Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jewova fòme bèje pou twoupo li a

Jewova fòme bèje pou twoupo li a

Jewova fòme bèje pou twoupo li a

“ Se Jewova menm ki bay sajès, se nan bouch li konesans ak disènman soti. ” — PWOVÈB 2:6.

1, 2. Poukisa gen frè batize k ap chèche gen plis responsablite nan kongregasyon an ?

“ LÈ MWEN te nome ansyen, mwen te kontan anpil. Mwen te konsidere privilèj sa a tankou yon opòtinite mwen jwenn pou m etann sèvis m ap bay Jewova. Mwen te santi mwen gen yon dèt anvè Jewova pou m demontre rekonesans mwen pou tout sa l fè pou mwen. Anplis, mwen te vle ede manm kongregasyon an otan mwen kapab, pou mwen soutni yo menm jan ansyen yo te soutni m. ” Deklarasyon sa a se Nick, k ap sèvi kòm siveyan depi setan, ki te fè l. Men, li pa t kontan sèlman, li te gen kèk krent tou. Men sa Nick ajoute : “ Etandone mwen potko menm gen 30 an lè yo te nome m nan, mwen te pè pou m pa t manke yon seri kalite ki nesesè, tankou disènman ak sajès, kalite ki t ap pèmèt mwen pran swen kongregasyon an avèk efikasite. ”

2 Moun Jewova nome pou pran swen twoupo l la gen anpil rezon pou kè yo kontan. Apot Pòl te fè ansyen nan vil Efèz yo sonje youn nan rezon sa yo lè l te site yon pawòl Jezi ki di : “ Gen plis kè kontan lè w bay pase lè w resevwa. ” ​(Travay 20:35). Lè yon frè batize ap sèvi antanke asistan ministeryèl oswa antanke ansyen, sa ba l posiblite anplis pou l bay Jewova e pou l bay kongregasyon an. Pa egzanp, asistan ministeryèl yo ap travay kòtakòt ak ansyen yo. Yo akonpli anpil lòt travay ki pran tan, men ki nesesè. Se lanmou frè sa yo gen pou Bondye e pou pwochen yo ki motive yo pou yo akonpli sèvis yo ki gen anpil valè. — Mak 12:30, 31.

3. Sa k fè kèk moun kapab ap ezite pou yo chèche gen privilèj nan kongregasyon an ?

3 E ki sa nou ka di konsènan yon frè ki kapab ap ezite pou l chèche gen privilèj pou l ta vin yon asistan oswa yon ansyen paske li santi li pa kalifye pou sa ? Menm jan ak Nick, li ka pè, li ka panse li pa gen kapasite nesesè pou l vin yon bèje ki efikas. Ou menm, antanke frè batize, èske w pami moun ki santi yo konsa yo ? Enkyetid sa yo pa san fondman. Bèje nome yo responsab devan Jewova pou fason yo trete twoupo a. Men sa Jezi te di : “ Tout moun yo bay anpil, y ap egzije l anpil, e yon moun yo bay anpil responsablite, y ap egzije l plis pase sa yo abitye egzije l. ” — Lik 12:48.

4. Ki jan Jewova ede moun li nome pou pran swen mouton l yo ?

4 Èske Jewova atann pou moun li nome asistan yo ak moun li nome ansyen yo pote chay yo gen anplis yo poukont yo ? Non. Okontrè, li ba yo èd pratik k ap pèmèt yo nonsèlman fè travay la, men k ap pèmèt yo fè l avèk siksè. Tankou atik ki vin anvan an te montre sa, Jewova ba yo lespri sen li, e fwi lespri a ede yo pran swen mouton yo avèk tandrès (Travay 20:28 ; Galat 5:22, 23). Anplis de sa, Jewova ba yo sajès, konesans ak disènman (Pwovèb 2:6). Ki jan li fè sa ? Annou egzamine twa mwayen Jewova itilize pou l fòme moun li nome pou pran swen mouton l yo.

