Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon administrasyon Bondye tabli pou akonpli objektif li

Yon administrasyon Bondye tabli pou akonpli objektif li

Yon administrasyon Bondye tabli pou akonpli objektif li

“ [Bondye] fè tout bagay ann amoni ak konsèy volonte l. ” — EFEZYEN 1:11.

1. Poukisa tout kongregasyon Temwen Jewova yo ap reyini nan dat 12 avril 2006 la ?

MÈKREDI 12 avril 2006 nan aswè, anviwon 16 milyon moun pral rasanble pou yo selebre Soupe Seyè a. Chak kote y ap fè reyinyon sa a, ap gen yon tab, e sou tab sa a, ap gen pen san ledven, ki reprezante kò Kris, epi ap gen diven wouj, ki senbolize san l ki te koule. Y ap bay yon diskou k ap esplike siyifikasyon Memoryal lanmò Jezi a. E lè yo prèske rive nan fen diskou a, y ap pase anblèm yo devan tout moun ki prezan, y ap pase pen an dabò, ansuit, y ap pase diven an. Nan kèk kongregasyon Temwen Jewova, ap gen youn oubyen plizyè moun nan asistans lan k ap patisipe nan anblèm yo. Sepandan, nan anpil lòt kongregasyon, pap gen pèsonn k ap patisipe nan anblèm yo. Poukisa se sèlman kèk nan kretyen yo, kretyen ki gen esperans pou y al viv nan syèl la, k ap patisipe nan anblèm yo, alòske majorite kretyen yo, sa yo ki gen esperans pou yo viv sou tè a, pap patisipe ?

2, 3. a) Ann amoni ak objektif Jewova genyen, ki jan li te kòmanse kreye ? b) Nan ki objektif Jewova te kreye tè a ansanm ak lèzòm ?

2 Jewova se yon Dye ki gen objektif. E pou l reyalize objektif li, “ li fè tout bagay ann amoni ak konsèy volonte l ”. (Efezyen 1:11.) Toudabò, li te kreye sèl Pitit Gason l lan (Jan 1:1, 14 ; Revelasyon 3:14). Apre sa, Jewova te kreye tout lòt pitit espirityèl li yo pa mwayen Pitit sa a, e annapre, li te vin kreye linivè fizik la, ki gen ladan l tè a ansanm ak lèzòm. — Jòb 38:4, 7 ; Sòm 103:19-21 ; Jan 1:2, 3 ; Kolosyen 1:15, 16.

3 Tè a se pa yon kote Jewova te kreye pou l teste lèzòm pou l wè si yo kalifye pou l ajoute yo pami pitit espirityèl li yo nan syèl la, jan anpil legliz nan kretyente a anseye sa. Bondye te kreye tè a nan yon objektif byen presi, “ pou [moun] abite ”. (Izayi 45:18.) Bondye te kreye tè a pou lèzòm, e li te kreye lèzòm pou tè a (Sòm 115:16). Tout tè a nèt te gen pou l vin yon paradi ki ranpli ak moun ki jis, e moun sa yo t ap gen pou yo kiltive tè a, pou yo pran swen l. Premye koup la pa t janm gen pèspektiv pou y al viv nan syèl. — Jenèz 1:26-28 ; 2:7, 8, 15.

Objektif Jewova rankontre opozisyon

4. Ki jan fason Jewova egzèse souvrènte l te rankontre opozisyon byen bonè nan istwa limanite ?

4 Youn nan pitit espirityèl Bondye yo te mal sèvi ak libète li genyen pou l deside, konsa li te rebele kont Bondye e li te deside pou l kontrekare objektif Jewova yo. Li twouble lapè tout kreyati yo jwenn lè yo soumèt yo avèk amou anba souvrènte Jewova. Satan lakòz premye koup la pran chemen endepandans parapò ak Bondye (Jenèz 3:1-6). Satan pa t nye pisans Jewova, men li te mete an kesyon fason Bondye egzèse souvrènte l. Pakonsekan, li mete dwa Bondye genyen pou l dirije an kesyon tou. Kidonk, kesyon fondamantal konsènan souvrènte Jewova te soulve isit sou tè a, depi nan kòmansman istwa limanite.

