Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Rete nan bonsans nou nèt ”

“ Rete nan bonsans nou nèt ”

“ Rete nan bonsans nou nèt ”

“ Yon moun ki san eksperyans kwè nan tout pawòl, men moun ki entèlijan an veye kote l ap met pye l. ” — PWOVÈB 14:15.

1, 2. a) Ki leson nou jwenn nan eksperyans Lòt te fè Sodòm nan ? b) Ki sa ekspresyon “ rete nan bonsans nou ” an siyifi ?

LÈ ABRARAM te bay Lòt chwazi anvan ki tèritwa li vle, je Lòt te fikse sou yon rejyon byen wouze ki “ tankou jaden Jewova a ”. Sa dwe te sanble yon andwa ideyal pou l enstale fanmi l, piske “ Lòt te chwazi pou li menm tout Distri Jouden an ” e li te tabli kan l toupre Sodòm. Sepandan, aparans te twonpe l, paske nan alantou a, te gen “ mesye Sodòm yo [ki] te move moun e [ki] te gwo pechè kont Jewova ”. (Jenèz 13:7-13.) Avèk sitiyasyon an ki te vin chanje, Lòt ak fanmi l te fè gwo pèt. Finalman, li menm ak pitit fi l yo te rive al viv nan yon gwòt (Jenèz 19:17, 23-26, 30). Sa te parèt tèlman bon pou li okòmansman, men, bagay yo te vin vire.

2 Sa ki te rive Lòt la se yon leson pou sèvitè Bondye yo jodi a. Lè nou gen desizyon pou nou pran, nou dwe veye sou danje ki ka genyen e nou dwe fè atansyon pou nou pa kite premye enpresyon nou genyen twonpe nou. Se sa k fè, li toutafè apwopriye pou Pawòl Bondye a ban nou egzòtasyon sa a : “ Rete nan bonsans nou nèt. ” ​(1 Pyè 1:13). Mo grèk yo mete “ rete nan bonsans nou ” pou li la a vle di literalman “ se pou nou modere ”. Selon yon biblis ki rele Richard Lenski, moderasyon y ap pale la a se “ yon dispozisyon lespri kalm, stab, ki evalye bagay yo e ki peze yo avèk presizyon, e konsa sa pèmèt nou pran desizyon ki kòrèk ”. Annou konsidere kèk sitiyasyon ki mande pou nou modere.

Evalye opòtinite nou jwenn pou nou antre nan yon biznis

3. Poukisa nou dwe fè atansyon si yo ta ofri nou opòtinite pou nou antre nan yon biznis ?

3 Sipozon yon moun ki gen bon repitasyon, petèt yon adoratè Jewova menm jan avè w, ofri w opòtinite pou w antre nan yon biznis. L ap montre w avèk antouzyas pwojè a ap reyisi e l ap ankouraje w aji vit pou w pa rate opòtinite a. Ou ka kòmanse ap imajine ou menm ak fanmi w k ap mennen yon pi bèl vi, petèt menm ou ka ap fè rezònman kòmkwa sa ka pèmèt ou konsakre plis tan nan aktivite espirityèl yo. Sepandan, Pwovèb 14:15 deklare : “ Yon moun ki san eksperyans kwè nan tout pawòl, men moun ki entèlijan an veye kote l ap met pye l. ” Souvan, lè yon moun chofe pou l kòmanse yon nouvo biznis, li ka souzestime risk sa gen ladan l, li ka pa wè danje ki genyen e li ka pa byen konsidere enprevi yo (Jak 4:13, 14). Nan yon sitiyasyon konsa, li vrèman nesesè pou nou rete nan bon sans nou nèt.

4. Ki jan nou ka ‘ veye kote n ap met pye nou ’ lè n ap evalye yon pwopozisyon yo fè nou anrapò ak yon biznis ?

4 Yon moun ki pridan, anvan li pran yon desizyon, l ap egzamine avèk atansyon pwopozisyon yo fè l anrapò ak yon biznis (Pwovèb 21:5). Souvan, yon egzamen konsa konn revele danje ki kache yo. Annou konsidere sèn sa a : Yon moun ap chèche prete lajan anrapò ak pwojè biznis li genyen e li pwomèt ou yon gwo benefis si ou avanse l fon li bezwen an. Òf sa a ka sanble atiran, men, ki risk ki genyen ? Èske moun ki prete kòb la ap dakò remèt li kèlkeswa jan biznis lan ap mache, oswa èske ranbousman an ap depann de reyisit biznis lan ? Sa vle di, èske w t ap ka pèdi lajan w lan si biznis lan ta fè fayit ? Ou kapab mande tèt ou tou : ‘ Poukisa se moun y ap mande prete lajan ? Èske bank yo twouve pwojè a gen twòp risk ? ’ Lè w pran tan pou w konsidere risk ki genyen yo, sa ap ede w evalye pwopozisyon an yon fason ki reyalis. — Pwovèb 13:16 ; 22:3.