Pa mwayen bèje ki eksperimante

5. Ki sa k te fè Pyè ak Jan te efikas antanke bèje ?

5 Lè apot Pyè ak apot Jan te kanpe devan Sanedren an, jij yo, ki te byen enstwi selon enstriksyon monn nan bay, te konsidere mesye sa yo ki kanpe devan yo tankou moun ki “ san enstriksyon, moun òdinè ”. Se vre, yo te konn li, yo te konn ekri, men yo pa t resevwa okenn fòmasyon rabinik pou yo etidye Ekriti yo. Malgre tou, Pyè ak Jan ansanm ak lòt disip yo te montre yo se anseyan ki efikas, yo te pouse anpil nan moun ki t ap koute yo vin kwayan. Ki jan moun òdinè sa yo te fè vin anseyan estrawòdinè konsa ? Apre jij nan tribinal la te fin koute Pyè ak Jan, yo te “ rann yo kont se te moun ki te konn mache ak Jezi ”. (Travay 4:1-4, 13.) Se vre, yo te resevwa lespri sen (Travay 1:8). Men, li te evidan tou Jezi te fòme mesye sa yo. Menm jij sa yo ki te avèg espirityèlman te rekonèt sa. Pandan Jezi te ansanm avèk apot yo sou tè a, nonsèlman li te montre yo fason pou yo rasanble moun ki tankou mouton yo, men tou li te montre yo fason pou yo pran swen yo yonfwa yo anndan pak la. — Matye 11:29 ; 20:24-28 ; 1 Pyè 5:4.

6. Nan kesyon fòme lòt moun, ki egzanp Jezi ak Pòl kite ?

6 Apre Jezi fin resisite, li te kontinye fòme moun ki nome bèje yo (Revelasyon 1:1 ; 2:1–3:22). Pa egzanp, se li menm pèsonèlman ki te chwazi Pòl e ki te sipèvize fòmasyon li te jwenn nan (Travay 22:6-10). Pòl te apresye fòmasyon li te resevwa a e li te transmèt sa li te aprann yo bay lòt ansyen (Travay 20:17-35). Pa egzanp, li te envesti yon pakèt tan ak enèji pou l fòme Timote, pou l vin yon “ ouvriye ” nan sèvis Bondye, “ yon ouvriye ki pa gen anyen pou l wont ”. (2 Timote 2:15.) Te vin gen yon relasyon sere ant de mesye sa yo. Anvan sa, gade sa Pòl te ekri konsènan Timote : “ Menm jan yon pitit konn fè pou papa l, se konsa li travay avèk mwen tankou yon esklav, pou pèmèt bon nouvèl la pwogrese. ” ​(Filipyen 2:22). Pòl pa t dèyè fè ni Timote ni pyès lòt moun vin disip li. Okontrè, li te ankouraje kwayan menm jan avè l yo pou yo ‘ imite l, menm jan li menm li imite Kris ’. — 1 Korentyen 11:1.

7, 8. a) Ki egzanp ki montre bon rezilta ansyen yo ka jwenn lè yo imite Jezi ak Pòl ? b) Ki lè ansyen yo ta dwe kòmanse fòme moun ki ka vin asistan ministeryèl oswa ki ka vin ansyen ?

7 Pou bèje ki eksperimante yo imite Jezi ak Pòl, yo pran inisyativ fòme frè ki batize yo, e yo jwenn bon rezilta menm jan an. Ann konsidere egzanp Chad. Li te grandi nan yon fanmi kote tout moun pa t gen menm relijyon, men tou dènyèman la a, li te vin nome ansyen. Tande sa li te di : “ Pandan plizyè ane, gen kèk ansyen eksperimante ki te ede m pwogrese espirityèlman. Piske papa m te yon non kwayan, ansyen sa yo te montre yo enterese nan mwen patikilyèman, e yo te vin tankou papa espirityèl pou mwen. Yo te pran tan pou yo fòme m nan ministè a, e annapre, yon ansyen an patikilye te fòme m pou m ka akonpli travay mwen resevwa nan kongregasyon an. ”

Jan egzanp Chad la montre sa, bèje ki gen disènman yo kòmanse fòme moun ki ka vin asistan ministeryèl oswa ansyen byen anvan moun sa yo pwogrese ase pou yo vin kalifye pou privilèj sa yo. Poukisa yo fè sa ? Paske, selon kòmandman Bib la bay, ni asistan ministeryèl yo ni ansyen yo dwe atenn yon wo nivo moral e espirityèl anvan yo nome pou yo sèvi. Yo dwe “ teste yo dabò anrapò ak kapasite yo ”. — 1 Timote 3:1-10.

