Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

‘ Annou chwazi lavi pou nou rete an vi ’

‘ Annou chwazi lavi pou nou rete an vi ’

‘ Annou chwazi lavi pou nou rete an vi ’

“ Mwen mete devan w lavi ak lanmò, benediksyon ak malediksyon, e ou dwe chwazi lavi pou w ka rete an vi. ” — DETEWONÒM 30:19.

1, 2. Nan ki sans lòm te kreye pòtre ak Bondye ?

“ ANNOU fè lòm pòtre ak nou, pou li sanble ak nou. ” Sa a se deklarasyon Bondye ki rapòte nan premye chapit nan Bib la. Anrapò ak sa a, selon sa Jenèz 1:26, 27 rapòte, “ Bondye te pran kreye lòm pòtre ak li, se pòtre ak Bondye li te kreye l ”. Donk, premye moun nan te diferan ak tout lòt kreyasyon ki sou tè a. Li te sanble Kreyatè li, e menm jan ak Bondye, li te gen kapasite pou l rezone, pou l manifeste lanmou, jistis, sajès ak pisans. Li te gen yon konsyans pou ede l pran desizyon ki t ap pwofitab pou li e ki t ap fè Papa l ki nan syèl la plezi (Women 2:15). Orezime, Adan te gen libète pou l deside. Pandan Jewova ap gade pitit gason terès li sot fè a, li eksprime satisfaksyon li pou travay li fè ak men li, lè l di : “ Gade ! [li] bon nèt. ” — Jenèz 1:31 ; Sòm 95:6.

2 Antanke desandan Adan, nou menm tou nou fèt pòtre ak Bondye, nou sanble ak li. Sepandan, èske efektivman nou gen chwa nan sa n ap fè ? Byenke Jewova gen kapasite pou l konnen davans sa k pral rive, li pa detèmine alavans aksyon nou chak ak rezilta final aksyon sa yo ap pote. Li pa janm kite se desten ki dirije pitit li yo sou tè a. Se sa k fè, li bon pou nou konprann enpòtans pou nou byen sèvi ak libète nou genyen pou nou fè chwa ki kòrèk. Men toudabò, pou ede nou fè sa, annou tire yon leson nan sa ki te rive nasyon Izrayèl la. — Women 15:4.

Izrayelit yo te gen libète pou yo chwazi

3. Ki premye kòmandman ki nan Dis Kòmandman yo, e ki jan Izrayelit fidèl yo te chwazi obeyi l ?

3 Men sa Jewova te di Izrayelit yo : “ Mwen se Jewova Bondye w, ki te fè w soti nan peyi Ejip, nan kay esklav yo. ” ​(Detewonòm 5:6). An 1513 anvan epòk nou an, nasyon Izrayèl la te viv yon delivrans nan esklavaj ann Ejip pa mwayen mirak, e se sa k fè yo pa t gen okenn rezon pou yo gen dout sou pawòl sa yo. Nan premye kòmandman ki fè pati Dis Kòmandman yo, men sa Jewova te deklare pa mwayen pòtpawòl li Moyiz : “ Ou pa dwe gen okenn lòt dye devan fas mwen. ” ​(Egzòd 20:1, 3). Nan okazyon sa a, nasyon Izrayèl la te chwazi obeyi. Volontèman, yo te bay Jewova yon atachman san pataj. — Egzòd 20:5 ; Nonb 25:11.

4. a) Ki chwa Moyiz te mete devan Izrayèl ? b) Ki chwa nou gen jodi a ?

4 Anviwon 40 an apre, Moyiz te raple yon lòt jenerasyon Izrayelit chwa yo gen devan yo. Men sa li te deklare avèk fòs : “ Mwen pran syèl la ak tè a kòm temwen kont nou, mwen mete devan w lavi ak lanmò, benediksyon ak malediksyon, e ou dwe chwazi lavi pou w ka rete an vi, ou menm ak desandans ou. ” ​(Detewonòm 30:19). Menm jan an tou jodi a, nou kapab chwazi. Wi, nou ka chwazi sèvi Jewova fidèlman pou nou gen lavi etènèl, oswa nou ka chwazi dezobeyi l epi n ap sibi konsekans chwa nou fè a. Annou konsidere de egzanp kote moun yo te fè chwa ki diferan.

