Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou sèvi Kris, Wa a, fidèlman

Annou sèvi Kris, Wa a, fidèlman

Annou sèvi Kris, Wa a, fidèlman

“ Yo te ba li dominasyon, diyite ak wayòm, dekwa pou pèp, kominote nasyonal e lang, yo tout sèvi l. ” — DÀNYÈL 7:14.

1, 2. Ki jan nou fè konnen Kris potko gen tout pouvwa nan Wayòm nan nan ane 33 epòk nou an ?

KI DIRIJAN ki ta ka bay vi l pou moun l ap dirije yo epi pou l retounen viv ankò pou l dirije antanke wa ? Ki wa ki ta ka viv sou tè a pou l fè moun l ap dirije yo met konfyans yo nan li, pou yo fidèl ak li, epi apre sa pou l ap dirije detan l nan syèl la ? Sèl moun ki te anmezi fè sa, e ki anmezi fè plis pase sa, se Jezi Kris (Lik 1:32, 33). Nan Pannkòt ane 33 epòk nou an, apre Kris fin mouri, li fin resisite epi li monte nan syèl, Bondye “ fè l chèf sou tout bagay pou kongregasyon an ”. (Efezyen 1:20-22 ; Travay 2:32-36.) Nan sans sa a, Kris te kòmanse dirije, men avèk limit. Premye moun li t ap dirije yo se te kretyen ki wenn ak lespri yo, ki te konpoze Izrayèl espirityèl la, “ Izrayèl Bondye a ”. — Galat 6:16 ; Kolosyen 1:13.

2 Prèske 30 an apre Pannkòt ane 33 epòk nou an, apot Pòl te sètifye Kris potko gen tout pouvwa nan Wayòm nan, men li te “ adwat Bondye, depi lè sa a l ap tann jiskaske ènmi l yo plase tankou yon tabourè pou pye l ”. (Ebre 10:12, 13.) Apre sa, nan fen premye syèk epòk nou an, apot Jan, ki te granmoun anpil, te resevwa yon vizyon kote l te wè alavans Souvren linivè a, Jewova, k ap enstale Kris Jezi kòm Wa nan Wayòm nan ki te fèk fèt nan syèl la (Revelasyon 11:15 ; 12:1-5). Nan moman nou ye la a nan listwa, nou ka egzamine kantite prèv ki sètifye Kris kòmanse dirije antanke Wa mesyanik nan syèl la an 1914 *.

3. a) Ki dimansyon bon nouvèl Wayòm nan pran depi 1914 ? b) Ki kesyon nou kapab poze tèt nou ?

3 Efektivman, depi 1914, bon nouvèl Wayòm nan vin pran yon dimansyon ki etonan. Kris ap dirije aktivman antanke Wa nan Wayòm Bondye a ki nan syèl la, byenke se “ nan mitan ènmi [li] yo ” l ap fè sa (Sòm 110:1, 2 ; Matye 24:14 ; Revelasyon 12:7-12). Anplis de sa, sou tout tè a, moun fidèl ki anba dominasyon l yo reyaji volontèman devan otorite li, lè yo patisipe nan yon pwogram edikasyon mondyal ki potko janm fèt nan tout istwa limanite (Dànyèl 7:13, 14 ; Matye 28:18). Kretyen ki wenn ak lespri yo, “ pitit wayòm nan ”, ap sèvi antanke “ anbasadè k ap travay nan plas Kris ”. Yo jwenn sipò fidèl gwo foul “ lòt mouton ” Kris yo ki okipe fonksyon anvwaye pou Wayòm Bondye a (Matye 13:38 ; 2 Korentyen 5:20 ; Jan 10:16). Men kanmenm, nou bezwen analize si nou chak pèsonèlman nou vrèman rekonèt otorite Kris. Èske nou fidèl ak li san nou pa febli ? Ki jan nou ka montre nou fidèl ak yon Wa k ap dirije detan li nan syèl ? Ebyen, toudabò, annou pale sou rezon nou genyen pou nou fidèl ak Kris.