9. Ki responsablite bèje ki gen matirite yo genyen, e nan ki objektif ?

9 Si yo dwe teste frè batize yo, li toutafè jis pou yo ba yo fòmasyon dabò. Ann pran yon egzanp : Si nan yon lekòl yo mande yon elèv pou l fè yon egzamen difisil, alòske pwofesè yo pa t fòme l pou sa, èske elèv la t ap reyisi ? Li trè pwobab pou l echwe. Donk, li bezwen fòmasyon. Sepandan, yon pwofesè ki pran travay li oserye pa sèlman fòme elèv li pou yo pase nan egzamen, men li fòme yo tou pou yo konnen ki jan pou yo itilize konesans yo vin genyen an. Se menm jan an tou, anseyan ki dilijan yo fòme frè ki batize yo pou ede yo kiltive kalite gason ki nome yo dwe genyen. Yo fè sa nonsèlman pou ede frè sa yo vin nome pou yo sèvi, men tou pou ede yo vin anmezi pou yo pran swen twoupo a kòrèkteman (2 Timote 2:2). Natirèlman, frè ki batize yo dwe fè efò pa yo, yo dwe travay di pou yo ranpli kondisyon yo mande pou asistan ministeryèl ak ansyen yo (Tit 1:5-9). Toutfwa, bèje ki eksperimante yo kapab ede moun k ap chèche sèvi yo pou yo pwogrese pi vit lè yo pran inisyativ pou yo fòme yo.

10, 11. Ki jan bèje yo kapab fòme lòt moun pou yo jwenn plis privilèj ?

10 Ki jan egzakteman bèje ki eksperimante yo kapab fòme lòt moun pou yo akonpli privilèj yo ka vin genyen nan kongregasyon an ? Premye bagay la, se pou yo enterese nan frè nan kongregasyon an, sa mande pou yo travay avèk yo nan ministè a regilyèman epi pou yo ede yo amelyore kapasite yo genyen pou yo “ manyen pawòl verite a kòrèkteman ”. (2 Timote 2:15.) Bèje ki gen matirite yo pale avèk frè sa yo konsènan jwa yon moun jwenn lè l sèvi lòt moun e konsènan satisfaksyon yo menm yo jwenn lefètke yo te fikse objektif espirityèl e yo atenn objektif sa yo. Avèk bonte, yo bay sijesyon presi tou sou fason yon frè kapab fè pwogrè pou l vin yon pi bon “ egzanp pou twoupo a ”. — 1 Pyè 5:3, 5.

11 Lè kounye a yon frè nome asistan ministeryèl, bèje yo ki gen sajès kontinye fòme l. Men sa Bruce, k ap sèvi kòm ansyen depi plizyè dizèn ane, di : “ Mwen renmen chita ansanm ak yon asistan ministeryèl ki fèk nome pou mwen rewè ansanm avè l enstriksyon esklav fidèl ki prevwayan an bay. Nou li enstriksyon konsènan asiyasyon li genyen an tou, epi apre sa, mwen kontinye travay avè l jiskaske li vin abitye ak travay la. ” Ofiramezi asistan an ap vin gen eksperyans, yo kapab fòme l tou nan aktivite pastoral yo. Men sa Bruce ajoute : “ Lè mwen mennen yon asistan ministeryèl avè m nan yon vizit pastoral, mwen ede l chwazi kèk vèsè byen presi ki kapab ankouraje moun oswa fanmi n ap vizite a e ki kapab motive yo. Li enpòtan anpil pou yon asistan ministeryèl aprann kòman pou l itilize Ekriti yo yon fason pou l touche kè moun yo si l vle vin yon bèje ki efikas. ” — Ebre 4:12 ; 5:14.