5, 6. Ki chwa Jozye te fè, e ki rezilta sa te bay ?

5 An 1473 anvan epòk nou an, Jozye te kondui Izrayelit yo nan Latè pwomiz. Men sa Jozye te di tout nasyon an nan yon egzòtasyon pisan li te fè anvan l mouri : “ Kounye a, si sa mal nan je nou pou nou sèvi Jewova, chwazi pou nou menm jodi a kiyès n ap sèvi, si se dye zansèt nou yo ki te lòt bò Flèv la te konn sèvi yo, oswa dye Amorit yo nou abite nan peyi yo a. ” Annapre li pale pou fanmi l, li di : “ Kanta pou mwen menm ak moun lakay mwen, nou pral sèvi Jewova. ” — Jozye 24:15.

6 Anvan sa, Jewova te ankouraje Jozye pou l mete kouraj sou li e pou l djanm. Li te ba l enstriksyon pou l pa sispann obeyi Lwa Bondye a. Okontrè, Jozye ta dwe li liv Lalwa a tou ba lajounen kou lannuit, dekwa pou l fè chemen l yo reyisi (Jozye 1:7, 8). Jozye te fè sa, e chwa li a te pote benediksyon. Men sa Jozye te deklare : “ Nan tout bèl pwomès Jewova te fè mezon Izrayèl la, pa gen youn nan yo ki echwe, tout nèt te reyalize. ” — Jozye 21:45.

7. Nan epòk Izayi a, ki chwa kèk Izrayelit te fè, e ki konsekans sa te genyen ?

7 Yon lòt bò, annou konsidere sitiyasyon Izrayèl anviwon 700 an apre. Nan moman sa a, anpil Izrayelit t ap obsève koutim payen. Pa egzanp, dènye jou nan ane a, moun yo te konn rasanble toutotou yon tab ki gani ak tout kalite bon manje ak diven dous. Se pa t yon senp reyinyon familyal. Se te yon seremoni relijye ki t ap onore de dye payen. Pwofèt Izayi te rapòte pwennvi Bondye sou enfidelite sa a, men sa li te di : “ Men nou menm, nou se moun ki kite Jewova, moun ki bliye montay sakre mwen an, moun ki ranje yon tab pou dye Chans lan, e ki ranpli diven melanje pou dye Desten an. ” Yo te kwè rekòt ane a pa depann de benediksyon Jewova, men de preferans li depann de apwobasyon “ dye Chans ” ak “ dye Desten ”. Sepandan, rebelyon yo a ak chwa sa a yo te fè volontèman te detèmine an reyalite sa ki t apral rive yo. Jewova te deklare : “ Mwen pral destine nou pou epe, e nou tout pral koube nou pou yo masakre nou, poutèt mwen te rele, men nou pa t reponn, mwen te pale, men nou pa t koute, e nou te kontinye fè sa ki mal nan je m, e nou te chwazi bagay mwen pa pran plezi ladan l lan. ” ​(Izayi 65:11, 12). Move chwa yo te fè a te fè yo sibi destriksyon, e dye Desten ak dye Chans pa t gen pisans pou anpeche sa fèt.

Annou fè chwa ki kòrèk la

8. Selon Detewonòm 30:20, ki sa fè chwa ki kòrèk la enplike ?

8 Lè Moyiz te egzòte Izrayèl pou l chwazi lavi, li te mansyone twa fason li ta dwe fè sa : “ Lè w renmen Jewova Bondye w la, lè w koute vwa li e lè w rete atache ak li. ” ​(Detewonòm 30:20). Annou egzamine chak fason sa yo dekwa pou nou fè chwa ki kòrèk la.