Yon Wa ki merite pou moun fidèl ak li

4. Antanke Wa chwazi, ki sa Jezi te reyalize pandan ministè li sou tè a ?

4 Se rekonesans nou genyen pou sa Kris fè e pou bèl kalite li genyen ki baz fidelite nou anvè li (1 Pyè 1:8). Pandan Jezi te sou tè a, antanke Wa chwazi, li te montre nan yon ti degre sa li pral reyalize sou tout tè a nan moman Bondye fikse a, lè li va Wa an fonksyon. Li te nouri moun ki grangou. Li te geri malad, avèg, moun enfim, moun soud ak bèbè. Li te menm fè kèk moun ki te mouri reviv (Matye 15:30, 31 ; Lik 7:11-16 ; Jan 6:5-13). Anplis de sa, konesans nou genyen sou lavi Jezi lè li te sou tè a ede nou vin konnen kalite li yo antanke Wa ki pral dirije tè a, espesyalman lanmou li ki mache ak abnegasyon (Mak 1:40-45). Anrapò ak sa, dapre sa yo rapòte, men sa Napoleyon Bonapat te di : “ Aleksann, Seza, Chalmay ak mwen menm, nou chak nou te fonde anpi, men, sou ki sa gwo reyalizasyon nou yo baze ? Sou lafòs. Se Jezi Kris sèl ki baze wayòm li an sou lanmou, e jis jodi a plizyè milyon moun dispoze mouri pou li. ”

5. Sa k fè pèsonalite Jezi te atiran anpil ?

5 Etandone Jezi te gen tanperaman dou e li te gen imilite nan kè l, moun ki te dekouraje akoz gwo pwoblèm ansanm ak chay lou ki te tonbe sou yo te soulaje grasa ansèyman ankourajan li yo e grasa bèl pèsonalite li genyen (Matye 11:28-30). Timoun yo te alèz avè l. Moun ki enb e ki gen disènman te kontan vin disip li (Matye 4:18-22 ; Mak 10:13-16). Konsiderasyon ak respè li te montre nan fason li aji te fè anpil medam ki gen krentif pou Bondye fidèl ak li, yon bon kou ladan yo te bay tan yo, efò yo ak byen materyèl yo te genyen pou pran swen l pandan li t ap akonpli ministè li. — Lik 8:1-3.

6. Lè laza te mouri, ki jan Jezi te montre li gen kè sansib ?

6 Kris te demontre jis nan ki pwen li gen kè sansib lè bon zanmi li Laza te mouri. Li te tèlman touche akoz lapenn Mari ak Mat te genyen, li te jemi, e “ dlo te koule nan je ” l. Li te “ vin boulvèse ”, li te vin ajite akoz gwo chagren li te gen nan kè l, menm lè li te konnen nan yon ti moman li t apral fè Laza reviv. Anplis, lanmou ak konpasyon te pouse Jezi egzèse otorite Bondye ba li a pou l resisite Laza. — Jan 11:11-15, 33-35, 38-44.

7. Poukisa Jezi merite pou nou fidèl ak li ? (Gade kare ki nan paj 32 a tou.)

7 Nou gen anpil admirasyon pou kokenn lanmou Jezi te genyen pou sa ki jis ak degoutans li te genyen pou ipokrizi ak mechanste. An de fwa, li te aji avèk fèmte pou l mete komèsan ava ki te nan tanp lan deyò (Matye 21:12, 13 ; Jan 2:14-17). Anplis de sa, lè l te sou tè a, li te fè fas ak tout kalite difikilte, sa vin fè li kapab konprann pèsonèlman difikilte ak pwoblèm n ap rankontre (Ebre 5:7-9). Jezi te konnen tou sa sa vle di viktim lahèn ak enjistis (Jan 5:15-18 ; 11:53, 54 ; 18:38–19:16). Finalman, li te soumèt tèt li avèk kouraj anba yon lanmò brital pou l akonpli volonte Papa l e pou l bay moun ki anba dominasyon l yo lavi etènèl (Jan 3:16). Èske kalite sa yo Kris genyen an pa pouse w kontinye sèvi l fidèlman (Ebre 13:8 ; Revelasyon 5:6-10) ? Men, ki sa yon moun oblije fè pou l vin anba dominasyon Kris, Wa a ?

