Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Mwen avèk nou ”

“ Mwen avèk nou ”

“ Mwen avèk nou ”

“ Mesaje Jewova a pale [...] ankò, li di : [...] ‘ “ Mwen avèk nou, ” sa a se deklarasyon Jewova fè. ’ ” — AGAYI 1:13.

1. Ki konparezon pwofetik Jezi te fè pou epòk pa nou an ?

N AP viv yon epòk nan listwa ki gen anpil enpòtans. Jan akonplisman pwofesi ki nan Bib la pwouve sa, depi 1914 n ap viv nan “ jou Seyè a ”. (Revelasyon 1:10.) Petèt ou te deja etidye sijè sa a, donk ou konnen Jezi te konpare “ jou Pitit Gason lòm ” nan nan pisans Wayòm nan ak “ jou Noye yo ” e ak “ jou Lòt yo ”. (Lik 17:26, 28.) Konsa, selon sa Labib endike, konparezon sa a se yon konparezon pwofetik. Men, gen yon lòt konparezon ankò nou ta dwe byen egzamine.

2. Ki wòl Jewova te bay Agayi ak Zekarya jwe ?

2 Annou konsidere yon sitiyasyon ki te egziste nan epòk pwofèt Agayi ak pwofèt Zekarya, de pwofèt ebre. Ki mesaj de pwofèt fidèl sa yo te transmèt ki gen yon aplikasyon dirèk sou pèp Jewova a nan epòk pa nou an ? Agayi ak Zekarya se te “ mesaje Jewova ” bò kote Juif yo apre yo te fin tounen sot nan kaptivite nan Babilòn. Yo te gen misyon pou yo bay Izrayelit yo asirans Bondye t ap soutni yo nan travay rekonstriksyon tanp lan (Agayi 1:13 ; Zekarya 4:8, 9). Menmsi liv Agayi ak Zekarya te ekri yo kout, yo fè pati ‘ tout Ekriti Bondye enspire a, ki itil pou anseye, pou reprimande, pou mete bagay yo annòd, pou disipline nan ladwati ’. — 2 Timote 3:16.

Yo ta dwe enterese nou

3, 4. Poukisa mesaj Agayi ak mesaj Zekarya te transmèt yo ta dwe enterese nou ?

3 Pa gen dout nan sa, mesaj ki nan liv Agayi ak liv Zekarya a te itil pou Juif ki t ap viv nan epòk yo a, e pwofesi yo te bay yo te gen yon akonplisman nan epòk sa a. Si se konsa, poukisa nou ka sèten liv sa yo ta dwe enterese nou jodi a ? Ebre 12:26-29 ka ede nou jwenn repons lan. Nan vèsè sa yo, apot Pòl site Agayi 2:6 ki pale de Bondye k ap “ souke syèl la ak tè a ”. Alafen, aksyon sa a ta dwe “ chavire twòn wayòm yo e [li ta dwe] aneyanti fòs wayòm nasyon yo ”. — Agayi 2:22.

4 Lè Pòl fin site sa Agayi te di a, li di sa k gen pou rive “ wayòm nasyon yo ”, e li pale de siperyorite Wayòm ki pa ka brannen kretyen wen yo pral resevwa a (Ebre 12:28). Konsa, nou kapab wè pwofesi Agayi ak pwofesi Zekarya a fè referans ak yon epòk ki te gen pou l vini apre yo te fin ekri liv Ebre a nan premye syèk epòk nou an. Jodi a, gen yon rès kretyen wen sou tè a toujou ki eritye Wayòm mesyanik lan avèk Jezi. Pakonsekan, pwofesi Agayi ak pwofesi Zekarya a gen yon siyifikasyon pou epòk pa nou an.

5, 6. Ki sitiyasyon ki te egziste ki te fè Agayi ak Zekarya vin ap sèvi kòm pwofèt ?

5 Liv Ezra a dekri sitiyasyon ki te egziste oparavan. Apre Juif yo te fin retounen sot nan kaptivite nan Babilòn an 537 anvan epòk nou an, gouvènè Zowobabèl ak gran prèt Yochouwa (oswa Yechouwa) t ap sipèvize travay ki t ap fèt lè yo t ap poze fondasyon nouvo tanp lan an 536 anvan epòk nou an (Ezra 3:8-13 ; 5:1). Malgre sa te fè Juif yo gen anpil kè kontan, sa pa t pran anpil tan pou yo tonbe nan laperèz. Ezra 4:4 fè nou konnen advèsè yo, “ pèp nan peyi a ”, “ t ap febli men pèp Jida a epi yo t ap dekouraje yo pou yo sispann konstwi ”. Ènmi sa yo, Samariten yo an patikilye, te lanse fo akizasyon kont Juif yo. Opozan sa yo te konvenk wa peyi Pès la pou l mete entèdiksyon sou travay konstriksyon tanp lan. — Ezra 4:10-21.

