Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Menm jan ak Jezi, montre nou enterese nan moun ki pòv

Menm jan ak Jezi, montre nou enterese nan moun ki pòv

Menm jan ak Jezi, montre nou enterese nan moun ki pòv

POVRETE ak kraze zo kòmanse prèske menm lè ak limanite. Byenke Lwa Bondye te bay Izrayèl la te la pou pwoteje moun ki pòv yo e pou diminye soufrans yo, souvan yo te konn pase Lwa sa a anba pye (Amòs 2:6). Pwofèt Ezekyèl te denonse fason yo te trete moun ki pòv yo. Men sa l te di : “ Pèp ki nan peyi a reyalize yon plan pou yo vòlè e yo rape bagay yo pou yo vòlè yo, e yo maltrete moun ki aflije a ak pòv la, e yo vòlè rezidan etranje a san jistis. ” — Ezekyèl 22:29.

Sitiyasyon an pa t diferan lè Jezi te sou tè a. Chèf relijye yo pa t enterese ditou nan moun ki pòv ak nan moun ki nan bezwen. Yo te kalifye chèf relijye yo kòm moun ki “ renmen lajan ” ki t ap “ devore kay vèv yo ” e ki te plis enterese nan konsève tradisyon yo olye yo pran swen moun ki aje yo ak moun ki nan bezwen yo (Lik 16:14 ; 20:47 ; Matye 15:5, 6). Li enteresan pou n note, nan parabòl Jezi te bay sou bon Samariten an, gen yon prèt ak yon Levit, lè yo te wè mesye ki blese a, olye yo rete pou yo ede l, yo travèse wout la y ale. — Lik 10:30-37.

Jezi te enterese nan moun ki pòv

Sa yo rapòte nan Evanjil yo sou lavi Jezi montre li te byen konprann pwoblèm moun ki pòv yo e li te sansib anpil devan bezwen yo. Byenke Jezi t ap viv nan syèl la, li te vide tèt li, li te vin viv menm jan ak moun, e li te “ vin pòv pou nou ”. (2 Korentyen 8:9.) Lè Jezi te wè foul yo, “ li te gen pitye pou yo, paske yo te depafini e yo te gaye tankou mouton ki san bèje ”. (Matye 9:36.) Istwa vèv ki te nan nesesite a montre, sa ki te enpresyone Jezi, se pa t anpil don moun rich yo te bay yo, “ ki soti nan sa yo [te] gen anplis ”, men se te ti ofrann vèv malerèz la te bay la. Sa li te fè a te touche kè Jezi, paske “ nan nesesite li, li mete tout sa l te gen pou l viv ”. — Lik 21:4.

Nonsèlman Jezi te gen konpasyon pou moun ki pòv, men tou li te montre li enterese pèsonèlman nan bezwen yo. Li menm ak apot li yo te gen yon kès yo te konn itilize pou Izrayelit ki te nan bezwen yo (Matye 26:6-9 ; Jan 12:5-8 ; 13:29). Jezi te ankouraje moun ki te vle vin disip li pou yo rekonèt obligasyon yo genyen pou yo ede moun ki nan bezwen yo. Li te di yon jèn chèf rich : “ Vann tout sa w genyen, separe l bay pòv e w ap gen trezò nan syèl la. Epi, vin suiv mwen. ” Lefètke mesye a pa t dispoze abandone byen l yo, sa montre lanmou li te gen pou richès te pi fò pase lanmou li te gen pou Bondye e pou moun parèy li. Pakonsekan, li pa t gen kalite ki nesesè pou l yon disip Jezi. — Lik 18:22, 23.

Disip Kris yo enterese nan moun ki pòv

Apre lanmò Jezi, apot yo ak lòt disip Kris yo te kontinye montre yo enterese nan moun ki pòv ki te gen pami yo. Ozanviwon ane 49 epòk nou an, apot Pòl te rankontre Jak, Pyè ak Jan e yo t ap pale de misyon Pòl te resevwa nan men Seyè a, Jezi Kris, pou l preche bon nouvèl la. Yo te dakò Pòl ak Banabas te dwe ale nan “ nasyon yo ” pou yo konsantre predikasyon yo a sou janti yo. Sepandan, Jak ak konpayon li yo te ankouraje Pòl ak Banabas pou yo “ sonje pòv yo ”. E Pòl ‘ te fè efò sensè pou l fè ’ sa. — Galat 2:7-10.

