Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Se pou men nou fòtifye

Se pou men nou fòtifye

Se pou men nou fòtifye

“ Se pou men nou fòtifye, nou menm nan jou sa yo k ap tande pawòl sa yo ki soti nan bouch pwofèt yo. ” — ZEKARYA 8:9.

1, 2. Poukisa nou bezwen prete atansyon ak liv Agayi a ansanm ak liv Zekarya a ?

PWOFESI Agayi a ak pwofesi Zekarya a te ekri depi anviwon 2 500 an. Epoutan, yo vrèman gen yon siyifikasyon pou lavi w. Sa Bib la rapòte nan de liv sa yo se pa senp istwa yo ye. Yo fè pati “ tout bagay ki te ekri nan tan lontan [...] pou enstriksyon nou ”. (Women 15:4.) Pifò nan sa nou li nan liv sa yo fè nou panse ak sitiyasyon reyèl k ap dewoule depi lè Wayòm nan etabli nan syèl la an 1914.

2 Pandan apot Pòl t ap pale de evènman ak sitiyasyon pèp Bondye a te viv lontan anvan sa, men ki deklarasyon li te fè : “ Bagay sa yo te rive yo kòm egzanp, e yo te ekri yo pou sèvi nou avètisman, nou menm fen sistèm de choz yo rive sou nou an. ” ​(1 Korentyen 10:11). Donk, ou ka byen ap mande tèt ou : ‘ Ki enpòtans liv Agayi a ak liv Zekarya a genyen nan epòk pa nou an ? ’

3. Sou ki sa Agayi ak Zekarya te konsantre yo ?

Jan atik ki vin anvan an montre sa, pwofesi Agayi a ak pwofesi Zekarya a fè referans ak epòk Juif yo te retounen nan peyi Bondye te ba yo a apre yo te fin libere nan kaptivite nan Babilòn. Se sou rekonstriksyon tanp lan de pwofèt yo te fikse atansyon yo. Juif yo te poze fondasyon tanp lan an 536 anvan epòk nou an. Malgre kèk Juif aje te kite lespri yo fikse sou tan lontan, toupatou moun yo te “ leve vwa yo yo t ap rele byen fò sitèlman yo te gen lajwa ”. Poutan, gen yon bagay an reyalite ki gen plis enpòtans ki rive nan epòk pa nou an. Sa k fè nou di sa ? — Ezra 3:3-13.

4. Ki sa ki te rive tousuit apre Premye Gè mondyal la ?

4 Tousuit apre Premye Gè mondyal la, moun Jewova te wenn yo te libere nan kaptivite nan Gran Babilòn nan. Sa te reprezante yon gwo siy ki montre Jewova t ap soutni yo. Yon tikras tan anvan sa, sanble chèf relijye yo ansanm ak chèf politik ki asosye avèk yo te mete yon bout nan travay predikasyon ak travay fè disip Etidyan Labib yo t ap fè a (Ezra 4:8, 13, 21-24). Poutan, Jewova te retire tout obstak ki te devan aktivite sa yo. Apre 1919, gen plizyè dizèn ane ki pase, men travay Wayòm nan te kontinye pwogrese, e anyen pa t ka kanpe avansman li.

5, 6. Ak ki gwo akonplisman Zekarya 4:7 fè referans ?

5 Nou ka gen asirans travay predikasyon ak travay ansèyman sèvitè Jewova yo ki obeyisan ap fè nan epòk pa nou an pral kontinye grasa sipò Jewova. Men sa nou jwenn nan Zekarya 4:7 : “ Asireman, l ap fè wòch prensipal la parèt. Ap gen gwo kri pou li : ‘ Ala bèl li bèl ! Ala bèl li bèl ! ’ ” Ak ki gwo akonplisman nan epòk pa nou an pawòl sa yo fè referans ?