5. Ki kesyon segondè ki te soulve, e kiyès ki enplike nan kesyon sa a ?

5 Kesyon prensipal sa a ki gen rapò ak souvrènte inivèsèl la makònen ak yon kesyon segondè Satan te soulve nan epòk Jòb la. Satan te mete an dout mobil ki pouse kreyati Jewova yo soumèt devan l e ki fè yo sèvi l. Li pretann se pou rezon egoyis ki fè yo soumèt devan l e yo sèvi l, e si yo ta pase yo anba eprèv, yo t ap vire do bay Bondye (Jòb 1:7-11 ; 2:4, 5). Byenke se anrapò ak yon sèvitè Jewova sou tè a Satan te lanse defi l la, sa konsène pitit espirityèl Bondye yo tou, ata sèl Pitit Jewova fè a ladan l.

6. Ki jan Jewova te montre li fidèl anrapò ak objektif li ansanm ak non li ?

6 Piske Jewova fidèl anrapò ak objektif li ansanm ak siyifikasyon non l genyen, li fè tèt li vin tounen yon Pwofèt e yon Sovè *. Men sa li te di Satan : “ M ap mete yon rayisman ant ou menm ak madanm nan, ant semans pa w ak semans pa l. L ap mètri w nan tèt, e ou menm w ap mètri l nan talon. ” ​(Jenèz 3:15). Pa mwayen Semans “ madanm ” Jewova a, pati òganizasyon l lan ki nan syèl la, Jewova t apral bay defi Satan te lanse a yon repons, li t apral bay desandan Adan yo espwa pou yo delivre e pou yo gen lavi. — Women 5:21 ; Galat 4:26, 31.

“ Sekrè sakre volonte l ”

7. Ki objektif Jewova genyen li te revele pa mwayen apot Pòl ?

7 Nan lèt apot Pòl te voye bay kretyen Efèz yo, li te byen esplike yo fason Jewova jere bagay yo pou l reyalize objektif li. Men sa li te ekri yo : “ Li te fè nou konnen sekrè sakre volonte l. Se selon bon plezi l, selon sa l te deside nan li menm. Pou yon administrasyon nan dènye limit tan fikse yo, sa vle di : pou rasanble tout bagay ansanm ankò nan Kris la, ni bagay ki nan syèl yo ni bagay ki sou tè yo. ” ​(Efezyen 1:9, 10). Objektif glorye Jewova genyen, se pou tout linivè ini, pou l ranpli ak kreyati ki soumèt yo anba souvrènte l avèk amou (Revelasyon 4:11). Lè sa a, non Bondye ap sangtifye, sa pral pwouve Satan se yon mantè e volonte Bondye pral fèt “ sou tè a, kou nan syèl la ”. — Matye 6:10.

8. Ki sa mo lè l tradui ki bay “ administrasyon ” an vle di ?

8 “ Bon plezi ” Jewova, oubyen ankò objektif li, pral reyalize pa mwayen “ yon administrasyon ”. Pòl te itilize yon mo ki vle di literalman “ jesyon yon kay ”. Li pa gen rapò ak yon gouvènman, tankou Wayòm mesyanik la, men li fè referans ak yon fason yo jere bagay yo *. Fason estrawòdinè Jewova t apral jere bagay yo pou l reyalize objektif li gen ladan l “ sekrè sakre ” li t ap gen pou l revele ofiramezi diran plizyè syèk. — Efezyen 1:10 ; 3:9, nòt anba paj.