5. a) Ki demach ki saj Jeremi te antreprann lè li t ap achte yon tè ? b) Poukisa li enpòtan pou nou fè bonjan akò ekri pou tout kontra n ap fè pou biznis ?

5 Lè pwofèt Jeremi te achte yon tè nan men yon kouzen l, ki te yon adoratè Jewova parèy li, li te fè yon papye pou tranzaksyon an devan kèk temwen (Jeremi 32:9-12). Jodi a, yon moun ki saj ap asire l tout kontra l ap fè ki gen rapò ak biznis, san wete sa l ap fè avèk fanmi li oubyen ak kwayan parèy li, fèt ak bonjan akò ekri *. Lè nou gen yon akò ekri ki klè e ki byen prepare, sa ede nou evite malantandi e sa prezève inite. Yon lòt bò, lè vin gen pwoblèm ant sèvitè Jewova yo nan kesyon biznis, byen souvan, se akò ekri ki pa genyen ki konn kontribye pou sa rive. Malerezman, pwoblèm sa yo konn lakòz tristès, hinghang, e sa konn menm lakòz moun pèdi espirityalite yo.

6. Poukisa nou bezwen fè atansyon pou nou pa vin ava ?

6 Nou dwe fè atansyon tou pou nou pa vin ava (Lik 12:15). Pwomès gwo benefis ka bouche je yon moun fè l pa wè risk ki gen nan yon pwojè ki pa fyab. Menm kèk moun ki gen bèl privilèj nan sèvis Jewova pran nan pyèj sa a. Pawòl Bondye a ban nou mizangad sa a : “ Se pou fason n ap viv la pa gen okenn tras lanmou lajan ladan l, etan nou kontante nou ak sa nou genyen kounye a. ” ​(Ebre 13:5). Lè yon kretyen ap egzamine opòtinite li jwenn pou l antre nan yon biznis, li dwe mande tèt li : ‘ Èske li vrèman nesesè pou m angaje m nan yon biznis konsa ? ’ Lè nou mennen yon vi senp ki santre sou adorasyon n ap bay Jewova, sa ap pwoteje nou kont “ tout kalite move bagay ”. — 1 Timote 6:6-10.

Difikilte kretyen selibatè yo ap rankontre

7. a) Site kèk difikilte anpil kretyen selibatè ap rankontre. b) Ki jan lè n ap chwazi yon moun pou nou marye sa enplike fidelite nou anvè Bondye ?

7 Gen anpil sèvitè Jewova ki anvi marye, men yo poko jwenn yon moun ki apwopriye pou yo. Nan kèk peyi, sosyete a ap fè gwo presyon sou moun pou yo marye. Toutfwa, posiblite pou yon moun jwenn yon moun pami kwayan parèy li pou l marye ka fèb (Pwovèb 13:12). Sepandan, kretyen yo rekonèt lè yo obeyi kòmandman biblik ki mande pou yo marye “ nan Seyè a sèlman ”, se yon kesyon fidelite anvè Jewova (1 Korentyen 7:39). Pou kretyen selibatè yo kenbe fèm devan presyon ak tantasyon y ap rankontre, yo dwe rete nan bonsans yo nèt.

8. Ki sitiyasyon difisil yon jèn Choulamit te rankontre, e ki jan kretyèn yo ka fè fas ak yon sitiyasyon menm jan an jodi a ?