6 Zekarya 4:7 fè referans ak epòk kote vrè adorasyon Souvren Seyè a pral rive nan yon eta kote l ap vin pafè nan lakou terès tanp espirityèl Li a. Tanp sa a se dispozisyon Jewova pran pou nou pwoche kote l nan adorasyon n ap ba li sou baz sakrifis pwopisyatwa Kris Jezi a. Se vre, gran tanp espirityèl la egziste depi premye syèk epòk nou an. Men, vrè adorasyon nan lakou terès tanp lan pral vin pafè. Plizyè milyon adoratè ap sèvi jodi a nan lakou terès tanp espirityèl la. Moun sa yo ansanm ak pakèt moun ki pral resisite yo pral vin pafè pandan Rèy mil an Jezi Kris la. Nan fen mil an yo, se sèl vrè adoratè Bondye yo k ap rete sou tè a lè l pirifye.

7. Ki wòl Jezi jwe anrapò ak fè vrè adorasyon an vin pafè nan epòk pa nou an, e poukisa sa ta dwe ankouraje nou ?

7 Gouvènè Zowobabèl ak gran prèt Yochouwa te wè lè tanp lan fin konstwi an 515 anvan epòk nou an. Zekarya 6:12, 13 te predi wòl Jezi t ap gen pou l jwe nan menm sans lan tou pou l fè vrè adorasyon an vin pafè. Vèsè sa yo di : “ Men sa Jewova Chèf lame yo di : ‘ Men mesye non l rele Boujon an. E nan andwa pa l la li pral boujonnen, e asireman, li pral bati tanp Jewova a. E [...] se li, bò kote pa l, ki pral pote diyite a, e li dwe chita e li dwe domine sou twòn li, li dwe vin yon prèt sou twòn li. ’ ” Piske etan Jezi nan syèl la, li fè wa ki nan liy David yo boujonnen e l ap soutni travay Wayòm nan nan tanp espirityèl la, èske w panse gen moun ki ka kanpe pwogrè travay sa a ? Enposib ! Èske sa pa ta dwe ankouraje nou pou nou kenbe djanm nan ministè nou, pou nou pa kite pwoblèm nou rankontre chak jou nan lavi nou fè nou distrè ?

Priyorite nou yo

8. Poukisa nou dwe bay travay nan tanp espirityèl la premye plas nan lavi nou ?

8 Pou Jewova ka soutni nou e pou li ka beni nou, nou dwe kontinye mete travay nan tanp espirityèl la nan premye plas nan lavi nou. Kontrèman ak Juif yo ki te di “ tan an poko rive ”, nou dwe sonje n ap viv nan “ dènye jou yo ”. (Agayi 1:2 ; 2 Timote 3:1.) Selon sa Jezi te predi, disip fidèl li yo t ap gen pou yo preche bon nouvèl Wayòm nan e pou yo fè disip. Nou dwe veye pou nou pa neglije privilèj sa a nou genyen an. Opozisyon monn nan te lakòz travay predikasyon an ak travay ansèyman an kanpe pandan yon ti tan. Travay sa a te rekòmanse an 1919, men li poko fini nèt. Poutan, ou mèt sèten l ap fin fèt.

9, 10. De ki sa benediksyon Jewova depann, e ki sa sa vle di pou nou ?

9 Plis nou kontinye travay ak tout kè nou, se plis n ap jwenn benediksyon, ni antanke pèp, ni pèsonèlman. Gade yon pwomès Jewova te fè ki ka ban nou asirans. Yonfwa Juif yo te rekòmanse bay yon adorasyon ak tout nanm yo e yo te reprann travay yo nan fondasyon tanp lan ak tout kè yo, Jewova te di : “ Apati jodi a mwen pral bay benediksyon. ” ​(Agayi 2:19). Yo ta gen pou yo rejwenn favè l nèt. Kounye a, gade benediksyon ki nan pwomès Bondye te fè a : “ Pral genyen semans lapè a, pye rezen an li menm pral bay fwi l, tè a li menm pral bay pwodui l e syèl la li menm pral bay lawouze l, e sètènman, mwen pral fè moun ki rete nan pèp sa a eritye tout bagay sa yo. ” — Zekarya 8:9-13.