Ranpli kondisyon pou w antre anba dominasyon l

8. Ki egzijans yo fè moun ki anba dominasyon Kris yo ?

8 Annou reflechi sou konparezon sa a : Jeneralman, pou yon moun vin sitwayen nan yon lòt peyi, sa mande pou l ranpli sèten kondisyon de baz. Yo ka mande pou moun ki vle natiralize a se yon moun ki gen bon repitasyon e ki ranpli sèten kondisyon nan domèn sante. Se menm jan an tou, moun ki anba dominasyon Kris yo bezwen kenbe yon nivo elve nan domèn moral e yo dwe gen bon sante espirityèl. — 1 Korentyen 6:9-11 ; Galat 5:19-23.

9. Ki jan nou ka montre nou fidèl ak Kris ?

9 Li nòmal pou Jezi Kris egzije moun ki anba dominasyon l yo pou yo fidèl ak li ak Wayòm li an. Yo montre fidelite yo nan sans sa a lè yo viv ann amoni ak sa li te anseye lè li te sou tè a antanke Wa chwazi. Pa egzanp, yo mete enterè Wayòm nan ak volonte Bondye anvan objektif materyèl yo (Matye 6:31-34). Epitou, yo fè tout efò yo pou yo manifeste yon pèsonalite ki sanble ak pa Kris la, menm lè yo nan sitiyasyon ki pi difisil yo (1 Pyè 2:21-23). Anplis de sa, moun ki anba dominasyon Kris yo suiv egzanp li lè yo pran inisyativ pou yo fè byen ak lòt moun. — Matye 7:12 ; Jan 13:3-17.

10. Ki jan nou ka demontre fidelite nou anvè Kris a) nan fanmi nou ? b) nan kongregasyon an ?

10 Anplis, disip Jezi yo montre yo fidèl ak li lè yo reflete kalite li yo nan fanmi yo. Pa egzanp, mari yo montre fidelite yo anvè Wa selès la lè yo imite Jezi nan fason yo trete madanm yo ak pitit yo (Efezyen 5:25, 28-30 ; 6:4 ; 1 Pyè 3:7). Madanm yo montre fidelite yo anvè Kris grasa yon konduit ki dwat ak lè yo demontre “ yon lespri ki dou e ki pezib ”. (1 Pyè 3:1-4 ; Efezyen 5:22-24.) Timoun yo fidèl ak Kris lè yo suiv egzanp obeyisans li te demontre. Lè Jezi te timoun, li te obeyi paran l, malgre yo te enpafè (Lik 2:51, 52 ; Efezyen 6:1). Moun ki anba dominasyon Kris yo fè efò pou yo imite l fidèlman, etan y ap ‘ montre yo gen kè sansib, yo gen afeksyon fratènèl ’, e etan y ap montre yo gen “ yon konpasyon ki gen tandrès ”. Yo fè efò pou yo vin menm jan ak Kris, pou ‘ yo gen imilite, pou yo pa rann mal pou mal oswa jouman pou jouman ’ — 1 Pyè 3:8, 9 ; 1 Korentyen 11:1.

Moun ki anba dominasyon l yo obeyi lwa li bay

11. Devan ki lwa moun ki anba dominasyon Kris yo soumèt yo ?

11 Menm jan yon moun ki vle vin sitwayen yon peyi obeyi lwa peyi sa a, moun ki anba dominasyon Kris yo soumèt yo anba “ lalwa Kris la ” lè yo viv ann amoni ak tout sa Jezi te anseye e ak tout sa li te kòmande (Galat 6:2). An patikilye, yo kite “ lwa wa a ”, lalwa lanmou an, dirije lavi yo fidèlman (Jak 2:8). Ki sa lwa sa yo gen ladan yo ?

12, 13. Ki fason nou soumèt nou fidèlman anba “ lalwa Kris la ” ?

12 Moun ki anba dominasyon Kris yo se moun enpafè yo ye e yo konn fè erè (Women 3:23). Se poutèt sa, yo bezwen kontinye kiltive “ afeksyon fratènèl san ipokrizi ” dekwa pou “ youn renmen lòt anpil nan kè a ”. (1 Pyè 1:22.) “ Si yon moun gen dekwa pou l plenyen kont yon lòt ”, antanke kretyen fidèl, yo aplike lalwa Kris la, yo ‘ sipòte yo youn lòt, e yo kontinye padone yo youn lòt, san grate tèt ’. Lè yo obeyi lwa sa a, sa ede yo kontinye pase sou enpèfeksyon yo e sa ede yo jwenn rezon pou youn renmen lòt. Èske w pa rekonesan lefètke ou ansanm ak moun ki abiye yo ak lanmou, “ chenn san fay ki ini nou ” an, pou yo montre yo soumèt yo fidèlman devan Wa nou an ki gen lanmou ? — Kolosyen 3:13, 14.