8 Nan Chan Salomon an, yon jèn fi byen senp yo te rele Choulamit te atire wa a. Wa a t al file demwazèl la, byenke li te deja renmen ak yon jenòm. Pou wa a te fè sa, li te fè yon egzibisyon enpresyonan ak richès li, prestij li e cham li (Chan Salomon 1:9-11 ; 3:7-10 ; 6:8-10, 13). Ou menm tou, antanke kretyèn, ou ka twouve w nan sitiyasyon kote yon moun enterese nan ou, alòske ou pa vle. Yon moun kote w ap travay, petèt ki nan yon gwo pozisyon, ka kòmanse ap fè w konpliman, ba w avantaj, e l ap chèche okazyon pou l ansanm avè w. Se pou w pran prekosyon ak flatri konsa. Byenke entansyon sa yo pa toujou santimantal oswa imoral, byen souvan se sa yo ye. Menm jan ak Choulamit la, se pou w tankou “ yon miray ”. (Chan Salomon 8:4, 10.) Ou dwe rejte avèk fèmte tout avans santimantal deplase yo fè w. Depi lè w fèk pran travay la, fè kòlèg travay ou yo konnen ou se Temwen Jewova, e pwofite tout okazyon pou w ba yo temwayaj. Sa ap sèvi kòm yon pwoteksyon pou ou.

9. Site kèk danje ki genyen lè yon moun angaje tèt li nan relasyon sou Entènèt ak yon moun li pa menm konnen. (Gade kare ki nan paj 31 an.)

9 Yon bagay ki vin alamòd, se sit Entènèt ki la pou ede selibatè jwenn yon moun pou yo marye. Kèk moun konsidere sa kòm yon mwayen pou yo rive konnen moun yo pa t ap janm ka rankontre si se pa t konsa. Sepandan, lè yon moun angaje tèt li je fèmen nan yon relasyon ak yon moun li pa menm konnen, sa mennen danje toutbon. Sou Entènèt, li ka difisil pou yon moun distenge sa ki vrè ak sa ki fo (Sòm 26:4). Se pa tout moun ki pretann yo se sèvitè Jewova ki sa vre. Anplis de sa, nan pran randevou sou Entènèt, rapidman moun yo konn vin devlope yon atachman ki fò, e sa ka bwouye jijman yon moun (Pwovèb 28:26). Kit se pa mwayen Entènèt oswa lòt fason ankò, li pa saj pou nou kiltive yon relasyon sere ak yon moun nou pa konn anpil bagay de li. — 1 Korentyen 15:33.

10. Ki jan kretyen ki selibatè yo ka jwenn ankourajman nan men kwayan parèy yo ?

10 Jewova “ gen anpil tandrès nan afeksyon ” li genyen pou sèvitè l yo (Jak 5:11). Li konnen kretyen ki selibatè san se pa yo ki chwazi sa ap rankontre difikilte ki dekourajan pafwa, e li bay fidelite yo anpil enpòtans. Ki jan lòt moun ka ankouraje yo ? Nou dwe felisite yo regilyèman pou obeyisans yo e pou espri sakrifis yo demontre (Jij 11:39, 40). Nou ka envite yo tou nan detant ki edifyan n ap òganize. Èske w te fè sa tou dènyèman la a ? Anplis de sa, nou ka priye pou yo, nou ka mande Jewova pou l ede yo kenbe ekilib espirityèl yo e pou yo jwenn jwa nan sèvis li. Avèk yon enterè sensè, se pou nou montre nou apresye moun fidèl sa yo, menm jan ak Jewova. — Sòm 37:28.

Fas ak pwoblèm sante

11. Ki difikilte gwo pwoblèm sante prezante ?

11 Se pa ti strès nou genyen lè nou menm oswa yon moun pa nou ap fè fas ak gwo pwoblèm sante (Izayi 38:1-3) ! Pandan n ap chèche jwenn tretman ki efikas, li endispansab pou nou rete atache ak prensip ki nan Ekriti yo. Pa egzanp, kretyen yo veye pou yo obeyi kòmandman Labib bay pou nou evite san, e yo rejte tout dyagnostik oswa tretman ki gen rapò ak espiritis (Travay 15:28, 29 ; Galat 5:19-21). Sepandan, yon moun ki pa gen fòmasyon nan domèn medikal ka twouve se yon bagay ki konplike pou l evalye ki tretman l ap chwazi e li ka santi l yon jan mare. Ki sa k ap ede nou rete nan bonsans nou nèt ?