Pandan rèy anperè Klod, te gen yon gwo grangou ki te frape plizyè rejyon nan anpi women an. Kretyen ki te nan Antyòch yo te aji, yo “ te pran desizyon, yo chak, selon mwayen yo, pou yo voye sekou bay frè ki t ap viv Jide yo. E se sa yo te fè, yo te voye yo bay ansyen yo pa mwayen Banabas ak Sol ”. — Travay 11:28-30.

Jodi a tou, vrè kretyen yo konprann moun k ap suiv Jezi yo dwe montre yo enterese nan moun ki pòv ak nan moun ki nan bezwen, sitou si se kwayan menm jan avèk yo (Galat 6:10). Se sa k fè, yo montre yo enterese toutbon nan bezwen materyèl moun ki pa gen anyen yo. Pa egzanp, an 1998, te gen yon gwo sechrès ki te ravaje anpil kote nan nòdès peyi Brezil. Sechrès la te detwi plantasyon diri, pwa ak mayi, e sa te vin fè yon gwo grangou gaye toupatou. Se grangou ki pi di ki te genyen depi 15 an. Gen kèk kote, pa t menm gen ase dlo potab pou moun bwè. Imedyatman, Temwen Jewova lòt kote nan peyi a te òganize komite sekou, e nan yon ti moman tou kout, yo te rasanble plizyè tòn manje e yo te peye transpòte yo.

Men sa Temwen ki te pote èd nan operasyon sekou sa a te ekri : “ Nou kontan anpil lefètke nou kapab ede frè nou, patikilyèman paske nou sèten nou fè kè Jewova kontan. Nou pa janm bliye pawòl ki nan Jak 2:15, 16 la. ” Vèsè biblik sa yo di : “ Si yon frè oswa yon sè touni e yo pa gen ase manje pou yo manje chak jou, epoutan youn nan nou di yo : ‘ Ale anpè, kenbe kò w cho epi kontinye byen manje ’, men nou pa ba yo sa yo bezwen pou kò yo, sa sa ap itil ? ”

Nan yon kongregasyon Temwen Jewova nan vil São Paulo, gen yon Temwen ki enb e ki zele men ki pòv materyèlman k ap lite souvan pou l jwenn mwayen pou l viv. Men sa li di : “ Menm lè m ap viv nan povrete, mesaj ki nan Bib la bay lavi m yon vrè sans. Mwen pa konnen ki sa ki ta ka rive m si mwen pa t jwenn èd lòt Temwen. ” Gen yon lè, kretyèn sa a ki konn travay di te bezwen fè yon operasyon, men li pa t gen kòb pou l peye lopital la pri sa t ap koute. Nan sikonstans espesyal sa a, frè ak sè yo nan kongregasyon an te peye operasyon an pou li. Se toutan vrè kretyen yo nan lemonnantye ap ede kwayan menm jan avèk yo ki nan nesesite.

Sepandan, kèlkeswa jan eksperyans sa yo kapab touchan, li klè, efò sensè sa yo pap elimine povrete. Menm gouvènman ki pisan yo ak gwo ajans entènasyonal ki la pou bay èd yo, menm lè yo gen kèk siksè, yo pa rive elimine pwoblèm povrete a ki egziste depi byen lontan. Toutfwa, nou ta ka mande, ki solisyon definitif k ap genyen pou povrete ak lòt pwoblèm k ap akable limanite ?

Ansèyman ki nan Bib la bay yon èd ki dirab

Evanjil yo rapòte Jezi Kris te konn fè bon aksyon regilyèman an favè moun ki pòv oswa ki te gen lòt kalite bezwen (Matye 14:14-21). Sepandan, ki aktivite li te bay priyorite ? Nan yon okazyon, apre Jezi te fin pase kèk tan ap ede moun ki nan bezwen, li te di disip li yo : “ Ann al yon lòt kote, nan bouk ki toupre yo, pou m ka preche la tou. ” Poukisa Jezi te kanpe sou sa li t ap fè pou malad yo ak moun ki nan bezwen yo pou l kontinye aktivite predikasyon l lan ? Men esplikasyon li te bay : “ Paske se pou sa [sa vle di, pou preche] mwen soti. ” ​(Mak 1:38, 39 ; Lik 4:43). Byenke akonpli bon aksyon an favè moun ki nan bezwen se yon bagay ki te enpòtan pou Jezi, preche Wayòm Bondye a se te prensipal misyon li te genyen. — Mak 1:14.