9. Ki jan nou ka demontre lanmou nou pou Jewova ?

9 Lè nou renmen Jewova Bondye nou an : Nou chwazi sèvi Jewova paske nou renmen l. Lè nou teni kont de avètisman nou jwenn nan egzanp pèp Izrayèl la, n ap reziste devan tout tantasyon pou nou komèt imoralite e nou evite viv fason ki ka fè nou tonbe nan pyèj materyalis ki gen nan monn nan (1 Korentyen 10:11 ; 1 Timote 6:6-10). Nou atache ak Jewova e nou obeyi règ li yo (Jozye 23:8 ; Sòm 119:5, 8). Anvan Izrayelit yo te antre nan Latè pwomiz, Moyiz te ba yo egzòtasyon sa a : “ Gade, mwen anseye nou règ ak desizyon jidisyè, jan Jewova Bondye m nan kòmande m, pou nou fè fason sa a nan mitan peyi nou pral pran posesyon l lan. E nou dwe kenbe yo e nou dwe pratike yo, paske se sajès lakay nou ak konpreyansyon lakay nou devan je pèp yo ki pral tande pale de tout règ sa yo. ” ​(Detewonòm 4:5, 6). Kounye a, se moman pou nou demontre lanmou pou Jewova, lè nou mete volonte l an premye nan lavi nou. Se sèten n ap jwenn benediksyon si nou chwazi fè sa. — Matye 6:33.

10-12. Lè nou konsidere sa k te rive nan jou Noye yo, ki leson nou aprann ?

10 Lè nou koute vwa Bondye : Noye se te “ yon nonm ki t ap preche sa ki jis ”. (2 Pyè 2:5.) Prèske tout moun ki t ap viv anvan delij la t ap okipe afè yo e “ yo pa t teni kont ” de avètisman Noye t ap bay yo. Ki konsekans sa te genyen ? “ Delij la vini e li pote yo tout ale. ” Selon avètisman Jezi te bay, se t ap menm bagay la nan epòk pa nou an, sètadi pandan “ prezans Pitit Gason lòm nan ”. Sa k te pase nan epòk Noye a sèvi kòm yon avètisman solid pou moun yo jodi a ki chwazi pa obeyi mesaj Bondye a. — Matye 24:39.

11 Moun ki pa pran avètisman Bondye yo oserye, avètisman sèvitè l yo nan epòk pa nou an ap anonse yo, ta dwe rann yo kont ki rezilta sa bay lè yo pa koute avètisman sa yo. Konsènan mokè sa yo, men sa apot Pyè te di : “ Selon dezi pa yo, gen yon bagay ki echape yo : te gen syèl nan tan lontan ak yon tè byen fèm ki te soti anba dlo e ki te nan mitan dlo grasa pawòl Bondye a, e pa mwayen bagay sa yo, monn nan epòk sa a te detwi lè delij dlo a te kouvri l. Men, selon menm pawòl la, syèl ak tè ki la kounye a, yo mete yo la pou dife e yo rezève yo pou jou jijman ak destriksyon moun ki san respè pou Bondye yo. ” — 2 Pyè 3:3-7.

12 Kontrèman ak moun sa yo, Noye ansanm ak moun lakay li te fè yon chwa ki diferan. “ Grasa lafwa, Noye, apre Bondye fin avèti l konsènan bagay moun potko wè, te demontre li gen krent pou Bondye epi li te konstwi yon lach. ” Lefètke li te koute avètisman, sa te fè li menm ak moun lakay li sove (Ebre 11:7). Se pou nou tande mesaj Bondye a avèk anpresman e se pou nou teni kont de li avèk obeyisans. — Jak 1:19, 22-25.

13, 14. a) Poukisa li esansyèl pou nou ‘ rete atache ak Jewova ’ ? b) Ki jan nou ta dwe kite Jewova, “ Potye nou ” an, modle nou ?

