Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Rasanbleman bagay ki nan syèl yo ak bagay ki sou tè yo

Rasanbleman bagay ki nan syèl yo ak bagay ki sou tè yo

Rasanbleman bagay ki nan syèl yo ak bagay ki sou tè yo

“ Se selon bon plezi l, [...] pou rasanble tout bagay ansanm ankò nan Kris la, ni bagay ki nan syèl yo ni bagay ki sou tè yo. ” — EFEZYEN 1:9, 10.

1. Ki “ bon plezi ” Jewova genyen anrapò ak syèl la ak tè a ?

LAPÈ INIVÈSÈL ! Se objektif glorye sa a Jewova, “ Bondye lapè a ”, genyen (Ebre 13:20). Selon sa li te enspire apot Pòl pou l ekri, “ bon plezi l ” se “ pou rasanble tout bagay ansanm ankò nan Kris la, ni bagay ki nan syèl yo ni bagay ki sou tè yo ”. (Efezyen 1:9, 10.) Vèb lè l tradui ki bay ‘ rasanble ansanm ankò ’ nan vèsè a, ki sa li endike egzakteman ? Men sa yon biblis ki rele John B. Lightfoot fè remake : “ Ekspresyon an endike amoni total ki pral gen nan linivè, kote pap gen okenn eleman etranj ki pou lakòz divizyon ankò, men tout eleman yo pral santre sou Kris e yo pral ini nan li. Peche ak lanmò, tristès, echèk, soufrans, tout bagay sa yo pral sispann. ”

“ Bagay ki nan syèl yo ”

2. “ Bagay ki nan syèl ” yo dwe rasanble yo, kiyès yo ye ?

2 Apot Pyè te rezime bèl esperans vrè kretyen yo genyen lè li te ekri : “ N ap tann, selon pwomès li, syèl tounèf ak yon tè tounèf kote jistis ap abite. ” ​(2 Pyè 3:13). “ Syèl tounèf ” yo pwomèt la a se nouvo gouvènman ki pral dirije a, anpalan de Wayòm mesyanik la. “ Bagay ki nan syèl yo ” Pòl te mansyone nan lèt li te ekri Efezyen yo dwe rasanble “ nan Kris ”. Se yon kantite moun limite yo chwazi pou dirije avèk Kris nan syèl la (1 Pyè 1:3, 4). San karannkat mil kretyen wen sa yo, se moun “ yo te achte sou tè a ”, “ yo te achte yo nan mitan limanite ” pou y al eritye ansanm ak Kris nan Wayòm selès li a. — Revelasyon 5:9, 10 ; 14:3, 4 ; 2 Korentyen 1:21 ; Efezyen 1:11 ; 3:6.

3. Sa k fè yo di kretyen wen yo ‘ chita nan zòn selès yo ’ menm pandan yo sou tè a ?

3 Kretyen wen yo te refèt ankò pa mwayen lespri sen pou yo vin pitit espirityèl Jewova (Jan 1:12, 13 ; 3:5-7). Piske Jewova adopte yo kòm “ pitit ”, yo vin frè Jezi (Women 8:15 ; Efezyen 1:5). Se paske yo se pitit Bondye ki fè, menm pandan yo sou tè a, yo di ‘ yo leve ansanm, e yo chita ansanm nan zòn selès yo ann inyon ak Kris Jezi ’. (Efezyen 1:3 ; 2:6.) Yo okipe pozisyon espirityèl elve sa a, paske yo te “ mete so lespri sen yo te pwomèt la sou [yo], ki se yon garanti yo bay davans sou eritaj [yo] a ” ki rezève pou yo nan syèl la (Efezyen 1:13, 14 ; Kolosyen 1:5). Donk, se yo menm ki “ bagay ki nan syèl yo ”, yo menm Jewova te gentan deside kantite total ki dwe rasanble a.

