Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon sèl remèd la !

Yon sèl remèd la !

Yon sèl remèd la !

NAN Betani, yon vilaj ki te twouve l nan yon distans anviwon twa kilomèt parapò ak Jerizalèm, te gen yon mesye yo te rele Laza ki t ap viv la ansanm avèk de sè l, Mat ak Mari. Yon jou, pandan Jezi, ki te zanmi yo, pa t la, Laza te vin malad grav anpil. Sè l yo te enkyete anpil pou li. Yo voye nouvèl la bay Jezi. Kèk tan apre Jezi fin resevwa nouvèl la, li pran wout pou l al wè Laza. Etan Jezi sou wout, li di disip li yo li pral lòtbò a pou l al reveye Laza nan dòmi. Okòmansman, disip yo pa t byen konprann sa Jezi te di a, men apre, Jezi klarifye pou yo, li di yo : “ Se mouri Laza mouri. ” — Jan 11:1-14.

Lè Jezi rive nan tonm Laza, toudabò li mande pou yo retire wòch ki bare bouch tonm nan. Apre li fin fè yon priyè awotvwa, li di : “ Laza, soti deyò ! ” Epi, Laza sot deyò. Mesye sa a ki te gen kat jou depi l mouri te resisite. — Jan 11:38-44.

Istwa Laza a montre rezirèksyon se yon remèd asire pou lanmò. Men, èske mirak ki te fè Laza retounen viv ankò a te fèt vre ? Bib la prezante nou mirak sa a kòm yon istwa reyèl. Li Jan 11:1-44, w ap wè jan detay yo bay yo reflete reyalite. Èske w ka nye sa te fèt vre ? Si sa rive, konnen w ka kòmanse mande tèt ou tou si tout mirak yo rapòte nan Bib la te fèt vre, menm rezirèksyon Jezi Kris ladan l. E tankou jan Bib la di, “ si Kris pa t leve, lafwa nou pa itil anyen ”. (1 Korentyen 15:17.) Rezirèksyon an se yon ansèyman biblik ki fondamantal (Ebre 6:1, 2). Men, ki sa mo “ rezirèksyon ” an vle di ?

Ki sa “ rezirèksyon ” ye ?

Mo “ rezirèksyon ” an parèt plis pase 40 fwa nan Ekriti grèk kretyen yo. Li tradui yon mo grèk ki vle di literalman “ debou ankò ”. Ekspresyon ebre ki koresponn ak mo sa a vle di “ mò a vivan ankò ”. Apre yon moun fin mouri, ki sa k ap resisite a ? Se pa kapab kò moun nan, piske li dekonpoze e li retounen nan pousyè. Sa k ap resisite a se pa menm kò moun nan te genyen an, men se moun ki te mouri a menm. Sa vle di, grasa rezirèksyon, moun nan pral retounen gen tout karakteristik li te genyen anvan, tankou pèsonalite li te genyen, sa li te viv e tout ti detay li te gen nan idantite l.

Jewova Dye, ki gen yon memwa pafè, pa gen okenn pwoblèm pou l sonje tout karakteristik moun ki mouri yo te genyen anvan (Izayi 40:26). Piske Jewova se Sous lavi, li pap gen okenn pwoblèm pou l fè menm moun nan reviv ankò nan yon kò li fèk fòme (Sòm 36:9). Anplis de sa, Labib di Jewova Dye gen “ yon gwo anvi ” pou l resisite mò yo, sa vle di li vle fè sa toutbonvre e l ap tann moman sa a avèk enpasyans (Jòb 14:14, 15). Se pa ti kontan nou kontan dèske nonsèlman Jewova kapab fè yon moun ki mouri retounen viv ankò, men tou li vle fè sa !

Jezi Kris jwe yon wòl enpòtan tou nan resisite mò yo. Yon tikras plis pase ennan apre Jezi te kòmanse ministè li, men sa li te di : “ Menm jan Papa a leve mò yo, li ba yo lavi, se konsa Pitit la li menm tou bay moun li vle lavi. ” ​(Jan 5:21). Èske eksperyans Laza a pa montre nonsèlman Jezi Kris gen pouvwa pou l resisite mò yo, men tou li vle fè sa ?

