Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Rete lwen fo adorasyon !

Rete lwen fo adorasyon !

Rete lwen fo adorasyon !

“ Soti nan mitan yo, mete nou apa, se sa Jewova di, e sispann manyen bagay ki pa pwòp la. ” — 2 KORENTYEN 6:17.

1. Nan ki kondisyon espirityèl anpil moun sensè twouve yo ?

ANPIL moun sensè pa konnen laverite konsènan Bondye e konsènan avni limanite. Piske yo pa jwenn repons pou kesyon espirityèl pwofon sa yo, yo viv nan konfizyon ak nan dout. Plizyè milyon moun esklav sipèstisyon, seremoni relijye ak fèt ki ofanse Kreyatè nou an. Sandout ou gen vwazen ak fanmi ki kwè nan dife lanfè, yon Dye an twa pèsòn, nanm imòtèl oswa lòt fo ansèyman.

2. Ki sa chèf relijye yo fè, e ki rezilta sa bay ?

2 Kiyès ki responsab fènwa espirityèl sa a ki gaye a ? Kontrèman ak sa anpil moun ta ka kwè, se relijyon yo, prensipalman òganizasyon relijye ak chèf relijye k ap pwopaje ide ki kontrè ak panse Bondye (Mak 7:7, 8). Kòm rezilta, yo twonpe anpil moun, yo fè yo kwè y ap adore vrè Dye a, alòske an reyalite y ap ofanse l. Se fo relijyon dirèkteman ki responsab sitiyasyon tris sa a.

3. Kiyès ki prensipal pwomotè fo relijyon, e ki jan yo dekri l nan Bib la ?

3 Gen yon kreyati envizib ki kache dèyè fò relijyon. Apot Pòl fè konnen kreyati sa a se “ dye sistèm de choz sa a [e l ap] avegle entèlijans non kwayan yo, dekwa pou limyè bon nouvèl glorye a, bon nouvèl konsènan Kris ki pòtre Bondye a, pa rive pèse ”. (2 Korentyen 4:4.) Lè yo di “ dye sistèm de choz sa a ”, se pa lòt moun se Satan Ledyab. Se li ki prensipal pwomotè fo adorasyon. Men sa Pòl ekri : “ Satan li menm toujou ap transfòme tèt li an zanj limyè. Donk, se pa yon bagay ki estrawòdinè si minis li yo tou toujou ap transfòme tèt yo an minis jistis. ” ​(2 Korentyen 11:14, 15). Satan fè sa k pa bon parèt bon e li twonpe moun, li fè yo vin kwè nan manti.

4. Ki sa Lwa Bondye te bay Izrayèl tan lontan an di konsènan fo pwofèt ?

4 Se pa etonan si Labib kondane fo relijyon avèk fòs ! Pa egzanp, Lwa Moyiz la te bay pèp Bondye chwazi a yon mizangad klè kont fo pwofèt. Kèlkeswa moun ki t ap ankouraje fo ansèyman ak adorasyon fo dye, yo te dwe ‘ touye yo paske yo pale pawòl rebelyon kont Jewova ’. Yo te kòmande Izrayelit yo pou yo ‘ retire sa ki mal nan mitan yo ’. (Detewonòm 13:1-5.) Wi, Jewova konsidere fo relijyon kòm yon bagay ki mal. — Ezekyèl 13:3.

5. Ki avètisman nou dwe koute jodi a ?

5 Jezi Kris ak apot li yo te montre yo rayi fo relijyon ak tout fòs yo, menm jan ak Jewova. Men sa Jezi te di disip li yo : “ Pran prekosyon ak fo pwofèt yo ki vin kote nou ak po mouton sou yo, men anndan yo se lou rapas. ” ​(Matye 7:15 ; Mak 13:22, 23). Men sa Pòl li menm te ekri : “ Kòlè Bondye revele nan syèl la kont tout mank atachman pou Bondye ak tout enjistis moun k ap toufe laverite. ” ​(Women 1:18). Se pa ti enpòtan sa enpòtan pou vrè kretyen yo koute avètisman sa yo e pou yo rete lwen kèlkeswa moun k ap toufe verite ki nan Pawòl Bondye a oswa k ap gaye fo ansèyman ! — 1 Jan 4:1.

Retire kò w nan “ Gran Babilòn nan ”

6. Ki jan yo reprezante “ Gran Babilòn nan ” nan Bib la ?

6 Reflechi sou fason Bib la dekri fo relijyon. Li reprezante l kòm yon pwostitye ki sou e ki gen enfliyans sou anpil wayòm ak pèp ki ladan yo. Fi senbolik sa a fè fònikasyon avèk anpil wa e li sou ak san vrè adoratè Bondye yo (Revelasyon 17:1, 2, 6, 18). Li gen yon non ki ekri sou fwon l ki ale ak konduit sal ki repousan li genyen an. Non sa a se “ Gran Babilòn nan, manman pwostitye yo ak bagay repiyan ki sou tè a. ” — Revelasyon 17:5.

