Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ranpli kondisyon pou batèm kretyen an

Ranpli kondisyon pou batèm kretyen an

Ranpli kondisyon pou batèm kretyen an

“ Ki sa ki anpeche m batize ? ” — TRAVAY 8:36.

1, 2. Ki jan Filip te antame yon konvèsasyon ak yon ofisyèl etyopyen, e ki sa ki montre mesye sa a te enterese nan bagay espirityèl ?

YOUN ou dezan apre lanmò Jezi, te gen yon ofisyèl nan yon gouvènman ki t ap vwayaje nan direksyon sid sou yon wout ki te soti Jerizalèm pou rive Gaza. Se te yon vwayaj ki te fatigan, piske li te gen anviwon 1 500 kilomèt pou l fè ap vwayaje sou yon charyo. Mesye sa a ki te gen kè onèt, te vwayaje soti depi Etyopi pou rive Jerizalèm pou l al adore Jewova. Lè l ap retounen, piske vwayaj la te long, li te itilize tan sa a avèk sajès, li t ap li Pawòl Bondye a. Li te vrèman gen lafwa. Jewova te remake mesye sa a ki te sensè e, pa mwayen yon zanj, li te dirije Filip, yon disip, pou l al preche l. — Travay 8:26-28.

2 Piske fonksyonè etyopyen an t ap li awotvwa, jan yo te gen koutim fè sa nan epòk la, li pa t difisil pou Filip antame yon konvèsasyon avè l. Se konsa, Filip te tande l k ap li nan woulo Izayi a. Filip te poze yon kesyon tou senp ki te eveye enterè mesye a, li mande l : “ Èske ou vrèman konprann sa w ap li a ? ” Kesyon sa a te ba yo okazyon pou yo egzamine Izayi 53:7, 8. Alafen, Filip “ anonse l bon nouvèl la konsènan Jezi ”. — Travay 8:29-35.

3, 4. a) Poukisa Filip te batize Etyopyen an san pèdi tan ? b) Ki kesyon nou pral egzamine kounye a ?

3 Nan yon tikras tan, Etyopyen an te gentan konprann wòl Jezi jwe nan objektif Bondye, e li te wè nesesite pou l vin yon disip Kris ki batize. Lè li wè yon kote ki gen dlo, li mande Filip : “ Ki sa ki anpeche m batize ? ” Anfèt, sikonstans lan te espesyal. Etyopyen an te deja gen lafwa e li te deja ap adore Bondye antanke pwozelit juif. Petèt li t ap oblije tann yon bann tan anvan li ta jwenn yon lòt okazyon pou l batize. Sa ki te pi enpòtan, sèke mesye sa a te konprann sa Bondye mande pou l fè e li te vle obeyi ak tout kè l. Se avèk kè kontan Filip te agreye demann Etyopyen an. Apre Etyopyen an fin batize, “ li te kontinye wout li ak kè kontan ”. Sandout, mesye sa a te vin yon predikatè zele bon nouvèl la lè l rive nan peyi l. — Travay 8:36-39.

4 Byenke etap yon moun franchi pou l rive vwe tèt li e pou l batize se pa yon etap moun dwe pran alalejè oswa san yo pa byen konprann, egzanp fonksyonè etyopyen an montre te gen kèk okazyon kote gen moun ki te batize yon tikras tan apre yo fin tande verite ki nan Pawòl Bondye a *. Kidonk, li apwopriye pou nou egzamine kèk kesyon tankou : “ Ki jan yon moun dwe prepare l pou batèm ? Èske yo ta dwe teni kont de laj ? Ki pwogrè espirityèl yon moun ta dwe fè anvan li batize ? E kesyon ki pi enpòtan an : poukisa Jewova mande sèvitè l yo pou yo franchi etap sa a ?

Yon angajman solanèl

5, 6. a) Ki jan pèp Jewova a nan tan lontan te reyaji devan lanmou li te montre pou yo ? b) Yonfwa nou fin batize, ki relasyon sere nou vin gen ak Jewova ?