Rasanbleman an kòmanse

4. Ki lè rasanbleman “ bagay ki nan syèl yo ” te kòmanse, e ki sa k te pase lè sa a ?

4 Selon “ administrasyon ” Jewova mete sou pye a, oubyen ankò selon fason li dirije bagay yo, rasanbleman “ bagay ki nan syèl yo ” te kòmanse “ nan dènye limit tan fikse yo ”. (Efezyen 1:10.) Tan fikse sa yo te rive jou Pannkòt ane 33 epòk nou an. Jou sa a, lespri sen te desann sou apot yo ansanm ak yon gwoup disip, fi kou gason (Travay 1:13-15 ; 2:1-4). Sa te bay prèv nouvo alyans lan te antre an vigè, e sa te make nesans kongregasyon kretyen an ak nesans yon nasyon tounèf, yon Izrayèl espirityèl, “ Izrayèl Bondye a ”. — Galat 6:16 ; Ebre 9:15 ; 12:23, 24.

5. Sa k fè Jewova te kreye yon nouvo “ nasyon ” pou ranplase Izrayèl selon lachè a ?

5 Alyans Lalwa ki te fèt ak Izrayèl selon lachè a pa t bay “ yon wayòm prèt e yon nasyon ki sen ” ki t ava sèvi nan syèl la pou toutan (Egzòd 19:5, 6). Men sa Jezi te di chèf relijye juif yo : “ Y ap pran wayòm Bondye a nan men nou e y ap bay yon nasyon k ap pwodui fwi l yo. ” ​(Matye 21:43). Nasyon sa a, Izrayèl espirityèl la, konpoze ak kretyen wen yo fè antre nan nouvo alyans lan. Apot Pyè te ekri moun sa yo, li di yo : “ Nou se ‘ yon ras chwazi, yon klas prèt ki wa, yon nasyon ki sen, yon pèp ki la pou l tounen yon pwopriyete espesyal, yon fason pou nou ka fè konnen bèl kalite ’ sila a ki te rele nou soti nan fènwa a pou nou vin nan limyè estrawòdinè li a. Paske te gen yon lè nou pa t yon pèp, men kounye a nou se pèp Bondye. ” ​(1 Pyè 2:9, 10). Izrayèl selon lachè a pa t pèp alyans Jewova ankò (Ebre 8:7-13). Tankou jan Jezi te predi, yo te retire privilèj yo te genyen pou yo te fè pati Wayòm mesyanik la, e yo te bay 144 000 moun ki konpoze Izrayèl espirityèl la privilèj sa a. — Revelasyon 7:4-8.

Yo antre yo nan alyans Wayòm nan

6, 7. Ki alyans espesyal Jezi te fè ak frè li yo ki wen ak lespri, e ki sa sa vle di pou yo ?

6 Nan jou swa Jezi te etabli Memoryal lanmò li a, men sa l te di apot fidèl li yo : “ Se nou menm ki te toujou la avè m nan eprèv mwen yo. E mwen menm, mwen fè yon alyans avèk nou, menm jan Papa m fè yon alyans avèk mwen, pou yon wayòm, pou nou ka manje e pou nou ka bwè sou tab mwen avè m nan wayòm mwen an, e pou nou ka chita sou twòn pou nou jije douz tribi Izrayèl yo. ” ​(Lik 22:28-30). La a, Jezi pale de yon alyans espesyal li fè ak 144 000 frè li yo ki wen ak lespri, yo menm ki t ap rete “ fidèl jiska lamò ” e ki t ap montre yo se “ moun ki pote laviktwa ”. — Revelasyon 2:10 ; 3:21.

7 Moun ki nan gwoup limite sa a renonse ak esperans pou yo viv etènèlman sou tè a antanke imen ki fèt ak chè ak san. Yo pral reye ak Kris nan syèl la, yo pral chita sou twòn pou yo jije limanite (Revelasyon 20:4, 6). Kounye a, annou egzamine lòt vèsè ki aplike sèlman pou kretyen wen yo e ki montre poukisa “ lòt mouton ” yo pa patisipe nan anblèm Memoryal yo. — Jan 10:16.

