Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Chak moun ap pote pwòp chay pa l ”

“ Chak moun ap pote pwòp chay pa l ”

“ Chak moun ap pote pwòp chay pa l ”

“ Nou chak pral rann Bondye kont pou tèt nou. ” — WOMEN 14:12.

1. Ki responsablite twa jèn Ebre yo te andose ?

TWA jèn Ebre k ap viv Babilòn devan yon desizyon ki ka fè swa yo ret an vi swa yo mouri. Èske yo dwe pwostène devan yon kokenn imaj, jan lwa peyi a egzije sa ? Oswa èske yo dwe refize adore l menmsi sa ta lakòz yo lage yo nan yon founèz dife ? Chadrak, Mechak ak Abednego pa t gen tan pou yo entèwoje pèsonn, ni yo pa t bezwen sa nonplis. San ezitasyon, yo deklare : “ Ou tou konnen, o wa, dye w yo se pa yo menm n ap sèvi, e imaj annò ou mete kanpe a, nou pap adore l. ” ​(Dànyèl 3:1-18). Twa Ebre yo te pran responsablite yo pou yo pote pwòp chay pa yo.

2. Kiyès anfèt ki te enfliyanse desizyon Pilat te pran konsènan Jezi Kris la, men, èske sa te fè gouvènè women an pa responsab pou otan ?

2 Anviwon sis syèk apre, gen yon gouvènè ki te resevwa plent yo te depoze kont yon mesye. Apre li fin egzamine ka a, li vin konvenki akize a inosan. Sepandan, foul la ensiste pou yo egzekite l. Apre gouvènè a fin eseye reziste, li pa sanble dispoze pran responsablite l pou l pote chay li, e konsa li te sede anba presyon. Li lave men l, li di : “ Mwen inosan konsènan san mesye sa a. ” Apre sa, li kite yo kloure l sou yon poto. Wi, olye Pons Pilat andose responsablite l pou l pran yon desizyon konsènan Jezi Kris, li kite lòt moun deside pou li. Pa gen dlo ki pou lave l, li responsab poutèt li te bay Jezi santans enjis sa a. — Matye 27:11-26 ; Lik 23:13-25.

3. Poukisa nou pa dwe kite lòt moun pran desizyon pou nou ?

3 E ou menm ? Lè pou w pran desizyon, èske w fè tankou twa Ebre yo, oswa èske w kite lòt moun deside nan plas ou ? Pran desizyon se pa bagay ki fasil. Pou yon moun fè chwa ki kòrèk, sa mande matirite. Pa egzanp, paran ki gen pitit yo ki minè bezwen pran bon desizyon pou yo. Natirèlman, lè sitiyasyon an konplike e lè gen plizyè aspè pou egzamine, pran yon desizyon se yon bagay ki difisil anpil. Sepandan, responsablite pran desizyon se pa yon bagay ki tèlman lou pou nou ta mete l pami “ fado ” oswa “ bagay ki bay pwoblèm ”, pou se moun “ ki kalifye espirityèlman ” ki pote l pou nou (Galat 6:1, 2 ; nòt anba paj). Okontrè, li se yon chay, e pou li “ nou chak pral rann Bondye kont pou tèt nou ”. (Women 14:12.) Labib di : “ Chak moun ap pote pwòp chay pa l. ” ​(Galat 6:5). Kidonk, ki jan nou ka pran desizyon saj nan lavi nou ? Toudabò, nou dwe rekonèt antanke imen nou limite, e nou dwe chèche konnen sa nou dwe fè pou nou konble fay nou yo.