5 Apre Jewova te fin delivre Izrayelit yo ann Ejip, li te pwopoze yo pou yo vin “ pwopriyete espesyal ” li, pou l renmen yo, pou l pwoteje yo e pou l fè yo vin “ yon nasyon ki sen ”. Sepandan, pou pèp la te jwenn benediksyon sa yo, yo te dwe byen reyaji devan lanmou Bondye yon fason ki klè. Yo te fè sa lè yo te di yo dakò pou yo fè “ tout sa Jewova di yo ”, e lè yo te vin antre nan yon alyans avè l (Egzòd 19:4-9). Nan premye syèk la, Jezi te kòmande disip li yo pou yo fè disip pami moun tout nasyon, e moun ki te aksepte ansèyman Kris yo te batize. Pou yon moun vin gen bon relasyon ak Bondye, toudabò li dwe gen lafwa nan Jezi Kris, e ansuit li dwe batize. — Matye 28:19, 20 ; Travay 2:38, 41.

6 Istwa sa yo ki nan Bib la montre Jewova beni moun ki fè pwomès solanèl pou yo sèvi l e ki kenbe pwomès sa a. Ve ak batèm se de etap nesesè pou kretyen yo jwenn benediksyon Jewova. Nou pran rezolisyon pou nou suiv chemen l yo e pou nou chèche direksyon l (Sòm 48:14). Nan yon sans figire, Jewova, bò kote pa l, li pran men nou e li mennen nou nan chemen nou dwe mache a. — Sòm 73:23 ; Izayi 30:21 ; 41:10, 13.

7. Poukisa desizyon yon moun pran pou l vwe tèt li e pou l batize dwe yon desizyon pèsonèl ?

7 Se lanmou nou gen pou Jewova ansanm ak dezi nou gen pou nou sèvi l ki ta dwe pouse nou franchi etap sa yo. Yon moun pa ta dwe batize senpleman paske yon lòt moun di l li gen ase lontan depi l ap etidye, oubyen paske li wè zanmi l ap batize. Natirèlman, yon paran oswa kèk lòt kretyen ki gen matirite kapab ankouraje yon moun pou l reflechi sou posiblite pou l vwe tèt li e pou l batize. Apot Pyè te egzòte moun ki t ap koute l nan jou Pannkòt la pou yo “ batize ”. (Travay 2:38.) Toutfwa, ve nou dwe fè a se yon angajman pèsonèl, e pèsonn pa ka fè l nan plas nou. Se nou menm pèsonèlman ki dwe pran desizyon pou nou fè volonte Bondye. — Sòm 40:8.

Yon batèm ki byen prepare

8, 9. a) Poukisa Bib la pa apwouve batèm timoun piti ? b) Ki pwogrè espirityèl yon timoun dwe fè anvan li batize ?

8 Èske timoun ka gen konesans oubyen konpreyansyon ki ka fè l anmezi pou l fè yon ve pou sèvi Bondye ? Ekriti yo pa di ki laj yon moun dwe genyen pou l batize. Men, se sèten yon timoun piti pa anmezi pou l vin yon kwayan, li pa ka egzèse lafwa, ni li pa ka vwe tèt li bay Bondye (Travay 8:12). Konsènan kretyen ki t ap viv nan premye syèk yo, men sa yon istoryen ki rele Augustus Neander deklare nan yon liv li ekri : “ Okòmansman, se sèlman moun ki adilt yo te konn batize, paske moun yo te gen abitid konsidere batèm ak lafwa kòm de bagay ki lye youn ak lòt. ” — General History of the Christian Religion and Church.

9 Kanta timoun yo, gen kèk ladan yo ki devlope espirityalite yo nan yon sèten degre depi lè yo toupiti, tandiske gen lòt ki pran plis tan. Sepandan, menm jan ak yon adilt, anvan yon timoun batize, li dwe gen yon relasyon pèsonèl ak Jewova, li dwe byen konprann ansèyman fondamantal Bib la, e li dwe byen konprann ki sa sa enplike pou l vwe tèt li.

