Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jewova, “ depi nan kòmansman an, anonse finisman an ”

Jewova, “ depi nan kòmansman an, anonse finisman an ”

Jewova, “ depi nan kòmansman an, anonse finisman an ”

“ Sila a ki, depi nan kòmansman an, anonse finisman an, e ki, depi lontan davans, anonse bagay ki potko fèt. ” — IZAYI 46:9, 10.

1, 2. Ki sa ki remakab nan fason Babilòn te tonbe a, e ki sa sa ki te pase a endike konsènan Jewova ?

SÒLDA ènmi yo ap avanse an chatpent nan mitan nuit lan anndan flèv Efrat, dwat sou sa yo vize a, vil Babilòn, yon vil ki pisan. Etan y ap pwoche bò antre vil la, je yo tonbe sou yon bagay ki etonan : de kokennchenn pòt ki nan miray Babilòn nan rete ouvri ! Yo grenpe sot nan rivyè a, yo antre nan vil la. Rapidman, yo pran vil la. Tousuit, Siris, ki alatèt twoup la, pran kontwòl peyi a, e apre sa li bay yon dekrè ki libere Izrayelit yo ki te kaptif. Plizyè milye egzile te retounen lakay yo pou yo retabli adorasyon Jewova a nan Jerizalèm. — 2 Kwonik 36:22, 23 ; Ezra 1:1-4.

2 Evènman sa yo ki te fèt nan ane 539-537 anvan epòk nou an se evènman istoryen yo jodi a rekonèt ki te pase toutbonvre. Sa ki remakab, sèke moun te deja konnen evènman sa yo anviwon 200 an alavans. Se depi tout tan sa a Jewova te enspire pwofèt li Izayi pou l dekri fason Babilòn ap tonbe (Izayi 44:24–45:7). Se pa t sèlman nan ki sikonstans Babilòn t ap tonbe Bondye te revele, men li te revele tou non chèf ki t ap pran l lan *. Men sa Jewova te di Izrayelit yo ki te temwen li nan epòk sa a : “ Sonje premye bagay tan lontan yo, se mwen ki Bondye a epi pa gen lòt Bondye ankò, ni pa gen pèsonn tankou m. Mwen se sila a ki, depi nan kòmansman an, anonse finisman an, e ki, depi lontan davans, anonse bagay ki potko fèt. ” ​(Izayi 46:9, 10a). Jewova se vrèman yon Dye ki kapab konnen davans sa ki pral rive.

3. Repons ki kesyon nou pral egzamine kounye a ?

3 Jis nan ki pwen Bondye konnen lavni ? Èske Jewova konnen davans sa nou chak pral fè ? Èske vrèmanvre avni nou destine davans ? Nan atik sa a ak nan atik ki vin apre a, nou pral egzamine repons Bib la bay pou kesyon sa yo ak lòt kesyon ankò.

Jewova : yon Dye ki konn bay pwofesi

4. Kiyès ki Sous pwofesi ki nan Bib la ?

4 Etandone Jewova gen kapasite pou l konnen lavni alavans, li te enspire sèvitè li yo nan tan biblik yo pou yo ekri yon pakèt pwofesi k ap pèmèt nou konnen alavans sa li gen objektif pou l fè. Men sa Jewova deklare : “ Premye bagay yo — men yo vini, men, m ap anonse nouvo bagay yo. Anvan yo kòmanse parèt, mwen fè nou tande yo. ” ​(Izayi 42:9). Ala yon gwo privilèj pèp Bondye a genyen !

5. Ki responsablite ki mache ak konesans yon moun gen davans sou sa Jewova pral fè ?

5 Men asirans pwofèt Amòs ban nou : “ Jewova, Souvren Seyè a, pap fè yon bagay san li pa devwale sekrè li bay sèvitè l yo, pwofèt yo. ” Konesans sa a yo genyen davans lan gen responsablite ki mache avè l. Note ki egzanp pisan Amòs te itilize apre sa : “ Gen yon lyon ki gwonde ! Kiyès ki pap pè ? ” Menm jan lè yon lyon gwonde sa pouse ni moun ni bèt ki nan anviwon an reyaji imedyatman, se konsa pwofèt ki menm jan ak Amòs yo pa pran tan pou yo pwoklame deklarasyon Jewova yo. “ Jewova Souvren Seyè a li menm li pale ! Kiyès ki pap pwofetize ? ” — Amòs 3:7, 8.