12. Ki jan yon kretyen ka rete ekilibre lè l ap chwazi tretman ?

12 “ Moun ki entèlijan an veye kote l ap met pye l ” grasa rechèch li fè nan Bib la e nan piblikasyon biblik yo (Pwovèb 14:15). Nan kèk zòn sou tè a kote pa gen anpil doktè ak lopital, lamedsin tradisyonèl ki itilize remèd fèy, se kapab sèl mwayen tretman ki disponib. Si nou vle konsidere tretman sa yo, n ap jwenn enfòmasyon k ap itil nou nan La Tour de Garde 15 avril 1987, paj 26-9 (fransè). Peryodik sa a avèti nou sou danje sa ka genyen. Pa egzanp, petèt li bon pou nou konnen : Èske doktè fèy sa a konn pratike espiritis ? Èske tretman an baze sou kwayans ki fè konprann maladi ak lanmò egziste paske gen moun ki fè dye yo (oswa espri zansèt yo) fache oubyen akoz moun ki fè wanga dèyè moun ki ènmi yo ? Èske lè y ap prepare medikaman an oswa lè y ap itilize l, yo fè sakrifis, yo fè priyè mistik, oswa yo itilize lòt pratik espiritis (Detewonòm 18:10-12) ? Rechèch konsa ap ede nou pou nou obeyi konsèy enspire ki di : “ Verifye tout bagay. Sa k bon an kenbe l fèm *. ” ​(1 Tesalonisyen 5:21). Sa ap ede nou rete ekilibre.

13, 14. a) Ki jan nou ka montre nou rezonab lè n ap pran swen sante nou ? b) Poukisa li nesesè pou nou rezonab lè n ap pale sou kesyon sante ak kesyon medikal ak lòt moun ?

13 Nou bezwen rezonab nan tout domèn nan lavi nou, san wete lè pou nou pran swen sante nou (Filipyen 4:5). Lè nou bay sante nou yon atansyon ekilibre, sa montre apresyasyon nou genyen pou lavi nou, yon kado ki gen anpil valè. Lè n ap fè fas ak pwoblèm sante, nou dwe pran sa oserye. Sepandan, nou pap gen yon sante pafè jiskaske moman Bondye fikse pou “ gerizon nasyon yo ” rive (Revelasyon 22:1, 2). Nou dwe fè atansyon pou kesyon sante nou pa okipe lespri nou twòp opwen pou nou ta neglije bezwen espirityèl nou ki pi enpòtan. — Matye 5:3 ; Filipyen 1:10.

14 Nou bezwen montre tou nou ekilibre e nou rezonab lè n ap pale de kesyon sante ak kesyon medikal ak lòt moun. Sijè sa yo pa ta dwe domine konvèsasyon nou lè nou ansanm nan rasanbleman espirityèl nou yo, tankou nan reyinyon yo e nan asanble yo. Anplis de sa, byen souvan, ni prensip biblik yo, ni konsyans yon moun, ni relasyon l avèk Jewova konn enplike nan desizyon medikal l ap pran. Se poutèt sa, se t ap yon mank lanmou si nou ta fòse yon kwayan parèy nou aksepte pwennvi nou oswa pou nou ta fè presyon sou li pou l pa koute konsyans li. Byenke yo ka mande moun ki gen matirite nan kongregasyon an èd yo, se chak kretyen ki dwe “ pote pwòp chaj pa l ” nan responsablite li genyen lè l ap pran desizyon, e “ nou chak nou gen pou n rann kont bay Bondye pou tèt nou. ” — Galat 6:5 ; Women 14:12, 22, 23.

Lè nou nan sitiyasyon ki ban nou strès

15. Ki jan sitiyasyon ki bay strès ka reprezante yon defi pou nou ?

15 Sitiyasyon ki bay strès ka lakòz menm sèvitè fidèl Jewova pale oswa aji yon fason ki pa saj (Eklezyas 7:7). Lè Jòb te anba eprèv ki rèd anpil, li te vin kòmsidire dezekilibre e li te bezwen korije fason l panse (Jòb 35:2, 3 ; 40:6-8). Byenke “ Moyiz te gen plis imilite lontan pase tout moun ki te sou tout kò tè a ”, nan yon okazyon, li te vin fache e li te pale san reflechi (Nonb 12:3 ; 20:7-12 ; Sòm 106:32, 33). David te demontre metriz yon fason ki admirab lè li pa t touye wa Sayil, men, lè Nabal te ensilte l e li te di mesye l yo yon bann vye pawòl, David te vin fache anpil e li te pèdi bon jijman l. Se sèlman lè Abigayil te entèvni, li te reprann bonsans li, e timoso li te fè yon erè katastwofik. — 1 Samyèl 24:2-7 ; 25:9-13, 32, 33.