12. Ki jan ansyen ki eksperimante yo kapab fòme ansyen ki fèk nome yo ?

12 Bèje ki fèk nome yo tire anpil pwofi yo menm tou lè yo kontinye jwenn fòmasyon. Nick, nou te mansyone nan kòmansman an, te di : “ Fòmasyon mwen te resevwa, sitou nan men de siveyan aje, te itil mwen anpil. Jeneralman, frè sa yo te konnen ki jan yon seri kesyon dwe trete. Yo te toujou koute m avèk pasyans, e yo te toujou konsidere pwennvi m avèk serye, menmsi yo pa t dakò avè l. Mwen obsève fason yo trete frè ak sè nan kongregasyon an avèk respè e avèk imilite. Sa te aprann mwen anpil bagay. Ansyen sa yo te grave nan lespri m nesesite pou mwen byen sèvi ak Bib la lè m ap trete yon seri pwoblèm oubyen lè m ap bay moun ankourajman. ”

Pa mwayen Pawòl Bondye a

13. a) Ki sa yon frè bezwen pou l vin yon ansyen ki efikas ? b) Poukisa Jezi te di : “ Sa m ap anseye a pa soti nan mwen ?”

13 Se sèten, Pawòl Bondye a, Labib, gen lwa, prensip ak egzanp yon bèje bezwen pou l vin “ kalifye nèt, pou l ekipe totalman pou tout zèv ki bon ”. (2 Timote 3:16, 17.) Yon frè kapab te resevwa gwo enstriksyon, men se konesans li genyen sou Ekriti yo ak fason li aplike yo k ap ede l vin yon bèje ki efikas. Ann konsidere egzanp Jezi. Nan tout bèje espirityèl ki pase sou tè a, se li menm ki gen plis konesans, plis disènman ak plis sajès. Poutan, lè l te konn ap anseye mouton Jewova yo, li pa t konte sou pwòp sajès li. Men sa l te di : “ Sa m ap anseye a pa soti nan mwen, men li soti nan moun ki voye m nan. ” Poukisa Jezi se Papa l ki nan syèl la li te bay merit la ? Men esplikasyon li te bay : “ Moun k ap pale pawòl pa l ap chèche pwòp glwa pa l. ” — Jan 7:16, 18.

14. Ki jan ansyen yo evite chèche pwòp glwa pa yo ?

14 Bèje ki fidèl yo evite chèche pwòp glwa pa yo. Yo baze konsèy ak ankourajman y ap bay, non pa sou pwòp sajès pa yo, men sou Pawòl Bondye a. Yo konprann travay yon bèje, se ede mouton yo vin gen “ panse Kris ”, e non pa panse ansyen yo (1 Korentyen 2:14-16). Pa egzanp, si yon ansyen ap ede yon koup fè fas ak pwoblèm y ap rankontre nan maryaj yo, epi ansyen sa a, olye li baze konsèy l ap bay yo sou prensip ki nan Bib la e sou enfòmasyon “ esklav fidèl ki prevwayan an ” pibliye, li pito baze yo sou pwòp eksperyans pa l, ki sa ki ka rive (Matye 24:45) ? Ebyen, koutim nan zòn kote l ap viv la kapab gen twòp enfliyans sou konsèy li yo, epi konesans limite li genyen kapab redui aplikasyon konsèy sa yo. An reyalite, gen kèk koutim ki pa mal an yo menm, epitou ansyen yo kapab gen eksperyans. Men, mouton yo jwenn plis byenfè lè bèje yo ankouraje yo pou yo koute vwa Jezi, pou yo koute sa Jewova di, olye pou yo suiv panse lèzòm oubyen pou yo kite koutim lokal dikte yo sa pou yo fè. — Sòm 12:6 ; Pwovèb 3:5, 6.

