Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jwa nou jwenn lè nou mache nan entegrite

Jwa nou jwenn lè nou mache nan entegrite

Jwa nou jwenn lè nou mache nan entegrite

“ Benediksyon Jewova, se sa ki fè yon moun rich, e li pa ajoute okenn doulè avè l. ” — PWOVÈB 10:22.

1, 2. Poukisa nou bezwen veye pou nou pa reflechi twòp sou lavni ?

“ LÈ NOU reflechi twòp sou lavni, [...] sa anpeche nou wè moman nou ye kounye la a jan li ye vrèman. ” Sa a se deklarasyon yon filozòf ameriken te fè. Nou ka wè sa nan ka timoun ki tèlman enterese nan avantaj ki genyen lè yon moun granmoun, yo bliye avantaj timoun yo genyen, jiskaske anfans yo fin pase nèt.

2 Menm moun k ap adore Jewova konn rive panse konsa tou. Ann gade ki sa ki ka rive. Se pa ti anvi nou anvi pwomès Bondye a akonpli, kote l ap fè tè a vin yon paradi. Se avèk enpasyans n ap tann pou nou viv san nou pa malad, san nou pa vyeyi, san doulè ni soufrans. Se vre li bon pou n ap tann bagay sa yo, men e si nou tèlman kite benediksyon fizik ki gen pou vini yo okipe lespri nou, sa fè nou pa wè benediksyon espirityèl nou genyen jodi a ? Ala sa t ap regretan ! Byen fasil nou ka vin dekouraje e sa ka fè nou santi ‘ kè nou malad paske sa n ap tann yo ’ pran plis tan pou yo rive pase sa nou te panse (Pwovèb 13:12). Pwoblèm ak difikilte ki gen nan lavi a ka fè nou tonbe nan depresyon oswa sa ka fè nou toujou ap plenyen sou sò nou. Olye nou fè efò pou nou fè fas ak move sitiyasyon yo, nou ka vin tonbe nan plenyen. Nou ka evite tout bagay sa yo si nou medite avèk rekonesans sou benediksyon nou deja genyen yo.

3. Sou ki sa nou pral konsantre atansyon nou nan atik sa a ?

3 Men sa Pwovèb 10:22 di : “ Benediksyon Jewova, se sa ki fè yon moun rich, e li pa ajoute okenn doulè avè l. ” Èske pwosperite espirityèl ki egziste jodi a nan mitan pèp Bondye a se pa yon benediksyon ki ta dwe fè kè nou kontan ? Annou konsidere kèk aspè nan pwosperite espirityèl nou genyen an, e annou wè ki siyifikasyon yo genyen pou nou chak pèsonèlman. Lè nou pran tan pou nou reflechi sou benediksyon Jewova vide sou ‘ moun ki jis la k ap mache nan entegrite l ’, sa pap manke pa ranfòse detèminasyon nou pou nou kontinye sèvi Papa nou ki nan syèl la ak kè kontan. — Pwovèb 20:7.

‘ Benediksyon ki fè nou rich ’ depi kounye a

4, 5. Ki ansèyman biblik ou plis apresye, e pou ki rezon ?

4 Nou gen yon konesans egzak sou ansèyman ki nan Bib la. An jeneral, relijyon lakretyente yo pretann yo kwè nan Bib la. Poutan, yo pa antann yo sou sa l anseye. Souvan, menm moun ki nan menm relijyon konn gen pwennvi diferan anrapò ak sa Ekriti yo anseye toutbonvre. Se pa ti diferan kondisyon moun sa yo diferan parapò ak kondisyon sèvitè Jewova yo ! Menmsi nou pa soti nan menm peyi, nan menm gwoup etnik oubyen nou pa gen menm kilti, n ap adore Dye nou konnen non l lan. Li pa yon dye an twa pèsòn moun pa ka konprann (Detewonòm 6:4 ; Sòm 83:18 ; Mak 12:29). Anplis, nou konnen kesyon ki pi enpòtan an, kesyon souvrènte inivèsèl Bondye a, pa lwen pou l jwenn repons, e nou konnen lè nou kontinye rete entèg, nou chak nou jwe yon wòl nan reponn kesyon sa a. Nou konnen laverite sou moun ki mouri yo, e nou libere anba krent egzajere lòt moun genyen akoz kwayans ki fè konnen Bondye ap toumante lèzòm nan yon dife lanfè oswa l ap voye yo nan yon pigatwa. — Eklezyas 9:5, 10.