“ Pawòl ” Jewova ap “ reyisi san mank ”

6. Ki fason “ konsèy ” Jewova te reyisi anrapò ak Babilòn ki te tonbe ?

6 Men sa Jewova di pa mwayen pwofèt li Izayi : “ Se pwòp konsèy pa m k ap kenbe, epi tout sa ki fè m plezi m ap fè l. ” ​(Izayi 46:10b). “ Konsèy ” Bondye, sètadi volonte l oswa objektif li, anrapò ak Babilòn se te pou l te fè Siris kite peyi Pès pou l mache pran Babilòn pou l venk li. Jewova te deklare objektif sa a lontan alavans. Kòm nou te deja di, sa te akonpli san mank nan ane 539 anvan epòk nou an.

7. Poukisa nou ka gen konfyans “ pawòl ” Jewova toujou reyalize ?

7 Anviwon kat syèk anvan Siris pran Babilòn, wa Yewochafat nan Jida te afwonte lame Amòn ak Mowab ki te mete tèt yo ansanm. Avèk konfyans li te priye Jewova, li di : “ O Jewova, Bondye zansèt nou yo, èske se pa ou ki Dye nan syèl la, e èske w pap domine sou tout wayòm nasyon yo, e èske se pa nan men w pouvwa ak pisans rete, san pèsonn ki pou kenbe tèt avè w ? ” ​(2 Kwonik 20:6). Izayi te eksprime yon konfyans menm jan an lè l te di : “ Jewova, chèf lame yo li menm, bay konsèy, e kiyès ki kapab anile l ? Men l lonje, e kiyès ki kapab fè l retounen dèyè ? ” ​(Izayi 14:27). Annapre, lè Neboukadnetsa, wa Babilòn nan, te retounen nan bonsans li apre yon peryòd kote tèt li te pati, avèk imilite, li te rekonèt “ pa gen pèsonn ki kapab rete men [Bondye] oswa ki kapab di l : ‘ Ki sa w fè la a ? ’ ” ​(Dànyèl 4:35). Wi, Jewova bay pèp li a asirans sa a lè l di : “ Pawòl mwen [...] pap retounen vin jwenn mwen san rezilta, men, se sèten, l ap fè sa ki fè m plezi, e l ap reyisi san mank nan sa m voye l fè a. ” ​(Izayi 55:11). Nou ka gen yon konfyans total “ pawòl ” Jewova toujou akonpli. Objektif Bondye enfayib.

“ Objektif etènèl ” Bondye genyen

8. Ki sa “ objektif etènèl ” Bondye a ye ?

8 Nan lèt apot Pòl te ekri kretyen Efèz yo, li te pale de Bondye ki gen yon “ objektif etènèl ”. (Efezyen 3:11.) Se pa jis yon plan aksyon, kòmkwa Bondye dwe planifye an detay sa l gen pou l fè yo. Okontrè, sa gen rapò ak detèminasyon Jewova genyen pou l akonpli sa li te deja gen nan entansyon l pou limanite e pou tè a (Jenèz 1:28). Pou ede nou konprann ki jan objektif Bondye enfayib, annou konsidere premye pwofesi ki rapòte nan Bib la.

9. Ki rapò Jenèz 3:15 genyen ak objektif Bondye ?

9 Selon pwomès ki nan Jenèz 3:15 lan, imedyatman apre Adan ak Èv fin peche, Jewova te deside madanm senbolik li a t ap gen pou l fè yon semans, sa vle di yon pitit. Jewova te predi tou rezilta rayisman ant madanm li an ak Satan e ant semans yo ki opoze youn ak lòt. Byenke Jewova t ap kite yo mètri Semans madanm li an nan talon, nan moman Bondye fikse, Semans lan t ap mètri tèt sèpan an, anpalan de Satan Ledyab. Antretan, objektif Jewova a t ap avanse san mank pa mwayen liy fanmi yo te chwazi a jiskaske Jezi parèt antanke Mesi yo te pwomèt la. — Lik 3:15, 23-38 ; Galat 4:4.

Sa Jewova deside alavans

10. Èske depi nan kòmansman Jewova te detèmine alavans Adan ak Èv t ap peche ? Esplike.