10 Menm jan Jewova te beni Juif yo nan domèn espirityèl ak nan domèn materyèl, se menm jan an l ap beni nou tou, toutotan nou fè travay li ban nou fè a avèk dilijans e avèk kè kontan. Benediksyon sa yo gen ladan yo lapè nan mitan nou, sekirite, pwosperite ak pwogrè espirityèl. Men, nou kapab gen asirans n ap kontinye jwenn benediksyon Bondye si nou fè travay nou nan tanp espirityèl la nan fason Jewova vle pou l fèt la.

11. Ki jan nou ka analize tèt nou ?

11 Kounye a se lemoman pou nou “ fikse kè nou sou fason n ap aji ”. (Agayi 1:5, 7.) Nou ta dwe pran yon ti tan pou nou analize priyorite nou nan lavi a. Benediksyon Jewova ban nou jodi a depann de kantite efò nou fè pou nou glorifye non l e pou nou pwogrese nan travay nou nan tanp espirityèl li a. Donk, ou ta dwe mande tèt ou : ‘ Èske priyorite m yo chanje ? Ki konparezon mwen ka fè ant zèl mwen gen pou Jewova, pou verite l la e pou travay li a, ak zèl mwen te genyen lè mwen te fèk batize ? Èske sa ki enterese m se chèche gen yon vi ki konfòtab e sa fè mwen bay Jewova ak Wayòm li an mwens atansyon ? Èske krent pou lòm, sètadi pou m ap enkyete m pou sa lòt moun ap panse, yon jan ralanti mwen ? — Revelasyon 2:2-4.

12. Ki sitiyasyon ki te egziste pami Juif yo Agayi 1:6, 9 mete aksan sou li ?

12 Nou pa ta renmen Bondye sispann ban nou benediksyon l ann abondans paske nou ta neglije travay nan glorifye non l. Pa bliye, jan Agayi 1:9 montre sa, Juif ki te retounen Jerizalèm yo, apre yo te fin byen kòmanse, ‘ yo chak yo t ap kouri dèyè pwòp kay yo ’. Se pwòp bezwen yo te genyen chak jou avèk fason yo t ap viv ki te nan lespri yo sèlman. Pakonsekan, se yon “ tikras [yo te] ranmase ”, te gen yon rate bon manje, yon rate bagay pou bwè ak rad ki pou kenbe yo cho (Agayi 1:6). Jewova te retire benediksyon l sou yo. Èske gen yon leson nou ka tire nan sa ?

13, 14. Ki jan nou ka aplike leson nou jwenn nan Agayi 1:6, 9 la, e poukisa sa enpòtan ?

13 Èske w pa dakò si nou vle kontinye jwi benediksyon Bondye yo, nou dwe reziste devan tandans pou n ap chèche avantaj pou tèt nou, pandan nou neglije adorasyon n ap bay Jewova a ? Nou dwe fè sa, si aktivite oswa sa ki enterese nou k ap detounen atansyon nou an se chèche richès, oubyen rantre nan aktivite nou panse ki ka fè nou rich vit, oubyen gwo pwojè pou nou fè gwo etid dekwa pou nou gen yon bèl karyè nan sistèm sa a, oswa angaje nou nan pwogram k ap pèmèt nou devlope kapasite nou omaksimòm.

14 Bagay sa yo gendwa pa mal an yo menm. Men, èske w pa wè parapò ak lavi etènèl, bagay sa yo se “ zèv ki mouri ” yo ye toutbonvre (Ebre 9:14) ? Nan ki sans ? Yo mouri nan yon sans espirityèl, sa vle di yo san valè, e yo pa pwodui fwi. Si yon moun pèsiste nan zèv konsa, sa ka mennen l nan lanmò nan domèn espirityèl. Sa te rive kèk kretyen wen nan epòk apot yo te sou tè a (Filipyen 3:17-19). Sa rive kèk moun nan epòk pa nou an. Petèt, ou ka konnen kèk moun ki ofiramezi te devye kite aktivite espirityèl yo ak kongregasyon an, e kounye a yo pa bay okenn siy ki montre yo ta renmen tounen vin sèvi Jewova. Nou espere toutbonvre y ap tounen vin jwenn Jewova, men an reyalite, depi yon moun pousuiv “ zèv ki mouri ” sa ka fè l pèdi favè Jewova ak benediksyon li. Ou wè nan ki sitiyasyon tris yon moun ka tonbe ? Sa ka fè moun nan pèdi lajwa ak lapè lespri Bondye bay la. Epi imajine ki gwo pèt sa t ap ye pou yon moun pa ka benefisye bonjan relasyon ki egziste nan fanmi nou fòme antanke kretyen an ! — Galat 1:6 ; 5:7, 13, 22-24.