7, 8. Ki jan fo relijyon an pwostitye tèt li, e ki rezilta sa bay ?

7 Fason Bib la dekri “ Gran Babilòn nan ” byen kadre ak tout blòk fo relijyon an nèt nan lemonnantye. Byenke plizyè milye relijyon ki egziste yo pa ini aklè kòm yon sèl òganizasyon mondyal, yo fè yon sèl nan objektif yo ak nan aksyon yo. Menm jan ak fason Revelasyon prezante fi imoral la, fo relijyon an gen yon enfliyans estrawòdinè sou gouvènman yo. Menm jan ak yon fi ki pa respekte ve li te fè lè li t ap marye, fo relijyon an pwostitye tèt li nan fè alyans ak pisans politik yo youn apre lòt. Men sa disip Jak di : “ Medam ki nan adiltè, èske nou pa konnen zanmitay ak monn nan se rayisman pou Bondye ? Donk, yon moun ki vle zanmi monn nan fè tèt li lènmi Bondye. ” — Jak 4:4.

8 Kòkòday ki genyen ant fo relijyon ak gouvènman yo lakòz anpil moun soufri. Gen yon politològ afriken ki rele Xolela Mangcu ki konn fè analiz sou kesyon politik ki fè remake “ monn nan chaje ak egzanp kote kòkòday relijyon ak politik lakòz yo touye moun pa pakèt ”. Men sa yon jounal deklare sa pa gen twò lontan : “ Konfli kote pi plis san koule e ki pi danjere jodi a [...] se relijyon ki lakòz yo. ” Plizyè milyon moun pèdi lavi yo nan konfli ki gen sipò relijyon. Gran Babilòn nan menm pèsekite vrè sèvitè Bondye yo e li menm touye yo, e nan yon sans figire, li vin sou ak san yo. — Revelasyon 18:24.

9. Nan liv Revelasyon an, ki jan yo eksprime hèn Jewova genyen pou fo adorasyon ?

9 Sa ki pral rive Gran Babilòn nan montre aklè Jewova rayi fo adorasyon. Revelasyon 17:16 di : “ Dis kòn ou te wè yo, ak bèt sovaj la, yo pral rayi pwostitye a e yo pral devaste l e yo pral mete l toutouni, e yo pral manje chè l e yo pral boule l konplètman ak dife. ” Toudabò, gen yon gwo bèt ki devore l jiskaske l mouri e ki manje chè l. Apre sa, ti rès ki rete a, yo boule l konplètman. Se konsa, nan yon tikras tan ankò, gouvènman ki nan monn nan pral fè menm aksyon an kont fo relijyon. Se Bondye k ap fè sa rive (Revelasyon 17:17). Gran Babilòn nan, anpi mondyal fo relijyon an, kondane pou l detwi. “ Yo pap janm jwenn li ankò. ” — Revelasyon 18:21.

10. Ki pozisyon nou dwe pran parapò ak fò relijyon ?

10 Ki pozisyon vrè adoratè yo dwe pran parapò ak Gran Babilòn nan ? Labib bay yon kòmandman ki klè : “ Soti ladan l, pèp mwen, si nou pa vle patisipe avèk li nan peche l yo, e si nou pa vle resevwa yon pati nan flewo l yo. ” ​(Revelasyon 18:4). Moun ki vle epaye dwe soti nan fo relijyon anvan l twò ta. Lè Jezi te sou tè a, li te predi nan dènye jou yo anpil moun t ap senpleman di y ap suiv li (Matye 24:3-5). Men sa l di moun sa yo : “ Mwen pa t janm konnen nou ! Retire kò nou bò kote m, nou menm k ap pratike ilegalite. ” ​(Matye 7:23). Jezi Kris, Wa ki sou twòn nan kounye a, pa gen okenn rapò ak fo relijyon.

Ki jan nou ka rete lwen ?

11. Ki sa nou dwe fè pou nou rete lwen fo adorasyon ?

11 Vrè kretyen yo rete lwen fo adorasyon, yo rejte fo ansèyman relijye. Sa siyifi nou pa suiv pwogram relijye nan radyo oswa nan televizyon e nou pa li liv relijye k ap ankouraje manti sou Bondye e sou Pawòl li a (Sòm 119:37). Avèk sajès, nou evite tou pou nou pa patisipe nan rasanbleman oswa nan pwogram òganizasyon ki asosye ak fo relijyon ap òganize. Anplis de sa, nou pa soutni fo adorasyon nan okenn sans (1 Korentyen 10:21). Lè nou pran mezi konsa, sa pwoteje nou pou yon moun pa trennen nou dèyè l “ tankou jibye l, pa mwayen filozofi ak twonpri ki pa vo anyen selon tradisyon lèzòm, selon bagay elemantè ki nan monn nan e non selon Kris ”. — Kolosyen 2:8.

