Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Bèje ki sèvi “ egzanp pou twoupo a ”

Bèje ki sèvi “ egzanp pou twoupo a ”

Bèje ki sèvi “ egzanp pou twoupo a ”

“ Pran swen twoupo Bondye a ki sou kont nou an [...] ak tout kè nou, [...] avèk anpresman, [...] tounen egzanp pou twoupo a. ” — 1 PYÈ 5:2, 3.

1, 2. a) Ki privilèj Jezi te konfye apot Pyè, e sa k fè nou ka di konfyans Jezi a pa t mal plase ? b) Ki santiman Jewova gen pou bèje li nome yo ?

KÈK jou anvan Pannkòt ane 33 epòk nou an, Pyè ansanm ak sis lòt disip t ap pran yon dejene Jezi te prepare bò lanmè Galile. Se pa t premye fwa Pyè te wè Jezi apre rezirèksyon l e, pa gen dout, li te kontan lefètke Jezi vivan. Men, petèt Pyè te enkyè tou. Annefè, kèk jou anvan sa, li te di piblikman li pa rekonèt Jezi (Lik 22:55-60 ; 24:34 ; Jan 18:25-27 ; 21:1-14). Èske Jezi te reprimande Pyè, ki te repanti, poutèt li te manke lafwa ? Non. Okontrè, Jezi te konfye Pyè privilèj pou l nouri “ ti mouton ” l yo e pou l pran swen yo (Jan 21:15-17). Jan sa ki rapòte nan Bib la sou istwa kongregasyon kretyen nan premye syèk la montre, konfyans Jezi te gen nan Pyè a pa t mal plase. Pyè ak lòt apot yo ansanm ak ansyen nan Jerizalèm yo te kontinye pran swen kongregasyon kretyen an atravè yon peryòd gwo eprèv ak akwasman rapid. — Travay 1:15-26 ; 2:14 ; 15:6-9.

2 Jodi a, Jewova, pa mwayen Jezi Kris, nome yon seri mesye kalifye pou sèvi antanke bèje espirityèl pou yo mennen mouton l yo atravè tan ki pi kritik nan tout listwa limanite (Efezyen 4:11, 12 ; 2 Timote 3:1). Èske konfyans sa a mal plase ? Fanmi pezib nou fòme antanke kretyen nan lemonnantye a pwouve lekontrè. Se vre, bèje sa yo pa enfayib, tou kòm Pyè pa t enfayib (Galat 2:11-14 ; Jak 3:2). Men kanmenm, Jewova konfye yo travay pou yo pran swen mouton l yo “ li achte ak san pwòp Pitit li a ”. (Travay 20:28.) Jewova gen anpil afeksyon pou mesye sa yo, li estime “ yo merite yon onè ki doub ”. — 1 Timote 5:17.

3. Ki jan bèje espirityèl yo rive aji ak tout kè yo e avèk anpresman ?

3 Ki jan bèje espirityèl yo rive aji ak tout kè yo e avèk anpresman, dekwa pou yo tounen egzanp pou twoupo a ? Menm jan ak Pyè ansanm ak lòt bèje nan premye syèk yo, yo konte sou lespri Bondye ki ba yo fòs yo bezwen pou yo andose responsablite yo (2 Korentyen 4:7). Anplis de sa, lespri sen pwodui fwi lespri a nan yo : lanmou, lajwa, lapè, pasyans, bonte, byenveyans, lafwa, dousè ak metriz (Galat 5:22, 23). Annou konsidere kèk fason byen presi bèje yo ka bay egzanp nan demontre fwi sa a etan y ap pran swen twoupo Bondye a ki sou kont yo.

Renmen twoupo a, renmen chak mouton an patikilye

4, 5. a) Ki jan Jewova ak Jezi demontre lanmou pou twoupo a ? b) Site kèk fason bèje espirityèl yo demontre lanmou pou twoupo a.