5 Anplis de sa, se pa ti kontan nou kontan lè nou konnen se pa evolisyon ki fè nou la paraza ! Men okontrè, nou se kreyasyon Bondye, nou fèt pòtre ak li (Jenèz 1:26 ; Malaki 2:10). Men sa yon salmis te di nan yon chante li te fè pou Bondye li a : “ M ap louwe w paske mwen fèt yon fason ki bay lakrentif, yon fason ki estrawòdinè. Travay ou yo estrawòdinè, e nanm mwen konn sa trè byen. ” — Sòm 139:14.

6, 7. Ki chanjman nan lavi pa w oswa nan lavi lòt moun ou konnen ki te vrèman yon benediksyon ?

6 Nou libere anba abitid ak pratik k ap fè nou ditò. Se pa ni de ni twa avètisman yo bay nan medya yo konsènan danje ki genyen nan fimen, nan bwè twòp ak nan vakabondaj seksyèl. Pifò moun pa koute avètisman sa yo. Men, ki sa ki rive lè yon moun ki sensè aprann vrè Dye a kondane bagay sa yo, e moun k ap pratike bagay sa yo fè l tris ? Ebyen, sa vin pouse moun sa a sispann pratike yo (Izayi 63:10 ; 1 Korentyen 6:9, 10 ; 2 Korentyen 7:1 ; Efezyen 4:30). Li fè sa prensipalman pou l fè Jewova Dye plezi, men anplis li menm tou li tire pwofi : eta sante l vin amelyore, e lespri l vin anpè.

7 Pou anpil moun, li difisil anpil pou yo kite move abitid yo genyen. Poutan, chak ane gen plizyè dizèn milye moun ki fè sa. Yo vwe lavi yo bay Jewova e yo batize nan dlo, konsa yo fè tout moun wè yo elimine pratik ki pa fè Bondye plezi nan lavi yo. Ala yon ankourajman sa ye pou nou tout ! Sa ranfòse detèminasyon nou pou nou pa vin esklav move konduit, konduit k ap fè nou ditò.

8. Ki konsèy Bib la bay ki ka ede nou gen yon vi fanmi ki agreyab ?

8 Nou gen yon vi fanmi ki agreyab. Nan anpil peyi, relasyon familyal yo manke estabilite. Anpil maryaj fini nan divòs, e souvan sa lakòz timoun yo soufri anpil nan domèn afektif. Nan kèk peyi ann Ewòp, anviwon 20 pousan fanmi yo se fanmi kote se yon sèl paran k ap elve pitit li poukont li. Ki jan Jewova ede nou mache nan chemen entegrite a nan sans sa a ? Silvouplè, li Efezyen 5:22–6:4 pou w wè bonjan konsèy Pawòl Bondye a bay mari yo, madanm yo ak timoun yo. Lè nou suiv konsèy sa yo ak lòt konsèy ankò ki nan Bib la, san mank sa ap ede nou fòtifye maryaj nou, sa ap ede paran yo elve timoun yo kòrèkteman, e sa ap ede nou gen yon vi fanmi ki agreyab. Èske sa se pa yon benediksyon ki ta dwe fè kè nou kontan ?

9, 10. Nan ki sans fason nou wè lavni diferan ak fason monn nan wè l ?