Etandone Bib la ankouraje kretyen yo pou yo “ suiv tras [Jezi] fidèlman ”, kretyen yo jodi a jwenn direksyon klè lè yo gen pou yo fikse priyorite nan efò y ap fè pou ede lòt moun (1 Pyè 2:21). Menm jan ak Jezi, yo ede moun ki nan bezwen. Sepandan, menm jan ak Jezi tou, yo fè travay anseye mesaj ki nan Bib la, mesaj konsènan bon nouvèl Wayòm Bondye a, tounen pi gwo priyorite pou yo (Matye 5:14-16 ; 24:14 ; 28:19, 20). Men, poukisa preche mesaj ki nan Pawòl Bondye a dwe gen priyorite sou lòt èd n ap bay moun ?

Eksperyans ki fèt atravè lemonn demontre lè moun yo konprann konsèy pratik ki nan Bib la e lè yo suiv yo, yo pi byen ekipe pou yo fè fas ak pwoblèm yo rankontre chak jou nan lavi a, san wete povrete. Anplis de sa, mesaj Bib la bay konsènan Wayòm Bondye a Temwen Jewova yo ap preche jodi a bay moun yo yon espwa pou lavni, yon espwa ki fè lavi a gen yon sans, menm nan sikonstans ki pi terib yo (1 Timote 4:8). Ki espwa sa a ?

Pawòl Bondye a ban nou asirans konsènan avni nou : “ N ap tann, selon pwomès [Bondye], syèl tounèf ak yon tè tounèf, e ladan yo jistis ap abite. ” ​(2 Pyè 3:13). Lè Bib la pale de “ tè ”, li fè referans pafwa ak moun k ap viv sou tè a (Jenèz 11:1). Konsa, “ tè tounèf ” yo pwomèt ki pral gen jistis la se yon sosyete moun ki gen apwobasyon Bondye. Anplis de sa, Pawòl Bondye a pwomèt, anba dominasyon Kris la, moun Bondye apwouve yo pral resevwa rekonpans lavi etènèl e yo pral gen yon vi ki bay satisfaksyon nan yon paradi sou tè a (Mak 10:30). Avni mèveye sa a disponib pou tout moun, e li disponib pou moun ki pòv yo tou. Sou “ tè tounèf ” sa a, pwoblèm povrete a pral rezoud pou toutan.

[Foto/Kare nan paj 7]

KI JAN JEZI PRAL “ DELIVRE PÒV LA ” ? — Sòm 72:12

JISTIS : “ Se pou l jije moun ki aflije pami pèp la, se pou l sove pitit pòv la, e se pou l kraze moun k ap fè fwod la. ” ​(Sòm 72:4). Pandan rèy Kris sou tè a, tout moun pral benefisye jistis. Pap gen plas pou koripsyon ankò, yon flewo ki lakòz anpil peyi ki ta ka vin rich tonbe nan povrete.

LAPÈ : “ Nan jou li yo moun ki jis la pral boujonnen, epi ap gen abondans lapè jiskaske lalin nan pa la ankò. ” ​(Sòm 72:7). Se konfli ak lagè ki prensipal koz povrete ki gen nan monn nan. Kris ap pote yon lapè total sou tè a lè li elimine youn nan koz prensipal povrete.

KONPASYON : “ Li pral gen pitye pou moun ki piti a ak moun ki pòv la, e l ap sove nanm pòv yo. Anba kraze zo ak vyolans l ap delivre nanm yo, epi san yo pral gen valè nan je l. ” ​(Sòm 72:12-14). Piti a, moun ki pòv la, ak moun y ap kraze zo yo pral vin fè pati yon fanmi moun k ap gen kè kontan, e k ap fè yon sèl anba dominasyon Wa a, Jezi Kris.

PWOSPERITE : “ Pral gen anpil manje angren sou tè a. ” ​(Sòm 72:16). Pandan rèy Kris la, pral gen pwosperite materyèl, e pral gen abondans. Moun yo pap soufri akoz rate manje e akoz grangou, de sitiyasyon souvan ki lakòz povrete jodi a.

[Foto nan paj 5]

Jezi te enterese pèsonèlman nan bezwen moun ki pòv.

[Foto nan paj 6]

Mesaj ki nan Bib la bay bonjan espwa.