Yon kondisyon fondamantal

4. Konsènan pran desizyon, ki leson trèzenpòtan nou aprann nan dezobeyisans premye koup la ?

4 Byen bonè nan istwa lèzòm, premye koup la te pran yon desizyon ki te gen konsekans katastwofik. Yo te chwazi manje nan fwi nan pyebwa konesans sa ki byen ak sa ki mal la (Jenèz 2:16, 17). Ki sa ki te alabaz desizyon yo a ? Labib di : “ Fi a te wè pyebwa a te bon pou moun manje epi se te yon bagay ki te fè je anvi gade l, wi, pyebwa a te agreyab pou moun gade. Konsa li pran nan fwi ki ladan l epi li manje l. Apre sa li bay mari l ladan l tou lè l vin ansanm avè l epi li manje l. ” ​(Jenèz 3:6). Chwa Èv te fè a te baze sou dezi egoyis. Aksyon l lan te rale Adan vin jwenn li. Kòm rezilta, peche ak lanmò te ‘ gaye sou tout moun ’. (Women 5:12.) Dezobeyisans Adan ak Èv la ta dwe anseye nou yon leson trèzenpòtan konsènan limit lòm : lòm gen tandans pran move desizyon, sof si li rete atache ak direksyon Bondye bay.

5. Ki gid Jewova ban nou, e ki sa nou dwe fè pou nou tire pwofi ladan l ?

5 Se pa ti kontan nou kontan dèske Jewova Dye pa kite nou san direksyon ! Ekriti yo di nou : “ Zòrèy ou ap tande yon pawòl pa dèyè w k ap di : ‘ Men chemen an. Mache ladan l ’, si ou dwe fè adwat oswa si ou dwe fè agoch. ” ​(Izayi 30:21). Jewova pale avèk nou pa mwayen Pawòl enspire li a, Labib. Nou dwe etidye Ekriti yo pou nou rive gen konesans egzak sou yo. Pou nou fè chwa ki kòrèk, nou dwe manje nan “ gwo manje [ki] pou moun ki gen matirite ”. Nou menm tou, si nou sèvi ak “ kapasite klèvwayans ” nou, l ap “ vin egzèse pou distenge sa ki byen ak sa ki mal ”. (Ebre 5:14.) Nou ka egzèse kapasite klèvwayans nou lè nou aplike sa nou aprann nan Pawòl Bondye a.

6. Ki sa ki nesesè pou konsyans nou fonksyone kòrèkteman ?

6 Lè n ap pran desizyon, li esansyèl pou nou teni kont de yon kapasite nou fèt avè l : konsyans nou. Konsyans nou gen kapasite pou l jije, e li ka ‘ akize nou oswa menm li ka eskize nou ’. (Women 2:14, 15.) Sepandan, pou konsyans nou fonksyone kòrèkteman, li dwe edike grasa konesans egzak sou Pawòl Bondye a, e li dwe vin sansib grasa aplikasyon Pawòl la. Koutim ak abitid moun ki nan antouraj nou ka enfliyanse fasilman yon konsyans ki pa edike. Anviwònman nou ak opinyon lòt moun ka twonpe nou tou. Ki sa ki ka rive konsyans nou si nou pran abitid pa koute l epi nou vyole prensip Bondye yo ? Avèk letan, li ka vin make “ kòmsi se te ak yon fè cho ”, li ka vin tankou yon chè ki boule ki gen yon kwout ki kouvri l, li pa sansib e li pa reyaji (1 Timote 4:2). Yon lòt bò, yon konsyans ki edike grasa Pawòl Bondye a se yon gid ki sèten.

7. Site yon kondisyon fondamantal pou nou pran desizyon ki saj.

7 Se poutèt sa, yon kondisyon fondamantal ki ka pèmèt yon moun andose responsablite l pou l pran desizyon ki saj, se pou l gen yon konesans egzak sou Ekriti yo e se pou l gen kapasite pou l aplike l. Lè nou devan yon chwa, olye pou nou kouri pran desizyon, nou dwe pran tan pou nou egzamine prensip Bondye yo e pou nou egzèse kapasite refleksyon nou lè n ap aplike yo. Menm lè nou gen pou n pran yon desizyon lapoula, menm jan ak Chadrak, Mechak ak Abednego, si nou gen konesans egzak sou Pawòl Bondye a e si konsyans nou edike grasa li, n ap byen ekipe. Annou konsidere de domèn nan lavi a pou nou wè ki jan, lè nou kontinye travay pou nou gen matirite, sa ka amelyore kapasite nou genyen pou nou pran bon desizyon.

Kiyès nou dwe frekante ?