9 Nou gen asirans pwoblèm ki gen nan monn nan pral rezoud talè konsa. Malgre gwo konesans lèzòm genyen nan domèn syantifik ak nan domèn teknolojik, e malgre efò sensè kèk dirijan politik fè, yo pa rive jwenn solisyon pou gwo pwoblèm ki genyen aktyèlman yo. Klaus Schwab, fondatè Fowòm ekonomik mondyal la, te fè yon remak sa pa gen twò lontan, men sa l te di : “ Lis defi monn nan genyen pou l fè fas ap vin pi long de jou an jou, e tan ki genyen pou rezoud yo a ap vin pi kout. ” Li te pale konsènan “ danje ki travèse fwontyè nasyonal yo tankou teworis, degradasyon anviwònman an ak enstabilite ekonomik. ” Men ki konklizyon Schwab te fè : “ Jodi a plis pase nenpòt lòt lè, monn nan ap fè fas ak reyalite ki mande nonsèlman pou tout moun aji, men pou yo aji avèk detèminasyon. ” Plis 21yèm syèk la ap avanse, se plis nou wè limanite sanzespwa.

10 Ala ankourajan sa ankourajan lefètke nou konnen Jewova mete yon dispozisyon anplas k ap kapab rezoud tout pwoblèm limanite : Wayòm mesyanik Bondye a ! Pa mwayen Wayòm sa a, vrè Dye a pral “ fè lagè sispann ” e li pral fè gen yon “ abondans lapè ”. (Sòm 46:9 ; 72:7.) Wa li wenn nan, Jezi Kris, ‘ pral delivre pòv la, moun ki aflije a, moun ki piti a anba kraze zo ak vyolans ’. (Sòm 72:12-14.) Anba dominasyon Wayòm nan, pap gen rate manje (Sòm 72:16). Jewova “ pral siye tout dlo nan je [nou], e lanmò pap la ankò, ni dèy, ni rèl, ni doulè pap la ankò. Ansyen bagay yo disparèt ”. (Revelasyon 21:4.) Wayòm nan deja etabli nan syèl la, e nan yon tikras tan ankò li pral aji kòmsadwa pou l rezoud tout pwoblèm ki gen sou tè a. — Dànyèl 2:44 ; Revelasyon 11:15.

11, 12. a) Èske pousuiv plezi bay yon bonè ki dirab ? Esplike. b) Ki sa k bay vrè bonè a ?

11 Nou konnen sa ki bay vrè bonè a. Ki sa ki bay vrè bonè a ? Gen yon sikològ ki di bonè gen twa bagay ladan l : plezi, angajman (sa vle di antre nan yon seri aktivite, pa egzanp nan travay nou oswa nan fanmi nou) ak objektif (fè yon travay nan yon pi bon objektif pase sa ki gen rapò ak pwòp tèt nou). Nan twa bagay sa yo, li te pale de plezi kòm bagay ki gen mwens enpòtans lan. Men ki remak li te fè : “ Se yon pwen ki merite pou yo atire atansyon sou li, tèlman gen moun ki pase tout vi yo ap chèche plezi. ” Ki sa Labib di sou sa ?

12 Men sa Salomon ki te wa nan Izrayèl tan lontan an te di : “ Mwen menm, mwen di nan kè m : ‘ Vin kounye a non, kite m eseye w avèk jwa. Anplis de sa, gade sa ki bon. ’ Epi, gade ! sa a tou se te vanite. Mwen di ri : ‘ Foli ! ’ e mwen di rejwisans : ‘ Sa sa fè ? ’ ” ​(Eklezyas 2:1, 2). Selon Ekriti yo, kèlkeswa bonè plezi ta ka ofri, se senpleman pou yon ti tan. E anrapò ak angajman nan yon travay ? Nou ka angaje nou nan travay ki gen plis valè ki egziste a : preche Wayòm nan epi fè disip (Matye 24:14 ; 28:19, 20). Lè nou pataje mesaj delivrans ki nan Bib la ak lòt moun, nou angaje nou nan yon travay nonsèlman ki ka ede nou pou nou sove, men tou, ki ka pèmèt moun ki koute nou yo sove (1 Timote 4:16). Antanke “ konpayon travay Bondye ”, nou rann nou kont ‘ gen plis kè kontan lè nou bay pase lè nou resevwa ’. (1 Korentyen 3:9 ; Travay 20:35.) Travay sa a bay lavi nou plis sans e li founi Kreyatè a yon repons pou l bay sila k ap pwovoke l la, anpalan de Satan Ledyab (Pwovèb 27:11). An reyalite, Jewova fè nou wè ki jan atachman pou Bondye bay vrè bonè, yon bonè ki dirab. — 1 Timote 4:8.