6 Angouman yo te genyen okòmansman an pou travay nan tanp lan te bese. Juif yo te konsantre yo sou zafè pèsonèl yo. Sepandan, an 520 anvan epòk nou an, 16 an apre yo te fin poze fondasyon tanp lan, Jewova te bay Agayi ak Zekarya misyon pou yo chofe pèp la pou l rekòmanse travay nan tanp lan (Agayi 1:1 ; Zekarya 1:1). Grasa ankourajman mesaje Bondye sa yo e grasa bonjan prèv ki montre Jewova t ap soutni mesaje sa yo, Juif yo te rekòmanse travay nan tanp lan e yo te fini travay la an 515 anvan epòk nou an. — Ezra 6:14, 15.

7. Ki konparezon ki genyen ant sitiyasyon ki te egziste nan epòk pwofèt yo ak sitiyasyon nan epòk pa nou an ?

7 Èske nou konnen ki siyifikasyon tout bagay sa yo gen pou nou ? Nou gen yon travay pou nou fè, se travay predikasyon “ bon nouvèl [...] konsènan wayòm nan ”. (Matye 24:14.) Travay sa a te vin pran yon lòt dimansyon apre Premye Gè mondyal la. Menm jan Juif yo nan tan lontan te libere anba kaptivite nan Babilòn, se konsa pèp Jewova a nan epòk pa nou an te libere anba Gran Babilòn nan, anpi mondyal fo relijyon an. Moun Bondye wenn yo te bay tout yo menm nan travay predikasyon ak ansèyman an, e nan dirije moun vin nan vrè adorasyon an. Travay sa a ap kontinye jodi a nan yon pi gwo degre, e petèt ou menm tou ou deja ap patisipe ladan l. Kounye a, se lemoman pou travay sa a fèt, paske fen sistèm mechan sa a pa lwen ditou ! Travay sa a Bondye ban nou fè a dwe kontinye jiskaske Jewova entèvni nan zafè lèzòm nan moman “ gwo tribilasyon ” an (Matye 24:21). Sa pral retire tout mechanste, e sa ap pèmèt vrè adorasyon an etabli sou tout tè a.

8. Poukisa nou kapab gen konfyans Jewova soutni nou nan travay n ap fè a?

Jan pwofesi Agayi ak pwofesi Zekarya a montre sa, nou kapab gen asirans Jewova soutni nou e li beni nou toutpandan n ap patisipe ak tout kè nou nan travay sa a. Malgre efò kèk moun fè pou yo elimine sèvitè Bondye yo oswa pou yo mete entèdiksyon sou travay li ba yo fè a, pa gen okenn gouvènman ki te rive anpeche travay evanjelizasyon an pwogrese. Reflechi sou fason Jewova beni travay predikasyon an avèk akwasman li ba yo pandan plizyè dizèn ane ki pase apre Premye Gè mondyal la rive jodi a. Sepandan, toujou gen anpil travay ki rete pou nou fè.

9. Ki sitiyasyon ki te egziste nan tan lontan nou ta dwe bay atansyon nou, e poukisa ?

9 Ki jan sa Agayi ak Zekarya aprann nou an ban nou plis ankourajman pou nou obeyi lòd Bondye ban nou pou nou preche e pou nou anseye ? Bon, annou gade kèk leson nou ka tire nan de liv biblik sa yo. Pa egzanp, gade kèk detay ki gen rapò ak travay konstriksyon tanp lan Juif ki te retounen nan peyi yo te gen pou yo fè. Jan nou te wè sa, Juif ki te sot Babilòn pou retounen Jerizalèm yo pa t pèsevere nan travay yo nan tanp lan. Apre yo te fin poze fondasyon an, yo te rafredi. Ki pwennvi ki pa kòrèk ki te vin devlope pami yo ? E ki sa nou ka aprann nan sa ?