13 Lè nou rete atache ak Jewova : Pou nou ‘ chwazi lavi pou nou ka rete an vi ’, nonsèlman nou dwe renmen Jewova e nou dwe koute l, men tou nou dwe ‘ rete atache ak Jewova ’, sa vle di nou dwe kenbe la ap fè volonte l. Jezi te di : “ Grasa andirans nou, n ap rive genyen nanm nou. ” ​(Lik 21:19). An reyalite, chwa nou fè nan sans sa a revele sa ki nan kè nou. Pwovèb 28:14 di : “ Byennere moun ki santi l efreye toutan, men moun ki fè kè l di a ap tonbe nan malè. ” Farawon nan Ejip tan lontan an se yon egzanp ki tonbe daplon pou dezyèm pati vèsè sa a. Chak fwa youn nan dis plè yo te frape Ejip, olye Farawon te demontre lakrentif pou Bondye, li te fè kè l vin pi di. Jewova pa t fòse Farawon dezobeyi l, men li te kite dirijan ògeye a fè chwa li. Antouka, volonte Jewova te akonpli, jan sa parèt nan esplikasyon apot Pòl te bay konsènan fason Jewova te konsidere Farawon. Men sa li te di : “ Se poutèt sa menm mwen kite w la toujou, pou m ka montre pisans mwen anrapò ak ou, e pou non m ka pwoklame nan tout tè a. ” — Women 9:17.

14 Plizyè syèk apre Izrayèl fin delivre anba kontwòl Farawon, pwofèt Izayi deklare : “ O Jewova, ou se Papa nou. Nou se ajil la, e ou se Potye nou, e nou tout nou se travay ou fè ak men w. ” ​(Izayi 64:8). Tank nou kite Jewova modle nou pa mwayen etid pèsonèl n ap fè e pa mwayen aplikasyon Pawòl li a, se tank n ap abiye ak nouvo pèsonalite a. Nou vin pi enb e nou vin pi maleyab, e li vin pi fasil pou nou rete atache fidèlman ak Jewova, paske nou vle fè l plezi ak tout kè nou. — Efezyen 4:23, 24 ; Kolosyen 3:8-10.

‘ Nou dwe fè yo konnen yo ’

15. Selon Detewonòm 4:9, ki responsablite ki gen de aspè Moyiz te fè pèp Izrayèl la sonje li genyen ?

15 Men sa Moyiz te di nasyon Izrayèl la, etan yo te rasanble, yon tikras tan anvan yo antre nan Latè pwomiz : “ Sèlman, pran prekosyon epi fè anpil atansyon ak nanm ou, dekwa pou w pa bliye bagay je w te wè yo e pou yo pa kite kè w toutotan w ap viv. E ou dwe fè pitit ou ak pitit pitit ou konnen yo. ” ​(Detewonòm 4:9). Pou pèp la te ka gen benediksyon Jewova e pou yo te ka pwospere nan peyi yo t apral gen kòm eritaj la, yo te bezwen akonpli yon responsablite yo te genyen devan Jewova Bondye yo a. Responsablite sa a te gen de aspè : yo pa t dwe bliye bagay estrawòdinè Jewova te fè devan je yo, e yo te dwe aprann jenerasyon ki t ap vini yo bagay sa yo. Antanke sèvitè Bondye jodi a, nou dwe fè menm jan an si nou vle ‘ chwazi lavi pou nou rete an vi ’. Ki sa nou wè ak je nou Jewova reyalize an favè nou ?

16, 17. a) Ki sa misyonè ki fòme nan Gileyad yo akonpli nan travay predikasyon Wayòm nan ? b) Bay egzanp kèk moun ou konnen ki gen yon zèl ki pa janm febli.

16 Nou pran plezi pou nou wè fason Jewova beni travay predikasyon nou an ak travay fè disip la. Depi lè Lekòl biblik Gileyad kòmanse an 1943, misyonè yo pran latèt nan travay fè disip la nan anpil peyi. Moun ki te diplome nan lekòl sa a lè l te fèk kòmanse toujou zele nan predikasyon Wayòm nan jiska jodi a, menm lè yo avanse nan laj e menm lè gen kèk ladan yo ki gen pwoblèm fizik ki limite yo. Mary Olson, ki te diplome nan Lekòl Gileyad an 1944, se yon bèl egzanp. Li te sèvi kòm misyonè toudabò ann Irigwe, ansuit an Kolonbi, e kounye a l ap sèvi nan Pòtoriko. Malgre Sè Olson yon jan limite akoz pwoblèm fizik li genyen lefètke li granmoun anpil, li toujou chofe pou li preche. Li sèvi ak konesans li genyen nan lang espayòl e li pwograme tan chak semèn pou l patisipe ak pwoklamatè nan zòn nan nan ministè a.