16. Ki sa k ap ede nou evite aji san reflechi ?

16 Nou menm tou nou ka fè fas ak sitiyasyon ki bay strès ki ta ka fè nou pèdi bon jijman nou. Lè nou konsidere avèk swen pwennvi lòt moun, tankou jan David te fè, sa ka ede nou evite aji san reflechi e sa ka ede nou pou nou pa tonbe nan peche je fèmen (Pwovèb 19:2). Anplis de sa, Pawòl Bondye a ban nou mizangad sa a : “ Nou mèt ajite, men pa peche. Pale nan kè nou, sou kabann nou, e ret an silans. ” ​(Sòm 4:4). Otan nou kapab, li saj pou nou tann jiskaske nou kalme nou anvan nou fè yon aksyon oswa anvan nou pran yon desizyon (Pwovèb 14:17, 29). Nou ka priye Jewova ak tout kè nou, “ e lapè Bondye, ki depase tout panse, va pwoteje kè nou ak kapasite mantal nou pa mwayen Kris Jezi ”. (Filipyen 4:6, 7.) Lapè sa a Bondye ban nou an ap fè nou vin stab e sa ap ede nou rete nan bon sans nou nèt.

17. Poukisa nou dwe apiye sou Jewova pou nou rete nan bonsans nou nèt ?

17 Malgre nou fè tout efò nou kapab pou nou evite danje e pou nou evite aji fason ki pa saj, nou tout konn fè erè (Jak 3:2). Sa ka rive nou prèske fè yon fo pa ki ka gen konsekans grav, san nou pa menm rann nou kont (Sòm 19:12, 13). Anplis de sa, antanke imen, nou pa gen ni kapasite ni dwa pou nou dirije pa nou san Jewova (Jeremi 10:23). Se pa ti rekonesan nou rekonesan pou asirans sa a li ban nou : “ M ap fè w vin gen klèvwayans e m ap enstwi w nan chemen ou dwe suiv la. M ap ba w konsèy toutpandan je m sou ou. ” ​(Sòm 32:8) ! Wi, avèk èd Jewova, nou ka rete nan bonsans nou nèt.

[Nòt anba paj]

^ § 5 Pou nou jwenn plis enfòmasyon sou akò ekri pou biznis, gade La Tour de Garde 1ye out 1997, paj 30-1 ; 15 novanm 1986, paj 16-17 ; ak Réveillez-vous ! 8 me 1983, paj 13-15. Se Temwen Jewova ki pibliye yo.

^ § 12 Metòd sa a ap pwofitab tou pou moun ki vle eseye yon seri lòt fason yo trete kèk maladi, fason anpil moun poko fin aksepte.

Ki repons nou ta bay ?

Ki jan nou ka rete nan bonsans nou

• si yo ofri nou pou nou antre nan yon biznis ?

• lè n ap chèche moun pou nou marye ?

• lè n ap fè fas ak pwoblèm sante ?

• lè nou nan sitiyasyon ki ban nou strès ?

[Kesyon]

[Kare nan paj 31]

Èske w ka fè l konfyans ?

Deklarasyon ki pi ba yo parèt sou sit Entènèt yo fè pou selibatè yo :

“ Menmsi nou fè tout efò nou kapab, nou pa gen okenn garanti nou gen vrè idantite yon moun. ”

“ Nou pa ka bay garanti sou egzaktitid, presizyon ak itilite okenn enfòmasyon ki sou sit la. ”

“ Opinyon, konsèy, deklarasyon, òf, oswa lòt enfòmasyon oubyen lòt lis ki disponib pa mwayen sèvis [sa a] vini de moun ki bay yo a [...] e nou pa oblije fè yo konfyans. ”

[Foto nan paj 29]

“ Moun ki entèlijan an veye kote l ap met pye l. ”

[Foto nan paj 30]

Ki jan kretyèn yo ka imite jèn Choulamit la ?

[Foto nan paj 31]

“ Verifye tout bagay. Sa k bon an kenbe l fèm. ”