Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w prepare pou w sove ?

Èske w prepare pou w sove ?

Èske w prepare pou w sove ?

“ Antre nan lach la, ou menm ak tout moun lakay ou, paske nan jenerasyon sa a, se ou menm mwen wè ki jis devan m. ” — JENÈZ 7:1.

1. Ki dispozisyon pou moun sove Jewova te pran nan epòk Noye a ?

NAN epòk Noye a, Jewova “ te fè yon delij vini sou yon monn ki chaje ak moun ki pa gen respè pou Bondye ”, men anmenmtan tou, li te pran dispozisyon pou moun sove (2 Pyè 2:5). Vrè Dye a te bay Noye, yon nonm jis, enstriksyon detaye sou fason pou l konstwi yon lach pou prezève lavi pandan yon delij ki t ap gen pou kouvri tout tè a (Jenèz 6:14-16). Jan nou ta ka atann pou yon sèvitè fidèl Jewova fè, “ Noye te vin ap fè selon tout sa Bondye te òdone l fè. ” Wi, se “ konsa l te fè egzakteman ”. Nan yon sans, se grasa obeyisans Noye nou gen lavi jodi a. — Jenèz 6:22.

2, 3. a) Ki jan moun ki t ap viv nan epòk Noye yo te reyaji fas ak aktivite l la ? b) Ki konfyans Noye te genyen lè li te rantre nan lach la ?

2 Konstwi lach la se pa t yon bagay fasil. Li trè pwobab pou anpil moun te enpresyone devan travay Noye ak fanmi l t ap fè a. Poutan, sa pa t ase pou konvenk yo yo dwe rantre nan lach la pou yo sove. Alafen, pasyans Bondye ak monn mechan sa a te vin bout. — Jenèz 6:3 ; 1 Pyè 3:20.

3 Apre Noye ak fanmi l fin pase plizyè dizèn ane ap travay di, Jewova di Noye : “ Antre nan lach la, ou menm ak tout moun lakay ou, paske nan jenerasyon sa a, se ou menm mwen wè ki jis devan m. ” Avèk lafwa e avèk konfyans nan pawòl Jewova, “ Noye antre [...], e pitit gason l yo ak madanm li ak madanm pitit gason l yo te ansanm avè l ”. Jewova fèmen pòt la yon fason pou l pwoteje sèvitè l yo. Lè delij la te rive sou tè a, lach la te tounen mwayen fyab Jewova te itilize pou l sove moun. — Jenèz 7:1, 7, 10, 16.

Konparezon ant epòk pa nou an ak epòk Noye a

4, 5. a) Ak ki sa Jezi te konpare prezans li a ? b) Ki sa k fè epòk Noye a konparab ak epòk pa nou an ?

4 “ Menm jan jou Noye yo te ye a, se konsa prezans Pitit Gason lòm nan ap ye. ” ​(Matye 24:37). Se ak pawòl sa yo Jezi te fè konnen prezans envizib li a t ava sanble ak epòk Noye a, e se konsa sa ye vre. Patikilyèman depi 1919, y ap deklare yon mesaj avètisman ki menm jan ak mesaj Noye a bay moun ki sot nan tout nasyon. An jeneral, yo reyaji menm jan ak moun nan epòk Noye yo.

5 Pa mwayen delij la, Jewova te aji kont yon monn ki “ plen ak vyolans ”. (Jenèz 6:13.) Tout moun te ka wè aklè Noye ak fanmi l pa t patisipe nan vyolans sa a, men depreferans yo te byen pezib toutpandan yo t ap kontinye fè travay konstriksyon lach la. Se menm bagay la nan epòk pa nou an. Jodi a, moun ki sensè yo ka “ wè diferans ki genyen ant yon jis ak yon mechan, ant moun k ap sèvi Bondye ak moun ki pa t sèvi l ”. (Malaki 3:18.) Moun ki pa gen prejije k ap obsève, admire onètete Temwen Jewova yo, bonte yo, fason pezib yo ye ak dilijans yo demontre, e kalite sa yo pèmèt yo distenge pèp Bondye a ak moun nan monn nan an jeneral. Temwen Jewova yo rejte vyolans sou tout fòm e yo kite lespri Jewova gide yo. Se sa k fè yo gen lapè kòm benediksyon, e se pou rezon sa a tou y ap pousuiv yon chemen jistis. — Izayi 60:17.

6, 7. a) Ki sa moun nan epòk Noye yo pa t reyalize, e nan ki sans se menm bagay la jodi a ? b) Ki egzanp ki montre jeneralman yo rekonèt Temwen Jewova yo kòm moun ki diferan ?