15. Ki jan Agayi 2:14 montre enpòtans adorasyon n ap bay la ?

15 Se yon bagay ki enpòtan anpil. Agayi 2:14 montre ki jan Jewova te konsidere Juif ki te neglije mezon li a, mezon kote yo t ap ba l adorasyon an, pou yo te ka dekore pwòp kay pa yo, kit se te literalman, kit se te nan lespri yo. Men sa l di : “ ‘ Se konsa pèp sa a ye, e se konsa nasyon sa a ye devan mwen, ’ se sa Jewova Chèf lame yo deklare, ‘ e se konsa tout travay yo fè ak men yo ye, e kèlkeswa sa yo prezante la a. Li pa pwòp. ’ ” Kèlkeswa sakrifis pou lafòm Juif ki te gen de kè yo te ka ofri sou lotèl tanporè ki te nan Jerizalèm nan, yo pa t akseptab, toutotan yo t ap neglije vrè adorasyon an. — Ezra 3:3.

Nou gen garanti n ap jwenn sipò

16. Sou baz vizyon Zekarya te resevwa yo, ki asirans Juif yo te genyen ?

16 Juif obeyisan ki te travay nan rekonstriksyon tanp Bondye a te gen asirans yo t ap jwenn sipò Bondye, jan li te fè konn sa nan yon seri uit vizyon Zekarya te resevwa. Premye vizyon an te bay garanti tanp lan t ap fin konstwi e t ap gen pwosperite nan Jerizalèm ak nan Jida, toutotan Juif yo ta kontinye fè travay yo te gen pou yo fè a avèk obeyisans (Zekarya 1:8-17). Dezyèm nan te pwomèt eliminasyon tout gouvènman ki te opoze ak vrè adorasyon an (Zekarya 1:18-21). Lòt vizyon yo te bay asirans sa yo : travay konstriksyon an t ap jwenn pwoteksyon Bondye, yon pakèt moun ki sot nan anpil nasyon ta va vini nan mezon kote y ap adore Jewova a lè l fin konstwi, yo t ap gen bonjan lapè ak sekirite, obstak pou travay Bondye a ki parèt enposib pou moun venk yo t ap disparèt, mechanste t ap disparèt, e zanj yo t ap gen pou voye je sou travay la e yo t ap bay pwoteksyon yo (Zekarya 2:5, 11 ; 3:10 ; 4:7 ; 5:6-11 ; 6:1-8). Ou ka konprann poukisa, apre moun ki fidèl yo te fin jwenn garanti Bondye t ap soutni yo, yo te ajiste fason yo t ap viv e yo te konsantre atansyon yo sou travay Bondye te libere yo pou y al fè a.

17. Ki kesyon nou ta dwe poze tèt nou anrapò ak garanti nou genyen an ?

17 Se menm jan an, lefètke nou gen garanti vrè adorasyon an ap gen laviktwa san mank, sa ta dwe pouse nou gen plis aktivite e sa ta dwe motive nou pou nou reflechi seryezman sou mezon kote nou bay Jewova adorasyon an. Mande tèt ou : ‘ Si mwen kwè kounye a se lemoman pou nou fè travay predikasyon bon nouvèl Wayòm nan e pou nou fè disip, èske objektif mwen fikse yo ak fason m ap viv ann amoni ak konviksyon mwen ? Èske mwen pase yon kantite tan ki apwopriye ap etidye Pawòl pwofetik Bondye a ? Èske mwen konsidere li enpòtan pou mwen ? Èske m pale de li avèk moun ki kretyen menm jan avèk mwen e ak lòt moun mwen rankontre ? ’