8, 9. a) Ki prensip ki montre nesesite pou nou evite move frekantasyon ? b) Èske gen move frekantasyon vle di sèlman frekante moun ki san prensip ? Esplike.

8 Men sa Apot Pòl ekri : “ Pinga nou twonpe tèt nou. Move frekantasyon minen abitid ki pwofitab. ” ​(1 Korentyen 15:33). Jezi Kris te di disip li yo : “ Nou pa fè pati monn nan. ” ​(Jan 15:19). Lè nou aprann prensip sa yo, fasilman nou wè nesesite pou nou evite frekante fònikatè, moun k ap fè adiltè, vòlè, tafyatè ak moun k ap pratike bagay ki sanble ak sa yo (1 Korentyen 6:9, 10). Sepandan, etan n ap pwogrese nan konesans sou verite ki nan Bib la, nou vin rann nou kont lè n ap pase tan ap gade jan de moun konsa nan sinema, nan televizyon oswa sou ekran òdinatè, oubyen lè nou li liv ki pale de yo, bagay sa yo ap fè nou ditò menm jan an. Nou ka di menm bagay tou lè n ap chat sou Entènèt “ ak moun k ap kache sa yo ye ”. — Sòm 26:4.

9 E moun petèt ki pwòp moralman, men ki pa gen lafwa nan vrè Dye a, èske nou ta dwe frekante yo ? Ekriti yo di nou : “ Lemonnantye anba pouvwa mechan an. ” ​(1 Jan 5:19). Konsa, nou vin disène move frekantasyon pa gen rapò sèlman ak moun ki devègonde oswa ki imoral. Se sa k fè, li saj pou nou kiltive amitye solid sèlman ak moun ki renmen Jewova.

10. Nan kontak nou gen ak moun nan monn nan, ki sa ki ede nou pran desizyon ki montre nou gen matirite ?

10 Li enposib pou nou evite tout kontak ak moun ki nan monn nan, ni sa pa yon egzijans (Jan 17:15). Lè n ap patisipe nan ministè a, lè nou lekòl, lè n al travay, tout sa mande pou nou an kontak ak moun nan monn nan. Yon kretyen ki gen konjwen li ki pa kwayan ka oblije nan fwotman ak moun nan monn nan plis pase yon lòt kretyen. Sepandan, si kapasite klèvwayans nou egzèse, n ap rive konprann menmsi nou ka oblije gen kontak ak moun nan monn nan nan yon sèten limit, sa pa vle di nou oblije devlope lyen sere avèk yo (Jak 4:4). Se sa k fè, nou kapab pran desizyon ki montre nou gen matirite, pa egzanp lè gen aktivite ki pa antre nan kad pwogram lekòl nou, tankou spò ak dans, e lè y ap òganize fèt oswa dine pou kòlèg travay nou.

Lè n ap chwazi travay

11. Ki sa pou nou konsidere an premye lè n ap pran desizyon anrapò ak travay ?

11 Lè nou aplike prensip biblik yo yon fason ki montre nou gen matirite, sa ede nou nan desizyon n ap pran konsènan fason nou akonpli obligasyon nou pou nou ‘ bay moun lakay nou sa yo gen bezwen ’. (1 Timote 5:8.) Premye sa pou nou konsidere se travay la li menm, sa yo mande nou pou nou fè a. Si nou chwazi yon travay ki soutni sa Labib kondane dirèkteman, chwa sa a pa bon kareman. Donk, vrè kretyen yo pa aksepte djòb ki gen rapò ak idolatri, vòl, move itilizasyon san, oswa lòt pratik ki pa ann akò ak Labib. Epitou, nou pa ta dwe nan bay manti oswa nan triche, menmsi yon patwon ta mande nou fè sa. — Travay 15:29 ; Revelasyon 21:8.

12, 13. Apa travay la li menm, site kèk lòt kritè enpòtan nou dwe pran an konsiderasyon lè n ap pran desizyon anrapò ak travay.