8. Ki sa wen yo demontre lè yo manje nan pen an ? (Gade kare ki nan paj 15 lan.)

8 Kretyen wen yo patisipe nan soufrans Kris e yo dispoze soumèt tèt yo anba yon lanmò ki sanble ak pa l la. Pòl, ki fè pati gwoup moun sa yo, te di li te prepare pou l fè nenpòt sakrifis yon fason pou l ka ‘ gen Kris, pou l konnen l, pou l konnen pisans rezirèksyon l lan e pou l patisipe nan soufrans li yo ’. Wi, Pòl te dispoze soumèt tèt li “ anba yon lanmò ki sanble ak pa [Kris] la ”. (Filipyen 3:8, 10.) Gen anpil kretyen wen ki te sibi “ tretman mòtèl yo te bay Jezi a ” nan kò yo. — 2 Korentyen 4:10.

9. Ki kò pen Memoryal la reprezante ?

9 Men sa Jezi te di lè li t ap etabli Soupe Seyè a : “ Sa a reprezante kò mwen. ” ​(Mak 14:22). Li t ap pale de kò li nan sans literal, yo t apral bat tousuit apre, jiskaske yo met san l deyò. Pen san ledven an te yon senbòl apwopriye pou kò sa a. Poukisa ? Paske, nan Bib la, ledven kapab reprezante peche oswa mechanste (Matye 16:4, 11, 12 ; 1 Korentyen 5:6-8). Jezi te pafè, e kò imen li te genyen an te san peche. Li t apral bay kò pafè sa a kòm yon sakrifis pwopisyatwa (Ebre 7:26 ; 1 Jan 2:2). Aksyon sa a t ap pwofitab pou tout kretyen ki fidèl, kit yo gen esperans pou y al viv nan syèl, kit yo gen esperans pou yo viv etènèlman sou tè a nan Paradi a. — Jan 6:51.

10. Nan ki sans moun ki bwè nan diven Memoryal la “ patisipe nan san Kris la ” ?

10 Konsènan diven kretyen wen yo bwè nan Memoryal la, men sa Pòl te ekri : “ Lè nou beni koup benediksyon an, èske se pa patisipe nou patisipe nan san Kris la ? ” ​(1 Korentyen 10:16). Nan ki sans moun ki bwè nan diven an “ patisipe nan san Kris la ” ? Natirèlman, yo pa patisipe nan bay sakrifis ranson an, etandone yo menm tou yo bezwen redanmsyon. Grasa lafwa yo genyen nan pouvwa san Kris la genyen pou l rachte, peche yo padone e yo deklare yo jis pou lavi nan syèl la (Women 5:8, 9 ; Tit 3:4-7). Se grasa san Kris la ki te vèse a ki fè 144 000 moun ki gen menm eritaj ak Kris yo “ sangtifye ”, yo mete yo apa, yo pirifye yo pou retire peche yo, pou yo ka “ sen ”. (Ebre 10:29 ; Dànyèl 7:18, 27 ; Efezyen 2:19.) Wi, Kris, avèk san li ki te vèse a, “ achte yon bann moun pou Bondye, ki soti nan tout tribi, nan tout lang, nan tout pèp e nan tout nasyon, [li] fè yo tounen yon wayòm e [li] fè yo tounen prèt pou Bondye nou an, e yo gen pou yo dirije tè a kòm wa ”. — Revelasyon 5:9, 10.

11. Ki sa wen yo montre lè yo bwè nan diven Memoryal la ?

11 Lè Jezi t ap inogire Memoryal lanmò li, li te lonje koup diven an bay apot fidèl li yo e li te di yo : “ Bwè ladan l, nou tout. Paske sa a reprezante san mwen, ‘ san alyans lan ’ ki gen pou koule pou anpil moun, pou padon peche yo. ” ​(Matye 26:27, 28). Menm jan san towo ak san kabrit te rann alyans Lalwa ant Bondye ak nasyon Izrayèl la posib, se konsa san Jezi rann nouvo alyans lan posib, alyans Jewova t apral fè avèk Izrayèl espirityèl la, ki t ap antre an vigè nan Pannkòt ane 33 epòk nou an (Egzòd 24:5-8 ; Lik 22:20 ; Ebre 9:14, 15). Lè wen yo bwè diven an, ki senbolize “ san alyans lan ”, yo montre yo antre yo nan nouvo alyans lan e y ap resevwa byenfè li pote.