6 Moun ki t ap viv nan epòk Noye yo pa t reyalize Noye te gen sipò Bondye, ni yo pa t reyalize se te Bondye ki t ap dirije l. Se sa k fè, yo pa t pran predikasyon l lan oserye e yo pa t aji ann amoni ak mesaj avètisman li t ap bay la. E kòman sa ye jodi a ? Malgre anpil moun enpresyone devan travay Temwen Jewova yo ap fè ansanm ak konduit yo genyen, pifò nan yo pa pran ni bon nouvèl la ni avètisman ki nan Bib la oserye. Vwazen nou, patwon nou, oswa fanmi nou ka ap fè elòj pou bèl kalite vrè kretyen yo genyen, men yo ka ap di avèk regrè : “ Domaj yo se Temwen Jewova ! ” Sa moun sa yo pa wè, sèke Temwen yo manifeste kalite tankou lanmou, lapè, bonte, byenveyans, dousè ak metriz paske se lespri sen Bondye k ap dirije yo (Galat 5:22-25). E sa ta dwe fè moun yo kwè nan mesaj y ap preche a.

7 Nan peyi Larisi pa egzanp, Temwen Jewova yo t ap konstwi yon Sal Wayòm. Gen yon mesye k ap pase ki fè yon ti kanpe pou l pale ak youn nan travayè yo, e men sa l te di : “ Ala yon chantye etranj, pa gen ni moun k ap fimen, ni moun k ap di vye pawòl, ni moun ki sou ! Èske paraza nou se Temwen Jewova ? ” Travayè a mande l : “ Si mwen ta di w non, èske w t ap kwè m ? ” Mesye a reponn byen vit : “ Pa vrèman. ” Nan yon lòt vil nan peyi Larisi, majistra vil la te enpresyone anpil lè li te wè Temwen yo ki t ap konstwi yon nouvo Sal Wayòm. Li di anvan sa li te konsidere tout gwoupman relijye yo se menm, men apre li te fin wè Temwen Jewova yo k ap depanse yo nan travay la ak tout kè yo, li te sispann panse sa. Sa yo se de egzanp ki montre pèp Jewova a diferan ak moun ki pa aksepte prensip biblik yo.

8. Pou nou sove nan fen monn mechan sa a, de ki sa sa depann ?

8 Pandan dènye jou “ monn ansyen ” ki te detwi nan delij la, Noye te vin yon “ nonm ki t ap preche sa ki jis ” avèk fidelite (2 Pyè 2:5). Nan dènye jou sistèm de choz sa a, pèp Jewova a ap fè moun yo konnen prensip Bondye yo ki jis e y ap deklare bon nouvèl konsènan posiblite pou moun sove e pou yo antre nan monn nouvo a (2 Pyè 3:9-13). Menm jan Noye ak fanmi l ki te gen krent pou Bondye te pwoteje grasa lach la, pou yon moun ka sove jodi a li bezwen gen lafwa e li bezwen rete atache fidèlman avèk pati terès òganizasyon inivèsèl Jewova genyen an.

Lafwa endispansab pou nou sove

9, 10. Poukisa lafwa se yon bagay ki esansyèl si nou vle sove lè sistèm de choz Satan an pral detwi ?

9 Ki sa yon moun dwe fè si l vle sove nan destriksyon ki prèt pou rive sou monn sa a ki anba pouvwa Satan an (1 Jan 5:19) ? Toudabò, li dwe rekonèt li bezwen pwoteksyon. Apre sa, li dwe aksepte pwoteksyon sa a. Moun ki t ap viv nan epòk Noye yo te kontinye viv nòmalman chak jou, jan yo te toujou konn fè sa anvan, e yo pa t wè nesesite pou yo te chèche jwenn pwoteksyon fas ak kalamite ki te prèt pou rive a. Gen yon lòt bagay yo pa t genyen : lafwa nan Bondye.

10 Kontrèman ak moun sa yo, Noye ak fanmi l te rekonèt yo te bezwen pwoteksyon ak delivrans. Anplis, yo te egzèse lafwa nan Jewova Dye, Souvren linivè a. Men sa apot Pòl te ekri : “ San lafwa li enposib pou nou fè [Jewova] plezi kòmsadwa, paske moun k ap pwoche bò kote Bondye dwe kwè li la, e li tounen sila a ki rekonpanse moun k ap chèche l toutbonvre. ” Men sa li ajoute : “ Grasa lafwa, Noye, apre Bondye fin avèti l konsènan bagay moun potko wè, te demontre li gen krent pou Bondye epi li te konstwi yon lach pou sove moun lakay li. E grasa lafwa sa a, li te kondane monn nan, e li te vin yon eritye lajistis ki ann akò ak lafwa. ” — Ebre 11:6, 7.