17 Sè Nancy Porter, ki vèv aktyèlman, te diplome nan Lekòl Gileyad an 1947, e jiska prezan l ap sèvi nan Bahamas. Li se yon lòt misyonè ankò ki toujou okipe nan travay predikasyon an. Men sa sè Porter rapòte nan istwa li rakonte sou vi l : “ Anseye lòt moun verite ki nan Bib la se yon sous jwa espesyal. Sa ede m gen yon pwogram espirityèl byen òdone ki bay vi m lòd ak estabilite *. ” Lè sè Porter ak lòt sèvitè fidèl vire gad dèyè, yo pa bliye sa Jewova fè pou yo. E nou menm, èske nou apresye fason Jewova beni travay Wayòm nan nan zòn kote nou rete a ? — Sòm 68:11.

18. Ki sa nou ka aprann lè nou li istwa lavi misyonè yo ?

18 Nou rejwi pou sa moun aje sa yo akonpli e pou sa yo kontinye ap akonpli. Lè nou li istwa lavi yo, se yon sous ankourajman sa ye pou nou, paske lè nou wè sa Jewova fè pou moun fidèl sa yo, sa ranfòse detèminasyon nou pou nou sèvi Jewova. Èske regilyèman ou li istwa pasyonan sa yo ki pibliye nan Toudegad, e èske w medite sou yo ?

19. Ki jan paran ki kretyen yo ka byen sèvi ak istwa sou lavi moun ki rapòte nan Toudegad yo ?

19 Moyiz te raple Izrayelit yo pou yo pa t bliye tout bagay Jewova te fè pou yo e bagay sa yo pa ta dwe soti nan kè yo toutotan y ap viv. Apre sa, li ajoute yon etap anplis : “ Ou dwe fè pitit ou ak pitit pitit ou konnen yo. ” ​(Detewonòm 4:9). Istwa reyèl yo patikilyèman enteresan. Jèn k ap grandi yo bezwen bon egzanp. Sè ki selibatè yo ka aprann anpil bagay nan egzanp fidelite sè aje ki gen istwa lavi yo rapòte nan Toudegad. Frè ak sè k ap sèvi nan yon tèritwa nan peyi yo kote yo pale lang etranje ogmante posiblite pou yo okipe nan predikasyon bon nouvèl la. Si w se yon paran ki kretyen, sa w panse si w ta sèvi ak eksperyans misyonè Gileyad fidèl yo pou w motive pitit ou pou yo chwazi konsakre vi yo nan sèvis aplentan ?

20. Ki sa nou dwe fè pou nou “ chwazi lavi ” ?

20 Ki jan nou chak ka “ chwazi lavi ” ? Se lè nou itilize kado estrawòdinè Jewova ban nou an, sa vle di libète pou nou deside, pou nou montre Jewova nou renmen l e lè nou kontinye fè tout sa nou kapab nan sèvis li, toutotan li ban nou privilèj sa a. “ Paske ”, jan Moyiz te deklare sa, Jewova “ se lavi w e se li menm ki longè jou w ”. — Detewonòm 30:19, 20.

[Nòt anba paj]

^ § 17 Gade atik “ Joyeuse et reconnaissante malgré une perte déchirante ” lan ki te parèt nan Toudegad 1ye jen 2001, paj 23-27 (fransè).

Èske nou sonje ?

• Ki sa w aprann nan egzanp yo bay sou chwa diferan nou sot egzamine yo ?

• Ki sa nou dwe fè pou nou “ chwazi lavi ” ?

• Ki responsablite ki gen de aspè li ta bon pou nou akonpli ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 26]

“ Mwen mete devan w lavi ak lanmò. ”

[Foto nan paj 29]

Lefètke Noye ak fanmi l te koute vwa Bondye, sa te pote delivrans pou yo.

[Foto nan paj 30]

Mary Olson

[Foto nan paj 30]

Nancy Porter