12 E si travay la pa vyole dirèkteman okenn egzijans Bondye ? Tank n ap grandi nan konesans sou laverite e kapasite klèvwayans nou ap amelyore, nou rive disène lòt kritè nou dwe pran an konsiderasyon. Ki sa nou dwe fè si yon travay ta enplike nou nan yon pratik ki pa ann akò ak sa Labib di, tankou reponn telefòn nan yon mezon kote yo jwe jwèt aza ? Ou dwe pran an konsiderasyon tou kote kòb pou yo peye w la ap soti e lokal ou gen pou w al fè travay la. Pa egzanp, èske yon kretyen k ap travay ak tèt li ka chèche jwenn yon kontra pou l pentire yon legliz nan kretyente a, sa ki t ap fè l patisipe nan bay fo relijyon jarèt ? — 2 Korentyen 6:14-16.

13 E si yon lè se patwon nou ki ta aksepte yon kontra pou l repare yon lokal kote yo pratike fo adorasyon ? Nan ka sa a, gen kèk kritè nou ta dwe konsidere, tankou nan ki degre nou gen otorite sou sa ki gen pou fèt la e nan ki degre n ap enplike ladan l. E si nou ta ap fè yon travay ki pa gen anyen ki mal ladan l, tankou distribye lèt nan tout yon kominote, san wete kote y ap pratike move bagay ? Èske prensip ki nan Matye 5:45 lan ka afekte desizyon nou an ? Nou pa dwe bliye, fason n ap fè travay nou jou apre jou ka afekte konsyans nou (Ebre 13:18). Vrèmanvre, pou nou pran responsablite pote chay nou lè n ap pran desizyon anrapò ak travay, desizyon ki montre nou gen matirite, sa mande pou nou amelyore kapasite klèvwayans nou e pou nou fòme konsyans Bondye ban nou an.

“ Nan tout wout ou, teni kont de li ”

14. Ki sa nou dwe fè lè nou gen pou nou pran desizyon ?

14 Ki sa nou ka di konsènan desizyon n ap pran anrapò ak lòt kesyon, tankou edikasyon pwofàn, aksepte oswa refize yon tretman medikal kèlkonk ? Lè nou gen pou nou pran yon desizyon kèlkonk, nou dwe chèche konnen ki prensip biblik ki aplikab nan sikonstans lan, e apre sa nou dwe itilize kapasite refleksyon nou pou nou aplike yo. Salomon, yon wa nan Izrayèl tan lontan an ki te gen sajès, te di : “ Mete konfyans ou nan Jewova ak tout kè w epi pa apiye sou pwòp entèlijans ou. Nan tout wout ou, teni kont de li, epi li menm l ap fè chemen w yo dwat. ” — Pwovèb 3:5, 6.

15. Ki sa nou aprann nan atitid kretyen premye syèk yo anrapò ak desizyon n ap pran ?

15 Souvan, chwa nou fè afekte lòt moun, e nou bezwen pran sa an konsiderasyon. Pa egzanp, kretyen premye syèk yo pa t anba bann restriksyon Lwa Moyiz la te bay anrapò ak manje. Yo te ka chwazi pou yo manje kèk manje yo te konsidere sou Lalwa kòm bagay ki pa pi, men ki pa gen okenn lòt pwoblèm. Sepandan, apot Pòl te ekri konsènan vyann bèt ki ta gen rapò ak tanp zidòl, men sa li di : “ Si yon manje fè frè m trebiche, mwen pap janm manje vyann menm ankò, dekwa pou m pa fè frè m trebiche. ” ​(1 Korentyen 8:11-13). Premye kretyen yo te jwenn ankourajman pou yo montre konsiderasyon pou konsyans lòt moun dekwa pou yo pa fè yo trebiche. Desizyon nou pran pa dwe fè nou lakòz moun “ trebiche ”. — 1 Korentyen 10:29, 32.