10 Pou apot Pyè te pale konsènan wòl Jezi jwe nan objektif Bondye, men sa li te ekri : “ Yo te konnen [Jezi] davans, anvan fondasyon monn nan, men li te manifeste nan fen tan yo poutèt nou menm. ” ​(1 Pyè 1:20 ; nòt anba paj). Èske depi nan kòmansman Jewova te detèmine alavans Adan ak Èv t ap peche, dekwa pou sakrifis ranson li founi pa mwayen Jezi Kris la ta nesesè ? Non. Mo “ fondasyon ” an se tradiksyon yon ekspresyon grèk ki siyifi literalman “ lanse semans ”. Anvan Adan ak Èv te peche, èske te gen yon “ lansman semans ”, sètadi èske yo te pwodui yon desandans ? Non. Se te apre dezobeyisans lan Adan ak Èv te vin fè pitit (Jenèz 4:1). Donk, se apre rebelyon an Jewova te vin deside “ semans ” lan t ap gen pou l parèt, men li te pran desizyon sa a anvan Adan ak Èv te pwodui yon desandans. Lanmò ak rezirèksyon Jezi te founi ranson an, yon dispozisyon ki plen lanmou, dekwa pou peche nou eritye a elimine e pou tout efò Satan fè yo aneyanti. — Matye 20:28 ; Ebre 2:14 ; 1 Jan 3:8.

11. Ki aspè nan reyalizasyon objektif Jewova li te deside alavans ?

11 Bondye te deside alavans yon lòt aspè nan reyalizasyon objektif li. Sa Pòl te ekri Efezyen yo endike sa, sètadi Bondye pral “ rasanble tout bagay ansanm ankò nan Kris la, ni bagay ki nan syèl yo ni bagay ki sou tè yo ”. Apre sa, men sa Pòl te esplike pou l pale de “ bagay ki nan syèl yo ”, sa vle di moun yo te chwazi kòm eritye ak Kris yo : “ Yo te destine nou davans selon objektif li, li menm ki fè tout bagay ann amoni ak konsèy volonte l. ” ​(Efezyen 1:10, 11). Wi, Jewova detèmine alavans gen yon kantite moun fiks ki t ap konpoze pati segondè semans madanm Bondye a e, ansanm ak Kris, yo t ap fè moun jwenn byenfè ranson an (Women 8:28-30). Apot Pyè fè referans ak moun sa yo kòm “ yon nasyon ki sen ”. (1 Pyè 2:9.) Apot Jan te gen privilèj pou l aprann nan yon vizyon kantite moun ki t ap vin gen menm eritaj ak Kris yo se 144 000 (Revelasyon 7:4-8 ; 14:1, 3). Etan yo ini ak Kris antanke Wa, yo sèvi “ pou louwanj glwa ” Bondye. — Efezyen 1:12-14.

12. Ki jan nou fè konnen moun ki fè pati 144 000 yo pa destine davans ?

12 Predestinasyon 144 000 yo pa vle di gen kèk moun ki destine davans pou yo sèvi Bondye fidèlman nan pozisyon sa a. Se sa k fè, avètisman ki nan Ekriti grèk yo te ekri toudabò pou gide moun ki wen yo e pou fòtifye yo pou yo kenbe entegrite yo e pou yo rete diy pou apèl selès yo resevwa a (Filipyen 2:12 ; 2 Tesalonisyen 1:5, 11 ; 2 Pyè 1:10, 11). Jewova konnen alavans gen 144 000 moun k ap kalifye pou yo akonpli objektif li. Men, kanta kiyès k ap fè pati moun sa yo, sa pral depann de fason moun yo envite yo pral chwazi viv, yon desizyon yo chak dwe pran pèsonèlman. — Matye 24:13.

Sa Jewova konnen davans

13, 14. Ak ki sa fason Jewova egzèse presyans li amonize, e poukisa ?

13 Etandone Jewova se yon Dye ki konn bay pwofesi e ki gen objektif, ki jan li egzèse presyans li ? Premyèman, nou gen asirans tout chemen Bondye yo se verite, jistis ak lanmou. Lè apot Pòl t ap ekri kretyen ebre yo nan premye syèk epòk nou an, li te ateste sèman Bondye ak pwomès li fè se “ de bagay ki pa ka chanje, [e] ladan yo li enposib pou Bondye bay manti ”. (Ebre 6:17, 18.) Nan lèt apot Pòl te ekri Tit, ki te yon disip, li te eksprime menm panse sa a, lè li te ekri pawòl ki di Bondye “ pa ka bay manti ”. — Tit 1:2.

14 Anplis de sa, byenke Jewova gen yon pisans ki san limit, li pa janm aji ak enjistis. Moyiz te dekri Jewova kòm “ yon Bondye ki fidèl, avèk li pa gen enjistis. Li jis e li dwat ”. (Detewonòm 32:4.) Kèlkeswa sa Jewova fè, sa ann amoni ak pèsonalite li ki estrawòdinè. Aksyon l yo demontre amoni pafè ki genyen ant kalite prensipal li yo, sètadi lanmou, sajès, jistis ak pisans.