12. Ki jan kretyen wen yo batize nan lanmò Kris ?

12 Aksyon sa a raple kretyen wen yo yon lòt bagay ankò. Jezi te di disip fidèl li yo : “ Koup m ap bwè a, nou pral bwè li, e nan batèm m ap batize a, nou pral batize ladan l. ” ​(Mak 10:38, 39). Annapre, apot Pòl te fè konnen kretyen yo “ batize nan lanmò ” Kris (Women 6:3). Kretyen wen yo mennen yon vi sakrifis. Lanmò yo se yon sakrifis nan sans yo renonse ak esperans pou yo ta viv etènèlman sou tè a. Batèm kretyen wen sa yo nan lanmò Kris vin konplè lè yo mouri fidèl e yo resisite antanke kreyati espirityèl pou yo ‘ dirije ansanm antanke wa ’ avèk Kris nan syèl la. — 2 Timote 2:10-12 ; Women 6:5 ; 1 Korentyen 15:42-44, 50.

Yo patisipe nan anblèm yo

13. Poukisa moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a pa patisipe nan anblèm Memoryal yo, men, poukisa yo asiste Memoryal la ?

13 Piske patisipe nan pen ak diven yo pase pandan Memoryal la gen tout siyifikasyon sa yo, li klè li pa t ap apwopriye pou moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a patisipe ladan yo. Moun sa yo rann yo kont yo menm yo pa manm wen kò Kris la, ni yo pa nan nouvo alyans Jewova te fè avèk moun ki pral dirije avèk Jezi Kris yo. Etandone “ koup la ” reprezante nouvo alyans lan, se sèlman moun ki nan nouvo alyans lan ki patisipe nan anblèm yo. Moun ki gen esperans pou yo viv etènèlman sou tè a antanke imen pafè anba dominasyon Wayòm nan, yo pa ni batize nan lanmò Jezi ni resevwa apèl pou y al gouvène nan syèl la ansanm avè l. Si yo ta patisipe nan anblèm yo, yo t ap fè yon aksyon ki gen yon siyifikasyon ki pa aplike nan ka pa yo. Se poutèt sa, yo pa patisipe ladan yo, byenke yo asiste Memoryal la avèk respè antanke obsèvatè. Yo rekonesan pou tout sa Jewova fè pou yo pa mwayen Pitit li a, tankou padon yo jwenn sou baz san Kris ki te vèse a.

14. Lè kretyen wen yo patisipe nan pen an ak diven an, ki jan sa fòtifye yo espirityèlman ?

14 Yo prèske fin met so yon fason definitif sou ti kantite kretyen ki pral reye avèk Kris nan syèl la. Jiskaske lavi sakrifis kretyen wen yo ap mennen sou tè a bout, yo fòtifye espirityèlman lè yo patisipe nan anblèm Memoryal yo. Yo santi yo ini avèk frè ak sè yo ki manm kò Kris la menm jan avèk yo. Lè yo manje pen an e yo bwè diven an, sa raple yo responsablite yo genyen pou yo rete fidèl jiska lamò. — 2 Pyè 1:10, 11.

Rasanbleman “ bagay ki sou tè yo ”

15. Ki moun ki vin rasanble bò kote kretyen wen yo ?

15 Depi mitan ane 1930 yo, gen yon kantite “ lòt mouton ” ki pa sispann ogmante ki vin bay kretyen wen yo sipò. Lòt mouton sa yo pa fè pati “ ti twoupo ” a, e esperans yo se pou yo viv etènèlman sou tè a (Jan 10:16 ; Lik 12:32 ; Zekarya 8:23). Yo vin tounen konpayon fidèl frè Kris yo, yo ba yo yon gwo koutmen nan predikasyon “ bon nouvèl wayòm nan ” ki sèvi kòm temwayaj pou tout nasyon (Matye 24:14 ; 25:40). Lè yo fè sa, yo mete tèt yo nan pozisyon pou Kris konsidere yo kòm “ mouton ” li, pou l mete yo “ adwat li ”, sa vle di nan yon pozisyon favorab, lè l vin pou l jije nasyon yo (Matye 25:33-36, 46). Grasa lafwa yo genyen nan san Kris la, yo pral fòme “ gwo foul ” ki gen pou l chape pandan “ gwo tribilasyon an ”. — Revelasyon 7:9-14.

