Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Nouvo manm nan Kolèj santral la

Nouvo manm nan Kolèj santral la

Nouvo manm nan Kolèj santral la

NAN mèkredi maten, jou ki te 24 out 2005 lan, fanmi Betèl Etazini ak Kanada, ki te konekte ansanm sou videyo, te tande yon nouvèl ki te bay lajwa. Kolèj santral Temwen Jewova yo t apral gen de nouvo manm ki t ap kòmanse fonksyon yo apati 1ye septanm 2005. De moun sa yo se Geoffrey W. Jackson ak Anthony Morris III.

Frè Jackson te antre nan sèvis pyonye an fevriye 1971, nan Tasmani, yon zile ki ann Ostrali. An jen 1974, li te marye ak Jeanette (Jenny). Yon ti tan apre, yo te nome yo pyonye espesyal. De 1979 a 2003, yo te sèvi antanke misyonè nan Touvalou, Samoa ak nan Fidji, yon seri zile ki nan Pasifik Sid la. Pandan frè ak sè Jackson nan zile sa yo, yo te kontribye anpil nan travay tradiksyon piblikasyon biblik yo. Apati 1992, frè Jackson te sèvi nan komite filyal Samoa, e apati 1996, li te sèvi nan komite filyal Fidji. Ann avril 2003, li menm ak Jenny te vin fè pati fanmi Betèl Etazini an e yo te kòmanse travay nan depatman tradiksyon. Yon ti tan apre, frè Jackson te vin nome asistan pou Komite ansèyman ki nan Kolèj santral la.

Frè Morris li menm te antre nan sèvis pyonye an 1971, Ozetazini. Nan mwa desanm menm ane sa a, li marye ak Susan, e yo te kontinye nan sèvis pyonye pandan prèske katran, jis lè yo te vin fè premye pitit gason yo, Jesse. Annapre, yo te vin fè yon dezyèm tigason ki rele Paul. Frè Morris vin retounen nan sèvis aplentan an 1979 antanke pyonye pèmanan. Lè timesye yo antre lekòl, madanm li vin jwenn li nan sèvis la. Fanmi an t al sèvi kote ki te gen plis bezwen, yo t al Rhode Island ak Kawolin di Nò, Ozetazini. Nan Kawolin di Nò, frè Morris te sèvi antanke siveyan sikonskripsyon ranplasan, e timesye yo te pran sèvis pyonye pèmanan. Ni Jesse ni Paul, kou yo gen 19 an, yo te resevwa envitasyon pou y al travay nan filyal Etazini an. Pandan tan sa a, frè Morris te kòmanse nan travay sikonskripsyon. Apre sa, an 2002, yo te envite li menm ak Susan nan Betèl, e yo te kòmanse nouvo asiyasyon yo a 1ye out. Frè Morris te travay nan Biwo sèvis nan Patterson, e annapre li te vin nome asistan pou Komite sèvis ki nan Kolèj santral la.

Apa de nouvo manm sa yo, Kolèj santral la gen ladan l : C. W. Barber ; J. E. Barr ; S. F. Herd ; M. S. Lett ; G. Lösch ; T. Jaracz ; G. H. Pierce ; A. D. Schroeder ; D. H. Splane ; ak D. Sydlik. Tout manm Kolèj santral la se kretyen wen yo ye.