Annou chèche gen yon pwennvi ki kòrèk

10. Ki pwennvi ki pa kòrèk Juif yo te devlope, e ki rezilta sa te genyen ?

10 Juif ki te retounen Jerizalèm yo te di : “ Tan an poko rive. ” ​(Agayi 1:2). Lè yo te kòmanse travay konstriksyon tanp lan, lè yo t ap poze fondasyon an an 536 anvan epòk nou an, yo pa t di : “ Tan an poko rive. ” Men, byen rapid, yo te kite opozisyon peyi vwazen yo ak rantre gouvènman an te rantre nan koze a enfliyanse yo. Juif yo te kòmanse bay pwòp kay pa yo ak pwòp konfò pa yo plis enpòtans. Apre Jewova te fin etabli diferans ki genyen ant kay pa yo, ki te dekore ak bwa bon kalite, ansanm ak tanp lan ki potko fini, Jewova te mande yo : “ Èske se lè pou nou menm nou abite nan kay nou ki byen dekore an bwa, pandan kay sa a abandone ? ” — Agayi 1:4.

11. Pou ki rezon Jewova te oblije bay Juif nan epòk Agayi a konsèy ?

11 Se vre, priyorite Juif yo te chanje. Olye pèp la te kontinye kenbe objektif Jewova a nan premye plas, sa vle di pou yo te rekonstwi tanp lan, yo te vin kòmanse konsantre yo sou tèt yo ak sou kay yo. Yo te neglije travay nan mezon kote y ap bay Bondye adorasyon an. Pawòl Jewova ki nan Agayi 1:5 lan te ankouraje Juif yo pou yo ‘ fikse kè yo sou fason y ap aji ’. Jewova t ap di yo pou yo fè yon ti kanpe pou yo medite sou sa yo t ap fè a e pou yo konsidere enfliyans sa te gen sou yo lefètke yo pa t kenbe travay konstriksyon tanp lan nan premye plas nan lavi yo.

12, 13. Ki jan Agayi 1:6 dekri sitiyasyon Juif yo, e ki sa vèsè sa a vle di ?

12 Jan w ka imajine sa, lefètke Juif yo te mal plase priyorite yo, sa te afekte yo pèsonèlman. Nan Agayi 1:6, remake ki pwennvi Bondye te genyen : “ Nou simen anpil semans, men se yon tikras nou ranmase. Gen manje, men pa gen satisfaksyon. Gen bwè, men pa nan pwen pou nou sou. Gen met rad, men pyès moun pa cho, e moun ki vann kouraj li a, vann kouraj li pou yon bous ki gen twou. ”

13 Juif yo te nan peyi Bondye te ba yo a, poutan, peyi a pa t pwodui jan yo ta swete sa. Jewova pa t fè yo jwenn benediksyon l, jan li te fè yo konn sa (Detewonòm 28:38-48). Lefètke Juif yo pa t gen sipò Bondye, yo te simen, men sa yo te rekòlte a te piti, yo pa t rive jwenn ase manje ki pou satisfè yo. San benediksyon Bondye, yo pa t kapab gen rad pou met sou yo pou rechofe yo. E sa te menm sanble kòmsi ti kòb yo te touche a, yo te mete l nan yon bous ki plen twou, e mèt li pa t menm jwi l. Ki sans ekspresyon ki di : “ Gen bwè, men pa nan pwen pou nou sou ” a ? Li pa ta ka vle di lè yon moun sou se yon siy ki montre li gen benediksyon Bondye, piske li kondane sa (1 Samyèl 25:36 ; Pwovèb 23:29-35). Okontrè, ekspresyon sa a bay yon lòt endikasyon ki montre Bondye pa t beni Juif yo. Kèlkeswa diven yo ta fè a, li pa t ap ase, li pa t ap sifi pou yo ta rive sou. Men ki jan yon lòt tradiksyon (Darby ) rann Agayi 1:6 : “ Nou bwè, men nou pa gen ase. ”

14, 15. Ki leson nou tire nan Agayi 1:6 ?