13. a) Nan ki sans Lekòl ministè teyokratik la se yon benediksyon ki dwe fè kè nou kontan ? b) Ki pwofi ou tire nan Lekòl ministè teyokratik la ?

13 Nou benefisye yon pwogram fòmasyon ki enpòtan e ki efikas. Gerhard ap sèvi antanke ansyen nan yon kongregasyon Temwen Jewova. Men sa l di anrapò ak lè l te jèn : “ Lè m te jèn, mwen te gen gwo pwoblèm pou m pale. Lè m te sou strès, se apèn si mwen te ka di sa m gen pou m di a, epi mwen pran bege. Mwen te vin devlope yon konplèks enferyorite. Paran m te fè m suiv yon kou pou ede m pale klè, men malgre efò yo te fè, sa pa t ede m. Pwoblèm mwen se te yon pwoblèm sikolojik, se pa t yon pwoblèm fizik. Erezman gen yon bèl dispozisyon Jewova mete anplas : Lekòl ministè teyokratik. Lè mwen te enskri nan lekòl sa a, sa te fè m pran kouraj. Mwen te fè tout sa m kapab pou m pratike sa m te aprann yo. E sa te mache. Mwen te vin santi m pi alèz, mwen pa t gen konplèks ankò, e mwen te vin gen plis kouraj nan ministè a. Kounye a, mwen menm rive bay diskou piblik. Mwen vrèman rekonesan anvè Jewova ki amelyore lavi m grasa lekòl sa a. ” Èske fason Jewova fòme nou pou nou fè travay li a se pa yon rezon pou nou gen kè kontan ?

14, 15. Ki èd nou genyen ki disponib nan moman detrès ? Bay yon egzanp.

14 Nou gen yon relasyon pèsonèl avèk Jewova e nou jwenn sipò fanmi entènasyonal ini nou fòme a. Katrin, k ap viv ann Almay, te boulvèse anpil lè li te tande rapò yo te bay sou yon gwo tranblemanntè ki te lakòz yon tsunami nan Sidès Azi. Pitit fi l t ap vizite peyi Tayilann lè katastwòf la frape. Pandan 32 èdtan, Katrin pa t konn ni si pitit li a te vivan ni si l te pami viktim yo ki pa t sispann ogmante chak èdtan ki pase. Se pa ti soulaje Katrin te soulaje lè finalman li te resevwa yon koutfil ki te ba l asirans pitit fi l la pa t gen anyen !

15 Ki sa k te ede Katrin pandan moman angwas sa yo ? Men sa li ekri : “ Mwen te pase prèske tout tan sa a ap priye Jewova. Pandan tan sa a, souvan mwen te konstate jan sa te ban m fòs e jan sa te fè lespri m anpè. Anplis de sa, frè espirityèl mwen yo, ki plen lanmou, te vizite m e yo te rete la ansanm avè m. ” ​(Filipyen 4:6, 7). Sitiyasyon l lan te ka pi tèrib lontan si li te oblije pase moman detrès sa yo san konkou lapriyè e san l pa t jwenn rekonfò nan men frè espirityèl li yo ki plen lanmou. Relasyon sere nou genyen avèk Jewova ansanm ak Pitit li a, plis frekantasyon frè kretyen nou yo se yon benediksyon san parèy, li gen twòp valè pou nou pa ta ba l enpòtans.