12. Ki jan yon moun ka koupe tout kontak ak fo òganizasyon relijye yo ?

12 Si yon moun ki vle vin Temwen Jewova toujou anrejistre kòm manm yon fo relijyon, ki sa l dwe fè ? Nan pifò ka, moun nan dwe ekri yon lèt pou l fè retire non l, sa ap sèvi kòm prèv ki montre li pa manm fo relijyon an ankò. Li trèzenpòtan pou moun sa a aji avèk detèminasyon pou l evite konplètman tout kalite kontaminasyon espirityèl ak fo adorasyon. Konpòtman moun sa a ki vle vin Temwen an dwe klè pou òganizasyon relijye a e pou tout lòt moun k ap obsève. Yo dwe konstate li mete fen nan rapò li te genyen ak relijyon an.

13. Ki konsèy Bib la bay anrapò ak nesesite pou nou rete lwen fo adorasyon ?

13 Men sa apot Pòl ekri : “ Pa mete tèt nou anba jouk miwomiba avèk non kwayan. Paske ki rapò sa ki dwat genyen ak sa ki pa legal ? Oubyen ki patisipasyon limyè genyen ak fènwa ? Anplis de sa, ki amoni ki genyen ant Kris ak Belyal ? Oswa ki pòsyon yon moun ki fidèl genyen pou li ak yon non kwayan ? E ki antant tanp Bondye genyen ak zidòl ? [...] ‘ Se poutèt sa, soti nan mitan yo, mete nou apa, se sa Jewova di, e sispann manyen bagay ki pa pwòp la. ’ ” ​(2 Korentyen 6:14-17). Nou obeyi pawòl sa yo lè nou rete lwen fo adorasyon. Èske konsèy Pòl bay la mande pou nou rete lwen fo adoratè yo tou ?

“ Kontinye mache nan sajès ”

14. Èske nou dwe evite tout kontak ak moun ki patisipe nan fo adorasyon ? Esplike.

14 Èske vrè adoratè yo dwe evite tout kontak ak moun ki patisipe nan fo adorasyon ? Èske nou pa ta dwe gen okenn rapò ditou ak moun ki pa gen menm lafwa avèk nou ? Repons lan se non. Dezyèm nan de pi gwo kòmandman yo di : “ Ou dwe renmen pwochen w menm jan w renmen tèt ou. ” ​(Matye 22:39). Se sèten, nou demontre lanmou pou pwochen nou lè nou preche yo bon nouvèl Wayòm nan. Nou demontre nou gen lanmou pou yo tou lè nou etidye Labib avèk yo e lè nou fè yo konnen nesesite pou yo rete lwen fo adorasyon.

15. Ki sa sa vle di “ pa fè pati monn nan ” ?

15 Byenke nou preche pwochen nou bon nouvèl la, menm jan ak disip Jezi yo, nou “ pa fè pati monn nan ”. (Jan 15:19.) Mo “ monn ” nan la a gen rapò ak limanite ki lwen Bondye (Efezyen 4:17-19 ; 1 Jan 5:19). Nou separe ak monn nan nan sans nou rejte atitid, pawòl ak konduit ki ofanse Jewova (1 Jan 2:15-17). Anplis de sa, ann amoni ak prensip ki di “ move frekantasyon minen abitid ki pwofitab ”, nou evite gen entimite ak moun ki pa viv selon prensip kretyen yo (1 Korentyen 15:33). Pa gen rapò ak monn nan vle di rete “ san tach parapò ak monn nan ”. (Jak 1:27.) Se sa k fè, rete separe ak monn nan pa vle di pou nou evite tout kontak fizik ak lòt moun. — Jan 17:15, 16 ; 1 Korentyen 5:9, 10.

16, 17. Ki jan kretyen yo dwe aji ak moun ki pa konnen verite ki nan Bib la ?