14 Leson nou ka aprann nan tout sa pa gen rapò ak dekorasyon kay. Byen lontan anvan egzil la, pwofèt Amòs te reprimande moun ki rich ann Izrayèl yo pou “ mezon ann ivwa ” yo te genyen e pou kouche yo te “ kouche sou kanape ki fèt ann ivwa ”. (Amòs 3:15; 6:4.) Bèl kay ak bèl mèb ki te byen dekore yo pa t dire. Ènmi ki te anvayi yo te piye bagay sa yo. Poutan, kèk ane apre yo te fin pase 70 an ann egzil, anpil moun pami pèp Bondye a pa t rive tire leson nan sa. E nou menm ? Li ta bon pou nou chak nou mande tèt nou : ‘ Franchman, ki enpòtans mwen bay kay mwen ak dekorasyon kay mwen ? E kesyon chèche gen plis edikasyon pou m reyisi nan yon karyè, menmsi sa ka pran yon pakèt tan pandan anpil ane, sa ki te ka fè mwen neglije kèk aspè enpòtan nan vi espirityèl mwen ? ’ — Lik 12:20, 21 ; 1 Timote 6:17-19.

15 Sa nou li nan Agayi 1:6 la ta dwe fè nou rann nou kont nou bezwen benediksyon Bondye nan lavi nou. Juif nan tan lontan sa yo pa t genyen l e se te pou malè yo. Kit nou ta gen byen materyèl ann abondans, kit nou pa ta genyen, si nou pa jwenn benediksyon Jewova, se sèten espirityèlman se t ap pou malè nou (Matye 25:34-40 ; 2 Korentyen 9:8-12) Men, kòman nou ka jwenn benediksyon sa a ?

Jewova ede nou pa mwayen lespri li

16-18. Ki sans Zekarya 4:6 te genyen nan epòk yo te ekri l la ?

16 Zekarya, ki te pwofèt menm jan ak Agayi, te santi l pouse pou l mete aksan sou mwayen Jewova itilize pou l motive moun ki te vwe yo nan epòk sa a e pou l beni yo. E sa montre ki jan li pral beni w tou. Men sa nou li : “ ‘ Se pa ak konkou fòs militè, ni pa mwayen pisans, men se grasa lespri mwen ’, se sa Jewova chèf lame yo di. ” ​(Zekarya 4:6). Sandout, ou tande yo site vèsè sa a souvan. Men, ki siyifikasyon li te genyen pou Juif nan epòk Agayi ak Zekarya yo, e ki siyifikasyon li ta dwe genyen pou ou ?

17 Fòk nou pa bliye, pawòl enspire Agayi ak Zekarya yo te gen yon kokenn efè nan epòk sa a. Sa de pwofèt yo te di yo te rebay Juif fidèl yo fòs. Agayi te kòmanse pwofetize nan sizyèm mwa nan ane 520 anvan epòk nou an. Zekarya te kòmanse pwofetize nan uityèm mwa nan menm ane a (Zekarya 1:1). Jan nou ka wè sa nan Agayi 2:18, travay ki t ap fèt nan fondasyon an te rekòmanse pou toutbon sou nevyèm mwa a. Donk, Juif yo te santi yo pouse alaksyon e yo te obeyi Jewova toutpandan yo te gen konfyans li t ap soutni yo. Pawòl nou jwenn nan Zekarya 4:6 la gen rapò ak sipò Bondye te ba yo.

18 Lè Juif yo te retounen nan peyi yo an 537 anvan epòk nou an, yo pa t gen okenn fòs militè. Malgre tou, Jewova te pwoteje yo e li te gide yo nan vwayaj yo sot Babilòn. E lespri li t ap dirije bagay yo lè yo te kòmanse travay la nan tanp lan yon tikras tan apre sa. Yonfwa yo te kòmanse travay ak tout kè yo ankò, li t ap soutni yo pa mwayen lespri sen li.

19. Ki enfliyans pisan lespri Bondye te venk ?

19 Nan yon seri uit vizyon, Zekarya te jwenn asirans Jewova t ap avèk pèp li a, ki t ap gen pou l fini travay konstriksyon tanp lan avèk fidelite. Katriyèm vizyon an, nou jwenn nan chapit 3 a, montre Satan te aktif nan kontrekare efò Juif yo t ap fè pou yo fini ak travay konstriksyon tanp lan (Zekarya 3:1). Se sèten, Satan pa t ap kontan wè gran prèt Yochouwa ap sèvi an favè pèp la nan nouvo tanp lan. Malgre Dyab la te aktif nan anpeche Juif yo konstwi tanp lan, lespri Jewova t ap gen pou l jwe yon gwo wòl nan retire obstak e nan bay Juif yo fòs pou yo kontinye avanse jiskaske tanp lan fini.