4 Kalite ki pi enpòtan lespri Bondye pwodui se lanmou. Jewova manifeste lanmou pou tout twoupo a lè l ba li manje espirityèl ann abondans (Izayi 65:13, 14 ; Matye 24:45-47). Men, li fè plis pase annik nouri twoupo a. Li gen yon atachman pèsonèl pou chak mouton an patikilye (1 Pyè 5:6, 7). Jezi renmen twoupo a tou. Li te livre nanm li pou twoupo a, e li konnen chak mouton pèsonèlman, li konnen yo “ nan non yo ”. — Jan 10:3, 14-16.

5 Bèje espirityèl yo imite Jewova ak Jezi. Yo demontre lanmou pou twoupo Bondye a antanke gwoup lè yo ‘ egzèse yo pou anseye ’ kongregasyon an. Diskou biblik yo bay, kontribye pou nouri twoupo a e pou pwoteje l, e tout moun ka wè travay di yo akonpli nan sans sa a (1 Timote 4:13, 16). Gen lòt travay yo fè ki mwens vizib, tankou konsève dosye kongregasyon an, travay sou kourye yo, bati pwogram, e yo okipe yo de yon bann lòt detay, yon fason pou yo asire yo reyinyon kongregasyon an ansanm ak lòt aktivite ankò fèt “ yon fason ki konvnab e nan lòd ”. (1 Korentyen 14:40.) Pifò nan travay sa yo, moun pa wè lè y ap fè yo, e petèt yo ka pa jwenn anpil konsiderasyon pou sa. Se vrèman yon travay ki mande lanmou ! — Galat 5:13.

6, 7. a) Site youn nan fason bèje yo ka vin konnen mouton yo pi byen. b) Poukisa kèk fwa li pwofitab pou nou pataje santiman nou ak yon ansyen ?

6 Bèje kretyen ki gen lanmou yo fè efò pou yo demontre yo enterese pèsonèlman nan chak mouton ki nan kongregasyon an (Filipyen 2:4). Youn nan fason bèje yo kapab vin konnen chak mouton pi byen se lè yo travay ansanm avèk yo nan predikasyon. Souvan, Jezi te konn ansanm avèk disip li yo nan travay predikasyon an, e li te konn pwofite okazyon sa yo pou l ba yo ankourajman (Lik 8:1). Men sa yon bèje kretyen ki gen eksperyans di : “ Mwen rann mwen kont, youn nan meyè fason pou w aprann konnen yon frè oswa yon sè e pou w ankouraje l, se travay avè l nan ministè a. ” Si w pa t gen okazyon tou dènyèman la a pou w patisipe nan travay predikasyon an avèk youn nan ansyen yo, sa w panse si w fè aranjman pou w fè sa nan jou k ap vini yo ?

7 Lanmou te pouse Jezi pou l pataje jwa ak lapèn disip li yo. Pa egzanp, lè 70 disip li yo te retounen sot preche avèk kè kontan, Jezi te “ vin gen yon sèl lakontantman ”. (Lik 10:17-21.) Men, lè Jezi te wè efè lanmò Laza te gen sou Mari ak lòt fanmi ak zanmi ki te la yo, “ dlo te koule nan je Jezi ”. (Jan 11:33-35.) Menm jan an tou jodi a, bèje ki gen sousi pou mouton yo pa endiferan devan santiman k ap travèse mouton yo. Lanmou pouse yo pou yo “ rejwi ak moun k ap rejwi ”, e pou yo “ kriye ak moun k ap kriye ”. (Women 12:15.) Si nan lavi w, kè w kontan oubyen ou nan tristès, ou mèt santi w alèz pou w pataje santiman w ak bèje kretyen yo. Lè yo tande lajwa ou genyen, sa ap ankouraje yo (Women 1:11, 12). Lè yo aprann eprèv w ap andire, y ap anmezi pou yo fòtifye w, pou yo konsole w. — 1 Tesalonisyen 1:6 ; 3:1-3.

8, 9. a) Ki jan yon ansyen te demontre lanmou pou madanm li ? b) Nan ki pwen sa enpòtan pou yon ansyen demontre lanmou pou fanmi l ?