11. Ki sa nou ka aprann nan fason Jewova te bay pwoteksyon nan tan lontan ?

11 Pou nou sove lè sistèm de choz mechan ki la jodi a pral detwi, nou dwe fè plis pase annik kwè li pral detwi. Nou dwe egzèse lafwa nan dispozisyon Bondye pran pou nou sove, e nou dwe tire pwofi nan dispozisyon sa yo. Natirèlman, nou dwe egzèse lafwa nan sakrifis ranson Jezi Kris la (Jan 3:16, 36). Sepandan, nou ta dwe sonje se moun ki te anndan lach Noye a sèlman ki te sove lè delij la. Nan menm sans lan tou, nan Izrayèl tan lontan an, vil refij yo te pèmèt moun ki te komèt krim san yo pa t fè espre yo jwenn pwoteksyon, akondisyon yo kouri antre anndan vil sa yo e yo rete la jiskaske gran prèt la mouri (Nonb 35:11-32). Nan dizyèm plè ki te tonbe sou peyi Ejip nan epòk Moyiz la, premye pitit Ejipsyen yo te mouri, tandiske premye pitit Izrayelit yo te epaye. Kòman sa te fè rive ? Jewova te bay Moyiz enstriksyon sa a : “ Yo [Izrayelit yo] dwe pran enpe nan san an [san mouton Pak la] e yo dwe pase l sou de montan pòt kay kote yo pral manje l la e sou pati ki anlè tèt pòt la. [...] E okenn nan nou pa dwe soti nan antre kay li jis nan maten. ” ​(Egzòd 12:7, 22). Ki premye pitit pami Izrayelit yo ki te ka oze rejte enstriksyon sa a Bondye bay la pou l ta soti anndan yon kay ki make ak san sou de montan pòt la e sou pati ki anlè tèt pòt kay la ?

12. Ki kesyon nou chak nou dwe poze tèt nou, e poukisa ?

12 Sa ban nou rezon pou nou reflechi seryezman sou sitiyasyon pa nou. Èske vrèman nou anndan dispozisyon Jewova pran pou pwoteksyon espirityèl nou ? Lè gwo tribilasyon an frape, moun ki te chèche pwoteksyon sa a, lajwa ak rekonesans pral fè yo kriye. Tandiske lòt moun yo pral kriye akoz yo regrèt e akoz y ap soufri.

Ajisteman ki fèt ofiramezi yo prepare nou

13. a) Pou ki rezon yo te vin fè kèk ajisteman nan domèn òganizasyon ? b) Bay esplikasyon sou kèk ajisteman ki te fèt ofiramezi.

13 Jewova fè ajisteman ofiramezi nan pati terès òganizasyon l lan. Ajisteman sa yo fè dispozisyon ki la pou pwoteksyon espirityèl nou yo vin pi bèl, pi djanm, e yo ba yo plis fòs. Soti nan ane 1870 rive nan ane 1932, se vote manm kongregasyon yo te konn vote pou nome ansyen yo ak dyak yo. An 1932, kongregasyon an te vote yon komite sèvis pou ranplase ansyen yo te vote yo, e komite sa a te la pou ede yon direktè sèvis yo te nome. Nan ane 1938, yo te vin pran dispozisyon pou yo nome tout sèvitè ki nan kongregasyon an yon fason teyokratik. Depi ane 1972, se rekòmandasyon yo fè, e si yo apwouve rekòmandasyon sa yo, kongregasyon yo resevwa lèt nominasyon ansyen yo ak asistan ministeryèl yo ki fèt yon fason teyokratik, e tout sa fèt sou sipèvizyon Kolèj santral la. Ofiramezi ane ap pase, travay Kolèj santral la vin ogmante, e yo fè kèk ajisteman yon fason pou travay la ka pi fasil.

14. Ki pwogram fòmasyon ki te kòmanse an 1959 ?

14 An 1950, yo te egzamine Sòm 45:16 avèk swen e sa te vin debouche sou yon pwogram fòmasyon ki kontinye jis jodi a. Men sa nou jwenn nan vèsè sa a : “ Nan plas zansèt ou yo se pral pitit ou yo, yo menm ou pral etabli kòm prens sou tout tè a. ” Ansyen yo ki pran latèt jodi a nan kongregasyon yo jwenn fòmasyon pou yo akonpli responsablite teyokratik yo genyen depi kounye a ak sa yo pral genyen apre Amagedòn (Revelasyon 16:14, 16). Lekòl ministè Wayòm nan te kòmanse an 1959. Lè sa a, yo te konn fè yon kou ki dire yon mwa pou sèvitè kongregasyon yo sèlman, se konsa yo te konn rele siveyan prezidan yo alepòk. Kounye a, yo fè lekòl sa a pou bay tout ansyen yo ak tout asistan ministeryèl yo fòmasyon. Apre sa, frè sa yo pran inisyativ pou yo fòme Temwen Jewova ki nan kongregasyon pa yo. Konsa, tout moun jwenn sipò nan domèn espirityèl e yo jwenn èd pou yo vin pi efikas nan ministè yo antanke pwoklamatè bon nouvèl Wayòm nan. — Mak 13:10.