20. Ki jan lespri sen te ede Juif yo pou yo fè volonte Bondye ?

20 Sa te sanble kòmsi te gen yon opozisyon ki te tankou yon obstak yo pa t ap ka venk, yon obstak ki te soti bò kote yon seri manm gouvènman ki te rive jwenn otorizasyon pou yo mete entèdiksyon sou travay la. Malgre tou, selon sa Jewova te pwomèt, yo ta retire swadizan “ montay ” sa a e li ta dwe vin tounen “ yon peyi plat ”. (Zekarya 4:7.) E se sa ki te rive ! Wa Dariyis I te fè yon envestigasyon e li te dekouvri memorandòm Siris te bay la ki te otorize Juif yo rekonstwi tanp lan. Donk, Dariyis te retire entèdiksyon an e li te bay otorizasyon pou yo bay Juif yo kòb ki soti nan trezò wayal la pou ede yo nan depans yo t ap fè nan travay la. Ala yon chanjman sitiyasyon enpresyonan ! Èske lespri Bondye te jwe yon wòl nan sa ? Wi, nou mèt sèten de sa. Tanp lan te fini an 515 anvan epòk nou an, nan sizyèm ane rèy Dariyis I an. — Ezra 6:1, 15.

21. a) Nan tan lontan, ki jan Bondye te “ souke nasyon yo ”, e ki jan “ bagay apresyab ” yo te soti ? b) Ki akonplisman sa genyen jodi a ?

21 Nan Agayi 2:5, pwofèt la te fè Juif yo sonje alyans Bondye te fè avèk yo nan mòn Sinayi lè “ tout montay la t ap tranble anpil ”. (Egzòd 19:18.) Nan jou Agayi ak Zekarya yo, Jewova t apral bay yon lòt sakad, jan yo dekri sa nan langaj figire nou jwenn nan vèsè 6 ak 7 la. T ap gen enstabilite nan anpi peyi Pès la, men travay nan tanp lan te gen pou l kontinye jiskaske l fini. Moun ki pa t Juif yo, “ bagay apresyab ki nan tout nasyon ” yo, t apral glorifye Bondye finalman ansanm ak Juif yo nan kote y al adore a. Yon fason ki pi gran jodi a, Bondye “ souke nasyon yo ” pa mwayen predikasyon nou an, e “ bagay apresyab ki nan tout nasyon ” yo vin adore Bondye ansanm ak rès wen yo. Vrèmanvre, wen yo ansanm ak lòt mouton yo met ansanm pou yo ranpli mezon Jewova a ak glwa. Vrè adoratè sa yo ap tann moman kote Jewova pral ‘ souke syèl la ak tè a ’ nan yon lòt sans. Se pral yon fason pou l ranvèse fòs wayòm nasyon yo e pou l elimine yo. — Agayi 2:22.

22. Ki jan yo pral “ souke ” nasyon yo, ki rezilta sa ap genyen, e ki sa ki gen pou rive ?

22 Nou jwenn rapèl konsènan chanjman ki te fèt nan diferan eleman “ syèl la ak tè a ak lanmè a ak tè sèk la ” reprezante. Pa egzanp, yo te pimpe Satan Ledyab ak demon l yo anba, nan vwazinaj tè a (Revelasyon 12:7-12). Anplis, pa gen dout nan sa, travay predikasyon kretyen wen Bondye yo ap dirije a souke eleman terès ki nan sistèm de choz sa a (Revelasyon 11:18). Malgre sa, “ yon gwo foul ” bagay apresyab ki soti nan tout nasyon vin jwenn Izrayèl espirityèl la nan sèvis Jewova (Revelasyon 7:9, 10). Gwo foul la met ansanm ak kretyen wen yo nan travay predikasyon bon nouvèl ki fè konnen talè konsa Bondye pral souke nasyon yo nan Amagedòn. Evènman sa a pral pèmèt vrè adorasyon an rive nan yon eta kote l ap san tach sou tout tè a.

Èske nou sonje ?

• Ki lè e nan ki sikonstans Agayi ak Zekarya te pwofetize ?

• Kòman nou ka aplike mesaj Agayi ak mesaj Zekarya te transmèt yo ?

• Sa k fè w twouve Zekarya 4:6 ankourajan ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 8]

Liv Agayi ak liv Zekarya a ban nou asirans Bondye ap soutni nou.

[Foto nan paj 11]

“ Èske se lè pou nou menm nou abite nan kay nou ki byen dekore an bwa, pandan kay sa a abandone ? ”

[Foto nan paj 12]

Sèvitè Jewova yo ap chèche jwenn ‘ moun apresyab ki nan nasyon yo’.