8 Lanmou yon bèje gen pou twoupo a ap parèt klè patikilyèman nan fason li trete pwòp fanmi l (1 Timote 3:1, 4). Si li marye, lanmou ak onè li temwaye madanm li ap sèvi egzanp pou lòt mari yo imite (Efezyen 5:25 ; 1 Pyè 3:7). Ann konsidere kòmantè yon kretyèn ki rele Linda te fè. Anvan mari Linda mouri, li te gen plis pase 20 an depi li t ap sèvi kòm ansyen. Tande sa Linda di : “ Mari m te toujou okipe anpil nan pran swen kongregasyon an. Men, li te fè m santi nou fòme yon ekip. Souvan, li te konn montre apresyasyon l pou sipò mwen ba li, e li te konn pase tan lib li ansanm avè m. Sa te fè mwen santi li renmen m, e mwen pa t fè jalouzi pou tan li te konn pase ap sèvi kongregasyon an. ”

9 Si yon bèje kretyen gen timoun, fason li disipline timoun li yo avèk amou e fason li felisite yo regilyèman bay yon modèl pou lòt paran suiv (Efezyen 6:4). Anfèt, lanmou li demontre pou fanmi l pwouve li merite konfyans yo fè l lefètke lespri sen etabli l nan fonksyon li ye a. — 1 Timote 3:4, 5.

Nou favorize lajwa ak lapè lè nou kominike antre nou

10. a) Ki sa ki ka gen yon efè negatif sou lajwa ak lapè ki gen nan kongregasyon an ? b) Ki pwoblèm ki te menase lapè kongregasyon premye syèk la, e ki jan pwoblèm sa a te rezoud ?

10 Lespri sen kapab pwodui lajwa ak lapè nan kè yon kretyen, nan mitan yon kolèj ansyen e nan tout kongregasyon an. Sepandan, si pa gen yon bon kominikasyon, sa kapab gen yon efè negatif sou lajwa ak lapè sa a. Men sa Salomon te fè remake : “ Pwojè yo echwe kote ki pa gen konvèsasyon konfidansyèl. ” ​(Pwovèb 15:22). Yon lòt bò, yon kominikasyon sensè ki fèt nan respè youn pou lòt favorize lajwa ak lapè. Pa egzanp, lè kesyon sikonsizyon an te menase lapè kongregasyon premye syèk la, kolèj santral la ki te nan Jerizalèm te chèche direksyon lespri sen. Chak ansyen te eksprime pwennvi pa yo sou sijè a. Apre yon diskisyon byen chofe, yo te rive pran yon desizyon. Lè yo te fè kongregasyon yo konnen desizyon yo tout yo te pran, frè yo “ te rejwi pou ankourajman an ”. (Travay 15:6-23, 25, 31 ; 16:4, 5.) Sa te favorize lajwa ak lapè.

11. Ki jan ansyen yo ka favorize lajwa ak lapè nan kongregasyon an ?

11 Menm jan an tou jodi a, lè bèje yo konn kominike byen, yo favorize lajwa ak lapè nan kongregasyon an. Lè gen pwoblèm ki menase lapè kongregasyon an, yo reyini ansanm e yo eksprime santiman yo avèk franchiz. Avèk respè, yo koute kòmantè lòt bèje yo fè (Pwovèb 13:10 ; 18:13). Bèje yo priye pou yo resevwa lespri sen, e apre sa, yo baze desizyon y ap pran yo sou prensip ki nan Bib la e sou direksyon “ esklav fidèl ki prevwayan an ” bay (Matye 24:45-47 ; 1 Korentyen 4:6). Yonfwa kolèj ansyen an fin pran yon desizyon, chak ansyen soumèt li devan direksyon lespri sen, l ap soutni desizyon sa a, menmsi se pa t pwennvi pèsonèl pa l majorite ansyen yo te adopte. Yon modesti konsa ap favorize lajwa ak lapè, e sa ap bay yon bèl egzanp pou mouton yo sou fason pou yo mache avèk Bondye (Mika 6:8). Èske w kowopere avèk modesti ak bèje nan kongregasyon an lè yo pran yon desizyon ?