9. Ki jan Jewova revele ofiramezi sekrè sakre volonte l ?

9 Pa mwayen yon seri alyans, Jewova revele ofiramezi fason objektif li genyen konsènan Semans li te pwomèt ann Edenn nan t apral reyalize. Alyans li te fè ak Abraram nan, ki te tou yon pwomès, te revele Semans li te pwomèt la t ap gen pou l vin sou tè a nan liy fanmi Abraram, e se pa mwayen li “ tout nasyon sou tè a ” t ap beni tèt yo. Alyans sa a te lese konprann tou t ap gen lòt moun ki t ap asosye ak moun ki pati prensipal semans lan (Jenèz 22:17, 18). Alyans Lalwa ki te fèt avèk Izrayèl selon lachè a te revele objektif Jewova genyen pou l gen “ yon wayòm prèt ”. (Egzòd 19:5, 6.) Alyans Jewova te fè ak David la te montre Semans lan t ap Chèf nan yon Wayòm pou tan endefini (2 Samyèl 7:12, 13 ; Sòm 89:3, 4). Yonfwa alyans Lalwa a te mennen Juif yo bay Mesi a, Jewova te revele lòt aspè nan akonplisman objektif li (Galat 3:19, 24). Moun sa yo ki t ap gen pou yo asosye yo ak pati prensipal semans lan t ap gen pou yo fòme “ wayòm prèt ” ki te predi a e yo t ap fè yo antre nan yon “ nouvo alyans ” antanke nouvo “ Izrayèl ” la, yon Izrayèl espirityèl. — Jeremi 31:31-34 ; Ebre 8:7-9 *.

10, 11. a) Ki jan Jewova te revele idantite Semans li te predi a ? b) Pou ki rezon sèl Pitit Bondye fè a te vin sou tè a ?

10 Ann amoni ak administrasyon objektif Bondye a, lè a te rive pou Semans yo te predi a fè aparisyon l sou tè a. Jewova te voye zanj Gabriyèl al di Mari li t apral gen pou l fè yon pitit gason e yo ta dwe rele l Jezi. Men sa zanj lan te di Mari : “ Li gen pou l gran e y ap rele l Pitit Gason Trèwo a, e Jewova Dye ap ba li twòn David papa l, e li pral gouvène antanke wa sou mezon Jakòb la pou toutan, e wayòm li an pap gen fen. ” ​(Lik 1:32, 33). Konsa, idantite Mesi a te vin parèt klè. — Galat 3:16 ; 4:4.

11 Sèl Pitit Jewova fè a te gen pou l vin sou tè a e li te gen pou l pase anba eprèv jis nan dènye limit. Repons kòrèk pou akizasyon Satan yo t apral nan men Jezi. Èske Jezi t ap rete fidèl anvè Papa l ? Sa te gen rapò ak yon sekrè sakre. Kèk tan apre, apot Pòl te esplike wòl Jezi a konsa : “ Fòk nou admèt, sekrè sakre atachman pou Bondye sa a gran : ‘ Li te manifeste nan lachè, yo te deklare l jis nan lespri, li te parèt devan zanj yo, yo te preche l pami nasyon yo, yo te kwè nan li nan monn nan e yo te resevwa l anwo a nan laglwa. ’ ” ​(1 Timote 3:16). Wi, piske Jezi te kenbe entegrite l san fay jiska lamò, li bay akizasyon Satan yo yon repons definitif. Men, gen lòt detay nan sekrè sakre a ki te rete pou yo dekouvri toujou.

“ Sekrè sakre wayòm Bondye a ”

12, 13. a) Site youn nan aspè “ sekrè sakre Wayòm Bondye a ”. b) Pou yon kantite moun limite Jewova te chwazi pami lèzòm te kapab al nan syèl, ki sa Jewova te oblije fè ?

12 Yon fwa, pandan Jezi t ap mache preche nan Galile, li te fè konnen sekrè sakre a gen yon rapò etwat ak Wayòm mesyanik li a. Men sa Jezi te di disip li yo : “ Nou menm, yo fè nou favè pou nou konprann sekrè sakre wayòm ki nan syèl la [“ wayòm Bondye a ”, Mak 4:11]. ” ​(Matye 13:11). Youn nan aspè sekrè sa a gen rapò ak chwazi Jewova chwazi yon “ ti twoupo ” ki konpoze ak 144 000 moun k ap asosye ak Pitit li a pou fè pati semans lan, pou yo reye avèk li nan syèl la. — Lik 12:32 ; Revelasyon 14:1, 4.