15. Site de fason kongregasyon kretyen an rete pwòp.

15 Moun ki vle fè pati kongregasyon kretyen an dwe ranpli kèk kondisyon. Li toutafè nòmal pou mokè yo nan epòk pa nou an pa ka rantre ladan l, menm jan mokè yo pa t ka antre nan lach Noye a (2 Pyè 3:3-7). Depi 1952 an patikilye, Temwen Jewova yo vin pi byen soutni dispozisyon ki pèmèt yo pwoteje kongregasyon an lè yo eskominye pechè ki pa repanti yo. Natirèlman, lè yon moun ki te fè yon bagay ki mal repanti toutbon, li jwenn èd ki plen lanmou pou l ‘ rann chemen yo dwat pou pye l ’. — Ebre 12:12, 13 ; Pwovèb 28:13 ; Galat 6:1.

16. Nan ki kondisyon espirityèl pèp Jewova a ye ?

16 Pwosperite espirityèl ki egziste nan mitan pèp Jewova a pa ta dwe etone nou e se pa yon aza ki fè li egziste. Men sa Jewova te di pa mwayen pwofèt Izayi : “ Gade ! Sèvitè m yo ap manje, men nou menm, n ap ret grangou. Gade ! Sèvitè m yo ap bwè, men nou menm, n ap ret swaf. Gade ! Sèvitè m yo ap rejwi, men nou menm, n ap santi nou wont. Gade ! Sèvitè m yo ap pouse kri kè kontan akoz bon kondisyon kè a, men nou menm, n ap rele akoz lapenn ki nan kè a e n ap wouke akoz lespri a ki kraze. ” ​(Izayi 65:13, 14). Jewova pa sispann ban nou manje espirityèl ann abondans, manje ki vin atan ki bay lasante ak fòs nan domèn espirityèl. — Matye 24:45.

Prepare w pou w sove

17. Ki sa ki pral ede nou prepare pou nou sove ?

17 Jodi a, plis pase nenpòt lòt lè, se lemoman pou nou “ voye je youn sou lòt, pou youn pouse lòt gen lanmou, pou youn pouse lòt fè bèl aksyon, san nou pa abandone reyinyon nou, jan se abitid kèk moun, men annou ankouraje nou youn lòt ”. (Ebre 10:23-25.) Lefètke nou rete pwòch kongregasyon nou ki fè pati 98 000 kongregasyon Temwen Jewova ki genyen yo, e lefètke nou rete aktif ladan l, sa pral ede nou pou nou prepare pou nou sove. N ap gen sipò kretyen parèy nou etan n ap fè efò pou nou demontre “ nouvo pèsonalite a ” e etan n ap fè efò ak tout kè nou pou nou ede lòt moun aprann konnen dispozisyon Jewova pran pou nou sove. — Efezyen 4:22-24 ; Kolosyen 3:9, 10 ; 1 Timote 4:16.

18. Poukisa nou detèmine pou nou rete pwòch kongregasyon kretyen an ?

18 Satan ak monn mechan l lan anvi rale nou soti nan kongregasyon kretyen an ak tout fòs. Sepandan, nou ka kontinye rete ladan l e nou ka sove anba destriksyon sistèm de choz mechan ki la jodi a. Se pou lanmou nou pou Jewova ak rekonesans nou pou dispozisyon li pran yo ki plen lanmou pouse nou pou nou pi detèmine toujou pou nou rann efò Satan yo nil. Lè nou medite sou benediksyon nou jwenn jodi a, sa ap ranfòse detèminasyon nou. Nou pral pale sou kèk nan benediksyon sa yo nan atik ki vin apre a.

Ki jan nou ta reponn ?

• Ki konparezon ki genyen ant epòk pa nou an ak epòk Noye a ?

• Ki kalite nou bezwen genyen pou nou sove ?

• Ki ajisteman ki te fèt ofiramezi ki ranfòse dispozisyon Jewova pran pou pwoteksyon nou ?

• Ki jan pèsonèlman nou ka prepare pou nou sove ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 12]

Moun nan epòk Noye yo pa t pran Noye oserye.

[Foto nan paj 13]

Sa vo lapèn pou nou pran mesaj avètisman Bondye yo oserye.

[Foto nan paj 14]

Nan ki objektif yo òganize Lekòl ministè Wayòm nan ?

[Foto nan paj 15]

Kounye a se moman pou nou rete pwòch kongregasyon kretyen an.