16. Ki moun ki pral fè pati “ bagay ki sou tè a ”, e nan ki sikonstans tout moun sa yo pral gen opòtinite pou yo vin “ pitit Bondye ” ?

16 Lè yo fin met so yon fason definitif sou 144 000 yo, sa ap tou bay siyal pou yo lage “ van ” destriksyon yo kont sistèm de choz mechan Satan gen sou tè a (Revelasyon 7:1-4). Pandan Rèy mil an Kris la ansanm ak wa e prèt k ap avè l yo, gen yon kantite moun, yo pa di konbyen yo ye, ki pral resisite pou vin met ansanm avèk gwo foul la (Revelasyon 20:12, 13). Moun sa yo pral gen opòtinite pou yo viv nètale sou tè a anba dominasyon Wa mesyanik la, Kris Jezi. Nan fen Rèy milenè a, tout “ bagay [sa yo] ki sou tè a ” pral sibi yon eprèv final. Moun ki rete fidèl yo, Bondye pral adopte yo antanke “ pitit ” li ki sou tè a. — Efezyen 1:10 ; Women 8:21 ; Revelasyon 20:7, 8.

17. Ki jan objektif Jewova a pral reyalize ?

17 Konsa, Jewova pral reyalize objektif li genyen “ pou [l] rasanble tout bagay ansanm ankò nan Kris la, ni bagay ki nan syèl yo ni bagay ki sou tè yo ”, pa mwayen “ administrasyon ” l lan (fason li jere bagay yo) ki demontre yon sajès san limit. Tout kreyati entèlijan ki nan syèl la ak tout sa yo ki sou tè a pral rasanble ansanm nan lapè ki pral blayi nan tout linivè, yo pral soumèt yo avèk jwa anba souvrènte jis Gran Dye ki akonpli objektif li a, anpalan de Jewova.

18. Ki pwofi ni kretyen wen yo ni konpayon yo genyen yo pral jwenn lè yo asiste Memoryal la ?

18 Lè 12 avril 2006 la rive pou ti kantite wen yo ak plizyè milyon konpayon yo, lòt mouton yo, rasanble ansanm, se pa ti fòtifye fwa yo pral fòtifye ! Yo pral obsève Memoryal lanmò Kris, jan Jezi te kòmande yo pou yo fè sa a lè li te di : “ Kontinye fè sa pou nou montre nou sonje m. ” ​(Lik 22:19). Tout moun k ap asiste evènman sa a dwe sonje sa Jewova fè pou yo pa mwayen Pitit li renmen anpil la, Kris Jezi.

Revizyon

• Ki objektif Jewova pou bagay ki nan syèl yo ak bagay ki sou tè yo ?

• Kiyès ki “ bagay ki nan syèl yo ”, e ki jan rasanbleman yo te fèt ?

• Kiyès ki “ bagay ki sou tè yo ”, e ki esperans yo genyen ?

[Kesyon]

[Kare nan paj 15]

“ Kò Kris la ”

Nan 1 Korentyen 10:16, 17, etan Pòl ap pale de enpòtans espesyal pen an genyen pou frè Kris yo ki wen ak lespri, li fè referans ak “ kò ” nan yon sans espesyal. Men sa li te di : “ Lè nou kase pen an, èske se pa patisipe nou patisipe nan kò Kris la ? Piske gen yon sèl pen, nou menm, menmsi nou anpil, nou se yon sèl kò, paske nou tout, n ap manje nan sèl pen sa a. ” Lè kretyen wen yo manje nan pen Memoryal la, yo demontre inite yo genyen anndan kongregasyon kretyen wen yo fòme a, ki tankou yon kò, epi Kris se Tèt la. — Matye 23:10 ; 1 Korentyen 12:12, 13, 18.

[Foto nan paj 15]

Poukisa se sèlman wen yo ki pran nan pen an ak diven an ?

[Foto nan paj 17]

Pa mwayen administrasyon Jewova a, tout kreyati ki nan syèl la ak sa ki sou tè a pral ini.