Chèche sajès ki soti nan Bondye

16. Ki jan lapriyè ka ede nou lè nou gen desizyon pou nou pran ?

16 Lè nou gen desizyon pou nou pran, lapriyè se yon èd ki san parèy. Disip Jak di : “ Si youn nan nou manke sajès, se pou l kontinye mande Bondye l, paske li donan avèk tout moun e li pa fè repwòch, e moun sa a ap jwenn sa l mande a. ” ​(Jak 1:5). Avèk konfyans, nou ka pwoche bò kote Jewova nan lapriyè pou nou mande l sajès nou bezwen pou nou pran desizyon ki kòrèk. Lè n ap pale ak vrè Dye a konsènan sousi nou genyen e lè n ap chèche direksyon l, lespri sen ka ede nou pou nou pi byen konprann vèsè n ap egzamine yo e li ka raple nou sa nou bliye yo.

17. Ki jan lòt moun ka ede nou lè nou gen desizyon pou nou pran ?

17 Èske lòt moun ka ede nou lè nou gen desizyon pou nou pran ? Wi, Jewova ban nou moun ki gen matirite nan kongregasyon an (Efezyen 4:11, 12). Nou ka mande yo konsèy, patikilyèman si se yon gwo desizyon nou gen pou n pran. Moun ki gen klèvwayans espirityèl pwofon e ki gen eksperyans nan lavi a ka ede nou wè lòt prensip biblik ki ka gen yon enfliyans sou desizyon nou an e ki ka ede nou “ verifye bagay ki pi enpòtan yo ”. (Filipyen 1:9, 10.) Sepandan, gen yon bagay nou dwe toujou sonje : nou dwe fè atansyon pou nou pa kite lòt moun pran desizyon pou nou. Se nou ki pou pote chay pa nou, se nou ki pou pran responsablite nou.

Èske n ap toujou jwenn bon rezilta ?

18. Ki sa nou ka di konsènan rezilta yon bon desizyon ka genyen ?

18 Desizyon nou pran ki fonde solidman sou prensip ki nan Bib la e ki ann amoni ak konsyans nou, èske yo toujou mennen nan bon rezilta ? Wi, alalong yo mennen nan bon rezilta, byenke okòmansman sa ka lakòz nou jwenn gwo pwoblèm. Chadrak, Mechak ak Abednego te konnen desizyon yo te pran pou yo pa t adore gwo gwo imaj la te ka mennen yo nan lanmò (Dànyèl 3:16-19). Apot yo tou, apre yo te fin di Juif yo nan Sanedren an yo dwe obeyi Bondye antanke chèf olye yo obeyi lèzòm, yo te fwete yo anvan yo lage yo (Travay 5:27-29, 40). Anplis de sa, “ tan ak evènman enprevi ” ka pote move rezilta pou yon desizyon nou pran (Eklezyas 9:11). Si nou ta soufri yon fason kèlkonk malgre nou te pran yon desizyon ki kòrèk, nou mèt gen konfyans Jewova ap ede nou andire e l ap beni nou finalman. — 2 Korentyen 4:7.

19. Ki jan nou ka pran responsablite nou pou nou pote pwòp chay pa nou avèk kouraj lè n ap pran desizyon ?

19 Kidonk, lè n ap pran desizyon, nou dwe egzamine prensip biblik ki aplikab nan sitiyasyon nou an, e nou dwe itilize kapasite refleksyon nou pou nou aplike yo. Se pa ti rekonesan nou rekonesan pou èd Jewova ban nou pa mwayen lespri sen li e pa mwayen moun ki gen matirite nan kongregasyon an ! Grasa direksyon sa yo ak dispozisyon li pran, annou pran responsablite nou pou nou pote pwòp chay pa nou avèk kouraj, etan n ap pran desizyon ki saj.

Ki sa nou te aprann ?

• Ki kondisyon ki fondamantal pou nou pran bon desizyon ?

• Ki jan lè nou pwogrese pou nou vin gen matirite sa afekte chwa moun n ap frekante ?

• Site kèk kritè enpòtan nou dwe pran an konsiderasyon lè nou gen pou nou pran desizyon anrapò ak travay.

• Ki èd ki disponib lè nou gen pou nou pran desizyon ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 8]

Dezobeyisans Adan ak Èv la aprann nou yon leson ki trèzenpòtan.

[Foto nan paj 10]

Anvan nou pran yon desizyon enpòtan, egzamine prensip Bondye yo.