Pa mwayen “ esklav fidèl ki prevwayan an ”

15. Ki travay Jezi te bay “ esklav fidèl ki prevwayan an ”, e ki youn nan rezon ki fè klas esklav la reyisi ?

15 Bèje tankou apot Pyè, Jan ak Pòl, yo tout te fè pati gwoup Jezi te dekri kòm “ esklav fidèl ki prevwayan an ”. Se frè Kris ki wenn ak lespri sou tè a ki konpoze klas esklav sa a, e esperans yo se pou y al dirije ansanm ak Kris nan syèl la (Revelasyon 5:9, 10). Pandan dènye jou sistèm sa a, kantite frè Kris ki rete sou tè a ap diminye san mank. Sepandan, travay Jezi te ba yo pou yo akonpli a, travay predikasyon bon nouvèl Wayòm nan anvan lafen an vini, ap fèt kounye a nan yon degre li potko janm atenn anvan sa. Men kanmenm, klas esklav la gen yon gwo siksè. Sa k fè sa ? An pati, se paske yo bay “ lòt mouton ” yo fòmasyon pou yo ede yo nan travay predikasyon an ak nan travay ansèyman an (Jan 10:16 ; Matye 24:14 ; 25:40). Jodi a, se gwoup fidèl sa a k ap akonpli pifò nan travay la.

16. Ki jan klas esklav la fòme gason ki nome yo ?

16 Ki jan klas esklav la bay fòmasyon sa a ? Nan premye syèk la, te gen reprezantan klas esklav la ki te otorize pou fòme moun epi pou nome yo siveyan nan kongregasyon an, e siveyan yo, bò kote pa yo, te fòme mouton yo (1 Korentyen 4:17). Se menm bagay la jodi a. Kolèj santral la, ti gwoup ansyen ki wen ki reprezante klas esklav la, otorize reprezantan yo genyen yo pou yo fòme moun epi pou yo nome yo asistan oswa ansyen nan plis pase dimil kongregasyon nan lemonnantye. Anplis de sa, Kolèj santral la òganize lekòl pou fòme manm komite filyal yo, siveyan itineran yo, ansyen ak asistan ministeryèl yo, dekwa pou yo konnen meyè fason pou yo pran swen mouton yo. Yo bay lòt direksyon ankò nan lèt, nan atik ki pibliye nan Toudegad, e pa mwayen lòt piblikasyon, tankou liv Organisés pour faire la volonté de Jéhovah a *.

17. a) Ki jan Jezi montre li fè klas esklav la konfyans ? b) Ki jan bèje espirityèl yo ka montre yo fè klas esklav la konfyans ?

17 Jezi tèlman fè klas esklav la konfyans, li tabli l sou “ tout byen l ”, sètadi sou tout enterè espirityèl li gen sou tè a (Matye 24:47). Bèje ki nome yo, yo menm tou, yo montre yo fè klas esklav la konfyans lè yo suiv direksyon yo resevwa nan men Kolèj santral la. Wi, lè bèje yo fòme lòt moun, lè yo kite Pawòl Bondye a fòme yo, e lè yo mete fòmasyon klas esklav la ba yo a an pratik, yo ankouraje inite nan twoupo a. Se pa ti rekonesan nou rekonesan poutèt Jewova fòme moun ki gen anpil sousi pou chak manm kongregasyon kretyen an !

[Nòt anba paj]

^ § 16 Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

Ki repons nou ta bay ?

• Ki jan bèje espirityèl ki gen matirite yo fòme lòt moun ?

• Poukisa bèje yo pa baze ansèyman y ap bay yo sou pwòp panse yo ?

• Ki jan bèje yo montre yo fè klas esklav la konfyans, e poukisa yo fè l konfyans ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 26]

Ansyen yo fòme jèn frè ki nan kongregasyon an.

[Foto nan paj 27]

“ Esklav fidèl ki prevwayan an ” bay ansyen yo anpil fòmasyon.