Se pou nou gen pasyans ak bonte

12. Poukisa Jezi te bezwen pasyans ak bonte nan relasyon li te genyen avèk apot yo ?

12 Jezi te demontre pasyans ak bonte nan fason li te trete apot yo, menm lè yo te fè erè plizyè fwa. Pa egzanp, nan plizyè okazyon, Jezi te ensiste sou nesesite pou yo enb (Matye 18:1-4 ; 20:25-27). Malgre sa, nan dènye nuit lavi Jezi sou tè a, apre li te fèk fin ba yo yon leson imilite lè li te lave pye yo, “ te vin gen yon gwo diskisyon tou ki pete pami yo konsènan kiyès nan yo ki te parèt gen pi plis grandè ”. (Lik 22:24 ; Jan 13:1-5.) Èske Jezi te reprimande apot yo ? Non, avèk bonte, li te rezone avèk yo, li te di yo : “ Kiyès ki gen pi plis grandè ? Moun ki lonje bò tab la oswa moun k ap sèvi a ? Èske se pa moun ki lonje bò tab la ? Men mwen menm, mwen nan mitan nou antanke moun k ap sèvi a. ” ​(Lik 22:27). Pasyans ak bonte Jezi te manifeste, mete ansanm ak bon egzanp li te ba yo, te touche kè apot yo alalong.

13, 14. Nan ki moman espesyalman bèje yo dwe demontre bonte ?

13 Menm jan an tou, yon bèje espirityèl kapab bezwen bay yon moun konsèy plizyè fwa konsènan yon feblès li genyen. Bèje a ta kapab bouke ak moun sa a. Men, lè l sonje pwòp feblès pa l etan l ap “ avèti moun ki endisipline ” a, l ap ka demontre pasyans ak bonte anvè frè li. Nan fason sa a, li imite Jezi ak Jewova, ki demontre kalite sa yo anvè tout kretyen yo, san wete ansyen yo. — 1 Tesalonisyen 5:14 ; Jak 2:13.

14 Pafwa, bèje yo kapab bezwen bay yon moun ki fè yon peche grav konsèy ki fèm. Si moun ki sou move pant lan pa repanti, bèje yo dwe wete moun sa a nan kongregasyon an (1 Korentyen 5:11-13). Menm lè sa, fason bèje yo ap aji ak moun sa a ap montre se pa moun ki peche a yo rayi, men se peche l fè a (Jid 23). Bonte bèje yo kapab fè li pi fasil pou yon mouton ki devye retounen nan pak la alavni. — Lik 15:11-24.

Lafwa ap pouse nou fè bon aksyon

15. Site youn nan fason bèje yo imite byenveyans Jewova, e ki sa ki motive yo fè sa ?

15 “ Jewova bon anvè tout moun ”, menm anvè moun ki pa rekonesan pou sa l fè pou yo (Sòm 145:9 ; Matye 5:45). Byenveyans Jewova parèt pi klè toujou lefètke li voye sèvitè l yo preche ‘ bon nouvèl wayòm nan ’. (Matye 24:14.) Bèje yo reflete byenveyans Bondye lè yo pran latèt nan travay predikasyon an. Ki sa ki motive efò san pran souf sa yo ? Lafwa solid yo gen nan Jewova ak nan pwomès li yo. — Women 10:10, 13, 14.

16. Ki jan bèje yo kapab “ fè sa ki byen ” anvè mouton yo ?

16 Nonsèlman bèje yo preche pou yo ka fè “ sa ki byen anvè tout moun ”, men yo gen responsablite pou yo fè sa ki byen “ sitou anvè moun ki fanmi [yo] nan lafwa ”. (Galat 6:10.) Youn nan fason yo fè sa, se lè yo fè vizit pastoral ki ankourajan. Tande sa yon ansyen di : “ Mwen renmen fè vizit pastoral. Yo ban m okazyon pou m felisite frè m ak sè m yo pou efò yo fè e pou m ede yo konprann travay di y ap akonpli yo gen anpil valè. ” Pafwa, ansyen yo kapab bay yon moun sijesyon sou fason li ka pote amelyorasyon nan sèvis l ap bay Jewova. Lè ansyen yo fè sa, yo demontre sajès menm jan ak apot Pòl. Gade ki pawòl ankourajan li te di frè Tesalonik yo : “ Nou gen konfyans nan Seyè a konsènan nou menm, n ap fè e n ap kontinye fè sa nou òdone yo. ” ​(2 Tesalonisyen 3:4). Jan de pawòl sa yo, ki eksprime konfyans, reveye bon mobil mouton yo gen lakay yo, e sa fè l vin pi fasil pou yo “ obeyi moun k ap dirije ” yo (Ebre 13:17). Lè w resevwa yon vizit pastoral ankourajan, sa w panse si w eksprime rekonesans ou pou sa ?