16 Nan ka sa a, ki jan nou dwe aji ak moun ki pa konnen verite ki nan Bib la ? Men sa apot Pòl te ekri kongregasyon Kolòs : “ Kontinye mache avèk sajès anvè moun ki deyò yo, lè nou rachte moman apwopriye a pou nou menm. Se pou pawòl nou toujou gen cham, se pou l toujou sizonnen ak sèl, yon fason pou nou konnen jan nou dwe reponn chak moun. ” ​(Kolosyen 4:5, 6). Apot Pyè te ekri : “ Sangtifye Kris nan kè nou kòm Seyè. Se pou nou toujou pare pou n defann nou chak fwa yon moun mande nou rezon ki fè nou gen espwa ki nan nou an. Men, se pou nou fè sa ak dousè e ak anpil respè. ” ​(1 Pyè 3:15). Pòl te konseye kretyen yo “ pou yo pa pale pyès moun mal, pou yo pa agresif, pou yo rezonab, pou yo montre yo se moun ki dou toutbon avèk tout kalite moun ”. — Tit 3:2.

17 Antanke Temwen Jewova, nou evite montre nou di oswa awogan anvè lòt moun. Natirèlman, lè n ap pale de moun lòt relijyon, nou pa itilize mo ki ka ensilte yo. Olye de sa, nou montre nou gen tak, menmsi moun n ap pale avè l la, oswa vwazen nou an, oubyen kòlèg travay nou an, pa montre li janti oubyen li ta di nou mo ki blesan. — Kolosyen 4:6 ; 2 Timote 2:24.

“ Kontinye kenbe modèl pawòl ki pwofitab yo ”

18. Nan ki kondisyon espirityèl deplorab moun ki retounen nan fo adorasyon yo ye ?

18 Ala grav sa ta grav si yon moun ki fin aprann verite ki nan Bib la ta retounen nan fo adorasyon ! Labib dekri konsekans tris ki genyen lè yon moun fè sa, lè l di : “ Annefè, si apre yo fin chape anba salte monn nan grasa yon konesans egzak sou Seyè a ak Sovè a Jezi Kris, yo lage kò yo ankò nan bagay sa yo e yo sede nèt, dènye sitiyasyon an vin pi mal pou yo pase premye a. [...] Sa pwovèb la di a akonpli sou yo : ‘ Chen an retounen nan vomi l fin vomi an, epi kochon ki sot benyen an retounen woule nan labou. ’ ” — 2 Pyè 2:20-22.

19. Poukisa li esansyèl pou nou fè atansyon ak tout bagay ki ka mete espirityalite nou an danje ?

19 Nou dwe fè atansyon ak tout bagay ki ka mete espirityalite nou an danje. Danje yo la ! Apot Pòl ban nou avètisman sa a : “ Pawòl enspire a di klèman, nan peryòd tan k ap vini yo, kèk moun ap abandone lafwa pandan y ap pote atansyon sou pawòl enspire blòf ak ansèyman demon. ” ​(1 Timote 4:1). N ap viv “ nan peryòd tan k ap vini yo ”. Moun ki pa rete lwen fo adorasyon ka “ tankou moun vag lanmè ap balote, moun tout van ansèyman ap pote ale adwat agoch pa mwayen foub lèzòm, pa mwayen riz moun k ap envante erè ”. — Efezyen 4:13, 14.

20. Ki jan nou ka pwoteje tèt nou kont move enfliyans fo relijyon ?

20 Ki jan nou ka pwoteje tèt nou kont move enfliyans fo relijyon ? Annou konsidere tout sa Jewova ban nou. Nou gen Labib, Pawòl Bondye a (2 Timote 3:16, 17). Jewova ban nou manje espirityèl ann abondans tou pa mwayen “ esklav fidèl ki prevwayan an ”. (Matye 24:45.) Ofiramezi n ap fè pwogrè nan laverite, èske nou pa ta dwe chèche gen apeti pou ‘ gwo manje ki pou moun ki gen matirite ’ yo e èske nou pa ta dwe kontan reyini ansanm kote n ap aprann verite espirityèl (Ebre 5:13, 14 ; Sòm 26:8) ? Annou detèmine pou nou tire pwofi omaksimòm nan dispozisyon Jewova pran yo, yon fason pou nou ka “ kenbe modèl pawòl ki pwofitab ” nou tande yo (2 Timote 1:13). Konsa, nou kapab rete lwen fo adorasyon.

Ki sa nou aprann ?

• Ki sa “ Gran Babilòn nan ” ye ?

• Ki sa nou dwe fè pou nou rete lwen fo relijyon ?

• Ki danje ki menase espirityalite nou nou dwe evite ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 14]

Èske w konnen poukisa se yon fi imoral ki senbolize “ Gran Babilòn nan ” ?

[Foto nan paj 15]

“ Gran Babilòn nan ” kondane pou l detwi.

[Foto nan paj 17]

Nou montre nou gen ‘ dousè ak anpil respè ’ anvè moun ki pa gen menm kwayans avèk nou.