10. Site kèk etap yon moun dwe franchi anvan li batize.

10 Jezi te di disip li yo pou yo anseye nouvo yo tout bagay li te kòmande yo (Matye 28:20). Kidonk, anvan tout bagay, nouvo yo dwe gen yon konesans egzak sou laverite, konesans k ap ede yo devlope lafwa nan Jewova ak nan Pawòl li a (Women 10:17 ; 1 Timote 2:4 ; Ebre 11:6). Ansuit, lè Ekriti yo touche kè moun nan, li pouse l repanti, e moun sa a abandone ansyen fason li t ap viv (Travay 3:19). Finalman, moun nan rive nan pwen kote li anvi vwe tèt li bay Jewova pou l batize, jan Jezi te kòmande pou fè sa.

11. Poukisa li enpòtan pou nou patisipe regilyèman nan travay predikasyon an anvan nou batize ?

11 Yon lòt etap ki enpòtan nan pwogrè yon moun dwe fè anvan l batize, se pou l patisipe nan predikasyon bon nouvèl Wayòm nan. Se prensipal travay Jewova bay pèp li a fè pandan peryòd dènye jou sa yo (Matye 24:14). Konsa, pwoklamatè ki poko batize yo ka pran plezi pou yo pale ak lòt moun de lafwa yo. Lè yo patisipe nan travay sa a, sa ekipe yo tou pou yo patisipe nan ministè a regilyèman e avèk zèl, apre yo fin batize. — Women 10:9, 10, 14, 15.

Èske gen yon bagay ki anpeche w batize ?

12. Ki sa ki konn anpeche kèk moun batize ?

12 Gen kèk moun ki konn ezite pou yo batize paske yo retisan pou yo aksepte responsablite ki mache ak batèm nan. Yo rann yo kont pou yo konfòme yo ak prensip Jewova yo, sa ap mande pou yo fè gwo chanjman nan lavi yo. Oubyen, yo pè paske yo panse, lè yo fin batize, l ap difisil pou yo konfòme vi yo ak sa Bondye mande. Gen kèk lòt moun ki konn menm fè rezònman sa a : “ Petèt yon lè mwen ka fè yon bagay ki mal ki ka fè yo eskominye m nan kongregasyon an. ”

13. Nan epòk Jezi a, ki sa ki te anpeche kèk moun vin disip li ?

13 Nan epòk Jezi a, gen kèk moun ki te kite enterè pèsonèl yo oubyen relasyon yo te gen ak fanmi yo anpeche yo vin disip li. Gen yon eskrib ki te deklare l ap suiv Jezi nenpòt kote Jezi prale. Men, Jezi te esplike l kèk fwa li konn pa menm gen kote pou l pase nuit li. Lè Jezi te envite yon lòt moun ki t ap koute l pou l vin disip li, mesye sa a te reponn li pral “ antere ” papa l anvan. Sanble li te pito rete lakay li tann jiskaske papa l mouri, olye pou l suiv Jezi e pou l ta pran responsablite familyal sa a lè sa ta vin nesesè. Finalman, gen yon twazyèm ki di Jezi l ap vin disip li, men anvan sa fòk li ta al di moun lakay li “ orevwa ”. Jezi dekri jan de moun sa yo ki toujou ap di ‘ m a gen tan ’ tankou ‘ moun k ap vire gade dèyè ’. Donk, sanble moun ki konsa yo ap toujou ka jwenn eskiz pou yo kouri pou responsablite yon kretyen genyen. — Lik 9:57-62.

14. a) Ki jan Pyè, Andre, Jak ak Jan te reyaji lè Jezi te envite yo pou yo vin pechè moun ? b) Poukisa nou pa ta dwe ezite aksepte jouk Jezi a ?