13 Piske lèzòm te fèt pou yo viv sou tè a, Jewova te oblije fè yon “ nouvo kreyasyon ” yon fason pou kèk moun al nan syèl la (2 Korentyen 5:17). Apot Pyè, antanke youn nan moun yo chwazi pou gen esperans selès sa a, yon esperans eksepsyonèl, te ekri pawòl sa yo : “ Benediksyon pou Bondye e Papa Jezi Kris Seyè nou an paske, selon mizèrikòd li ki gran, li ban nou yon nouvo nesans pou yon esperans ki vivan grasa rezirèksyon Jezi Kris nan lanmò, pou yon eritaj ki pa ka ni pouri, ni sal, ni fane. Li rezève nan syèl la pou nou. ” — 1 Pyè 1:3, 4.

14. a) Ki jan moun ki pa t Juif te fè vin konsène nan “ sekrè sakre wayòm Bondye a ” ? b) Ki jan nou fè rive konprann “ bagay pwofon ” sa yo ?

14 Yon lòt aspè nan sekrè sakre anrapò ak Wayòm ki te gen pou vini an, se volonte Bondye genyen pou l te aksepte moun ki pa t Juif pami ti gwoup moun ki resevwa apèl pou y al reye ak Kris nan syèl la. Pòl te pale de fasèt sa a nan “ administrasyon ” Jewova a, sa vle di nan fason li reyalize objektif li. Men sa li te ekri : “ Nan lòt jenerasyon yo, yo pa t fè pitit lèzòm yo konnen sekrè sa a, jan lespri revele l kounye a bay apot li yo ak pwofèt li yo ki sen, sètadi, pèp nasyon yo ta dwe vin eritye ansanm e yo ta dwe vin manm kò a ansanm e yo ta dwe patisipe ansanm avèk nou nan pwomès la ann inyon ak Kris Jezi pa mwayen bon nouvèl la. ” ​(Efezyen 3:5, 6). Konpreyansyon aspè sa a nan sekrè sakre a, se revele yo te revele l bay ‘ apot yo ki sen ’. Menm jan an tou jodi a, si se pa t èd lespri sen, nou pa t ap rive konprann bagay pwofon sa yo ki fè pati “ bagay pwofon Bondye yo ”. — 1 Korentyen 2:10 ; 4:1 ; Kolosyen 1:26, 27.

15, 16. Poukisa Jewova chwazi moun ki pou asosye ak Kris yo nan mitan limanite ?

15 “ San karannkat mil ” yo te wè ki kanpe avèk “ Timouton an ” sou mòn Siyon selès la, yo di “ yo te achte yo sou tè a ”, “ nan mitan limanite kòm premye fwi pou Bondye ak Timouton an ”, Kris Jezi (Revelasyon 14:1-4). Pami pitit Jewova gen nan syèl la, li chwazi premye a pou l tounen pati prensipal semans li te pwomèt ann Edenn nan. Men, poukisa li chwazi moun ki pou asosye ak Kris yo nan mitan limanite ? Apot Pòl te fè konnen kantite moun limite sa a te “ jwenn apèl selon objektif [Jewova] ”, “ selon bon plezi volonte l ”. — Women 8:17, 28-30 ; Efezyen 1:5, 11 ; 2 Timote 1:9.

16 Objektif Jewova se pou l sangtifye non l ki gran e ki sen e pou l jistifye souvrènte inivèsèl li a. Grasa “ administrasyon ” l lan, oswa fason li jere bagay yo, ki demontre yon sajès ki enkonparab, li te voye premye Pitit li a sou tè a, kote li te pase anba eprèv jis nan dènye limit. Anplis de sa, Jewova te deside pou Wayòm mesyanik Pitit li a gen ladan l tou moun ki te soutni souvrènte l jiska lamò. — Efezyen 1:8-12 ; Revelasyon 2:10, 11.