13 Anplis de sa, selon sa Jezi te esplike, lanmou li te bay kòm egzanp lan depase lanmou moun yo konn abitye demontre youn pou lòt (Jan 13:34, 35). Si nou renmen sèlman moun ki renmen nou, nou pa t ap fè anyen ki “ estrawòdinè ”. Nan ka sa a, lanmou nou pa t ap konplè, li t ap manke. Jezi te ankouraje nou pou nou imite lanmou Papa li, lè nou gen lanmou ki baze sou prensip, menm pou ènmi nou ki rayi nou e k ap pèsekite nou (Matye 5:46-48). Epitou, lanmou sa a pouse moun ki anba dominasyon Wayòm nan pou yo pèsevere fidèlman nan travay prensipal yo a. Ki travay sa a ?

Fidelite yo pase anba eprèv

14. Poukisa travay predikasyon an enpòtan anpil ?

14 Moun ki anba dominasyon Wayòm Bondye a kounye a gen yon travay enpòtan pou yo fè : “ Rann temwayaj afon konsènan wayòm Bondye a. ” ​(Travay 28:23). Li endispansab pou yo fè sa, paske Wayòm mesyanik la pral jistifye dwa Jewova genyen pou l dirije antanke Souvren linivè (1 Korentyen 15:24-28). Lè n ap preche bon nouvèl la, moun ki koute nou yo gen opòtinite pou yo vin anba dominasyon Wayòm Bondye a. Anplis de sa, fason moun yo reyaji devan mesaj la sèvi baz pou Kris, Wa a, jije limanite (Matye 24:14 ; 2 Tesalonisyen 1:6-10). Se sa k fè, youn nan prensipal fason nou montre fidelite nou anvè Kris, se lè nou obeyi kòmandman li te bay ki mande pou nou pale ak moun yo konsènan Wayòm nan. — Matye 28:18-20.

15. Ki rezon ki fè fidelite kretyen yo vin anba eprèv ?

15 Se vre, Satan fè tout sa l kapab pou l bloke travay predikasyon an, e dirijan imen yo pa aksepte otorite Bondye bay Kris la (Sòm 2:1-3, 6-8). Se poutèt sa, Jezi te bay disip li yo avètisman sa a : “ Yon esklav pa pi gran pase mèt li. Si yo pèsekite m, y ap pèsekite nou tou. ” ​(Jan 15:20). Kidonk, disip Kris yo twouve yo nan yon konba espirityèl ki mete fidelite yo aleprèv. — 2 Korentyen 10:3-5 ; Efezyen 6:10-12.

16. Ki jan moun ki anba dominasyon Wayòm nan remèt “ Bondye sa k pou Bondye ” ?

16 Toutfwa, moun ki anba dominasyon Wayòm Bondye a rete fidèl ak Wa envizib la san yo pa derespekte otorite imen yo (Tit 3:1, 2). Jezi te di : “ Remèt Seza sa k pou Seza, men remèt Bondye sa k pou Bondye. ” ​(Mak 12:13-17). Kidonk, moun ki anba dominasyon Kris yo obeyi lwa gouvènman yo lè lwa sa yo pa opoze ak lwa Bondye yo (Women 13:1-7). Sepandan, lè tribinal siprèm Juif yo te opoze ak lwa Bondye yo, yo te òdone disip Jezi yo pou yo sispann preche, avèk fèmte, men avèk respè, disip yo te di : “ Nou dwe obeyi Bondye antanke chèf olye nou obeyi lèzòm. ” — Travay 1:8 ; 5:27-32.