16. Bay yon eksperyans ki montre enpòtans esperans rezirèksyon an.

16 Nou gen esperans n ap rewè moun pa nou yo ki mouri (Jan 5:28, 29). Matthias, ki te yon jèn gason, te elve nan yon fanmi Temwen Jewova. Sepandan, li pa t konsyan de benediksyon li te genyen, sa te vin fè li te kite kongregasyon kretyen an lè li te adolesan. Men sa li ekri kounye a : “ Mwen pa t janm gen konvèsasyon pwofon ak papa m. Ofiramezi ane ap pase, nou te toujou nan kont. Malgre tou, se sa k pi bon an papa m te toujou vle pou mwen. Li te renmen m anpil, men alepòk, mwen pa t reyalize sa. An 1996, mwen te chita arebò kabann li, avèk men li nan men m e mwen t ap kriye avèk anpil regrè, mwen te di l ki jan mwen te regrèt tout sa mwen te fè e ki jan mwen renmen l anpil. Men li pa t ka tande m. Apre yon ti tan li te pase malad, lanmò pote l ale. Si mwen viv pou mwen wè papa m lè rezirèksyon an, n ap korije sa k te pase. E san mank, l ap kontan konnen kounye a m ap sèvi kòm ansyen e mwen menm ak madanm mwen nou gen privilèj pou nou sèvi antanke pyonye. ” Ala yon benediksyon esperans rezirèksyon an ye pou nou !

“ Li pa ajoute okenn doulè avè l ”

17. Ki efè meditasyon nou fè sou benediksyon Jewova yo dwe gen sou nou ?

17 Men sa Jezi te di konsènan Papa l ki nan syèl la : “ Li [...] fè solèy li leve sou moun ki mechan ak sou moun ki bon, e [li] fè lapli tonbe sou moun ki jis ak sou moun ki enjis. ” ​(Matye 5:45). Si Jewova Dye bay menm moun ki enjis yo ak moun ki mechan yo benediksyon, nou pa bezwen mande ki jan li beni moun k ap mache nan chemen entegrite a ! Men sa Sòm 84:11 di : “ Jewova li menm [...] pap refize anyen ki bon pou moun k ap mache san defo. ” Lè nou medite sou fason espesyal Jewova pran swen moun ki renmen l yo ak sousi li gen pou yo, sa fè nou santi kè nou ranpli ak rekonesans ak lajwa.

18. a) Nan ki sans Jewova pa ajoute doulè avèk benediksyon li bay ? b) Poukisa anpil sèvitè Bondye ki fidèl ap soufri ?

18 Se “ benediksyon Jewova ” ki bay pèp li a pwosperite espirityèl, e nou jwenn asirans “ li pa ajoute okenn doulè avè l ”. (Pwovèb 10:22.) Si se konsa, poukisa anpil sèvitè Bondye ki fidèl jwenn eprèv, sa ki ba yo lapenn ak soufrans ? Gen twa rezon prensipal ki fè nou jwenn difikilte ak kalamite : 1) Pwòp tandans nou pou nou peche (Jenèz 6:5 ; 8:21 ; Jak 1:14, 15). 2) Satan ak demon l yo (Efezyen 6:11, 12). E 3) monn mechan an (Jan 15:19). Menmsi Jewova pèmèt move bagay rive nou, se pa li menm ki lakòz yo rive. Anfèt, “ tout bèl don ak tout kado ki bon nèt sot anlè, paske li desann sot nan Papa limyè yo ki nan syèl la ”. (Jak 1:17.) Benediksyon Jewova yo pa pote doulè.

19. Ki sa k ap tann moun ki kontinye mache nan entegrite yo ?

19 Li enposib pou yon moun gen pwosperite espirityèl si l pa pwoche bò kote Bondye. Lè nou devlope yon relasyon sere avèk li, ‘ n ap konsève pou nou menm nan yon andwa ki asire yon bon fondman pou lavni, dekwa pou nou kenbe lavi toutbon an fèm ’, sètadi lavi etènèl (1 Timote 6:12, 17-19). Nan monn nouvo Bondye pral etabli alavni an, n ap jwenn ni richès espirityèl ni benediksyon nan domèn fizik. Tout moun ki “ kontinye koute vwa Jewova ” pral jwenn vrè lavi a (Detewonòm 28:2). Annou kontinye mache nan chemen entegrite a avèk jwa e avèk plis detèminasyon.

Ki sa ou te aprann ?

• Poukisa li pa saj pou nou reflechi twòp sou lavni ?

• Ki benediksyon nou genyen jodi a ?

• Poukisa sèvitè fidèl Bondye yo soufri ?

[Kesyon]