14 Se pa ti diferan egzanp Pyè, Andre, Jak, ak Jan an te diferan ! Lè Jezi te envite yo pou yo suiv li e pou yo vin pechè moun, Bib la di : “ Menm kote a, yo abandone filè yo e yo suiv li. ” ​(Matye 4:19-22). Piske yo pa t pran tan pou yo deside yo, yo te fè eksperyans Jezi t apral pale yo de li pi devan an, lè li te di yo : “ Mete jouk mwen an sou nou e aprann nan men m, paske mwen gen tanperaman dou e mwen gen imilite nan kè m, e n ap jwenn fòs pou nanm nou. Paske jouk mwen an dous e chay mwen an lejè. ” ​(Matye 11:29, 30). Byenke batèm gen responsablite ki mache avè l ki tankou yon jouk, Jezi asire nou jouk sa a se yon jouk ki dous nou kapab pote e k ap ban nou anpil fòs.

15. Ki jan egzanp Moyiz ak Jeremi montre nou ka konte sou sipò Jewova ?

15 Se yon bagay ki nòmal pou yon moun santi li pa alawotè. Okòmansman, ni Moyiz, ni Jeremi pa t santi yo anmezi pou yo akonpli asiyasyon Jewova te ba yo (Egzòd 3:11 ; Jeremi 1:6). Ki jan Jewova te rasire yo ? Men sa li te di Moyiz : “ M ap ansanm avè w. ” E li te fè Jeremi pwomès sa a : “ Mwen avè w pou mwen delivre w. ” ​(Egzòd 3:12 ; Jeremi 1:8). Nou menm tou nou mèt gen konfyans Bondye ap soutni nou. Si nou gen lanmou pou li e nou gen konfyans nan li, sa ap ede nou venk tout dout ki ta vle anrasinen lakay nou konsènan si n ap rive viv ann akò ak ve nou fè a. Men sa apot Jan te ekri : “ Pa gen krent nan lanmou, men lanmou san fay la jete krent deyò. ” ​(1 Jan 4:18). Pa egzanp, yon tigason ka pè lè l ap mache poukont li, men si l ap mache men nan men ak papa l, l ap santi l an sekirite. Menm jan an tou, si nou mete konfyans nou nan Jewova ak tout kè nou, li pwomèt nou pou l ‘ fè chemen nou dwat ’ pandan n ap mache bò kote l. — Pwovèb 3:5, 6.

Yon moman ki onorab

16. Poukisa yo plonje moun k ap batize yo anba dlo nèt ?

16 Jeneralman, anvan batèm nan, yo fè yon diskou ki esplike siyifikasyon batèm kretyen an. Nan fen diskou a, yo mande kandida yo pou yo reponn de kesyon batèm yo kòm yon deklarasyon piblik pou lafwa yo (Women 10:10 ; gade kare ki nan paj 23 a). Apre sa, yo plonje kandida yo nan dlo, konsa yo suiv egzanp Jezi li menm te kite a. Bib la di, apre Jezi te fin batize, li te “ monte sot anba dlo a ” oubyen li te “ sot nan dlo a ”. (Matye 3:16 ; Mak 1:10.) Li klè, Jan Batis te plonje Jezi nèt *. Plonje nèt anba dlo senbolize chanjman remakab nou fè nan lavi nou. Sa vle di, nan yon sans figire, nou mouri pou ansyen vi nou t ap mennen an e nou kòmanse yon lòt vi nan sèvis Bondye.

17. Ki jan ni kandida yo ni moun ki nan asistans lan kapab kontribye nan diyite moman batèm nan genyen ?

17 Moman batèm nan se yon moman ki serye e ki bay kè kontan. Bib la di, Jezi t ap priye lè Jan te fin plonje l nan rivyè Jouden an (Lik 3:21, 22). Ann amoni ak egzanp sa a, kandida batèm yo jodi a dwe demontre bonjan diyite. Epitou, piske Labib egzòte nou pou nou abiye nou avèk modesti chak jou nan lavi nou, nou ta dwe teni kont de konsèy sa a plis toujou jou n ap batize a (1 Timote 2:9). Moun ki nan asistans lan, yo menm tou yo kapab montre respè pou moman sa a lè yo koute diskou batèm nan avèk atansyon, e lè yo asiste evènman an nan lòd. — 1 Korentyen 14:40.