Dousè mande pou nou gen metriz

17. Ki leson Pyè te aprann nan men Jezi ?

17 Jezi te gen dousè, menm lè yo te pwovoke l (Matye 11:29). Menm lè yo te trayi Jezi e yo te arete l, li te demontre li gen dousè ak anpil metriz. San reflechi, Pyè te pran yon epe, li te defann Jezi. Men, Jezi te di l : “ Èske w panse mwen pa ka rele papa m pou l ban m plis pase douz lejyon zanj kounye a menm ? ” ​(Matye 26:51-53 ; Jan 18:10). Pyè te byen aprann leson an, se sa k fè annapre li te di kretyen yo : “ Kris te soufri pou nou, li kite yon modèl pou nou, pou nou ka suiv tras li fidèlman. [...] Lè yo te joure l, li pa t joure yo tou. Lè li t ap soufri, li pa t menase pèsonn. ” — 1 Pyè 2:21-23.

18, 19. a) Ki lè espesyalman ansyen yo dwe demontre dousè ak metriz ? b) Ki kesyon nou pral egzamine nan atik ki vin apre a ?

18 Menm jan an tou, bèje ki efikas yo demontre dousè menm lè yo pa trete yo kòmsadwa. Pa egzanp, yo gendwa ap eseye ede yon moun nan kongregasyon an epi moun nan pa byen reyaji. Si moun ki bezwen èd la fèb espirityèlman oswa li malad espirityèlman, lè yo ba l konsèy, li kapab “ pale san reflechi, tankou se avèk kout epe ”. (Pwovèb 12:18.) Sepandan, menm jan ak Jezi, bèje yo pa vanje, swa pou yo ta di pawòl ki boule oswa pou yo ta aji mal. Okontrè, yo demontre metriz e yo kontinye demontre senpati pou moun sa a ki bezwen èd la, e sa kapab pote byenfè pou li (1 Pyè 3:8, 9). Èske w tire leson nan egzanp ansyen yo e ou demontre dousè ak metriz lè w resevwa konsèy ?

19 Pa gen okenn dout sou sa, travay di plizyè milye ansyen ki genyen yo ap fè pou pran swen twoupo a nan lemonnantye gen anpil valè nan je Jewova ak Jezi. Jewova ak Pitit li a gen yon afeksyon ki pwofon tou pou tout asistan ministeryèl yo k ap ede ansyen yo “ sèvi moun ki sen yo ”. (Ebre 6:10.) Men, sa k fè kèk frè ki batize ka ezite pou yo chèche patisipe nan “ bèl travay ” sa a (1 Timote 3:1) ? E ki jan Jewova fòme moun li nome ansyen yo ? Se kesyon sa yo nou pral egzamine nan atik ki vin apre a.

Èske nou sonje ?

• Ki fason bèje yo demontre lanmou pou twoupo a ?

• Ki jan tout moun nan kongregasyon an ka favorize lajwa ak lapè ?

• Poukisa ansyen yo demontre pasyans ak bonte lè y ap bay konsèy ?

• Ki jan ansyen yo demontre byenveyans ak lafwa ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 19]

Lanmou pouse ansyen yo sèvi kongregasyon an.

[Foto nan paj 19]

Yo pase tan ak fanmi yo tou ni nan detant . . .

. . . ni nan ministè a.

[Foto nan paj 21]

Bon kominikasyon ant ansyen yo favorize lajwa ak lapè nan kongregasyon an.