujou menm bagay ak krisyanis k ap soutni koz militè. E lè òm d eta yo ansanm ak eklezyastik yo rive antann yo, sa k toujou rive sèke, ann echanj pou kèk privilèj Legliz jwenn, li bay fòs militè ki nan peyi sa yo benediksyon l. ”

Fo anseyan yo renye Jezi

Apot Pòl te bay avètisman konsènan moun ki t ap gen pou yo devye kite vrè krisyanis la. Li te di apre lanmò li t ap “ gen lou mechan ” ki t ap leve pami moun ki di yo se kretyen yo ki t ap “ di bagay kwochi pou yo rale disip yo dèyè yo ”. (Travay 20:29, 30.) Yo t ap “ deklare piblikman yo konnen Bondye ”, men, an reyalite, yo t ap “ renye li pa mwayen aksyon yo ”. (Tit 1:16.) Nan menm sans lan, men yon avètisman apot Pyè te bay konsènan fo anseyan sa yo : “ Anba anba, moun sa yo ap vini ak yon seri sèk ki lakòz destriksyon e y ap menm renye mèt ki te achte yo a. ” Selon sa apot Pyè di, move konduit yo t ap fè moun pale “ chemen laverite a mal ”. (2 Pyè 2:1, 2.) Dapre sa yon biblis ki rele W. E. Vine fè konnen, renye Kris nan sans sa a vle di “ renye ni Papa a ni Pitit la nan fè apostazi e nan simaye move ansèyman ”.

Ki jan Jezi t ap reyaji si moun ki deklare yo se disip li ta chwazi pa “ rete nan pawòl [li] ” e yo pa ta suiv lòt bagay li mande yo pou yo fè ? Men ki avètisman li te bay : “ Moun ki renye mwen devan lèzòm, mwen menm tou m ap renye li devan Papa m ki nan syèl la. ” ​(Matye 10:33). Natirèlman, Jezi pa renye yon moun ki fè yon fot alòske l ap fè efò ak tout kè l pou l rete fidèl. Pa egzanp, byenke apot Pyè te renye Jezi twa fwa, Pyè te repanti e Jezi te padone l (Matye 26:69-75). Sepandan, Jezi renye tout moun oubyen tout enstitisyon an reyalite ki tankou lou ki abiye ak po mouton, e k ap pran pòz yo se disip Kris, men ki pèsiste volontèman nan rejte ansèyman Kris yo. Konsènan fo anseyan sa yo, men sa Jezi te di : “ Se fwi moun sa yo k ap fè nou rekonèt yo. ” — Matye 7:15-20.

Apre lanmò apot yo, apostazi pran pye

Ki lè fo kretyen yo te kòmanse renye Kris ? Yo te kòmanse fè sa yon tikras tan apre lanmò Jezi. Selon sa Jezi te predi, Satan Ledyab pa t ap pran tan pou l simen “ move zèb ”, fo kretyen yo, pami “ bon semans ” lan, vrè kretyen yo, bon semans Jezi li menm te simen pandan ministè l (Matye 13:24, 25, 37-39). E selon sa apot Pòl te di, anseyan k ap twonpe moun yo te deja kòmanse aji depi nan epòk li a. Dapre sa li di, rezon fondamantal ki t ap fè yo devye kite ansèyman Jezi Kris yo, se paske yo pa gen yon vrè “ lanmou pou laverite ”. — 2 Tesalonisyen 2:10.

Apot Jezi Kris yo te tankou yon fren pou apostazi sa a toutotan yo t ap viv. Men, apre lanmò apot yo, chèf relijye yo te itilize “ tout kalite zèv pisans, ansanm ak siy ak prediksyon [...] ak tout kalite twonpri ”, nan objektif pou yo twonpe anpil moun e pou yo fè pi plis moun posib devye kite laverite Jezi ansanm ak apot li yo te anseye a (2 Tesalonisyen 2:3, 6-12). Dapre sa yon filozòf anglè ki rele Bertrand Russell te ekri, avèk letan, kongregasyon kretyen ki te la okòmansman an te vin tounen yon òganizasyon relijye ki “ t ap etone Jezi e ki t ap etone menm Pòl ”.

Vrè krisyanis la retabli

Istwa a klè. Depi apre lanmò apot yo, ansèyman Kris yo pa t parèt nan anpil bagay ki te vin fèt nan non krisyanis la. Sepandan, sa pa vle di Jezi pa kenbe pwomès li te fè pou l ansanm avèk disip li yo “ toule jou jis nan konklizyon sistèm de choz la ”. (Matye 28:20.) Nou ka sèten, depi lè li te di pawòl sa yo, te toujou gen moun fidèl, e pami moun sa yo, “ souvni Jezi Kris [te] ann aksyon ni nan teyori ni nan pratik ”. Jezi Kris kenbe pwomès li te fè pou l soutni moun sa yo etan y ap fè efò pou yo demontre lanmou ki idantifye vrè kretyen yo e pou yo rete fidèl ak laverite li te anseye a.

Anplis de sa, Jezi te pwomèt, nan dènye jou sistèm de choz sa a, li t ap rasanble disip fidèl li yo pou yo fòme yon kongregasyon kretyen tout moun t ap ka idantifye e li t ap sèvi avè l pou akonpli volonte l (Matye 24:14, 45-47). Kounye a, l ap sèvi ak kongregasyon sa a pou rasanble “ yon gwo foul ” ki gen gason, fi ak timoun, ki “ soti nan tout nasyon, nan tout tribi, nan tout pèp e nan tout lang ”, e Jezi rasanble yo anba direksyon l nan yon “ sèl twoupo ” anba yon “ sèl bèje ”. — Revelasyon 7:9, 14-17 ; Jan 10:16 ; Efezyen 4:11-16.

Kidonk, se pou w kite kèlkeswa enstitisyon oubyen òganizasyon k ap dezonore non Kris e k ap sal krisyanis la depi anviwon de mil an. Si w pa fè sa, jan Jezi Kris te di apot Jan an, ou ka “ resevwa yon pati nan flewo ” yo a lè Bondye pral egzekite jijman l sou yo talè konsa (Revelasyon 1:1 ; 18:4, 5). Pran rezolisyon pou w pami moun pwofèt Mika pale de yo lè l di, “ nan dènye pati jou yo ”, vrè adoratè yo, anpalan de moun ki fè pati vrè krisyanis la, ap koute enstriksyon Bondye yo e y ap “ mache nan chemen li yo ”, sa vle di vrè adorasyon an ki retabli (Mika 4:1-4). Moun ki pibliye peryodik sa a ap byen kontan ede w idantifye vrè adoratè sa yo.

[Foto nan paj 5]

Poukisa vrè kretyen yo pa patisipe nan lagè ?

[Liy kredi]

Sòlda, agoch : foto U.S. National Archives. Lansflam, adwat : foto U.S. Army.

[Foto nan paj 7]

“ Se pou nou gen lanmou nan mitan nou ” e “ se pou nou rete nan pawòl mwen ”. Sa yo se kondisyon de baz Jezi te etabli pou vrè kretyen yo.