18. Ann amoni ak Zekarya chapit 14, ki sa ki gen pou rive ?

18 Zekarya te fè referans ak destriksyon Gran Babilòn nan, e ak lagè Amagedòn ki t ap vin apre l. Men sa nou li : “ E sa dwe vin yon jou moun konnen ki pou Jewova. Li pap lajounen ni nonplis li pap lannuit, e sa dwe rive pandan l lannuit ap gen limyè. ” Wi, jou Jewova a se pral vrèman yon jou fènwa, yon jou frèt pou lènmi l yo ki sou tè a. Poutan, pou adoratè fidèl Jewova yo, li pral vle di limyè ak favè san rete. Anplis, Zekarya dekri ki jan tout bagay nan monn nouvo a pral pwoklame sentete Jewova. Vrè adorasyon an nan gran tanp espirityèl Bondye a pral vin sèl fòm adorasyon k ap gen sou tè a (Zekarya 14:7, 16-19). Ala yon bèl garanti ! Nou pral wè akonplisman sa ki te predi a e nou pral wè jistifikasyon souvrènte Jewova. Ala yon jou san parèy jou Jewova a pral ye !

Benediksyon etènèl n ap jwenn

19, 20. Poukisa w twouve Zekarya 14:8, 9 ankourajan ?

19 Apre kokennchenn akonplisman sa a, Satan ak demon l yo pral fèmen nan yon abim kote yo pap gen okenn aktivite (Revelasyon 20:1-3, 7). Lè sa a, benediksyon pral vide pandan Rèy mil an Kris la. Men sa Zekarya 14:8, 9 di : “ Li dwe rive nan jou sa a dlo lavi a pral koule soti Jerizalèm, mwatye pral nan lanmè oryantal e mwatye pral nan lanmè oksidantal. Sa pral rive ni ann ete ni ann ivè. E, Jewova dwe vin wa sou tout latè. Wi, nan jou sa a, Jewova ap yon sèl e non li ap yon sèl. ”

20 “ Dlo lavi a ”, oubyen ankò “ gwo larivyè dlo lavi ” a, ki reprezante dispozisyon Jewova pran anrapò ak lavi, pral koule san rete sot anba twòn Wayòm mesyanik la (Revelasyon 22:1, 2). Yon gwo foul adoratè Jewova, k ap chape nan Amagedòn, pral benefisye dispozisyon sa a lè yo libere anba kondanasyon amò Adan lakòz la. Menm moun ki deja mouri yo pral benefisye li pa mwayen rezirèksyon. Konsa, yon nouvo faz nan dominasyon Jewova sou tè a pral kòmanse. Sou tout tè a, lèzòm pral rekonèt Jewova kòm Souvren linivè, li menm sèl ki merite adorasyon.

21. Ki rezolisyon nou ta dwe pran ?

21 Sou baz tout sa Agayi ak Zekarya te predi e sou baz tout sa ki te akonpli, nou gen bonjan rezon pou nou pwogrese nan travay Bondye ban nou fè nan lakou tanp espirityèl li a. Annou tout kontinye fè efò pou nou mete enterè Wayòm nan nan premye plas annatandan vrè adorasyon an vin pafè. Men ki ankourajman nou jwenn nan Zekarya 8:9 : “ Se pou men nou fòtifye, nou menm nan jou sa yo k ap tande pawòl sa yo ki soti nan bouch pwofèt yo. ”

Èske nou sonje ?

• Ki konparezon istorik liv Agayi a ak liv Zekarya a fè ki enpòtan jodi a ?

• Ki leson Agayi ak Zekarya ban nou konsènan priyorite nou yo ?

• Poukisa lè nou egzamine liv Agayi a ak liv Zekarya a, sa ban nou rezon pou nou wè lavni avèk konfyans ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 14]

Agayi ak Zekarya te ankouraje Juif yo pou yo travay ak tout nanm yo e konsa yo t ap resevwa benediksyon.

[Foto nan paj 15]

Èske w ‘ ap kouri dèyè pwòp kay ou ’ ?

[Foto nan paj 16]

Jewova te pwomèt yon benediksyon, e li bay li.