E kwayans ki fè konprann gen yon bagay anndan nou ki kontinye viv apre nou fin mouri ? Anfèt, ansèyman rezirèksyon an depaman ak kwayans ki fè konprann lèzòm gen yon nanm imòtèl oswa yon espri imòtèl. Si gen yon bagay nan nou ki kontinye viv apre nou fin mouri, poukisa ta oblije gen yon rezirèksyon ? Mat, sè Laza a, pa t kwè lè frè l la te mouri, li t al viv nan yon monn kote espri yo abite. Men, li te gen lafwa nan rezirèksyon. Lè Jezi te ba l asirans ‘ frè l la ap leve ’, men sa Mat te reponn : “ M konnen li gen pou l leve nan rezirèksyon ki gen pou fèt nan dènye jou a. ” ​(Jan 11:23, 24). E lè Laza te resisite, li pa t rakonte okenn eksperyans li te fè nan yon vi apre lanmò. Li te tou senpleman mouri. Men sa Labib di : “ Kanta pou moun ki mouri yo, yo pa konn anyen ditou. [...] Pa gen ni travay, ni pwojè, ni konesans, ni sajès, nan cheyòl [tonm ki la pou tout moun], kote w prale a. ” — Eklezyas 9:5, 10.

Konsa, selon Labib, sèl remèd pou lanmò se rezirèksyon. Men, pami tout kantite moun ki mouri yo, kiyès k ap resisite, e ki kote yo pral viv ?

Kiyès k ap resisite ?

Jezi te di : “ Lè a ap vini kote tout moun ki nan tonm souvni yo pral tande vwa [Jezi], epi y ap soti. ” ​(Jan 5:28, 29). Ann amoni ak pwomès sa a, tout moun ki nan tonm souvni yo, sa vle di moun ki nan memwa Jewova yo, pral resisite. Kounye a, kesyon an se kiyès, nan tout moun ki mouri yo, an reyalite ki nan memwa Bondye k ap tann rezirèksyon ?

Nan Ebre chapit 11, Labib site yon lis gason ak fi ki te sèvi Bondye fidèlman. Ni moun non yo site nan lis sa a, ni moun ki t ap sèvi Bondye fidèlman ki mouri nan ane ki sot pase la yo, yo tout pral pami moun k ap resisite yo. E moun ki pa t viv ann amoni ak prensip jistis Bondye yo, petèt paske yo pa t gen konesans ? Èske yo nan memwa Bondye tou ? Wi, anpil ladan yo nan memwa Bondye, paske Labib pwomèt : “ Pral gen yon rezirèksyon ni pou moun ki jis ni pou moun ki enjis. ” — Travay 24:15.

Sepandan, se pa tout moun k ap resisite. Men sa Labib deklare : “ Si n ap pratike peche volontèman apre nou fin resevwa konesans egzak sou verite a, pa rete okenn sakrifis pou peche yo, men, gen yon sèten atant tèrib pou jijman. ” ​(Ebre 10:26, 27). Gen moun ki fè yon seri peche ki pa gen padon. Moun sa yo pa nan adès (tonm ki la pou tout moun), men yo nan jeyèn, yon andwa senbolik ki reprezante destriksyon etènèl (Matye 23:33). Sepandan, nou dwe fè atansyon pou nou pa fè devinèt si tèl moun ap resisite oubyen si l pap resisite. Se Bondye k ap jije. Li konnen kiyès ki nan adès, kiyès ki nan jeyèn. Kanta nou menm, meyè bagay nou ka fè se viv lavi nou ann amoni ak volonte Bondye.

Kiyès k ap resisite pou al viv nan syèl ?

Rezirèksyon ki te pi remakab se rezirèksyon Jezi Kris. “ Yo te touye l nan lachè, men yo te ba l lavi nan lespri. ” ​(1 Pyè 3:18). Pèsonn pa t janm resisite nan fason sa a anvan. Men sa Jezi li menm te di : “ Pèsonn pa monte nan syèl, eksepte moun ki te desann sot nan syèl la, Pitit Gason lòm nan. ” ​(Jan 3:13). Konsa, Pitit Gason lòm nan se premye moun ki resisite antanke espri (Travay 26:23). Men, ta dwe gen lòt moun ankò. Ekriti yo di : “ Chak moun nan ran pa l : Kris, premye pwodui, apre sa, moun ki pou Kris yo pandan prezans li. ” — 1 Korentyen 15:23.

Yon ti gwoup moun, “ moun ki pou Kris yo ”, ap gen pou yo resisite pou y al viv nan syèl pou yon rezon byen espesyal (Women 6:5). Yo pral “ dirije tè a kòm wa ” ansanm avèk Kris (Revelasyon 5:9, 10). Anplis de sa, yo pral sèvi antanke prèt, nan sans yo pral travay ansanm avèk Kris pou retire efè peche limanite eritye nan premye òm nan, Adan (Women 5:12). Kantite moun ki pral dirije ansanm ak Kris antanke wa e prèt se 144 000 (Revelasyon 14:1, 3). Lè yo resisite, ki kalite kò yo pral resevwa ? Labib di yo pral gen yon “ kò espirityèl ”. Se sa k ap fè li posib pou yo viv nan syèl. — 1 Korentyen 15:35, 38, 42-45.