15, 16. Ki posiblite Jewova te mete devan Adan nan jaden Edenn nan ?

15 Konsidere fason tout kalite sa yo manifeste nan evènman ki te pase nan jaden Edenn nan. Antanke yon Papa ki plen lanmou, Jewova te founi lèzòm tout bagay yo t ap gen bezwen. Li te bay Adan kapasite pou l panse, pou l rezone e pou l tire konklizyon. Kontrèman ak bèt, prensipalman se ensten ki gide yo, Adan te gen kapasite pou l chwazi. Se sa k fè, lè Bondye te gade anba pandan li sou twòn li nan syèl la, li te wè “ tout sa l fè yo epi, gade ! yo te bon nèt ”. — Jenèz 1:26-31 ; 2 Pyè 2:12.

16 Lè Jewova te chwazi bay Adan kòmandman pou l pa manje nan “ pyebwa konesans sa ki byen ak sa ki mal la ”, li te bay Adan ase enstriksyon ki t ap pèmèt li deside sa pou l fè. Li te bay Adan pèmisyon pou l manje nan “ tout pyebwa nan jaden an ”, eksepte nan youn e li te fè l konnen rezilta trajik li t ap jwenn si l manje fwi pyebwa ki entèdi a (Jenèz 2:16, 17). Li te esplike Adan konsekans aksyon l yo. Ki sa Adan t ap fè ?

17. Poukisa nou ka di Jewova egzèse presyans li avèk kontwòl ?

17 Anfèt, Jewova pa t chèche konnen alavans sa Adan ak Èv t apral fè, byenke Li gen kapasite pou l konnen tout bagay davans. Donk, kesyon an se pa èske Jewova kapab prevwa lavni, men pito, èske li chwazi fè sa. Anplis de sa, nou kapab di Jewova, etan yon Dye ki gen lanmou, pa t ap janm aji ak mechanste e an tout konesans pou l ta deside alavans rebelyon sa a dwe fèt, yon rebelyon ki gen tout konsekans tris sa yo (Matye 7:11 ; 1 Jan 4:8). Donk, se avèk kontwòl Jewova egzèse presyans li.

18. Lefètke Jewova egzèse presyans li avèk kontwòl, poukisa sa pa vle di li gen fay ?

18 Lefètke Jewova egzèse presyans li avèk kontwòl, èske sa vle di li kòmsidire gen mankman, li gen fay ? Non. Moyiz te dekri Jewova antanke “ Wòch la ”, e li ajoute : “ Travay li bon nèt. ” Bondye pa responsab konsekans peche lòm fè. Efè katastwofik nou tout ap sibi jodi a se akoz zak dezobeyisans enjis sa a. Apot Pòl te fè yon rezònman klè : “ Akoz yon sèl òm peche antre nan monn nan, e akoz peche lanmò antre, e konsa lanmò gaye kò l sou tout moun paske yo tout te peche. ” — Detewonòm 32:4, 5 ; Women 5:12 ; Jeremi 10:23.

19. Ki kesyon nou pral egzamine nan atik ki vin apre a ?

19 Nan tout sa nou sot di la a, nou wè pa gen enjistis lakay Jewova (Sòm 33:5). Okontrè, Jewova sèvi ak kapasite li, kalite moral li genyen ak prensip li yo pou l reyalize objektif li (Women 8:28). Antanke Dye ki konn bay pwofesi a, Jewova, “ depi nan kòmansman an, anonse finisman an, e depi lontan davans, bagay ki potko fèt ”. (Izayi 46:9, 10.) Anplis de sa, nou wè li manifeste presyans li avèk kontwòl. E nou menm, ki rapò sa gen avèk nou ? Ki sa nou ka fè pou nou sèten desizyon nou yo konfòm ak objektif Bondye genyen ki plen lanmou ? E ki benediksyon n ap jwenn si nou fè sa ? Nou pral egzamine kesyon sa yo nan atik ki vin apre a.

[Nòt anba paj]

^ § 2 Gade bwochi Un livre pour tous, paj 28. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

Èske w ka esplike

• Ki egzanp nan tan lontan ki sètifye “ pawòl ” Bondye toujou “ reyisi san mank ” ?

• Ki sa Jewova te deside alavans anrapò ak “ objektif etènèl ” li ?

• Ki fason Jewova egzèse presyans li ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 22]

Yewochafat te gen konfyans nan Jewova.

[Foto nan paj 23]

Bondye te predi lanmò ak rezirèksyon Jezi.

[Foto nan paj 24]

Èske Jewova te deside alavans sa Adan ak Èv t apral fè ?