17. Poukisa nou kapab kontan lefètke Kris ak dirijan k ap asosye avè l yo te viv sou tè a antanke imen ?

17 Lefètke Jewova te voye Pitit li a sou tè a epi li te chwazi moun ki t ap gen pou eritye Wayòm nan avèk li yo nan mitan limanite, Li montre nan ki pwen li renmen desandan Adan yo. Ki jan lòt moun ki te montre yo fidèl anvè Jewova, soti depi nan Abèl, t ap fè tire pwofi nan dispozisyon sa a ? Piske lèzòm, antanke enpafè, fèt tou esklav peche ak lanmò, yo t ap bezwen geri ni espirityèlman ni fizikman, epi pou yo ta rive jwenn pèfeksyon, ann amoni ak objektif Bondye te genyen pou limanite okòmansman (Women 5:12). Ala rekonfòtan sa rekonfòtan pou moun ki gen esperans pou yo viv etènèlman sou tè a lefètke yo konnen Wa yo a pral demontre lanmou ak konpreyansyon anvè yo, menm jan li te fè pou disip li yo diran ministè li sou tè a (Matye 11:28, 29 ; Ebre 2:17, 18 ; 4:15 ; 7:25, 26) ! Se pa ti ankourajan sa ankourajan pou yo lefètke yo konnen wa e prèt ki pral asosye ak Kris nan syèl la, se gason ak fi ki gen lafwa ki te konn fè fas tou ak feblès menm jan ak yo e ki te viv menm pwoblèm yo menm y ap viv sou tè a ! — Women 7:21-25.

Objektif Jewova a enfayib

18, 19. Ki sa ki fè pawòl Pòl di nan Efezyen 1:8-11 lan vin pi klè pou nou, e ki sa nou pral egzamine nan atik ki vin apre a ?

18 Kounye a, nou plis anmezi pou nou konprann sans pawòl Pòl te di kretyen wen yo nan Efezyen 1:8-11. Li te di yo Jewova te fè yo konnen “ sekrè sakre volonte l ”, li te “ deziyen yo kòm eritye ” ansanm ak Kris, e li “ te destine [yo] selon objektif li, li menm k ap jere tout bagay ann amoni ak konsèy volonte l ”. Nou rann nou kont sa tonbe daplon ak “ administrasyon ” estrawòdinè Jewova a, jan li jere bagay yo pou l reyalize objektif li. Sa ede nou tou pou nou konprann rezon ki fè se sèlman kèk nan kretyen ki asiste Soupe Seyè a ki patisipe nan anblèm yo.

19 Nan atik ki vin apre a, nou pral wè ki sa Memoryal lanmò Kris la siyifi pou kretyen sa yo ki gen esperans pou y al viv nan syèl la. Nou pral aprann tou rezon ki fè plizyè milyon lòt kretyen ki gen esperans pou yo viv pou toutan sou tè a ta dwe enterese anpil nan sa Memoryal la senbolize.

[Nòt anba paj]

^ § 6 Non Bondye siyifi literalman “ Li fè vin tounen ”. Jewova ka vin tounen nenpòt sa ki nesesè pou l reyalize objektif li. — Egzòd 3:14, nòt anba paj.

^ § 8 Pawòl Pòl yo montre “ administrasyon ” an t ap fonksyone depi nan epòk li a, tandiske Ekriti yo montre se nan ane 1914 Wayòm mesyanik la te etabli.

^ § 9 Pou yon egzamen pi detaye sou alyans sa yo ki gen rapò ak reyalizasyon objektif Bondye, gade nan La Tour de Garde 1ye fevriye 1989, paj 10-15 (fransè).

Revizyon

• Poukisa Jewova te kreye tè a e li te mete moun sou li ?

• Poukisa li te nesesè pou sèl Pitit Bondye fè a te vin pase anba eprèv sou tè a ?

• Poukisa se nan mitan limanite Jewova chwazi moun ki pou asosye ak Kris pou al reye avèk li yo ?

[Kesyon]