Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Povrete : sitiyasyon an jodi a

Povrete : sitiyasyon an jodi a

Povrete : sitiyasyon an jodi a

SOUVAN moun ka remake Vicente * k ap trennen yon bourèt byen chaje nan lari São Paulo nan peyi Brezil. Li ranmase moso katon, bout fè ak bagay an plastik. Kou li kòmanse fènwa, li mete yon moso katon anba bourèt li a, li lage kò l, li dòmi. Se kòmsi li pa tande bri machin ak bri bis k ap pase san rete nan ri kote li pase nuit la. Te gen yon epòk, li te gen yon travay, yon kay ak yon fanmi, men li pèdi tout. Kounye a, se apèn si l ka rive jwenn yon ti bagay pou l viv etan li nan lari a.

Malerezman, menm jan ak Vicente, gen plizyè milyon moun nan lemonnantye k ap viv nan yon povrete ekstrèm. Nan peyi an devlopman yo, gen anpil moun ki oblije viv nan lari oswa nan bidonvil. Li fasil pou w wè mandyan, tankou moun enfim, moun avèg ak fi k ap bay timoun tete. Anba limyè wouj ki nan kafou yo, gen timoun k ap kouri sou kote machin ki ralanti pou yo eseye vann sirèt ak espwa y ap fè yon ti monnen.

Li difisil pou yo jistifye yon povrete konsa. Men kòmantè yon jounal anglè fè : “ Lèzòm pa t janm pi rich, ni pi byen ame ak konesans medikal, avansman teknolojik ak entèlijans entèlektyèl ki nesesè pou venk povrete. ” ​(The Economist). Pa gen dout, anpil moun tire pwofi nan konesans sa yo. Nan anpil peyi an devlopman, ri nan gwo vil yo chaje ak machin nèf ki byen klere. Gwo magazen yo chaje ak tout kalite gadjèt dènye kri, e pa manke moun pou achte yo. Gen de sant komèsyal nan peyi Brezil, pou yo fè yon pwomosyon espesyal, yo te ret ouvè tout lannuit 23 desanm pou rive 24 desanm 2004 la. Youn nan sant komèsyal sa yo te angaje kèk dansè sanmba pou amize moun ki vin achte yo. Evènman sa a te atire anviwon 500 000 achtè.

Toutfwa, gen anpil moun ki pa benefisye anyen nan richès kèk moun ap jwi. Gwo diferans ki genyen ant moun ki rich ak moun ki pòv pouse anpil moun wè li ijan pou yo konbat povrete. Gen yon jounal brezilyen ki rele Veja ki di : “ Ane sa a [2005], batay kont povrete a ta dwe prensipal sijè nan pwogram dirijan yo nan lemonnantye. ” Veja rapòte tou yon nouvo Plan Marshall ki fèt nan entansyon pou ede peyi ki pi pòv yo, espesyalman ann Afrik *. Sepandan, byenke jan de pwopozisyon sa yo bay enpresyon gen pwogrè k ap fèt, menm jounal la di : “ Gen anpil rezon tou pou nou poze kesyon sou rezilta yo. Si majorite peyi retisan pou yo kontribye, se paske se raman fon yo rive jwenn moun ki dwe benefisye yo. ” Malerezman, akoz koripsyon ak pakèt konplikasyon ki genyen nan demach administratif yo, gen yon gwo pati nan fon sa yo gouvènman yo, ajans entènasyonal yo ak lòt moun bay ki pa janm rive jwenn moun ki vrèman bezwen yo.

Jezi te konnen povrete se yon pwoblèm ki t ap kontinye egziste. Men sa li te di : “ Nou toujou gen pòv yo ansanm avèk nou. ” ​(Matye 26:11). Èske sa vle di povrete ap toujou sou sèn monn nan ? Èske pa gen anyen ki ka fèt pou amelyore sitiyasyon an ? Ki sa kretyen yo ka fè pou yo ede moun ki pòv yo ?

[Nòt anba paj]

^ § 2 Yo chanje non an.

^ § 5 Plan Marshall se yon pwogram peyi Etazini t ap soutni, yon pwogram yo te mete sou pye pou ede Ewòp reprann li sou plan ekonomik apre dezyèm gè mondyal la.