Ki lè rezirèksyon selès la t ap gen pou l fèt ? Dapre sa nou jwenn nan 1 Korentyen 15:23, l ap fèt “ pandan prezans [Kris la] ”. Evènman k ap pase nan monn nan depi 1914 montre aklè prezans Kris la ansanm ak “ konklizyon sistèm de choz la ” te kòmanse nan menm ane sa a (Matye 24:3-7). Konsa, nou gen rezon abouti ak konklizyon rezirèksyon kretyen fidèl ki pral nan syèl yo deja kòmanse, menmsi, natirèlman, lèzòm pa ka wè sa. Sa vle di, apot yo ansanm ak premye kretyen yo deja resisite pou al viv nan syèl. E kretyen k ap viv jodi a Bondye bay esperans sèten yo pral dirije ansanm ak Kris nan syèl la ? Yo menm yo leve “ nan yon batje ”, sa vle di tousuit apre yo mouri (1 Korentyen 15:52). Piske rezirèksyon ti gwoup 144 000 moun nan fèt anvan rezirèksyon gwo kantite moun k ap gen pou yo viv sou tè a, yo rele l “ rezirèksyon k ap fèt pi bonè a ”, oubyen “ premye rezirèksyon ”. — Filipyen 3:11 ; Revelasyon 20:6.

Kiyès k ap resisite pou viv sou tè a ?

Selon Ekriti yo, pifò moun ki mouri yo pral retounen viv ankò sou tè a (Sòm 37:29 ; Matye 6:10). Men kòman apot Jan te dekri vizyon enpresyonan li te genyen konsènan moun k ap resisite yo, li te di : “ Lanmè a te rann mò ki te ladan l yo, e lanmò ak adès te rann mò ki te nan yo, epi yo te jije yo chak apa selon aksyon yo. E yo te jete ni lanmò ni adès nan letan dife a. Letan dife a reprezante dezyèm lanmò a. ” ​(Revelasyon 20:11-14). Moun ki nan adès yo, oubyen nan cheyòl yo, tonm ki la pou tout moun nan, yo nan memwa Bondye. Tout moun sa yo nèt pral soti anba grif lanmò (Sòm 16:10 ; Travay 2:31). E yo pral jije yo chak selon aksyon yo fè apre yo fin resisite. Ki sa k pral rive lanmò ak adès apre sa ? Yo pral jete yo nan “ letan dife a ”. Sa vle di lanmò lèzòm te eritye nan Adan an pap afekte yo ankò.

Jis imajine ki bèl pèspektiv pwomès rezirèksyon an ouvri pou moun ki pèdi yon moun yo renmen ! Lè Jezi te resisite sèl pitit gason vèv Nayin nan, se pa ti kontan vèv sa a dwe te kontan (Lik 7:11-17) ! Anplis, men sa Labib di konsènan paran tifi ki te gen 12 an Jezi te fè reviv la : “ Menm moman an, yo te santi yo pa t posede yo ankò, tèlman yo te etone. ” ​(Mak 5:21-24, 35-42 ; Lik 8:40-42, 49-56). Nan monn nouvo Bondye pwomèt la, se pral yon plezi pou nou akeyi moun pa nou yo.

Lefètke nou konnen laverite konsènan rezirèksyon an, ki efè sa kapab gen sou nou depi kounye a ? Men sa yon ansiklopedi deklare : “ Pifò moun pè lanmò e yo fè efò pou yo pa panse avè l. ” ​(The World Book Encyclopedia). Poukisa ? Paske pou pifò moun, lanmò se yon mistè, yon bagay yo pa konnen, yon bagay yo dwe pè. Lè nou vin konnen laverite sou kondisyon mò yo e nou vin gen esperans rezirèksyon an, sa kapab ban nou kouraj si nou ta vin twouve nou anfas ‘ dènye ènmi an, lanmò ’. (1 Korentyen 15:26.) Konesans sa a fè li pi fasil tou pou nou sipòte chagren nou santi lè nou pèdi yon bon zanmi nou oswa yon manm fanmi nou.

Ki lè rezirèksyon an ap kòmanse sou tè a ? Sou tout tè a jodi a gen vyolans, gen konfli, anpil san ap koule, e gen polisyon. Si moun ki mouri yo ta retounen viv sou tè a nan kondisyon sa yo, se sèten kè kontan nou t ap genyen an pa t ap dire lontan. Sepandan, Kreyatè a pwomèt talè konsa li pral mete yon pwen final nan monn sa a ki anba kontwòl Satan (Pwovèb 2:21, 22 ; Dànyèl 2:44 ; 1 Jan 5:19). Objektif Bondye gen pou tè a prèske reyalize. Apre sa, nan monn nouvo pezib Bondye pral etabli a, plizyè milya moun k ap dòmi kounye a nan lanmò pral ouvri je yo.

[Foto nan paj 6]

Pifò nan moun ki mouri yo ap resisite pou yo viv sou tè a.