Benediksyon disip ki batize yo jwenn

18, 19. Ki privilèj e ki benediksyon batèm nan pote ?

18 Yonfwa nou fin vwe tèt nou bay Bondye e nou batize, nou vin fè pati yon fanmi espesyal. Toudabò, Jewova vin Papa nou e li vin Zanmi nou. Anvan nou te batize, nou te lwen Bondye, men kounye a nou vin rekonsilye avè l (2 Korentyen 5:19 ; Kolosyen 1:20). Grasa sakrifis Kris la, nou pwoche bò kote Bondye e li menm li pwoche bò kote nou (Jak 4:8). Pwofèt Malaki di, Jewova prete atansyon, li koute moun ki sèvi ak non l e ki pote non sa a, li enskri non yo nan liv souvni an. Bondye di : “ Wi, se pou mwen y ap ye [...]. Wi, m ap gen pitye pou yo, menm jan ak yon nonm ki gen pitye pou pitit li k ap sèvi l. ” — Malaki 3:16-18.

19 Batèm nan pèmèt nou vin manm yon kominote mondyal ki sou tout tè a. Lè apot Pyè te mande Jezi ki byenfè disip Kris yo t ap resevwa pou sakrifis yo te fè, men sa li te pwomèt : “ Nenpòt moun ki kite kay, oswa frè, oswa sè, oswa papa, oswa manman, oswa pitit, oswa jaden, akoz non mwen, ap jwenn plizyè fwa plis pase sa, e l ap eritye lavi etènèl. ” ​(Matye 19:29). Kèk ane apre sa, Pyè te ekri konsènan “ tout kominote frè yo nèt ” ki te vin ogmante sou tout tè a. Pyè pèsonèlman te jwenn sipò, byenfè ak lanmou tout kominote frè yo, e nou menm tou, nou kapab pwofite de sa. — 1 Pyè 2:17 ; 5:9.

20. Ki esperans estrawòdinè batèm ofri ?

20 Anplis de sa, Jezi te di tout moun ki vle suiv li yo t ap “ eritye lavi etènèl ”. Wi, lè nou vwe tèt nou epi nou batize, sa ban nou posiblite pou nou “ kenbe lavi toutbon an fèm ”, lavi etènèl nan monn nouvo Bondye a (1 Timote 6:19). Ki pi bon fondman pase sa nou ta ka poze pou nou menm ak fanmi nou pou lavni ? Esperans estrawòdinè sa a ap ede nou “ mache nan non Jewova Bondye nou an pou tan endefini, wi, pou toutan ”. — Mika 4:5.

[Nòt anba paj]

^ § 4 Nan jou Pannkòt la, twa mil Juif ak pwozelit ki te koute diskou Pyè a, yo menm tou yo te batize san pèdi tan. Menm jan ak enik etyopyen an, moun sa yo te deja abitye ak ansèyman de baz ansanm ak prensip ki nan Pawòl Bondye a. — Travay 2:37-41.

^ § 16 Selon yon diksyonè, mo grèk lè l tradui ki bay batèm nan, baʹpti·sma, siyifi “ plonje anba dlo, kouvri anba dlo epi soti ”. — Vine’s Expository Dictionary of New Testament Words.

Èske w ka esplike ?

• Ki jan nou dwe reyaji devan lanmou Jewova e poukisa ?

• Ki pwogrè espirityèl yon moun dwe fè anvan li batize ?

• Poukisa nou pa ta dwe kite krent pou nou pa reyisi kenbe oswa retisans pou nou aksepte responsablite anpeche nou batize ?

• Ki benediksyon san parèy disip Jezi yo ka jwenn ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 27]

“ Ki sa ki anpeche m batize ? ”

[Foto nan paj 30]

Moman batèm nan se yon moman ki serye e ki bay kè kontan.