17. Ki sa k fè nou ka afwonte eprèv fidelite a avèk kouraj ?

17 Natirèlman, sa mande anpil kouraj pou moun ki anba dominasyon Kris yo rete fidèl ak Wa yo a lè yo devan pèsekisyon. Sepandan, Jezi te di : “ Nou byennere lè moun ap fè nou sibi move tretman, lè y ap pèsekite nou e lè yo di tout kalite move bagay sou nou, bagay ki pa vre, poutèt mwen. Nou mèt rejwi, nou mèt vole anlè ak kè kontan, piske rekonpans nou gran nan syèl la. ” ​(Matye 5:11, 12). Premye disip Kris yo te konnen pawòl sa yo se verite grasa eksperyans yo te fè. Menm lè yo te filange yo ak kout fwèt paske yo te kontinye ap preche konsènan Wayòm nan, yo te rejwi “ dèske yo te jije yo diy pou yo avili yo poutèt non li. E chak jou, san rete, ni nan tanp lan ni kay an kay, yo te kontinye anseye e yo te kontinye anonse bon nouvèl konsènan Kris la, Jezi ”. (Travay 5:41, 42.) Nou merite felisitasyon poutèt nou montre menm etadespri fidelite a lè n ap andire difikilte, maladi, dèy ak opozisyon. — Women 5:3-5 ; Ebre 13:6.

18. Ki sa pawòl Jezi te di Pons Pilat yo endike ?

18 Antanke Wa chwazi, men sa Jezi te esplike Pons Pilat, gouvènè women an : “ Wayòm mwen an pa fè pati monn sa a. Si wayòm mwen an te fè pati monn sa a, sèvitè m yo ta konbat pou yo pa livre m bay Juif yo. Men vwala, wayòm mwen an pa sot la. ” ​(Jan 18:36). Kidonk, moun ki anba dominasyon Wayòm selès la pa ni pran zam kont pèsonn, ni pran pozisyon nan okenn konfli lèzòm. Pou yo montre yo fidèl ak “ Prens lapè ” a, yo rete net totalman nan kesyon divizyon ki gen nan monn nan. — Izayi 2:2-4 ; 9:6, 7.

Rekonpans etènèl pou moun fidèl ki anba dominasyon l yo

19. Poukisa moun ki anba dominasyon Kris yo wè lavni avèk konfyans ?

19 Moun fidèl ki anba dominasyon Kris, “ Wa tout wa ” yo, wè lavni avèk konfyans. Yo anvi wè manifestasyon pisans sinatirèl Wayòm li an ki pral fèt talè konsa (Revelasyon 19:11–20:3 ; Matye 24:30). Rès “ pitit wayòm nan ” ki fidèl ki wenn ak lespri ap tann eritaj presye yo a antanke wa ansanm ak Kris nan syèl la (Matye 13:38 ; Lik 12:32). “ Lòt mouton ” Kris yo ki fidèl ap tann avèk enpasyans deklarasyon apwobasyon Wa yo a : “ Vini, nou menm Papa m beni, vin eritye [Paradi sou tè a anba dominasyon] wayòm ki te prepare pou nou depi fondasyon monn nan. ” ​(Jan 10:16 ; Matye 25:34). Se poutèt sa, se pou tout moun ki anba dominasyon Wayòm nan detèmine pou yo kontinye sèvi Kris, Wa a, fidèlman.

[Nòt anba paj]

^ § 2 Gade nan liv Comment raisonner à partir des Écritures la, paj 86-88, nan tit “ Pourquoi les Témoins de Jéhovah disent-ils que le Royaume de Dieu a été établi en 1914 ? ” Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

Èske w ka esplike ?

• Poukisa Kris merite pou nou fidèl ak li ?

• Ki jan moun ki anba dominasyon Kris yo montre l yo fidèl ak li ?

• Poukisa nou vle fidèl ak Kris, Wa a ?

[Kesyon]

[Kare nan paj 32]

KÈK LÒT KALITE ESTRAWÒDINÈ KRIS GENYEN

Li pa nan patipri — Jan 4:7-30.

Li gen konpasyon — Matye 9:35-38 ; 12:18-21 ; Mak 6:30-34.

Li gen lanmou ki mache ak abnegasyon — Jan 13:1 ; 15:12-15.

Li fidèl — Matye 4:1-11 ; 28:20 ; Mak 11:15-18.

Li konn mete l nan plas lòt moun — Mak 7:32-35 ; Lik 7:11-15 ; Ebre 4:15, 16.

Li rezonab — Matye 15:21-28.

[Foto nan paj 30]

Lè nou montre lanmou youn pou lòt, nou soumèt nou fidèlman anba “ lalwa Kris la ”.

[Foto nan paj 32]

Èske kalite Kris yo pouse w sèvi l fidèlman ?